> KREYOL TRANSCRIPTS

Kakawo – CRS/IDB/Root – Chambellan Fokis Gwoup

Fokis gwoup sa a li fè pati de siz fokis gwoup fet nan 5 komin nan Gran Anse epi nan No. Fokis gwoup yo te fet ant mwa de jwen ak oktob 2013. Se CRS ak Root capital ki patwone travay la.

FULL TEXT

Transkripsyon Fokis Gwoup Chambellan

Fokis gwoup sa a li fè pati de siz fokis gwoup fet nan 5 komin nan Gran Anse epi nan No. Fokis gwoup yo te fet ant mwa de jwen ak oktob 2013. Se CRS ak Root capital ki patwone travay la. Ou ka jwenn rapo angle pou etid yo isit: Root Capital Cacao Report and CRS Cacao Report.

Patisipan

  1. Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ; kiltivate e taye ; 30 ane nan kop
  2. Leon Achille : G; 70 zan; Prime ; 7 timoun ; kiltivate; 30 ane nan kop
  3. Jems Magloire:G ;27 tan; Inivesite; pa gen timoun; kontab; 3 mwa nan kop
  4. Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop
  5. Florestal Hem:G;28 tan; Rheto, pa gen timoun, elvaj, 1 ane nan kop
  6. Archange Jean Louis:G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop
  7. Joseph Vatil :G; 52 zan; 3em seconde ; 4 timoun ; animate organizasyon ; 18 ane nan kop
  8. Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop
  9. Asord Sulface St. Louis:F;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop
  10. Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop
  11. Castilan Estavil: G;35 kan; 7em sekonde; 4 tiomoun; kiltivate; 1 ane nan kop
  12. Fouland Rene: G; 45 kan; 8em sekonde; 10 timoun; kiltivate; 1 ane nan kop
  13. Cenatus Br.Precinord: F,50 tan; 5em sekonde; 2 timoun; kiltivate;  30 ane nan kop
  14. Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan; 7em sekonde; 8 timoun ; veterine ; 30 ane nan kop
  15. Domenncer Frantz: G; 27 tan; Inivesite; 2 timoun; agwonom; 1 ane nan kop

Nan souci poun pa pedi anyen, si se not nap pran gen kek bagay nap di la li ka chape nou ka bliye enfomasyon sa a ki gen enpotans pou prodikte Chanbelan nan sousi sa nou vini ak de aparey pou nou enregistre. Se poutet sa nap gen moun kap chita tande tout sa ki di yo poun pa manke anyen.Sa vle di nou gen plis entere pounn odone entevansyon yo sann pa bezwen gen bri, sann pa bezwen gen twa moun pale. Le twa moun pale ansann nap pedi nan enfomasyon yo.Madanm nan gen dwa pale piba sa lap di a pi enpotan pou prodikte yo, pou koperativ la, pou zonn nan  epi vwa pam pi gwo kouvril, le yap tande yo pa tande entevasyon pa li a. Le yon moun ap enteveni bal ti tanl poul di sa lap di a, paske chak repons gen anpil enpotans pou nou. Chak moun gen yon nimero, lel vle pale lap leve pou nou ka identifyel.

Poukisa dapre ou menm kakao bon?

#4.Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop: Kakao bon demanye ke pou yo oganizel. Demanye ke pou patisipel antan ke bwason e li gen dot choz anko pou li fe. Kakao a se yon et enpotan, li toujou pre pou sevi ak nenpot kel le.

#9.Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Bon, kakao a bon pou tout bagay. Kakao a fe bwason, kakao a vann li ban nou lajan, li mete pitit nou lekol, kakao a fe twal, kakao a fe tout kalite bagay. Gen kote nou menm nou pa swiv sa, gen kote anko depi kakao byen prepare se li menm yo ka manje .Yo ka fe tout chokola fe tout bagay avel.

E nou menm eske nou manje l isit?

#9. Asord Sulface St. Louis: F;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Non, nou menm nou pa konn manje l, menn konnen yo di yo fe chokola avel. Nou manjel nan chokola, nou bwel nan chokola.

Epoutan gen moun ki di se manje kwit liye

#9. Asord Sulface St. Louis: Fi;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Li fe bonbon, tout bagay .Wi kakao ka yon manje kwit paske sil fe bonbon ou manje bonbon ou fe chokola ou bwel se manje kwit li ye.

Eske nou konn fe remed avel?

#9. Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop:  Kakao? Bon, mwen pa konnen. Bo kotem mwen pa konn we yo fe remed avel. Mwen pa ka di wi yo fel.

#1. Michel Jean Daniel: G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Nan sans yo di kakao se manje kwit la ,li pa pran anpil tan.Depi ou rekolte, li pa pran anpil tan sitou avek nouvo proje femantasyon an kote moun nan sot nan jaden l la tou li pote nan yon sant femantasyon ,li jwenn lajanl .Lot pwodwi yo pran plis tan pou yo fe lajan avel.

#7.Joseph Vatil: G; 52 zan; 3em seconde; 4 timoun; animate organizasyon; 18 ane nan kop: Poum pa repete sa konfre a di, kakao a proteje te a se yon pye arb.

Konbyen varyete kakao ki genyen?

#6. Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop : Nou konnen kriyolo, forastero, trinitayo.

Eske kiltavate yo gen lot non pou kakao sa yo?

#6. Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop : Wi, kiltavate yo, plante  yo, gen nan yo ki di kakao peyi, kakao karaf, kakao etranje.Yo di kakao blan, genyen ki di kakao violet.

Le map gade non nou di yo gen 3 gwo non. Lenn di non yo se 3 etranje yo ye, kriyolo, forestero, trinitrayo. Men plante yo menm gen lot langaj, ki langaj  plante yo genyen pou kriyolo?

#1.Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Pou plante yo, pwiske kife ke nimero 6 diw sa, paske le yo pran fomasyon yo tande non syantifik yo, tel varyete tel varyete. Men vilgeman palan pou plante yo, peyizan yo se kakao peyi, kakao etranje, pafwa gen ki diw kakao blan. Se nan konsa ou pap jwenn peyizan  diw kriyolo. Kriyolo se kakao peyi a, ansyen kakao. Men le peyizan ap pale nan langaj pa yo se kakao peyi yo di. Gen kakao blan gen kakao etranje_yon lot patisipan enteveni: Gen kakao karaf_ #1konyinye: Non, karaf se koulel. Le yap determine vareyte se kakao blan, kakao peyi, kakao etranje.

Le wap pale de lot non le ou di kakao blan se ki kalite kakao ? Yon teknisyen soti lotbo li mande ou kisa_patisipan komanse repon.

#1.Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Kife ke yo pale de kakao blan, dan lansyen tan te gen 2 fem agrikol, se Mafyan epi avek Boudon Dema. Se te blan yo ki te vini, le sa mwen te anko piti ou pat konn nasyonalite yo ekzakteman ki te vini ak varyete sa yo. Donk, eeeeee anviron 40 tan pase loske m jen ti boy le paranm te bezwen semans kakao, ou seleksyone  Mafyan pou ale oubyen wal nan fem Franklen obyen Boudon. Se twa kote sa yo pou ale. Rezon yo di kakao blan se paske se blan ki te vini ak kakao sa. Men varyete dorijinn nan se sa nou rele kakao peyi a, dan le langaj teknik yo relel kriyolo.

Men eske nou konnen se blan ki vini ak foresteo, trinitaryo ?

#1.Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: A se moman plante sa yo pat gen chans pou te ret nan fomasyon, investigasyon yo te selman vini sou ministe dagrikilti .Lem te jenn ti boy, Ministe dagrikilti, yo fe de pepinye epui moun ki enterese vini san teni kont de ki varyete kakao ou plante. Se avek letan nou vini konnen tel varyete tel varyete, an mwayen efomasyon tel ONG ki vin sou teren an ak sipo lot oganizasyon.

E lot la karaf ?

#1.Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Karaf  la ou detemine l se sou koule l. Men se 3 non sa yo 3 varyete sa yo ke nimero 6 la sot baw la .Ou we li, kriyolo, trinitaryo, sa yo peyizan yo pa finn konnen yo._Entevenan komanse pale: Peyizan konnen gen kakao peyi gen blan_ #1 kontinye pale : Yo konnen kakao blan, kakao etranje. Kakao blan an yo konnen l depi nan epok Shada  ki vinn entrodwil ak Mafyan, nan fem Mafyan epi nan 2  lot fem agrikol sa yo .Se sak fe yo relel kakao blan oubyen kakao etranje.

Nan ki mwa yo konn rekolte kakao ?

#2.Leon Achille : G; 70 zan; Prime ; 7 timoun ; kiltivate; 30 ane nan kop: Bon, humm humm, kakao nan lane, li rekolte pandan 2 fwa. Gran rekolt la, gran sezon an komanse apati de mwa Dout, Septanm, octob jiska Novanb. Ee ti rekot la komanse apati de mas avril_silans_ Se de tip sezon.

Gen lot anko ?

Plizye repondan(F,G) : Sa li di a se sa.

Kom prodikte kakao, ann imagine gen peryod kakao nou nan keyi kakao koman ou ka esplike jounen sa? Ou leve, jaden ou plen kakao ou deside ou pral nan  jaden keyi kakao, nan rekolte kakao koman ou ka esplike jounen sa a ?

#10.Charles Maissance: G; 60 tan ; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop : Le konha[1] ou soti ou di ou pral keyi kakao a. Le konha ou ale nan patiraj, ou konn al ak timoun. Le ou rive ou keyi kakao ou sanble li ate. Lontan ou te konn sanble kakao eee le a te gen anpil kakao.Le ou keyi sak pike ou kitel, menm timoun al pranl. Le ou keyi yo sak pa pike yo ou mete yo apa. Apre wale wa l kasel. Pahe[2] menm jou a ou paka kase l, paske li te si telman an kantite men kounye a ou pa jwenn okenn bay[3] konsa anko.

Si gen mesye avek yon fi nan yon fanmi kiyes nan yo ki keyi kakao?

#10.Charles Maissance: G; 60 tan;Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop: Pletil?

Si gen mesye a avek yo madam_ Nimewo 10 komanse pale_

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kopBon mesye a se li ki keyi timoun yo ak madanm ap sanble a te.

_Plizye moun ap pale ansanm ak bri chez_

Ki moun ki pote al vann?

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop : Ki potel? Ebyen, se apre le ou al kase l ou ka pote l anwo bet.  Obyen ou mate li nan makout ou vinn lakay ou avel .Men he[4] pa gous la ou mete ou kase l ou mete nan makout ou vinn nan kay ou avel.

Men se ki moun kife sa nan fanmi an?

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop: Gason an ki fel. Madanm vin avel tout, gen de le wap mare makout la madanm nan soutni, li ede w.

Ele wap seche kiyes ki fe sa?

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop : Madanm’ k[5] fel,madanm’k sechel_ Yo patisipan poze li kesyon: E ou menm?_ #10 kontinye:Le pli souvan ou ka leve bone wal nan  patiraj ak bet epi madanm gentan leve li mete l sou glasi li cheche li.

Patisipan pa identifye(G): Seche se toujou pou fi.

Kisa ki paret pi difisil pou nou nan zafe prodiksyon kakao?

#4.Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop : Sa ki pi difisil pou afe kakao il y a parfois ou ka jwenn nan epok, le ou kase kakao ou pa gen glasi pou seche kakao a si pa gen glasi gen lapli, lapli a ap gate danre a.   

#11.Castilan Estavil: G; 35 kan;  7em sekonde;  4 tiomoun;  kiltivate; 1 ane nan kop: Sa ki pi difisil pou danre yo se nan humm mwen byen si se nan pran swen danre a. Pou angro se sa k pi difisil.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop: Pou nou kom peyizan nou ka pran detwa 4 jou nap keyi danre kakao, men le poun seche l nou gen problem pou nou seche l. Epou seche danre ou pa ka bay nenpot ki kalite kakao fok kakao a byen seche, e si non plis sil  pa byen seche se yon echek pou kooperativ la. Si nou te ka gen glasi poun seche kakao a sa tap plis proteje nou.

Patisipan pa identifye (G): Sel sa fanm paka fe gen de pye kakao sitou kakao nou rele kakao peyi a kriyolo a, pye a yo moute wo, fanm yo paka moute pye kakao a poul yal keyi kakao.Paske gen de kote kabos la sitiye nan branch menm si se gason  fol ta gen yon gol tre long pou keyi. Pafwa se monte yo blije monte pye kakao sa.Sa a fanm pa ka fel.

Men kisa gason paka fe?

Patisipan pa indentifye  (G): Gason ka fe tout bagay an tem de de travay mwen pa di an tem de tout de choz men nan kesyon jaden gason ka fe tout bagay.Paske kakao a gen fatig anpil, pou keyi kakao yonn, pou keyil ou kasel, si ou pa gen bet pou ou potel se ti moun pou al pran pou chayel potel lakay.

Le nap pale de vann nan zon nan Koman nou ka esplike prosesis vann nan.lem di esplike prosesis la ,depi soti ou menm ki al potel, kiyes kife sesi , kiyes kife  sela,kiyes ki achtel kiyes ki potel vann?

# 4.Nel Daphenis:  G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop : Le ke ou gen danre a pou seche se yonn, epi pou transpotel bay espotate  de manye ke swa pou sot isit al  Dam Mari, soti Dam Mari al Potoprens , Potoprens etan etranje. La wap vinn de savwa ki pri li vann, le sa fonn ta gen yon pri ki konvenab de manye ke poun konnen lel finn seche konsa ki sann ta dwe fe ak sann pa dwe fe. Sin vinn la kounye se koperativ kila, nou tout la se manb nou ye .Lel vinn la li vini en bonn e difom, se pounn  konnnen de ki fason nou ka transpote lel rive etranje kom m pa di petet pou ki pri li ka vann men efektivman men toujou gen yon pri ki favorab pou peyizan _chez ap fe bri_

#6.Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop : Kakao a wap pale de koman l vann kakao, kakao a vann plizye fason. Nou  gen sa ki rele le plante a gen kakao a, li rekolte sa depan de problem de fason kakao a prepare tou gen plizye achte kakao. Gen sa ki rele voltije,  isit yo plis pratike non zonbi. Voltije a li menm ki zonbi genyen spekilate epi genyen expotate .E gen moun gen koperativ ki achte kakao sa vle di gen plizye  fason li vann selon preparasyon l. le nou pale de voltije zonbi sa se moun ki avek sak li sou do l li ale kay plante a li achtel pa ti gode nan men plante a, le voltije sa li menm li, gen yon balansye ki rele espekilate swa nan kominn oswa nan mache lokal yo li menm li al bay li. Li bay balansye sa e balansye sa li menm li gen yon espotate ki sou tet li, li menm swa lale Dam Mari ki vinn prann nan menl oubyen Jeremi li al bay espotate fe denye res la. Lale potoprens avel  pou voyel vann a letranje. Kakao a pase plizye etap soti nan men prodikte a genyen ki soti nan menm prodikte a pase nan men voltije zonbi a tonbe nan espekilate rive nan men espotate, genyen plante prodikte a ki manb koperativ ki prepare nan nivo koperativ la mande ki bay li direkteman a koperativ la. Koperativ la bay  espotate. Se konsal pase plizye etap sa depan de de plante gen plante ki se manb koperativ li vann nan koperativ genyen ki pa manb koparativ ki vann direkteman swa ak yon espekilate swa ak voltije ki al pran lakay li .Se konsa vant kakao fet dan Lagrandans

Konbyen lot kalite moun Dam Mari oubyen gen moun ki prepare chokola, kafe etc?

#1.Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: An deyo de espekilate, espotate gen lot machann yo ki konn achte kakao pa balans ki pou transfome an chokola pou al vann Potoprens. Ki soti nan lot komin ki soti nan Abriko, Moron, ki soti Dammari ki vinn achte kakao nan Chanbelan epi yo achte pa balans nan men espekilate yo, yo transfomel an chokola pou yal vann Potoprens.

Yo pa achte nan men kiltivate?

#1.Michel Jean Daniel :G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Non se nan men espekilate , kiltivate a li menm kakao pal li pap prese vann li ak machann chokola pase machann chokola pa la chak jou se le jou de mache oubyen okou de la semen konsa yo konnen tel espekilate konn gen kakao, yo vini yo kontakte l yo trete afe avel .

Kisa nou trouve medam ki pi difisil pou nou nan zafe prodiksyon kakao a ?

_Mizik ap jwe_

#9. Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop:Sak difisil pou nou se tankou le nou gen kakao a gen trezaksyon  nou teka  fe avel ,nou paka fel sak fe sa le nou genyen menm si nou ta moulen kakao nou ta kap fe yon bagay avel epi nou vann. Gen kote li vann pi mwen che men ou pa ka fel pa gen bagay sa yo isit tankou ou ta moulen kakao ou fe chokola nenpot sa ou ta vle fe a ou pa kakap paske nou pa gen materyel pou sa.

#13.Cenatus Br.Precinord: F, 50 tan; 5em sekonde; 2 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop : Mwen menm  sam we ki difisil nan kakao le  lapli ou pa gen glasi kakao  yo nwa yo pa byen prepare donk se pou achte nat  pou oblije seche kakao a, e le lapli no  li baw problem.

Kakao yo nou plis plante yo oubyen e plis pouse yo pouse?

#9. Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Nou plante.

Komman prosesis la ye ? Koman prosesis plante kakao a ye? Le nou di prosesis la depi nan komansman  lide pou rive  jiskaske plante ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Nou fe pepinye dabo, ou prepare plantil la lel bon apati de 2 mwa, 3 mwa wal fe replikay nan jaden.

Pagen lot entevansyon sou sa, sou prosesis plante a ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : Sam ta renmen anko nan kakao a, malgre isit se yon peyi ki gen defwa kakao mal prepare, _ti moun ap kriye_ dapre sam we kakao a fe, gen de lot kote nou menm nou ta anvi pou kakao vinn bay yon revni. De tout sal fe a pou nou ta gen moun onivo koperativ la, aprann fe yo tou. Pou transfome kakao a an chokola, an tablet, an ronm e an kremas tout kalite. Se sa nou ta renmen dekwa pou ka we potinite kakao a. Men nou poko rive  jwen enstitisyon ki pou moutre nou onivo koperativ la. Pou n aprann tout  sa kakao a fe pou demen sidyeve  poul ka ede nou.

Pandan nap pale de sa ki difisil em eske lew fi fe tout travay ki nesese tankou netwayaj etc li difisil pou nou fini apre rekot avek yon benefis pou nou e ee eske nou konn jwenn plis lajan le nou vann pase sa nou depanse poun kiltive kakao a ?

#1.Michel Jean Daniel : G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Eee sa sa varye tou depan de plate a, nivo ekonomik plante a. Gen de plante ki gen yon ekta yon demi ekta kakao petet kakao sa se papal oubyen manman l ki te kitel an neritaj pou li. Men plante a depandammam de posibilite ekonimik li pa gen ase lajan poul netwayel regilyeman. Le yo di netwoyaj la li fe saklaj move zeb epi li kontwole..enmmmm..Li  fe sondaj retire parazit. Donk, se sak fe li diminye randman. Donk, le travay sa yo pa fet randman diminye apre rekot la moun nan toujou rete enmmmm nou toujou di  raze an nayiti.  Le moun nan ap pale li di aaa m raze ti bagay li jwenn pandan rekot la se avel li fe ti depans nan fanmi li, se avel li gen timoun lekol, se avel li peye lekol timoun, achte unifom etc. Donk, menm le apre rekot depandamman de kantite eee de ter jaden kakao a, espas volum rekot la pa sufi[6] pou li reponn ak depans ke li gen poul fe.

Pou netwaye yon karo konsa lap ka fel poukont li oubyen eske li bezwen achte kove­_repondan komanse pale _

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : Nou di esqwad kove e sa kout tres chere ici .Pou yon planteur  ta netwaye yon ekta de terre an kakao lap bezwen yon bon ti kob pousa paske demi jounen moun yo ki vinn travay se 200 goud. Se pou peyel apre sa fok ou bal manje. Donk, pafwa gen plante ki pa genyen ase kob. M diw poul peye yon eskwad de 10, 15 moun konsa kap vinil yon bon ti kob kach. Pafwa plante a kontante selman pou li rekolte kakao a san ke swen kakao a bezwen an paske se doleyans koperativ nou resevwa. Preske la majorite de plante nou yo se pa de gran femye yo ye .Pou di gen anpil kob kap rantre kob sa se ti plante yo ye, yo toujou mande koperativ la si yo te ka jwenn yon mwayen ak posibilite pou ede yo pou antretyen jaden kakao a.

Pou ekta sa konbyen jou lap bezwen kove sa a, eskwad sa a ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : Sa depan de sipefisi  lap netwaye a.

Si se yon karo ?

Repondan pa identifye (G):  Si se yon, yon karo de terre sa depan, ou konprann mwen, sa depan de kantite de personne ke li angage pa jou. Ou we li, sa depan de kantite personne. Si se yon karo de terre lap pran li tout une semaine poul netwaye avek des grand eskwad.

Plizye repondan komanse pale ansanm (G,F)_Gen eskwad ki gen 15, 10 moun se konsa yo vann jounen mendev jounen pou moun ka fe netwayaj.

Epi apre finn rekolte konbyen mamit obyen konbyen liv lap genyen nan karo karo sa?

Patisipan pa identifye (G): Sa varye m diw, Sa depan de antretyen jaden an .

Men si li peye kove a pou fe tout travay sa poul netwaye, konbyen kob li kapab genyen, jwenn ?

Patisipan pa identifye (G): Sa se yon lot plante ki konplete sa.

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop :  Si moun nan ka netwaye te a li ka reyisi yon fwa pa ane 4 ou 5 sak kakao depan de pri l vann li an li pap ka kouvri depans la , m pa konn pou yon lot ane, pou yon lot ane petet men li pap ka kouvri depans li depanse nan te a pou ane a pase nan kakao a gen 2 netwayaj ladann lel finn fe netwayaj ate a li sech avan ke wal fe netwayaj pou netwaye anle, fe rondaj an bwa pou kakao li vinn soti zzzzzse de lajan ou depanse men ou pa ka kite mouri ou oblire netwaye pase gen de moun ki konn gen  lot revni ladann  ou set olije netwaye men ou pap ka rantre   Menm si li ta fe 4 sak kakao jan lap vann li jan peyizan ap vann liisit la li  pap jan ka rantre lajan li depanse pou ane a

Yon patisipan ap pale nan telefon(G):  Wi , Alo…..Ok……Pa gen pwoblem

Jodi a koman koman nou we yon jounen travay pa nou kounya la koman nou ka konpare yon jounen travay pa nou nan kakao avek yon jounen travay gramoun ki te avan nou yo , ki defirans nou we ki ka genyen nan sa ?

#2.Leon Achille: G; 70 zan; Prime ; 7 timoun ; kiltivate; 30 ane nan kop: Jodia pafwa travay nap fe jodia granmoun lontan pat konn fel.  Selman gramoun lontan yo te konn al nan jaden yo rekolte jaden yo apre yap tann le rekol rebon anko. Men jounen jodia nou vinn fe plis Pratik e nou vinn konsidere kakao a kom yon rekolt pou nou paske avek kakao a se limenm ki banou anpil experyans anpil sekou li pote nou anpil sekou swa pou fe edikasyon oubyen pou reponn ak fanmi an nan foye a. Ebyen nou soti pran swen l konsa kom nou di le nou vinn travay gen kek alor   sa depan de prodikte a gen prodikte ki nan oganizasyon genyen tou ki pa nan oganizasyon di tou, sak pa nan oganizasyon an li gen dwa travay kakao a vay ke vay men saki nan oganizasyon an yo nan koperativ yo toujou cheche mwayen pou pran swen l nou fe ebondaj kom nou sot dil la, nou fe saklaj,  retirel pran swen li poul ka bannou bon rekolt. Alo m di jodia nou vinn gen plis swen paske nou vinn gen plis konprann.

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop: Eee dapre kesyon fre a di men de tan lontan nou pat bay move raje te konn we granpapa nou gen te gen jaden apre jaden an ti zeb levev lwen lwen ladann men kounye a gen yon pati de bann vye zeb ou met chase  la Jodi demen sidyevle li repouse anko ou pa konn kote yo soti (ti moun ap kriye fo) li fet nan danre a wap travay li lew gade ou yon paket vye lyann ou met sakle yo rete ate yo repran anko apre sa yo monte pye danre a ki vinn  fe kounye a nou pase plis mize ke granmoun lontan yo.

 Eske gen lot p roblem? Difikilte nou vinn genyen…? _Patisipan komanse pale avan kesyon fin poze_

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop : Anko gen yon zafe de zwazo zwazo a gaspiye anpil, gen afe de rat la menmmenm kakao a konn fek ap donnen, voye ti gous epil monte moulen yo lew gade ate ou we grenn yo blanch ate a, sa vle di yo poko rek yo pabon. Sepantye, gen yon bet yo rele sepantyen li pi mal ke yo, lel vinn pike yo yo rete yo vinn  nwe nan pye a yo paka gwosi anko.  E kounyea gen yon afe de foumi gwo fomi ki antre nan peyi lem diw sa li mize nou anpil anpil, ou met ou we pye kakao a la ou wel fe pichon kap donnen li fe nich li enteronp kakao a gwosi lem diw ou sa problem sa banou anpil problem.

 Se ki foumi kife sa ?

Repondan pa identifye (F): Foumi, yon pati gwo foumi se pa ti foumi lontan yo non gwo foumi, foumi anvayise (anpil pale) (plizye moun ap pale alfwa)

Kouman nou rele foumi sa ?

Plizye pastisipan (G,F)  (plizye moun reponn) Minista

Patisipan pa identifye (G) Ministe agrikiltu yo fe de entevasyon pou yo we kisa yo te ka fe.  Men non yo bali  se foumi anvayise

E nou men kouman nou rele foumi sa ?

Patisipan pa identifye (G): gwo foumi, yo pigwo pase founi ordine.

 Kisa?

Patisipan pa identifye (F) :Minista nou relel (anpil patisipan ap ri )

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : Minista li rele (anpil patisiapn ap ri) problem foumi sa genyen kife li mal pou mouri, antan ke yonn nan teknisyen pou foumi,  entevansyon ogann foumi an se anba te li rete  ki vle di medikaman yo pote ki pou ta konbat foumii an net  fe nou we nap  pedi anpil rekolt. epi lem konstate m we gen temido e optigad avek lwil desis  se sak ka detwi foumi an rapid, pase fomi kap mache an li menm kap anvahiw la se fwi lap vinn chache pou lal pote bay renn lan anba te, paske renn nan pa konn sot deyo. Li plis peple anba te avek anba pay kote ki gen fredi. la depi li pran yon plant plant nan pa gen sove kelkeswa plant li pran li atake, isit an nayiti nou menm se sel pwa nou we li poko atake zafe mayi sa prese sa detwa kakao a li preske detwi yanm nan anba te, li rete yanm nan apre sa  tout bagay.

Eske nou renmen eske nou renmen travay nou kom produkte kakao, eske nou renmen sa?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : wi

Poukisa nou renmen sa ?

#6. Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop : Paske kakao a se yon revni enpotan li ye pou nou li banou rekolt 2 fwa pa ane grande sezon petit sezon  e nou rekolte pafwa menm la sezon an fini ou toujou jwen ti gous pou ou fe chokola pou bay lakay ou pou ka itilize, ou toujou jwenn de twa gous ladann apresa donk se yon kilti nou renmen li.

 Men avek tout difikilte sa yo ?

#6. Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop : Wi, wi.

#1.Michel Jean Daniel :G ; 56 zan ; 4em seconde ; 4 timoun ;  kiltivate e taye ; 30 ane nan kop: Lot rezon kife nou remen kakao anko se yon plant ki viv lontan li ka viv 70zan 80 ane. Li toujou egziste menm le siklonn pase, tanpet jete pye kakao ate li repouse lot tij li repouse kakao, lot avantaj kakao a banou anko eee nenpot te ou genyen ou plante kakao li vinn ran te a fertil avek fey sech kakao ki tonbe. Pou kakao ou kase yo gen seten plante ki itilize an tem de fimye pou fe konpos pou yo plante yanm menmle yap plante lot prodwi pou kakao a gen de zensek anba te a yon ensek ki rele maroka gen de  experyans ki devlope le o pran pay kakao, po kakao  ou fouye bit pou plante yanm ou metel andedan bit la apre sa ou remonte bit, ensek sa li pa pike yanm sa paske li pap rete nan fimye a  fey kakao a rann ou anpil sevis an depi de fyev la ki bay  lajan men fey pokabos la li rann ou sevis an tem de fimye pou  kopos pou anrichi te a pou angrese late

#6. Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop : M ka ajoute yon lot bagay anko, avek kakao a li pemet ke ou pa koupel pou fe chabon li proteje anvironman avek kouveti  vejetal la paske arb sa yo pa koupel pou fe chabon. Sa pemet kote ki gen kakao  toujou gen  pyebwa.

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Eeee ou pa ka pa renmen l kelke swa jan nou jwenn li an paske nou kwe se sel prodwi nou gen avek kafe nan kilti nap fe ki  transpote a letranje

Kisa timoun yo fe nan aktivite kakao a?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Sa ti moun yo fe, sa timoun yo fe  nan kakao a ,se tankou sak gen nanm le ou pral nan kakao ou Mennen  ou menen timoun nan avew , le ou rive wap grenen kakao yo menm menm yap ranmase, yo sanble kakao a , le fini nou transpote l lakay , ou menm le w vini menm kakao kakao se kounye a kakao vinn gen paket enpotans, men le pa gen enpotans sa li vinn genyen kounye a sil te gen enpotans saa    gen anpil       manman pitit lesi konsa ki te byen lwen anpil, timoun tap byen rive tou. Paske li pat gen enpotans mwen men mwen sonje lem timoun mal nan kakao, yo keyi kakao a, yo kasel, yo metel vaykevay paske li pat gen pri, li pat gen pri ou ap vann kakao senkant kob, swasant kob swasant sentim le sa pat gen tout bagay sa yo yo vinn yo gade kakao yo pa pranl pou anyen men kounyea la kakao a vinn soti gen yon pyes enpotans ladann anpil moun paka konprannm men granmoun lontan ki mouri yo pa jwenn enpotans sa yo. paske le timoun nan sanble kakao a li vini li sanble potel lakay li, li sechel men kakao a gen anpil enpotans .ou ka pote yon kakao kounye a la ou kasel demen maten ou ouvel, le ouvel nan soley dimanche apre midi lendi ou vann li. Ou pa pase mize pou o ta pase ladann nan ou pa pase l. se yon manje tou kwit li ye depi ou vann li ou pote ou vann li. Lontan si yo te konn pran kakao ak enpotans anpil moun se pa konsa nou taye. Paske m sonje m te fe.

#13.Cenatus Br.Precinord: F, 50 tan; 5em sekonde; 2 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop : Ebyen sam vinn we nan kakao a li pat gen enpotans se vre men nou te konn degaje nou avel men kounye a glasi a vinn devlope eeee kakao gen anpil sevis li ka rann li fe bwason li fe bonbon li fe tout … kwak nou menm nou pa sou nivo kote poun travay avek kakao a men kakao gen yon paket pyes enpotan.

#2.Leon Achille : G; 70 zan; Prime ; 7 timoun ; kiltivate; 30 ane nan kop: Kom nou tap pale de sevis timoun yo rann, ti moun yo rann dot sevis toujou paske pafwa le paran yo soti yo menm kakao ret nan soley se timoun yo ki rantre kakao e gen paran tou ki lwen ala kanpay ki pa gen bet ti moun yo rann sevis pote ede paran yo pote vinn vann o mache, sa se sevis timoun yo ka rann.

 Eske ti moun yo konn al vann kakao tou?

#2.Leon Achille : G; 70 zan; Prime ; 7 timoun ; kiltivate; 30 ane nan kop:Yo ede paran yo pote pafwa tou yo bay ed

#12.Fouland Rene:  G; 45 kan;  8em sekonde; 10 timoun; kiltivate; 1 ane nan kop:      Pafwa, gen de pafwa wale ak timoun nan tou e sa ki pike yo, ki pabon, ki kase ou gen dwa bay timoun nan timoun yo jwenn yo fe ti kob yo touou, konprann sa vle di. Se toutmem timoun nan bay anpil sevis nan kakao  se sak fe nan kakao ou pa ka pa bezwen timoun nan pase ti moun nan bay anpil sevis ou konpran gen de pafwa ou pa la se timoun nan ki fel , ou  voye li wap keyi, lap ramase, lap sanble lap timoun nan gen yon paket travay li fe ladann.

#6. Archange Jean Louis: G ; 53 zan ; 5em seconde; 9 timoun ; Agent Agricole ; 30 ane nan kop :  Le yap pale de sevis timoun nan kakao yo ka pran ti moun an general sa depan gen nivo laj gen de timoun al nan laj  laj li ye pa gen sevis li ka rann na zafe kakao, li plis kosene granmoun gen de timoun ki lekol  le timoun nan lekol ou rekolte kakao a ou vann kakao a  pou ou peye lekol pou timoun nan pou lal lekol pou ou bal pen de ledikasyon a poul manje pou bagay , gen de travay ti moun pa oblije fe nan kakao paske timoun gen wol pal e sesi  di gen des peyi ki pa dako komsi gen ti moun sou konnen ki laj li ye wap etevni  Nan rekolt kakao, nan prodiksyon kakao  mennen li travay nan kakao li pap menm aksekte kakao sa. Paske gen de timoun gen travay wal fel fe se ta system esklavaj li ta ye sa depan de laj le se de timoun ki ta rive nan laj ke yo ka ede ni nan rekolt ni nan ou menm ou la pou rekolte pou fe lajan avel pou bal pen de ledikasyon. le nap pale de timoun kelkeswa timoun ki rete kay moun gen ti moun piti fok nou pa de aktivite nan kakao depan de laj ti moun ou pa oblije entevni li ladann. Yon ti presizyon m ta renmen pote, le nap pale de timoun, timoun, ti moun paske chak moun gen wol pal nan yon fanmi paske gen madanm, gen mari, gen  de travay ki pa travay madanm nan genyen se travay mari a menmjan tou gen de bagay ou  pa  entevni timoun nan ladann.Petet gen de moun ki itilize ti moun menm si se rete li rete ansanm avel le yal nan chan kakao, le rive chaj pou granmoun nan ta pote se timoun nan ki pote plis ke sal li bay timoun nan. sitou nan prodiksyon kakao, nan rekolt kakao, komesyalisasyon kakao gen de bagay ki pa menm si tande timoun timoun gen de presisyon, gen nivo laj moun nan gen andedan lakay gen de travay ti moun nan pa oblje fe. Sa plis repose ak granmoun, se travay granmoun timoun sipoze plis ale lekol. Pou rekolte kakao ou voye ‘l Iale lekol .

  • Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop : Se malere nou ye, nap pale de 1 nekta de terre,1 nekta de te est egal a yon karo  ou di mwen ke petet poun ta envizaje  pounn sipote malere, li pa tap pi bon ? Ebyen gen malere ki pa ka genyen paka bagay men si ta gen yon ti opotinite pou ta bayo (plizye moun ap pale) pou fe ebondaj nan te a  li tap bi bon olye ou rete ak de men vid, li pa tap pibon ? Ou pa ka fe anyen. Men le ou gen yon ti opotunite, yon  rantre soti li tap pi bon. Men gen de moun ki pa panse wap travay  men si ou pa gen manchet ak kisa wap travay eseye konprann mwen, se ak manchet pou travay se ak pens pou travay men ak de men vid li pa bon non, eseye konprann sa m di a.

 E nou tap pale de travay yon bagay m poko vinn kle pou mwen e le wap pale de travay  apre rekolt la . Konbyen jou ou kitel seche avan nou potel al vann nan men espekilate a ?

Patisipan pa identifye(G) : li  ka fe 8 jou poul byen sech, lika fe 8 jou, men si ou gragou li ka fe yon sel jou ou vann li. Men depi ke ou pa gragou sou li  Li ka fe  8 jou poul byen seche gen sech gen tel gen kel  sa depan de jan.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop :yon lot repondan di : sa depan de tenperati ya tou paske ou konnen kounye a se nan moman lapli, le moman lapi konsa kounya danre an pa ka seche. E ee sitou nan moman sa la depi semenn nan la se nan move tan nou ye, menm si ou gen danre a li lakay se move koule lap pran.  Ou pa ka jwenn soley pou li seche de fason inikman si ou keyi yon kakao fok se le moman soley  ou tann pou ou kase kakao, si se le moman lapli lap gate ou blije tann le moman  ki gen soley ou kasel, ou kwivel sa vle di ke ou metel ate li koule apre sa, ou ouvril  ou fel pran soley, Apre yon semenn ou ka vann.

 Eske spekilate a li bawou menm pri a si ou potel yon jou apre ou finn keyi oswa yon semenn apre le l finn byen sech ?

  • Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop : sa se deka diferan de ka diferan sim pote sim pote gade sa se yon fey kaye li byen prop avek yonn ki sal li pa menm pri sil prop plis plis plis mwens mwens mwens (entevenan koupe repondan an )

Tankou jodia si wal vann yon cafe,  yon kafe ki byen sech ki gentan pase 8 jou nan soley konbyen lap peyew ?

  • Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop :sa se de ka diferan, pase si gen yon pri ki ka konvenab de manye pou ou  men genyen tou, sil pote tou rouj konsa li gen pri pal.

Men konbyen lap peye siw wal vann jodia nan men espekilate?

  • Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop : Isit nan grandans, sa vle di ni kakao a ni kafe a, ou pa jan konn pril, pri yo bawou a ou aksepte ou oblije pranl. Gen kafe a kounyea lap vann, balansyea ap pran li nan men moun nan ak 12, 11, 12 dola kelke swa li vet kelkeswa li sech se ak 12 dola, men li men pri pal ou pa janm ka konnen l. kafe a.

Kakao, ki pri jodia sil byen sech?

  • Nel Daphenis: G; 68 tan; Prime; 6 timoun; kiltivate; 15 ane nan kop : Kakao a sil byen sech pri yo pranl demi sech la se konsa yo pranl wi, yo brase ansanm. Mezi jan yap achte nan koperativ la fol sek, fol byen prepare.

Kounyea nap pase eeee sou kek kesyon sou koperativ la , m pa vremen konnen kouman li fonksyone, eske nou ka explikem e kisal fe, kisal fe pou nou ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Kisa koperativ la ye, se nou ki met tet nou ansanm, gen menm ide, menm objektif poun travay pou  ameliore lavi nou. Koperativ la lel  achte  danre  se swa li achte nan men yon patne ki finase, epi lap achte danre lap revann avel epi a la fen  nap revann avel. Ala fen de lane siw te vann yon liv kakawo 5 dola oubyen ou te vann 100 liv a 5 dola li menm  lel  vinn peye ou ale, le ou finn kalkile katite kantite kob li te met deyo a li gen fon de rezev, fon de prevalans poul retire apre sa res ki rete a pou li peye. Apre sa res ki rete a li pral divize pa nonb de personn ki te vann nan poul bay yon ti ristoun kom prim dankourajman. Depi detan la yon de a twa lane,  li pa bay ristoun  li kouri  di pa jwenn patne li pou achte, se konsa. Paske le ou vann ak espekilate a li baw lajan wale net ou fini  men le ou vann nan koperativ la depi gen randman, a la fen dane chak mwa desanm yo toujou  baw yon ti ristoun.

Mwa Desanm

Eske tout manb yo resevwa menm ristoun nan ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Non selon kantite sa ou vann nan. Sim vann 20 liv  ma resevwa ristoun 20 liv, si ou vann 10 liv wap resevwa ristoun 10 liv.

Le ou vann ou pa konnen konbyen wap resevwa kom ristoun ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Non ou poko ka konnen  paske andedan koparativ la m diw le kantite benefis ou fe ou gen pou retire fon koperativ la,   apre sa ou gen pou retire kob pou peye moun jeran ki tap achte a, ou gen yon fre  yon fon de prevalans pou retirte ladann,ou gen yon fon de resev sa vle di si moun nan gen yon wout lap fe,  si gen yon aksidan sil gen kek bagay poul achte andedan koperativ la se adedan benefis la poul soti. E le ou vinn retire tout fre sa yo a an pou yal gade tout kantite benefis ki te rete pou yap evalye le divize pa nonb de pesonn.

E se ki moun ki  fi fe divisyon sa ki separe ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Divisyon sa se jeran ki fel jeran koperativ la

Eske gen transparans nan prosesis sa, setadi ke eske tout moun konnen sa kap pase tout moun konnen konbyen koperativ la depanse etc?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Wi a la fen gen yon fich dacha, yon kaye dacha le yap achte chak moun gen yon fich nan men yo, yo konn ki kantite l vann kounyea a la fen  le rekolt la fini yo fe reyinyon yo explike yo men konbyen ki te deyo, men konbyen yo vann, men konbyen li vini kijan yap fe tout moun konnen , se pa de sel moun ki fel direkteman , yo met tout moun okouran men konbyen ki te fet.

Ki lot kalite sevis koperativ la konn bay ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop:koperativ la ran anpil sevis, koze koperativ la se sak fe nou plannte anpil gref de  mango fransik isit yo fe anpil regenerasyon, gen proje Meda kite vini t fe nou fe pepinye plis a chak fwa vini li feyon ti  pepinye yo toujou banou pepinye epi nou ogmante volim sak te genyen an. Se le yo vinn ale kounye a nou oblije rete la. M jiskaprezan nou ta anvi kontinye men akoz koperativ li kite cheche pou nou kom yo debouche.  .

Eske gen lot bagy anko ke koparativ la fe anko pou ede noun nan prodiksyon?  

#5.Florestal Hem: G; 28 tan;  Rheto, pa gen timoun, elvaj, 1 ane nan kop: Avek koperativ la li ran nou,li aprann nou fe ebondaj, li aprann nou fe semans poun konnen kouman poun jere kakao a, kouman keyi kakao a nan pye paske gen moun ki keyi kakao  lel keyi kakao a mal, pye kakao sa ran pye  kakao  dekale. Avek koperativ nou jwenn de oganizasyon ki vinn aprann nou kouman poun keyi kakao, kouman pou nou ka pap koupe yon branch kakao, kouman pounn trete yon pye bwa ki andedan kakao nou. Ki kantite soley kakawo a dwe jwenn, avek ki kantite freche li sipoze jwenn. Avek koperativ la li banou plizye experyans, anpil konesans pou nou avanse avek kilti kakao.

Le ou plante a kisa ou fe pou ou plante yon nouvo pye kakao ?

#5.Florestal Hem: G; 28 tan;  Rheto, pa gen timoun, elvaj, 1 ane nan kop: Bon ou genyen te fimye pou prepare, ou gen te ou gen sab, apre ou gen sache pou mete nan sache. Kakao sa ou gen pou prepare  gous kakao sa, ou sipoze achte nan yon kakao ki pa donnen wo, ki pa donnen nan ti branch men ki donnen kote ki ba. Kakao sa, kabos sa  se pa kabos  ki pike, se pa kabos ki vet, se kabos ki byen mi. Kakao sa pou preparel, ou kase  ou lave li epi ou mete li nan yon twal byen prepare  avan wal mete li nan sache a.

 Le ou plante li ou plante li nenpot ki kote?

#5.Florestal Hem: G; 28 tan;  Rheto, pa gen timoun, elvaj, 1 ane nan kop: Non non .ou gen yon sache pou ou mete poul pouse ladann. Li prepare ladann, lel finn pouse li gen yon nonb de tan pou bali pou wouze l. Ou wouze kakao a, ou  wouze ou verifye eske  li pa gen cheni, eske li pa pran salte, eske pa gen lot ki vole sou li. Apre tout bagay sa yo kakawo a finn prepare, li vinn an maje pou plante l. Ou plante, kote ou plante se pa kote ki gen bet  ki pral mare,  ou mare, kote kochon mare kote lot bet. Non. Ou sekle yon kote ou plante kakao sa, ou  rann kakao sa a leve epi li baw danrezon.

Mwen sot we yon jaden maten a yon ti pye kakao kote moun nan te plante li lane pase li jis akote yon ti pye banann, eske, poukisa li metel li la?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : Pouki sa kife yo plante kakao a ak pye banann nan, kom m ta ka di yon te nu pat gen bwa le nan moman sechres ou oblije plante kakao ak yon ti pye ab kom pou bare lonbray pou li jiskaske  li pran fom ni nan te a .Pye bannan yo le  fey yo vet  yo bay  kakao a yon ti lonb kom yon freche .Abri provizwa

Bon nou sot pale sou tout  benefis, tout sevis koperativ la banou, eske nenpot moun ka rantre  vinn manb nan koperativ la ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Dapre lalwa koperativ nenpot moun pa ka vinn manb koperativ, si ou gen trou nan manch ou pa ka manb koperativ , si ou pa serye ou pa ka manb  koperativ,  paske koperativ la mande w  si ou pa ka pedi tan ou pa ka manb koperativ. Koperativ la mande kounye a ou gendwa ap soti la  yo diw gen yon problem,  fo w ka rezigne pedi saw tap fe a  e si ou gen tou nan manch tou koperativ la paka konfye  ou pap ka nan koperativ.

Eske gen lot krite oswa lot kondisyon, eske gen yon kob nou bezwen peye etc   kisa nou fe pou nou vinn manb ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Le pou ou vinn manb yo fe fomasyon pou ou, ou rantre ou enskri, ou gen yon dwa antre pou ou peye, yon dwa sosyal. Tout moun tout moun egal ego, le sa ou vinn manb, yo fe fomasyon pou ou kounye a yo bawou regleman entenn, yon estati,e depan de lwa regleman entenn yo ki pou fe estatit, epi depi ou dako apati de regleman entenn ki nan assosiyasyon an, bon ou aksepte bon wap vinn manb. Pou ou manb koperativ fok gen menm objektif, menm dwa, menm devwa.

 Se ki moun ki deside si moun ki vle enskri kapab fel ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Dapre lalwa koperativ li diw  ka rantre le ou vle soti le ou vle, sa depann de ou menm

Men se komite ki deside si yon moun gen dwa vinn manb ou eske nou tout vote, kouman nou fel ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Non ki vle di depi moun nan deside li gen dwa vinn enskri nan yon asenble general. Le yo di yo poze l kesyon li dako le moun nan vinn nan asenble general poul aksekte kom manb, gen yon vwazinaj ou byen yon konpatriyot ki ta konnen ou gen yon defo yap denonse si yo ta di yo pap pranl.

#13.Cenatus Br.Precinord: F, 50 tan; 5em sekonde; 2 timoun; kiltivate ; 30 ane nan kop : Ebyen nan koperativ depi okomansman yo fe yon estati pou sa, e tou  saw konnen ki genyen an yo ekri l yo liw bawou si ou dako wap manb siw padako ou diw pa ka rantre nan koperativ

Fok ou aksepte tout regleman ki genyen ?

M we la pifo nan moun ki la yo se mesye yo ye, men eske gen anpil fanm nan koperativ la tou ?

Plizye patisipan (G,F) : Wi, genyen anpil.

Patisipan pa identifye(F): Wi, gen anpil men…_bri ap fet patisipan pale ba_

 Pouki sa jenn fanm pa vinn andan?

#9. Asord Sulface St. Louis:F ;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop : Gen anpil moun se manje tou kwit yo bezwen  .yo pa bezwen pou yo redi pou yo kwit pa yo Se manje tou kwit yo bezwen depi yo ta tande koperativ la genyen hummmm genyen yon lajan la a tout moun ak kouri antre, men yo ta konnen lajan fol ta separel endividuel bay tout moun san yo pa redi,  san yo pa fe anyen, le yo vin gade yo we ke li pa ka separe bayo konsa epi tout moun vag. Men sak  pou ta kenbe yo fin mouri.

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan; 7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Gen yon pwoblem ki gen anndan koperativ la  ki fe anpil jenn pa enterese depi jenn nan al lekol epi podyab  paranl  malerez  li oblije kite kominn nan lal potoprens. Lal deye lavi miyo. Tandiske sil te gen yon aktivite koperativ la te mache li te opye de mi koudi moun yo li tap jwen yonti bagay yon  sale nan koperativ la yon bagay poul fe li tap oblije rete nan peui  li tap oblije manb paske koperativ la tout dekourajman ki gen ladann se koz de pri danre a.Si  danre a te gen pri koperativ pa en le yo vinn la  yo pa tap jwenn potinite poukisa paske gen yon baray ant espekilate a , le koperativ la jwen yon ti monen nan men yon patne  lap achte la li gendwa peye pri kakawo a 50 goud epi li tig kakawo a net seche fel fe 8 jou soley  tandis ke le ou sot deyo  a ou rele espekilate a lap pranl nan men votije a 50 apre nepot 2 soley 3 soley la si te gen yon pri ogmante pa bo isit , lel we li vann menm pri avek vet  la li oblije pran li deyo , se koz sa ki mayen met  kopeativ la an bes nou ta vle pou sa chanje fok t agen yon pri direk nap vann ki pou ankouraje manb koperativ ak peyizan yo , la wap jwenn anpil jenn patisipe , gen jenn ki la ki ta ka ouve yon koperativ la parann mouri  men koz li we pa gen aktivite dekwa ki pou bal yon profi li oblije kite

Eske li pi fasil pou yonn gason kap travay kom kiltivate poul vinn manb pase yon jenn fi paske jenn fi yo …. ?_repondan komanse repon_

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan; 7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Wi, genyen jenn fi yo ki enterese tou. Wi, onivo  nan Dammari, onivo de mandam Patrick,  Abriko  jenn fi Abriko  pa rete san fe anyen ate la Dammari preske pa rete anyen  fe  akoz transfomasyon kakawo a , se yon bagay ki potem anpil, mwen gen 1 nan depi m sot Dammari m di m ta renmen koperativ la  opye pou anpil fi a yo  jennn yo al aprann transfome kakao a tou paske gen de fwa paran w pa gen pou bawou  wa achte yon de liv  kakao wa transfomel wa fe yon ti kob .

Eske gason ak fanm resevwa menm benefis yo gen menm dwa nan koperativ la?

#12.Fouland Rene: G; 45 kan; 8em sekonde;10 timoun; kiltivate;1 nan kop: WI, wi tout manb egal ego, sa depan de kantite danre ki pou bay  tout tan.Ou bay plis ou gen plis prim pou resevwa sa vle di si ou bay mwens, kob ou vinn  pipiti ou konprann se konsa e sil te gen plis lajan li tap jwen plis moun rantre ladann pase devan moun yo pa ta ka bare nou, espekilate a pa ta ka bare se paske nou manke ti kob men si te gen ogmantasyon tout moun tap rantre ladann nan koperativ la vinn bay kakao .

#9. Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Espekilate a lew vann ou vann. Men nan koperativ la ou vinn vann ou touché lajan, nan koperativ le ou vann ou jwenn yon ristoun. _Bri machinn_ Espekilate a pa gen lajan li pa bay moun ristoun men siw vle wap peze avel. Si tankou la,ou peze danre a wap byen preparel danre a nan koperativ la pou li vann. Men nan  espekilate a moun nan prepare li bal 2 soley yo pranl menm jan se tankou se komsi se nan polemik yo ye ak koperativ la. Jan koperativ la bay li a le wap vinn vann nan koperativ la, pa yo a se 2 soley, se 4 ,5 solye pou bal. Nou we trop defisi.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop: Bagay yo diferan sak fe nou we bagay yo diferan, kakao le yo kase kakao a ou seche l espekilate a ou bay on nenpot fason, ou bay li _ri_ak tout fatra depi li sech depi ou bayol yo pranl. Men nan koperativ fok ou byen prepare, li fok li byen seche ou pa ka bay ken nenpot ki jan. Voltije sa yo eeeee yo tankou espekilate yo toujou an majorite yo toujou jwenn eeeee kakao. Pase gen de pafwa yo peze kakao a pri koperativ la peze a yo blije peze menm pri a tou. Yon soley, 2 soley, 3 soley ou oblije ba yo.

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Le fini eee m sonje an 92, 90, 92 kantite sal sa ou we a la, pat gen kote pou yo mete. Se, se rele yo konn rele nou vinn pran  kakao si telman te gen randman. Men kounye la le ou byen gade menm 10 sak pa ane nou pa ka fe koz de jan pri a varye a. Se tandis ke sinn te, antan ke koperativ sinn te gen yon pri fiks, ki gen yon ode nou tap vann, espekilate a  se li menm ki tap cheche vinn vann ave nou  pou ogmante volim.

Ane pase koperativ la te achte kako, pavre ?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop:Wi.

Kounye a nou gen ti problem avek reparasyon ki bezwen fet, men ane pase ki ristoun nou te jwenn pou kakao a?

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop : Bon, se mwen menm ki tal achte kakao a pat gen ristoun. Ti bagay yo te fe a  plizye fomasyon la, sak vinn vann depanse.Mwen te vin achte, yon epok kakao fe 3 mwa la, kakao vinn rete la li fe 2 mwa ate la, pou bagay li. Sa pou li ta fe a li pa fel, ote de ristoun men peye antanke manb mwen oblije asepte pa jwen kob paske mwen pa we fason poum te jwen. We men trezoye  a la, mwen oblije pa mande kob. Kakao a a te a li tounen pistach e tandis ke si te gen yon patne ki sinyen kontra aven, kakao ate lap vin pranl. Se pwoblem sa.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop: Nou gen yon problem toujou, nou gen yon problem toujou paske nou we an se moman kakao a te konn donnen plis. Men pou rive jounen jodia kakao ap vinn diminye kom gen yon epidemi yon afe jwazo depi we kakao kale kakao komanse gwosi bet ladann ap pike l rat ap manje l. Bon, kounya la le kakao vinn rive nan le pou li bay rekolt, rekolt la vinn mwens. Men nou pa konnen kisa pounn fe, nou te ka fe  pou epidemi sa, bet sa.Mwen we se pi gran pwoblem nap konfrontre nan annn danre yo.

Donk, mwen vle poze yon lot kesyon, kisa nou ta vle genyen nan proje kap vini an pou satisfe nou, pou ede nou yo nan travay nou fe a?

#5.Florestal Hem: G; 28 tan;  Rheto, pa gen timoun, elvaj, 1 ane nan kop: M ta renmen debondaj, debondaj fet nan kakao yo _silans_ ke vle di branch kipa bon koupe yo. Nou ta renmen yon nouvel generasyon, regenerasyon. Gen ase ki  donnen wo, pounn ta retire pye sa yo poun met nouvel. _silans_ E kakao a, nou telman fertil kakao a trop wo. Ebyen nou ta renemen jwen poun ta gen mwayen tout manb konperativ ak tout peyizan tou, se pa selman moun ki pa manb.Paske moun sa yo, le ke nou pa ankadre yo gen moun ki ap devni manb pou baw plis randman. Men kakao, ou we gen anpil moun ka mande semans pou plante. Pou nou ta jwen plant, regenerasyon. Koperativ la pa gen mwayen pou fel. Men nou ta mande poun ta jwen ed, poun ta fe tout bagay sa yo. Le sa poun ka gen yon nouvel vi. Enou pral gen yon nouvel konperativ paske nou pral gen plis randman nan kakao. (Bri chez) Ok.

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: Pou sa misye di a, sann ta renmen, nou ta renmen apre regenerasyon an gen kek kote pye kakao kapab itil. Li te ka fin fe doleran toujou, swa an gref. Ou ta retire vye branch yo, pase gref ladanl pou li bay ou jenn tij, epi nou ta renmen fomasyon _peze fomasyon_ eeee elve plante a yo manye fet. Fe edikasyon fizik yo, paske gen kek plante ki eeee anfotany[7]. Paske mwen kwe kakao se yon danre ki mande anpil soley, ki mande a 80% soley. Men peyizan regret konpe bwa yo pa plante, ke vle bese volum kakao a. Mwen kwe nan menm travay model sa si fomasyon peyizan plante a ta fet tap konn a ki distans pou kite pye bwa nan danre a pou we si yo ta jwen_ sa vle di outan ke byen a jwen plis lonbraj _pale pi fo_ etan ke kakao ap diminye.

Nan tout sa  koperativ la fe eske tout manb yo toujou satisfe, ke yap resevra tout enfomasyon ki transparans pou yo konnen tout sa kap pase ?

Plizye moun repon : Wi, wi

Koman nou resevwa enfomasyon?

#10.Charles Maissance: G; 60 tan; Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop : Ebyen se le nou fe reyinyon depi ou fe reyinyon nou tout manb rasenble yon kote le fini yo fe fomasyon pou yo pale nou ki jan pou jwen plis kakao, ki jan pou nou seche kakao, kijan pou nou prepare avan ou vinn bay nan koperativ la. Alo, se la fason nou fe enfomasyon yo.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop:Pou mwen men menm si ta vin gen yon zafe rebwasman li ta mye paske gen anpil prodikte kap konfronte anpil problem. Paske gen danre yo ki yon fason epi ki mouri. Nou te ka mande pou ranplase kek pye, pou ranplase sak sak pedi yo. Ki petet si yon moun ta vin antre, alo, ki tap fe rebrazman, ki te pemet pepinye poun poun te ka kontinye. Li ta mye.

Gen lot moun ?

#12.Fouland Rene: G; 45 kan; 8em sekonde; 10 timoun; kiltivate; 1 ane nan kop: Pou nou te ka vin plante, poun gen plis pye poun plante men jan tout_pale tro ba pa ka tande_pou ta baw nou plis ankourajman, kounya nou ta vin gen yon kantite, sin te gen mwens kounya nou tap vin gen plis. E nou ta renmen jwen lot pye poun ranplase poun plante la, pou gen plis kakao toujou pou ka bay pi bon travay pi bon randman .

Eske koperativ la gen pepinye?

Patisipan pa identifye (G) : Wi li konn fe, men….._ti pale tou ba_

Nou sot pale de sa ki pa bon, tout difikilte nou genyen nan kiltivasyon kakao, kisa nou ta swete pou tiomoun nou yo ? Eske ou ta renmen tou yo antre nan zafe kiltive kakao obyen eske nou gen lot rev pou yo ?

#11.Castilan Estavil: G; 35 kan; 7em sekonde; 4 tiomoun; kiltivate;1 ane nan kop: Gen anpil eeeee timoun yo ki genyen ki ka travay tou nan jaden. Mwen ta renmen pou koperativ la ban nou eritaj pou nou kite. Gen kek timoun nan kal lekol pou ka aprenn byen, genyen pa ka aprann. Sam ta renmen pou kite yon rev pou timoun nan. Memn gen tap travay la timoun nan ka di sa bay papam, mwen gen anpil avantaj Mwen renmen fe sa papa ta fe a. Epi, nan sans nap travay nan koperativ la poun genyen yon bon mach poun ka kite pou sak deyo pou ka ankouraje yo._ bri ap fet_

Gen yon lot moun?

#13.Cenatus Br.Precinord: F, 50 tan;  5em sekonde; 2 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Mwen menm _telefon ap sone_ mwen gen yon pit gason m kon fel vin nan reyinyon la poul tande poul aprann, poul konnen demen sidye vle sim ta mouri poul kenbe plas li nan koperativ la. Sa se desizyon pam.

Pouki rezon?

#13.Cenatus Br.Precinord: F, 50 tan;  5em sekonde; 2 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Pouki rezon? Paske mwen we li se yon avantaj pou mwen. Pwiske lo lo fin vann ou touche lajan w, le ou pa atann fet pral tonbe ou bezwen ti sik ou bezwen ti lwil, ou bezwen ti vyann ou bezwen ti diri ou jwen yon ti monnen ou achtel. Pa gen moun ka  bay ou. Poutet sa map ignyorel[8].

Eske  gen diferans ant fi panou avek gason, sa nou vle pou yo. Kisa nou ta swete yo fe nan lavni ?

#13.Cenatus Br.Precinord: F, 50 tan;  5em sekonde; 2 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Pou nou ? Ebyen nou ta kontan pou nou ta jwen moun vin fe reyinyon avek nou.Fe etid avek nou. Montre nou eee pou yo fome nou.  Ban nou enfomasyon.

Pou pitit nou ye eske gen diferans ant sa nou vle fi avek sa nou vle pou gason ?

#9. Asord Sulface St. Louis: F;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Kounye a pa gen ni fi ni gason tout bagay tout sa gason ka fe fi ka fel tou kounye a nou we fi kap fe trase kap monte kay tout bagay tout sa gason  fi a ka fel. Paske fi engenye kap trase kay, genyen ki tout bagay. Tou sa gason fe kounye fi fel.Se te lontan ki te gen fi ak gason men kounye fi prezidan, fi minis, fi senate, fi depite tout bagay. Alo, mwen we pa gen diferans fi ak gason.

Eske gen diferans ant fi andeyo ak fi nan bouk ?

#9.Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop:Non, ebyen depi depi fi a konprann depil gen edikasyon mwen pa we, pa gen diferans.

Se gen edikasyon ak pa gen edikasyon ki diferans?

#9.Asord Sulface St. Louis: F; 72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: Wi se sa.

Eske pa gen lot bagay nou ta renmen di ke pa pale nou sou yo, kek bagay ki enpotan ke nou te renmen ajoute?

#9.Asord Sulface St. Louis: F;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop:Bon sam we ki ta pou ajoute, se tankou koperativ la te yon jan bwete. Men kounye a men sak fel te vinn bwate se paske nou men ki te manb ladan nan te yon ti jan, men men vu ke kounye a si nou ta ta jwenn yon moun vinn ede nou, ki ta ban nou ed ki ta pou ride nou. Kounya nou pa ta gen problem fi ak gason anko. Pase si tankou la koperativ nan ta vinn la lap we nou gen anpil jenn fi ki aprann metye ki chita la, yo paka al fe lot kote. Men si ta gen yon bagay nan koperativ yo te ka vini yo te ka viv. Gen anpil moun ki mouri yo mal mouri pase se nan al cheche lavi. Men si nou gen yon bagay kap banou lavi nan katye a m pa ta kwe yo ta kite pou yal lot kote. Se san ta bezwen pase gen de bagay nou pa konnnen,  yo vinn la yap montre noul. Mwen kwe gen tigason ki di Madan Patrick, moun Abriko pa konn anyen ditou. Kounyea yo menm yo finn filozof menm si yo pa konn li, yo filozof nan sa yo konnen pase moun nan ka rive la li diw fe rad sa pou li, fe ki ja rive la li diw fe grenn dra sa la pou li ou konn brode ou brode,ou fe tout bagay ou fe yon patisry, moun nan pral marye ou kap prepare yon bagay pou li depi  sou la se kelke choz toujou .Se sa nou we ki ta pi bagay pase nan koperativ la bagay sa yo nou ta pi konprann. Gen moun ki rive nan chemen ki rete men li ta vini si gen yon lot ki vinn moutrel kounyea li ta garanti li ta avanse. Moun pa konn tro granmoun pou konnen,li ta avanse. Koperativ la se limenm, se nou menm ki te bagay tet nou konplete nou bahay nou  komanse ale tre bye men le fini  kounya m vinn we li gate. Si pou ta jwenn yon lot oganizasyon ki ta vin enbrase nou se pou nou byen kontan men sa nou pa konnen  an sa nou pa genyen an  li menm poul ta voye je sou li pou nou.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop:      Bon,nou menm peyizan se pov malere nou ye .Se deye kout men nou ye nou pa de kout pye .De fason nou menm kap fe prodiksyon zafe kakao de zane vreman le kakao a te konn vann,  patne ki konn achte nan men nou ebyen le fe yo menm achte nan men nou kounye a la pou yal vann apre le fini chak kakao nou vann yo toujou banou fich, kounya yo kontrole la vale kantite kakao ou vann. Kounya  la le sa le yo rive nan le pou fe distribisyon pou ristoun  kounya chak moun soti ak yon ti bagay. Depi se le moman fet moun toujou jwen yon ti kob e te ka diw  ti kob sa se yon ti chek ou resevwa. Se rekolt sa yo la ki pemet de twa lane la sa pa fet. Men si rive jounen jodia nou te ka jwenn yon patron ki kapap pran relev peyizan yo, alo ki te kapap achete nan men nou ki te kapab al vann pou nou , nou ta we se byen. Se sak ta plis avantaj. Nou gen timoun lekol, nou pa gen bet nou pa gen anyen se sel ti pye kakao nou genyen, se tout revni nou. Se li menm ki lavi nou sin te ka jwen yon patne ki achte pou nou e al vann pou nou le yo vinni yo te ka banou sa yo ta banou an li ta itil nou. Pase timoun yo lekol e lekol peye che e ledikasyon pa koute ase pri. Ti moun yo lekol nou pa konn kisa nou dwe fe pase yo lage nan men nou .Alo, se nou menm ki konn kisa nou ka fe pou nou, pase nou sanse antrave. Moman difisil pou nou , nou pa we kote pou nou pase.

#11.Castilan Estavil: G; 35 kan;7em sekonde; 4 tiomoun;  kiltivate; 1 ane nan kop:  Sam we la nan afe kakao  pou jen yo si pa gen yon avantaj jen yo ap gade, jenn yo pa gatiye nan pwoje ka antre yo nan kakao,paske zon andeyo , kote ki izole paske nou menm, le ou gade la ou  we yon de jenn, tout sa ou we la se manb yo ye.Jenn yo pa tr avay anko.Se nou kap kenbe  paske pa gen anyen andeyo. Tout sa  yon jenn vin etidye la yo pa jwenn anyen pou yo fe andeyo donk li oblije monte lavil. Kounyea si ou bezwen yon jenn, si ou bezwen yon moun ki pou fe yon bagay pou ou ki ka travay ki ta gen yon konesans avanse ki ka travay, gen le se Potoprens ou tap voye chachel. Ou pa jwen li isit la paske li pa jwen anyen poul fe_Patisipan pale ba _Si pa gen yon relev  nan sans sa yo pou ta jwen yon avantaj,  yon benefis sou bagay sa yo tankou tout prodiksyon sa yo kap fet la prale. Menm jan ou pa jwen anyen li pa jwen anyen .Redi travay te a te a pa bay anyen. Si genyen, mwen ta konseye sak ave nou ede nou poun te ka jwen yon anplwa . Poun te ka raboure kek jenn nou gen andeyo pou zon nan pa kraze net.

#15.Domenncer Frantz: G; 27 tan; Inivesite; 2 timoun; agwonom; 1 ane nan kop:Nou vreman felisite CRS ki finansye program nan, se yon tre bel desisyon men sa nou ta renmen apre peryod travay regenerasyon finn fet regenerasyon kakao finn fet, se ta cheche yon mache idantifye kote ke nou gen yon pri pou liv kakao ki plus ou mwen rezonab. Paske kounyea la yon liv kakao ap vann 20goud parapo ak lavi a kap monte detan antan, nou ta renmen pou liv la vann pi che. E le sa nap pran swen kakao nou  pi byen wap jwen plis lot moun ki enterese nan plante kakao, plis jenn gason ak jenn fanm tou pou vinn jwen ki chita pou fe kilti kakao avanse plis .Depi nou bay yon kakao de kalite a mache  entena yonal la.

Si nou pa gen anyen pou nou di anko, m pap fe nou soufri map di yon gran mesi paske tout enfomasyon ou ban nou sa pral ede nou fe yon bon rapo, yon bon anket  pou nou bay moun CRS yo.

#12.Fouland Rene:  G; 45 kan; 8em sekonde; 10 timoun; kiltivate; 1 ane nan kop: Sam ta renmen kounye a nou pran nimero telefon pa nou se menm jan tou nou ta renmen pou ou banou nimero telefon pa ou tou sitankou nou ta bezwen gen kontak avek ou parapo ak kakao a pase a chak moman la m sipoze fok nou ka gen yon reyinyon pou nou fe yon chita pale sou zafe kakao a.

Bon m kapap banou nimero telefonn pam,  nou menm nou se yon ekip   ankete donk, se pa nou men kap travay nan projet a nap fe yon anket pou ede moun kap fe projet konprann sitiyasyon an pi byen,  pi byen konpran sa nou bezwen pou ede. Nap ba yo tout revandikasyon nou,  tout sa nou di sou zafe kakao a se pa avek nou menm reyinyon an tap fet men m toujou kapap banou yon minero telefonn nou pa gen problem.

#12.Fouland Rene:  G; 45 kan; 8em sekonde; 10 timoun; kiltivate; 1 ane nan kop: Wi nou tap pale o sije de jenn yo komm si ki te kapap ankadre enhhhhh  akonpagne manb  komsi pou yo te ka pap devni manb nan koperativ la. Men le pou ou gade koperativ la, si komsi li te gen anplwa ladann jenn yo te kap jwenn kote pou yo te kapap viv.  bon koperativ la te ka devlope tap gen yon blanch ki afilye jenn yo tap gen plis ankourajman. Men jenn yo vinn we pa gen anyen kap kenbe isit inikman depi we yo ret isit yo we pa gen anyen, tout se potoprens yale, pase sak fe sa pase isit pa gen anyen. Si te gen yon bagay ki tap menen  yo tap jwenn fason pou yo te ka oganize yo yo pa tap janm ap potoprens se pase lavi a pa bon. Pase nou menm ki isit  se kiltivate nap fe, se travay nap travay e travay kounya la pa itilize anyen.Nou travay, nou plante anpil nou rekolte mwens,  pa gen lavi. Si nou te ka fe yon fason pou nou nou tap kontan.

#14.Rosier Jn. Baptiste Fenel: G; 58 tan;  7em sekonde; 8 timoun ; veterine ;  30 ane nan kop: se m te ka di anko,  sam ta renmen di CRS nou dil mesi e nap kontinye di mesi sa depan seeee de projet keee a vin nan koperativ la. M ta remen si sa mache pou CRS tounen yon patne pou nou, kom yon yon debouche, CRS yon proje pou lel vini se pase lap pase ti sa lap baw la pou pran, m ta renmen menm si ale demensidyevle aled de de koperativ la jan l sevi randman li ba li li menm ke avan li ale poun pa tounen nan chouboum[9] anko, poul chache yon debouche pou nou a led de machadiz nou yo.

#10.Charles Maissance: G;Okenn; 9 timoun; kiltivate; 24 ane nan kop: Denye kesyon m te anvi poze se sou afe de rat avek jwazo kap gaspile kakao, si nou menm si nou ta jwenn petet yon bagay pou yo ta voye banou poun ta we sin ta detwi moso rat nan danre yo avek sepantye kap gaspiye kakaoa, fomi an tou. Fok nou ta jwen yon solisyon ak sa si nou pa jwen yon solisyon nan sa se komkwa danre nou pote non nap gen pye men nou pap gen rekolt la.

#15.Domenncer Frantz: G; 27 tan; Inivesite; 2 timoun; agwonom; 1 ane nan kop: Nan program lan ta dwe gen yon kanpagn deratizasyon la dann.

Se vre ?

#15.Domenncer Frantz: G; 27 tan; Inivesite; 2 timoun; agwonom; 1 ane nan kop: Wi, yon kanpagn deratizasyon.Li enpotan ak enfomasyon pouki fet.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop:       Wi, pou kore sa sitwayen di an, monche mta kontan si nou menen yon anket sou zafe sepantye a avek rat tou, m te ka dim mwen menm mwen gen yon danre lem al ladan m pa jwenn m konn tire 12 gous,  se ate mwen konn jwen 2, 3, 4 gous. Se ate jwen yo.

#15.Domenncer Frantz: G; 27 tan; Inivesite; 2 timoun; agwonom; 1 ane nan kop: Yo kanpagn deratizasyon andedan program la ki pral fet. Paske se apre le rat, kakao bouche li gen anpil lonbraj sou li, rat la rete andanl se komsi li manje kakao a le jou kom la nwi.  Li pa kontwole ni le soley kouche ni  le l jou men une fois ke  ou fe  netwoyaj emondaj ladan  ou fe rekolt sanite ladan,  li pap jwenn kote poul kache lap diminye. Li déjà andedan programm nan déjà.

#9.Asord Sulface St. Louis: F;72 zan; Prime; 3 timoun; kiltivate; 30 ane nan kop: M déjà  renmen programm sa mwen menm.

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop:       Eben sa m kapap di nou, m ka di nou mesi pou  ti moman nou pase ansanb lan.Pase se pat yon bagay mwen te okouran se an pasan m la , se nan lari mwen rankontre avek fre Danyel  e li dim gen yon reyinyon  kounye a, m tou antre vinn patisipe ak nou. M remesi nou pou ti moman  nou pase ansanm fe ti chita pale. Mwen ta swete tout sa ta kontinye pase eeee ti semine, ti chita pale sa, li tre bon.

Yon fwa de plis mwen remesye nou tout,  pou tout enfomasyon nou pataje avek nou e m espere ke nap kontinye kominike avek nou, avek koperativ sa epi pou nou kapab vreman fin konpran tout pwoble ou genyen avek tout sa ki bon ak tout sa kip a bon sou kakao.

Plizye patisipan : Mesi, mesi, mesi, mesi anpil

_ Yo bat bravo_

#8.Joseph Amose: G; 52 zan; Preparatwa 2; 4 timoun; kiltivate; 20 ane nan kop:    Wi, kom ou te di ou ka banou nimero telefon ou, mwen pa konnen eske ou te ta banou li ?

Wi fok m ta gade nan telefon la pase mwen pa  an Ayiti.

Patisipan pa indantifye (G):Wi kom CRS se patne CAUD m pa konnen  si gen proje ki an mach si yap demare kounyea,  mwen menm dapre experyans kom plante kakao nou gen de rekolt kakao isit _Plizye lot mou ap pale _ki vle di grand rekolt eee peti rekolt la.  Men chak kakao a gen sezon fe tay ladan yo, pase le an matirite an plenn, an flezon ou pa ka al fe taye ladan. Pou kakao etranje se konya la Novanm a Desanm poul te fe tay yal, depi li rive an Janvye, Fevriye, Mas le sa li plenn li ka komanse fleri ou pa ka tayel. Se kakao sa la kounya la ou ka al mayen an Fevriye, Mas, Janvye, Fevriye, Novanm a Desanm sa depi ou komase fe tay eeee lot kakao a. pandan fen sa la le kakao finn rekolte ou fe tay ladan  poul gentan repran fos li

Apre rekolt la nou netwayel

 Patisipan kontinye (G): Fe ebondaj

Si gen yon karo konbyen moun wap bezwen nan kove a?

Patisipan kontinye (G): Bon Sa depan. Pase tout travaye pa travay menm jan, si yon karo de te ou gen kakao  o mwen si ou ka jwen esqwad 20 moun petet nan  yon semen, 2 semenn ou ka finil Si yo tire manchet wi. Sa depan de eee zeb li gen ladann l. sil gen bon zeb se lyann ou ka fe 1 semenn edmi ou 2 semenn yap netwayel.

Ou fe sa yon fwa pa ane ?

Patisipan kontinye (G): Bon se problem sa ki gen isit. Dapre antretyen kakao a li dwe fet 2 fwa pa ane. Men problem ekonomik moun   fel fet 1 fwa pa ane, tan li fe a kakao gentan rebraze anko. Men dapre atik antretyen kakoa li dwe fet 2 fwa pa ane, chak 6 mwa li merite fet.  Li pa fet konsa.

#15.Domenncer Frantz: G; 27 tan; Inivesite; 2 timoun; agwonom; 1 ane nan kop: Nan mwa sa nap konmase travay sa, nap gen mwad Novanm Desanb Janvye ladann.

Mesi anpil.

Patisipan yo (G,F) : Mesi, mesi, mesi

NOT YO

[1]  Konsa

[2]  Paske

[3]  Bagay

[4]  Se

[5]  Madanm nan ki

[6] Sifi

[7] Pa konnen, sot, egare

[8] Apiyel

[9] Pwoblem