> KREYOL TRANSCRIPTS

Kabrit – HEKS-EPER – Pwodikte Kabrit La Ferme Fokis Gwoup

Fokis gwoup sa a li fe pati de 2 fokis gwoup sou kabrit. Resech la te patwone pa oganis Swiss, HEKS-EPER.

FULL TEXT

Fokis gwoup sa a li fe pati de 2 fokis gwoup sou kabrit. Resech la te patwone pa oganis Swiss, HEKS-EPER.

Dat fokis gwoup la fèt: 31/01/2018

Lis patisipan:

#9.Elise Techny; Gason, 37 ane, 0, Elvaj, 5em ane fodamantal, 38531730

#11.Dorillas Mecaisse Gason, 34 ane 0, Evaj, Sètifika 36504118

#.13 Jean Dieufette Elise Gason 37 ane ,4 Elvaj 9em segond 38670772

#1.Donillas Sonel Gason , 45ane 4 Elvaj segond 36504118

#4.Jaossaint Jean marie lettus,Gason 62 ane 8, Elvaj 6em ane fondamantal 36759258

#7.valord Sineus Gason 62 ane 0, Elvaj, 0 0

#12.Similin marie suzana Fi 56 ane 4, Elvaj 4em ane Fondamantal 46985384

#3.Elise Celestin pierre Gason 65 ane 6 Elvaj 9em segond 34141749

#6.Pierre Cerna Fi 27ane 0 Elvaj Sètifika 31891201

#8.Duverat carmelle Fi 39 ane 1 Elvaj 6em ane fondamanta l 46431707

Jackly: Bonswa tout moun,

Piblik: Bonswa

Jackly: Ok ,non pam se Beautelus Jackly, mwen akonpanye avèk madam Islande , donk n’ap fè travay sa pou Eper…

Piblik: Mèsi.

Islande: Bonswa tout moun.

Piblik: Bonswa.

Islande: Nou pral fè yon ti pale la [yon moun ki touse] men ee m vle ban nou règ jwèt la. Chak lè nou pral pale nou pap site non nou, se nimewo a nou p’ap leve nimewo a anlè non n’ap di egzanp sa e nan men nou, nimewo 14? 14, nimewo 14, oubyen 14 epi nou bay repons lan nou konprann?

Piblik: Wi

Islande: Si’m pran kèk moun. Nimewo 4, depi kilè w’ap fè w’ ap fè elvaj kabrit, w’ap gade kabrit

#4: Mwen menm m’ap gade kabrit depi’ m nan laj 12 ,13 zan m’ap gade kabrit.

Islande: Depi 12, 13 zan, e si’m ta diw madam depi ki laj , a ki laj w’ap gade kabrit?

#12:12 zan

Islande: 12 zan? [ yon moun ki ap touse]

#12: Wi

Islande: Ok, lè sa yo te konn kite’w chanje kabrit pou kò’w, oubyen… ee e moun kite konn chanje pou ou?

#12: Papa’m ki te konn moutre’m chanje kabrit.

Islande: Ok, Ok n’ap kontinye, ki kalite kabrit ki genyen nan zòn nan? Èske gen kabrit etranje, èske gen kabrit lòt ras nou konnen nan zòn nan?

#3: Gen gwo zòrèy amelyore, gen ras kabrit kreyòl

Islande: Gen gwo zòrèy amelyore?

#3: Wi

Islande: Gwo zòrèy amelyore….

#3: Men li pa fasil non w’ap jwenn kèk pwojè rantre avè’l apèn

Islande: Men èske genyen’l nan zòn nan

#3: Non

Islande: M’pa diw sa ki genyen non,

#3: Nou pa genyen‘l.

Islande: Nan zòn nan.

#3: Yo vann mal la, li te vin rèk yo vann li

Islande: Nou pa genyen’l ankò? (piblik di nou pa genyen’l ankò) eben nou gen yon sèl kalite ras se ras peyi, pa vre?

Piblik: Wi

Islande: Wi, ok ee nou pa konn abitye tande gen ras sovaj nan zòn nan, non?

Patisipan: Pa’t rete ras sovaj non

Islande: Kabrit kiki te ret nan bwa, ret nan bwa poukò yo ki pa gen mèt

Piblik: Non, non pa gen sa.

Islande: Kijan nou fè elvaj èske se gade nou gade kabrit la nan kòd, èske e lage’ n lage’l kouman nou fè sa?

Piblik: gade’n, gade’l nan kòd

Islande: Eee chak moun leve baay lan lè n’ap pale sonje sa, nimewo 12, nimewo 12 henhen ou mèt pale wi.

#12: M’gade’l nan kòd

Islande: Ok, nimewo, ki nimewo ou ye anko?

#9: nimewo 9

Islande: Nimewo 9.

#9: Nan kòd m gade kabrit

Islande: Nou gade kabrit nan kòd, men pa gen moun ki konn al lage kabrit nan otè oubyen al lage kabrit nan gwo patiraj?

#3: Nimewo 3. M konn gade kabrit nan kote ki gen patiraj ki pa twò kwense.

Islande: Hum hum] Genyen m mare, m lage lòt pòsyon an, pòsyon sa a lage a li sou zòd gwo a yo epi pou’l pa al soti al lwen paske gen anpil danje lè’w lage kabrit raz ke raz si ke’m lage’l nan patiraj la l’ ret nan patiraj avèk manman’l e pou li pa al lwen.

Islande: Èske nan patiraj sa a patiraj sa e pou ou l’ ye Nimewo 3, oubyen e pou leta oubyen?

#3: Patiraj pèsonèl mwen l’ ye m pa travay nan tè leta.

Islande: Ok, èske gen tè leta nan zòn nan yo konn al mare kabrit ladan’l oubyen al lage kabrit ladan’l?) Li pa pre, se nan gran bwa ale nèt tè leta a ye.

#13: Sof moun ki pre’l yo….

Islande: Dim non nimewo 13

#13: #13 tout moun ki pre’l yo moun ki rete nan gran bwa yo ki itilize kabrit lage ladan yo.

Islande: Zòn gran bwa a sou ki lokalite, sou ki lokalite ‘l ye?

#3: Ou pale de Lopino, de Balbari, de Marouj.

Islande: Ok Bwa Tanpe, Ennchi, Tozya, kote’k pa gen anpil kay se kote yo, moun anba isi yo al travay genyen yo gen jeran la epi yo al lage kabrit yo nan bwa sa yo? Tozya, tozya pa sou zòn en en chalèt?

Piblik: Lè zanglè.

Islande: Lè Zanglè anlè ou kite Chalèt ou monte?

Piblik: Chalèt se la a.

#3: Chalèt se isi’ l ye.

Islande: E kotew pase pou ale ou pase nan ranp? Ou pase nan ranp

Islande: An ok

#3: Wale nèt

Islande: Ok, men nou menm ki la nou pa gen kabrit anlè a, anlè nèt la?] Non nou pa al gade kabrit lwen konsa

Islande: Ok

#3: Nou gade kabrit nou yo pre pou nou kapab wè yo souvan de tanzantan.

Islande: Ok.

Jackly: Talè a ou t’ap pale ou te di gen anpil danje nan afè lage kabrit.

#3: Lè’w lage kabrit la nan bwa ou gendwa konnen’l la, l’pa la, li gendwa ale nan lòt patiraj epi kabrit la pèdi.

Jackly: Ok

#3: Moun gendwa e pran’l tou. Oubyen kabrit sa a kabrit ou lage lib la li pa bon pou nou ditou, pafwa manman fè pitit avèk papa, pitit fè pitit ak papa’l, ou konprann, li pa bon pou nou. Frè ak sè si ke nou metrize kabrit nou a la kòd lè sitou ti mal ki pitit yo pou’n ka kontwole yo.

Jackly: An ok, bò isi a nou pa vle kabrit fè pitit avèk ee sè?

#3: Non, non

Jackly: eksetera, men yo konn di yon moun se de vye ras kabrit ou ye savledi [ piblik tonbe ri] ou fè ou ka fè pitit avèk manman eksetera…

#3: Ak fanmi’w, ak fanmi’w

Jackly: Bò isi a nou pa vle sa?

#3: Non nou pa vle pou’l konsa.

Jackly: Se pou tout moun li konsa?

Islande: Èske se pou ou oubyen pou tout moun?

Jackly: #13

#13: Pou tout moun.

#3: Men nou fè fòmasyon pou tout moun.

#13: Nan pa lage yo vay ke vay la yo konn ale nan jaden moun tou

Islande: Humm humm

#3: Wi nou di pou yo pa bat yo deja wi paske y’al nan jaden.

#13: Wi , wi pou yo pa al nan jaden moun yo savledi nou kenbe yo nan kòd.

Islande: Ok

#4: Gende pafwa kabrit la konn rive pandan l’ap manje nan bwa a, pandan l’ap manje li konn tèt li konn desann nan fant bwa a epi’l rete ladan’l.

Islande: Ankò, kiyès k’ap di yon pawòl? ( silans…) pa gen moun k’ap di anyen ankò? M ka kòmanse?

#1: Bon nimewo 1, nimewo 1 se toujou menm bagay la savledi dèfwa lèw lage’l ee se tout sa yo di a epwi li konn antre nan patiraj moun, epi moun nan ka depoze’l swa nan leta, epwi jiskavan ke ou menm depanse yon kòb dèye’l.

Islande: Ok, nimewo 7 ou t’ap di yon bagay?

#7: Non sa’m t’ap di a e li misye di a wi.

Islande: Hum hum, ok (silans..) ee kijan nou fè pou’n rekonèt kabrit pa nou?

#8: Nimewo 8 ant plimay kabrit la.

Islande: Nan plimay kabrit la?

#8: Wi, kote ee nan patiraj pa nou nou mare’l, nou pa al mare’l nan patiraj pa moun nou jere kabrit la.

Islande: Sa pa konn rive pandan n’ap chanje kabrit pa nou, nou jwenn avèk ee vwazen sot chanje kabrit pa’l epi nou tou 2 a ap mache ansanm epi kabrit la gen pye’l mare?

#8: Nimewo 8 an lè kabrit nou an ta pase dèyèl,nou rele’l nou di sa nou pran pa nou.

Islande: Ok

#13: Eee Nimewo 13.

Islande: Hum hum.

#13: M konn ap swiv m konn ap sot chèchè pa mwen yo nan ti zòn ranp lan la a.

Islande: Hum hum

#13: Epim’gen lòt ee lade ki konn ansanm avèm.

Islande: Hum hum.

#13: M’mennen ekip pa’m, li Mennen ekip pa’l, pa egzanp ki gen konfrè sa lè l’ap fè desann li pral devan la, mwen m’ap fè sa kan pa’m yo rive nan mitan kafou a tout fè chemen lakay yo epi pa’l yo fè chemen lakay yo.

Islande: Ok men si’w ta fek achte yon kabrit ou panse l’ap fè chemen?

#13: Non li poko, li poko abitye savledi (Islande lè sa ) l’ap swiv li gendwa ap swiv premye sa’k te genyen yo.

Islande: An an.

#13: Ya.

Islande: Ok, men sa pa konn rive ke nou gen kabrit ki toke?

#13: (pa fasil, li pa sa pap rive, li pa fasil) o ta kase kòd oubyen yo ta vòlè yo nou pa konn fè anyen pou sa? Pou nou ta ka rekonèt kabrit nou yo si yo vòlè yo?

#4: Nimewo 4 Gen kabrit la, gen kòd ou mete nan tèt kabrit ou, ou konn ki kòd ou mete nan tèt kabrit ou a, epwi gen kabrit la kelkeswa’ l sanble avèk lòt la men plimay kabrit ou a fò’w konnen’l menmke’w ta we’l sanble men ou konnen plimay pa’w la, gen kabrit ki gen etwal sou li si’l nwa li gen etwal blan ee blan gen etwal nwa sou li savledi tout se on remak ou konnen ou tanpe kabrit pa’w.

Islande: Ok, men nou pa konn tanpe yo, mete tanp anyen tanp sou yo?

#8: Nimewo 8 se sou bèf e bèf yo tanpe yo bay kanè, men kabrit la, kochon nou poko, mouton, nou poko gen bagay sa yo.

Islande: Hum hum, gon moun dayè ki sot dim talè a, yo tanpe kabrit la yo koupe yon ti bout nan zòrey li, nou pa konn fè sa?

#3: Nimewo 3 anpil kabrit yo koupe zòrèy li, li pa pran retanp ki ka defann li devan la jistis. Moun nan gendwa kenbe vòlè ave’l, li di’w li te koupe zòrèy kabrit li a tou, li di’w se li kite koupe’l paske li te malad.

Islande: Men ou ka koupe zòrèy pa’l la youn koupe ron, youn koupe’ l kare, youn koupe’l rektang. Men non ’w pa gen ti bout la pou ‘w al kole ladan’ l pandan se tan m’ap diw sa li pa on bagay ki egzat.

#4: Li pa yon idantifikatif ki egzat.

Islande: Nan ka sa…

#3: Kabrit la, kabrit la ee li konn mèt li anpil. Mwen menm m te gen yon kabrit nan yon patiraj yon vòlè te pran’l, vòlè a gentan al dayè avè’l lèl rive dayè, yo konsiyen’l dayè, yo bouche’l nan kay kote yo bouche’l la yon timoun yo kite pou veye’l li bay timoun nan lajan li d’il al achte pou li, li kase kote prizon kote yo te bouche’l la, li sove, li kite kabrit la. Lè m’ap mennen ankèt moun ki te nan mache a di’m sa. M’leve m’ale, m’al tcheke, m’al dèyè kabrit la. Lè’m rive, m’rele kay chèf la, se kabrit la ki reponn mwen. Kabrit la pran lezam depil tande m’ap pale a, li pran li mande pou’l manje kòd la pou’l vin jwenn mwen. E e te gen yon dam kite la nan kuizin nan, li di mesye wo gade kouman yon kabrit reponn yon moun mesye! Piga e mèt kabrit sa a non? Li kouri li vini vin rele’m mandem sak genyen? M’di’l se yon kabrit m’pèdi yo di’m konsa gen yon vòlè yo te kenbe isi a m’vin gade si se li, li mennen’m ale, depim parèt kabrit la vin vole sou mwen, sètadi bèt la konn mèt li. Depi li abitye avè’l, l’abitye mennen’l, l’abitye al chèchè’l, li vin rive yon kote li konn mèt li fen e byen.

Jackly: Ok, pa gen lòt moun k’ap di anyen?

Piblik: M deja entèvni, mwen te entèvni déjà.

Jackly: Tout moun entèvni deja? […..] Ok, ok bò isi a èske nou tanpe kabrit oubyen nou make kabrit? Yo poze nou kesyon sa deja?

Piblik: Se menm jan n’ap di a la kabrit la, kabrit la nou pa gen bagay pou nou tanpe kabrit la egzateman paske sa ta merite yon nimewo.

Jackly: Ok gen kote yo koupe zòrèy yo, kabrit lan?

#3: Koupe zòrèy pa yon fè egzat nou repete’l ankò, li yon fè egzat paske vòlè a gendwa d’il te koupe zòrèy kabrit li s’il pran’l ou paka reklame’l paske zòrèy li koupe.

Jackly: Ok ee pa egzanp w’ale nan mache ou genyen pou’w al achte kabrit, kisa’w ka chèche nan kabrit la pou’w di kabrit sa se yon kabrit ee ou ka fè elvaj avè’l savledi sa se yon kabrit mwen ka gade ki kèk kalite pou kabrit la genyen? oubyen kisa’w ap chèche nan kabrit la pou di sa se yon kabrit m ka achte pou gade?

#3: Nimewo 3 pou’w chwazi yon bon kabrit pou’w al gade ou dwe chwazi’l depi nan 4 pye’l yo.

Jackly: Ok, nan 4 pye

#3: Zago kabrit la, ee manm kabrit la epwi fòm kabrit la tou, nan zye kabrit la, kòn kabrit la, [Bri yon bagay ki frape] nan dan kabrit la, ou gen tout bagay sa yo pou chwazi si se yon bon kabrit pou’w gade.

Jackly: Ok, donk ou kapab di si kabrit sa se yon bon ras, oubyen yon kabrit ou ka gade oubyen?

#3: Ou ka di se yon kabrit ou ka gade men se lè’l pral komanse peple ou pral konn si s’il bon, l’sot nan bon ras vre .

Jackly: An, ok paske…

Islande: Èske pa konn gen lòt remak tankou’w lè ou gade tete?

#3: Ou wè tout 6 la wè si gen bon yo konn pale de ti tete ki chode men m fè prèv avèk dè kabrit ee malgre li gen ti tete a li gen 2 gwo, li gen 2 piti, li gendwa fè 3 pitit li leve tou le 3,

Islande: Hum hum

#3: Li fè 2 pitit li li leve tout 2 pitit li kòmsi pa gen problèm, sa se nan kochon plis genyen’l.

Islande: Ok, pa gen moun k’ap di yon bagay ankò?

#1: Bon nimewo 1 wi ee kabrit nan, a kote sa konfrè a sot di an nou gen kabrit ki konn gen 3, 4 tete.

Islande: Hum hum

#1: ee imajine’w byen ou konye sou kabrit sa ke li ka yon bon ras epwi ou pral gade nan, nan avni kabrit la tou jan li ye a nan konpòteman li, e fizik li, ee kabrit sa ou ka konfime’l, savledi ou ka gade’l epi’w ka di’w vre yon bon ras kabrit

Islande: E si w’ a pral achte kabrit nan mache, ki kalite kabrit w’achte pou’w gade?

#1: Bon, lèw gen si’w ap achte kabrit nan mache, kabrit la yo konn gen dèfwa yo konn gen plizyè kalite ladan yo, men le pli souvan ou ka achte yon femèl ee kabrit epwi se selon tou ee yon vach ki deja fè pitit deja, e petèt pa egzanp ou ka jwenn kèk kamarad ee swa’w rekonèt degè epi kabrit sa ap ba’w ee yon konfimasyon pa bay epi l’ap di’w konsa bon kabrit sa’w mèt achte’l, epwi ou kapab gade’l, epi ou menm wa konfime’l vre epi ou ka al fè elvaj avè’l ou kapab gade’l s’il ka devni’w yon bon ras kabrit.

Islande: Banm repoze kesyon an yon lòt ti fason ankò, ki remak [Bri lòt moun ki ap pale] nou kapab fè nan yon kabrit pou nou di kabrit sa bon pou’l fè elvaj si n’ap achte’l nan mache?

#8: Nimewo 8, si kabrit la byen plen ou gade kabrit la ou wè’l byen plen, epi gen fason ou wè kabrit la ou wè li pa vye anpil kounya ou ka achte kabrit la.

Islande: Ok, pa gen moun k’ap pale ankò?

#13: Bon nimewo 13, byenke konfrè nou te gentan bay yon pil mo dòd sou fason pa’l paske li dèyè do’w.

Islande: Hum hum

#13: Ee lòt chèf la ki te la a li te gentan bay anpil mo dòd pou’w kapab jwenn yon kalite kabrit

Islande: Ok, kounya e si’m ap achte yon kabrit pou’m revann brasè ki kalte kabrit pou’m achte pou’m revann?

#1: Bon kabrit w’ap achte pou’ revann e premyeman w’ap idantifye kabrit la, èske nan milye mache ou prale ansanm avè’l la èske kabrit la pa malad? Ee s’il malad li ka’b paka fè pakou petèt ke tout mache wa petèt ou ka achte’l la nan mache sa ou ka jwenn li lèw prale avèl ou di mwen e kòd fòk kabrit lan mache fòk kabrit lan byen dyanm e pa yon kabrit ki malad ke li ye epwi w’ap chèche ee kabrit pou ka fè yon benefis sou li, si’w te achte’l petèt swa pou mil goud ou wè’w ka reyalize 200 goud sou li, 250 goud sou li, epi 300 goud tou sa di kabrit sa ou bezwen yon kabrit ou gen avni ladan e li ou kapab achte.

Islande: Nan ka sa lè n’ap achte yon kabrit nan mache pou’n fè elvaj se yon piti nou pran, oubyen yon gwo, oubyen yon jenn?

Piblik: Non nou pran yon jenn, sa depan de ki lajan ou gen nan menw

#3: Nimewo 3 sa depan de ki lajan ki nan men’w, gen de lajan ki nan menw gende kabrit ou gendwa renmen’l nan mache a men ou paka al machande li paske ou pa gen lajan ki rantab pou machande yon tèl kabrit oblije se yon piti ou ka achte, ou chwazi yon piti ou wè ki sanble k’ap vini yon kabrit.

Islande: Ok men avantaj ki ta genyen, èske gen avantaj? M pa konnen non kisa kisa’k gen avantaj? Achte yon ti piti piti, nan achte on ti lè’m di piti piti dèyè manman? Nan achte yon jenn ti kabrit ki poko fè pitit oubyen nan achte youn ki fè pitit? Nan kisa’l gen plis avantaj lè yon moun ap gade kabrit?

#3: Nimewo 3 ou gen avantaj nan yon kabrit ki petèt te fè pòte deja, pafwa w’achte’l tou plenn, pafwa ou gendwa achte’l li kwaze depi nan mache a, pafwa ou vini avè’l 2, 3 semèn w’al chwazi bouk ou kwaze’l byen vit, men piti a se leve ou pral leve’l avantay la ap an reta, men sa depan de ki lajan ki nan menw.

Islande: Sa si’w pran gwo a li gendwa pa gen avantaj ladan’l si’l boukle. Non, non w’ap fè chwa w’ap jwenn kabrit ki pa boukle a, kabrit ki boukle a li gen yon fò’m pou’l baw

Islande: Ki fòm li ye e sa’m te bezwen konnen an nimewo 13 la te al ban mwen’l [Piblik la tonbe ri]

#3: Dan ee toujou nimewo 3. Hen hen] Li kabrit sa ki boukle a w’ap wè dèyè’l vin fèmen, li vin piti nèt, epwi kabrit la li vin gen vyann sou li, ou wè se yon kabrit ki sanble yon kabrit ki te nan greasy, oblije pa al chache yon kabrit konsa pou’w gade

Islande: Nimewo 13

#13: Nimewo 13 menm ke li te grangou kabrit sa pa janm demegri.

#3: Non li ret toujou plen tou tan paske li gra li gen grès.

Islande: Men banm di nou kouman m’ap fè konnen si epa angrese yo t’ap angrese’l pou yo vann avèk se grè nòmal li ki sou li se paske boukle?

#3: Enben depi y’ap angrese’l pou vann e pa kabrit pou gade ankò non pou fè elvaj ankò non

#1: Nimewo 1 ee

#3: Lis li bou bouje

#1: Ou kapab rekonèt sa tou nan mamèl li, paske mamèl la pap menm jan avèk kabrit k’ap rapote a, mamèl la li ap vin sèch li p’ap gen okenn lèt l’ap bay ankò non savledi l’ap vin popo l’ap fè pli.

Islande: Ok nan ka a bagay sa enterese’m wi, nan ka yon ti kabrit oubyen yon jenn kabrit ki kòmsi natirèlman l’ boukle, savledi li p’ap janm fe pitit, kouman’w ka rekonèt li?

#3: Daprè laj li.

Islande: Eeeeee Nimewo 3, daprè laj li nimewo 3 (riii). Mw pral fè yon ti koupe’w aprè sa wi nimewo 3 paske m we’w pale medam yo pa pale m wè lòt moun pa pale (riii)

#3: Daprè laj li genyen.

Islande: en en #3: Ou pral swiv rotè li rive a li pat gendwa pa fè pitit deja #3: E pwiske li pat gen tan kòmanse li pa pou pitit ankò [ yon moun ki ap touse]

#4: Nimewo 4 li gendwa kwaze nan 10% an li p’ap plenn, li jwenn yon lòt pi gwo a li kwaze li pap plenn savledi dèyè’l byen sere byen kach men li pap plenn sa vle di w’ap jis rèk men li pap fe pitit.

Islande: Men èske’w, si’w al nan mache ou paka wè yon kabrit konsa pou di depi tou jenn nan sa’w ap fè pitit, sa p’ap fè pwofi, m pa bezwen achte’l?

#1: Wi nimewo 1 ou kapab, ou kapab, w’ap gentan wè’l paske w’ap wè pa menm avèk lòt kabrit.

Islande: M’ap gentan wè sa nan mache a?

#1: Wi w’ap gentan wè kabrit sa

Islande: Kouman w’ap fè sa?

#1: Kabrit la dèfwa kabrit la konn parèt nan mache a avèk eskperyans ou w’ap di kabrit sa, kabrit sa…

Islande: Hen hen, men eskperyans lan m bezwen, pawòl la

#1: Daprè yon gwosè ‘l ye a, daprè gwosè’l ye a ke w’ap konfime kabrit la pa fè pitit li p’ap fè pitit savledi ke, w’ap wè’w pa gen yon avantaj ladan’l ou p’ap achte kabrit sa, m’ap di m’pap achte kabrit sa pou’m gade.

Islande: Ok, m ta renmen al nan mache pou’m gade yon kabrit pou’m di kabrit sa pa

#1: Wi ou kapab, w’ap kapab, w’ap wè’l

Islande: Enben bon nou pa dim eskperyans lan non m’ap wè’l la

Piblik: Non sa sa vle di se yon moun ki konnen’ l, nimewo 13 se nan fòmasyon, se na fòmasyon kabrit la w’ap wè’l wi

#12: se yon moun ki konnen ki pou montre ki pou di’w kabrit sa p’ap fè pitit wi

Islande: Enben se sa’m bezwen nou di’m la wi, mwen menm m pa konnen se sa’ m bezwen nou di’m la kisa pou’m gade? kouman pou’m fè wè, pou’m wè ti jenn ti kabrit sa p’ap fè pitit m pa bezwen achte’l nan mache

#3: Yo konn ap pale de ti tete, kabrit la gen 2 tete , li gen ti tete pouse a kote mwen mwen menm mw wè li pa egzat gende kabrit ki repeple rapidman li gen pitit dèyè’l, l’ap pran parèz l’ap kontinye baay, lè’l fè pitit li yo, li leve tout pitit li yo men gende moun ki di paske’l gen ti tete chode.

Islande: Hum hum

#3: L’ap rate’w, l’ap rate’w pitit mwen menm m wè se pa yon fè reyè’l

[Islande: Non paske gen lòt moun ki di lè yo gen ti tete sa yo fè pitit ]

#3: Wi ti tete a pa anpeche kabrit la fè pitit, li pa anpeche’l fè bon pitit tou

Islande: Kijan an, kijanw ka fè yon kabrit mande parèy? Kijanw ka fè’l wè sa?

#3: Pou fè’l mande parèy?

Islande: Kouman’w ka fè wè yon kabrit mande parèy, paske kabrit la yo mare, pavre?

Piblik: Wi.

Islande: Nimewo 8

#8 : Nimewo 8 pandan kabrit la ap rele, paske’m te gen yon kabrit konsa l’ap rele, l’ap rele m di m pa konn sa’l genyen kounya lè’m fè yon gason ale ak kabrit la, li mennen li kote yon li kwaze [piblik ri] epi l’ap leve ke’l tou, depi l’ap leve ke’l l’ap rele, l’ap leve ke’l li rele, rele, e li gen manje ou gentan wè kabrit la mande parèy.

Islande: Poukisa e pa ou ee kite ale avèk kabrit la [Piblik tonbe ri] paske’w te Mennen yon gason?

#8: Non, non [ Piblik tonbe ri] m p’ap prale.

Islande: Poukisa? men poukisa? [Piblik tonbe ri]

#8: Non m pap prale [Piblik tonbe ri] pou sa e fè riyèl, sa e plas gason, epa plas fi

Islande: An gen plas gason nan fè elvaj, gen plas fi?

#8: Non m ka gade kabrit la, men m’gendwa paka al mennen’l bò kot pa [Piblik Non kite, mw renmen kabrit kot pa yo wi mwen menm ]

Islande: An, ok

#12: Wi, savledi si mari’m pa la kounya la kabrit la mande’m bouk m mennen’l kot pa yo m paka pa fè.

Islande: Ok, kiyès ok pandan n’ap di sa kiyès moun nan kay la ki konn chanje kabrit? N’ap pran youn pa youn, m kòmanse nimewo 4

#4: Nimewo 4 mwen menm lakay mwen, tout moun chanje kabrit.

Islande: Lèw di tout moun?

#4: Madanm mwen chanje kabrit al nan zanimo, al nan patiraj

Islande: Hen, hanje kabrit, timoun yo al. Lè’w di timoun , tifi oubyen ti gason.

#4: Ni tifi, ni ti gason sa di ke lè bèt la nan patiraj, ee siii m’gen kèlke prezans depi’m la depi’m pa la [Bri lòt moun ki ap pale] ti medam yo konn al chache konn al chèche bèt la mennen’ l vini.

Islande: Ok, Nimewo 7

#7: Wi Lakay la tout moun chanje kabrit, paske li mèt fi, li mèt gason chanje kabrit al nan patiraj aprè midi pandan m’al nan patiraj la, si gason pa la, fi la al chèche’l vin mare’l nan lakou a .

Islande: Ok, e ou madam?

#12: Gen de fwa chen ap manje kabrit, kounya la ou paka kite kabrit la dòmi nan bwa a, non, si moun nan si mari’w pa la ou gendwa al chèche kabrit la ou mete’l nan kay.

Islande: E nan ka pa’w?

#12: Mwen menm m’gendwa si’l pa la m chanje kabrit la, m’al lòtbo a m chanje kabrit.

Islande: Ou pa konn gen timoun nan kay la tou?

#12: M’gen timoun

Islande: Men nou pa voye timoun yo piti?

#12: Non gende fwa ou paka voye timoun nan nan kabrit la, ou menm ou gentan al chanje ‘l.

Islande: Ok, e pou ou, nimewo 3?

#3: Nimewo 3, mwen menm pa gen okenn moun lakay mwen ki pou pa al nan zannimo, chanje bèt, chanje milèt , chanje tout bèt, tout bèt m gade se pou tout moun lakay la ka al chanje’l tou paske yon kominotè nou ye mwen menm pat kesyon w’ap manje ou pap travay tou, tout moun pral nan zannimo.

[Islande: Ok,] senpleman li gendwa se fi m voye 2, m voye 3 paske se fi yo ye, lè se gason m voye yon sèl nèg gendwa ale pou kont li ( ri)

Islande: Ok, lè se fi ou voye plizyè lè se gason ou voye

# 3 : M voye yon sèl. Yon sèl. Ou konprann? Paske fi pa mache nan nenpòt fore pou kont li paske’l pa saj. Tankou madanm nan t’ap di tou talè a, si bouk kabrit la nan patiraj ou, bouk la ye epa yon pwoblèm, men si se kay yon moun w’ap mennen’l ale lè’w rive’w pral kay mesye a mesye a ap mennen’w nan patiraj al nan kwaze kabrit li, yon ti jan gende zòm ki pa moun onèt .

Islande: Kisa’w di nimewo 4?

#1: Nimewo 4 di’w konsa, li pa bò grip

Islande: An ok, e ou menm madam nimewo ..

#6: Nimewo 6

Islande: 6 ?

#6: Mwen menm ak papa’m ki konn ale

Islande: Ou menm avèk papa’w? Swa ou menm oubyen papa’w oubyen nou tou 2?

#6: Wi swa mwen menm, oubyen nou 2,

Islande: Ok

#6: Lè’l pa la.

Islande: Ou poko gen pitit?

#6: Non

Islande: Ok

#3: Yon bebe [Piblik tonbe ri]

#6: Lè’m pa, lè’l pa la e mwen ki chanje.

#3: Ou pa wè li chita kote’m nan kè’l ap kase [Piblik tonbe ri]

#6: Lè’l la e ki chanje.

Islande: Ok e ou menm nimewow.

#8: Nimewo 8 [Yon moun ki ap touse] m chanje kabrit lè mari’m pa la, m chanje’l. Lè’l la kounya e li menm ki chanje’l.

Islande: Savledi men pa pou otan pou’w pa menen’l al (ri)

#8: Non men m’gendwa pran’l nan lakou a lè mari’m pa la li al chèche kabrit la osinon’l ka kwaze kabrit la pou mwen

Islande; Ok, men ou pa nan al kwaze kabrit ( ri)

#8: Non m pa vle

Islande: (Ri) e ou ki nimewo’w? 11?

Piblik: nimewo 13, 11 nimewo 11.

#11: Nimewo 11

Islande: Hen hen

#11: Mwen menm granmoun m’al chanje kabrit, m’al chanje kabrit la a di’ m mwen menm gendwa al chanje kabrit la m’gen plis eskperyans pase timoun nan m’al chanje kabrit la m’gendwa rive kote pou’ m mare’l la, m voye timoun nan lè’m al mare la mwen menm ki granmoun nan, timoun nan pa gen menm eskperyans ansanm avè’m, mwen menm kote m’ap mare’l la li pa chwazi ki kote’l mare’l mwen menm ki granmoun m chwazi ke al chanje’l poukont mwen, paske timoun nan pa gen menm eskperyans ansanm avè’m.

Islande: Ok, e ou pa gen madanm nan kay ki pou ta al chanje’l tou.

#11: Non

Islande: Ok

#9: Nimewo 9

Islande: Hum hum

#9: Mwen ee Mwen menm avèk yon ti sèm ki nan kay la, lè’m pa la l’al chanje pou mwen

Jackly: Ok

#9: Ee lè’m la e mwen ki al chanje’l m’al chache’l, men lè’m pala e li menm li toujou al chanje pou mwen le zaprè midi toujou al chèche’l vin met nan lakou a.

Islande: Ok

Jackly: Ki laj ti sè’w la ka genyen konsa?

#9: Li ka gen 36 zan konsa.

Jackly: An ok

#1: Nimewo 1, bon mwen menm se mwen menm ki chanje poukont mwen e m’gen 4 timoun bon 4 timoun ee dèfwa yo pa konn menm vle, se mwen menm ki pou al chanje se yo menm ki konn al chanje.

Islande: lè’w di 4 timoun, 4 ti gason?

#1: Non, mwen gen 2 tifi, 2 ti gason.

Islande: Hum hum.

#1: E se yo menm ki konn ede’m chanje le pli souvan, men pa aksidan ee si’m pata la petèt timoun yo ta anpeche madanm nan pati.

#13: Nimewo 13, mwen menm fanmi an gen 6 moun, men genyen nou 4 ladan’l ki kapab, nan nou 4 la men se mwen ki plis pè kò’m gende lè kote nan espas yo ye a se pa kote ou ka voye timoun, gende lè lapli tonbe se ou ki mare yo maten aprè midi pou al chèche yo men lè solèy konsa gen kote’w mare’l pa bezwen pou ta soti timoun nan kapab men se pa pou otan madanm nan pa kapab, paske konnen chak moun gende moman ou ka deplase, depi’w la ou ka deplase madanm lan li menm fòk li rete pou’ regle kèk bagay men lè’w, lè’m pala tou mwen menm m kreye dè estrateji sitou m konn al fè 2 semèn nan seminè jan wousle, donk m’toujou achte yon zèb pre pou’m mete yo, epi pou yo chanje yo pre, pre lakou a, lè’m la m soti nenpòt kote’m vle avè yo.

Islande: Kiyès ki konn chanje yo lè’w pa la?

#13: Lè’m pa la? timoun yo, avèk madanm mwen.

Jackly: Lèw di timoun, gen tifi, gen ti gason?

#13: Wi m’gen yon ti gason ki chanje, epi m’gen yon lòt ti fi, e plis madanm mwen

Jackly: Ok

#13: Epi’m’gen kèk lòt zanmi m fè kòmand tou.

Islande: Men tifi a pa konn chanje tou.

#13: Wi tifi a konn chanje.

Islande: Hum hum

#3: Jan fanm fè moun depanse lajan lè lajan an fèt prese pou mande

Patisipan: wi tout fi konn chanje kabrit yo chanje wi

Islande: Konbyen tan yon kabrit pran pou’l met ba?

#3: 5 mwa.

Islande: Nimewo 3, 5 mwa.

Islande: 5 mwa’l pran pou’l met ba?

#3: Wi, ou kwaze li fè 5 mwa epi’l met ba.

Islande: Ok , konbyen tan l’ pran pou’l bay kabrit la tete?

#3: Li gendwa fè 3 mwa li gendwa fè plis, gen kabrit ki sevre pitit pi vit pase lòt, gen kabrit ki gendwa gen 2 mwa li an chalè epwi li kwaze, a pati de 3 mwa konsa li pa vle bay ti pitit la tete ankò l’ap pase’l kout tèt.

Jackly: Ok

Islande: Èske’n konn itilize lèt kabrit?

#3: Eee nou pa gen kabrit ki gen kalite manmèl de kwa men mwen menm m’gen kèk kabrit m’te konn tire ki te gen tete long, kite gen tete long lè n’ap tire’l.

(Islande: Lè’w te timoun?)

#3: Gwo ti gason, e kabrit mwen yo te ye m tire’l.

[Islande: Hum hum]

#3: Li banm yon bòl lèt, m’gendwa tire 2 kabrit, 3 kabrit m vanse soti ak yon mamit lèt

Islande: An yo konn fè?

#3: Men moun isit pa konn sa yo menm yo panse se malpwò ou malpwòp kifè’w tire lèt kabrit la ou bwè’l, men lè’l achte yon bwat lèt li pa konn sa’l achte a.

Islande: Hum, sitou bwat lèt kounye yo.

#3: Ou konprann..

Islande: Eee kiyès ankò ki konn tire lèt?

#13: Bon, nimewo 13 e menm jan konfrè a di a ee m pa konn si gen kèk kote m pa konnen yo fè’l men.

Islande: Bò isi a yo pa konn fè’l?

#3: Non yo pa pratike’l non, [yo pa pratike’l] Mwen k’ap di sa m p’ap pratike’l non hen paske ti manmèl yo kole anba vant yo, men lè kabrit m’ap di’w se te gwo kabrit yo te ye yo te gen gwo tete gwo manmèl, lè jenn kabrit la yo vin bon pou mare ou mare. Yo pou yo pa al nan jaden moun, manmèl la yo rèd kounya ou jwenn kote, ou jwenn kote pou fè lestomak ou tou

#12: kabrit la te mèt gen manmèl e bèf yo tire, m pa tire kabrit

#3: madanm sa ap di konsa?

#12: Non m pa tire yo

#3: Eyyy,

#12: Non m pa tire yo.

#3: Ou pa jwenn kabrit pou tire a?

#12: Non m’gen kabrit ki konn gen manmèl

#3: Madanm ou poko jwenn kabrit pou tire a.

#12: Gen yon lòt kesyon n’ap tann

Islande: A ki laj yon kabrit bon nou di, nou ka di bon kabrit sa nou ka touye’l? a ki laj nou wè yon kabrit prepare sou konbyen tan?

#3: Sou nenpòt, vyann kabrit la ap bon pou manje.

Islande: Vyann kabrit la ap bon pou manje?

#3: Depi 3 mwa vyann kabrit la bon pou manje, paske sa depan deee jan moun nan okipe kabrit la patiraj li, gende kabrit ki gentan gen 3 mwa li pa sanble ak kabrit, gende kabrit depi’l gen 3 mwa e bouk kabrit ou kenbe, ou kenbe mennen al vann pou bon lajan wi.

Islande: Ant achte yon kabrit eee, ant manje yon kabrit ki gen 3 mwa avèk manje yon kabrit ki gen 9 mwa?

#3: Non, men sak gen plis vyann li pi double.

Islande: Vyann li pi double?

#3: Wi, li pi rèk.

Islande: Hen hen

#3: W’ap jwenn plis vyann ladan

Islande: Wi, bon li pi gran. Li pi gran.

Jackly: Èske vyann nan pi gou tou?

#4: Wi

Islande: Pi bon wi, pi gou

#12: Li pi gou

Islande: E pi bon

#4: Paske’l pi ..

#12: Li pi gou paske li pa mare ak lòt.

#3: Lè’w kenbe yon jenn kabrit nan tete ou touye’l m’konnen m’wè vyann nan pi bon

#12: Non, pase kabrit ki pii

#12: Vyann li pi di.

Islande: Ok.

Jackly: Lougarou yo konn di vyann timoun pi gou ke vyann granmoun.

#3: Mesye [Yon moun ki ap ri] gende kabrit ki mal grandi, kabrit ki develope ou gendwa tiye yon bouk kabrit ki gen 3 mwa dèyè manman’l, ou tiye yon bouk kabrit ki gen 3 mwa se vyann w’ap manje a.

Jackly: Ok.

Islande: Ki manje nou wè kabrit manje nan zòn nan? Oubyen kisa nou konn bay kabrit manje nan zòn nan?

#3: Kabrit la manje zekwi, kwatemala, bwa patat, kòlkòl

Islande: Ou pa janm bay nimewo’w , nimewo 3

#3 : M rete avèk yon sèl vwa m pa chanje vwa a, nimewo 3 [ Moun ki ap ri] ee koupe kolann, kwatemala, fèy kann, fèy mayi.

Islande: Ok kite rès moun yo bann rès la

#3: Pale mesye

Islande: Wi

#3: Se pa sèl mwen ki nan sosyete lougarou a

Piblik la tonbe ri

Islande: Ann wè non ki lòt manje nou bay bèt la.

Jackly: Nimewo 11

#11: Ou ka itilize kabrit la, ou ka abitye’l, ou ba’l po manje a ou kale po manje a ou abitye’l, ou ba’l po manje a lè’l..

Islande: Po manje kwit oubyen kri?

#11: Po manje kri

Islande: Kri?

#11: Wi ou ba li’l abitye avè’l pou’l manje.

Islande: Ok

#8: Nimewo 8

Islande: Hen hen

#8: Li manje po pwa, epi kabrit sa gen kabrit ki bwè dlo paske lè kabrit la bwè dlo li pi bon pou li.

Islande: Hum hum

#8: Paske li byen grandi

Islande: Gen kabrit ki bwè dlo? Oubyen tout kabrit bwè dlo?

#8: Gen kabrit ki bwè dlo.

Islande: Genyen ki pa bwè dlo?

#8: Genyen ki pa bwè dlo.

Islande: Eben tout kabrit bwè dlo wi, nou ki pa ba yo, genyen nou bay dlo? Genyen nou pa bay dlo?

#8: Paske gende pafwa lè’w mete dlo a, lè’w mete dlo a ou wè kabrit la bwè dlo a gen kabrit la ki pa vle dlo a

#3: Sa depan de ki manje kabrit la ap manje a.

#9: Nimewo 9 tout kabrit bwè dlo.

Islande: Hum hum

#9: Lè’w mare kabrit la nan raje, li manje manje ‘l manje a li jwenn seren sou li,

Islande: Hum hum

#9: Li manje’ avèk tout seren an li bwè dlo.

Islande: Ok, kounya la men sa’m ap di nou kabrit la lè ee nou achte yon kabrit nan mache èske kabrit sa nou achte, nou bezwen kouman m ta di sa? Banm poze kesyon an yon lòt jan, kabrit genyen ee yon jan’l konn fè yo di’m lè’l al achte nan mache pou yo wè èske’l pa malad èske nou konn jan’l konn fè pou wè si’l pa malad ak si’l pa malad?

Jackly: Kòmsi si’w parèt sou yon kabrit nan machee.

Islande: Hum hum

Jackly: Epi se yon kabrit ki malad èske’w ap wè sa?

Islande: Èske w’ap rekonèt li?

Jackly: Kisa’w, kisa ou kapab touche oubyen wè nan kabrit la ki pou’w fè konnen.

Islande: Pou wè si’l malad.

Jackly: Ki se yon kabrit ki malad pou’w pa achte’l?

#1: Nimewo 1 dèfwa ou konn parèt sou kabrit la epwi pandan’w rive ou kanpe w’ap gade, w’ap chwazi kabrit la, epwi w’ap wè kabrit sa a se yon kabrit k’ap kouche sanpleman, pandan’l nan mache a l’ap kouche, kouche epwi swa l’ap yon gwo dyare sou li.

Islande: Hum hum

#1: Eee w’ap wè deyè’l sal li an fòm dyare, men epa sal kòmsi ap drive atè non, epi w’ap rekonèt kabrit sa se yon kabrit ki malad li ye, epi w’ap wè oudimwens w’ap wè kèk remak swa nan pye’l, swa kòd te pran’l, oudimwens kèlkonk li te frape, epi w’ap wè yon domaj ki sou kabrit la.

Islande: Kouman’w te fè wè’l frape?

#1: Non li gendwa

Islande: Nimewo 1

#1: Li gen, nimewo 1 li gen 4 pye ou gendwa wè yon pye’l pandan w’ ap kwaze kabrit la, w’ap chache sak pa bon sou li, koulya ou gade nan pye’l w’ap wè kote kòd swa kòd te koupe’l, epi koupe’l nan pye’l.

Islande: Sa’w fè kabrit lan, ou kwaze’l?

#1: Non w’ap chache sa…

Jackly: Kwaze’l lè w’ap gade’l?

#1: S’ak pa bon sou li.

Islande: An ou tate’l?

#1: Non ou pa tate’l non, ou pa tate’l non, pandan w’ap rechèche ee sak pa bon sou li, si’l genyen malad, ki ee nan kabrit lan ou ka wè kòd koupe pye’l, siye pye’l, oswa ròch te frape’l oudimwens kèlkonk a di w’ap rekonèt sa kabrit la malad.

Islande: Ok

Jackly: Kote yo konn pe…

#4: Gende pafwa ou konn rive nan mache a ou wè’w pral achte kabrit, gende kabrit ou konn achte ou wè l’ gen yon de ti gratèl sou li.

Islande: Hum um.

#4: Ti gratèl sou li swa nan zòrèy li, oubyen bò palèt li yo ou wè’l gen ti gratèl sou li ti kout epi lè sa ou wè se yon moun vann kabrit sa nan lide pa’w, w’ap panse se pou li pou sak fè yo vin vann li men ou menm w’ap ka achte’l pou’w al gade.

Islande: Ok kiyès k’ap pale ankò, pa gen moun k’ap di anyen ankò?

Jackly: Yo di yo konn peze senti kabrit la tou pou yo wè sa ki sekrè beze senti an gen ladan’l?

#12: Bon ou konn gade w’ap wè kabrit la yon jan flanke,tout zo kòt li yo soti kabrit sa pa kabrit pou’w achte nan mache se yon kabrit kraze li ye.

Islande: Hum um, ki manje nou pou nou,èske nou konn prepare manje pou bay kabrit yo pou angrè, pou angrese yo? Tankou lè n’ap angrese kochon, nou fè melanj ee veritab, po manje, m pa konnen anpil melanj yo mete sèl ladan pou bay kochon èske nou konn fè melanj konsa pou kabrit?

#4: Nimewo 4 nou poko konn fè sa melanj pou’n melanje pou’n bay kabrit yo.

Islande: E pa nou poko konn fè sa non si èske nou konn fè sa? Wi ,non

Piblik: Non nou pa konn fè sa

Islande: Egzateman, ki manje lè nou met kabrit la ladan’l nou wè’l plis manje?

#1: zegwi.

Islande: Zegwi?

#1: wi

Islande: Eee gen yon moun ki sot dim yon bagay talè a, ki zegwi ki bon pou kabrit manje, tout kalite zegwi, wòwòt, e rèk?

Piblik: Rèk.

Islande: Rèk la?

#12: Rèk la fè’l pi byen.

#3: Twò rèk pa bon, twò wòwòt pa bon ankò.

#12: Si’m mete kabrit la nan zegwi wòwòt li ka ba’l

Islande: Nimewo 12

#12: Nimewo 12

Islande: Hen hen

#12: Si’m mete kabrit la nan zegwi ki wòwòt li ka ba’l dyare.

Islande: Hum hum, ok gen yon moun ki t’ap pale ankò wi nan zòn sa.

#13: Wi m te di

Islande: Nimewo a anvan.

#13: Nimewo 13

Islande: Hen hen

#13: M’te di se lè’l manje manje rèk la li fè’l pi byen pase wòwòt la e men jan se sa’m ta pral di avèk sa madam nan di a.

Islande: Hum hum, e ki manje nou wè lè’n ba li, li devlope pi vit?

#8: Pou kabrit la devlope pi byen kabrit la dwe chanje bone ee pandan granm maten ak lawouze epi pou’l byen manje, manje manje byen rèk, li manje nòmal, li chanje chak moman, paske’l ka chanje 2 ou 3 fwa depi’w gen tan pou sa epi manje a byen pre’w, kabrit la ap manje l’ap devlope, l’ap gwosi nòmal, li bwè dlo tou l’ap gwosi nòmal.

Islande: Ok, èske tankou lè yo konn di yo bay timoun sa gou timoun nan grandi vit, èske nou konn gen yon manje konsa nou konn bay hen kabrit nou wè’l grandi vit, li vini vit?

#12: Non.

#13: Nou mare bèt la nan manje, nou jere li, nou jere li.

Islande: tankou lè’n bezwen angrese’l wi?

Jackly: Kochon, sonde ble

#3: Lè bèt la jwenn manje sa ki melanje lyann, lyann li gen fèy patat ladan’l, li gen fèy riban yo, tankou fèy, fèy kwatemala, nou di lyann manje kochon deja, fèy kwatemala, li gen zèb ginen, l’ap manje fèy long sa yo, epi bèt la epa sèl kabrit sèlman kèlke swa bèt la w’ap wè’l vin pi bèl epi li double pi vit.

Islande: Hum, kouman nou fè ak kabrit la lè gen lapli?

#4: Lè gen lapli nou proje kabrit la kote lakay nou fè tant nou mete’l anba pye bannann kote pou lapli a.

Jackly: Pa bat li.

#4: Pa bat li epi’n fè ti kay mete’l.

Islande: Hum hum, pa gen moun ankò ki reponn?

#3: E menm bagay la wi, nou toujou gen gwo edifis pou gade kabrit pou lè gen anpil lapli, nou mete yo anba li epi nou genyen yon tè ki te gen, kote gen patiraj si’n ta va’l la lè epòk chen pa manje kabrit nou kite’l la, gen so ròch pou kabrit la, w’ap wè’l anba so ròch la depi’w te rive se la ou te moutre yo, tout pra’l anba so ròch la se sèl sa’w mare a ki pa prale.

Islande: Nan ka paw’ brasè si’w fin achte anpil kabrit kouman’w fè avè yo lè move tan?

#1: Si’m fin achte anpil kabrit kòman’m fè avè yo lè move tan?

Islande: Hum hum

#1: Ben kòman m’fè avè yo si’m pat gentan petèt rechanje yo vann yo

Islande: Hum hum.

#1: Kounya m fè menm mouvman sa yo mare yo nan lakou, epwi mwen mete yo anba byen pwòp pye bannann, m’monte ti kay mete yo epi pou tan an pa pa kraze yo nèt.

Islande: Ok lè’w al achte kabrit la yo nan mache kouman’w se pa ou sèl ou kòm brasè, kouman’w fè pou’w rekonèt kabrit pa’w?

#1: Kabrit pa mwen pèsonèl?

Islande: Hum hum

#1: Kòman’m fè pou’m rekonèt.

Islande: Kabrit sa’w achte nan mache yo.

#1: An monchè dèfwa nou konn pran ti papye, ti kòd nou mare nan kolye nan kou’l lan.

Islande: Hum hum

#1: Savledi pou idantifye sa se pa’w li ye ee lè’w pa fè sa tou epi a la mèm plas ke’w achte’l ou gendwa rechanje’l ou bay ou vann li a konfrè sa pou fè sa ou pat gentan mete mak sou li.

Islande: Hum hum

#1: Men sak ret nan men’w lan koulya pandan nan mache a ou oblije idantifye pou’w konnen se pou li ye.

Islande: Men sa’m bezwen konnen ankò

#3: Nimewo 3 m pat menm konn mete okenn lòt bagay si ke’m’gen yon lese pase pou chak kabrit

Islande: Hum hum

#3: Lese pase a idantifye’m kabrit mwen se pou mwen li ye tout prela li gen tout fòm kabrit la sou papye’m.

Islande: Ok, mwen men sa’m bezwen konnen èske’w lè’w fin, èske’w gen yon ti kay nan mache a, chak kabrit w’achte w’al mete ladan’l oubyen se mare ou mare’l kouman’w fè?

#1: Non ou pa gen yon ti kay..

Islande: Paske chak kabrit w’achte w’al mete’l ladan’l oubyen se mare ou mare’l kòman’w fè?

#1: Non ou pa gen yon ti kay.

Islande: Chak kabrit, lè’w fin achte yon kabrit, w’ap mache avè’l nan men’w pou al achte yon lot?

#3: Hum hum

#1: w’achte kabrit lan nan mache a ee oswa sou pap vann li nan mache a ou gendwa mare a aryè mache a de kote konsa men si’w ap toujou rebwase nan mache a ou toujou rete nan menm pak lan epwi ou mare’l nan yon pikèt ou kanpe nan mache a epi’w mare tout kabrit sa yo ladan’l.

Islande: Ok , ki mache nou konn fè bò isi a, pou’n achte kabrit pou’n’al revann, ki kote n’achte kabrit, pou n’al revann?

#1: Nou achte previle nou vann leyon, nou vann previle n’achte ee dayè, nou vann previle, n’achte milfò nou vann previle.

Piblik: Ou gendwa achte previle tou tounen ladan’l anvè antou.

#3: Ou gendwa achte’l nan mache a..

Islande: Men nou pa janm tounen avèk kabrit eee milfò? Nou pa konn al achte, al vann kabrit?

Piblik: Wi ,wi.

#3: Wi e machin 500 nou monte nou pa janm bezwen 210 pase pou’al non.

Islande: Lè lè n’al vann kabrit milfò kote n’achte kabrit sa yo?

#3: Nenpòt kote n’achte yo, nou te mèt te achte’l menm milfò a wi

#1: Menm milfò a ou gendwa achte’l tou

Islande: Ki kote kabrit vann pi pi chè?

Jackly: Pi meyè mache

#3: Mafran.

#1: Nou ka di mafran, leyon .

Islande: Ki kote li vann pi bon mache?

#1: Eee dèfwa nou…

#3: Ti mache nan mòn nan.

#1:Ti mache na mòn anlè yo dayè, previle, milfò.

#3: Dayè, previle, milfò.

Islande: Hum hum, e tankou m’ta di’w nan mache sa yo li pi bon mache.

#3: Kastiyon, wi yo pi lwen.

Islande: Nou konn al achte kastiyon tou?

#3: Wi.

#1: M’pa konn ale non mwen.

#3: Gen nèg ki pa konn ale.

Piblik: Men genyen konn ale.

Islande: Men genyen konn ale?

Piblik: Wi.

Islande: Kote nou pase pou’n al kastiyon, nou pase nou monte anwo

#3: nou pase bwa goch.

Islande: Epi nou monte mòn nan.

#3: Nou fè antravè konsa, nou pa rive bwa goch non, nou rive seyèt.

Islande: Wi ,wi.

#3: Depi’w fin pase legliz katolik seyèt la kote’l ye a.

Islande: Hen hen.

#3: Ou janbe dlo a, gen de dlo atè, ou janbe’l ou monte kot dlo monte a epi’w pase a kote’l ou monte mòn nan nèt epi’w al kastiyon.

Islande: Mèt la ou mache wi mezanmi [piblik la tonbe ri] pou yon bèt soti kastiyon pou’l rive la l’ mache wi

#3: Non men….

Islande: Kouman nou pote, kouman nou fè pou nou mennen bèt sa yo?

#3: Ou menm ou pral wè kanti kote’w, non moun nan te mèt achte 10 kabrit li mennen kabrit li yo, li mèt kabrit li yo devan’l bagay….

#12: W’achte kabrit ki djanm.

#8: Pou yo mache vit.

#12: Wi ou pa achte kabrit ki k’ap dòmi sou pye non, w’achte kabrit djanm k’ap mache.

Islande: Hummmm

#4: Epi ou mennen, ou mennen 2 kabrit kòd li nan men’w epi tout rès yo ap swiv ou.

Islande: Èske nou pa konn mennen timoun avè nou gende fwa pou ede nou mennen kabrit?

#4: Wi dèfwa timoun nan ansanm avè’w ou, dè zanmi kòmsi.

#3: Ou pa jwenn timoun e jou lekòl mache a ye.

Islande: Hum hum

#4: Dèfwa ou gen zanmi ee kòmsi ki fè menm bwase a ansanm avè’w kounya nou fè yon sèl.

#3: Nou gendwa gen 20 kabrit ansanm,15 kabrit ansanm.

Islande: Tout kole ansanm?

#4: Nou 2 zòm nan youn n’ap pouse, youn mennen devan epi lòt la menm ap kondwi lòt la yo dèyè.

Islande: Hummmm, ok konsa lè’n pral nan yon lòt mache a tou e mennen nou mennen yo nou pa konn pote yo sou bèt ale?

#4: Non.

Islande: Èske nou pa konn, bò isi a nou pa konn achte kabrit, nou pa konn vann kabrit?

Piblik: Wi, wi

Islande: Men nou pa pale de mache bò isi a ditou non?

Piblik: Ti mache sa, mache bò isi a, e mache previle nou vann kabrit.

Islande: An, ok

#8: Sa e lafèm

Islande: Èske nan mache lafèm nan nou pa konn touye kabrit pou, nou pa konn touye rache kabrit pou vann?

Piblik: Wi, wi.

Islande: Konbyen kabrit yo konn touye pa semèn konsa?

#3: Yo, yo gen…

Islande: Bon ok kilè yo touye kabrit?

#3: Yo tiye’l yo konn tiye’l le samdi ak lè madi men gende jou yo pa tiye’l.

Islande: Hen hen, lè yo touyè’l alò yon lè

#3: Lè sa bon pou yo, gen lè se kalmi’l ye, lè sa bon pou yo sitou lè gen veritab.

Islande: Hen hen, ok, kilè?

#3: Vyann nan manje plis epòk sa.

Islande: Hummm ou bezwen vyann pou manje veritab la?

#3: Wi

Islande: Kilè vyann kabrit pi chè nan mache, nan ki epòk kabrit pi chè nan mache?

#8: An desanm

Islande: An desanm?

#8: Wi

#3: Nou vin rive nan yon epòk la a, pa gen afè bèt bon mache bon mache ankò non

Islande: Wi men gen yon epòk li pi pi chè, toujou gen sa.

Piblik: Gen zòn e nan mwa me, mwa me, mwa jiyè.

#3: Lè gen rekòt pare

Islande: Hen hen

#3: Pri a…

Islande: Fè yon ti moute?

#4: Gen timoun ki fin fè ti rekòt li bezwen ti bèt pou’l al gade.

Islande: Ok.

#3: Lè rekòt pare m’di’w.

#4: Wi lè rekòt pare.

Islande: Ok e lè’l e lè bagay la pi ba?

Piblik: Nan epòk, mas.

Islande: Lè’l….

Piblik: Nan epòk mas.

Islande: Nan mwa’d mas?

Piblik: Nan nan, lè’w rive nan mwa’d mas,lè’w rive nan.

Islande: Lè kalmi?

#3: Lè pwa fin plante nan zòn sa ou wè pwa an flè, pwa an flerizon lè sa bèt fè yon ti bese.

#13: Nimewo 13.

Islande: Lè konsa moun k’ap gade bèt ka al achte bèt pou gade.

Piblik: Wi, wi se nan lè sa.

Islande: Men kòm tout moun an bès?

#13: Sitou lè lekòl ouvri menm, e pase yo pase sou paran yo. Paske yo konnen fòk timoun yo al lekòl, ou rive nan mache a nenpòt ti lajan‘w jwenn timoun nan paka pa al lekòl pou’w degaje’w nan ti sa ou genyen.

Islande: Ok, kouman nou konsidere ee biznis kabrit la, kabrit nou gen lakay nou yo se pou kisa nou fè avè yo, poukisa nou gade kabrit yo?

#8: Nou gade kabrit pou li m’ka di e kòm yon kanè bank. Ou gendwa bezwen kòb pou peye lekòl timoun, ou pa gen lòt bagay pou ou lòt mwayen ou vann kabrit ou peye lekòl timoun nan, men ou paka fin vann tout nèt, fò’w ka jere po toujou rete rès ankò pou l’ap peple pou’w ka jwenn.

Islande: Hum hum

#4: Nimewo 4, afè gade kabrit la avèk afè ekolaj la li kole ansanm. Sa vin fè’w vin tounen yon bwasè paske depi kabrit la rèk menmsi kabrit la pa rèk ou pran’l peye lekòl la.

Islande: Savledi kabrit la la pou peye lekòl?

#3: Wi. Men se ak kabrit la ou fè agrikilti.

Islande: Ak kabrit la ou fè agrikilti?

#3: Sa’k kabrit la nou fè agrikilti tou, eske’w konprann se kabrit la ou vann pou achte tafya, pou achte eskwat, pou peye moun ou te bay dyòb, si pou al dèye yon rekòt…(Islande: Ok) Si bondye fè rekòt la vini wa antre 2 lòt kabrit.

Islande: Hummm hum

#1: Nimewo 1

#3: Pou tout fanmi an ka jwenn manje pou yo manje.

#1: Ee ou gendwa gen moun lakay ou malad ee swa nan dòktè, epi ou bezwen lajan pou ba’l swen epi ou vann kabrit epi ou jwenn lajan pou ba’l swen.

Islande: Ou t’ap di yon bagay Jackly? Jackly ou t’ap di yon bagay?

Jackly: Hum mwen? non.

Islande: Ok pa gen moun k’ap ajoute anyen? Ok enbyen si m’ap gade la a, kabrit se yon gwo poto mitan li ye nan ekonomi nou?

#3: Wi enpòtan.

Islande: Si’m ta mande chak moun la, ou t’ap pale yon pawòl wi nimewo 3?

#3: Wi n’ap di kabrit la li trè zenpòtan, paske li pi fasil pou tout malere gade kabrit.

Islande: Hum hum

#8: Nimewo 8

#3: Paske’l ka gade’l nan tout move pa, toupatou.

#8: Anpil nou menm te gen kabrit, a koz matchou anpil kabrit detwi se sak fè, jan pou kabrit la ta rapòte li pa rapòte, paske anpil bèt mouri aprè matchou.

Islande: Hum hum, ok si m’ap mande nou chak ki la konbyen bèt nou gen nan patiraj, konbyen kabrit m’pap mande pou tout bèt, konbyen kabrit? Si’m kòmanse la nimewo 4 konbyen kabrit ou gen nan patiraj?

#4: Nimewo 4, m’gen 3 kabrit nan patiraj.

Islande: E ou menm nimewo 7?

#7: Bon m’pa genyen, sa’m te genyen an matchou detwi yo.

Islande: Ok nimewo 12

#12: Bon, yon sèl li te kite pou mwen, paske’m pa genyen .

Islande: Ok, Konbyen’w gen nan patiraj nimewo 3?

#3: Bon m’pa gade kabrit kounya la non, se grenn kochon m’gen nan menm, m’pa gade kabrit.

Islande: Nimewo, ki nimewo, ki nimewo?

#6: Nimewo 6

Islande: Hen hen ou gen 3 kabrit nan patiraj.

#8: Mwen pa genyen matchou te tiye yo.

Islande: Ok, e ou menm?

#11: Yon sèl grenn m’gen la a.

Islande: nimewo11, ki nimewo’w mesye?

#9: M’gen yon sèl li gen 2 pitit.

Islande: Ok, nimewo 1.

#1: Mwen pa gen ditou se mouton m’te genyen.

Islande: Ok, nimewo 13.

#13: Aktyèlman m’gen 7.

Islande: 7, ok e si nou w’ap gade nan zòn nan, si n’ap konsidere yon moun ki se gwo gadò kabrit.

Jackly: Konbyen kabrit nou ta ka di’l genyen?

Islande: Konbyen kabrit nou ka di moun sa genyen?

#3: Pa gen gwo gadò kabrit isi ankò non, yo vin bese.

Islande: Wi menmsi yo bese men gen yon moun ki gen pi plis.

#3: Banm di’w byen lekòl manje yo, tan an detwi kabrit, w’ap jwenn yon moun ki gade 2 grenn kabrit 3, [ Vwa yon bèf ki ap rele] 4 kabrit o pli.

Islande: E nou menm?

#3: Men afè kabrit la vin bese isi nèt.

#12: Nimewo 12 pa gen kabrit, pa gen kabrit.

Islande: Nimewo 12 pa gen kabrit?

#12: Wi te genyen wi e tan an kite manje yo.

#3: Kabrit la bese, bese.

#4: Nimewo 4

Islande: Kiyès k’ap pale? Nimewo 4

#4: Non afè tan sa a, moun prèske pa ret kabrit, yon sèl moun pèdi 30 konbyen kabrit.

Islande: Ok, e ou wè li fasil pou nou konnen ki kantite kabrit yon moun nan zòn nan pèdi, moun ki pèdi pi plis kabrit nan zòn nan konbyen kabrit li pèdi nan tan an?

#12: gen moun ki pèdi 16 konbyen kabrit..

Islande: Nan moun nou tande k’ap di yo pèdi kabrit konbyen moun, konbyen kabrit nou tande ki pi wo, kantite nou tande ki pi wo a, tankou gen moun ki ka di a ! te pèdi 10 kabrit genyen ki di m’te pèdi 20, genyen ki di m’te pèdi 30, 30 lan e li ki pi wo nou konprann?

#4: Tankou sitwayen nan lokalite 14, ki pèdi 30 kabrit sa, sa’k te nan men gadò, sak te gade pou li a.

#3: Li pèdi kèk wi.

Islande: enben wi tout se kabrit li yo ye,e pa gen lòt moun kite ankò? Moun kite gen pi plis ankò konbyen kabrit li te ka gen konsa?

Piblik : Wi te gen moun kite gen pi plis kabrit la, ben savle di genyen ou pap, nimewo 13 ou pap vin konnen, m’ap diw, gen yon mesye anlè a kite pèdi 34 kabrit, kabrit a mouton.

#13: Genyen ou p’ap ka finalize tout moun paske gende moun se pa avè’w li pale spesyalman.

Islande: Hen hen.

#13: Sa yon lòt moun li pale.

Islande: Eben e sa’m di wi sa nou tande nou menm.

Piblik: Mwen e sa’m tande m’di wi, sa’m tande m’di.

#3: Banm di yon bagay ou wè elvaj la nimewo 3, elvaj la

Islande: Hum hum

#3: Se yon bagay moun nan pa fè’l pa gen moun ki fè’l nan pak isi, komsi li gen yon pak kabrit.

Islande: Hum hum.

#3: Lè’l vle mete ala vant moun vin achte kabrit nan men’l.

Islande: Hum hum

#3: Ou pap konn afè’l li gendwa wè 2 kabrit nan men’l, poutan li gen youn nan men chak moun sa yo ki la a, li gen 2 nan men chak moun sa ki la a. [Islande: Lè yo mouri wa konn konbyen li te genyen] Se si li ta vle di’w, la di’w. (Islande: Wi) Si’l pa di’w ou pap konnen, madanm sa te gen 2 kabri, kabrit la yo mouri si’w pat konn si e pou li yo te ye ou pap konn sa.

Islande: Ok alò E sa ki pase la.

#3: se konsa zòn nan ye, moun pa konn moun, paka idantifye ke moun nan gen tan bèt, ou paka idantifye li pa gen ditou, ou paka idantifye tou si li genyen, wi ou ka di ou wè’l men ou paka konn konbyen li genyen.

Islande: Ok, nan ka pa nou genyen yon bon pousantaj la ki pa gen kabrit kounye a?

#3: Ou wè.

Islande: Kisa ki anpeche nou si nou wè elvaj kabrit la [Islande ki touse, li di piblik la padon] se yon elvaj ki enpòtan kisa ki ka anpeche nou fè elvaj kabrit la?

#8: Sa’k anpeche nou paske nou manke mwayen pou nou achte kabrit.

Islande: Hum hum, èske ee pa gen lòt moun k’ap reponn?

#3: Men sa se yon kesyon, se yon repons pou tout moun.

Islande: Wi men yon lòt kesyon m’ta renmen poze ankò, si’m genyen yon kabrit egzanp wi m’gen yon kabrit, m’gen yon bèf, m’gen yon mouton, m’gen yon kochon, m’gen 2, 3 poul, poukisa m’padi bon ee maladi ka vini vre wi, m’gen yon bèf aprèsa m’mete rès lajan nan kabrit, konsa m’konnen si yo bezwen kabrit nan zòn nan y’ap konnen m pral kay mesye entèl, madam entèl map jwenn kabrit achte, èske sa pa janm vin nan lespri nou fè paske pou n’ap achte yon ti kal nan chak yon ti kal nan chak men nou pran tout lajan nou reyini nou achte yon pòsyon nan yon bagay, sa pa konn rive nou?

#13: Sa pa rive nou, sa pa rive nou paske, fò’m di’w byen jan’l di’l lan e konsa’l ye chak gen yon ti pòsyon nan chak bagay.

Islande: Nan chak bagay?

#3: Nan chak kalite.

Jackly: Poukisa nou oblije panse chak moun gen yon ti pòsyon nan chak kalite?

Islande: Nan chak kalite?

#3: Poukisa?

Islande: Wi poukisa nou fè sa?

#3: Map ba’w yon ti avantaj ki gen nan sa a, se kiltivatè ou ye, ou gade yon kochon poutèt gen yon kantite bagay se kochon ki pou manje yo, ou gen zèb sou propriyetè’w kochon an p’ap manje, ou gade yon lòt bèt pou viv zèb sa yo si gen yon milèt se sou milèt la pou pote yon bagay.

Islande: Hum hum

#3: Se s’ak fè nou paka fè’l tankou anpil lòt kote fè’l, moun yo te gendwa te genyen 2 grenn bèf, te grenn yon 2 kochon li vann yo l’ale li fè yon pak kabrit, li gade sèlman kabrit, se kabrit l’ap okipe, e sa sèlman li fè, nou paka fè’l isi a ou pral fè tròp defisi nan yon pakèt lòt bagay.

Jackly: Ok

#3: Paske lè’w gen joumou ki chode nan propriyetè’w kisa’w pral fè avè’l ou pral jwenn moun achte yo, lè’w gen manman tayo a ki koule ki sa’w pral fè avè yo? Lèw rache yon boukèt tayo kisa’w pral fè a pakèt fèy la yo, lyann joumou a nan plas yo pap donnen kisa’w pral fè avè yo? Ou bezwen kochon an?

Jackly: Ok

#3: Men kochon an se yon kote w’ap gade’l, ou pap ka pwomennen avè’l nan patiraj ou lè ou gen yon pake zèb nan patiraj ou, fò’w gen yon lòt bèt ki pou manje zèb sa yo.

Islande: ( Ri)

Jackly: Sa’w di a enpòtan wi gen yon dam kite di…

Islande: Nimewo 12

#3: Pafwa.

Jackly: Tande tande’l.

#3: Pafwa ou gendwa se yon bèf, se pa pou ou li ye, ke se gade yo te ba’w gade’l. Gen de epòk li fè pitit se lè madanm moun nan akouche li gen, li gen yon, m’pa wè koman m ta di li, gen yon jaden nan kay la la chak maten wi.

Jackly: Lèt wi

#3: Ou konprann? Li gendwa bwè li, vann li jwenn lajan an l’achte yon lòt bagay ankò.

Jackly: Nimewo 12

#12: Savledi si’w gade kabrit la ou gen yon mòso patiraj la a, ou pral mare kabrit la, si’w gen 2, 3 kabrit la ki lage ki pral nan patiraj pa yon moun, yon lòt vwazen, savledi lè’l rive nan patiraj lòt vwazen an, vwazen an pap asiste’w pou’w lage bann kabrit la jaden pa li a, si epa pak ou mete’l, li pap asiste pou mete’l sa a vle di e sa’k fè’w paka fè gadyen kabrit la sèl.

Jackly: Ok, repons mesye a bay lan, nimewo 3 a bay la ee gen yon dam kite bay yon repons konsa, se prèske menm jan, pa’w la li vrèman pi lou, li te di pa egzanp gende pwoblèm ou genyen se yon poul pou vann, li pa mande pou vann yon kabrit, li di gende pwoblèm tou se yon bèf pou vann, poul ni kabrit pap ka regle anyen pou w. OK, donk se rezon sa li te bay, men rezon pa’w la, se premyè fwa nou tande’l, li vrèman kenbe, kote ke jan’w di a gende bagay pou fè yo, ou pap ka fè’l ak sou kochon se ak yon milèt pou fè’l. Gen de zèb tou, esksetera se milèt ki pou manje’l. Mèsi pou repons lan, pa gen lòt moun ki t’ap yon bagay sou li?

#13: Li difisil pou’w savledi, li difisil pou moun nan ta gade yo pòsyon sèl li tap toujou genyen yon ti kras nan chak kantite a.

Jackly: Ok ben n’ap avanse.

Islande: Ok èske gen moun la a ki konn touye kabrit?

Piblik: touye kabrit touye kabrit la nan ki kondisyon?

Islande: Non touye kabrit touye yon kabrit. Ki konn touye kabrit.

#12: Hen!!! bouche

Jackly: Bouche a?

#8: bouche?

Islande: Hmmm!!

#3: Non pa gen bouche non?

Islande: Kiyes moun ki konn touye ou pa konn touye kabrit pou manje lakay ou?

Piblik: O!! wi

#4: M touye kabrit lakay mwen

Islande: O!! aa ebyen e sa’m diw kiyès moun ki konn touye kabrit pouw manje? Ou konn touye kabrit?

#3: Wi

Islande: Kiyès ankò ki konn touye kabrit?

Piblik: wi.

Islande: Èske nou konn tiye pou vwazinaj, oubyen pou lòt moun?

Piblik: Non, m’konn tiye pou pèsonèl pam.

Islande: Ok, pa gen moun la tou ki konn bay rele moun vin touye kabrit pou yo?

Piblik: M’pa konn rele moun, m’gen moun ki pou tiye, lakay mwen.

Islande: Nan zòn nan, kouman nou konn tande lè yo touye yon kabrit?è

Jackly: Lè yo touye yon kabrit, kisa yo bay ee moun ki touye’l la?

Islande: Konbyen lajan yo bay moun, oubyen kisa yo bay?

Jackly: Oubyen kisa yo bay?

#3: Lè pa egzanp, lè yon fi akouche andeyo, se pou mari’l gen kabrit pou’l okipe fanm nan gen lajan ak pitit la wi nou pa konn sa.

Jackly: Kòman?

#3: E pou mari a gen kabrit pou’l touye pou’l okipe fanm nan sou kabann nan anndan an.

Piblik: Non mwen menm nou menm men sa’m bezwen non mwen menm nou menm men sa’n bezwen, wè kabrit sa.

#4: Si moun rele’w pou vin touye yon kabrit.

Islande: Hen hen!!

#4: Gen s’ak rele’w kou kabrit la yo konn ba moun nan moso nan kou kabrit la.

Islande: Hum hum!!!

Jackly: Ok

#4: Kòm salè

Jackly: Kòm salè

Islande: Kòm rekonpans, ok èske gen lòt

#4: Aprèsa ou gendwa jwenn lòt ti baay

Islande: Tankou kisa?

#4: Yon lòt ti moso vyann, kòm kou a se se kouraj pati’m

Islande: Hen hen!!!

#4: Epi aprè sa yo vin ba’n yon lòt ti mòso ankò, yon lot ti moso [piblik tonbe ri]

Jackly: Ok

Islande: Men en yo pa peye yo se kou a yo ba yo?

Piblik: Wi yo pa ba yo lajan, e la l’ genyen

Jackly: Men yon kou kabrit na zòn nan konbyen l’ ka vann? si wap vann yon kou kabrit konbyen kòb li ka vann?

Islande: Hum yo pa vann nan ka sa?

Piblik: E yo kòmanse, sa si se nan nan ti vyann ou an, piblik tonbe ri.

Islande: Alò banm di n’ yon bagay, sim touye si moun nan touye 2 kabrit li gen 2 kou?

Piblik: Non, n’ap ba’l, non yo pa ba’l kou a nèt ,[piblik tonbe ri] e fann yo fann li yo ba li yon bò.

Islande: An e pa tout kou a yo ba li?

#4: Moso yo ba li.

#3: non yo pa ba’l kou a nèt.

Jackly: Gende kote e kou a yo ba ou.

Islande: Gen kote e kou a yo ba yo nèt, an yo ba yo moso nan kou a

Jackly: Si moun nan tiye 10 kabrit li gen 10 kou [piblik la tonbe ri] sa se bagay bouche, sa se bouche ki plis fè sa.

Islande: Nimewo 7 ap pale kite’l.

#7: Si ou rele yon moun vin rann ou sèvis, ou gendwa pa konn touye ou rele yon moun vin touye’l pou ou sa e sèvis lakay ou.

Islande: Ok

#7: Ou gendwa tronse kou a ou ba’l yon bout ladan’l, oubyen ou ba’l yon bò ladan’l

Islande: Hen hen!!!

#7: L’al lakay li aprèsa si’w vle mete yon ti bagay sou li anwo ba li ou mete’l sou li ba li.

Islande: Ok .

#4: Bouche a, lè’l ou rann li sèvis epa rann sèvis savledi ou vin travay pou li savledi se kou a ou genyen kòm salè pa’l.

Islande: Wi.

#3: Bouche a pa ba yo kou a, kou a koupe jis la, la la konsa [ Piblik tonbe ri] yo koupe’l ak tou tèt kabrit la mete’l la e pri yon jèn ti kabrit li ye wi.

#7: Wi se tèt la vann yon ti kabrit piti [Piblik gen yon moun ki touse], yo bay moun nan yon moso vyann, kounya mesye a di konsa se pou lajan’l li travay, yo chwazi yon ti baay yo ba moun nan monchè pou’l al lakay li

#3: Si’l vole kèk vye bout trip ti pay li met avè’l [Piblik tonbe ri]. E sèl dyòb ki pa nan rayisab monchè, epa sa? Wi, e sèl dyòb ki pa nan rayisab ladan’l, afè moun ap pouse yon moun pou’l wè si la pran dyò sa, sèl dyòb ki pa touye pou bouche a, al tiye pou bouche?

#12: Wi gen yon ki moun mouri la wi.

#3: Sa’l ba ou?

#4: Bon kabal konn leve.

#3: A monchè sa l’ap ba ou?

#4: Bon moun ki mouri la ..

Islande: Èske gen machann manje kuit? Ki konn fè manje kuit pou vann? [yon bèf ki ap rele]

#3: Se e pou machann gen, ki vann ti chodyè diri’l.

Islande: Hen hen!!! Èske konn fè sòs avè’l?

#3: Li fè ti sòs aran’l.

Islande: Hen hen!!! Li pa konn fè sòs kabrit?

#3: Non.

#13: Li pa gen bagay pou’l ta nan fè sòs kabrit, piblik tonbe ri

#3: Li p’ap bon pou li.

Islande: ( Ri) jan’l di bagay la kòmsi bagay 13 savledi yon gwo bagay epoutan se nimewo 13 li ye [ piblik la tonbe ri]

#3: Fò’l ta jwenn, fòk moun, li pap jwenn moun k’ap vin achte moun pou ta peye’l la p’ap vin achte.

Islande: Ok .

#3: Moun k’ap vin achte se pou 10 goud, 15 goud l’ap mande.

Islande: An hen?

#3: Pou 20 goud, pou al monte dife pou kuit manje pou 20 goud bay moun pou met kabrit ladan’l. [ Piblik la tonbe ri]

Islande: Ok ,èske e lè gen mache ee bò isi a, yo pa konn touye kabrit pou vann, rache pou vann?

#3: Rache vyann? wi.

Islande: Kabrit wi?

Piblik: Wi, wi.

Islande: konbyen yo konn touye konsa lè gen mache?

#8: Nimewo 8

Islande: Hum

#8: Gen 2 bouche jiska 3 dèfwa, lè baay yo yon ti jan epi [ yon kòk ki ap chante] avanse yo chak konn tiye yon kabrit sinon [Islande: Konbyen bouche kon m’ap di bouche] 3 m’rekonèt ki konn tuye (Islande: Kabrit ) Men gen lè epa tout lè yo tout tuye, gende pafwa youn 2 ka tuye, yo tuye kabrit, yo tuye kochon. Lè gen afè, men lè pa gen aktivite ou wè yo chak tuye youn?

Jackly: Chak kilè gen afè, kilè ou ka di gen afè, lè fèt?

#8: Lè pwa [ lè gen pwa ] lè kafe, lè te gen kafe, lè gen pwa, lè rekòt.

#3: Tande gwosè pawòl madanm nan! Kafe?

Piblik: epi, lè mayi.

#8: Lè mayi.

#4: Lè matchou potko retire veritab sou moun nimewo epi lè matchou potko rete lam veritab sou moun patko detwi yanm moun, lè moun nan rive nan lè bagay sa yo pare nimewo 4 k’ap pale l lè bagay la yo pare yo pa gen manje yo pral achte se sèlman se vyann y’ap achte [Islande: Epis , sèl] Bouche a konn tuye yon kochon maten, epi lè’l gade wè li voye chache yon kabrit li te gen nan depo, li touye’l epi moun ap achte vyann epi vyann pral kuit lakay, epi tout moun wè yo bèl nan katye a, ou wè yo bèl ozalantou an, men depi matchou pase…

(Islande: Hum) Tout bagay fennen. Hum sa on bagay nou poko ka fin bliye hum. ok kounya la m’sanse fini wi, m’rete yon dènye kesyon, kouman nou manje vyann kabrit? Anvan’m mande nou kijan’n manje vyann kabrit la, lè ya’p touye kabrit kisa yo fè ak kòn nan?

#4: kòn nan? [Islande: Hen hen!!] Donk m konnen yo grate tèt kabrit sa epi yo wete kòn nan jete? Po kòn nan yo jete’l aprèsa

Islande: Yo kite zo klidoub la.

#4: Yo kite zo klidoub la pou yo bouyi souse’l.

Islande: Hum hum!! Nou tout e menm bagay la? M’wè nou pa reponn?

Piblik: Wi ,wi e konsa bagay la ye wi.

Islande: Ok ee èske yo touye kabrit la, kòman yo touye’l? yo kòche’l oubyen yo grate’l?

#3: E grate yo grate’l, pa gen kochon ankò, menm brigad ki bezwen po a pou’l bat tanbou e grate’l grate pa’l la wi, lè fini pou’l met deyò pou’l achte po pa yon moun[ piblik la tonbe ri]

Islande: ( Ri) epi’l pa jwenn

#3: Pa gen sèl sosyete k’sòt konsa, ou bezwen po a kòche’l pou jwenn po a [ piblik tonbe ri] li manje po a lè fini l’ap chèhe po pa yon lòt achte si se yon kichòy ou jwenn ladan m’pa jwenn [ piblik la tonbe ri].

Islande: Ok

Jackly: Dènye kesyon.

Islande: Hen hen!! Kouman nou manje kabrit la?

Jackly: ki diferans fason nou ka manje yon kabrit?

Islande: Ki diferans fason hen hen

#3: Hum

Jackly: Gen plizyè fason yon moun ka manje yon vyann kabrit ki diferans?

#8: Nimewo 8

Islande: Hen hen!!

Jackly: Li fril

#8: Gen moun ki renmen vyann bouyi, vyann bouyi an gen plis vitamin.

Jackly: Hum hum [ Yon moun ki touse]

#8: Gen moun ki fri vyann nan li pa tèlman fri sèk, li fri’l bon mwen menm vyann bouyi a pi vitamin li pi bon pou mwen.

Jackly: Sa fè 2 ok, fri epi bouyi, pa gen lòt?

#3: Mwen menm vyann mwen e nan bouyon m’manje’l ken nenpòt vyann fri a e nan sa m’ye.

Jackly: Gen kote tou yo di konn fè ragou, yo pa fè konsa bò isi a?

#8: Wi .

Jackly: Yo konn fè kòman, kòman bagay sa rele kowosòl [piblik kowosòl, sa e toutè, …]

#8 yo pa kuit li endepandaj non bagay sa a.

#3: ou fèmen’l le’ rive yon lè ou detaye’l [piblik tonbe ri]

#3: Li gen yon dlo anndan’l [ dlo a dous piblik tonbe ri ou monte choran] e pa jwèt manje granmoun wi.

Islande: en nou pa konn mete vyann sèch tou ,lè nou touye kabrit nou pa vle’l fè nou pa vle ee.

Jackly: vyann nan gaspiye.

Islande: Vyann nan gaspiye nou kite.

#3: Monchè afè chofe vyann nan ou wè a se yon bagay ki bay pwoblèm, lè’m te gen boulanje, m’gendwa tuye yon vyann la a mezi pòsyon yo pap kuit la m’pa gen frijidè lakay mwen, mwen inikman met yon dlo cho nan dife [ bri yon bagay ki tonbe ] m’pase vyann nan ladan’l, lè fini ou antre’l anndan boulanje a, li pase yon 2 zèd tan la, lè fini ou vlope’l nan nenpòt rad ou foure nan mallet ou fè nenpòt vwayaj avè’l.

Jackly: Sèk?

#3: Lè’w kuit li, l’vin dous [ Bri yon bèf ki ap rele] li pa pase mizè men pase bagay yo pral met vyann nan solèy, met vyann nan rans nan dife, kòmsi ’m wè rès bèt la e gaspiye yo gaspiye’l.

Jackly: Wi.

#3: E sak fè yo te mèt, kòmsi yon bèt ta mouri konsa yo pral cheche’l, kuit mezi pam nan menm nèt m’reziye’m, m’pa manje lòt bagay m’manje mezi vyann pam nan, lè fini m poze.

Piblik: [ Piblik tonbe ri]

#3: Paske lafwa dènye, gen yon moun ki voye yon vyann lakay la [ Bri yon bèf ki rele] monchè etandone epa granmoun, e granmoun pa konn bat granmoun, ou pa dwe pran’l!! li patap ba ou’l. Yon bèt se touye’l touye’l ou ba moun nan vyann nan ak san ladan, ou fè’l dekonpoze lè fini w’ap pote’l vini, sa epa yon maladi moun sa pot ba ou la a?

#8: Lè’w gen yon vyann ki fèk touye li bay vitamin, lè vyann nan rete, li vin bay odè sa a li pa bon ankò. Vyann sa a espire, mwen menm daprè mwen menm, si’m tiye yon kabrit, m’ap tuye yon kabrit sa pou’m pran yo fasil fwa, trip sa yo paka rete, men m’ap lave vyann kabrit mwen byen lave m’rale gwo chodyè’m, m’epise vyann kabrit mwen, m’bouyi’l, lè’m fin bouyil m’byen wousi’l, kounya m’kite’l fret, mete nan yon bonm, a chak moman m’bezwen m’pran yon mòso m’pare m’fè manje, si’m kite vyann kabrit sa rete li vin espire li bay odè li pa bon ankò .

Islande: Konbyen tan ou ka fè’l pran nan bonm nan konsa?

#8: Depi vyann nan fin bouyi ou kite’l frèt, aprèsa ou mete’l ou fè’l ou mete’l nan yon bonm savledi ou pa gen frijidè .

Islande: Konbyen jou li ka fè, li ka fè yon semen?

#8: Sa depan, sa depan.

Islande: Li ka fè yon semen , li ka fè 3 jou

#3: Pou manje demen si dye vle.

#8: Si’w gen kouraj ou ka manje’l pandan 2 jou.

#13: lè fini li kuit tout jounen vyann ap manje.

#8: Manje ap manje!!!

Islande: Nimewo 12

#12: Mwen menm m’konn fè, m’filange vyann m’mete’l sou dife, kounya la a m’met sèl m’met zoranj ladan, kounya a vyann sa a ou mete’l sou dife, kounya’w pa mete gwo dife lè’w fèk mete’l sou dife ou pa met gwo dife ladan.

Islande: Hum hum

#12: M’pa gen pou’l m’ap bay non, ou pa met gwo dife ladan, lè’w pa met gwo dife ladan kounya la vyann ou sa gendwa chita sou dife a l’ap seche. Lè’w vin mete fèy nan dife a li vin pran lafimen ou gade ou wè vyann sa a vin rete sou dife a li vin jon. M’konn vyann pòwoprens nan baay sa yo, kounya la a, vyann sa a gendwa rete nan kay la ou pa konn si gen vyann nan kay la.

Jackly: Ok

Islande: Se jan moun nan fè’l la kounya e vyann sa fin sèch a kòmanw ka kuit li?

#12: Ou pa vyann sa pa kuit ou pa mete’l bouyi nan pou fè vyann sa savledi tankou vyann fre.

Islande: Hum hum

#12: Ou pa mete’l bouyi konsa, si’w vin fè vyann fre avè’l ou pral fon tranpe.

Islande: Hum hum

#12: Mete’l fon’w ti tranpe kounya la, l’ap vin mòl nan menw, kounya w’ap lave’l w’ap mete’l nan dife, men l’ap gen gou sèl la ladan toujou.

Islande: Ok.

#12: Sa savledi vyann sa ou gendwa mete’l bouyi pou nan yon ti pwa kongo bagay , wou ou mete’l anba pwa!!!!

Islande: Ou mete’l anba pwa !!! e sa’m te bezwen’l di a ,enben ok, mèsi anpil m’pa konnen si nou gen kèk eskperyans nou ta ka pataje avè nou sou kabrit nou wè kesyon m’pa poze la nou ta kapab di?

#8: Nimewo 8.

Islande: Hen hen.

#8: Mwen menm m’renmen kabrit anpil, apre tan matchou m’pa gen kabrit nan menm, m’ta renmen pou’m gen kabrit. Men m’gen mwayen ekonomik lan pa fasil, paske lè’w plante yon pwa li pouse, ou pa jwenn anyen ladan’l, sa pou’w ta jwenn lan baay pou’w ta jwenn nan minim, ou jwenn nan epi ti plant menm li paka reyalize anyen pou mwen, aprè matchou nou pa gen anyen nan men nou, pou nou ta viv pou’n achte bèt, pou nou fè gadinaj.

Islande: Ok , nimewo 12

#12: Ou te poze yon kesyon talè a, ou te mande konbyen kòb pou yo achte yon kabrit bò isi a, men kabrit la chè savledi yon ti bagay ti rat kabrit 900 dola pou’w achte yon ti rat kabrit men se pa pou di se gwo baay kabrit se konsa.

Islande: Wi, pa gen moun k’ap di anyen ankò?

#13: Bon senpleman nimewo m’remèsye nou.

Islande: Hum hum

#13: Donk pou bèl seyans sa a.

Jackly: Hum hum ou mèt pale wi.

#13: Men jan madanm nan di a, nan fason aprè matye te ka di’w ti kabrit nou pèdi, gen moun ki pa gen ditou, gen anpil moun se avèk anpil efò. Si’w ta wè yon ti grenn nan men yo genyen e mèm anpil moun lè’w tande yo vin fèt menm yon ti jan paka avanse, paka grandi, genyen ki mouri dèyè manman.

Islande: Hum hum

#13: A di m’pa konnen obdyetiv la, epwi siw te kapab ede nou ee malgre m’pa konn obdyetif nou ki vin fè.

Islande: Men non m’te di nou sa talè a wi obdyetif la se chèche konnen pi pre plis sou kabrit, se pa yon bagay nou bezwen konnen aprèsa pou’n vin bay kabrit e pa bagay sa yo [ok] kabrit sit a gen yon amelyorasyon men kouman pou nou fè.

Jackly: Ok, responsab yo ap tande ee nou te di tou se yon etid, aprè etid gen plizye posiblite, donk yo tande tout doleyans yo, tout sa ki di de kabrit sa pa li pa enposib pou yon pou enstitisyon an e aji nan fason nou di la a, men konsa tou nou paka di wi, men sa yo pral fè paske se pa nou.

Islande: Hum hum

Jackly: Donk sa se yon etid avè nou t’ap pale, nou t’ap avèk gran responsab, donk li rete pou nou di mèsi a tout moun ki te patisipe, felisitasyon donk nou vrèman satisfè ee nou ta di pase kilè’l ye la bon fen aprè midi mèsi anpil.

Piblik: Mèsi anpil tou.

|

RELATED CONTENT

|

SUBSCRIBE

Subscribe and get updates on new material upload, news and upcoming events.