> KREYOL TRANSCRIPTS

Peche – HEKS-EPER – Pechè Fokis Gwoup Wo Ginode

Fokis gwoup sa a li fe pati de 4 fokis gwoup sou sije lapèch . Resech la te patwone pa oganis Swiss, HEKS-EPER.

FULL TEXT

Fokis gwoup sa a li fe pati de 4 fokis gwoup sou sije lapèch . Resech la te patwone pa oganis Swiss, HEKS-EPER.

Dat fokis gwoup la fèt: 31 / 01 / 2018

Patisipan

Serge Pierre 48 ane,  gason, 5 timoun,  pechè , #15

Joseph Jacinthe, 38 ane ,gason, 3 timoun, pechè, fewonnri, #18

Souffrant   Jean Marie 33 ane, gason,   4 timoun, pechè, kiltivatè, #16

Macathure J.Chasment  26 ane  gason,  5 timoun, pechè, kiltivatè, elvaj ,#5

TRANSKRIPSYON

Natacha: Ebyen jis mete’l nan mitan.

Tim: ok, m’jis mete’l konsa.

Natacha: Henhen

Tim: L’ap mache?

Natacha: ya

Tim: Ebyen n’ap tou kòmanse? (Yon moun touse)

Natacha: Wi.

Tim: Gana

Gana: Wi, poko m’ap pran screenshot lan, kesyon yo m’te pran screenshot lan

Tim: o! bliye sa, banm youn nan sa nou genyen pou’m ka swiv.

Gana: Ok (yon moun touse)

Gana: Bonjou tout moun

Piblik reponn

Natacha: Talè Gana  fon’w ti  tann, wi ale,

Gana: met pa’m nan pou mwen, nou pa fenk mete’l?

Natacha: Ou mèt kòmanse wi.

Gana: Ou anfòm Tim?

Tim: M’anfòm wi nou mèt kòmanse.

Gana: Ok, bonjou tout moun (Piblik: Bonjou!!!)  Mw menm non pa’m se Gana, e m’ap travay pou yon institution ki nan jeremi ki rele EPER. M’pa konn si gen moun la a ki konn tande pale de HEKS/EPER? Dakò. Nòmalman nou pase jodi a nan vilaj pechè sa a, se paske nou ta renmen gen ti enfòmasyon nan domèn lapèch, ca veut dire, nòmalman si yon moun ou bezwen gen enfòmasyon sou pèch m’panse meyè kote pou ta vini se kote ki gen pecheur, e se sèl pechè ki konnen pwason nan dlo, se yo  ki konn ki tip de pwason yo ye?  Sa’k bon? Sak pa bon? Kouman pèch la fonksyone? kouman mache pwason an ye? Eksetera. M’panse ke se mache pwason avek moun k’ap peche ki konn sa yo. Donk se pou’n kapab pase pran enfòmasyon sa yo ki fè ke jodi a la a nou pase pou’n fè ti rankont sa a, ti pale sa ansanm avek nou jodi an, ok. Donk se pa yon bagay ki pral pran anpil tan ke’l ye, se de twa ti kesyon ke n’ap jis reponn rapidman, dakò? e’m gen de lòt moun avem k’ap travay nan yon biro detid ki rele SOCIO DIG,m panse ke yo chak pral prezante tèt yo la a aprè, dakò mèsi.

Natacha: Bonjou tout moun !!! (Piblik: bonjou!!!!)  alò, Non pam se Natacha alò m’ap travay pou òganizasyon ki rele SOCIO DIG ki afilye avèk TIM. Men kisa nou fè, nou fè rechèch, nou fè rechèch, nou chèche konnen sa nou pa konnen, se sa nou fe alò TIM la m panse’l  ka ba nou plis esplikasyon, oubyen si’l pa gen esplikasyon nou ka avanse.

Tim: Bonjou tout moun! (Piblik: Bonjou!!!!!!!) e Kòm Natacha tap di’l, nou chache konnen pou nou ka pi byen esplike a chèf yo ki pa isi, ki nan lòt peyi k’ap patwone HEKS/EPER, epi pou nou ka esplike chèf nan HEKS/EPER pi byen kijan lapèch fonksyone isi, e se pou aprann, pou ka wè si gen posiblite pou bay yon asistans. Men se pa bay nou pap bay, se pou nou etidye’l pou nou we si gen posibilite, e ki posibilite. Men tou sa pa vle di tou pou dil: nou bezwen sa nou bezwen sa, fò nou ede nou konprann, paske gen espesyalis tou k’ap konnen yon bagay ke ou pa konnen, ou konprann savledi? Kòmsi ou ka anvi di yon bagay pou’w ka jwenn yon chaloup, oubyen yon motè. men ka gen yon ekspè lòtbò ki di non li konn yon lòt teknyoloji  k’ap pi bon pou ou, so li enpòtan pou ba nou bon koze, ba nou yon bon verite, se sa Men tou sa pa vle di tou pou dil: nou bezwen sa nou bezwen sa, fò nou ede nou konprann, paske gen espesyalis tou k’ap sèlman  pou chèche genyen, dcp se pa sèl teknyoloji yo genyen tou ! Ebyen m’ap di mèsi pou prezans tout moun e m’ap kite Gana kòmanse poze kesyon yo.

Gana: Ok, donk ti mesye avan tou nou tout ki la a se pecheur pavre? (Patispan:wi) Dakò donk tout moun ki gen nimewo yo mete yo on ti jan pi devan. Ok dakò, omwen lòt moun ki pa gen nimewo yo pap ka reyaji, yo ka anvi di yon bagay se atravè pawòl nou yo pral ka di’l, paske nou menm ki pechè, se nou menm k’ap patisipe avèk nou, dakò. Menmsi nou tout la a dim nou se pechè, m’ta renmen nou di’m avan tou, èske nou ka banm non pwason nou konn abitye peche ke nou konnen? (Patisipan:  wi , men on sèl moun ki pou reponn?)  Nenpòt nan nou, si youn gen yon bagay pou’l ajoute l’ap jis ajoute’l, Si’w gen yon pwason ou pat di lap jis di’l, moun kap di a ap jis di nimewo’l lan.

#19: pwason nou plis kenbe sou DCP, se BALAWOU, TON, avèk TCHARA, on pwason yo rele MÈLAN, li gen dan, MÈLAN  aprede sa se DORAD apre nou kenbe PILÒT, on pwason yo rele PILÒT ki sou DCP a, apre se TI BONIT piti a ou kenbe, sou li.

Gana: Donk se sèlman pwason sa yo nou kenbe bò isit lan?

#19: Sou dcp.

Gana: Non pa sèlman sou DCP paske gen plizyè tip de pèch.

#19: Wi gen plizyè lòt ti pwason…

Gana: Eben wi se pa sou DCP non se tout pwason yo nou bezwen konnen.

#19: O! Tout pwason, gen ARAN, GEN BONIT, gen MANJAY, gen SADIN, ou wè sa’m di’w la gen tout kalite, gen TAZA, AJANTE, KARANG.

Gana: Donk savledi  a e sèlman sa yo nou abitye peche?

#20: Wi gen lot pwason (5mimutes)

Gana: Ki nimewo’w? ki lòt pwason ankò nou konnen?

#20: Bon lòt pwason nou kenbe pi souvan bò isit a se BONIT la se youn ladan’l, KARANG lan, pwason woz, nou gen LAKI, nou gen SAD, nou pale de laki avèk sad deja.  nou genyen MILATRÈS,  nou genyen AJANTE, ke nou gen sadin aran, gon’w pwason MANJAY WON tou.Tout sa yo se pèch ke nou  kenbe ki rele JANCHWA,epi nou kenbe anpil PALASO,  gen yon pwason ankò ki rele SOMON, menmjan ak sa’w konn wè nan bwat la yo, savledi tout sa yo nou konn kenbe yo nan zòn nan la a.

Gana: An ok, savledi sa tout pwason ke nou konnen?

Piblik: Wi.

Gana:  Sa e pwason tou nou abitye kenbe?

Piblik: Wi

Gana: Dakò, men ki fason ke nou itilize pou nou peche pa bò isit?

#15: Fason nou itilize pou nou peche, nou kòmanse nan SENN, apre SENN lè’n konn al peche nan BWA FOUYE, sa e dezyèm pòs pèch la. Twazyèm pèch nou fè a kijan’l rele anko pèch nan KANAL la, sa e nan CHALOUP nou konn ale.

TIM: Èske ou te konn fè sa avan ou te gen CHALOUP?

#.15: Wi.

TIM: Ou te konn pèch la deyò kanal la?

 #15: Wi, m’te konn peche anvan’m gen chaloup.

Tim: Nan bwa fouye?

#15: Wi nan bwa fouye.

Tim: E kannòt?

#15: Wi nan boat tou, m’peche atè nan senn.

Tim: An a kannòt tou plis senn nan?

#15: Wi

Gana: Savledi se sèl kalite pèch sa yo nou fè bò isit la, nou pa fè lòt pèch?

#19: Wi nou fè OMA, nou fe oma pafwa nou konn kenbe LAMBI, pafwa konsa gen pwason KWOKWO, gen PWASON PAWÒKÈT, gen PWASON SIRJEN, paske se tout non des pwason sa yo nou bezwen. Mte di sa deja n’ap pale de yon pwason ankò ki rele MADAN BWA, bò isi a nou pa itilize’l, ou konprann Savledi genyen’l nan zòn nan, men nou menm nou pa konn al koule dèyè pwason sa yo, ou konprann. Men lòt pèch sa yo ki genyen an nou pa itilize yo, nou konn kenbe atò kong nan NAS ou konprann, nou anplwaye anpil estrateji pou’n kenbe pwason bò isi an men pafwa tou nou sou kalmi, nou konn pakab kenbe yon grenn nan yon MWA, li konn difisil pou nou.

Gana: Donk men se sèlman metòd sa yo, se sèlman avèk senn sou DCP epwi avek… eee jan mesye yo sot di’l lan wi ….

Piblik: Zen, filè, nas…

#16: Gen yon lòt fason nou itilize pou nou kenbe’l tou…:

Gana: Ki nimewo’w, ki nimewo’w?

#16: nimewo 16, nou chache yon estrateji, nou fè mete plizyè des zen ki vin devyen on PALAN, sa rele palan an, nou chwazi kenbe tout kalite, tout sa’k vini nou kenbe’l. BONIT lan vini nou kenbe’l, ee SAD la, KADINAL,on pwason ki rele kadinal, vivano a, li chwazi vini, li kenbe’l. Li kenbe tout kalite li menm, sa a li menm depi’w tann li, li kenbe tout kalite.

Natacha: Men lè’l kenbe tout konsa a nou ka leve tout pwason yo? kit li piti ki li gwo tou?

#16: Wi, nou leve yo youn aprè lòt.

Gana: Youn apre lòt ok

Tim: Kisa ou sèvi pou lak?

 #16: Menm pwason an, menm ti pwason an, sadin, kribich, sadin, menm pwason an ankò.

Gana: Savledi menm pwason nou kenbe an se menm li menm nou fè sèvi’l ladanl nou fè’l sèvi pou la?

Tim: azaya? Janchwa?

#16: Mazaya  jachwa, Pafwa tou nou gen yon LAk atifisyèl tou , men e pou lè’n pral nan pèch kanal la, La ki atifisyèl la e bagay ki orijinal li ye, e bagay ou al sou DCP, savledi li menm se yon jelatin li ye , e avè’l nou kenbe pwason yo, ou kenbe ti bonit lan, apresa pou tache tibonit lan nan zen an , Ou pral tann pou kenbe balawou a, Paske gen konbyen balawou, paske gen dizwit, gen youn yo rele dizwi ka, gen bout bèk la, gen bèk long lan, gen a zèl, chak balawou sa yo gen senk ka, gen wit ka tou, paske tout gen dimansyon.

Natacha, ok, men èske tout gen epòk yo oubyen tout lè n’al peche nou jwenn yo?

#16: Bon yo prèske gen epòk chak, sa’k fe yo gen epòk pou nou bò isi a paske nou pa tèlman gen materyèl pou sa, ou konprann, men zòn ANZÈNO, BONBON, ABRIKO, DAM-MARI, rive la a ROZO la a, ou konprann, yo gen tout pyès sa yo yo menm (chak jou yo ka ale), nou pa gen pyès sa yo nou menm nou paka ale, nou pa gen motè.

Gana: Men kote nou jwenn materyèl nou menm? chak moun kap reponn bay nimewo nou.

 #17: nimewo 17, kote nou jwenn materyèl. pafwa nou konn prete nan men vwazen yo , ROZO gen òganizasyon ki bay motè, nou gendwa al rozo nou planifye yo ba nou motè nou gendwa fè twa jou peche, twa jou peche Sa a, lè’n vini tou nou peye yo twa jou nou prete motè nan men yo, apre sa tou yo vin verifye anvan pèch nou kenbe a, pou yo evalye konbyen y’ap pran nan men nou, paske nou pa gen ase materyèl. lè na’l peche konsa a, nou gendwa ale avèk ti ZEN alamen, nou voye, ( 10 minutes) 

#17: Se pa afè a sa, nou konn fè twa jou nou pa pran anyen, akoz ou pa gen motè, van gendwa bare’w se nan yon BWA WON ou ye, ou gendwa tou nan yon CHALOUP li pa gen motè ladan’l Se avè bagay, wap bagaye, li pèmèt ou pa pran anyen men si’w gen motè ou ka rive pi lwen, ou k jwenn pwason.

Tim: Lè’w pran motè a peye ou peye pou motè a?

#17: Non pousantaj, (#16 pousantaj, pousantaj).

Tim: An ok pousantaj de sa ou pran an, siw pa kenbe anyen?

Piblik: Ya, si’w pa kenbe anyen ou pa peye.

Natacha: Men se ou ki fe sevis mete gaz, lwil?

#16: Wi, wi,Pousantaj yo pran an savledi ou konnen yo menm e òganizasyon yo e 10%

Natacha: Men la a ou pa prete e komsi e lwe ou lwe’l?

#16: Pran yo pran’l lan e pou si motè a anpan pou kapab ranje motè a.

Tim: Men si’w se mèt motè a, oumenm pa egzanp ou gen chaloup pa’w. Gen moun ki gen chaloup pèsonèl?

Piblik: Non

Tim: tout se pou asosiyasyon an?

Piblik: Wi

Tim: Ok, e kounya asosiyasyon an li pran tou pou chaloup la?

Piblik: wi

Tim: E konbyen li pran?

#17: On pousantaj 10%.

Tim: E si chaloup la pa gen motè nan chaloup la?

#17: Ou paka ale,

Tim: Men kounya e wal chèchè motè lòtbò a?

#17: W’al lwe lòtbò a.

Tim: Lè ale rozo ou pran ni chaloup ni motè?

Piblik: Wi.

Piblik: Non sèlman motè a yo ban nou

 #17: nou gen kalipso. Sa yo egzanp men youn.

Tim: Savledi pou nou bay yon lòt 10% pou sa a, nou bay nan asosiyasyon an?

Piblik: Wi

Gana:  Savledi la a nou bay 20%, 10% pou prete motè a plis 10%..

Piblik: Wi.

Tim: Banm fè yon ti bak anvan’m bliye sa, nou tap pale de pwason nou kenbe M’tande, m te vizit yon sit ane pase yo tap pale de gwo gwo pwason yo konn kenbe, ki konn gen zèl, yo di kòmsi ki ka sot isit rive nan lòtbò pyebwa yo.

Piblik: An ok m’konprann, bèt sa yo e nan bonit li konn mache,

Tim: Nan bonit, li konn manje bonit  yo?

#16: Non li pa manje’l, li mache avèl. zanmi’l.

Tim: Men kisa li.. e èske ou konn MALSWEN? (Piblik: Wi malswen) Èske li konn jete dlo tankou malswen?

Piblik: Non.

Tim: Yon pwason menm li ye?

Piblik: Wi, li pa jete dlo.

Gana: Kòman yo rele pwason sa a nou pa konn non’l?

Piblik: Pwason sa a yo ba’l non DAMYE

Tim: DAMYE !

#16: Men gen yon blan ki te vin la a ki te di li rele TRY)  Try Savledi e lang pa’l ou konprann, li di se konsa bèt la rele.

Tim: Èske’l di lòt bagay de li, li pa di kisa li manje? Kisa li fè?

#16: Non li di e nan pak wi li sòti, lè li vin twò gwo pou pak la, li vin kraze pak kote yo ye a.

Tim: Nou konn kenbe malswen?

#16: Non li difisil, paske’l pa manje, e tankou sourit li manje, se wonyen li wonyen’l tankou le sourit ap manje

JJJ

#17: E konsa’l manje wi.

Piblik: E la aa map diw yo pa pechè yo pa pech. Li pa manje’l non, wonyen li wonyen’l, li pa vale zen an non. E tankou mayigon li manje, bouch li jis anba, tankou li pa gen bouch, li zonyen’l li zonyen’l, e dige li dige bagay la ou ka jwenn on gwo tou anndan pwason sa a epitou e malswen ki manjel wi.

Natacha: Men se pa li ki DOFEN an non?

#16: non  epa li menm, gen dofen.

Tim: Men yo di’m le nou te nan …  wi yo di’l blan konn rele’l dofen.Yo gen pwason yo rele dofen tou. Epa sa?

#16: Wi

Tim: DORAD, se …. Men lè nou te BONBON nou t’ap pale a peche la yo dim gen yon bagay yo frennen pwason.

Piblik: Wi. depi’w dige’l li senyen li moute sou dlo poukò’l. Men fò’w entèlijan pou vare’l, pandan’w ak apon an konsa, pandan l’ap moute l’ap kouri a chaloup la konsa, kounya ou veye’l, kounya ou tire rapon an dèyè’l, depiw rapon an dige’l epi’l moute sou dlo a, li tou mouri, wi li pa pot kou, li gen twòp san, li p’ap ka sipòte ankò.

Tim: Ok ann avanse sou afè e … yo

#16: Lòt nimero yo an nou wè non!

Tim: Si’w bezwen kòmsi yon filè, w’achte rozo? Gen kote pou achte?

#16: Non rozo pa gen kote, sen domeng yo voye achte filè ble yo, filè ble layilòn yo, ou konn voye achte yo sen domeng, kounya yo te vann kat mil konbyen dola, kounya e senk mil senk san dola yo vann.

Tim: Waw, epi menm bagay a zenn tout sa , senn..

Piblik: wi

Gana: Yo pa vann li pòtoprens?

#17: Wi pòtoprens gen kote yo vann li.

#16: Non senn nan li menm, bagay senn nan e fil blan an, e lase ou lase’l.

Tim: Ou lase’l. epi si’w bezwen yon bwa fouye, ou fèl? (Patisipan:Wi  ou bay fè bwa fouye a). Ou fèl isit?

#16: Wi ou fèl isit.

Tim: Ou voye chèche bwa a isit ou ou voye chèche nan mòn?

#16: Ou fouyel andeyò lè fini ou rale’l vin mete bò lanmè.

Tim: Ou al achte yon pye bwa andeyò?

#16: Wi kounya lè’w fin fouye’l ou rale’l vini.

Piblik: nou konn sal di a wi nou pale sou sa avè li deja…. Se pa li ki tap fe foto? …

Tim: Lontan lè’m te poze kesyon isit yo di ee se abriko ki fè plis bwa fouye?

#17: Abriko gen bwa fouye(15 minutes)

Tim: Yo konn fè?

#17: Wi yo konn fè wi.

Tim: Yo fè tou.

Gana: Ok nan tout metòd nou itilize pou nou peche yo mesye kiyes nan yo ki fè, ki bannou plis avantaj ki fè nou kenbe plis pwason? Nan tout materyè nou itilize pou’n peche yo?

Piblik: Senn nan, senn nan wi ki bannou plis avantaj.

Tim: Senn kenbe plis, Kisa nou plis kenbe nan senn nan? kòmsi karang? bonit?

#17: Wi, nou pran tout sa yo ladan’l nèt, tout kalite.

Tim: Tout net! kòmsi se sèlman bò lamè ou sèvi avèk senn nan?

#17: ou gendwa sot la a tou w’al sennen rozo avè’l tou..

Tim: Men ou pa al deyò avè li?

#17: Men ou paka al fon.

Tim: Bonit ki pi gwo bagay pou senn nan, bonit, taza?

Piblik: Wi, taza karang, bonit,…. e yo ki pi gwo pwason pou senn nan

Tim: Avèk karang ou ka pran yon gwo kou, foul yon kannòt. Ou fè menm bagay a bonit?

#17: Wi, nenpòt de kannòt.

Natacha: Men lè nou peche pwason an kòman kòman nou vann li. kòman Èske se machann ki vin achte’l? èske se madanm nou?

Tim: Pa bliye chif yo, kounya se 15 k’ap pale.

 #15: Tankou bonit lan, lè kenbe’l, lè’n kenbe’l yo pa pran an yon gran kantite, nou gendwa vann nenpòt 15 nenpòt 15 machann, kounya ou vann li pa LO, ou mete’l pa 3.

Tim: Pa 3 kouman pa 3 a?

#15: twa grenn pwason, chak lo yo gen twa grenn….

Natacha: A machann oubyen madanm nou ki vann pou nou?

#15: Non, menm ke e madanm nou e achte li achte tou wi.

Natacha: An madanm ou ! ou kenbe pwason an li achte nan men’w?

#15: Wi tankou epa sèl ou menm kap fèl ,ou pa konprann. Senn nan, tankou nou tout la a a, Natacha: (Nou met ansanm..) senn nan gendwa pou mwen,

Gana: Èske savledi senn nan se pou asosiyasyon an?

#15: Men misye ansanm avèm, misye ansanm avèm, tankou lè pwason sa a nou vann li, lè’n fin vann li, kounya tout moun peye’n, nou kontwole lajan an, kounya poun peye tout moun.

Tim: Men e senn ki pousantaj senn pran?

#19:  Bon e pou fini diw senn nan epa bagay asosiyasyon l ye, se bagay byen prive.

Tim: Ok mèt la gen yon pousantaj kanmèm,

#19: Ya, savledi mèt la gen yon pousantaj savledi ala pa, 50%

Tim: Li pran yon mwatye, li bay rès moun yo

 #19: Wi rès moun yo mwatye.

Tim: Èske gen kapitèn tou?

#19: Wi gen kapitèn, kapitèn nan gen mwatye toujou nan  lòt la, (25 %)

Tim: 25 %?

#19: Wi kounya rete 25 % pou rès moun yo.

Tim: Ok kounya 25 % rete pou lòt moun yo, lòt ekip yo.

Gana: Savledi menm si mèt senn nan pat nan bato a li gen 50%?

#19: Wi li mèt pa la li gen 50%.

Gana: M’wè nou tap pale de bonit èske savledi e sèl bonit nou kenbe bò isit lan, si se pa bonit nou plis kenbe, ki lòt pwason nou plis kenbe?

#19: Nou plis kenbe pwason ki ba’w plis avantaj, ou ka al nan lanmè, on sèl grenn pwason tankou bagay DCP a map diw la ou ka vann on sèl grenn pwason pou  4 – 5 000. dola 6 000 dola,ou we sam diw la pandanw ale, ou konn ale pafwa ou pran nenpòt 5 – 6 grenn ou wè sam diw lan, savledi ou sèt oblije, menm lè’w fè yon jounen pou li, menm lèw gendwa pa pran  anyen pou jou a, menw konnen si’w fè yon jounen konsa tou, lè’w resi pran an ou fè yon kòb, ou wè sam diw lan.

Tim: Men ou menm 19 ou gen jaden?

 #19: Non m’pa gen jaden, sèl pèch.

Tim: Ou pa gen kabrit?

#19: Sèl pèch.

Tim: Ki nimewo ou genyen, non ou menm?

#  18:18

Tim: Ou gen jaden?

#18: Non m’pa gen jaden non, m’gen lòt pwofesyon,

Tim: Ou se yon pwofesè?

#18: Non pwofesyon, fewonri.

Tim: An ok men ou peche nan lamè, ou gen kabrit?

 #18: Wi mpeche, non m pa gen kabrit.

Tim: Bèf? kochon? epi 15?

 #15: Vòlè vòlè yo twòp m’paka gade yo.

JJ

Tim: Ni jaden ou pa gen jaden?

#15: Non lè’n fè jaden epou vòlè’n fè’l

Tim: Men ou gen metye apa de pèch, lapèch?

#15: E pèch la m’frape nèt, nèt al kole…pèch la se eksplwatasyon’l ye fò’w kenbe’l kout, nèt al kole.

#19: A pèch la se eksplwatasyon lye, fow kenbel kout…

Natacha: Men e lè’w pa jwenn anyen, pafwa lanmè a konn pa bay anyen?

Piblik pale ansan… O! fòw fè rezèv…

 #15: Nou fè rezèv, gen kanè n’al pran sou kanè a.

Natacha: Komsi jan lanmè a ye la a èske gen yon moun ki pou avèti nou ki pou di nou pa al peche non lanmè pa bon, oubyen li bon wi nou mèt ale, oubyen se nou menm ki gade nou wè epi’n ale?

#15: Non, tanperati a.

Piblik: Sèl tanperati, tanperati a sèlman.

Gana: Sa vle se nou menm ankò ki panse lè nou ka ale, ak lè nou paka ale?

 #15: Paske sak fè Sa a ou pa konn kilè pwason ap vin sou li, paske l pa di’w kilè l ap bon ak kilè l pap bon, tankou ou menm nou pat konn si’w t’ap vini jodi a la a pou’n te fè Sa a,ou wè sa’m di’w la, konsa tou ou gendwa te vini san’w pat gen rapò ou vini la a ou jwenn nou tout, ou konprann sam diw la e menm jan ak pwason an, paske DCP a e komsi son bagay pwodiksyon pwason li ye.

Natacha: Men nou pa gen okenn limit sou lanmè a, leta pa di nou kote pou’n ale zòn Sa a pa bon, nou ale tout kote?

Gana: Men antre nou…

 #15: Non pa gen sa nou ale tout kote, kat V.I.P  no limit.M’konn al bonbon, abriko, m konn ale ti rivyè, bonm konn al peche menm kote avèk on eleman yo rele MIGUEL.

Natacha:  Men lòt moun sot lòt kote vin peche isit tou? San konfli, san pa gen pwoblem?

 Tim: E leta, Leta pa di…?

#15: Lòt kote tou, wi tout moun, sèlman peye DCP, ou konnen DCP a se yon asosiyasyon ki lage’l. ou te fè 1000 dola ou konnen’l gen 10%, retire 10% l lan, si se abriko ou te ale ou mèt vini la a voye 10% l lan bali

Gana: A! se kote’w peche a ou peye? ok

#15: Wi e konsa. (20 minit)

Tim: Men èske leta konn ede’w nan …?

 #15: Non leta pa ede’w  nan anyen.

#19: E nan tout sòs pou leta mele?JJJ

Tim: Wi banm fini a kesyon yo, ki nimewo w, 17 Èske’w gen jaden?

#17: Wi mwen gen jaden wi,

Tim: Ou gen kabrit?

 #17: Non m’pa gen kabrit.

Tim: Ou gen kochon?

 #17: Non m’pa gen kochon.

Tim: Ou gen bèf? [#17: Non m pa gen bèf ] Ou gen jaden , kisa ou plis plante nan jaden an?

#17: Banan, manyòk, ti grenn pwa,

Tim: Epi èske peche tou?

#17: Wi m’peche.

Tim: Epi ou menm ou se 16, ou gen jaden?

#16: Non

Tim: Ou gen kabrit? Ou pa gen bèt?

#16: Bon m fè elvaj kochon.

Tim: Ou fè elvaj kochon, ok kiyès anko?

Natacha, Gana:  nimewo 41.

Tim: 41 ou gen jaden?

 # 41:Wi

Tim: Ou gen bèt? ou gen toude, men kisa ou fè pi plis lapèch oubyen…?

# 41:Wi, lapèch avèk kiltivatè a avèk elvaj la tou.

Tim: Ok e ou menm 20 ou gen jaden?

 #20: M’gen jaden kanmèm wi, riiiiiiii al dèyè ti bout manyòk ladan.

Tim: Manyòk sa vle e plis plante manyòk.

#20: Wi avèk bannann.

Tim: A bannan, ok ou gen bèt?

 #20: M’pa genyen on sèl ti gazèl poul m’genyen JJJ

Natacha: Manman poul.

 #20: Wi manman poul.

Tim: E ou menm 26 ou gen jaden?

 #26: Bon e mwen ki dènye pitit papa’m, tout jaden’l yo li ban mwen yo kòm li kòmanse granmoun , m’gen jaden.

Tim: E ou pechè lamè tou?

#26: Wi

Gana: Ou travay ladan yo?

 #26: Wi travay ladan yo wi.

Natacha: Kòman pèch pwason an ede nou, o nivo pa rapò a fwaye nou, kòman sa ede nou, pèch la?

 #26: Lè sa bon nou patisipe, lè sa pa bon pa nou reziye nou, li ede nou nan fwaye lakay nou. Paske si nou tout, pifò e sèl pèch la nou kenbe ou wè e pèch la ki ede’n nan fwaye lakay nou, ou konprann sa’m di’w la.

Natacha: Lè’n konn jwenn dezavantaj?

 #26: Wi  o pa fè sa, pa gen yon bagay ki pa gen dezavantaj

Natacha:  Nan ki mwa nou plis kenbe pwason bò isi a?

#26: Pa gen mwa, mwa de me la a wap jwenn ti kalmi, ap gen dlo desann

Natacha: Alò mwa de me wap jwenn ti kalmi.

#26: Depi dlo ap desann pa gen anyen wap jwenn , wi wap jwenn li men le’w rive JWEN , JIYÈ OUT.

Natacha: Se lè sa a gen pwason?

Gana: E mwa mas?

 #26: Mwa de mars la m’konn tande yon karèm y’ap pale, depi’w rive nan mwa sa yo ou mal pou jwenn pwason.

Tim: De kisa?

Natacha: Karèm

Tim: Ok e karang?

 #26: Wi karang pasay,

Tim: Kilè yo vini?

#26:  Karang pasay ap vini mwa Sa a mwa OUT.

Tim: Mwa out. Yo vini a bonit yo? (#26: Wi )  Lè’w kenbe ou kenbe bonit yo ou kenbe toude ansanmon nan yon sel kou?

 #26: Ou konn kenbe toude ansanm wi.

Gana: M’ta renmen konnen, mta renmen nou banm ti yon enfòmasyon mesye, konbyen kòb nou ka fè konsa pa jou oubyen pa semèn nan pèch?

 #19: Nan pèch, sak fè’m di’w sa’k fè nou paka ddi konbyen nou fè ankò. M’di sou DCP ou ka kenbe on sel grenn pwason , ou vann grenn nan pou nenpòt pou 6 – 7000 dola konsa tou ou gendwa ale ou kenbe 3-4 konsa tou ou gendwa ale yon jou men lajan gaz la ou paka fè, paske lè prale ,fòk ou fè on po lwil, lè w fin fè po lwil la fòw fè sis galon gaz, pou ale kote’w prale a, konsa tou ou gendwa lè’w rive pou jou a ou gendwa paka fè lajan galon gaz la, men gen de pafwa li gendwa pote pwodiksyon pou ou , ou rive ou jwenn li, m’diw gendwa pran nenpòt 4-5 grenn, 3 grenn tou, konsa tou ou ka pran on sèl li vo  ou konprann 5 grenn, e sak fèw paka konn ki kantite.

#26: Ou konn fè yon semèn tou wap kouri ou pa janm ka fè on goud e defisi wap fè.

Tim: Men èske pa janm gen yon epòk ou gen twòp pwason ou paka vann yo?

#19: Wi konn genyen’l saw te ka vann 500 dola, gen pwason, ou oblije vann li 350  400.

Tim: tròp ki genyen?

#19: Wi tròp ki genyen.

Natacha:  Lè’l  twop konsa kisa nou fè, lè machann pa vin achte nan men nou.

 #19: Lè’l twòp konsa ou bali’l, lèw bay machann nan gendwa li menm pou kò’l  li vann li li di’w a a e 200 dola, ou konprann e tan m’te fè ladan’l

Natacha:  Men avèk kòb oubyen kredi nou bay machann?

#19: Kredi. Le’l fin vann li li peye’w.

Natacha:  Men e si’l fè defisi?

 #19: Li fè defisi, enben e li menm wi,

Gana: Èske oumenm tou ou fè defisi?

 #19: Wi enben e sam diw wi,Lè’l vini li di’w li pat vann li li ta vann tan, ou konprann pandan te gen anpul pwason li detaye’w, pou’l kon konbyen’l vann li

Natacha:  Èske’n konn vann avèk restoran, otèl?

 #19: Non, sèl machann.

 #20: Le plus souvent pè y DCP a li ede’n se vre men, sa’k ede’n plis bò isi a e pèy bwa fouye a avèk senn nan, pafwa tankou maten an la a malgre’w wè lamè a gwo la, gen nèg ki sot nan bwa fouye maten an la a, yo paka pa fè yon 250 goud, pou yo manje lakay yo ak pitit yo, ou konprann. Men nou tout la a pa gen nou youn ki ka al sou DCP jodi a la pa gen mwayen pou sa. Savledi la a si’w te gen 100 dola lakay ou la a ou paka pran’l pou al sou DCP a, pou gentan kite lakay san anyen, paske si’w pral sou DCP fò’w ka kite on bagay kanmèm paske lè’w vini fò’w jwenn on bagay.ou konprann (25 minit) Savledi m’rete kwè senn nan avèk bwa fouye  a e li ki soulaje’n plis bò isi a.

Tim: Èske pa gen anpil moun ki plonje isi?

#20: bon Non, pa sèvo, pa konpresè yo konn al dèyè lanbi..

Tim: konpresè?

Tim: Nou konn fè sa?

#20: Wi Konpresè..

#20: Nou pa genyen’l bo isi la, yo konn fèl.

Gana:  bò isit la nou gen asosiyasyon pèch?

 #20: wi

Gana: Konbyen nou genyen konsa?

 #20: On sèl.

Gana: Savledi on sèl asosiyasyon an nou tout patisipe ladan’l?

 #20: Wi

Gana:  Men kòman’l fonksyone?

#20: li fonksyone jan’w wè’m di’w la tankou ou gen yon motè m’di’w la. (Ekip pa ekip). si gen nou 10 pechè, tankou jodi a 2 ale, demen si DYE vle mwen menm ki te ale a misye, m’pa ladan’l ankò,  demen si Dye vle e pou d 2 moun Sa a, apre demen e pou 2 moun Sa a, jiskaske jou pa’m nan rive. Ou konprann.

Natacha: Ok Sou DCP a lè’w peche ou gen yon pousantaj pou bay a asosiyasyon an, e lè’w ale nan bwa fouye oubyen lè’w fè liy nan?

#20: Ou menm lè’w fè’l, depi e sou DCP a ou fè’l fò’w peye’l.

Gana:  An ok.

 #20:  Sa lage yo lage’l e pou kòb.

Tim: Men ou ka rive rive nan bwa fouye nan DCP?

 #20: Wi ou kab wi men bò isi a nou pa fè strateji bwa fouye a bò isi a a e nèg rozo, noumenm  nou tout atè la a, e deyò a la a n’al distrè nou nan bwa fouye a, te gen youn deyò a la a ou t’ap wèl e la n’al chache

Tim: Savledi  ou pa vle al lwen?

#20: Wi ou paka al lwen savledi nenpòt gwo lanmè ki pran’w ou tou la, ou pral fè tywòp efò pou naje paske ou pral anvi pa kite bwa fouye a, e’w te gentan kenbe yon bèl pwason, nan anvizaje pou bèl pwason Sa a pa ale, e pou bwa fouye a pa ale e pou bwa fouye a pa pèdi, ou pral fè twòp efò ou ka menm pèdi lavi’w. Nou vin chache yon fason pou nou pa ale ditou a bwa fouye a, toutotan nou pa gen motè nou pap ale.

Natacha: Ok kisa’k pouse nou peche? èske se paske paran nou te konn peche ki fè’n peche? oubyen èske se renmen nou renmen sa ki fè’n peche? oubyen on moun nou wè k’ap peche ki fè nou di ba nou peche tou, kisa’k pouse nou al peche?

#20: La grand mòd, savledi depi’n leve nou jwenn pèch la nan zòn nan, nou jwenn papa’n, papa papa papa’n te leve nan pèch la, nou menm ki leve nan zòn nan … menm jan ou ka gen yon timoun ki fini lekòl, li te pati la’l peyi etranje, dèske’l te deja konn pèch la lè’l vini’l pap regrèt manyen branch lan ansanm avèk ou, nou viv san konplèks.

#19: Mwen sa’k te pouse’m al peche, tankou zòn nan pa gen okenn lòt aktivite, menm lè’w leve depi epa nan pèch ou ale ‘ap jwenn tout moun la a nan zòn nan. Ou we sa’m di’w la si pou fè 10 goud fòk se nan pèch la pou ale, ou bezwen 100 goud fòk se nan pèch la, ou oblije kenbe la se yon strateji ou konprann kòm jaden’w, ou oblije jwenn li , savledi e sa’k te pouse tout moun, tankou mwen menm m’gendwa leve jodi a m pran pòz mw m’pa pral peche, m’ap ret mouri grangou, sa’k fè Sa a m’pa gen anyen nan zòn nan paske leta pa ba’w oken travay, ou pa gen okenn moun pou ta leve jodi a pou di ou pral travay ou pral bay yon jounen, ou konprann. E pèch la ou oblije kenbe la pou ka jwenn 10 goud

Tim: Èske ou vle timoun pa’w peche?

Natacha: Si sa te rive ou pat pèchè, si si wi, kisa ou te swete  ye?

 #19: Kisa’m te swete ye, M’tap oblije mete kòm on lòt kote, m’tap al on lòt kote m’tap al dèyè yon lòt bagay poum fè, pwiske m’jwenn avantaj la ou konprann m’oblije rete.

Tim: Men gade ou gen timoun? konbyen timoun ou genyen?

 #19: Wi , 5.

Tim: Èske ou vle ti gason yo peche lanmè?

 #19:  Non, sa’k fè m gendwa..  depi’m  gen posiblite pou’m pouch yo yo paka peche lanmè, m pa gen posiblite, mwen menm chak jou BonDye mete m’al nan lanmè, lè’m pa jwenn anyen m’gendwa pa gen posiblite pou’m mete’l lekòl , ou wè sa’m di’w la. E li menm li gendwa wè’m pa gen posiblite pou’m mete’l lekol. Pandan’l la a li ap soufri grangou nan menm m’paka jwenn manje pou’m ba li.

Tim: Ou gen timoun? konbyen timoun ou genyen?

#15 wi, 5.

Tim: èske’w vle ti gason yo peche lanmè?

 #5: non m’pata vle yo peche lanmè , paske sa’w konnen ou pata vle timoun nan konnen’l  ou oblije, si’w pa gen anyen pou fè, e la’w ka bwase’w, si timoun nan al lekol li ka rive yon kote nan yon klas ke’w paka pouse’l ankò, ou te ka voye’l nan yon metye, ou te ka bay kòb ou ou voye’l nan metye a di sa w’ap fè, lap swiv tras ou.

Tim: E #18 ou gen tigason?

#18: Wi, 2.

Tim: èske ou vle yo peche lanmè?

 #18: Non. Paske, aktyèlman la a malgre yo pap viv isi la a, yo pòtoprens [Tim: A! ou mete yo pòtoprens?]yo yo potoprens, se sa’k fèm di’w m’fè fewonri, se pòtoprens m’fè fewonnri, m’leve nan lapèch la, paske menmsi’w wè’m ale m f`e 2 zan , m’fè 3 zan m’ap toujou vini, kounya lè’m toujou vini e nan zòn mwen m’ye m toujou vini m‘pa konplekse m’toujou nan lapèch la, men lè’w wè m pòtoprens se aktivite fewonnri m’fè.

Tim: epi #17 ou gen timoun?

 #17: Wi m’gen timoun. 

Tim: èske ou vle ti gason yo peche lanmè?

#17 : Non mpa dakò yo peche.

Tim: ou pa dakò?

#17: Non.

Tim: ou pa dakò, kisa ou  ta vle yo fè?

#17: Sam ta vle yo fè, bon si’m pechè m’ap nèk redi nan pechè a plis pou’m avanse yo, pou yo rive on lòt bagay, savledi si’m se pechè m’ta renmen pitit mwen swa yon enjenyè, kounya nou melanje yo, m’pa ta renmen m’pechè epi pitit la pechè tou. (30 minutes) Tim: Ok dakò.

Tim: #16 e ou menm sa’w wè pou ti gason’w yo? Ou ta vle yo peche lanmè?

 #16: Non tankou nan sa’m ye pou mizè map pase nan domèn pèch la ,m’pata renmen l chwazi pou’l ta ladan’l.

Tim: Kisa ou vle pou timoun yo?

 #16: Bon li te gendwa chwazi yon enjenyè oswa kèk medsen.

Tim: Ok dakò.

Tim: Ok epi ou menm 5, ou gen ti gason?

#5: tifi,2 tifi m genyen.

Tim: ok tifi, e siw ta gen yon ti gason ou ta vle‘l fè lamè?

 #5: non sa’m fè a li paka fè’l tou, m’ap redi nan sa’m ye a pou’m ede’l, poum fè’l vin pi wo pase’m.

Tim: e ou menm #20?

#20: M’rete kwè tout sa’w wè mesye yo di an m’reponn sou menm kesyon an paske, si’m gen 2 ti gason la a, pou’m nan pèch la, paske’w wè redi senn nan, lè wap rale nou 2 sa a, si’n nan yon bato n’ap redi’l, n’ap bay blag, m’gentan wè si’m gen tigason’m nan si’m nan yon bato avè’l m’pap ka bay blag avè’l jan m’ap bay blag a misye a, li pap ka bò kote’m nan. Fòk m’kreye yon fason pou’m mete’l nan yon lòt bagay pou demen si Dye vle pou’l kapab ede’m mwen menm.

Tim: Dakò e ou menm ou se 26? kisa’w gen pou di?

 #26: bon m’poko gen pitit non, men m’gen pitit fanmi’m savledi pafwa lè timoun nan piti yo pata vle tankou jan ou menm ou konpòte’w nan pechè a, pou timoun yo pa peche konsa, men si tout fwa vin gen yon timoun m patap

janm kite’l al peche paske si mwen menm mwen konn peche, m’ta renmen pou timoun nan yon lòt bagay pou’l ta depase’m nan sa ke mwe ye a.

Tim: Ok ann tounnen yon moman sou afè lè ou vann pwason an jeneral ou vann ou di se kredi ou bay, ou t’ap di sa, kounye a  ou paka bay kredi a lòt moun si’w pa konnen yo byen.

#26: Non.

Tim: Savledi  pifò moun, ou bay madanm ou?

#20: Nou vann lòt moun nan zòn nan kredi wi, ou konnen nou tout e lavi n’ap chache, m’gendwa vann madanm misye, m’vann madanm misye e m’vann madanm mw tou, youn menm pa gen yon goud menmjan madanm mw pat gen nan men’l lan, savledi m’fè pou lè madanm mw vini pou’l pa vin dèyè grenn sèl la lakay. Paske depi’m vann misye l’ap vini a yon gode sèl kanmèm, savledi nou vann li kredi lè’l vini… savledi si’m t vann li pou 20 dola, li vini li dim a m pa fè 20 dola non e 18 dola m fè e nòmal poum pranl nan men’l m paka kite’l, paske m’te aksepte vann li kredi.

Tim: Ou tap di, kiyes ki tap pale la a?

Natacha: Ok men Èske asosiyasyon nou ye a gen on asirans tankou lè’n sou lanmè a nap peche anka si ta gen yon ensidan ki rive kiyès k’ap pote nou sekou?

#16: asirans pou’n ta genyen la a, fòw konnen depi’w pral DCP a fò’w ta ale ak telefòn ou. Dayè si’w ta rive ou pran pàn, e sèl pàn pou ta pran depi w pran pàn kounya w’ap..

Natacha: Men lè pran pàn nan èske se asosiyasyon an ki vin leve’l pou ou san kòb?

#16: Non kounya tankou ou pran pàn deyò ou paka vin atè kounya w’ap rele atè a vin chache’w.

Natacha: Wi men depans lan se ou’k fèl oubyen yo menm ki fè’l pou ou?

Piblik: Asosiyasyon an ki fè’l.

Gana: M’ta renmen nou di’m mesye ki pwason ki bay plis kòb nan pèch la?

#20: Nan pèch la?

#16: Bonit.

Tim: Bonit ki bay plis kòb? Aprè bonit?

#19: Wi, balawou.

Tim: Aprè balawou?

Piblik: Karang, taza e selon kantite’n kenbe a mesye, sa depan de kantite a.

Tim: Nou konn peche…, chèche zengen isit?

Natacha: Nou peche zangi?

Piblik: Riiiiii,  wi zangi afè pa’m nan sa

Natacha: Genyen zangi anpil bò isit?

#19: Ou bezwen on 50 kilo?

Tim: Ou genyen?

#20: Si’w bezwen on 50 kilo m’ap fè’w jwenn li.

Tim: Ou t’ap fè nou jwenn?

#20: Wi.

Natacha: Men èske lè gen zangi toujou peche menm kantite pwason nou toujou kenbe a, zangi a enpeche pwason yo vini?

Piblik: Wi genyen, men pafwa tou zangi a pi fasil, ou kenbe zangi a plis ke pwason an.

Tim: Ou kenbe zangi a plis ke kisa?

#16: Nou konn kenbe zangi a plis ke pwason an.

Tim: Plis ke pwason?

#16: Wi…

#20: Wi ou paka met zangi nan poul pwason ,

#16: Paske zangi a li menm e nan dlo a ou peche li, bò lanmè a, kote kouran an, nan lanbouchi a.

Tim: Ok 17 men èske gen anpil moun andeyò ki konn vin peche zangi?

#17: Wi anpil anpil an kantite,

#5: A! yo mouri tou.

Piblik wi majorite, pi fò e moun andeyò, y’al chili.

#16 : a ou fou monchè riiii

Piblik: Yo pa konn naje

Tim: kounya a yo peche bò lamè menm, yo mache nan lamè?

#5: Yo antre nan lamè a, lè yo antre nan dlo ki twòp pou yo kounya yo ale.

Tim: Ou konn gen sa toutbon en? konn gen sa moun neye la a? (35 minutes)

 #  17: Wi, wi eben e chili y’ale wi. JJ

Tim: Chili Pa dlo J

Natacha: Ok pou nou menm pechè ee wot GINODE se sa, si sa, si sa ta rive ta gen yon enstitisyon alò leta oubyen prive, ki ta vin bò isi a ki bezwen fè yon bagay pou pechè, tankou’l ta di, pechè nan zòn ginode, si ta gen yon bagay nou ta vle fè pou nou, kisa’n t?{::kesyon an pou nou.

Natacha: Ok m’di si sa ta rive, m’pa di’l ap rive alò si ta gen yon si sa ta rive ta gen yon enstitisyon alò leta oubyen yon òganizasyon prive,epil vin bò isit li di bon pechè ki nan wot Ginode alò nou gen pwoblèm, si ta gen yon bagay yo ta mande fè pou nou, kisa nou tap reponn pou yo ta fè pou nou nan pechè eee?

 #5: Pi bèl bagay yo ka fè pou nou paske se jèn gason ye, si’n pa an matirite pou nou fè kay  y’ap bann kay, e wout lan yo ka fè pou nou y’ap bann wout, on ti plas piblik yo ka fe pou nou, y’ap ban nou’l.

Natacha: Men pa bliye se peche nou peche.

Tim: Wi e nou gen ide pa nou tou, sa sanble..

 #5: Enbe y’ap bann DCP a ak kantite chaloup yo genyen an.

Natacha: Savledi nou gen pwoblèm DCP?

#5: Wi nou gen pwoblem DCP, pwoblèm mote.

Gana: Aprè peche sou DCP nou pa janm panse a pratike okenn lòt metòd de pèch?

#5: Ooo nou travay, nou pale‘w de tout pèch nou fè nèt.

Gana: Nap pale isit de liy, sake nou fè avèk senn etc… Mwen map pale’w de pèch dans le sens que …

#5: Ok ebyen, tankou nou kenbe ajante, nou kenbe koulouwou, nou kenbe karang nan liy nan, nou kenbe sad, nou kenbe lake , savledi nou kenbe pawòkè ladan’l, pwason liy nan, esak fè’m te di’w konsa, e se bwa fouye a, ki favorize’n pi fasil pou’n jwenn yon bagay avèk senn nan. Men pèch DCP a li vin on ti jan …[ #19: Biza] ou konprann pouki rezon? nou pa gen chaloup vre, paske nou gen kalipso, men nou pa gen motè, nou paka annik pouse sa a la a konsa jan’l ye a pou n’al fè yon pèch, paske li paka ede’m la a jan’l ye a la, pou la a fòk nou gen yon grenn 2 grenn motè, ki pou pèmèt pou n’al chache…

Tim: Men èske ou te gen motè?

#5: Bon nou te gen motè yo kraze.

Tim: Yo kraze. kounya poukisa ou pa ranje’l ?

#5: Yo paka ranje, pa gen pyès pou li e mèkuri.

Tim: E mèkuri pa gen pyès ou voye dèyè’l?

#5: Pa gen pyès tout kote nou voye dèyè’l pa genyen, sèl a letranje nou pa voye dèyè’l pa’t gen mwayen pou sa.

Tim: Epi ou pat pa’t janm gen yon yamaha?

#5: N’apèn gen yon yamaha la a m’pa konnen…

#5: ( Epa yamaha li ye), eskize wi m’pa konn si’w gen kèk moun ki ka ede nou nan ka sa a, paske yo la nou paka fonksyone avè yo, si’w gen yon moun ou ka ban nou pou ranje yo pou nou, nou pa gen pwoblèm, si’w ka bann patisipasyon pa’w?

Tim: Si’m ka jwenn yon moun k’ap ranje li? non men sa se yon pwoblèm ou wè sa tout bagay,ke ou gen yon motè ou pa gen mekanisyen, ou wè sa avèk moulen , ou wè sa avèk tout bagay yo, men ou ka panse ke non mpa genyen. Sèl bagay m’ka diw non..  Men banm baw yon ti blag la: m’te okap, gen yon nèg la a li bay 19 motè a yon asosiyasyon pèch lamè. Li vle’m fè yon ti pale avèk moun yo menm jan n‘ap fè la a, epi lè’l rive la a, yon moun kòmanse egzije’l, li di ou bay motè ou pa banm gazolin, kijan m’ap fè la a men, apre sa m’di’l nou t’ap pale de saJJ

(#5: moun Sa yo anraje)J

Tim: Apresa nou t’ap pale, epi m’di gade, gen yon moun ki t’ap pale avèk nou, li di gade ou konn pwoblèm la? lapèch paka sipòte motè, li pa gen kont kòb pou motè a, epi pou’m moutre nou se la verite li di èske’w panse moun ou te bay motè gentan gen mote? Li di non m’bay motè premye fwa m’ap ede yo peche lanmè, misye gen yon gwo otèl, li panse l’ap kreye yon endistri, kounya lè nou mande moun si yo gen motè, tout moun te gen motè anvan, e tou tout motè te kraze. Ou konnen m’pa vle mete pawòl ou nan bouch ou, men sa se yon kritik de bagay yo, siw paka ka gen motè pa’w, kijan lapèch ka kenbe’w vre? Kòm ou di, ou di yon gwo koze, bwa fouye se vrè pèch bò isit, se sa ki kenbe’w, men ou vle yon motè men laverite ou paka achte youn, si… kòman ou ka di sa? Si li ta rantab, [Natacha: Rantab]si ou t’ap achte pou ou, ou tap achte ou sèl ow.

#5: Wi si’m te gen mwayen, si’m te kapab.

Tim: Ok si’w te gen mwayen pou achte ,ki kote ? èske ou ka jwenn yon motè pou achte?

Piblik: Wi.

Tim: Ki kote?

Piblik: Wi, ou ka jwenn li pòtoprens, okay.

Tim: Kisa ou t’ap achte?

#5: Kòman ?

Tim: ki kalite motè?

#5: Yamaha. (40 minutes)

Tim: Yamaha, Ou pa ta achte yon mèkuri ankò ?

Piblik: Bon mèkuri a lè pou’n jwenn pyès li pa fasil, li pa gen garanti

Tim: Men yamaha ka ranje?

#5: Fasil.

Tim: ki kote ou t’ap voye ranje yon yamaha?

#5: Jeremi la a gen moun ki ka ranje’l.

Tim: Gen mekanik?

#5: wi.

Tim: E pyès?

Piblik: Pòtoprens, Okay Ansdèno.

Tim: Men ok..

Gana tout moun la a apa de pratik de pèch, m’ta renmen konnen si tout moun la gen jaden, tout pechè nou pale avèl la a èske nou gen jaden tou?

Tim: Nou te pase, nou te gentan mande sa deja.

Gana: M’ta renmen nou di’m ant akitivite pèch la e ant aktivite jaden an, kiyès ki pi rantab pou nou?

#26: E pèch la.

Tim: Ok 26 pèch?  20?

#26: Wi.

 #20: pèch.

Tim: 5?

#5: Sa’m te ka di mwen menm lè w’al fè lapèch la, ou fè jaden, lè’w fè kòb nan lapèch la ou ka jwenn yon bagay ou regle ansanm avèk li,[ #26: Se pèch la ki edew fè jaden an.] men jaden an, lè’w pa gen jaden an e achte ou pral achte nan lari, ou konprann.

Tim: Jaden an kenbe’w,

#5: Jaden an kenbe’w, yo toulède bon.

Tim: 15 jaden, lapèch?

#15: Non m’pa fè jaden.

Tim: ow,ou pa fè ou dim sa,o wi ou gen yon metye. 18 gen metye.

#16: Wi m’fè elvaj bèt.

Gana: kiyès ki pi bon ?

Piblik: Jaden.. pèch la…

Tim: 16?

#16: Elvaj, pèch.

Piblik: Elvaj, jaden.Toude ede nou.

Natacha: Nou konn kenbe pwason ki kwive?

Tim: ok tann, tann banm, ann fini avèk sa, si yon òganizasyon vini yo fè entèvansyon, èske’w pito bèt ou pito kòmsi èd nan lapèch?

 #16: Wi si yo bann èd pèch la t’ap pi bon pou mwen wi .

Tim : Èd lapèch ?

Piblik: wi èdla tap pi bon…

Tim: ou pa pito zannimo?

#16: chak moun renmen yon bagay, gendwa gen moun ki renmen pèch la, gendwa gen moun e zannimo a.

#5: sim jwenn zannimo a tou m’ap pran’l wi. Paske gende lè m’paka al nan lanmè a ma chanje bèt la, JJJ

Tim: An ou gentan di’l, pèch?

#5: Wi

Tim: En! Pèch

#15: Mwen ant lè 2 wi paske’m pa gen bèt ditou, yon sèl ti gazèl poul m’ te di ke mwen genyen si’m ta vin jwenn yon lòt,

#15: Pa jwe, pa jwe di yon bagay klè ou fini.

#15: O pa fè’m sa sa’m posede a de li m’ap pale, e li’m te di deja e li m’ap fini tande frèm

Gana: Sa’w te di, epa sa’w genyen an nou mande epa sa’w te di.

#15: Ebyen e li’m di’w wi bèlmè’m, m’te di’l deja wi, ou konprann, epi pèch la se li menm k’ap  ede’m, e pèch la ki devan’m.

Tim: Ok Natacha.

#5: eeMwen gen senn, si’w te ka ede’m nan fil, l’ap trè enpòtan pou mwen, ou konprann

Tim: Fil la?

#5: Wi, fil senn,  pou’m ka lase, pou’m ka fè chanjman fil nan senn yo.

Tim: Men èske yo pa vann fil isi?

#5: Yo vann fil isi.

Tim: Men achte ou bezwen achte’l?

#5: Bon …

Tim: Menm t’ap di menm bagay si senn nan paka tire kont kòb pou repare’l, li pa rantab Sa’m t’ap di kòm kritik de sitiyasyon la a.

#5: Non, poukisa, senn nan epa yon senn mwen te achte an bon eta, se yon senn mwen te achte dezyèm men, on nèg te kòmanse fonksyone avèk li deja, on lepè, ou konprann, e jis m’kòmanse fè kèk ti reparasyon ladan’l, kounya a la a menm eee m’bezwen fin konkli a tout bagay nèt.

Tim: Ok. Natacha? nou gen lòt kesyon ?

 #5: tout ladan yo se.

Natacha: Wi m’te mande èske nou konn kenbe pwason ki kwive? tankou pwason ki konn gen kwiv.

#5: Wi sa pa fasil ….[ Piblik li pa fasil….]

Tim: nou manje bekin ?

#5: Wi, konn gen pwason kwiv, n’ap pale de bekin, karang, sadin bèt sa yo nou toujou jwenn yo kwiv, kwive bò isi an.

Tim: Nou jwenn yo konsa?

 #5:  Nou toujou jwenn yo konsa, nou toujou jwenn bèt sa yo, savledi yo gen yn bagay wouj  nan tèt yo, oubyen tout kò yo vin wouj, lè sa a nou pa manje yo, nou pa itilize yo.

Gana: Ant pèch zangi ak pèch, pèch zangi a se yon pwason yon ti pwason, ant pèch pwason ak zangi a, kiyès ki pi rantab pou nou bò isi a?

Piblik: zangi a.

#19: Zangi?

Piblik: Wi.

Piblik: Kote’w pral jwenn zangi pou kenbe?

#5: ou jwenn zangi toutan pou kenbe?

Piblik: Nou mèt di pèch zangi a se yon (pèch sezon, se pa yon bagay chak ane), On bagay pase l’ap pase e chak jou w’ap kenbe pwason se li ki bay plis randman

Piblik: fò’n  tande kesyon yo wi, yo pa mande’w pou ki ane non,si yon moun ap ba’w chak jou oubyen pou pi fasil, yo mande’w sa ki pi rantab e sans kesyon an .

#17: Wi zangi a gen plis kòb Kounya m’prè pou’m poze nou yon kesyon wi .

Tim: ya 17?

#17: kounya m’prè pou’m poze nou yon Kesyon wi. (Tim: ya ou ka poze’l) kesyon m’ta poze nou, èske nou gen yon vizyon poun nou pa bò isit?

Tim: Nou pa genyen, nou gen ch…

Gana: M’gen lenppresyon ke’w pa’t la lè nou te kòmans e a, paske lè nou te kòmanse a, m’te di’l klè e nèt, m’te di ke,(45minutes) nou pa vini pou’n bay oken moun espwa, ni pou’n di ke n’ap di nou fè. Nou jis vini pou’n pran enfòmasyon sou lapèch pou moun ki mande nou enfòmasyon sa yo jan Tim te di dè le kòmansman an. Li te di ke li la l’ap pran enfòmasyon, jan Tim te di lè n’ap kòmanse a, pou’l bay moun ki mande enfòmasyon, donk si moun sa yo gen yon ide pou nou, li menm li epa li menm ka’p konnen’l se apati de enfòmasyon ke li pral bay, si gen yon bagay, petèt ke o fil di tan y’ap fè noukonnen men li menm li jis la pou nou pran enfòmasyon.

Tim: men nou pran, nou mande koze, nou poze kesyon la a pou mete an rapò kamèm paske’w konnen depi…

#17: An ok paske  ou menm w’ap ede nou chache.

Tim: Wè, epi fò yo konnen, fò’m ka di’l moun wo ginode se sa yo ta vle wè kòm entèvansyon pou ede yo  nan pèch, men sa pa vle di nou, nou pa konnen si y’ap fè okenn bagay, men se chèche konnen, chèche konprann n’ap fè la a. Nou gen lòt kesyon?

#26:

Tim: Wi 26.

#26: Demwazèl la te di, li menm, li menm avèk ou, l’ap, yo nou ala rechèch bagay ke nou pa konnen men nou ta, m’ta renmen konnen kisa nou plis a la rechèch pa rapò avèk sa demwazèl la te jis t’ap pale a.

Tim: Nou fè 3 rechèch la a pou yo kounye a, nou etidye lapèch, nou etidyè kabrit, epi nou etidye bwa. Men lè’m di bwa a tout bagay, (#26:  jaden). Wi, fwi, chabon, planch, men kounya nou separe yo, nou gen lòt ekip k’ap mache poze kesyon sou kabrit, nou menm nou envestige lapèch, kounye semèn, demen jou aprè m’ap kòmanse etidye bwa yo.

Natacha:  alò e pou’m fè swit avèk kesyon ou di a, lè’m di sa nou pa konnen, alò tout sa’w di la yo nou pa konnen yo, nou pa’t konnen yo se ou menm ki vin di nou

Tim: Nou ka konnen men nou pa… chak zòn gen jan pa yo.

Natacha: gen konsepsyon pa yo, lè’w rive abriko pechè a diw men ki pwoblèm li genyen men sa’l rankontre, lè’w rive bonbon li di’w men enkonvyan, lè’n rive bò isit nou di ki pwoblèm nou genyen.  Men nou menm nou paka konnen si nou pa vin bò isit pou’n mande’w ki pwoblèm nou genyen.

Tim: E nou ka di tou, nou vin isit, se paske yo di nou pou nou vin isit, nou pat chwazi pa aza.

Natacha: Nou pat konnen si bò isit te gen pèch alò pou’n rive jiske la, se chèchè n’ap chèchè.

Tim: Men non, patwon te konnen.

#16: Isit la a tankou paka konn pwoblèm pa bonbon, bonbon paka konn pwoblèm pa isit, chak moun gen pwoblèm pa’w nan zòn pa’w.

Gana: Men ki pi gwo pwoblem nou genyen nan domèn pèch la pa bò isi?

#5: Mwen pa tande non.

Gana:  Pa bò isit la ki pi gwo pwoblem nou genyen nan domèn pèch la? Nimewo , nimewo , Chak moun k’ap reponn bay nimewo.

#5: DCP, motè,  pi gwo pwoblèm nou gen nan domèn pèch la. (Tim: #5 , #15)

#5: talè Sègo.

#15: E lè lanmè a gwo nou paka moute’l w’ap gade’l. men san epa sa depi lanmè a bèl, w’ oblije e baranch nou, w’ap bwase kanmèm pou fè san sot nan wòch pou fè 50 goud nou. Pou mwen se li’k pi gwo pwoblèm nou, men depiw ka monte’l w’ap viv kanmèm

Gana: E lè lanmè a ou di li wo konsa, ki mwayen ou ka, ou panse ou ki te ka bon pou n’al sou li?

#5: Non si’n paka ale n’ap oblije, n’ap ret atè paske sa’w fè a si jodi a ou sòti ou fè on 50 goud, m’pa kwè ou ka manje tout 50 goud la. Fò’w ka fè rezèv 10 goud ladanl, lè sa n’ap ret atè n’ap tann, n’ap tann lè’l bon pou’n ka moute.

Natacha: Men nou te konn kenbe plis pwason avan tan matye, oubyen apre tan matye?

#16:  A! tan an pase, tan an kraze’l nèt.

Tim: Lamè?

#16: wi, tan an kraze’l nèt.

Tim: Men lè’w te timoun èske te gen plis pwason

Piblik: Wi, wi.

Natacha:  Men èske’n gen espès nou te konn wè kounya nou pa wè yo di tou nan lanmè?

Piblik: A! Wi, nou toujou wè wi, tankou… men gende lè, tankou jan lanmè a vin ye la a,  kounya a gen anpil nou pa wè.

Piblik: Di’n pa wè yo mesye.bon’n pa wè yo vre.

#16: wi, wi gen anpil nou pa wè.

Tim: kisa ou pa wè #16?

 #16: Tankou pwason, e palaso, te konn gen somon, janchwa, nou pa jwenn sa yo ankò ditou.

Tim: Chwal?

#16: Janchwa. Pandan’w di chwal la gen yon pwason ki rele bourik wi nan lanmè a.

Tim: Riii hahahahaJ

#16:  On pwason nwè boul je’l gwo.

Tim: enhen ebyen ok n’ap fini.

Natacha: N’ap fini.

Tim: Ok nou di mèsi wi

Piblik: Nou di mèsi tou, mèsi pou pasyans nou,

Gana: Nou di mèsi mesye, nou kontan pran ti enfò masyon sa yo nan men nou, nou mèt si ke enfòmasyon yo, yo anrejistre e rapò yo.