> KREYOL TRANSCRIPTS

Pwogram kantin eskole lokal – WFP/MENFP – Fokis Gwoup

Isit wap jwen 16 fokis gwoup full-transkripsyon an kreyol. Tout fet nan kadre de yon evaluasyon pwogram Kantin Eskole Prokurman Lokal ki te patwone pa PAM ak MENFP epi ki te gen kom patne BND. Nan fokis gwoup sa yo wap jwenn yon paket infomasyon pa selman sou program kantin eskole, min sou ki jan paran jere manje ti moun, kapasite paran gen yo pou pwodwi, ak machann ak manje lokal.

FULL TEXT

Isit wap jwen 16 fokis gwoup full-transkripsyon an kreyol. Tout fet nan kadre de yon evaluasyon pwogram Kantin Eskole Prokurman Lokal ki te patwone pa PAM ak MENFP epi ki te gen kom patne BND. Nan fokis gwoup sa yo wap jwenn yon paket infomasyon pa selman sou program kantin eskole, min sou ki jan paran jere manje ti moun, kapasite paran gen yo pou pwodwi, ak machann ak manje lokal. Si ou vle we gid fokis gwoup yo, wap jwen yo isit.

Preyman nou bay lis tout fokis gwoup yo. Avek lis sa ou ka fe yon ‘key word search’ pou kinpot fokis gwoup ou vle we. Pa egazanp, si ou vle ale direk a, Transkripsyon Fokis Gwoup #4 Direktè ak pwofesè lekòl, ou jis ouvri zouti “chache” (search) epi tape “Fokis Gwoup #4”. Fok ou klike 2 fwa epi wap jwenn komansman transkripsyon fokis gwoup sa.

Lis Fokis Gwoup Yo

Fokis Gwoup #1 Machann ak Paran nan Bouk (Dipi) Fokis Gwoup #2 Kiltivatè Direktè (Kawouk)
Fokis Gwoup #3 Paran Andeyò ( Cholèt)
Fokis Gwoup #4 Direktè ak pwofesè lekòl

Fokis Gwoup #5 Plantè (Salanyak)
Fokis Gwoup Kreyol #6 (Fondelàn)
Fokis Gwoup #7 (Cholèt)
Fokis Gwoup #8: Association Leaders (Chantrel) Fokis Gwoup #9: (Salanyak)

Fokis Gwoup #10 Timoun 3 (Cholette)
Fokis Gwoup #11 Timoun 1 (Dupuy)
Fokis Gwoup #12: Transkripsyon Fokis gwoup 5 machann Fokis Gwoup #13: Kiltivatè (Tamarin)
Fokis Gwoup #14: Sipivize Canteen (anvan pilot)
Fokis Gwoup #15: Sipivize Canteen (Post)
Fokis Gwoup #16:: Machann ( Dupuy)

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #1 MACHANN AK PARAN NAN BOUK (DIPI)

Clertide Denis
Dat fokis gwoup la fèt: 03/26/2017
Dat transkripsyon: 04/04/2017-20/04/2017

Patisipan

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram

Patisipan # 1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram

Patisipan #4: Fi; 37 ane; Komès; Okenn; 5 timoun; 2 timoun nan pwogram

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2; 4 timoun; 1 timoun nan pwogram

ENTWODIKSYON Almathe: Bonswa medam! Piblik: Bonswa, bonswa.

Almathe: Mwen byen kontan avèk nou la aprè midi a. Non pam se ALMATHE. Mwen ap travay avèk yon fim. Sa nou fè? Nou fè ankèt nan prèske nan tout peyi a. Men pou le moman n’ap travay pou PAM. Nou konn PAM. Epi PAM responsab pou’l bay kantin skolè nan plizyè lekòl ki genyen nan zòn nan. Men nou la jodi a pou nou poze ou menm paran kèk ti kesyon. Pou nou konnen daprè ou menm kòman ou wè kantin nan. Kòman ou wè tout bagay ap mache. Si gen kèk bagay ki ka fèt. Tout sa w’ap di nou vrèman enpòtan. Nou ba ou yon chif. Sa ou ap gade la, sè ke nou anrejistre pawòl wap di yo. Nou arejistre yo paske lè nou prale kote PAM pou nou ba li yo kòm yon rapò. Men paran timoun yo, men sa yo di. Sa nou fè nou pran pawòl sa yo. Nou tape yo. Nou fè yon rapò. Sa vle di ke ou mèt mete ou alèz. Ou ka pale. Ou ka di nenpòt bagay. E mwen gen yon lis

de kesyon, de pwen map pale sou yo. Epi chak moun ap bay pwen vi pa yo. Ou gen yon chif nan men ou tou. Sa vle di lè ou ap pale, si gen yon bagay ou ta vle di, wap jis di nimewo 4 k’ap pale. Wap bay nimewo pa ou. W’ap di nimewo ou pa bezwen site non ou. W’ap di se tèl nimewo k‘ap pale. Epi nou se yon gwoup ki vini. M’ap kite NATACHA fè prezantasyon tèt li. M’ap kite JACKLY prezante tèt li. Ou menm n’ap bezwen chak moun fè prezantasyon tèt yo. Nou ka komanse w’ap di mwen se nimewo 9. Mwen rele tèl jan. Men travay mwen konn fè. Mwen se yon machann. Epi konbyen timoun ou genyen ki nan lekòl ki bay kantin skolè. Ok ?

Natacha: Mwen di nou tout bonswa !

Piblik: Bonswa, bonswa.

Natacha: Non pam se NATACHA. Byen ke gen moun ki rekonèt visaj la deja. Genyen se premye fwa tou yo wè li. Bon, nou kontan pou nou ansanm avèk nou aprè midi a la. Pou nou fè yon ti pale. E se pa kòmsi yon bagay ki difisil. Se ou pale. Nou pale. E nou chache konprann lòt sou pwen sa yo nou pral debat yo. Sa vle di nou travay an ekip. Nou travay ansanm avèk madam ALMATHE e nou gen mesye JACKLY ki ansanm avèk nou. Se yon ekip nou ye nou travay tout kote. Nou toujou travay ansanm. Nou panse ke nou ka retounen wè figi yo ankò [Riii.]

Almathe: N’ap retounen wè yo ankò. Natacha: Ok mwen kontan ansanm avèk nou. Piblik: Dakò.
Jackly: Bonswa !
Piblik: Bonswa, bonswa.

Jackly: Non pam se JACKLY. Mwen ap travay pou SOCIODIG. Aktyèlman n’ap fè travay la pou PAM. Kòm nou dil deja. Donk, mwen byen kontan ansanm avèk nou. Pou al pataje ide ansanm sou pwogram nan. Pou nou konnen kòman sa ye. Avantaj, ki enkonvenyan ta di ki genyen nan pwogram nan. Ok. N’ap kòmanse ak madam sa.

Almathe: Ok. Wi, n’ap kòmanse. Nimewo 8 kijan ou rele ?

[Yon moun touse.]

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2; 4 timou ; 1 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 8. Non pam se…

Almathe: Hum, hum. Kisa ou fè kòm aktivite ? [Ou ka tande elèv ki ap travay nan lekòl la.]

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2; 4 timoun; 1 timoun nan pwogram: Aktivite pa mwen, mwen vann sou lakou lekòl la. Mwen vann. Mwen gen bak devan lekòl la. Mwen vann ti bagay glase. Ou ap chache lavi a. Ou konnen.

Almathe: Wi, se sa. Konbyen timoun ou gen nan kantin nan la ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2; 4 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen gen yon timoun nan kantin nan. li rele…

Almathe: Ok mèsi pa gen pwoblèm, nimewo 1.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Nimewo pa mwen se nimewo 1. (Hum, hum). Non pa mwen se … Mwen gen 2 timoun. Gen yon ki lekòl isit lan. Sa mwen fè kòm aktivite ? Mwen vann. Mwen se yon komèsant.

Almathe: Ok, mèsi. Nimewo 6.

Patisipan #6; Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen menn mwen se…. Mwen gen 6 timoun nan lekòl la. Mwen gen 5 isit la. Mwen gen youn Ame du Salu. Kantin sa li itil mwen anpil (Ok). Paske sak fè mwen di li itil mwen. Mwen ap fè ti komès sou lakou a. Sa pa ta ka eee bay tout timoun yo bezwen yo. (Ok) M’ap vann. Paske si ou achte yon bonbon $11HT se yon grenn ou fè sou li. Sa vle di ou fè 5 goud sou yon sachè bonbon. Mwen pata kwè pou‘l ta bay 6 timoun manje nan lekòl la. Mwen mèt di nou manje a itil mwen anpil, anpil anpil. Anvan lè timoun yo sòt nan rekreyasyon yo jwenn manje a. Sou plas yo manje’l. (Ok) Manje a itil mwen anpil, anpil.

Almathe: Mèsi nimewo 6.

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram:
Non mwen, nimewo pam se nimewo 3. (Wi) Mwen rele… Bon yo mete kantin nan, kantin nan li bon pou mwen. Men si mwen pa ba yo dola pou jou sa timoun yo pa manje. Bon, mwen menm m’preske, papa avè’m se kòm si li pa avè’m. Se mwen ki ap goumen ki ap fè koum konnen pou mwen ba yo manje. Lè yo pa ba yo se tiye yo tiye’m. Yo tiye’m anpil. Paske lè yo vini lakay, mande Dye padon si yo gen yon doulè lestomak. Sa ap ban mwen anpil pwoblèm.

Almathe: Fè yon ti pale pi fò.

Patisipan #4: Fi ; 37 ane; Komès; Okenn; 5 timoun; 2 timoun nan pwogram: Nimewo pam se nimewo 4. Non pa mwen se… Mwen gen 5 timoun. Mwen gen 4 ki lekòl. Mwen gen 3 ki nan lekòl ki bay manjeee. 5 timoun san papa. Papa yo mouri. Mwen se ti kòb mwen prete nan leta pou’m degaje’m ak timoun yo. (Hum, hum) Mwen konn leve pafwa mwen pa jwenn 5 goud pou’m ba yo. Si pat kantin nan yo t’ap tounen konsa. Kantin nan iltil. Lè vini yo gentan jwenn yon bagay yo manje. Mwen al bwase pou’m jwenn yon bagay pou’m kite pou yo manje pita. (Ok) Mwen di nou mèsi anpil.

Almathe: Ok.

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 9. (Wi) Mwen se… Kantin nan itil mwen. Ti aktivite m’ap fè a pa ka itil timoun yo anyen. Mwen gen 3 timoun ki nan kantin. Mwen gen 3 ki pa nan kantin. Li itil mwen. Pafwa gende lè mwen leve menmsi mwen lage yon adoken nan men yo. Adoken an pa ta ka fè anyen pou yo. Mwen di kantin nan itil mwen anpil. Mwen di nou mèsi pou sa.

Almathe: Ok mèsi. Nou fini ak ENTWODIKSYON an. Kòm anpil nan nou gentan pale deja. M’ap poze kesyon an. Depi yon moun vle pataje ou leve chif ou epi mwen menm m’ap di nimewo 1, nimewo 2. Epi nou ap ba ou pèmisyon pou pale. Kantin nan, pou moun ki pat ko reponn yo. Daprè nou menm kòman nou wè pwogram kantin skolè a ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2; 4 timoun; 1 timoun nan pwogram: Kanpe pou mwen kanpe si m’ap reponn ? (Nimewo 8, ou ka chita pou pale.) Kantin nan vrèman bon. Kòm mwen te di Natacha deja. Prezans Natacha depi timoun yo ap antre lekòl la…Li sifi ke depi yo pa wè lafimen an ap monte nan kwizin nan, kòm si ta di ou yo dekonsoume. Konprann ? (Ok) Eeee tankou lè ou te timoun. Sitou mwen menm lè’m te kay manmanm. Manmanm te gen yon travay. Li konn lave pou moun. Pase pou moun.

Men depi’m wè manman’m ap pase mwen konnen mwen p’ap manje pou jounen an. (Humm) Kounya mwen tonbe kriye. ‘’Ou se yon timoun ki anmèdan’’. Kounya se pou’l kite fè a pou’l al banm manje. Se menm jan avèk timoun yo depi yo ap antre la pa gen dife yo pa santi yo byen. Pafwa paran yo k’ap ba yo yon ti monnen. Gen timoun ki konn vin la pafwa avèk 3 goud. Mezanmi ! Kalkile kounya 3 goud paka fè anyen. Kounya yon grenn sirèt, e pa tout sirèt. Gen ki vann 1 goud men gen lòt se 4 pou dola. Twa ti sirèt timoun nan vini li mande ou. Kantin nan itil anpil pou manman ak papa pitit. Lè timoun yo vini le maten yo vin bonè, sitou lè a chanje. Men kou wè’l fè 10 zè a, epi medam yo gentan prepare manje. Epi ou wè yo ap manje. Y’ap manje. Gen timoun menm ki ta vle manje 2 plat. (Ok) Tèlman kantin nan itil. Kantin nan itil. Se sak fè fòk nou di PAM anpil mèsi. Paske li reyalize yon bon rèv nan depatman an. Se sa mwen t’ap di.

Almathe: Ok. Mèsi anpil. Pa gen moun ki t’ap di yon bagay sou sa madam nan di an?

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 1. (Wi) Pou mwen menm mwen pa wè sa mwen te ka di ankò. Paske mwen sonje lontan lèm te lekòl Potoprens ki rele Damoklès. Yo te konn bay manje men se kri. Nou pat menm konn fè manje. Granmoun pa gen tan pou fè manje . Ou soufri lè ou sot lekòl. Yo pap ba ou kòb. Lontan yo pat konn bay timoun kòb pou al lekòl. Mwen pa kache di nou pa gen yon goud. Konn ap domi ti fi a di’m: ‘‘Manman, manman male wi’’. Mwen dil li mèt ale m’ap pote 5 goud pou li nan rekreyasyon. Paske mwen gen yon espwa. Poutan mwen pa genyen’l vre non. Mwen konnen nan rekreyasyon l’ap gade bouch moun. Men kou’l fè 10 zè a l’ap manje kanmenm. Gen pafwa lè’l vini li konnen m’ap kite yon bayay pou li. Lè’l vini li pa jwenn anyen. Se avè’l li rete. Se sak fè li itil mwen anpil. Anfen, mwen pa konn sa te ka di ankò. Se yon gras. [Hummm]

Almathe: Ok. Dakò, mèsi.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. (Wi) Mwen mèt di nou dènye mo a se pou nou li te ka ye. Mèsi, mèsi anpil. Mwen pa wè anyen mwen te ka di ankò.

Almathe: Dakò pa gen pwoblèm. Daprè nou menm èske nou wè pwogram nan ap mache byen? Ki sak te ka fèl mache pi byen ? Pwogram kantin skolè a. Kantin skolè a ap mache byen ?

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Li mache byen. Timoun yo manje chak jou. Epi manje a bon.

Almathe: Ok. Jan l’ap mache a?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Pou’l ta mache pi byen peye pou moun yo pa ta peye. Moun yo peye.

Almathe: Ok. Sa vle di, èske timoun yo, kòm paran nou sipoze bay timoun yo 5 goud? Mwen pa konnen non. Èske nou gen yon kantite kòb nou bay timoun lè y’ap vin lekòl pou yo achte manje?

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Timoun yo, nimewo 9 la. Yo deja gate fòk ou bay timoun yo yon dola kanmenm.

Almathe: Ok. Nimewo 3.

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Kounya men kijan Wilto fè , nimewo 3. Tankou la li fè ou peye ane a nèt. Li fè ou bay 15 dola pou tout ane a nèt.

Almathe: Ok. Èske pa gen lòt moun ki fèl konsa?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Nimewo 6 la. Lè ou bay ti monnen sa, ou bay la se pou achte bwa, chabon, ak kokoye pou yo met nan manje a. Men sa pa ta kapab fè manje. Ti monnen sa pa tap ka fè manje.

Almathe: Ok. Konbyen kòb nou bay?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Nou bay 50 goud.

Almathe: Chak ki lè?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Chak mwa pase bò isit la pa gen anyen.

Almathe: Ok.

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Anwo a nou bay bwa, oubyen nou bay chabon.

Almathe: Oooo!

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Nimewo 8 la. Pafwa manje konn vini pa gen lwil. Fòk yo achte lwil. Manje a, yo pa pot lwil. Kounye a fòk yo achte lwil. Epi se pa manje avèk magi li ye men fòk ou mete lay. Fò mete ti piman, pwavon ladann. Eeee ou oblije bay 50 goud la chak mwa pou yo kapab… Men kòmsi mwen konprann. Eeee gen kèk ti bagay ki te ka ajoute wi. Nou te k’ap fè. Ou konnen lè ou fin manje yon ti manje, li mèt yon dlo sikre ou dwe fè.

[Gen yon ti bri moto k’ap pase.]

Ki fè yo manje manje a, bon se nòmal yo bay kantin yo manje. Men mwen menm si yo ta bay ti bagay pou fè ti ji pou timoun yo li t’ap itil. Mèsi.

Almathe: Ok, dakò. Nimewo 3 mwen tande ou di konsa ou bay bwa ?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi. Nou pote bwa. Nou pote chabon.

Almathe: Chak ki lè nou bay li?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Kou yo fini nou bay li. Nenpòt nou 3 nou 4 nou mete ansanm. Nou pote chabon oubyen bwa. Nou pote ale. Paske Wilton te di nou sa. Yo te fè reyinyon sou sa . Nou bay li. Lè’l fini nou double ankò.

Almathhe: Ok. Sa vle di tout paran patisipe nan sa ?
Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi.

Almathe: Ok. Nou dim konsa nou chak bay, gen moun ki bay 15 dola gen moun ki 50 goud…

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Se pa nan menm lekòl la non.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Nimewo 1, nan lekòl sa yo fè ou bay 10 dola chak mwa.

Almathe: 10 dola nou bay chak mwa? Aprè sa èske timoun nan lè’l rive lekòl la pou yo bal asyèt manje a… Men èske aprè sa pou timoun nan jwenn asyèt manje chak jou li gen yon kòb pou’l bay?

Piblik: Non, li pa gen kòb pou’l bay.
Almathe: Ok dakò. Èske timoun yo jwenn manje chak jou?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Wi, chak jou yo jwenn manje.

Almathe: Chak jou, ki kalite manje yo jwenn konsa?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Nou jwenn diri, (Ki nimewo ou genyen?) Nimero 6. Diri ak sòs pwa, diri kole ak pwa legim. Bon bagay.

Patisipan#8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2; 4 timoun; 1 timoun nan pwogram: Le Mèkredi yo ba yo bouyon, nimewo 8. Le Mèkredi yo ba yo bouyon. Epi tankou demen Lendi a diri y’ap bay. Yo ap bay diri avèk sòs pwa. Si gen legim yo fè legim diri sos pwa, le Mèkredi bouyon.

Almathe: Ok, dako. Nan manje sa yo ke timoun yo manje, gen nan manje sa yo, yo achte lokal? Kiyès nan manje sa yo ke PAM voye ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Se nimewo 8 la k’ap pale. Sa PAM voye ? Li voye diri, pwa, lwil…

[Yon moun touse.]
Men manje lokal yo se la se yanm, patat, karòt, chou, berejèn, militon. Pou yo fè legim.

Almathe: Eske diri sa PAM pote a, se diri peyi li ye ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Wi, diri peyi li ye. Daprè sa mwen menm se diri Latibonit li ye pou mwen. Se diri Latibonit li ye paske li pa diriii lòt bò dlo. Se pa diri ki soti a letranje.

Almathe: Ok, dakò. Pa gen lòt moun ki t’ap ajoute anyen ankò sou sa’l di a ?

Piblik: Non.

Jackly: Nimewo 3, ou pa t’ap di anyen paske mwen wè ou ta pral bat bouch ou ?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Non. Mwen pa t’ap di anyen non.

Almathe: Ok dakò. Èske…. Daprè nou menm ane pase èske kantin nan te byen fonksyone ? Pa gen jou timoun yo pat jwenn manje ? Pa gen yon bagay ki te ka pase timoun yo pat jwenn manje ?

Patisipan #4: Fi; 37 ane; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tou timoun jwenn manje, nimewo 4. Li te toujou byen fonksyone ane pase menm jan ak ane sa.

Natacha: Sa vle di timoun yo toujou jwenn manje chak jou ?

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Timoun yo jwenn manje chak jou.

Almathe: Ok, dakò. Kesyon mwen pral poze pou chak moun la. Mwen ta renmen pou chak moun patisipe. Lè lekòl la pat gen kantin skolè a ak kounya li gen kantin skolè, ki diferans nou ka wè ak travay timoun yo ap bay nan lekòl ? Travay timoun yo, konesans yo nan kanè skolè pitit pa’w. Rezilta yo bay nan kane, nan pèfòmans.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 1. [Hum, hum] Se ane a mwen gen yon ti pitit lekò la. Se ane sa mwen te gen yon ti neve’m ki la. Lontan lè pat ko gen kantin, li pat tèlman entèrese. Men se pat kantin nan ki te fèl pat sou sa. Li pat entèrese li te plis jwe. Lè’l pran kanè li pa pase. Yon

lè li pran kanè li fè mwayèn 4. Bon, li ta pral konpoze. Papa di’l: ‘‘Depi wè ou pa pase kou ou vini la ou banm kanè a m’ap annik pran ou mwen monte mòn nan avèk ou. Pou’m al fè bwa pou ou. M’ap touye ou nèt ak baton.’’ Yo bay kanè a li pase. Konsa, konsa vin gen kantin nan li te maten. Manman annik bal 5 goud li vini. Lè manman di li pa gen kòb li di: ‘‘Aaaaa.’’ Gende lè li konn di: ‘‘Manman ou met kite ou pa bezwen ban mwen. M’ap manje lekòl la’’. Li toujou pase. Li toujou premye. Kounya li aprèmidi. Li bay bèl mwayèn. Bon, ou konn aprèmidi a pa gen kantin. Lè’l sot lekòl wap ba’l manje li di: ‘‘Mwen menm, vant mwen plen la.’’ [Riii.] Mwen di’l: ‘‘Gras ak kantin nan.’’ Mwen menm si yo retire’l m’ap wè se yon gwo pwoblèm. Mwen menm se ane a mwen ladann sa t’ap fèm mal. Se mwen k’ap bat pou’m fè bè.

Almathe: Ok, dakò. Mèsi nimewo 1. Pa gen lòt moun k’ap pataje, ant lè lekòl yo te gen kantin ak lè lekòl la pat gen kantin. Ki diferans nou wè?

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 4. Mwen gen 2 ti gason la. Yon pi gran, yon pi piti. Pi piti a toujou pi entèrese pase pi gran an. Depi lè pat gen kantin jiskaske vin gen kantin. Se toujou konsa. Pi piti a toujou ap pote pi gwo mwayèn ban mwen (Hum, hum) ke pi gran. Se pa pou di se kantin ki enterese’l, kòmsi se yon timoun vagabon pran tèt li.

Almathe: Ok, dakò. Nimewo 3?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 3

[Yon moun touse.]

Mwen menm gen 2 timoun lekòl. Mwen te gen anpil wi, yo menm yo gentan al nan egzamen. Yo pa lekòl sa ankò. Se 2 sa yo mwen rete ki lekòl la.

Ti gason sa li menm li pa vle, pa konn anyen ditou. Chak jou l’ap chire yon liv. Mwen konn achte demi douzèn kaye doub lin pou li, ti kaye yo 10 fèy. Mwen pa wè sa’l fè avèk yo. Pwofesè a pa poze plim sou youn yon jou pou’l ta make yon nimewo, yon devwa sou youn. Menm yon mak plim pwofesè nan kaye yo pou’l ta bal fè. Li pa konprann anyen ditou. Mwen mèt montre’l, sè, frè montre’l. Li pa konn anyen ditou. Se jwèt l’ap fè. Kounya mwen ale poze pwofesè li a keksyon[i]. Pwofesè a li di’m: ‘‘Se yon timoun se sèl

jwèt ki devan tèt li.’’ Lè l’ap fè kou avèk elèv yo li menm se jwe li ap jwe avèk lòt timoun yo. Li nyè, e sa koz li pa patisipe nan anyen. Li pa vle konprann anyen ditou.

Almathe: Ok dakò.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Bon mwen menm se nimewo 6. Mwen mèt di nou lè pa gen kantin, timoun yo, pafwa ou konn tande y’ap plenyen vant fè mal. Kou yo vin la vant yo ap fè yo mal. Sa yo genyen grangou yo grangou. Men depi lè gen kantin nan la pa gen bagay konsa ankò. Timoun yo aprann trè byen.

Almathe: Kounya se manje sèl yo bay timoun. Èske si yo ta bay timoun yo manje dous, yon bagay dous oswa ki pa manje kwit ; èske nou panse ap gen yon diferans ant kòman timoun yo ap aji ? Si yo retire manje kwit sa pou yo ta mete yon lòt bagay ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Mwen pa t’ap dakò yo retire manje sèl la.

Almathe: Ou pa t’ap dakò ? Poukisa ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Non, manje sèl la pi bon pou timoun yo.

Almathe: Poukisa ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Sak fèl pi bon. Lè w’ap bay timoun nan bagay dous la l’ap bal vèmin. Depi ou leve maten ou ba’l yon bagay dous, li paaa… Li pa bon pou li. Manje sèl la pi bon pou li. Sèl se sèl, dous se dous. Si se te 2 yo t’ap ba li. Yo t’ap bal dous le maten. Sèl la aprè. Li t’ap bon. Men si se pou dous la, li pap bon pou yo.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 1. [Hum, hum] Tankou si se yon dous yo ta vin bay, yo t’ap retire sèl la. Mwen pa t’ap ka patisipe. Paske tifi mwen an toujou gen yon vant fè mal. Detanzantan li toujou gen yon vant fè mal. Li toujou di’m vant li ap fè’l mal. Se sak fè li pa t’ap bon pou mwen. Bon de tout fason, de tout manyè mwen pa kwè y’ap retire’l. Y’ap kitel’ la !

Piblik: Riii

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 8. Alò nan dous la gen plizyè bagay dous. Ou paka le maten pou ap bay timoun nan dous sèlman. Ou kapab bal dous wi lèl’ pral lekòl le maten. Ou gendwa leve ou fè yon labouyi osinon ou gen fig avèk pen ou ba’l manje. Pa gen pwoblèm. Men ou pakab ba’l bagay dous chak jou. Si ou ba li’l vrèman gen bagay ki vitamine.

Almathe: Hummm?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Menm lè li dous li fè timoun nan gen vitamin. Men ou paka ba’l dous chak jou. Se ta yon bagay w’ap ba li le maten. Fòk li ta gen chanjman. Ou paka bal dous chak jou.
Konprann ?

Almathe: Ok.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Paske si w’ap bay timoun nan yon bagay dous, ou ka gen 2 ze ou bouyi bay timoun nan pou’l manje. Ou mete yon ti sèl. Vrèman li gentan desann flèm. Si yon vèmin t’ap monte. Aprè sa li gendwa vinn manje yon grenn fig. Pen ak manba li kapab pa fèl anyen. Men depi se dous ou ba li chak jou li pral pwodwi ti vèmin nan lestoma’l. Epi li pral gen vant fè mal. Epi li gendwa lekòl la li paka etidye. Li paka kanpe vant li ap fè’l mal. Pafwa tou lè timoun nan… lontan lè nou. Lè nou pat ko gen kantin nan gen timoun ki konn vin la, yo konn di vant yo ap fè yo mal. Pafwa se pa vant fè mal yo genyen vrèman, se grangou. Direktè a konn annik pran yo. Nou konn fè ti pate la, ti marinad, nèke pran yo, voye yo vin manje. Li peye pou yo epi aprè sa ou wè timoun nan ap ponpe nan tout lakou a. Men kounya pa gen sa. Menm ke timoun nan te vini la si paran’l pa ta gentan fè yon bagay bonè pou li. Lè’l vini pase pran yon ti pate kot madan Apòl li manje.

Aprè sa li antre nan sal de klas li. Li chita nan sal de klas li. Men li gen yon espwa lè’l pral fè 10 zè a. Lè’l fin fè nan rekreyasyon yo antre. Epi yo kòmanse ap sèvi yo manje. Men nou paka ba yo dous la. Menm lè manje a ta chanje vrèman, a mwens ke pou yo ta ba yo dous la. Men fòk ta gen yon bagay sèl ladann.

Almathe: Ok, dakò. Mèsi. E nou menm kòm paran lè timoun yo pral lekòl kisa nou ba yo le maten ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: M’se nimewo 6. Depi timoun yo pral lekòl le maten mwen leve bone. Mwen fè yon bagay sèl m’ba li.

Jackly: Tankou kisa?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Wi, yon ti mayi moulen. Mwen fè yon ti espageti ba li.

Almathe: Ok, mèsi. Nimewo 9.

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Pafwa mwen konn fè ti soup pou yo. Gen ladan yo menm ki pa bezwen anyen. Yo di’w ba yo 5 goud yo le yo rive lekòl la y’ap manje.Yo pa konn ret manje anyen.

Almathe: Ok dakò. E ou mnenm nimewo 4 ?

Patisipan #4: Fi; 37 ane; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm, moun pam yo pa timoun piti. Mwen gendwa leve le maten la yo di’m: ‘‘Ou pa bezwen fè anyen pou mwen. Ou met ban’m 10 goud ,15 goud sa ou genyen. Nou prale si pa gen manje. Si gen manje n’ap manje.’’ E konsa.

Patisipan #3: Fi; 55 ane; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 3. Mwen menm sèl ti piti sa ki pi piti. Lòt la se gwo ti matmwazèl, gwo timoun. Depi yo pral lekòl le maten yannik di: ‘‘Manman ban mwen yon ti espageti.’’ Yon ti espageti li ale. Oubyen yon mayi moulen, sam genyen an li pa egzije’m.

Amathe: Ok, dakò.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen menm se nimewo 1. Mwen pa konn fè manje. Tifi a se yon timoun ki gen mès. Li pa manje bonè, bonè.

Almathe: Ok.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Menm lè manje a ou ta fè’l, menm lè’l te pi piti. Ou leve fe manje a pou li. Li pap manje’l. Li pa

renmen manje bonè. Mwen pa leve fè manje pou li. Mwen pa leve bonè le maten pou fè manje. M’bal sam genyen. Sam genyen mwen ba li. Si’m pa genyen li vini nan lakou gran paran.

Almathe: Ok mèsi. Daprè nou menm kòm manman èske nou twouve kantin skolè a ede nou nan fason ekonomimank ? Nan ki sans, nimewo 6?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Koman fèl ede nou ? Si tankou la mwen gen 6 timoun si’m ta ba yo chak 25 goud, kounya la yo tap 30 dola.

Almathe: Wi.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Men depi mwen konnen gen manje nan lekòl la, kounya gen manje nan lekòl la, m’ fin ba yo yon ti manje. Mwen bay chak 5 goud. Ou pa konnen rès la ap ret nan menm ?

Almathe: Ok.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: L’ap ret nan menm, paske mwen pap depanse tout. Paske kantin nan itil.

Almathe: Ok, dakò. Pa gen yon moun ki t’ap ajoute yon lòt bagay ? Nan mwayen ekonomik kijan li ede ou? Ou menm ?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Kantin nan ede’m anpil. Le maten mwen gen 3 timoun. Bon, mwen gen yon ti piti a li pap pran 15 goud pou ou le maten.

Almathe: Lè pat gen kantin nan?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi, lè pat genyen’l. Kounya genyen’l mwen konn annik voye’l al kot bèlmè ou. Di bèlmè ou ba ou yon bagay. Mwen voye’ l kot madanm sa m’dil bal yon bagay. Li bal yon bonbon li vire. Gende lè li konn jwenn manje a la li di manman ban’m yon ti veso pou’m pot montre ou kijan manje a gou.

Almathe: Li pote montre ou?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi, li konn pote montre nou kijan manje a gou. Tankou lè e ti bouyon an, li di’m: ‘‘Mwen bwe bouyon an mwen pa manje viv. Mwen pa renmen viv.’’[ Riii ] Gende lè nan ti bòl li pote pou papa’l. Li vin montre’l. Sak nan Nasyonal la depi ou tande li leve le maten, se mwen konn ap kouri deyèl pou ba li yon adoken.

[Bri yon timoun k’ap rele manman.]
Kantin nan ede’m anpil.
Natacha: Men èske kounya nou wè timoun yo plis anvi vin lekòl chak jou?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi chak jou. Pa yo anvi, li enterese. Men sa pa vle konn anyen ditou. Mwen pa konn si se lide’l ki sou manje.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Bon mwen se nimewo 8.

Almathe: Hummm.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Lè timoun yo vin le maten, si yo ta voye tounen petèt swa yo pat vini nan Vandredi. Osinon yo k’ap gen yon ti pwoblèm e direktè a voye yo tounen. Yo pa vle ale yo rete sou lakou lekòl la. Alò, sa toujou konn fèt menm lè gen kantin menm lè pa gen kantin. Timoun nan konnen lè rive paran’l ap kale’l. Oswa yo anreta. Genyen ki anreta depi yo rive sou lakou a la, yo voye yo tounen. Yo maske kò yo. Direktè a depi’l wè yo li fè yo ale. Yo maske kò yo, yo rete. Malgre lè yo rete se pa manje y’ap ba yo pou sa. Men yo konn rete. Sa vle di timoun nan gen yon bagay ki entèrese’l.

Almathe: Ok.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Konsa gen timoun tou li vin lekòl, li pa renmen lekòl. Paran oblije voye’l lekòl paske ou pa ka kenbe timoun nan lakay. Gen timoun ki pa enterese de lekòl. Gen timoun tou depi

wè yo rive bò baryè a. Yo te anreta. Menm lèl, eeee, moun ki nan baryè a li ka fè yo antre nan yon lè ki pa tèlman depase.

Yo konn annik gade yo tounen. Sa vle di ke genyen ki entèrese. Genyen ki pa ki entèrese vre. Mwen menm mwen gen yon jèn ti demwazèl, yon timoun. Li poko gen, se 14 zan li genyen. Li menm depi ou wèl’ leve. Li penyen tèt li. Li abiye’l. Li ale. Mwen menm mwen konn deyò a lè rekreyasyon li pa konn vin kote’m. Se kan li fin manje nan kantin l’ap vin kote’m. Pita mwen ka ba li yon bagay pou’l ka fè manje. Paske mwen menm paka domi san soupe. Paske ou konnen lè ou komanse granmoun ou paka ret san manje. Li konnen li gen yon manje l’ap manje. Manje pa entèrese’l. Li konnen pou’l vin achte bagay. De bonbon, pou’l achte piwouli. Li pa entèrese pou’l tann manje.

Almathe: Ok dakò. Bon, n’ap retounen sou manje frèt. Sou manje ki pa manje kwit ke yo ka bay timoun nan. Kisa ou ba timoun nan ki pa manje sèl nan maten? Kisa sa fè timoun nan ? Eske li deranje timoun nan? Kisa ou ka bal manje ?

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Wi mwen se nimewo 4. Pafwa timoun, lè ou bay timoun nan manje dous granm maten li konn monte vèmin sou lestomak li. Timoun nan gendwa vant li ap fèl mal. L’ap fèl bay flèm. Paske bagay dous la vin boulvèse’l.

Almathe: Hummm

Dous avèk sèl pa janm menm. Li pap ka bon pou timoun nan, pou‘l manje bagay dous la.

Almathe: Ok, dakò. Pa epzanp an nou di le maten si timoun an manje yon bagay sèl, ze yon bagay konsa. Epi nan plas ke yo ba yo yon asyèt manje cho, kounya si yo t’ap ba yo manje yon bagay dous. Kisa nou panse ki t’ap yon bagay dous ki bon nan plas sa pou bay timoun yo ? Nou konprann kesyon an?

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Kisa yo te ka ba yo nan plas kantin nan? Dous li te ka ye ?

Almathe: Wi. Kisa ou t’ap dakò pou yo bay pitit ou ? Si se yon manje dous li ye kisa ou t’ap dakò pou yo bay pitit ou ? An nou di nan maten timoun nan manje yon bagay sèl.

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Nimewo 9. Petèt ti bonbon o mwen, wi. Tankou ti sirèt, lòt ti bagay. Li pap bon petèt yon ti bonbon. Ti bonbon dous petèt. Paske mwen kwè le maten timoun mwen pou yo pa fatige, se sèl si mwen ta fè yon kafe. Men si se tankou ti labouyi yo pap bwè’l. Yo di ou: ‘‘Manman l’ap banm vant fè mal.’’ Yo pap bwè’l. Yo pa renmen’l.

Almathe: Ok, dakò.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 1. Mwen panse yon labouyi, yo ka ba yo. Labouyi avwàn nan plas manje sèl la. Mwen plis kwè se labouyi avwàn yo ka ba yo nan plas manje sèl la.

Almathe: Ok. Ki fri ki gen bò isit la ? Kisa nou fè ?

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Yon bò zoranj. Bò isit la pa gen pòm.

Almathe: An nou retire pòm nan. An nou di lokal. Sa nou genyen kòm fri ?

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Pou yo bay timoun nan le maten se ta yon bò zoranj. Osinon yon fig ou te kapab ba yo. Paske sa yo se pwodwi lokal yo ye. E petèt tou ou ka bay timoun nan yon konfiti avèk pen. Ou kapab ba li. Paske se sa mwen wè ki pi pre le maten pou ta bay yon timoun. Ou pa ka lage yon mango granm manten. Bon, mango manje le maten li pa fè moun anyen. Ou wè yon timoun ou ka ba’l yon mango manje le maten, le swa. Ou ka ba’l manje mango le maten. Èske ou konprann ? Se selon timoun nan.

Almathe: Hummm.

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Ou kap bal manje mango a paske se vitamin. Mwen menm mwen te gen yon timoun, mwen te gen yon mango map ba li’l. Gen yon moun ki di’m ou kapab ba‘l mango. Sa vle di yon moun ki nan afè doktè.

Li di’w ou ka bay timoun nan manje yon mango. Ou pa ba li manje 3,4 mango. Ou ka ba’l manje yon mango. Menm lè’l poko manje li pa fè’l anyen. Eske ou konprann ?

Almathe: Mwen konprann.

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Li ta kapab manje fig le maten.Li sifi li manje yon grenn ze.L’ap manje yon grenn fig. Li pap fè’l anyen paske se yon vitamin li ye. Men afè pou al bay timoun nan dlo sikre. Ji dayè moun pa bwè ji san ou pa manje. Fòk ou manje pou bwè ji. E sam gade gen labouyi si timoun nan bwè’l, li pap fèl anyen. Konsa tou gen labouyi si ou bwè’l li pap fè’l anyen. Mwen menm depi’m timoun mwen fè maladi gaz. Li sou estomam. Ou wè mwen menm si’m leve lè maten se yon bagay sèl pou’m pran anvan. Osinon mwen bwè anpe dlo. Lè’m vini mwen manje yon bayay sèl aprè sa mwen gendwa pran yon bagay dous. Paske sim pran dous la l’ap boule estoma mwen. Mwen pa santi’m byen. Mwen panse timoun nan kapab konsa tou.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Mwen menm, menm nan mache mwen pa wè ni fig, ni zoranj.

Piblik: Riii

Almathe: Ok. Dakò.

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 3.Menm timoun mwen.Tankou korosòl depi yo mi yo manje nenpòt gwo. Yo manje’l jan yo vle. Youn manje, 2 manje youn. Se tonbe y’ap tonbe. Yo vle manje zoranj pafwa konsa. Zoranj dous la pafwa konsa. Pa genyen’l an kantite. Ou ka jwenn yon grenn 2 grenn. Men afè zoranj kòmen .Yo manje sa yo lè yo vle.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Kòm paran pa egzanp. Si pwogram nan ta di konsa ,yon egzanp…

Piblik: Wi.

Almathe: Si pwogram nan ta di konsa kounya nou pa gen chwa. Pwogram nan pa gen chwa se yon manje dous li ka bay timoun nan. Èske daprè noun menm nou tap dakò pou bay timoun nan yon bagay dous. Oswa nou tap di pito yo pa bay timoun nan anyen ?

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Nimewo 9… Almathe: Wi ?

Daprè mwen menm, mwen gen 2 la. Li pa tap bon pou mwen pèsonèl. Pam yo patat manje ditou. Se mwen ki ta pito fè kou’m konnen poum ba yo yon bagay. Petèt sa mwen gen nan Nasyonal anba. Li menm se yon ti gason li ye. Li tap manje. Men mwen gen 2 tifi la a. Yo pa tap manje bagay dous la ditou, ditou.

Almathe: Timoun nan pap manje’l ?
Piblik: Non, non.
Almathe: Ok. Pa gen yon lòt moun k’ap di yon bagay?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Kòm lè y’ap ba ou se bay y’ap bay. Se menm, kòm se bay y’ap bay [Riii.] Moun nan bay sa li vle. Bay pa kout baton. Se bay y’ap bay[Riii.]. Bay pa kout baton. Se bay y’ap bay. Men si se kado y’ap fè ou, w’ap oblije leve bonè pou fè yon remèd sèl pou bay timoun nan[Riii.]. Pase mwen pa jwenn ditou, mwen pito leve bonè mwen bouyi yo fèy sèl [Riii.] Lè li vin sot lekòl, la manje. E bay y’ap bay.

Patisipan #;1 Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: Tan pou fè zero nèt.
Piblik: Riii
Almathe: Depi y’ap bay wap pran.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: O! se bay y’ap ba ou wi.

Piblik: Riii

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Olyem fè zero, mwen pito fè yon o [ Riii.]

Almathe: Ok. Mwen dakò avèk nou. Mwen konprann sa nou di. Mwen konnen ke manje yo se manje lokal yo ye. Èske nou panse si manje yo sot lòtbò l’ap pi bon, ? Oswa manje lokal la, se li ki pi bon ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Manje lokal la pi bon.

Almathe: Poukisa, Nimewo 6 ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Li gen vitamin ladann. Manje lòt bò yo. Kounya gen yon mòd de diri plastik. Espageti plastik la, pap bon pou nou. Manje lokal la ap pi bon.

Almathe: Ok. Dakó. Pa gen moun ki t’ap di yon bagay ankò ? Lè nou di lokal, èske … Piblik: Manje peyi a !

Almathe: Pa epzanp, an nou di lekòl sa la. Ki kote li achte legim yo ? Ki kote manje sa yo soti ? Ki kote yo achte yo ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Nimewo 6. Se yon machin mwen konn wè ki konn pote yo vini. Mwen pa konn kote yo soti.

Almathe: Ok. Èske nou menm nan zòn bò isit la nou gen kantite legim sa yo ? Pou nou ta vann yo avèk lekòl yo pito ? Olye pou y’al pran legim nan byen lwen ? Èske nou menm nou genyen manje sa yo bò isit la ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Nimewo 6. Nou pa gen bagay sa yo isit la. Voye je ou gade pou wè. Se kounya ti lapli tonbe, ki fè ti zèb sa yo pouse la. Pa gen bagay konsa ditou.

Almathe: Ok.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Yo pap jwenn li pre bò isit la.Tankou bannann sa la. Nou konn bagay ki rele lalo ? Nou konn plen lalo la. Nou manje lalo. Fè diri blan. Nou konn plen lalo la. Nou konn jwenn lyann

panye. Nou konn genyen deyè mi sa la. Tou prè nou la, nou konn plante epina. Nan kwen legliz sa la, nou konn simen flè epina. Nou konn al vann pil epina. Men ou konnen depi tan fin pase a, tout bagay an jan ankonbre. Nou pa genyen bò isit la. Nou gen konbyen mwa la nou pa jwenn lapli. Se kounya la l’ap fè ti lapli. Nou gen ti bagay k’ap rejenere.

[Yon moto pase.]

Fòk se nan mache pou al achte.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Bon, pou nou fini, an nou fè ti pale antre nou menm paran. Avèk wòl nou genyen nan lekòl yo. Kòm paran ki sa nou wè nou ka fè, pou nou ta ede pwogram nan mache pi byen pou timoun yo ? Wi nimewo 8.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Nou menm paran, nou te ka ede lekòl avèk kèk ti pwodwi nesesite. Fè bagay pou timoun yo. Menm lè se vann nou te vann yo. Menm lè nou bay. Men li pa fasil kounya, paske nou pa gen lajan. Mwen menm sitou mwen gen kèk ti bagay mwen te k’ap vann. Lekòl la te ka achte’l nan menm. Men pa gen lajan. Pafwa lè ou gen yon ti kòb ou prete nan biwo, depi ou peye yon mwa,2 mwa lajan gentan kraze. Paske komès yo pa gen benefis. Ou achte tankou bonbon sa mwen wè a. Eeeeee, madanm nan lè n’ap vann. Se nou 2 a ki vann bonbon nan lakou a. Gen yon sachè bonbon yo rele kazino.

[ Gen yon gwo bri ki fèt tankou yon sirèn.] Almathe: Padon. Mèsi, ou mèt kontinye wi.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Lè ou achte yon sachè bonbon sa, li vann 12 dola. Si ou pa vann li 2 pou 5 dola ou pap fè anyen. Okontrè, w’ap pèdi sou kòb sou manman lajan an. Aprè sa lòt bonbon an vann 11 dola. Li genyen 12 bonbon. Ou fè 1 dola. Si ou manje youn nan bonbon an ou pa fè anyen ditou. Si ou gen yon timoun ki manje 2 ou pa fè anyen ditou, ditou. Manman kòb la komanse ale.

Men si nou te gen yon lajan pou nou te chita, gen bagay nou te kapab achte. Pou’n ta ede lekòl la men nou pa kapab. Bagay yo an tijan maleze[1] nan men nou. Lè ou gen ti kòb la pafwa ou achte sachè piwouli a. Ou achte’l 43 dola. Ou konn ap fè 4 dola. Men nan 4

dola timoun se ti bèt ki renmen sous. Timoun nan di ou manman ban mwen yon piwouli. Ou ba’l youn, pase pou kite’l al gade bouch. Ou ba’l youn. Kounya ou rete 3 dola. Men gen timoun ki ap mande paran an. Gen timoun ki pap mande. Li veye ou la li pran youn. Li plen kòl bonbon. Lajan ale. Eske ou konprann mwen ?

Mwen avèk dam sa, nou te konn fè pen ak manba. Ou sonje yon lè mwen te gen manba. Yon machann kasav mwen achte kasav poum fè ak manba ? Men ou konnen gen anpil timoun ki pa renmen wayal. Kasav la vin rete li kanni. Se jete mwen jete’l. Nou vin rete konsa tou, nou pa vann pen ak manba a nan lekol la. Li pa preske vann. Mwen te griye 4 mamit pistach. Lè’m wè sa eeee pastè [Riii.] Sa se nèg depi ou wè’l pa gen manba la. La’l nan mache kanmenm, fòk li achte yon bokal manba. Mwen oblije di: ‘’ Bon pastè, bon mwen pase ou manba sa.’’ M’pase’l li. E ou men wa degaje ou avè’l paske yo pa vann.

Se pa achte ou pa ta ka achte. Se bagay ki bon. Si lekòl la, se timoun yo ye petèt se nan maten. Se pa tout moun ki gen kòb pou ba timoun nan. Lè ou vin nan lekòl la ou ta bouyi ze. Li ta manje yon grenn fig. Li tap bon pou estoma’w. Bon li vrèman bon pou pwatrin ou. Men ou paka fè sa. Lè timoun nan parèt la 4 ti pate pou 10 goud. Lè fini li jwenn bon dlo bouyon li bwè. Wè avèk pil ze ou la, se ou men k’ap manje’l.

Hummmm !
Piblik: L’ap ret tann, pou lè plat manje’l la. Gen kèk bagay ou pa ka fè yo.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram: E depi se nan kòb bank ou ye, ou paka fè anyen. Se travay w’ap travay pou granmèsi. Se achte vann. Ou oblije gen kèk bagay ou pa ka achte .

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Kòm paran kòman nou santi nou gen enfliyans sou direktè lekòl yo ? Kòman mwen te ka di sa. Si nou gen yon pwoblèm n’al kot direktè a l’ap tande nou ? Epi pwoblèm nou genyen an l’ap ede nou rezoud li ? Oswa nou panse direktè a l’ap tande ou, men li pa gen anyen l’ap fè ?

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen men se nimewo 4. Direktè a l’ap tande ou . L’ap reponn ak pwoblèm ou .

Almathe: Ok. Dakò. E ou menm madam mwen konnen direktè lekòl pa ou pa isit ?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 3.

Almathe: Wi, nimewo 3.

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Depi ou nan lekòl kay Wilto. Nenpòt pwoblèm ou genyen. Si se yon kòb ou dwe. Ou genyen pou pote ale pou lekòl la. Toutan ou poko bay y’ap mande li. Y’ap mande li. Yo fè reyinyon. Yo kale timoun yo.

Almathe: Kale timoun nan si yo pa pote kòb?

Patisipan #3: Fi ; 55 ane ; Kiltivatè; Moyen 2; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi. Yo kale timoun nan. Si se yon bagay yo mande ou pa bay li. Timoun nan pa konn anyen. Ou pa ta bezwen kale’l. Yo kale’l. Yo kale’l toutotan yo pa jwenn kòb la. Yo fè reyinyon pou yo reyini tout paran. Yo montre ou yo fache anpil pou bay kòb la.

Almathe: Ok. Mèsi. Men, si ou menm ou gen pwoblèm ak direktè lekòl timoun ou kisa ou fè pou rezoud sa ?

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 4. Mwen pa gen okenn pwoblèm ak direktè. Ak pwofesè tou. Sa yo di pitit mwen se wi. Tout sa yo di’m se wi. Yo voye timoun nan tounen pou yon bagay mwen pa genyen’l, m’al nan direksyon mwen bay dat m’ap bay li. Se klè.

Almathe: Ok.

Patisipan #9: Fi; 43 ane; Komès; okenn; 6 timoun; 3 timoun nan pwogram: Mwen menm, tou lè 2 direktè mwen yo se bon direktè.

Almathe: Ok.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès; 4em ane fondamantal ; 6 timoun ; 6 timoun nan pwogram: Mwen menm se nimewo 6. Pa panse kòm men pa opine sou opinyon dam nan. Mwen pa kwè pou moun ta voye timoun tounen, pou ta nan kale elèv la. Timoun yo pa konn anyen. Se ak paran pou jwenn. Mwen gen direktè pam nan la, se bon bagay.

[Gen ti pale anba, anba.]

Almathe: Ok. Mwen konnen nou tout se nan bouk la nou ye. Eske tout pwofesè k’ap fè lekòl andeyò yo se pwofesè k’ap fè kòb yo ye ? Èske yo touche byen ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Pwofesè yo fòk yo fè lekòl. Mwen pa kwè pou y’ap fè lekòl pou’l pa touche. Menmsi se nan prive ou leta. Leta peye kanmenm. Lè mwa li rive. Lè pwofesè a fèk kòmanse li gendwa rale nenpòt 3 zan li pa touche. Tankou mwen konnen gen pwofesè yo fin nome yo. Yo fè 3 zan yo pa touche. Tankou mèt Wilto, dam nan ap pale a. Bon, ap pale se legliz mwen li mache. Mesye sa te rale an pakèt tan yo nome’l direktè anlè Silèg. Mesye sa mwen kwè li rale nenpòt 4 tran. L’ap travay san touche. L’ap travay li pa janm dekouraje. Li pa janm touche. Te gen yon mesye bò isi a yo te nome’l nan lekòl se pat ka Silèg ? [Yon moun touse.] Eeee, Jean Rosnè. Mwen kwè li rale nenpòt konbyen tan. Li pa janm touche. Aprè sa lè yo vin touche. Menm lè yo pat ba yo tout kòb la. Yo ba yo moso. Direktè a paka pa touche.

Pafwa mwen menm genyen pastè Lalann li touche. Tout pwofesè touche. Moun nan pa ta ka ap vin sal rad li. Se bagay lontan ou te konn al nan lekòl Onarak, [Riii.] Ou pa touche. Men kounya nan moman sa li ye kounya. Tout bagay yo vin a jan eklere. Tout pwofesè touche.

Almathe: Tout pwofesè touche ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Men ou konnen, moun nan ap travay l’ap sal rad. Se pa ou ki te voye’l lekòl. Se parann ki fè edikasyon’l. Li paka vin lekòl. Li pa kab ap travay lekòl pou li pa touche. Sa aa vrèman pa gen moun ki pral kenbe sa kòm yon manti. Moun nan touche, li touche pa mwa. Men konnen lè timoun. Mwen menm, mwen gendwa di mwen gen mèt Lalane la a. Direktè Lalane, gen timoun li pran. Se li ki achte inifòm ba yo, (Wi !) achte soulye. Chak ane li konn gen nenpòt 5,6 timoun. Pafwa tou lè paran vini pa kapab. Li plenyen li ta mete pitit mwen lekòl. Mwen ta sesi mwen ta sela mwen pa kapab. Li di ou mèt voye’l, voye’l vini.

E kounya ou pa kapab. E ou menm paran ou te leve ou nan tan lontan. Si ou al lekòl ou fè yon ane lekòl. Aprè sa lòt ane lekòl la. Li santi li paka peyel’, ou chita. Men kounya pa gen bagay sa. Kounya pa gen bagay sa. Direktè a fè tout jan. Tout manyè. Pou’l pran ou

lekòl la. Pwiske la se yon lekòl prive li ye. Se pa yon lekòl leta. Leta rekonèt li. Men li pa yon lekòl se sou leta l’ap touche. Men yo touche, yo touche kòb yo.

Direktè yo tou sa ki ap travay la nou kalifye se bon moun yo ye. Paske yo ka tande nou. Yo ka konprann nou. Paske yo toujou fè reyinyon avèk paran e chak klas yo. Yo gen reyinyon yo. Pou yo fè pou yo ak paran yo. Ki fè lè timoun nan vin lekòl si timoun nan pa aprann. Mwen gen yon tifi la li double 5 emane. Kounya se nan 6 ane pou’l ta ye. Akoz li pap travay se sou brigandaj li ye. Mwen lè’m pran li mwen ba’l kèk bon titi [Kèk pataswèl !] pou’m wè sil ta pase. Paske fòk timoun nan travay pou’l bay randman lekòl. Pafwa pwofesè a ap travay, timoun nan se sou brigandaj li kanpe. Pafwa pwofesè a ap travay timoun nan apiye tèt li sou ban an. Li pa menm ap gade tablo a. Èske ou konprann ?

La se ou menm. Manman timoun nan pa sousye ka manmann li ye. Pwofesè ap travay avèk ou, nòmalman pou timoun nan pase lekòl. Se manman an. Si manman an konn li, l’ap met pitit li devann. L’ap travay avè’l. Si papa konn li, l’ap met pitit li devann pou’l travay avè’l. Pou’l ede timoun nan kontinye avèk sa l’ap aprann nan.

Men si ou pran timoun nan. Lè timoun nan sot lekòl lannik dezabiye’l. Konnen lè timoun nan depi’l lekòl pou panse l’al lakay li wi. Men depi ou wè li fè sa panm yo sone. Yo fè lapriyè. Lè ou gade ou genyen k’ap soti la a. Si se pa noun menm k’ap rele: Anmwey ti gason tann ! Machin te ka frape yo. Pase se lakay yo yo wè.

Men se edikasyon an pou ede timoun nan fòk ou menm, menm lè ou pa konn li se pou fè timoun nan al pran liv li. Depi ou wè sot lekòl ou kite yon ti bagay pou li. Malgre sot la nan kantin l’ap manje wi. Men lè’l rive lakay li ou bal yon ti bagay kounya la ou di: ‘’Dezabiye ou fè yon ti poze pran liv ou.’’ Se nòmal.

Almathe: Dakò. Mèsi, bokou madam. Mwen gen yon dènye kesyon mwen ta vle poze nou. Èske nou menm nou sèvi avèk sms ? Voye mesaj sou telefòn ? Majorite nan nou sèvi avèk sa ? Nou gen yon telefòn Digicel oubyen Natcom, oswa nou ka ekri yon moun voye mesaj bay ? Majorite nou sèvi ak sa ?

Piblik: Wi, wi.

Almathe: Ok. Dakò. Si PAM di pa epzanp, l’ap mete sistèm sa nan tout lekòl yo bay kantin popilè yo. Epi si yon paran li gen yon pwoblèm li ka genyen yon plent li vle pote bay pou pwogram nan. Èske nou menm kòm paran èske n’ap itilize sèvis sa ?

Almathe: Wi, nimewo1.

Patisipan #1: Fi; 34 ane; komès; 8em ane; 2 timoun; 1 timoun nan pwogram:

Si ou gen telefòn ? Lè fini m’pa wè ki pwoblèm ta genyen pou yo rele. Li pa enpòtan.

Almathe: Li pa enpòtan ?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Pa enpòtan ou pa pase moun lòd nan sa l’ap fè a.

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 4. Ou menm paran sa ki pral bay rapò sa. Li pa bon pou pitit ou a pi devan.

Almathe: Ok .Dakò.

Patisipan #4: Fi ; 37 ane ; Komès ; Okenn ; 5 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Li pral fouye kont pou yo konn ki paran ki fè travay sa.

Almathe: Bon, medam m’ap di nou mèsi bokou. Mwen kanpe ak kesyon pam yo la. E nou menm nou kanpe. Mwen pa konnen si nou ta gen kèk kesyon nou ta vle poze avèk nou menm ekip la . Epi si nou pa genyen m’tap di nou mèsi anpil ? Pa gen kesyon pou ta poze nou ? Wi nimewo 8.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Nimewo 8. Kesyon mwen ta renmen poze nou. Mwen sonje madmwazèl Natacha te vini la deja pou pwogram sa deja.

Almathe: Hum, hum

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Men li menm jèn jan sa vini la a. Mwen pa konn si se yon mesye marye si se yon jèn jan [ Riii]. Li pat vini se yon lòt.

Jackly: Alò, se te mesye Pharrel.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Wi mesye Pharrel te vini. Bon, lè mwen pa wè … Kòmsi mwen ta renmen. Paske nou te poze keksyon sa premye fwa avèk blan. Bon, li te di l‘ap retounen, bon nou wè li pa janm tounen.

Jackly: Non, se nou menm. Se menm ekip la, se menm nou menm nan .

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Bon èske se vre sa nou di a ? Èske nou kapab fèl vre ? Sa sak fè kòm mwen wè nou ensiste sou li.

Almathe: Ki sa’l ye?

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Sou afè pwodwi manje sèl. Manje dous. Èske nou ap fè sa vre ? [Riii.] Se sa m’ ta renmen konnen.

Almathe: Pou mwen menm, banm di ou byen. Nou menm sa nou fè ? Nou te gentan di ou sa. (Hum, hum) Nou menm nou travay pou PAM. Kòmsi PAM vini li di konsa ke ou konnen sa se domèn SOCIODIG. Nou bon nan fè rechèch. Nou gen rechèch sa nou ta renmen ou fè pou nou. Poze moun sa yo kesyon sa yo pou wè. Pou tande sa y’ap di epi w’ap ekri rapò. Nou menm sak pase, nou vini nou poze ou kesyon kòm paran. (Wi) Epi nou pral pran doleyans ou. Epi n’ap di men sa yo di. Men sa yo di, men sa yo pa di. Ok ? Tout pawòl ou di yo la yo enpòtan. Tout sa ou tande m’di yo ou wè yo anrejistre. Sa vle di lè nou rive nan biwo nou n’ap gen moun n’ap ba yo koute yo. Moun yo ap tape tout pawòl ki di yo.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Ok trè byen.

Jackly: Sa vle di tou sa ou di yo. Se poutèt sa mwen poze ou kesyon. Èske nou panse l’ap pi bon pou nou ? Èske li pap pi bon pou nou ? Sa vle di ke daprè sa ou di. Se sa nou menm n’ap pote.

Patisipan #8: Fi; 64 ane; Komès; Preparatwa 2 ; 4 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Ok.

Jackly: Men nou menm nou pa le PAM. Se pa nou k’ap fè desizyon yo. Men se poutèt sa nou di ou pawòl ou enpòtan. Dakò ? (Dakò.) Pa gen anyen ankò.

Piblik: Dakò, mèsi. Almathe: Dakò. Mèsi bokou.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #2 KILTIVATÈ DIREKTÈ (KAWOUK)

Clertide Denis
Dat fokis gwoup la fèt: 3/27/2017
Dat transkripsyon: 04/04/2017-04/15/2017

Patisipan:
Patisipan #1: Gason; 53 ane; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #4: Gason; 38 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 7 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #7: Gason; 20 ane; Kiltivatè; 4em ane; 2 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè, pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram

ENTWODIKSYON

Almathe: Bonjou tout moun ! Piblik: Bonjou madam.

Almathe: M’ap di nou tout mèsi pou prezans nou ki la maten an. Non pa mwen se ALMATHE. M’ap travay ak yon fim. Kisa nou fè ? Nou fè ankèt nan tout peyi a. Men pou

le moman nap travay pou PAM. Nou konnen PAM se Pwogram Alimantè Mondyal. Yo genyen yon pwogram kantin skolè kote yo achte manje lokal. Epi yo bay avèk lekòl yo. Pou bay timoun yo manje. Nou menm nou la maten an poun fè ti pale ansanm avèk ou. M’ap kite lòt moun yo prezante tèt yo.

Natacha: Bonjou tout moun ! Piblik: Bonjou ak ou menm tou.

Natacha: Non pa mwen se NATACHA. M’ap travay nan yon fim ki rele SOCIODIG. Men Jodia la nou reprezante PAM, pa bò isit. Alò, nou konn kisa PAM ye deja. Map kite Jacky pale li.

Jackly: Bonjou mesye ! Piblik: Bonjou !

Jackly: Alò, non pa mwen se JACKLY. M’ap travay pou SOCIODIG se yon fim de rechèch. Aktyèlman, n’ap travay pou le PAM. Nou te genyen pou nou te fè ti pale ak plantè yo ki vann avèk ROPANIP. Donk, nou kontan wè nou. Epi nou pral diskite ansanm.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi boukou. Pou nou menm pou nou komanse tou, sa nou ka fe ? Nou ka wè ke nou genyen ti aperèy sa yo. Sa nou fè ke nou vini ak yon seri de kesyon. Nou poze’w kesyon sa yo. Epi tout moun patisipe ansanm. Nou pran rapò ke ou di yo aprè pou nou ale nan biwo nou tande’l. Nou tape yo. Epi nou ekri yon rapò pote bay PAM. Nan rapò nou di PAM: Pou kesyon ou te poze yo men sa nou jwenn. Kòmsi se yon rapò pou nou di’l pou kesyon li te poze yo men sa plantè yo di. Dakò ? (Wi) Se poutèt sa nou wè tout sa yo ouvri. Pou nou menm sa nou ka fe la, pou nou kòmanse. Ou gen yon chif nan men’w. Lè’n poze yon kesyon w’ap reponn li, ou montre chif ou gen nan men’w lan. Pou nou ka konnen kiyes k’ap pale. Ekzateman, sa n’ap fè ? N’ap pase wonn nan epi w’ap prezante tèt ou. Avèk nimewo ki nan men’w lan, w’ap di kiyes ou ye. Kisa ou fè. Ou ka bay yon ti ENTWODIKSYON sou tèt ou. Jis yon ti prezantasyon. Kòm ou wè ke nou gentan fè’l. Mwen ban nou non mwen epi kisa mwen fè. Mwen ap komanse avèk ou, pastè.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok, dakò. Bon, mwen se… Nimewo 6. Donk, mwen se yon pastè k’ap milite dan levanjil. Donk ke, kisa mwen fè ? Se konseye le mond dè pèsonn pou kapab vin jwenn Kris. Afin ke pou yo kapab gen lavi etènèl. Men antouka, mwen fè pati de kiltur. Donk ke, mwen plante diri, bannann. Tout pwodwi ou konnen ke latè kapab pwodwi, (Ok.) gade plizye bèt, zanimo tou, betay eksetera. Men kounyea ke mwen vini, kouyea la mwen travay. Alèt de konkou lòt plantè. Ou konprann ? Menm jan avèk mwen pou yo kapab atire mwen. Donk, pou te kapab ede mwen fè jaden. Paske mwen pa gen ase de mwayen. Menm la sante ke mwen pa genyen. (Ok.) Mwen te kòmanse ap vann PAM depi 2016 nan pwodwi mwen rekolte. Konprann mwen ? Nan marekaj la yo, kòm ke diri. Yo te menm pwopoze otre choz ankò, otre aliman toujou. [Bri zwazo k ‘ap chante.] Yo te mande mayi, ou konprann mwen? Eeeeee papay e ot ankòr[ii]. Konprann? (Humm.) Mwen pat kapab jwenn yo mwen menm. Se pou sèt rezon, donk ke, nou vini rive nan lan 2017 la. Mwen mèt di’w pwodwi yo, rekòlt la pa telman reponn solid. Parapò nou pa gen ase de mwayen. Pou nou travay tè yo. Ou konprann ? Lè se kouraj nou ti lajan nou genyen. Bon, epoutan nou gen reskonsabilite. Pou nou kapab okipe timoun, bagay sa yo. Mete yo lekòll. Swadike, sin te gen yon ti lajan nou pa kapab depanse nèt nan tè. Nou oblije peye lajan pou pitit nou ale lekòl. (Humm, ok) Sak ke nou ta gen bezwen. Si tout fwa ke nou ta jwenn èd…

Jackly: W’ap eskize nou pastè. Nou pral ba ou posibilite pou poze kesyon. Jis fè yo prezantasyon epi kontinye.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6emane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: An, ok. Se sa ke an gwo mwen genyen. Mwen ta kontan ke pou PAM ta ankadre nou. Konprann mwen ?

Almathe: Ok. Mèsi pastè. Nou pral vin sou sa. N’ap jis prezante tèt nou. W’ap jis di nou kiyes ou ye, non, epi kisa ou fè.

Patisipan #1: Gason; 53 ane; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Nimewo 1. Kisa mwen fè? Mwen se kiltivatè. Mwen fè tout kalite kilti ak ti gadinaj mwen tou. Riii.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Mwen se nimewo 5. Mwen se kiltivatè vivan pou bay peyi a manje.

Almathe: Ok dakò.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Nimewo 3. Mwen se kiltivatè. Mwen gade ti bèt mwen. Aprè sa mwen pa fè anyen ankò. Se sa senpleman mwen fè.

Almathe: Ok, mèsi.

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Nimewo 4. Mwen se kiltivatè avèk komesant.

Almathe: Ok.

Patisipan #7: Gason; 20 ane; Kiltivatè; 4em ane; 2 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Nimewo 7. Mwen fè kiltivatè ak gadinaj bèt la.

Almathe: Yon lòt bagay n’ap mande nou tou. Èske nou ba nou pèmisyon pou nou ta fè kèk ti foto ansanm. Pandan n’ap fè ti reyinyon sa ?

Piblik: Pa gen pwoblèm. Sa pa ka deranje nou. Sa pa anyen. Depi nou la se vle nou vle la. Nou pa nan diktakti. Dayè se kiltivatè nou ye tou. Se rekolte n’ap rekolte pandan nou nan jaden an. Se travay n’ap travay. Ebyen, ok, dakò. [Riii].

Almathe: N’ap kòmanse, nan zòn isit la ki danre nou plis genyen ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Nimewo 5. Eeeee, lontan pi gwo danre nou te genyen se te pitimi an. (Ok) Men fi a mezi sa vin ale nan men nou. Jan tout moun konnen, nou pap bay manti. Li vin ale nan men nou. Nou pa genyen li ditou. Men nou te vin gen diri a. Se li ki majòjon nou. Paske ou konnen li pran 90 jou, 100 jou 110 jou. Se avè’l nou vire. Men li pat tèlman gen valè lontan. Lè entènasyonal voye diri ba nou, pa nou sanse ke li meprize. Men se ofi amezi li vin bahay, dekouraje. Menm lekòl nou paka peye pou timoun. Lè yo voye yo tounen pou nou. Eeeee, nou te mal òganize nan se sans. Men ofi

amezi bon, PAM vin mete men nan sitiyasyon an ansanm avèk ROPANIP. Vin gen yon chanjman. Men nou fè lot ti bagay wi. Nou sanse tyake. Men pri primodyal lotrefwa se te pitimi. Pou aktyèlman la danre nou genyen k’ap avanse ak nou se diri.

Almathe: Ok, mèsi. Lòt kesyon mwen ta vle poze nou la. Nou tout se manb asosiyasyon nou ye ?

Piblik: Wi, wi, wi.
Almathe: Nan ki asosiyasyon nou ye ?

Patisipan #5: Gason ; 50 ane ; Kiltivatè ; 3em ane fondamantal ; 3 timoun ; Okenn timoun nan pwogram: AJIPOU. Nimewo 5 lan. Asosiyasyon Jèn Pwogresif Oroupe paske li menm li afilye ak ROPANIP. Li entegre nan ROPANIP.

Almathe: Ok, dakò. Èske nou menm nou vann dirèkteman avèk ROPANIP ? Kijan chèn de mache a fèt bò isit la ?

Patisipan #5: Gason ; 50 ane ; Kiltivatè ; 3em ane fondamantal ; 3 timoun ; Okenn timoun nan pwogram: Bon, nan epòk la, toujou nimewo 5 k’ap pale. Pat tèlman gen rantabilite, sezon an pat tèlman bon. Nou bay yon goute. Men nou mande plis ankadreman tou. Pakont, note byen, lòske w’ap vann ak yon enstans men fòk ou gen de rezèv. Plis ke nou pa gen mwayen pou fè jaden, ki dwe fèt. Pou fè plasman pye nou. Se kòmsi nou van zòtèy. Nou kite pye nou. Pakont nou paka vann tout. E manje timoun yo ? Si nou te gen mwayen nan men nou, nou t’ap franchi. Se menm jan si manchin ou gen gaz ou ale nenpòt kote. Men si li pa gen gaz ou fè ti pa sou kote. Se pandan ke nou menm menm, si nou gen ti mwayen nan men nou, nou ka travay.

Nou pa gen ankadreman tou. Se chèf peyi nou yo. Sistèm peyi nou yo. Gouvèneman nou yo pa ankadre kiltivatè yo. Paske nou menm se sak fè nou paka bay peyi a manje. Pou bay peyi a manje men fòk ou gen mwayen pou ta… Agrikilti modèn nan kounyea li paka fèt. Bon, kounyea ak yon zo bwa wou. Depi maten ou pa manje. Pou fè yon ti bagay se ou menm sèl.

Si gouvènman nou yo rantre bagay sa ki rele agrikilti a enpòtans. Premye pri mondyal, premye pri mondyal se agrikilti. Paske tout nèg ki fè entèlektyèl, ki gen doktora. Tout bagay fo’l manje. Si yo te ankadre nou nou t’ap bay plis nou pa t’ap gen pwoblem avèk

PAM. Sa vle di ke nou pa gen rezèv. Lè nou bay ROPANIP yon ti bagay ke’n pa genyen ankò. Nou mande jounen jodia PAM pou’l ta ban nou ankadreman avèk ROPANIP. Pou’n ka fè plis e pou nou vann plis.

Jackly: Ok, dakò. Yon ti presizyon. Madam nan te mande èske nou vann dirèkteman ak ROPANIP ? Oubyen nou pase pa yon lòt asosiyasyon pou nou vann ak ROPANIP ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non, nou pa pase pa lòt pèsonn. Nou vann dirèkteman ak ROPANIP.

[Gen yon telefon ki sonnen.]

Almathe: Yon lòt kesyon sou sa. Nenpòt moun ka reponn. Mete nou alèz. Kòman ROPANIP fè pran pwodwi yo nan men nou?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: ROPANIP?

Almathe: Wi. Kijan chèn de mache a fèt ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon, chèn de mache a, li al sou mache a. Ou ba ROPANIB li dirèkteman. Ou konprann ? Li pa prann mal. L’al sou le mache. (Hum, hum) Li vizite mache a . Men gen yon bagay, lè nou vann nan mache a, pi bon pou nou. Rezon ? (Ok) Diri chodyè a pi rantab pou nou. ROPANIP se solèy. Men li vizite mache a avan li bay yon ti pousantaj, yon ti graten sou pri mache a.

Almathe: Ok dakò. Mwen pa konprann lè ou dim chodyè a, avèk chode a?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Chode a se diri, diri jòn nan.

Natacha: Sak chode a pa pile, li moulen ?

Patisipan #5: Gason ; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon li moulen wi. Sa ROPANIP rekòmande nou an se solèy. Non se menm bagay. Li pa pase nan dife li menm.

Natacha: Se pile, pile ?
Piblik: Non soti blan. Li pa pase nan dife. Menm jan ak mayami.

Almathe: Ok. Dakò. Men gen yon bagay tou, mwen pa konn anyen de diri. M’ap mande nou, pou nou ban mwen plis esplikasyon sou pwosesis la.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok. Nou pa gen pwoblèm.

Almathe: Pou diri chode a. Nou ka esplike kòman pwosesis la fèt? Nenpòt moun ? Kòman nou fè diri chode a ?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Diri chode a se lè ou finn rekòlte diri a. Ou metel lakay ou. Donk ke, ou oblije gen yon gwo doum pou lavel retire labou. Pay pou kapab metel nan chodyè. Pou bouyi li, aprè ou ouvril nan chodyè la. Epi nòmalman ou seche dlo a. Ou vide’l. Ou pasel solèy pou yo kapab sechel. Aprè’l fin seche, wa’l woule li. (Ok) Diri sa li gentan kwit avan ke ou itilize’l pou manjel. Li gentan kwit de fwa. Men li menm. PAM li menm, lè li pran diri a nan men nou. Li mande diri solèy la. Li di ou se tan de solèy pou nou pase li. Ou pase’l aprè tan de solèy ou woulel. Li soti blan. Li soti menm jan ak diri miyami an. La avèk sa, se konsa yo te mande nou li. Men kòm konfrè a te di ou la. Soti la, li pa gen yon lòd ladan li. Lè’l bouyi a ou jwenn plis ladann.
Konprann ? Men lè li pa bouyi a, ou jwenn pe. [Gen yon moun ki di li mwens kraze.] Sa ki vin rive [yon moun touse.] Nou te fè reklamasyon. Konprann ? Ane 2016 la nan mwa Janvye a la, nou te fè reklamasyon. Donk ke, pou yo te kapab wè si yo te ka aroze nan pri ke yo te achte nan men nou an. Pou PAM te kapab ede nou menm kòm kiltivatè. Ak yon ti prè. Konprann ? Nan pri ke yo achte’l nan men nou an. Yon ti kòb ki diferan. Lè fini nou ta renmen ke, pou yo te kapap ede nou menm kòm plantè. Pou te kapab ban nou yon ti prè konprann mwen ? Yon ti prè travay pou nou te kapab travay tè la yo. [Gen yon telefòn k’ap sone.] Paske, si tout fwa mwen te gen lajan. [Kite’l sone moun ap pale.] Si tout fwa mwen te gen lajan. Gen anpil nèg se malere yo ye. Lè yo fin plante diri a la. Yo oblije vin kot yon machann davans. Konprann ? Donk ke, lè yon ti lajan. Depi davans pou yo te kapab manje ak pitit yo. Men pa genyen’l. Men si nou te gen mwayen, nou t’ap achte’l. Chak moun sa yo. Yo t’ap achte ti diri sa nan men’l. Epi si PAM ta bezwen. Konprann mwen ? Yon tòn diri pa ane. Konprann mwen ? Nou ta kapab. Se mwen

menm an premye ki sèvi ak PAM. Ki bay PAM diri avèk lot konfrè yo (Hum, hum). Nou kole tèt nou ansanm, epi nou ba li. Nou gentan bay 2 fwa deja konprann diri. Men rekòlt sa k’ap vini an. Donk ke, Depi davans nou ta renmen ke, pou PAM ta jwenn yon solisyon. Gade kòman li te kapab, pou ogmante ti pri ke li ban nou an. Dònk ke, monchè.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Gen yon kesyon tou. Mwen vle pote yon aksan tegi.

Almathe: Ki nimewo’w?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 5, pou PAM ta ka fè posib pou nou yon imidimèt pou nou. Paske imidimèt la poun kontrole to imidite diri a, kilè li bon pou moulen, kile li pa bon pou moulen. Paske gen lè li kraze nan men nou.

Natacha: Men nou menm nou pa genyen’l?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Nou pa genyen. Gende lè diri a kraze nan men nou. Nou pa konnen. Gende lè nou bal twòp solèy. Lè nou al moulen li kraze. Men nou se ti krib fen. Pakont tou gende lè se achte ou al achte’l, nan men moun nan. Pou konplete pa ou la. Nou fè defisi ladann. Se kòm ti tèt la ou vann ROPANIP. Nou fè defisi. Men si PAM. Si le PAM ta fè. Ta tyeke yon imidimèt pou nou. Pou nou konnen to imidite a. Kilè li bon pou’l ka moulen. Pou diri a ka soti ankè. Paske nou menm, nan lòt enstans yo gen imidimèt. Yo mete’l anba diri a. Yo konn ki degre li ye. Men ki degre li ye, posib pou’l moulen. Lè sa n’ap bay le PAM pi bon diri tou. Yon diri ankè. (Ya !) Men lè se nou menm, paske gen jou solèy la varye sou nou. Li sote. Nou pa konn lèl bon, ak lèl pa bon. Nou fè’l sou chans. (Nou fè’l sou chans ?) pa aza. Sil bon li bon, s’il pa bon…Men pa bon an pa bon pou nou. Dayè tou li kraze tou. E nou paka bay li kraze tou a. E nou an defisi. E ke pou al achte diri a anndan marekaj la. Pou mete’l deyò. Pou fè an pakèt tan ap peye moun ede ou. Lè ou soti pou ou menm, se menm jan tou. Si ou ta ladann yon enstitisyon. Sou soti fòk ou gen moun ki pou kenbe pou ou. (Pou kenbe pou ou ? Fò peye’l. Tandiske, se nan sa w’ap fè la wi. Si ou pa touche ou pap ka peye’l. Kapital ou pral atake. Si ou gen yon kanè. Se li ou pral kraze, pou peye moun nan. Li pap bon pou ou. (Egzateman !). Nou menm an kalite nimewo 5. Mwen menm, mwen mande PAM si pou ta fè nou yon favè an

kalite peyizan. Pou li ede nou jwenn yon imidimèt pou’n ka kontwole to diri a. Varyete a. Kilè gen twòp chalè. Kilè gen mwens chalè, pou’l pa kraze nan men nou.

Almathe: Ok. Dakò, Mèsi bokou. Pou’m tounen sou zafè diri chode ak diri blan, [hum’hum] èske nou vle di nou fè plis kòb nan diri chode a ?

Piblik: [Riii] Egzateman!

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Egzateman! Fasil, fasil.

Almathe: Fasil, fasil. (Wi) E poukisa nan ka sa nou vann avèk PAM. Si nou fè plis kòb nan diri chode a ? Ok 5.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon, eeee. Gen konfrè ki poko konn sistèm nan. PAM ba nou avantaj tou. (Ok). Avantaj PAM ba nou. Paske se pitit nou. Se frè nou, zanmi nou ki itilize’l. Eeee an kalite nimewo 5. Paske PAM e pou nou li fè byen an. Nou oblije fè sakrifis la tou. E ke nou ba li’l.

Piblik: Riii
Almathe: Ok. Dakò.Sonje mwen di nou tout moun ka patisipe. Piblik: Wi. Tout moun k’ap patisipe.

Almathe: Pou’m tounen sou ROPANIP ansanm avèk nou. Kòman ROPANIP fè pran diri a nan men nou. Eske se nou ki leve al pote diri a ba yo. Oswa se yo menm ki vini la, yo vin pran diri a nan men nou ? Kòman pwosesis la fèt ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon, toujou nimewo 5 la. Gen konfrè ki poko konn sistèm nan. Mwen pa pètinan non. An kalite nimewo 5. Eeee yo pote diri a ba li. Men li jere nou nan depa a. Eeeee, s’il ta vini fò ta peye. Li pa kite frè a sot sou nou. Li antann avèk frè a. Pou’n pa pa tèlman foule. Paske fòk se nan kapital la pou yo ta soti. Li sipòte nou. (An, an) moun ki pote’l ba li a.

Almathe: Men se pa nou menm ki potel ba li?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi se nou menm ki pote’l ba li, li jere nou, li jere moun ki vini an yon frè apa sot sou kapital li. Sou kapital l’ap ba li a yo jerel frè potè a.

Almathe: Ok. Dakò. Mwen konprann se nou menm ki pote’l ba li. Men èske gen yon ti asosiyasyon anndan asosiyasyon an. Pa epzanp sa vle di manb komite ki responsab. Depi diri a bon ki pou pran’l. Eske se sou responsablite moun sa yo li ye? Yo pran diri a pou yo pote bay PAM. Oswa nenpòt moun ka fèl avèk volonte pa yo? Nimewo 6 w’ap pran’l.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Men kòman li fè. (Ok. Fè yon ti avanse plis) (Non, ou mèt pale pa enkyete ou pou mwen.). Lè nou fin prepare diri a. Nou fin moulen li. Nònmalman nou rele nèg k’ap travay yo, pou kapab vini. Pou kapab di nou sa pou nou fè. Donk, yo oblije, yo di nou ke kontwole byen. Ba nou sak. Nou kontwole diri a 18 mamit pa sak (Ok). Yo mete’l nan sak. Epi nou menm sa nou fè. Nou rele yon chofè de transpò pou pote’l ba yo. Yo peye transpò a. Men moulen an se nou ki peye’l. Se nou ki moulen li. Peye moulen li. Donk, egal la nòmalman se senpleman voye. Se pri transpò pote ale a. Se li menm senpleman yo bay.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeeee animatris, m’se nimewo 5 lan. Men nou gen moulen. Gouvèneman lakay te ba nou. Se li nou te prevwa fè tout tranzaksyon ladann. Men se yon potè li ye. A konbyen fwa li kraze. Men motè nou korèk. Men èske pa wè nan ajannda yo. Oubyen konsyans pa’w. Yo te ka ede nou. Li mèt se yon moulen. E nou menm nou te ka bay yon pousantaj tou. Li te ka pli fyab. Li te ka pwoteje nou avèk plantè nou yo. Nou rete kwè se pou nou li ye. Se yon moulen kominotè li ye. Se sou gouvèneman Mateli a yo te bay li. Men moulen an bon. Men se yon potè li ye. Plizyè fwa li kraze nan men nou. Men potè a kòb nou fè a li manje’l. Plizyè fwa li kase nan men nou. Li kase ko’w, li kase ko’w.Men sepandan ou bezwen yon pakèt lajan. Men nou pa konnen kijan ou te ka fè yon rapò. Kijan li te ka ede nou avèk moulen. Pou nou te ka jwenn yon lòt sistèm moulen. Men se

pa motè non. Moulen an menm li ta fè. E nou menm nou te ka bay yon pousantaj tou. Kòman li te ka ede nou.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi bokou. Pa gen moun ant nimewo 3, nimewo 4 e 7 ki t’ap di yon bagay, nan tout sa nou sot pale a ?

Patisipan #3: Gason ; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon tout sak di la se sam t’ap di tou nou pa gen anyen. O revwa mèsi bokou.

Natacha: Nou ka pale. Tout sa ou di enpotan. Ok, nimewo 4?

Patisipan #4: Gason; 38 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 7 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 4. Bon, men sa nou vin gade nan plantè yo. Nou menm bò isit la la n’ap plante. Nan plantè yo la gen anpil tè. Pifò tè yo rèt atè. Nou ta travay [Yon moun touse.] Nou pa gen mwayen posib pou nou ta travay tè yo. Menm le PAM te ka jwenn anpil diri. Men twaka tè yo ret atè. Paske moun yo pa gen mwayen posib. Pou nou ta fè entelijans nou travay. Konprann ?

[Bri zwazo k’ap chante, ak moto k’ap pase]

Paske se sa mwen wè nan konsyans pa’m. Nimewo 4. Se sam ka di paske tout tè yo ret atè nèt.

Almathe: Ok. Pa gen pwoblèm mèsi. Eske se nou ki mete pri diri a ? Eske se li ki mete pri diri a ? Eske se nou menm kòm kiltivatè ? Oubyen eske PAM ki di nou menm kòm kiltivatè ki pri pou diri a vann ou achte ?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Kòm konfrè a sot te deja di nou talè a. Yo ale sou le mache yo verifye pri a. Epi nou menm, pri’l vann nan sou le mache a. Yo di nou men konbyen li vann. Yo menm y’ap mete, mete tan sou li. Mamit diri a yo te achte’l ak 30 dola (150 goud.) (Hum, hum). Mamit diri moulen an. Ke mwen menm, mwen te vin fè reklamasyon. Pou di ke bagay yo vin monte. Pou yon moun achte yon bokit diri a vann 70 dola. Pou peye bokit an pay la (bokit an pay la, li poko menm moulen non.) Non se sak fè ke nan moman an. Pa gen okenn resous ditou dan la tè ankò. A Matye ki vini li ravaje. Konnprann? Peyi a pa gen a ryen[iii] di tou. Pa gen aryen kòm resous. Se senpleman ti diri blan yo jwenn nan mache. Menm diri pa nou pa genyen’l [zwazo k’ap

chante]. Lè PAM pral bezwen diri, li pap jwenn. Paske li pral trè, trè, chè. Donk, se sak fè ke nou ta renmen nòmalman ke si nou te ka pote doleyans la. M’di ou kounya la wi 70 dola an pay. Pay la mamit yo. Pafwa machann yo ofri ou 2mamit edmi 3 mamit. Li pa rantab li fè plis pay. Li fè gren. [Anfèt] sa ke nou ta mande depi davans antan ke animatris. Pou yo te ka wè doleyans nou. Pou ye ta kapab di mon chè w’ap ogmante pri ya pou pou nou. Paske pri kounya pa rantab ditou.

Natacha: Ok. Èske tankou nou menm nou fè diri bò isit. [Wi]. Kijan nou fè diri isit la ? Eske se pepinyè nou fè ? Kòman èske se yon angrè nou genyen, kòman semans nou fè ?

[Bay nimewo pa ou a.]

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 3. Se semans nou fè. Sètadi ke nou vini, nou fè semans lan. Kou’l bon nou òganize fè tè a kou li bon nou plante’l.

Natacha: Men nou pa met angrè ladann ?

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Nou pa jwenn angrè a. (Nou jwenn li pa fasil.) Gen defwa fòk nou peye yon machin, nou achte’l jis Deriso. Nan yon biwo osinon nou achte’l jis Miyagwàn.Gende lè tou ou bay yon moun kòb la pote angrè pou sot Pòtoprens (Hum, hum). Se konsa.

Almathe: Ok. Sa vle di ke, fè yon ti kanpe sou sa. Nou nan semans kounya. Ki kote nou achte semans nou menm ? Nou menm ki fèl?

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Semans lan (hum, hum.)

Natacha: Nou menm ki fè’l?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. Talè … Mwen kwè ke PAM te mete ak ROPANIP otrefwa la. Yo te mete, pou yo te kapab rekòmande semans pou nou (Hum, hum.) Men semans lan pat tèlman agreable[2] fyab. Sa fè eke nou oblije pa sèvi avèk semans la li pa bay garanti, li pa garan an pay, men pou. [Gen yon moun k’ap touse] machann yo pa vle prann. (Se machann ki pou ta ba ou avantaj). Ok koute wi. Nou

menm nou pran li pou okipe’l li. Pou nou retire pay ladann. Donk ke, nou pa jwenn ase de kantite pou nou ta bay la. Mwen di ou nòmalman li pa bay garanti. Nou oblije chache lòt varyete nou mete. Nou menm osi nou, nou kapab ale Okay. Gen moun se jis Lartibonit. Yo pran diri latibonit yo vini avè’l. Yo gendwa al chache diri a. Yo pa konn non diri a nòmalman se [ Grenn.] Li gendwa grenn li bon wi.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li pa gen orijin.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ebyen kounya la, PAM te kontre avèk ROPANIP. Gen anpil nèg ki plante diri a. Yo pa jwenn anyen. Diri a pèdi. Donk, jiska prezan gen yon diri deyò toujou yo pa pakab bay li.

Almathe: Ok nimewo 5.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 5 la. Pa kont agronòm nan te pote di…Ou pote yon plan vini. Men sa depan, se menm jan ak tè sa gen bannann. Li ka fè plis ke yon lòt bannann. Men tè a nòmalman premye devwa pou fè, se te vin vizite sòl la. Plante diri a. Men fòk ou ta vini pou verifye varyasyon sòl la. Pou wè a ki tip de varyete ke’l sèvi. Ebyen, sal te ba nou an pa bon. Yo te bay yon L1 avèk yon lòt li te mete sa 10. Se yon lòt li ban nou. Li devye nou nan sitiyasyon an. Li pa bon. Aprè sa PAM te di yo t’ap prete nou kòb. Pou ta fè semans gwoup. N’ap tann le PAM epi nou echwe. Nou vin pa gen mwayen diri vin soti mal. Depi nan semans la. Nou pèdi krab nou pèdi kouray.

Natacha: Ok. Apa de sa, kisa ki konn koz nou pèdi plis diri nan zòn nan ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon eee([angrè a.) Angrè a se youn, epi tankou lè move tan.(Ok). Tankou lè move tan ranblè plen konn tonbe sou yo. Epi nou ret konsa.

Natacha: Pa gen bèt ki manje diri ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: (Wi). Wi. Madan Sara, avèk gende lè gen epidemi rat. Men madan sara

konn fatige nou anpil. Li pran nou anpil tan. Pa mande lè travay se peye ou peye moun. Sa koute nou chè pou nou reyisi jaden sa.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6.(Ok. Dakò.) Donk ke, gen yon bèt ki rele pinèz. Ki toujou atake diri yo. Ki la pandan diri a ap sorti[iv]. Epi nòmalmam li antre ladan li. Yo bwè’l. Yo bwè lèt diri a. Diri a vin soti pay. [Gen kòk k’ap chante.]
Konprann ? Kòm se li menm ki vin plis jwenn. Tankou jan konfrè la di ou la. Tankou rat bagay sa yo. Donk ke, le fè ke, nou pa kapab jwenn sa nou ta dwe jwenn nan.

Jackly: Ok. Dakò. Eskizem yon ti presizyon. Èske nou genyen nan tèt nou, yon plan oubyen yon bagay nou panse nou ka mete ki pou ta detwi ensèk sa yo ? Èske nou genyen yon plan, oubyen n’ap atann nou ak yon bagay ?

Ok. Kisa nou fè pou konbat epidemi sa yo lè nou genyen yo ? Eske nou gen yon plan pou nou detwi yo ?

[Zwazo k’ap chante]

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok. Mwen se nimewo 5. Moun ki gen mwayen an, li achete odsidezen. L’al nan senkonsantren. Li achte medikaman pou’l flite jaden an. Men si ou pa gen mwayen ou bèbè. (Ou bèbè Riii) ebyen se konsa wi. Si pa gen mwayen dayè tou nan peyi serye lè ou ap fè jaden ou sipoze gen kòb jaden an la.Agrikilti pa konn fèt san lajan.

Natacha: Konbyen tan yon diri ka pran nan tè pou’l bon ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Gen plizyè varyete diri. Men genyen ki pran 3 mwa, 90 jou. Genyen ki pran 100 jou. Genyen ki pran 110 jou.

Natacha: Ok. Men li gen yon sezon oswa yon peryòd pou plante diri a? Ou ka plante’l tout lè ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Men atansyon gen yon peryòd de rantabilite. (Ok.) Toujou nimewo 5 lan k’ap pale. Kounya nou nan bon peryòd la. Se prentan an. Men depi nou plante diri

mwa Novanm. Mwa Desanm, e nan livè a. Se boujonnen. E menm boujonnen an depi ou pa gen lajan pou achte angrè. Ou p’ap gen anyen ditou se pou la fòm.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi bokou. Ki nimewo ou genyen ? (Nimewo 1) Nimewo 1 konbyen kòb ou depanse pou plante yon jaden diri pa egzanp ? Ok. Premye kesyon m’ap poze ou sou kantite tè ou plante diri ou menm ? Ou konbyen kawo, ekta tè ou plante diri ?

Patisipan #1: Gason; 53 ane ; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Nimewo1. Mwen pa travay kawo mwen travay ka. (Ok.) Men se an de twa fwa. Pandan ane a la se an de twa fwa paske mwayen an kout.

Almathe: Konbyen kòb pandan ane a ou ka depanse pou plante diri nan tè a?

Patisipan #1: Gason; 53 ane; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram:

Mwen pa fin divize’l. (Ok.) Tanzantan w’ap fè ti moso. E si ou te mete sa sou kaye ou te ka divize’l. Tanzantan w’ap fè moso. W’ap fè ti moso. Mwen pa divize’l.

Almathe: Ou depanse yon 3 mil dola konsa ?

Patisipan #1: Gason; 53 ane ; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Li pa rive tout sa.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li pa 3 mil. Dayè tou, mwen se nimewo 5. E nou menm nou foule. Se demwatye nou travay. [Kók chante]. Pa gen 3 pi. Mèt tè a li menm li egal ak menm vale ou jwenn nan. Se menm valè sa li jwenn tou. Se sak fè fyèl nou pete. Li pa ba ou yon goud.

Almathe: Sa vle di tè n’ap travay yo pa pou nou ? Piblik: Non.Kèk grenn moun.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: (Non. Ou pa gen tè.) Se kèk grenn moun ki gen tè. Mwen se nimewo 5 la.

Kèk grenn moun. Se demwatye. Si ou ta vann 10 bokit diri. Ou gen 5 mwen gen 5. Ou pa banm yon goud. Pa yo fresko ou pa ban mwen. Pa yon dlo. Se sak fè nou nan sitiyasyon sa. Pa mande w’al kay yon machann. Kay machann ou al pran yon aval. Aval la sa vle di kòb diri a sou pye. (Hum, hum). Si bokit diri a t’ap vann aktyèlman 20 dola. Li ba ou ak 10, 5 dola. W’al ponyade tèt ou pou fè jaden an. E sak fè ou nan sitiyasyon an. W’al pran ponya nan men machann nan. Si diri a t’ap vann ak 20 li ba ou li ak 10. Oubyen li ba ou li ak 5. Pou fè jaden moun nan li menm menm li kwaze de bra li. Li konnen l’ap vin rekolte. Ou menm w’ap ou pèdi tout tan ou. Se mouri wi, e mouri n’ap mouri wi.

Patisipan #1: Gason; 53 ane; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 1. Pandan m’ap di ou sa. W’al anjandre tèt ou pou li. Ou fè 10 bokit diri kounya la nan 10 bokit. La li gen 5 bokit pou li. Ou menm 5 pa ou la gentan pase nan tè a ankò wi. Ak kisa ou sòti ou? Pa sòti ak anyen non.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ou pa sòti ak anyen non.

Jackly: Èske se paske nou pa gen tè, oubyen nou pa gen mwayen ? (Nou pa gen mwayen.) Oubyen nou gen tè a la nou paka travay li ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeeeee se yon kesyon de mwayen.Paske si jamè ou son gran don. Ou leve jwenn tè papa ou te kite pou ou. Bon, ou p’ap vann. Ou jwenn ak garanti. Ou pa depanse lajan yo. E kòb ou, ou pran met labank. Ou pap vann èske ou konprann ? Ou jwenn piyay sa. Pou moun ap travay plen pòch ou lajan. Se pran kòb ou met labank Ki foli ou genyen pou ta vann tè. Pou vann tè fòk ou jwenn degoutans. Ou pa gen degoutans.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Bon, pou medikaman, mwen yon tijan vle pale anpil sou pri. Konbyen kòb ou depanse. Pou medikaman konbyen kòb ou depanse. Mwen vle tounen sou pri pou medikaman pou bèt k’ap manje jaden yo. Konbyen kòb nou depanse pou trete jaden yo ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Trè byen animatris.

Almathe: Konbyen kòb nou ka depanse pou trete jaden yo ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok. Nimewo 5 vle reponn ou. Men nou vin pentad. Nou vin gen karaktè pentad tout. (Pentad mawon). Paske ou pèdi ak demwatye. Ou pa gen ankadreman. Bon ou paka jwenn anyen. E tout sa ou pral achte yo. Tout sa ou pral achte detan an pakèt bagay pou flite jaden an. Se sou do ou. Se sou do ou li ye. Ou oblije krab kò ou. Ou pentad kò ou. Ou pa vle envesti twòp. Paske fyèl ou deja ap pete. Deja demwatye ou pa gen moun ki ap di menm. Monchè men yon sachè dlo mwen voye ba ou. Epi pou al achte bagay la. Epi tout garanti a se pou li. Li pa pèdi yon goud ditou, ditou. Sa koz ou fè yon jaden medyòk. Men lè nan men moun nan w’ap pran diri sou pye a. Se pa menm jaden si yo te k’ap ede ou. Pwopriyetè yo menm pa nan bagay konsa .Se dan pou dan, èy pou èy.Li pa konn afè ou. Tout garanti a se pou pwopriyetè a li ye. (Se chita tann.) Se chita tann.

Almathe: Ok. Pa gen moun ki t’ap ajoute yon lòt bagay sou sa ? Lè ou di ede a. Mwen menm, mwen vle pawòl la soti dirèk. Kisa ou ta renmen pou PAM fè ? Di’m bagay la dirèk jan li ye a. Epi nenpòt moun ka ajoute. Wi, nimewo 5. Lè ou di ede a kisa ou ta renmen pou PAM fè pou asosiyasyon an kòm plantè? Di’m bagay la dirèk jan li ye a.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Men sa nou ta vle pou PAM ede nou fè. Leta ede nou fè. Si se yon kredi. (Ok oubyen PAM, leta ayisyen). Se ba nou ankadreman. Paske nou itil peyi a. Paske se nou ki motè peyi a. Yon machin paka mache san motè. Ou met byen brodè la fòk ou manje. Menmsi ou ka pa manje la, men fòk ou manje lè ou soti deyò. Men si pa gen manje a ou pap egziste. Paske palè Nasyonal pa gen jaden se fè li genyen. Se nou ki pou bay peyi a manje. Fòk leta pran ka nou. Li lage nou bredouy. Nou menm se paske se malere nou ye. Nou gen santiman. Ki fè nou pa vòlò. Leta fè pou nou, poun ta vòlò paske li pa ban nou ankadreman. Menm yon chen ou genyen si ou pa pran kal. Kote’l jwenn manje a se la lale. E sak fè anpil moun nou al mouri Sen Domeng. Se afè pa bon. Pran kanntè chak jou w’ap mouri se lavi a ki pa bon. Men o Brezil chaje.Chili chaje. Se sitiyasyon ki pa bon. Nou mande PAM, avèk gouvèneman ayisyen pou’l ba nou kredi. Pou’l ba nou mwayen pou’n travay. Pou’n ka manje tou, mwayen lojman. Fòk pitit nou al lekòl tou.

Almathe: Ok. Mèsi. Apa de kredi ki lòt bagay ? Mwen konnen se kredi , lè n’ap di nan sans de kredi a ki lòt bagay ? Eske gen yon kòb pou yo prete plantè yo? Men apa de kòb sa ki lòt bagay yo te ka fè?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: An kalite nimewo 5. Kwa ke nou pa konn ajannda PAM. Si PAM te ba nou yon tablo nou t’ap deside. PAM pa ba nou tablo. Se ede l’ap ede nan sans sa a. Paske nou gen pwoblèm. Nou gen plizyè pwoblèm. Kwake se nan pwodwi lokal li ye. Sa nou fè? Si PAM te ba nou yon tablo. Nou t’ap chwazi ki pwoblèm nou plis pase.PAM konn pwoblèm nou pase nou. PAM konnen nan ki sitiyasyon n’ap viv. Nou la.

Almathe: Ok dakò mwen konprann. [Kòk chante.]

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. (Hum,hum). Mwen vle sipote sa nimewo 5 lan di an. Kòm konfrè a di an. Nou bezwen yon prè. Pou t’ap kapab ede. Din pa la ankò. Donk ke, ki fè plis dega ladann nan jaden yo ,lè nou ap fè yo. Nou pa gen materyèl pou nou fè jaden yo. Tankou la nou pa gen motokiltè.

Almathe: Okeee.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Konprann mwen? (Hum,hum). Donk, soti la se yon endikap mwen ye. Pa rapò ak maladi mwen. Mwen gen 2 zan edmi malad. Donk ke, kounya mwen pakab sipòte aryen. Mwen paka fè aryen. Sim pa gen lajan gen defwa mwen gen yon jaden la. Pou’m fè’l m’ap depanse nenpòt 1400,1800 dola pou’m fè jaden an. (De mil dola) 2000 dola wi. Se konbit n’ap fè. Konprann mwen? Achte jounen. Men kounya la ou wè mwen te gen yon ti bout eskwat w’ap bay la. Yo dim 20 dola tèt ye. Nan 3 zè de tan wi 20 dola wi, pou nou bay. Pou nou kapab fè jaden an 3 zè de tan wi. [Bri moto k’ap pase.] (2 zèd tan ).Ok. De zèd tan edmi yo ba nou. Men si nou te gen materyèl. Si nou te gen materyèl egal la. La mentnan, nou rele operatè vini fè jaden an pou nou. Nou fè pri avèk li. Jaden an gentan fin fèt. Nan yon joune. Demi joune. Li sifi pou nou ta fè nenpòt kantite jaden. Men lè w’ap achte eskwat lèm di ou sa, 2000 dola. M’ap depanse mesye lèm di ou sa. Donk, pou’m fè jaden sa wi. Chak rekòlt diri a. Pou’m rekolte’l se lajan wi. Kòb pou’m met deyò wi. Fè gwo manje. Kòm etan done ke, kòm se jaden mwen. Se tè mwen, egal la se pa asosye. Se sa ki fèm fè jaden.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, fòm di ou sa tou depans nou fè a. An kalite nimewo 5 k’ap pale. Ou

konnen nou menm se avèk wou a nou bal 3 vire. Nou ba li yon premye, ou ba li yon dezyèm, yon twazyèm. Men si te genyen yon machin agrikòl. Li t’ap fè yon sèl pase avèl.

Almathe: Esplikem li mwen pa konprann?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nou ba li yon premye koupe pou’l pouri. [Ou chavire tè a fas anba]. Ou chavire tè a fas anba. Kounya la ou bal yon dezyèm ankò pou’l lache li. Men tankou yon sòs pwa w’ap fè. ou bal yon premye pile. Yon dezyèm. An aprè ou bal yon twazyèm nan. Tandiske si ou te gen kijan yo di sa [blenndè] ak yon blenndè se blouuu [yon sèl pase]

Natacha: Tankou tè sa la li gen dlo ? Piblik: Wi.

Natacha: Nou plante diri ladann ? Lè diri a bon nou rache’l ? Sou konbyen tan ou ka fè pou replante diri a ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Depi ojoudwi mèm.[v]

Natacha: Men nou pa bezwen vire tè a jan ou di a ?

Piblik: Non men fòk li pouri.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Si se machin agrikòl ou ka tou virel la, ou fè pepinyè ou pap pran tan. Sa ap pran tan pou fèl paske ou menm se vire wap vire’l.

Almathe: Ok. Dakò. Ban mwen fè yon ti rale sou sa padon wi [en en] Mwen pa konn anyen nan pwodiksyon diri a mwen di nou sa [pa gen pwoblèm]. Lè nou di pou’l pouri a, kisa nou di ki pou pouri a ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Tè a. (Ok). Menm jan ak yon mango mi. Wap wè yon mango vèt li pa menm ak mango mi a. Wap wè mango mi an pi delikat. (Lèl vèt la li fè plis efò)

Almathe: Ok. Dakò.Epa nou pa janm pale mesye mwen pa konn poukisa. Mwen pa renmen sa, tout sa nou di bon. Fòk nou pale, paske mwen bezwen detay yo. (Yo kite nimewo 5 ap pale toutan.) [Riiii ak pale anpil]

Patisipan #4: Gason; 38 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 7 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se …(Hum,hum) .Lè pou tè a pouri a se menm jan ou taye jòn yo. Ou lage’l sou tè a. Ou taye jòn yo ou lage’l sou tè a. Jòn sa yo pase anba tè a. Kounye a jòn nan vin dekonpoze ansanm avèk tè a. Kounya ou vin rebwase tè a. Kounya ou pwal sou peryòd ou nan pike diri. Kounya la ou bwase tè sa ankò. Ou kite’l atè. Kounya la tout ti raje kòmanse dekonpoze ankò, li repouri ankò. Kounya twazyèm bwase a se pou pike diri [trè byen sa.] Yon twazyèm se pou pike diri. Lè sa a tè a vin jan ou bezwen’l lan. Ou vin jwenn li tankou yon labouyi. Epi kounya w’ap mache w’ap pike diri a.

Natacha: Hum, hum ok.Eske se sa nou te ka rele’l fimye a ?

Piblik: Wi.Li fè fimye tou wi. Men pay la pa boule. Nou pase’l pay anba tè a.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, pou konklizyon an kalite nimewo 5. Lè se ak dwèt nou n’ap foure’l nan tè a li paka di.

Almathe: Se sa mwen ta pral mande nou wi.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Paske li paka di. Tankou la si w’ap foure dwèt ou la. Ou p’ap gen sa yo. Li ka manje dwèt ou wi si tè a pa likid. Do tè a ap manje tout sa yo. [Li pa likid]. L’ap manje’l, l’ap manje’l nèt. Ou pap ka travay ankò. L’ap dekale’l nèt. Men lè ou lache’l la epi foure’l dwèt ou antre. Li pap gen bagay ki pou manje dwèt ou.

Almathe: Ok. Tout pwosesis sa konbyen tan li ka pran kounya a?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Pwosesis la, sa pral depann de mwayen yo kounya. (Hum). Ou paka achte, moun pa gen mwayen. Se sèl ou menm. Kounya travay sa ou akonpanye la. Nou tout ap fè li. L’ap fèt pi vit. Men si se sèl ou menm ou depoze sa ou pran sa. Ou depoze sa ou pran sa. Ou fè plis tan. Pliske ou pa gen mwayen. Se sot nan sa al nan sa a. Gen moun

ki gen mwayen 3 jou li fini. Li fin fè jaden an. Epi ou menm ou k’ap fè 2 semèn,3 semèn se sèl ou menm. E moun nan pap vini la pou ou san manje.

Almathe: Kòman nou rele moun sa yo ki vin travay pou nou yo ? Konbyen kòb nou peye yo ?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Jounalye.

Almathe: Jounalye. Konbyen kòb nou peye yon moun konsa?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Lontan li te 10 dola, 15 dola. Kounya se 20 dola. Pou 2 zè tan edmi (2 zè tan) 2 zè de tan edmi.si moun nan se moun pa ou la ba ou 3 zè tan. Fòk ou bal kòb li sou plas.

Piblik: Sou tèt lonbrit ou wi. Fòk ou ka di moun nan men lajan’l. Aaaa. Riii

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: E nou menm, an kalite nimewo 5.Ou ka madanm mwen. Ou pa jwenn anyen ditou wi. Se bwa ou kwaze wi lè ou fin vann diri an.

Almathe: Ok. An palan de sa tou. Ki wòl madanm nou jwe nan pwodiksyon diri a ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ebyen lè nou pa tèlman dwe, depi ou jwenn yon de twa bokit li chode’l l’al vann. Pou lekòl timoun yo. Gende lòt jou madanm nan se bwal li kwaze. Riiii

Jackly: Ki nimewo ou? Nimewo ou zanmi’m.
Patisipan #7: Gason; 20 ane; Kiltivatè; 4em ane; 2 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 7. (En,en) Depi ou dwe lajan pase. Tout bagay fini. Ou a zero.
Piblik: Riiiii

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Gende lè tou fin rekòlte. Lè ou vini se nèg wi w’al bay jounen. Pou bay kay manje wi. Bon, wi ou pa gen resous. (Ou pa gen resous)

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Lè timoun grangou. Lè’l sot lekòl fòk ou bal manje. Fòk ou bay madanm nan manje.

Natacha: Èske nou konn gen agwonòm ki pase nan zòn nan gade tè yo pou nou ? Piblik: Wi Yo pase. Gende lè yo pase nèg yo se fantezis.

Patisipan #7: Gason; 20 ane; Kiltivatè; 4em ane; 2 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Yo te konn plante men kounya la yo pa fè sa ankò.

Natacha: Men nou gen zòn sa la ki fè pepinyè ? Piblik: Wi. Se diri nap pike a wi. E diri n’ap pike.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Banm tounen sou medam yo. Paske mwen travay avèk fanm. Fanm entèresem anpil [Riii] (Se manman nou yo ye tou) Ok. Èske medam yo plante oubyen pike diri tou ? Kisa fanm yo fè ? Nimewo 3.

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 3. Genyen ki konn plante vre. Men kounya yo pa fè sa ankò.

Almathe: Ok.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6.Men pwoblèm ki prezante. Fi la yo, moun nan ap anfante timoun. (Hum, hum) Gen anpil fredite. (Ooo) Li paka antre nan marekaj la poul al travay. Donk ke, moun nan se fi li ye li trè frajil. (Hum, hum) Nou oblije pwoteje yo. Gen fi ki te kapab fèl. Men pou amenaje yo pwoteje yo.Yo pa fè bagay konsa. Fòk se gason an kanmenm ki pou pran fredite. Maten, midi, swa. Konprann mwen ? Se sak fè ke fi yo nou toujou ap pwoteje yo. Yo pa fè jan de pwogram sa yo.

Almathe: Ok.

Patisipan #3: Gason; 62 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 3 toujou. Gen kote fi a paka antre nan marekaj la. (Li twò fon.) Li tèlman fon fi yo paka rantre ladann. Monte desann nan.

Almathe: Ok. Dakò. Wi nimewo 1.
Patisipan #1: Gason; 53 ane; Kiltivatè; Okenn; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram:

Nimewo 1. Ou menm ki gason. [ Riii ] Gen pafwa ou konn antre nan marekaj la. Si ou pa gason ou paka soti non. [ Riii ] Pou fason li fon wi .Ou konn antre ladann ou paka soti non. Se men pou yo ba ou.

Almathe: Pou soti.

Patisipan #7: Gason; 20 ane; Kiltivatè; 4em ane; 2 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Osinon mwen voye yon kòd pou lonje ba ou. Se mizè.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, animatris m’ap jwe kat sou tab avèk ou. Ou dakò ? (Hum,hum) Bò isit la nou gen yon aktivite isit la ki rele ti zangi. Ou tande pale de ti zangi a.

Almathe: Wi mwen konn tande non zangi a. Men mwen pa konnen kisal ye.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Li se yon aktivite ki rantab. Ou pa jwenn nèg ankò pou travay.

Almathe: Èske se ti bèt yo peche a. Epi yo vann ni tou piti a ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok. Kounya la li menm ki kraze agrikilti nou. Se nimewo 5 k’ap pale avèk ou. M’ap ba ou tou bagay an detay nèt. (Wi) Se li ki kraze ekonomi nou nèt nou pa jwenn nèg ankò. Nou menm se ti meprize nou ye ki fè nou la.[Riii] Se ti meprize nou ye sin te gen mwayen nou pa tap la.Tout nèg ki konn travay se lè zangi yo rete.Pou yon sware nèg la ap fè 2,3 ,4 mil dola. Nan yon sware lè yo peche. Genyen ki pa peche, yo peche pou moun. Yo gen aktivite yo, yo menm. Lè konsa se domi y’ap dòmi yo menm. Nou menm nou paka dòmi paske nou gen pwoblèm nou men nou mal plase (Hum, hum) Se sak fè nou izole nou pa jwenn moun (Ok)Se nou menm ki oblije ap redi pou kò nou.

Almathe: Redi pou nou fèl. Pa gen fanm nan asosiyasyon an? Piblik: Wi. Gen fanm.

Almathe: Gen fanm(Wi) ok. Eske se madanm nou ki vann ak ROPANIP? Oubyen nou menm ki vann avèk ROPANIP?

Piblik: Riii. Yo pale ansanm.

Patisipan #4: Gason; 38 ane; Kiltivatè; Preparatwa 1; 7 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 4.Madanm nou vin sou dra.Nou taye diri ., [Riii] Madanm nou mezire diri a. Nou menm sèl bat nou bat diri a.[ Riii ]Li fè kontwòl ak ROPANIP (Ok). Li bay kantite poul bay la. Si nou te gentan dwe lòt machann li bay li. Lè sa ROPANIP pa jwenn tout kantite pou’l jwenn nan. Moun nou t’al pran ti pousantaj nan men’l. Pou nou te ka manje a. Diran n’ap travay la fòk nou ba li’l tou [Riii]

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6.(Hum,hum) Donk ke, mwen menm, pou bò kotem. Lèm rekòlte konsa madanm mwen pran responsabilite a. Men pa pou di ke li pran an chaj. Se nou tou lè de a ki kole tèt nou ansanm. (Hum, hum). Pou fè li mache konprann. ? La kounya la madanm nan bay kouraj pa li. Mwen bay kouraj pa mwen. Epi tou nou mete ansanm. An depi ke de moun ansanm, pa gen youn ki pou ta konprann. Donk ke youn kontre lòt, ke nou gen linite ansanm, pou kabab donk ke avanse.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi bokou wi. Mwen gen yon sèl lòt kesyon m’ap poze nou. Aprè sa n’ap fini. Oswa si nou gen lòt bagay ke nou ka pale sou sa. Daprè nou menm èske nou konprann objektif pwogram PAM sa, nou konprann li ?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6.Nou pa ta kap konprann li san ke, nou pa jwenn yon moun ki pou ta kapab esplike nou li.

Almathe: Men kisa yo di nou sou pwogram sa ?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Tou senpleman yo esplike nou. Di ke se yon ONG ki vini pou kapab bay konkou li an Ayiti. Pou kapab ede timoun lekòl la yo. Pou yo kapab jwenn la

manjay pou yo manje. Pafwa ke timoun nan kapab sot lakay li. Li pa pran aryen. Konprann ? Se sa yo di nou (An an).Donk ke ,kòm mwen pa konn ale swiv. Ni asiste ak reyinyon ke yo fè. Konprann ? Men se sa ke pafwa lè yo vini la. Donk ke, yo di kelke memo sou li. Men yo pa fini di nou , esplike nou li definitif.

Almathe: Wi. Dakò. Èske sa yo di nou se bagay nou menm kòm kiltivatè se bagay nou apresye ? Oswa nou panse pwogram nan se yon bon pwogram ?

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li se yon bon pwogram, paske se ede y’ap ede nou.Sitou timoun nan gendwa soti lakay li san manje.(En ,en). Li rive la jwenn subtans la. Li ede nou. Li ede nou menm kòm paran. Pafwa paran konn pa gen anyen ditou. Konprann ?

(En,en) Pou’l bal timoun nan le maten. Men si li rive lekòl yo pran ka li. Yo ba li manje. Mwen wè se yon bagay li ye mwen menm (Hum, hum).

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 5.(Hum,hum).Pwogram nan pa bon se lèl kroke li pa eteri. Depi pwogram nan ateri sal te di fè a li fèl. Mwen rete kwè PAM fèl. Li fèl nan tout lekol yo la. Bay manje, nan divès manje. Eee mwen menm, nan sans sa si PAM ta gen yon lòt ide toujou. Nou ka pa konnen. Mwen apresye sa (Hum,hum). Paske mwen se yon sitwayen ayisyen. Se pou ayisyen li fè byen an. Li pa al lòt kote ak manje a. Pou pitit nou, zanmi nou, zansèt nou li fèl. Mwen apresye sa anpil.

Almat6he: Ok. Dakò mèsi.

Patisipan #6: Gason; 66 ane; Kiltivatè; Pastè; 6em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Donk ke, mwen se nimewo 6. Donk ke, la avèk sa si se yon pwodwi etranje ki te vini. Donk ke, aprè kèlke tan ke. Ape bay pwoblèm konprann ? (Hum,hum) Maladi bagay sa yo. Men se pwodwi natirèl. Donk ke, nòmalman li achte pou’l bay timoun yo. Donk ke, mwen apresye sa 100% (Ok) Paske nòmalman l’ap ede nou. Li ede nou donk ke, avèk kò nou. Pou sa te plis jayi. Konprann ? (Hum,hum) bò kote nou.Mwen adoptel. Mon cher mwen felisite le PAM pou gran zafè sa. Malgre mwen pa gen timoun. Pitit lekòl bagay sa yo. Yo nan premye, katriyèm bagay sa yo., Men mwen apresye .Mwen gen timoun. Mwen gen vwazen vwazin ki lekòl men mwen apresye’l. Donk ke, li egalman trò zapresye.

Almathe: Ok. Dakò. Toujou sou sa ou di a. Konbyen nan nou la ki gen timoun ki jwenn manje nan kantin skolè ? Konbyen nan nou, pitit pa nou ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: M’ se nimewo 5. (Wi) Men PAM gen yon limit. Li gen yon komin ke li ye.

Natacha: Li pa nan komin bò isit la ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li poko rive .

Almathe: L’ap rive?

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Fòl rive sou nou. N’ap bal manje pou petit Rivyè de Nip. Li poko rive sou nou. (An, an ok). Fò PAM degaje’l rive sou nou. Pase se nou k ‘ap bay PAM manje. Pran sa pou nòt. Riii

Almathe: Se sak fè nou poze kesyon sa wi.

Patisipan #5: Gason; 50 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wiiii, li poko rive. fò PAM rive sou nou Riii. Paske PAM poko pa nou.

Jackly: Ok. Lòt ti bagay mwen ta pral di Nou sanse fin dil pandan nan mo fen yo la. Èske gen plis avantaj [Zwazo k’ap chante] bò kote ROPANIP oubyen plis enkonvenyan ? Pi bon men move kote, men bon kote kisa nou ta di plis. Èske nou tap di tou plis enkonvenyan pou PAM ou avantaj ? Èske nou tap plis felisite oubyen kritike.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 5.Mwen poko wè mwayen. Em poko wè. Mwen poko wè yon sèvo la ki ta bay yon kalkil poun ta kritike PAM. PAM, si yo te konn bay depase 100%, m tap depase PAM. PAM depase pa lè evènman. Paske li ateri nan tout sa l’ap fè yo. PAM debouye’l tout sal di yo li reyalize tout. PAM mon chè kòm pa gen kouròn la, mwen ta ba ou yon kouròn.

Piblik: Tout moun tonbe Riii.

Almathe: Ok. Mèsi. Èske sa vle di ke nou plis anvi vann ak ROPANIP ke nou vann sou mache lokal la?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon sak fè ke n’ap redi sa ankò an kalite nimewo 5. Pliske PAM bezwen yon bagay ki natirèl. Ki san defo, ki seleksyone. [Yon telefòn sonnen]. Mache a bay nenpòt bagay (Hum, hum). Fòm di ou tou. Men diri a konn santi nan mache a. (Ok). Li konn gen move sant lè yo chodel. Sant dezagreab. Yo mouye. Mwezi, vye sant li konn genyen. Menm sant li ou paka pran. Men nou menm nou bay PAM yon bagay korèk. Nou pi renmen vann ak PAM paske se pitit frè nou ankò ki manjel (Hum, hum) nou wè li nesesè pou nou vann PAM.

Almathe: Ok. Dakò, m’ap di nou mèsi bokou, yon lòt bagay ankò. Eske bò isit la nou pa manje diri enpote yo ?

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon lè grangou nan kò nou nou pran de kiyè [,Riii.]Se grangou ki fè nou manje’l .Men se pa nou manje. Li pi gou tou.

Almathe: Se pa nou manje. Ok.
Piblik: Tout moun tonbe riii. Se grangou ki fè nou manje’l.

Almathe: M’ap di nou tout mèsi anpil. Mwen konnen si gen yon lòt bagay nou t’ap ajoute ? Nou menm n’ap fini. Gen lòt kote pou nou al vizite. Paske nou gen plizyè lòt kote poun ale ankò.

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon, mwen menm.Sèl sa m’ap kritike nou, eeeeee nou pran nou brèf.

Almathe: Se vre nou pran ou brèf vre. Pou nou ba ou yon bon repons sou sa. Yo sèlman di nou vini nan tèl zòn chache moun. [Aaaaaa]Nou pa gen kontak pèsonn. Se poutèt sa nou pran kontak ou. Ke pwochèn fwa n’ap tounen la ankò n’ap rele ou lè n’ap vini.

Jackly: Depi Potoprens n’ap rele ou. [Ebyen dakò]

Patisipan #5: Gason; 50 ane ; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Se vè 9 vè konsa mwen te wè nou t’ap rele mwen.

Almathe: Wi. Se sak pase nou.
Jackly: Nou gen kèk nimewo nou t’ap rele nou pat ka jwenn yo. Piblik: Annn ok, ok.
Almathe: Se sak fè sa. Men pwochèn fwa li pap fèt konsa ankò. Jackly: Vwala, mèsi, mèsi [mèsi tou.] Nou te mèt al reprann travay. Natacha: Mwen espere youn pwochèn fwa ankò.
Piblik: Wi.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #3 PARAN ANDEYÒ ( CHOLÈT)

Marie Therese Jn Baptiste
Dat Fokis Gwoup la fèt: 03/29/2017
Dat transkripsyon 04/07/2017- 04/17/2017

Patisipan
Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram

Patisipan pwogram

Patisipan Patisipan Patisipan Patisipan Patisipan

#3: Fi; 38 ane; Komès; 3em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan

#10: Fi; 38 ane; Komès; 3em ane fondamantal; 5 timoun; 3 nan pwogram #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram #6: Fi; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 3 nan pwogram #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun; 2 nan pwogram

ENTWODIKSYON

Almathe: Bonswa tout moun !

Piblik: Bonswa, bonswa.
Almathe: M’di nou mèsi. Ta sanble genlè gen moun ki nan do’m. [Riii]
Piblik: Fon ti aranje’n. Fon ti bak. Mete’l konsa. Petèt yo ka chita la. Yo ka chita la.
[Gwo bri chèz ak ban. Epi moun k’ap range ban ak chèz. Patisipan yo ap pale nan sal la.]

Almathe: Ok. M’ap di nou tout mèsi pou prezans nou. Anpil nan nou pat menm konnen nou tap la. Sa vle di ke se yon bagay ou tap fè epi ou kite’l ou vin la. Mèsi anpil ! Non pa’m se ALMATHE. Nou travay avèk yon fim ki rele SOCIODIG. Sa nou fè ? Nou fè ankèt pou plizyè ONG ki genyen. Pou le moman, n’ap fè yon ankèt pou PAM. PAM ki finansye pwogram lekòl kantin skolè ki nan plizyè lekòl ki gen nan komin nan. Sa n’ap
fè ? N’ap pase plizyè kote. N’ap pale a paran yo. N’ap pale a kèk pwofesè lekol. Moun k’ap kwit manje yo. Epi nou gen kèk ti kesyon pou’n poze yo. Sa vle di ou gen yon chif nan men’w. Ou wè NATACHA pran non’w. Li pran chif ou . Gen kèk pwen lè n’ap pale de yo, ou ta vle reponn. W’ap sèlman di nimewo 6. Nimewo k’ap pale. Epi pou nou ka kenbe yo. Epi sa yo nou gen la se pou nou anrejistre pawòl ki di yo. Paske nou menm nou gen yon rapò pou nou bay PAM. Pou’n di men kesyon nou te poze moun yo. Lè nou poze tèl kesyon men repons yo bay. Se poutèt sa nou gen sa yo pou’n anrejistre vwa tout moun k’ap pale yo. Dakò ? Eske nou klè ?

Piblik: Wi, wi.
Almathe: Mwen gentan bay non’m. N’ap bay Natacha yon chans pou’l prezante tèt li. Natacha: Bonswa tout moun !
Piblik: Bonswa, bonswa.

Natacha: Non pa mwen se NATACHA. M’ap travay nan yon fim ki rele SOCIODIG. Ki fè rechèch. Men jodi a nou reprezante PAM nan afè kantin skolè. Nou gen konfrè nou ki se Jackly. M’ap kite’l pou’l prezante tèt li.

Jackly: Bonswa tout moun ! Piblik: Bonswa, bonswa.

Jackly: Non pa mwen se JACKLY. N’ap travay pou yon fim. Jan madan nan te sot di’l la. Se yon fim de rechèch. Men aktyèlman n’ap fè travay la pou le PAM nan kad pwogram kantin skolè a.

Natacha: Nou di nou mèsi. E nou kontan ansanm avè’w aprè midi a la. Pou’n fè ti pale sa. N’ap pale jis pou’n avanse.

Almathe: Epi pawòl, se pawòl w’ap ka reponn tou. Se pa pawòl ki difisil. Bon, pou nou kòmanse, kòm paran nou tout la gen timoun ki lekòl nan lekòl ki bay kantin ? Se pa vre ?

Piblik: Wiii.

Almathe: Kòm paran kòman nou wè pwogran nan ap mache ?

[Vwa timoun k’ap jwe.]

Almathe: Pa bliye moun k’ap reponn nan l’ap di nimewo’l. Epi l’ap reponn. Ou pa bezwen site non’w. Jis di nimewo ki nan men’w lan lè w’ap pale.

Silans… Patisipan pa vle pale.

Almathe: Wi, pa gen pwoblèm non. Nenpòt moun ka reponn. Kòm paran kòman ou wè pwogram sa? Kòman pwogram sa ede’w kòm paran?

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Mwen wè li bon.

Almathe: Wi, nimewo 7

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Wi, li bon. Paske timoun nan gende pafwa, timoun nan sot lakay ou pa ba’l manje. Epi le’l rive nan lekòl a li jwenn manje. Li trè bon.

Almathe: Ok, dakó.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Mwen m’se nimewo 5.(Wi) Manje a itil timoun yo. Li itil mwen anpil. Pase aprè siklòn ki te pase a. Ou konnen gen problèm. Gen mizè pou kounye a. Menm tout jaden kraze pa

gen anyen. Kounya lè timoun nan al lekòl li jwenn manje se byen sa. Men sèl bagay manje a twò piti.

Jackly: Ok. Manje a twò piti?

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Li twò piti. Pase yo bay kantite pou yo kwit. M’tande yon mamit pou 40 timoun. Non, pou 20 timoun. Koupe tèt. Si yon mamit diri pou 20 timoun ? E ou konn timoun andeyò manje anpil. Byen ke bagay la son soutni li ye. Men si yo te ka bay li yon ti jan. Li t’ap pi bon.

Jackly: Le PAM, eskize’m gen yon rasyon alimantè. Sa vle di yo di men kantite diri yon timoun ka manje pa jou. Donk ou menm ou mande si yo te kapab ogmante rasyon an li ta bon. Ou se nimewo 5 ? Ok, pa gen pwoblèm. Eske se PAM ki fè desizyon an oswa direktè lekòl yo ki fè desizyon sa yo ?

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram:

PAM ki fè’l. Chak eeee, chak dènye Vandredi nan mwa yo gen rapò pou y’al bay pou yo. Eske manje a pa kwit plis oubyen on bagay kèlkonk.

Almathe: Ok, dakò.
Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatoir 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram:

Mwen se nimewo 1. PAM bay manje a, gen pafwa timoun nan al lekòl ou gendwa leve kòm paran ou pa gen 5 goud la. Èske yo gendwa voye timoun nan tounen pou 5 goud la pou’l pa manje. Se sèl sa’m wèk gen nan pwoblèm nan manje bò isit la. Depi timoun nan al lekòl ou pa ba’l kòb la yo voye’l tounen pou 5 goud la. Ou gendwa leve on lè’w pa genyen’l. Ou gendwa ba li’l pa mwa. Gon lè mwa rive ou pa genyen’l pou bay li. Fò yo voye timoun nan tounen pou sa ?

Almathe: Ok. Sa vle di ke si timoun nan pa bay 5 goud la. Yo voye’l tounen oswa yo pa ba’l manje ?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Yo pa ba’l manje. Yo voye’l tounen.

[Ban k’ap fè bri nan sal la.]

Almathe: Kóm paran. Kisa ou panse kite ka ranje pwoblèm sa? Pou fè timoun sa jwenn plat manje sa. Menmsi li pa gen 5 goud la ?

Patisipan #3: Fi; 38 ane; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Sa vle di bagay kòb la.

Almathe: Ki nimewo?

Patisipan #3: Fi ; 38 ane ; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Nimewo 3. Bagay kòb la pou yo ta sip[3] pou nou. Paske nou gendwa pa gen kòb la. Nou ta vle manje a pa peye.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Mwen se nimewo 5. M’tounen ankò. Senk goud la se nòmal pou timoun nan ta bay li. Paske se avè’l pou y’achte engredyan pou yo fè manje a. Nou wè lekòl sa, lekòl Mèt Alfred la. Li pa pran senk kòb nan men timoun yo. O kontrè…

Patisipan #3: Fi ; 38 ane ; Komès ; 3 em ane fondamantal ; 7 timoun ; 6 timoun nan: pwogram: Se li ki ede nou.

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès ; 9em ane fondamantal ; 2 timoun; 2 nan pwogram: Se mwen menm ave’l ki bay engredyan an. Donk, ou wè sa’m di’w lan? Nou menm nou kotize. Nou achte’l bay kwit pou timoun yo.

Almathe: Nimewo 6.
Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram:

Men fòk timoun nan ta bay 5 goud la. Oubyen tou nou pa konn kisa PAM te ka fè tou. Pou’l ede nou. Pase yo gendwa pa gen 5 goud la.

Patisipan #3: Fi; 38 ane; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Nou gendwa leve menm 5 goud, nou paka jwenn pou’n achte menm yon pen . Nou gendwa peye pa mwa. Epi lè mwa rive ou pa… Poko jwenn ni pou peye. Yo voye

timoun nan tounen. M’panse timoun nan ka rete lekòl. Ou pa ba’l manje. Men’l paka pèdi jou lekòl la pou sa.

Almathe: Èske se tout lekòl nan zòn nan ki fonksyone konsa ? Oubyen yon sèl? Piblik: Non, non. E pa tout.
Almathe: Se pa tout ?
Piblik: Non, non, non. Se pa tout.

Patisipan #6: Fi; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 3 nan pwogram: E sèl lekòl sa la, ki pa fè timoun yo retounen.

Almathe: Kòman lekòl sa rele?

Patisipan #3: Fi; 38 ane; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Kominotè de Cholèt.

Piblik: Sél lekòl sa la ki bay manje, ki pa fè timoun tounen. Avèk Vizyon Kretyèn de Cholèt.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Apresa, lòt lekòl yo depi timoun nan pa bay kòb la.Yo voye yo tounen.

Almathe: Wi.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Nimewo 8. Mwen tande tout sa moun yo di. Eee mwen felisite Madam Konpa tou. Nou menm, sa nou fè nan lekòl la ? Se mwen ki responsab depo a. ou wè’m jwe anpil wòl ladanl ? Mwen responsab depo. Men yo ban nou yon balans. Se avè’l, a lèd de li pou nou sèvi. Gen defwa ti sa y’ap bay timoun yo, bon, li twò piti. Li pa sifizan pou timoun yo. Sitou jan yo di a. Mwen menm m’konn ap gade. M’konn nan aktivite m’gendwa pa gen 5 goud la. M’gendwa pa gen 5 goud la. Sa ka rive m’pa genyen’l. Mwen menm pafwa m’fè presyon. M’santi si’m wè’m t’ap manje, m’renmen pataje. Pou’m wè’m ap manje pou timoun nan pa manje. M’pa santi sa pa t’ap fè’m byen. Pase nou toujou fè presyon. Nou toujou di fò’w bay, fò’w bay. Men gon sèl bagay tou. Gon seri de paran ki neglijan. Genyen ki

gendwa pa genyen’l wi! Men si’w nan mache chak jou. M’pa di pou genyen’l toutan. Pase lè Agwonòm nan vin kote nou, li di’n: ‘’Fòk timoun yo ta bay dola a’’. Gen defwa vre gen paran ki gendwa pa genyen’l. Depi aprè tan an fin pase a. Paran yo twouve yo an difikilte. Men gen ki koz ki fè nan lekòl yo. Soulye[4] nou di di fòk paran yo ta bay 5 goud la. Men rezon: Moun yo k’ap kwit manje a mezanmi iii. Yo vin la yo fè tout tan an. Pafwa se 5 goud sa nou ranmase. Si se yon ti monnen. Sa se yon sèvis ke yo rann nou. Son ti monnen nou ka di yo, men sa pou achte savon pou yo lave rad yo. Se sa ki fè pafwa nou oblije mande, fòk yo ta bay 5 goud la.

Men si yo pa genyen’l. Nou paka met baton. Pou nou di nou pap ba yo manje voye yo tounen. Paske yo pa di pou yo voye timoun yo tounen. Si yon lekòl chwazi fè’l li voye timoun nan tounen. Mwen menm paran. Gen yon desizyon mwen ap pran. M’ta pral nan lekòl la. M’tap di poukisa nou voye timoun nan tounen ? Men jan ou wè moun sa ki chwazi voye timoun sa tounen. S’il gen manje lakay li ki an gagòt. L’ap manje tout pou kont li. Li pap pataje. S’iw gen espri de pataj, m’pa kwè w’ap voye on timoun tounen. Se bòw yo bòw yon bagay pou bay. Se vre nou mande timoun nan 5 goud lan. Men lekòl ki voye timoun nan tounen an. Mwen menm m’pa renmen’l. Li pa bon, li pa bon. Se tout sa mwen t’ap di nimewo 8.

Almathe: Mèsi nimewo 8. Nou konprann pou 5 goud la anpil fwa paran yo konn pa gen 5 goud la. Pou yo bay li. Men kòm paran. Kòman’w wè ou te ka ede lekòl yo ? Ki kout men ou te ka bay lekòl yo. Nan yon fason pou ede yo. Pou timoun yo te ka jwenn manje a, nan plas ou pa bay 5 goud la ?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Nimewo 1. Mwen m’te bay kout men nan lekòl Presbiteral. M’te fè 1an konbyen 4 mwa. Mwen t’ap bay sèvis ladan’l. Pa pran ni kòb savon ni kòb… Kounya’m vin kanpe m’ pa bay sèvis. M’ fè 1an 4 mwa m’ap bay kouray mwen ladann. M’konn peye pa mwa. Gende lè m’pa gen 5 goud. Dèske’m pa gen 5 goud la. M’pa si pou y’ap voye timoun nan tounen an. Sa banm pwoblèm. Lè’m pa genyen’l lan yo pa sipoze voye’l tounen. E si’m pat bay li ditou.

[Bri nan sal la, timoun ki nan lòt chanm k’ap pale fò.]

Almathe: Bon, ann pran yon lòt pawòl. Kòm paran kòman kantin nan ede’w finansyèman nan kay la? Ki lòt fason ke kantin nan ede’w?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Li ede’m. M’gendwa leve nan maten. M’pa fè mange li rive lekòl la li manje. Ede li ede’m.

Almathe: Konbyen timoun ou gen nan lekòl la ?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatoir 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: 5 timoun. M’gen 5 timoun nan lekòl la.

Almathe: Si’w leve Jodi a ou pa fè manje pou timoun yo. Ou pa gen pwoblèm ou konnen y’ap manje?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Wi. M’pa gen pwoblèm. Dèske’m konnen y’ap manje. Kounya’m pral degaje’m pou apre midi.

Almathe: Avan timoun yo al lekòl le maten. Kisa nou ba yo avan yo ale?

Piblik: Sa’w genyen ou ba yo. Sa’w genyen. Menm son kafe a pen. Gende lè m’fè mayi moulen a fèy ba yo avan yo ale.

Almathe: Se mange sèl nou ba yo. Nimewo 8.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Nimewo 8 la tounen ankò. Gen moun ki dakò pou yo bay kouray yo. Kòman nou ta di? Pou sitou pou afè kantin nan. Men konsa genyen ki pa dakò. Yo toujou met nan tèt yo…

[Bri telefòn k’ap sone.]

Chak mwa ki rive fók yo ta genyen yon ti salè. Gen paran ki eseye konprann li gen timoun li nan… Li gendwa pa gen 5 goud la. Li vini li bay tout fòs li. Nou vin twouve’n nan yon sitiyasyon. Gen moun nan l’ap tann kòmsi chak mwa fò yo ta ba li yon salè. Men lè timoun sa pa peye yo pa bay kòb kantin nan. E nou menm kòman n’ap fè ak moun sa k’ap fè manje a? Li ta vle pafwa bay kouray li. Menm jan Madam nan sot di a, pou’l ta rann sèvis. Rann sèvis sa. Se kominote a ou rann sèvis. Si PAM li menm li rann nou sèvis. Li ban nou manje a. Nou menm paran nou ta ka di bon. Nan sa m’ap kwit la fòm manje ladann. M’ta ka di ban’m bay kouraj mwen. Menmsi m’te ka bay. M’pap panse a pitit ki lakay pitit ki sesi, pitit ki sela. Ban nou, se men kontre. Pase si m’ap bòw… Gen

òganizasyon ki pa dakò pou l’ap bòw, pou pa met swè’w deyò. Fò’w mete’l deyò kanmenm. Pase di l’ap bòw, fòw ka bay yon ti bagay tou. Men sa’m ta wè pou paran. Pafwa k’ap mande kòb. Se sa pou’n ta fè. Paske sa rive nou, pase gen moun nan depi’l rive mwa li pa santi’l alèz. M’pa konnen nou menm koman PAM ap ede nou nan sitiyasyon sa. M’tande kote paran yo pale. Vrèman vre depi aprè siklòn nan. Kisa’w konnen kite pi an favè pou nou ? Bannann, lam veritab la. Yo konn jwenn ni pi fasil lè y’al nan mache. Y’al vann ni, yo ka jwenn 5 goud la trè fasil. Sitou yanm nan yo plante’l tou dlo vini, tout bagay sa yo ale. Moun nan difikilte. Senk goud la ka parèt difisil pou yo. Malgre gen moun ki pral mande. Kòman yo fè manje lakay yo. Li gendwa pa genyen. Men li fon fason pou’l manje. Bondye moutre’l manje kanmenm. Mèsi nimewo 8.

Almathe: Dakó. Mèsi, nimewo 8. Ou gen timoun pavre ? Konbyen timoun ou genyen nan kantin skolè a ?

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Mwen genyen 3. Men m’ap di’w sa. Lé’m te gen a lepòk. M’te toujou… Vwala’m te gen youn se te yon timoun. Yon ti pitit adoptif. Men m’te konn toujou ap peye pou li.

Almathe: Ok.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Pase gon lè gon pwofesè ki te fonw bagay. Sa te tèlman fè’m mal. M’ap peye toutan pou pitit mwen. Li pran manje li ba yo pou yo 2. Mwen di ummh ummh lakay mwen. Mwen swazi bay pitit mwen manje. Yo bay manje a pou yo 2. Sa a m’pa dakò’l. Lè’m te gen 3. Non 4 pitit. Adoptif li pa la. Pi gran ti gason’m nan pa la. Se 2 mwen genyen ki la toujou.

Almathe: Ok. Dakò mèsi. Èske lekòl yo toujou jwenn manje ? Sa vle di ke PAM toujou voye manje pou tout lekòl yo?

Piblik: Wi. Wi, wi. Almathe: Nan sans sa . [Gen yon bagay ki tonbe.]

Almathe: Nan sans sa. Nou ka wè pwogram nan ap byen fonksyone. Nan sans ke lekòl yo toujou jwenn manje. Pou yo bay timoun yo.

Piblik: Wi. Y’ap byen fonksyone.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Wi Madam. Gen yon bagay wi. Lè yo pot viv yo chak Lendi. Lè yo pote viv la. Pou wè mòd ti patat. Ki pap menm ka separe pou 4 timoun. Yo gendwa bay yon ti patat ak yon 6 ti bout yanm. Menm lèw rache bagay sa yo. Met nan yon chodyè, pa menm pou 4 timoun. Tandike gen nenpòt 100 konbyen timoun k’ap manje’l. M’ twouve ‘l two piti. Kou wè legim nan. Yo voye yo di se pou 2 legim. Madi pou legim. Mèkredi pou bouyon. Jedi pou legim ankò. Donk, sa yo voye a menm pou yon jou li paka fè. Men nou menm isi la. Nou reziye nou nou fe’l fè 2. Menmsi sonw ti bagay konsa, men m’pa konnen. Mmm men gon lòt bagay m’te vle di tou. Èske, m’songe lontan gon Pè kite konn bay kantin. Li te rele Pè Ajan. Li te konn bay kantin. Men timoun yo pat konn peye. Men li te konn fonw jan. Nan manje sa yo yap distribiye ba timoun yo. Li te konn ba yo chak mwa on ti bagay ladann. M’pa konnen kisa PAM ka fè nan bagay sa yo.

Jackly: Pou reponn avèk kesyon sa. Se yon sijesyon ke n’ap remèt PAM. N’ap di PAM men kèk sijesyon kèk paran lekòl bay. Se sak fè yo mete aparèy yo la, tout sa’w di …

[Gen yon moun ki touse.]

Tout sa’w di, ou di’l dirèkteman nan aparèy l’ap tepe’l. Yo pral tande dirékteman sa ou di nou. N’ap repòte. Men se sa’w di dirèkteman. Fè komsi se ak PAM menm w’ap pale. Pou di egzakteman sa’w kontan sa’w pa kontan.

Almathe: Timoun yo resevwa yon pla cho chak jou. Se pa vre ? Sa nou rele an Ayiti manje sèl. Daprè nou menm kóm paran. Èske nou panse ke manje sèl la li nesesè ? Oswa gen yon lòt manje li te ka yon bagay dous. Oswa yon bagay frèt ke’w te ka bay timoun yo ? Men nan ka sa tap gen plis timoun. Li tap pi an kantite pou timoun yo te ka jwenn plis. Nou konprann sa’m vle di a ?

Jackly: Banm reprann pou nou. Si nou pa konprann ?

Aktyèlman le PAM bay manje sèl. Diri, etsetera… nan lekòl yo. Daprè nou menm an tanke paran. Èske nou gen yon plan. Oubyen sa’n panse si yo ta vini a yon lòt kalite manje ? A savwa yon manje dous. Oubyen yon lòt bagay nan plas manje a ki tap ka sèvi plis moun e yo tap jwenn plis kantite.

Almathe: Li ka pa yon bagay dous. Li ka yon bagay frèt. Kòm nou konnen nou pran tan pou nou kwit manje sa. Nou bezwen engredyan. Èske ka gon lòt bagay yo ka vini yo te ka bay nan plas sa? Kisa nou panse?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Manje sèl la. Mwen wè’l pi mye ke bagay dous la wi.

Almathe: Nimewo 6, ou pa bezwen souke tèt. Ou ka di ke ou pa dakò. Tout sa’w di enpòtan ?

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès ; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Madam ?

Almathe: Wi !

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès ; 9em ane fondamantal ; 2 timoun; 2 nan pwogram: PAM te di konsa, aprè lè timoun nan fin manje. Chak Jedi y’ap ba yo yon vè lèt. M’wè sa pa janm fèt.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: M’al nan enfòmasyon pou sa m’wè. Sa pa janm fèt.

Almathe: Nimewo 3 sa’w panse?

Patisipan #3: Fi; 38 ane; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Yo te di e chak Vandredi, yo t’ap bay timoun yo lèt la. M’wè sa pa janm fèt.

Almathe: Ok, dakó. Pou afè lèt la nou pako konnen. Nou paka ba’w repons sou sa. N’ap pote rapò a bay PAM. Nan kesyon m’poze a. Pou bay timoun yo manje frèt. Kisa nou panse ? Yon bagay frèt ki se pa yon pla cho. Gen plizyè bagay nou ka bay. Nan zòn bò isit kisa nou fè?

Natacha: Pla frèt la, se pa kòmsi nou kite manje a domi. Nan demen maten nou bay timoun nan. Yon pla frèt tankou’l te ka yon pla fwi. Li te ka genyen fig, anana Anpil lòt bagay ankò.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Pen a manba.

Almathe: Pen a manba, wayal! Egzakteman!

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Èske se machin k’ap pote’l pou timoun yo. Oubyen se moun nan zòn nan.

Almathe: Èske pa gen moun nan zòn nan ki konn fè wayal?

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Wi gen moun nan zòn nan, ki konn fe kasav.

Piblik: Men manyòk la, manyòk la .

Jackly: Eskize wi. Se yon ti presizyon m’ap fè. Nou pa konnen ? Se ou ki pou di sa’w panse. Se yon pwopozisyon n’ap poze kesyon. Ou menm w’ap di sa’w panse kite ka pi bon.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Kasav la nou pa genyen’l la. Nou paka fèl la men gen kote …

Almathe: Kisa nou genyen bò isi ke timoun yo ka manje? Ki bagay nou genyen. Se pa nan dife pou ale pou kwit li ?

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Nou te fè’l, nou te ka fè fig la. Men pa gen bannann bò isit. A tan pase l’ale a, bagay pa gen anyen nan zòn nan.

Piblik: Nou fè yanm. Timoun nan gen dwa manje yon grenn fig. Menm pistach la nou te ka fè manba. Pistach la vin chè pou nou bo isit la. Mamit kale a vann 80 dola miragwan.

Almathe: Ok.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Wi. Eeeee Nimewo 8. Sa nou wè ki enpòtan. Sonw kesyon yo poze nou la. Yo elanse’l ba nou. Pou yo wè ki repons k’ap bon. Sa ki enpòtan. Sa ki esansyèl la. Gen bagay ou gendwa pa jwenn. M’wè manje a li gen anpil valè pou mwen. Paske lòt bagay yo. Yo gendwa pral fè

rechèch lòt kote. Tout bagay yo gendwaaa…Tout bagay yo gendwa pa parèt a tan. Kasav la gendwa pa parèt a tan. Men sa konsekitivman diri a toujou parèt. Yo konn lè’l pare. Depi’l fini yo vini avè’l. Men sa ka rive, ou fè yon kòmann kasav. Ou wè kasav pa vini. Timoun yo ret konsa. Sa’m wè. Mwen wè primòdyal la se manje a. Manje a plis enpòtan. M’pa konnen, n’ap di pla ki fre. Nou ka di lèt si nou di sa. Paske m’wè nou vle rantre nan kontèks la tou. A fè lèt la tou …Nou te ka chwazi yon vè lèt. Pen an m’konnen nou ka jwenn fasil. E si e sa ki fasilite. Nou ka di pou tout timoun k’ap bwè yon lèt. Ap manje yon pen sa sifi. Moun nan pap bezwen vin fè manje pou l’ap plenyen pou bay kòb. Mwen e sam wè ki t’ap plis enpòtan.

Almathe: Sonje PAM, pwogram nan baze sou pwodiksyon lokal. Farin nou fè pen an, li pa lokal. Son farin enpòte li ye. Nou konprann sa m’ap di a ?

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Ebyen si’l pa dakò.
Almathe: Non, non nou pa di li pa dakò non.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Li pale de pwodisksyon lokal.S’il pale de pwodiksyon lokal. Gen kèk bagay nan lokal la n’ap bezwen se imedya. Paske bagay w’ap bezwen yo, fòk yo la chak jou. Konsekitivman chak jou fò yo la. Sa w’ap bezwen yo. Sa’m wè y’ap ban mwen chak jou a. Si’m pa jwenn lót ou konnen se pa li menm pase pito. M’pa konn si tout moun dakò a sa’m di a ? Se pale m’ap pale. Alòs si’m pa jwenn fig la. Matye ale a tout bagay yo. M’gentan konnen m’pap jwenn. Si yo ta di’m anana. M’pap jwenn ni fasil. Pistach. Tande pri mamit pistach moute. Sim pap jwenn sa yo. Sa mwen wè ki pi primòdyal la, se li mwen chwazi. Sa se mwen nimewo 8 la ki pale konsa. M’pa konn pou lòt yo.

Almathe: Ok. Dakó mèsi nimewo 8. Pa gen yon moun ki t’ap di yon bagay sou sa ankò ?

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Eeee, anana son bagay ki frajil. Si timoun nan gen vè l’al manje’l, li kontre a vè a l’ap pike kè’l . Anana…

Almathe: Kòm paran. Èske li nesesè fòk timoun nan manje yon bagay sèl ,avan’l manje yon bagay dous?

Piblik: Wi. Wi, wi, bagay sèl avan. Bagay sèl la pi enpòtan. Almathe: Poukisa?
[ Bri fèy kaye epi silans…]

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Wi. Grann mwen te konn di’m, sitou le timoun nan bwè. Bon, n’ap konpare de remèd avan’w ta manje tout bagay sa yo. Sa granmoun yo fè? Yo bouyi tout fèy melanje ansanm bouyi bò’w bwè. Yo di remèd sa vè pap moute sou lestomak ou. A yon bagay dous li pral fè rankont. Pou’l leve le maten pou’l pran bagay dous. Li pap bon pou’l. Fò’l ta bwè bagay sèl la avan. M’pa konn pou lòt moun.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Pa gen moun ki vle ajoute anyen ? M’pa gen pwoblèm non nenpòt moun . Nou pa pale. Nou pa vle di anyen. Se paran nou ye wi .Si nou pa pale… Ok.

Piblik: Nou la, nou la.

Jackly: Eskize’m wi. Gen yon ti kesyon ki te ka vini avan. M’pa konnen si se bliye animatris la bliye. Avan kantin nan. Kisa nou te konn fè pou timoun yo? Avan kantin nan te vini e pandan kantin nan ? Kòm mwen wè nou te poze kesyon a deja. E kisa nou abitye bay timoun yo pou yo vin kekòl la ? Donk, nou ta renmen gen yon ti diferans lè kantin nan potko vini. Kisa nou te konn bay timoun nan avan l’al lekòl? Fè yon paralèl ak lè kantin nan potko vini ak kounya. Kòman sa ye ?

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Pou fè mange bay timoun nan le maten.

Almathe: N’ap pale lè kantin nan te la. Oubyen lè’l potko la.

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Avan’l te la , nou te konn fè manje. Fè ji ba li . Ba’l al lekòl.

Almathe: Se sa ou te konn fè chak maten pou timoun ou yo ?

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: W., Se sa’m te konn fè.

Almathe: Nan semen nan gen 5 jou de klas. Konbyen jou nan semen nan ou fè manje ? Ou konn fè ji pou bay timoun nan al lekòl ?

Patisipan #7: Fi; 53 ane; Kiltivatè; 3 em ane fondamantal; 6 timoun; 2 nan pwogram: Lè’l pral lekól chak jou. Men depi vin gen kantin nan la, ou fè manje. Li pa ret manje. Si’w gon 10 goud ou ba li. Yon 20 dola, yon 10 dola, ou bay pou kantin nan. Ou bay timoun nan on 10 goud pou’l achte bonbon. Si se lè’w anreta. Ou pa gentan fè bagay sa pou li.

Almathe: Ok. Nou ta vle tande avi yon lòt paran ankò.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Lontan lè siklòn nan potko pase. Ou gendwa leve nan maten. Ou bay timoun nan yon ti remèd sèl. Nou bouyi yon ti bannann avèk sòs aransò ba li. Epi aprè nou fè yon ti dlo sikre ba li. Men delè tou kòm paran. Ou gendwa leve an reta. Ou pa gentan fè manje a. Men kounya kit ou leve bonè. Ou pa leve bonè. Kit gon bagay. Kit ou pa genyen. Ou gendwa tou pran woulib. Ou di:’’ Aaa ou pral manje lekòl la pa pantan pou ou’’. Ou defann ou.

Almathe: Sa fè konbyen ane nou gen kantin skolè nan zòn nan ?

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès ; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Ane sa fè 2 zan .

Almathe: 2 zan. Nou toujou jwenn manje ?
Piblik: Wi. Wi, wi nou toujou jwenn manje.
Almathe: Bò isit la, nou pa vann anyen a pwogram nan? Èske nou vann a pwogram nan? Piblik: Non. Non, non.

Patisipan #6: Fi; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 3 nan pwogram: Mwen menm pèsonèlman, mwen te rive an reta. Mesye Pharrel te pase mwa Doktob. Li

te wè jaden pwa yo te bèl. Li te pran kontak avèm komsi lè pwa yo bon. Li t’ap vin achte a. Yon jou m’pa wè’l. Mwen menm, mwen te gendwa pran kontak avè’l m’ap fè’l konnen. M’ap fè’w konnen. Si’m pou’m pa ta’l vann nan mache. Bon…

Almathe: Èske nou ta vle vann avèk pwogram nan?

Piblik: Wi. Wi, wi.

Almathe: Kisa nou plis fè bò isi a?

Piblik: Pwa nwa. Pwa bè. Epi yo di lè n’ap fè bouyon piga nou met lam veritab ladann. Se nou menm pou fantezi pa nou. Lè n’ap fèl nou mete’l ladann.

Almathe: Èske jan nou wè jan pwogram nan ap fèt la. Y’achte manje lokal. Nou konnen yon bagay manje lokal. Manje peyi toujou pi chè ke bagay ki enpòte. Èske nou panse ke pwogram nan ta sipoze rete nan manje lokal. Oswa nou ta ouvè kò’l nan pwodwi enpòte ? Paske nou konnen manje enpòte a li te ka mwens kòb.

Natacha: Moun k’ap pale di nimewo’w. Youn aprè lòt.

Patisipan #3: Fi; 38 ane; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Manje lokal la t’ap pi bon.

Almathe: Poukisa?

Patisipan #3: Fi; 38 ane; Komès; 3 em ane fondamantal; 7 timoun; 6 timoun nan: pwogram: Paske se manje peyi nou lye li gen plis vitamin.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Manje enpòte a li menm li gen pwodwi chimik ladann. Li pa bon pou sante nou. Manje lokal e li menm ki pi bon.

Almathe: Nimewo 1, ou pa t’ap di yon bagay?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Non.Sa’m ta pral di a li gentan di’l.

Almathe: [Riii] Ok … Nimewo 8 [Riii.] Nou bezwen lè plizyè moun di yon bagay li sonnen pi byen. Ke se lè yon sèl moun ki di’l.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Non. Si pwodwi ki enpòte yo. Sitou si nou ta di nou pa sèvi avèk sa enpòte yo. N’ap di n’ap bay tèt nou manti. Sitou nan kawòt yo chou, si nou di sa, se pwodwi lokal. Men yo gen yon bagay yo mete ladann ki se angrè. Angrè a se yon bagay, li fèt ak pwodwi chimik. Men kawòt, jan Ayisyen renmen kawòt. Bagay sa y’ap met angrè yo. Chou men se angrè yo mete ladann. Èske sa pap gen yon kansekans ladann aprè. Sitou nou menm nou baze plis sou pwodwi lokal. Men onivo yanm yo, gen yanm ki konn pa byen donnen. Yo mete angrè. Kisa m’t’ap di nan bagay lokal yo, ki pa gen angrè? Si’n te ka chwazi m’t’ap di se nan fwi yo. Petèt m’ta di ladan yo. Si’n ta di sa. Sa yo gen bagay pwodwi ladan. Yo tou se bagay enpòte. M’pa konn si diri a se diri lakay li ye. Paske yo bay diri enpòte plis valè ke pa nou.

Se sak fè kilti nou fin ale. E nan afè kontès sa m’te di tou pou manyòk la. Se tanzantan w’ap wè bagay ou te gen nan tè a ap diminye. Gen moun ki di se bagay yo voye anlè. Se sak fè bagay ou te gen nan tè a ki te konn ap pwodwi yo. Ki rann yo diminye. E sa w’ap fè lotre jou. E konfyans ou pa konn ki valè moun ki gen manyòk. M’gen konfyans m’ap jwenn manyòk an kantite. Se konsa nou gendwa nou pa jwenn ni. Sam te bezwen di ankò. Eeee, sitou bouyon an. Nou konn santi sa vrèman fè nou mal. Lè mesye a pote’l. Talè m’panse la, y’ap rele’m li rive sou mwen. Nou konn sèvi avè yo. Menm kawòt la nou konn mete nan bouyon. Yo konn pran nan chou yo yo mete. Kòmsi nou konn fè 3 bagay. Le’w gen yon kantite timoun nan men’w. Swa’w gen 100 timoun. Swa’w gen 80 timoun. Mezanmi pou wè. Madanm nan te di sa deja son ti patat w’ap mete. Timoun nan fin manje li di’w vant li pa plen. Gen timoun ki konn manje lekòl la. Lè rive lakay li, li pa bezwen anyen. Mwen menm m’ap di’w sa san kache’w. M’gen 2 ti mesye la. De timoun sa yo pa jwenn manje. Ou konn wè lè yon ti poul kagou ? Moun ki gade pou’l yo ? Depi’w wè yo kagou ou pa bezwen konn ni 2, ni 3, sa yo genyen. Grangou yo grangou. Men si nou di bagay sa n’ap panse, swa sou kasav nou ban nou. Sa w’ap ban nou an. Yon lè si w’ap panse pou nou. A panse, men sa Medam yo te vle di nou an. Moun k’ap ede nou sitou nan manje yo. Madam nan te di sa kòman PAM ap ede nou jere sa ? Li ba nou degaje nou lè’w wè yon moun nan mizè. Ou ba li ou di’l pou’l ede’w. Men kòman’l pral ede’w la mezanmi ? Li deja moutre’w li pa kapab. Kòman’l pral ede’w la ? Men lè yon moun nan mizè, ou di pou’l ede’w. Kòman li pral ede’w la? Èske nan manje yo voye a

n’ap gen mwayen, pou nou ba yo, yon ti bagay ladann ? Jan Madam nan sot di a. Pou yo kapab lè yo vin fè manje a pou nou. Pou yo pa plenyen. Mèsi se nimewo 8.

Almathe: Dakò. Mèsi bokou nimewo 8. Nou pale nou di bò isi a nou genyen pwa nwa. Epi lam veritab. Gen pwa nwa , gen lam veritab. Èske si PAM ta deside achte pwa nwa nan men nou, kòman’l te ka fè sa ?

Patisipan #10: Fi; 38 ane; Komès; 3em ane fondamantal; 5 timoun; 3 nan pwogram: M’panse jan’l gen komite, k’ap mache achte a. Kòmsi la la jan gen komite paran. Oubyen komite kwizin nan. L’ap pase pa nou. Si se yo 2. Ou 3 moun k’ap fè komite a. Yo pral sou mache. Al pran pri a li menm. M’pa konnen si se PAM. Si se BND ki konn al achte pwa. Pou pote’l ba nou. Nou menm pa rapò a pri li konn al achte la isit. Epi komite sa pral pran pri’l vann sou mache. Aktyèlman la, mamit pwa bè vann 75 dola. Pwa nwa t’ap vann a 70 dola. Li vin moute pase a 80 dola. Si kote’l al achte’l la. Li peye kous li pote’l vini. Se men bagay l’ap ye bò isit la daprè mwen menm.

Almathe: Ok. Pa gen moun ki t’ap ajoute anyen ankò? Madam sa, talè a nimewo 1, pa vre 1 ou te ye ? Ou di konsa ke pafwa yo konn voye timoun yo tounen. Paske’w pa bay 5 goud pou yo peye pou manje a pa vre ? Èske’w sant’iw alèz pou ale kote direktè a. Pou pale avè’l sou sa ? Èske’w janm fè sa ?

Patisipan #1:Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Direktè lekòl la ?

Almathe: Wi.

Patisipan #1: Fi ; 35 ane ; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Non pa janm fè sa.

Almathe: Poukisa ou pa janm fè sa ?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: M’ap fè efò pou’m bay 5 goud la. Paske sa fè 2 ane m’al swiv reyinyon. Kòb sa yo. Yo di sa pou yo fè. Kòman pou yo jere elèv yo. Si mwen menm, m’a anndan’l, ou voye elèv la tounen. M’gendwa, si’m pa janm peye. Ou gendwa voye’l… Men sa ka rive m’pa gen kòb men ou paka voye elèv la tounen.

Almathe: Pou’m klè ansanm avèk ou. Se pa voye m’ap voye’w al kot direktè a. Pou al pale avèl non. M’ap chèche konnen kòm paran. Èske nou alèz. Pou n’al kote direktè a. Si gen yon pwoblèm poun pale ansanm avèk yo. Se sa nou bezwen konnen kòm paran. Èske nou alèz poun fè sa ?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: PAM fè fòmasyon avèk yo. Direktè sa, avan lekòl la ouvè. Yo fè seminè avèk yo. Menm kwizinyè, yo fè seminè avèk yo.

Almathe: Kòm paran, èske’w santi’w alèz. Pou w’al kote direktè a pou pitit ou? Èske’w santi’w konfòtab pou fè sa?

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Wi.Si yo voye elèv la tounen. Fò’w al kot direktè a. Pou konn poukisa sal tounen. Nou toujou al kot direktè a.

Almath: Ok, dakò.

Patisipan #10: Fi; 38 ane; Komès; 3em ane fondamantal; 5 timoun; 3 nan pwogram: Mwen eee m’nimewo 10 . Bagay chwazi paran yo paaa pase. Se manje a, yo neglije bay timoun nan kòb la. Tankou jan Madanm nan sot di la. Le maten mwen menm, pèsonèlman m’gen 2 timoun. Fò’m fè yon pen a kafe ba yo. Paske yo piti. Yo pap ka tann lè manje a kwit. Em gon tifi tou, li deja di’m:’’ Depi’l pa manje li pa pral lekòl la’’. Wi. Li pa prale. Li sètifye’m li pa prale. M’gen yon… Sa vle di m’gon egzijans. M’tal nan komite sa yo fè’w konnen. Paran pa dwe pa peye manje a. E direksyon an pa dwe voye timoun nan tounen. Paske manje a, se pou yo lye. Fòk paran pran resposablite’l peye manje a. Son èd yo ba ou. Men ou menm fòw ankouraje pou manje a peye. Gen moun ki entènize’l pa janm fè yon jès ditou.

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: PAM pa di si paran pa peye, pou pa moute chodyè a. PAM pa di sa.

Almathe: OK, mèsi. Nou prèske fini. M’ap poze yon denyè kesyon sou direktè, oubyen pwofesè lekòl.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Ou mèt poze’l. M’ap reponn ou.

Almathe: Èske pwofesè ki nan zòn andeyò yo touche?

Patisipan #6: Fi; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 3 nan pwogram: Yo pa touche non. Sak fè yo pa touche a ? Sa vin rann yo neglije travay a elèv yo. Yo pa travay avèk yo. Yo pa janm touche.

Almathe: Sak fè yo pa touche?

Patisipan #6: Fi; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 3 nan pwogram: M’pa konnen non.

Natacha: Men ou tande y’ap plenyen de sa yo pa janm touche ?

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Wi. Si nou ta pale pou touche. M’tap di m’pa t’ap janm chwazi, pou’m travay a timoun yo. Lòske’w te pran yon angajman. Lò’w di wi fò wi. Pa pase anyen dèyè’l. Ou te pran angajman ou te di wi. Wasepte pandan ane w’ap travay. M’ap travay a yon klas ki gen elèv. Men m’paka di m’pap vini travay a elèv la. Konsekitivman fòk mwen la chak jou. Pa touche, ni touche tou. Pafwa nou jwenn ti monnen. Pafwa ou gendwa pa jwenn ni. Sa ka rive. Ou paka dekouraje a timoun nan. E pa timoun nan ki gen pwoblèm avè’w. Si yon pwofesè chwazi an tanke endikat. Li chwazi dakò pou’l travay a timoun nan. Li pral di l’ap fè grèv. Ou pa travay a timoun nan. Ou fè timoun nan mechanste. Timoun nan pa konn anyen, nan bagay sa. Moun ki responsab la, ap di men sa k’ap rive wi. Lòt ane jan sa ye m’pap kapab.

Pandan ane a wè si’m ta gen timoun mwen. Pandan ou wè se pwofesè m’ye. M’ta gen timoun mwen ki lekòl. Yon pwofesè ou dakò pou travay avè’l. Ou fèl pèdi ane a. M’ap moutre’w m’pa kontan ave’w. Paske’w te dakò. Si’w pat asepte ou pa t’ap vin travay. Se paske’w te asepte fòw vin travay. Men ou menm e tanke pwofesè, pandan ane sa. M’wè bagay yo pa bon pou mwen m’kanpe. Men si timoun nan rive mezanmi fè premye trimès. Dezyèm trimès. Li fè twazyèm trimès. Li pral rive devan’l petèt li te ka pral fè yon lòt klas. Ou vin pa travay avè’l pa travay avè’l kisa’l fè. Paran an te deja depanse yon kòb pou ane a. Li pa jwenn jodi. Fò’l jwenn ni kanmenm pou’l fè inifòm. Fò’l jwenn kòb pou’l achte soulye fò’l jwenn kòb pou’l achte kaye, liv. Epi antan ke pwofesè ou pa vin travay avè’l. Èske se pa mechanste ou fè elèv la ? Mwen se nimewo 8. Mwen se paran. Mwen se pwofesè 5em e 6em ane. Mèsi.

Almathe: Ok. Pwofesè yon lòt ti kesyon m’ap poze’w pou’m fini. An mwayèn, konbyen kòb yon pwofesè ka touche bò isit la ? An mwayèn, m’pa di egzakteman non. An mwayèn.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram:

Bon, an mwayèn m’ka di 400. Pi fò tou li ka 500, 600. Si lekòl pa gen èd. M’panse l’ap pase kanmenm.

Natacha: Pou tout klas yo ? Oubyen chak klas peye pri pa yo ?

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Chak klas pa pey. Aaaaa bon ok, mèsi [Riii.] Pa gen 4 lekòl ki bò isi a sèl nou menm ki konsa. Pou timoun preskolè yo. Yo ka peye yon ti kòb. Pou lòt klas yo. Sòti 1e rive jiska 6em yo pa peye yon goud. Sèl sa yo peye se kòb fèy. Kòb kaye ak kòb kantin nan. Lè yo mande yo, yo peye. Aprèsa yo pa bay yon goud. Men lòt kote yo, m’konn ee yo pa konsa. Pa gen afè pou w’ap di’m konsa w’ap vin lekòl gratis. Edikasyon pa vann edikasyon pa gratis. E sa’m konnen pou lòt kote yo.

Almathe: Ok. Pou isit la. Se leta ki peye pwofesè yo ?

Patisipan #8: Gason ; 45 ane ; Anseyan, ebenis ; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Non. An kòmse direktè k’ap fè efò pou’l wè sal ka fè.

Almathe: Si direktè a pa touche nan men paran yo, kote’l jwenn kòb pou’l peye pwofesè yo ?

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan,ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Yo pa touche non ,nan men paran. Pafwa se mande n’ap mande lòt enstans. Kòman yo ka ede nou. Timoun nan, lè wè yon bann timoun nan yon savann ap pwomennen. Menm leta ki mete yon edikasyon pou tous. Li rive nan wout. Li rive nan wout li kòmanse moutre’w li bwate. Li responsab 5em, 6em an. M’kwe’l di 2 klas sa yo li responsab. Depi’w di ou responsab timoun yo. A lèd de edikasyon pou tous la, lekòl vin pa peye. Avèk pwogram SIGO. Se a lèd de bagay sa yo. Mete leta pa vin di yo. Yo pa peye. Madanm sa gen 5 timoun lekòl. Si yon lekòl ta di l’ap peye la. Ou konnen sa t’ap vrèman di. Ou gen 5 timoun lekòl. Pou achte inifòm pou fè tout bagay.

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Li t’ap peye wi. Se edikatyon w’ap bay timoun.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Non. Non, non, son egzanp m’pran sou ou wi. Se pa m’di ou pap peye non. Son egzanp.

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: M’tap fè efò.

Almathe: Egzat.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Men kounya di w’ap mete’l la, pou paran ta fè yon ti efò. W’ap tande l’ap di’m:’’ M’ pap voye pitit mwen nan lekòl sa non’’. Paske lekòl sa peye. Menm lè moun nan pran pitit li, al mete’l lekòl lòt kote. Li konnen pou’l peye kanmenm. M’pa konn si’w gon lòt bagay ou t’ap dim ankò.

Patisipan #1: Fi; 35 ane; Komès; Preparatwa 2; 5timoun; 5 timoun nan pwogram: Paran. Si pwofesè a, leta pa peye. Kòman direktè ap fè peye’w?

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Ou pa ka jwenn kòb non. Se sa’m di’w. Ane a ou pa touche se vre. Men ou paka kite pitit moun nan rete nan sa. Ou te fin dakò travay avè’l. E pa vre Madam Konpa ?

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Non. M’pa dakò avè’w non.

Piblik: Non. Non, m’pa dakò non. M’pa dakò ak sa’w di a. Almathe: Ok. Dakò, mèsi nimewo 5.

Patisipan #5: Fi; 45 ane; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: Grangou nan vant pa dous. Ou menm se pwofesè’w ye. Se depi mwad Septanm a Jodi a yo pa peye’w. Èske w’ap vin travay? Mwen m’pap vini.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Madanm Konpa. Madanm Konpa tande m’ap bo’w repons. Wè sa’m di’w la se bagay mwen di’w

klè. Ou wè mwen menm, m’konnen yo reponn. Yo di y’ap ba nou yon bagay. M’konnen m’jwenn ni pandan 2 fwa. M’konnen gen lòt ki pa jwenn ni ditou. Nan kèk lòt lekòl. M’konen m’jwenn ni pandan 2 fwa, men ou konnen nan lòt tan yo m’pa jwenn ni. Men m’vin reziye’m mwen menm. Sa e mwen menm. M pran angajmanm. Pafwa m’konn jwenn lòt aktivite m’fè. M’pa rete sou kondisyon lekòl la. Si moun nan se sèl sou lekòl la. M’dakò avèk ou Madan Konpa. Si moun nan se sèl sou lekòl la li rete. Mezanmi sa vrèman di. M’ap mande paran yo. Kisa n’ap fè ? Si tout pwofesè lekòl ta di yo pap vin fè lekòl. Pwofesè di yo pap fè lekòl ankò. Lè yo rive Tirivyè, Tirivyè pou y’ap travèse dlo anpil bagay. M’santi m’pale sifi m’pa konnen si gen lòt moun. Ou genlè gon kesyon pou mwen m’ap tann ni.

Almathe: Mwen menm. Oou nou menm nou fini avèk kesyon pa nou. M’pa konnen nou te ka bay moun yo, yon 2 minit pou si yo ta gen yon rès bagay yo t’ap di PAM. Nou menm n’ap ba’w posiblite pou pale. Men nou menm nou fini.

Patisipan #8: Gason; 45 ane; Anseyan, ebenis; Reto; 3 timoun 2 nan pwogram: Mèsi dèske ou te asepte tande’m. Mwen kontan mwen di mèsi a Jackly kite vin chèche nou. Pou nou te ka fon ti pale. M’di nou mèsi. Bon kouraj. Se la nou rete avè’w. Nimewo 8 la.

Almathe: Mèsi anpil. Pa gen yon lòt moun ki ta vle di yon dènye mo ?

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: N’ap di PAM mèsi.

Piblik: Mèsi. Ankouraje, mèsi PAM. M’ta renmen pou travay yo rive pi lwen.

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès; 9em ane fondamantal; 2 timoun; 2 nan pwogram: M’ ta renmen konnen aprè manje. Èske PAM pa t’ap ka fè kèk bagay pou nou nan lekòl la ?

Jackly: Pa egzanp?

Patisipan #5: Fi ; 45 ane ; Komès ; 9em ane fondamantal ; 2 timoun; 2 nan pwogram: Tankou ba nou kèk ban. Kèk ouvraj. M’pa konnen.

Jackly: Yo la, n’ap rapòte. An pasan byen ke se vre PAM ap tande sa nou di a. Kisa’l ye ? PAM se Pwogram Alimantè Mondyal. Se bagay mange li plis fè. Sa pa anpeche si PAM

vle. Li ka toujou entèveni. Men PAM se Pwogram Alimantè Mondyal. Le mot de la fin, ok tout moun mèsi. Nou pral klotire.

FEN!

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #4 DIREKTÈ AK PWOFESÈ LEKÒL

Clertide Denis
Dat fokis la fèt: 3/27/2017
Dat transkripsyon kòmanse: 6/04/2017 Dat transkripsyon fini: 20/04/2017

Patisipan

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #3: Fi; 43 ane; Pwofesè; Filo; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram

Patisipan #9: Fi; 31 ane; Pwofesè; Filo; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram

ENTWODIKSYON

Almathe: Bonswa tout moun ! Piblik: Bonswa, bonswa.

Almathe: M’ap di nou mèsi dèske nou vini la. Gen anpil nan nou ki pat menm konnen. Se lè yo vini la. Yo konnen ke gen reyinyon. Mèsi pou prezans nou. Non pam se ALMATHE. M’ap travay ak yon fim. Nou se yon fim. Sa nou fè ? Nou fè rechèch nan tout peyi Dayiti. Men pou le moman n’ap travay pou PAM. PAM anboche nou, pou fè rechèch pou li. Pou nou fè fokis gwoup pou li. Pou afè kantin skolè a. Epi nou gen fokis gwoup n’ap fè. Nou fè ak paran kiltivatè, pwofèse. Epi direktè lekòl. Sa vle di kòm Jackly te gentan di sa nan kòmansman. Sa n’ap fè ? Nou gen kèk pwen nou ta vle debat, nou ta vle tande sa pwofesè epi direktè ap di sou sa kòman kantin ap mache. Kijan pwogram nan ap mache. Tout moun, tout sa ou di vrèman enpòtan. Nou tout la nou ta vle tande ou. E tout moun patisipe. E m’ap kite NATACHA li menm, l’ap prezante tèt li. Aprèsa n’ap pase pou chak moun prezante tèt yo. Ap di kiyès yo ye.

Ok. Mwen di bonswa tout moun ! Piblik: Bonswa, bonswa.

Natacha: Mwen kontan wè nou. Non pam se NATACHA. Jan madam nan sot di a, nou se yon gwoup k’ap travay nan yon fim ki rele SOCIODIG. Men jodi a se PAM nou reprezante nan afè kantin skolè. Nou gen konfrè nou ki avèk nou, n’ap kite’l pou’l prezante’l.

Mwen di nou Bonswa ! Piblik: Bonswa, bonswa.

Jackly: Non pam se JACKLY. Donk, m’ap travay avèk SOCIODIG. Men n’ap fè travay sa pou le PAM. Ki se Pwogram Alimantè Mondyal. Kòm nou konnen li deja. Nou genyen

yon rankont avèk direktè lekòl. [Gen yon moun ki touse] Travay sa se yon swivi ke li ye. Se yon travay ki te fèt depi an Oktòb. Donk, sa se yon swivi. Kote nou pral diskite jan yo di deja. Sou avantaj ta di ak enkonvenyan pwogram kantin nan. E nou lib e libè pou nou di sa ki nan tèt nou. Tout sa nou vle. N’ap pase madam nan pou li kontinye prezantasyon an.

Yon ti bagay wi silvouplè. Nou konnen dèlko ap an tijan fè bri. Si nou te ka pale antijan fò, pou nou te ka tande yo.

Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen di nou bonswa. Mwen se … M’ap travay Nan Lalann e Paskal Nan klas preskolè.

Jackly: Ok. Kontinye?

Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram: Nimewo pam nan se 6.

Almathe: Mèsi.

Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram: Ok. Mwen se… Mwen lekòl la, mwen se siveyan lekòl. Epwi mwen responsab depo kantin nan. Nimewo 10.

Almathe: Mèsi.

Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram: Mwen se… Mwen se pwofesè nan Lalann Pascal. Mwen kenbe klas premye ane. Nimewo 3.

Almathe: Mèsi.
Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram:

Mwen se… Mwen se pwofesè nan kolèj Modèn Epi m’kenbe klas 5em, 6em ane. Nimewo pa mwen se 9.

Almathe: Mèsi.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Mwen se administratè, direktè, fondatè, lekòl Modèn.Nimewo pa mwen se won Riii.

Almathe: Ki nimewo li genyen ? Piblik: wonn[vi] Riii.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… (Gen yon moun ki touse). Mwen se direktè lekòl Nasyonal Kominotè de Fon De Lyann. Nimewo pam se 5.

Almathe: Ok. dakò. Mèsi bokou. Avèk 3 moun sa yo ki se menm moun. Men ou konnen nan lòt lekòl li diferan. Nan chak lekòl yo kòman pwogram kantin skolè a mache. Pa epzanp nimewo 5 kòman li mache nan lekòl pa ou?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon, nan lekòl pa’m nan. Mwen te ka di kantin nan mache byen. Men sof ke gen kèk ti pwoblèm ki prezante (Hum,hum). Pa epzanp, mwen pwoblèm kote timoun ki pa vle bay patisipasyon yo mande a. Pou manje a rive fèt. E nòmalman ou konnen nou paka voye timoun yo tounen pou kòb kantin. Men lòske nou itilze tout strateji timoun yo pa vle peye. E nou konstate gen paran ki pa gen posiblite, pou yo peye pou timoun yo. Nòmalman lekòl mwen an nan yon zòn rekile. Ki diferan pa rapò ak lekòl ki nan vil yo. Gen paran ki anviron, gendwa genyen nenpòt 4,7 timoun nan lekòl la. Lè nou mande yon patisipasyon, yo paka bay li. Sa vin fè ke, lè pou fè depans pou nou achte engredyan, pou manje a fèt. Pafwa nou oblije ap prete kòb. Pou nou achte. Pa epzanp, jodi a nou nan fen mwa de Mas. Moun k’ap fè manje yo, nou pa gen anyen pou nou ba yo. Depi mwa de Desanm. Yo gen 3 mwa la. Se pi gwo pwoblèm. Dezyèm bagay, menm pou nou achte bwa pou nou fè manje a fèt se yon pwoblèm. Konprann ? Yo te konn ban nou brikèt. Yo pa ba nou’l. Sa vin fè ke, sa kreye anpil pwoblèm. Pi gwo pwoblèm nan se pa rapò ke, pa gen yon fon pou alimante pwogram nan. Men o nivo lòt pwen yo, nou ka di ke nou aranje nou kanmenm. Pou kantin nan fonksyone. Men si se konsa tout fwa kantin nan ap mache. Sensè, mwen ba ou garanti. Nou pap ka kenbe. Paske se prete m’ap prete toutan. Pou ke kantin nan rete an vi.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Nimewo 1?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 1. Fòk mwen di tout moun bonswa. [Gen yon bagay k’ap frape.] N’ap pèmèt ke mwen fè yon ti entwodisyon.

Almathe: Pa gen pwoblèm. Nou anvi sa menm.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Dabò, nou remèsye PAM, ROPANIP, BMB. Tout ekip k’ap travay pou kantin nan avanse. Yon lòt gwo satisfaksyon gen ankò, se le fèt ke timoun yo… Tout ekip ke mwen site la, fasilite manje a bay. Yo bay dè pwodwi loko. Se yon gwo satisfaksyon. Paske ou te gendwa bay manje, se vye manje enpòte. (Hum, hum) Li fè timoun nan ditò. Nou felisite tout sa yo. Sa konte lè manje sa yo vini. Li pote kèk vitamim, pwoteyinn pou timoun yo. Ki pèmèt randmam skolè yo ogmante. Gonw bagay ki te konn fè Peti Rivyè, chak Vandredi. Andirè ke, ta sanble gen yon dyab k’ap manje timoun lekòl. Nou pap nwi depi gen kantin nan tout timoun vini lekòl. (Hum,hum)Tout bon kote yo. Eeee efektif lekòl la sanse ogmante. Pa bò kote yo, wi. Li ogmante. Paran tou li soulaje. Paske timoun sa, lè li konnen ke li pral jwenn yon bagay lekòl, yon goute lekòl la. Paran pa tèlman kase tèt li pou’l jwenn kichòy. Pou’l ba li nan maten. Lè li ta vin aprè midi, paske nou sanse travay maten. Men la ankò li pap trakase tèt li. Li konnen ke timoun sa nan jounen an li te jwenn kichòy. Li ka aranje’l lè solèy pral kouche pou’l jwenn yon ti bagay. Lè timoun nan pral domi, pou’l kenbe. Pou’l etidye, e pwofesè yo pap tèlman gen twop pwoblèm ak timoun sa yo. Pase ke li konnen timoun sa, li ka jwenn manje. Donk, yo paka vini di mèt la, madam nan: ‘‘M’te grangou wi. Ki fè’m pat etidye. Pwofesè mwen te grangou wi.’’ Se tout bon kote kantin nan.

Almathe: Humm.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Men sepandan… Se sepandan an ki pi fò la kounya la. Jan mèt Laurore sot di’l. Chak lekòl sanse genyen, eeeee ti pwoblematik pa yo. Byenke gen ladan yo ki komen, pwoblematik yo. Nou genyen pa epzanp, m’sot tande la mèt Enok di a. Li gen pwoblèm bwa. Mwen panse se milye riral la li ye. Sa pa t’ap koze twòp pwoblèm. Tankou lè ou lekòl nan vil yo. Se pa menm jan.

[Bri yon lòt moun k’ap pale, epi gen yon bagay k’ap frape.]

Epzanp, moun k’ap founi Kolèj Modèn bwa a l’ap sot jis Silèg. E lè’l vini, bwa l’ap bay la. Nou gen yon kontra bwa avè’l pou 300 dola, 1500 goud le mwa (Hum, hum) Nou te genyen 2 kwizinyè ki t’ap travay. Pwiske se 5 goud, yon adOkenn paran t’ap bay pa jou. Ki vini 100 goud pou mwa a. (Pou mwa) Ebyen se anba goumen. Se madam Chantal, se li menm ki ranmase kòb sa kòm pwofèse anndan an. Ebyen, gende mwa lè nou ale pou bay rapò ou wè ke… Ou tande se 200, 400 goud, 500 goud, 600 goud li ramase. Deja ou k’ap konprann kounya la moun sa k’ap sot jis Silèg la sa k’ap pase? Li pap ka ba ou sèvis. (L’ap dekouraje.) Li paka ba ou sèvis. Ou pa peye’l. Kwizinyè, 2 kwizinyè ou te genyen an ki sanse ap travay. Lè nou ale pou Desanm nan, youn pwofite okasyon an li pa vini. Li di ti kòb yo ba li a two piti. Ebyen sa li al fè? Li pito al vann ti kafe le maten. E trouve ke ti kafe a li al vann le maten an, wi. Ti kafe sèlman mwen di ou, mwen met prezisyon wi. Li sanse rapote’l ke sa w’ap bal le mwa. Di ou ti sa w’ap bal le mwa a nan kòb timoun yo.

E lòt grenn ki rete a ki sanse ap bourike. Li menm sèl, nou ta sanse genyen 500 dola o mwen obligatwaman pou bay pou bwa pou li menm. Wa imajine kounya la, 200 dola sa 500 dola ayisyen wi. Ou pa ranmase 200 dola menm. Men gen twop difikilte. Lè fini li menm k’ap fè manje sa li pa gen timoun lekòl. li pa gen enterè. E li menm tou k’ap soti 4 kilomèt. Pou’l sot kote’l soti a, pou’l vin bay li. Lè nou pwopoze pou paran andan lekòl fè manje a. Yo di ou, bon twòp travay pou yo fè. Malgre avantaj la se pou yo. E manje sa ou paka kwit ak lwil sèlman. Avèk sèl sèlman ke PAM bay. Fòk ou met epis ladann. Nou konnen bagay yo chè. Lè ou vini la, m’panse madam CHANTAL se li ki fonksyone sa yo ak kwizinyè lan. Se li ki achte epis pou’l bay dam nan. Ou panse ke le mwa w’ap achte 150,200 dola epis pou mwa a ? (Plis menm) Menm plis. Se yon sipozisyon mwen fè. Gen bagay mwen pa antre ladan yo. Se li avèk dam nan. Mwen pa konnen. Li ramase lajan an li menm li fè acha a pou fè manje a. Li peye bwa a. Peye kwizinyè a. Se tout tèt chaje sa yo. Donk, paran an… E BMB di pa voye timoun yo tounen lekòl. Sèlman mwayen pou nou te ka sèvi. Se ta vini jodi a a ou pran 2 grenn la. Ou dil, ou dwe twop ale. Lòt yo ou t’ap rive sou yo. Ou paka fè’l. Ou nan ti soulye ou. Se yon kantin ki bon sevre, k’ap bon pou timoun yo. M’ap mande èske tout direktè lekòl yo ap ka kenbe ? Paske m’ap pale pou tout direktè lekòl yo an jeneral ki nan sityasyon sa. Èske ou ka fè manje a san bwa ? Èske ou ka fè li san epis? Èske manje a ka fèt san kwizinyè?

Almathe: Ok. Mèsi. An nou pran yon moun pou Lalann e Paskal. Paske se twa yo ye. N’ap pran youn?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Ok. Se nimewo 10.

Almathe: Wi.

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Bon nan lekòl la, kantin nan li byen mache. Li mache byen. Li byen mache. Epi li bon pou lekòl. Pafwa, lè pat gen kantin nan. Mwen te konn gen pwoblèm ak timoun yo. Lèm nan direksyon an, ou toujou jwenn. Yon kadè ou wè sa vini: ‘‘Mèt la vant mwen ap fèm mal.’’ (Hum,hum) Vire tounen timoun yo vini yo di ou mèt la vant mwen ap fèm mal. Rapid gen pate la fòm dil al achte yon pate. Mwen oblije al achte pate pou yo. Mwen konn ap achete 30,40 dola pate pou yo. Madam nan tou ou konn wè’l soti deyò a. Pate l’al achte pou yo. Pandan gen kantin nan mwen jwenn mwens ak pwoblèm sa yo. Epi lè fini tou mwen te konn gen timoun ki apsan fasil. Men pandan vin gen kantin nan, pa gen apsan sa yo. Kantin nan byen mache. Paran yo kontribiye wi, wi fèbman. kantin nan byen mache.

Jackly: Ok. Dakò, mèsi. Eskize’m m’ap eseye pote yon ti presizyon. A chak kesyon yo, eseye bat pou nou rete nan kesyon an. Gen anpil kesyon gen bagay direktè yo di li pral gen kesyon pou yo.

Almathe: Sa pa yon pwoblèm.

Jackly: Mwen pa di se yon pwoblèm non. Pou nou ka fè pi rapid. N’ap bat pou nou rete nan kesyon an. Paske gen bagay direktè yo di la, pral gen kesyon pou yo. Mèsi se yon ti presizyon.

Piblik: Ok, ok.

Almathe: Ok. Dakò Jacky. Avan kantin popilè PAM vini la, èske te gen kantin popilè nan lekòl yo ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Non, pat genyen. Sèlman PAM.

Almathe: Sèlmam PAM, avan PAM pat genyen?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li sanblerè ke[vii], gen lòt lekòl ki te benefisye kantin. Nou pat ko benefisye.

Almathe: Ok.

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Alò se sèlman PAM. Isi a se PAM. Lè a se pa BND ki te konn bay li. Se toujou PAM.

Almathe: Ok. Men se pa BND ki te konn bay li? Ki diferans ou wè ki genyen ak sa BND ap bay kounye a, ak lè PAM te konn bay li?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Lè PAM te konn bay li, se pat pou di pwodwi lokal li te konn bay. Kounya se pwodwi lokal li bay. Li bon. Li pi bon pou timoun yo.

Almathe: Lekòl nou an te konsa tou ? Piblik: Nou pat genyen ditou.

Almathe: Ok. Nou pat genyen ditou. Ki diferans ki genyen ant BND e PAM ? Ou ka pale wi nimewo 6.

Patisipan #6: Fi ; 46 ane ; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram: Diferans ki genyen an se paske PAM se te pwodwi lokal. Li menm se pwodwi etranje, li te konn bay. Nou jije li bon. Lè timoun nan ap manje nan lanati. Li mye ankò pou sante yo.

Almathe: Ok. Direktè ! Nou tande plizyè moun temwanye de ankourajman manje a pote bò kote timoun yo. Paske yo vin lekòl la pi souvan. Ki lòt pèfòmans elèv yo ap bay ? Apa de anvi vin lekòl. Ki chanjman nou remake ?

Piblik: Rezilta yo ogmante, pa òd pedagojik. Tout echèk ou te konn jwenn yo, ou pa jwenn. Yo diminye.

Almathe: Ok. Yo diminye ? Bon, si ou menm ou t’ap dirije pwogram sa, ki diferans ou t’ap fè ? Èske ou t’ap kite’l jan li ye a ? Ki chanjman ou t’ap fè nimewo 5 ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 5. Si se mwen ki t’ap kòdone pwogram nan (Hum, hum) youn nan bagay mwen t’ap pote kòm modifikasyon. Paske mwen toujou ap pwone pou nou pwoteje anvironnman. Premye bagay mwen t’ap elimine afè chabon bwa k’ap boule nan lekòl yo.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen t’ap bay recho amelyore, oubyen gaz pwopànn konprann. Nòmalman n’ap itilize bwa nan kwizinn yo anpil pye bwa ap plede koupe konprann. Tankou mwen menm ki nan Fon Delyann avantaj direktè Jean Robert jwenn mwen pa jwenn li. Li ka jwenn bayawond, lila pou yo koupe. Poutan bò lakay mwen se pye mango, pye zaboka ou konprann (an, an) (pye fwitye yo). Imajine nou gen paran ki paka peye lekòl la. Men nou dakò pou yo koupe pye bwa brile pou pot lekòl la. Saka rive se yon pye bwa li detwi poul pote vini nan lekòl.

Almathe: Hum, hum.

Poutan se k’ap yon pye fwitye li koupe pot lekòl ki pa bon pou avironnman. (Bri machin k’ap pase) Mwen t’ap ranplase yo pa de recho amelyore, oubyen gaz pwopànn. Lè sa li t’ap redwi kantite pye bwa y’ap pot nan lekòl la. Dezyèm bagay mwen t’ap panche sou kesyon patisipasyon timoun yo. Mwen konstatate timoun yo pa gen mwayen pou yo peye kantin nan vre. E mwen menm mwen t’ap fe yon jan pou mwen alye yon montan nan lekòl pou yo te kapab peye kwizinye yo. Dezyèmman petèt gen lòt bagay pou yo achete pou manje a fèt. Twazyèm bagay, eeee sim gen yon twazyèm… Sim pa genyen ? Bon, mwen pa genyen m’ap kite yon lòt kolèg pale.

Piblik: Riii Almathe: Ok, dakò.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 1. Mwen kwè ke ak saaaa mèt. (Nimewo 5) Nimewo 5 di an. Mwen panse sa li di a, li osi pale pou tout moun. Donk, se ta wè nan ki mezur[viii]… Mwen pa konnen si sa nan vokasyon PAM tou. Si li ta fè’l li ta vrèman ede lekòl yo. Jan li kòmanse ede yo a. Pèmèt ke … Paske pa bay kantin nan, li pral yon lòt

pwoblèm pou timoun nan. Donk, ou pral wè nan 4,5 kan se kòmsi pa t’ap gen lekòl ki eziste ditou. Paske lè timoun nan jwenn manje. Kounya li pa jwenn manje li. Li pap rete lekòl la. Rezilta l’ap bay la a…. Se kòmsi ou ta di ou se yon pye mango ou te plante. Ou te fè yon jaden an reta li pa jwenn lapli…..

Jackly: Alò se 2 chanjman sa yo… Non si se te yo menm ki t’ap kòdone pwojè a. Se 2 chanjman sa yo nou t’ap fè ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Paske nòmalman Pwodwi yo ba nou yo bon. Konprann ? Men se 2 bagay sa yo ki se yo fado pou nou.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ou di mwens tou. Petèt mwen pa konnen. Si PAM pa jwenn yon ekip tankou jan yo fè kantin popilèr[ix] la. Te ka aranje’l li fè manje a. Kounye a direktè lekòl. Responsab lekòl fon ofri yo. Lòt enkonvenyan ki genyen nan travay lekòl la. Li mèt plis travay. Paske fòk ou òganize kantin nan. Fòk ou jere kantin nan. Ou administre’l se yon travay anplis. Donk, sou plan administrativ, pa òd pedagojik. Tankou madam nan la, ki gen yon klas nan men’l. Lè’l pral ranmase nan goumen. Se yon tan pèdi. Li paka fann li ande. Yon bò ret nan sal la. Lòt la pou’l al ranmase lajan an.

Almathe: Hum, humm.

Se yon epzanp mwen pran. M’ap pale pou Kolèj Modèn. Mwen menm, lè’n vini. Nou fè prezantasyon rapò le maten kotidyènman. Men fòk ou pran inèdtan edmi pou prepare rapò sa. Komite ki vini an pou bay manje. Pou bay rapò sa. E vwala ke ou nan milye kote ke timoun nan … Jodi a mwen oblije fè yon presyon. Mete anbann a jenou. Donk, lekòl la antre ak 7è 10è, pou midi 10. Li 8è timoun yo ap parèt lekòl. Pa rapò ak lè chanje a. Pandan setan pwofesè a li menm premye bagay li fè. Se apèl li fè. Ou wè yon dekalaj. Chak jou ou jwenn dekalaj la konsa. (Dekalaj la konsa) Men si PAM, se yon sipozisyon, ta vini la a. Jwenn fòmil bay manje a lekòl a lè. Alò, pou manje a bay. Pou ta jwenn yon lòt fòmil a kote de sa nimewo 5 di an. Mwen panse ke se t’ap yon solisyon li t’ap ye. Li t’ap ede. Li t’ap sanse lage chay la sou do’l.

Almathe: An nou kite yo fini. Pa gen yon lòt moun ki ap ajoute yon lòt bagay. Si se ou menm ki t’ap dirije pwogram nan ? Èske ou t’ap dirije’l konsa. Ki diferans ou t’ap fè ?

Patisipan #6: Fi; 46 ane; Anseyant; Reto; 1 timoun; 1 timoun nan pwogram: Kòlèg yo sanse di tout bagay. Pou mwen menm. Sa vle di mwen pa bezwen fè repetisyon ankò.

Almathe: Nimewo 10.

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Nimewo 10. Mwen panse a kote de bwa. Gen sa kòlèg nimewo 5 di an. Li valab, sanse pou tout moun. Men pou gen yon lòt bagay nimewo 1. Gen yon lòt bagay mwen konstate ke. Gen timoun lè l’ap parèt la. Premye kote li gade se nan kwizinn nan. E kwizinn nan. Si li wè dife pata limen. W’ap wè timoun nan gen yon dezolasyon. Li gentan gen abitid) Li gentan gen abitid lan. Donk, se sak fè lè’l kwit nan lekòl la mwen panse pi bon. Lè manje a kwit lekòl li pi bon.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Gen yon bagay ki senp tou. Ou gendwa kapap fasil pou zòn ibèn nan. Men pou zòn riral l’ap difisil. Pa rapò ak kote lekòl yo plase a. Ou konprann? Pa rapò pou machin nan ap vire. Pou li ap bay manje a. L’ap difisil. Pa epzanp, lakay mwen. (Ok) Depi aprè tan an machin paka rantre. Menm lè yo pote manje a pou nou an. Se deyò yo kite’l. Se moto ki al pranl. Pafwa se timoun yo ankò. Mwen fè pandan yo lekòl la. Al pran manje a pote’l la. Ou ka konprann sa ? (Hum, hum) Pou manje a antre la l’ap trè difisil. Lekòl la jan nou di a, lafimen ap leve. Tanzantan w’ap fè yon ti gade. (Gen yon espwa) Genyen yon espwa Riii

Jackly: Nimewo 5 te di yon bagay. [Gen yon moun ki touse] Lè madam nan di si se nou menm ki t’ap dirije oubyen kòdone kantin nan. T’ap poze kesyon. Kote li te mande nou. Si se nou ki t’ap kòdone pwogram nan. Kisa ou t’ap fè ? Ou te di plizyè bagay. Mwen ta renmen ou dim. Kijan w’ap fè pou jwenn lajan, pou kouvri frè timoun yo t’ap bay la ? Èske ou gen yon egzanp kijan ou t’ap fè pou jwenn lajan sa ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon etan ke administratè. Etan ke responsab yon pwojè. Mwen t’ap chache dè finansman dabò. Pou ke mwen te kapab rive aplike 2 bagay sa yo. E, jwenn mwayen pou’m achte recho. Olye ke m’ap itilize bwa. Dabò, li senp chak mwa. Chak 22 jou. Chak 15 jou. Bonbòn gaz la fini. Se al replenn ankò. Retounen pou mete’l nan lekòl. Mwen di premye bagay pou nou genyen. Fòk nou genyen yon fon. Lajan pou nou kapab rive achte bagay sa yo. Dezyèm bagay chache mwayen tou. Pou ke m’jwenn

ke’m kouvri frè ke timoun yo ap bay la. Ou konprann ? Lè sa mwen pa t’ap bezwen kòb pou’m achte bwa ankò, pou manje a fèt. Lè sa mwen t’ap chèche kòb pou’m achte engredyan pou manje a fèt la.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Kounya nou wè kèk enkonvenyan ki genyen pou kwit manje a. Ki enkonvenyan ki genyen ? Kounya si ta gen yon posiblite, olye yo bay timoun yo yon pla cho. Yo bay timoun yo yon pla frèt. Kisa nou panse ki te ka yon bon bagay. Pou timoun yo nan plas pla cho a ?

Jackly: Kòm presizyon. Mwen panse pla frèt se …Pa epzanp yon pla fri. Fig ki gen anana, eksetera. Ou byen pen ak manba. Li ka ze, wayal. Men se yon bagay lokal. Ki pa yon plat manje frèt. Se yon ti presizyon.

Patisipan #9: Fi; 31 ane; Pwofesè; Filo; 1timoun ; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 9.

Almathe: Wi.

Daprè mwen menm. Mwen panse pla cho a ap pi enpòtan. Paske si tou nan lekòl mwen an. Nan klas mwen ye a. Konn gen timoun ki pa menm rive satisfè, avèk sa yo ba yo a. Yo konn di: ‘’Aaah di ou sa se yon goute, sa pa ase’’. Malgre pla frè ap pote plis vitamin lakay timoun yo. [ Gen yon moun k’ap touse] Men yo pa pral panche sou sa. Y’ap plis panse sou vant yo ki ap plen an. Y’ap plis panse sou sa.

Almathe: Nimewo 5.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, madam nan di ke pla frè a ap pote plis vitamin. Mwen pat di’l konsa mwen menm. Paske pa bliye fòm respekte rejim alimantè.

Natacha: Rejim alimantè.

Nan sans sa ke, mwen kwè. Eeee bay timoun nan pla cho a. Pou mwen menm li pi bon (Ok). Timoun nan, li pi fasil pou timoun nan jwenn yon grenn mango li manje’l. Li pase anba lakou papa’l li jwenn yon abriko li manje’l. Ou dakò? Li ka jwenn yon anana nan jaden papa’l. Men sepandan li lekòl li plis entèrese pou’l jwenn ti bagay cho a. Mwen panse sa t’ap pi bon. Si gen yon posiblite a kote, petèt yon jou nan semèn nan. Yo ta

petèt modifye’l. Pou yo ta bay timoun nan yon lòt bagay li pa yon pwoblèm. Men pla cho a, li pa t’ap yon pwoblèm.

Almathe: Dakò, mèsi.

Patisipan #3: Fi ; 43 ane ; Pwofesè ; Filo; 1 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Nimewo 3 ap di yon pawòl tou. Kòm li pa janm pale. (Hum, hum). Mwen sonje, avan PAM te konn ba nou yon manje ki te enpòte se vre. Men avan manje a, timoun yo te konn jwenn yon bonbon yo manje avan. Pou tann pla cho a. Kòm kounya se BND k’ap finanse pwogram nan. Mwen pa konnen kòman sa ye. Lè se PAM, mwen te gentan konnen timoun yo pral jwenn bonbon an. Avan manje a kwit timoun pap plis ap rete tann manje a. Aprè rekreyasyon, timoun yo pral manje. W’ap fè yon lekti timoun yo pa sou li non. Se manje a yo gentan wè yo pral jwenn. (Wi) Men si yo te gentan jwenn yon bagay avan. Avan manje a, mwen wè li te ka plis an tijan pou timoun yo. Kòm mwen wè yo pa fè sa ankò.

Natacha: Nou tout la. Nou gen timoun ki nan lekòl ki bay kantin ? Piblik: Non.Yon ti piti.

Jackly: Madam Almathe banm mete yon ti presizyon. Alò, le PAM se kòmsi ta di se patron an. Sa se yon ti presizyon. Mwen pa konnen si li diferan nan Ti Rivyè. Le PAM se patron an. E BND a, sèten tan se konsa li te ye. Se kòmsi se yon òganizasyon k’ap distribiye. Le PAM se gran chèf la. Se sak fè ou wè n’ap fè travay la pou le PAM. Ki se Pwogram Alimantè Mondyal. Se kòmsi ta di BND anndan le PAM. Se yon ti presizyon. Paske ou di ou panse se te PAM.

[Gen yon moun ki netwaye gòj li]

Patisipan #3: Fi ; 43 ane ; Pwofesè ; Filo; 1 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Ok. Mwen wè sa wi.

Almathe: Pou nou menm ki te nan ansyen pwogram nan. Se pa pwogram kounya BND a. Ansyen pwogram nan. Pou manje yo. Kòman nou te konn jwenn manje yo? Èske se nou menm ki konn al chache manje yo? Oswa se PAM menm ki te konn pote manje yo pou nou ?

Patisipan #3: Fi ; 43 ane ; Pwofesè ; Filo; 1 timoun ; 1 timoun nan pwogram: PAM ki te konn pote manje yo pou nou.

Almathe: Ok, dakò. Ki enpak siklòn nan vin genyen sou pwogram nan? Èske nou panse siklòn Matye ki sot pase a, gen enpak sou pwogram nan? Nimewo 5.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Pa epzanp, gen anpil pwodwi loko nou te konn jwenn. Aprè siklòn nan te gen yon rate. Pa epzanp, nou pat ka jwenn manyòk. Konprann? Bon, tout nèt legim nou pat ka jwenn li. Se avèk anpil emèjensi yo te kapab deplase pou jwenn. Pou moman sa lapli kòmanse ap tonbe ankò. (Hum, hum) Gen anpil bagay BND jwenn, li pote ba nou nan lekòl yo. Sètadir[x] aprè tan, janm di nou an te gen yon gwo pwoblèm kite prezante bòy[5] si. Jiska prezan, mwen pa kwè ke gen yon moun ki jwenn menm yon ti bannann. Ki ta monte nan jaden ou jiska prezan. Se kounya ti pye yo petèt pral donnen. Pat gen sa bò isit.

Almathe: Ok. Èske te gen yon ratman nan manje ? Nan kantite manje nou te konn ap jwenn yo ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Tankou lòt bagay yo, yo toujou jwenn. Pwodwi frè.

Almathe: Ak kisa yo te ranplase pwodwi frè yo?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Anyen. Sèlman diri ak pwa. Se a pati Janvye 2017 la. Nou kòmanse refè yo. Men gen yon seri espès ke yo poko janm ka ba nou. Paske yo paka jwenn yo. Pa epzanp, si’n ta site tankou: Militon, epina (Hum, hum) Depi aprè siklòn nan BND paka jwenn li pou’l ba nou. Nou oblije ranplase youn pa lòt. Menm bannann nou pa jwenn. Pase pa genyen’l.

Almathe: Hum, humm. Wi nimewo 10.

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Wi. Mwen t’ap di epina nou pa jwenn li menm. Manyòk la nou pa jwenn li ditou.

Almathe: Men pandan gen ratman sa. Èske timoun yo toujou jwenn, menm kantite manje nou te konn ba yo lè te gen pwodwi frè?

Piblik: Wi. Yo ogmante’l pa patate, yanm.

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Nan plas manyòk, yo ogmante yanm nan. Patat la.

Almathe: OK. Èske daprè nou menm, nou panse 100% pwogram nan se yon pwogram ki lokal vrèman ? Si wi ok. Si non. Kòman nou te ka fèl lokal, lokal, sa yo rele bon lokal la ?

Piblik: Riii

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Lè nou pran lwil yo.

Almathe: Lwil yo. Lwil yo pa lokal. Nimewo 1?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Lwil yo pa lokal. Mwen toujou ap di sa. Si PAM di ke l’ap fè yon bagay lokal konnen sof lwil. Sof lwil la. Eeee m’pa konnen semèn sa, gen yon lwil yo pote pou nou. (Wi) Nan lekòl la. Mwen gade m’wè se souke pou souke’l. Souke pou souke’l chak maten pou bay timoun yo.

Almathe: Li kaye ?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Kaye. Pou mwen sa pa bon.

Almathe: Ti malis.

No. Non li nan yon galon. Se souke pou souke’l. Lè’l poze fò di se yon grès kochon. Ki kaye mantèg. Epi ou soukel. Ou soukel. Lè ou vide’l, epi li tou blanch. Blanch, blanch. (Lè yo mete’l nan chodyè a.)

Kòm mwen menm, mwen pa gade chodyè a. Mwen santi ke li pa de bòn kalite pa rapò avèk sa te gen vin avan yo. Pou diri a. Mwen panse ke, li lokal kanmenm. Menm lè li pa rejyonal. (Ok) Li pa rejyonal. Li pa sòti nan kominn nan. Nan depatman an. Mwen santi

ke, se diri peyi a li ye. Yanm nan yo, inyam yo se peyi. Avèk, sof ke mwen pa konnen èske se nan achte yo a pwoduktè[6] la. Founisè la, li menm li bezwen fè yon ti kòb. Sa se mwen menm k’ap entèprete’l konsa. Oubyen gen ladan yo ki poko twò rèk. Epi lè ou kwit li, swa li amè, oubyen li krip krip. Pou inyam yo, avèk patat yo. Pafwa eeeee èske se petèt se kote yo stoke a ? Paske pandan 2 fwa mwen met patat yo. Se atè mwen mete yo. Lè pou mwen bay yo nan Lendi. Mwen jwenn pifò gentan gate ladan yo. Men sa se nan andwa a. Lè’m mande moun, machann, yo dim pa mete yo a tè. Mete yo sou planch. Kounya yo rete sen.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Yon bagay m’ap jis senpleman ajoute.

Almathe: Nimewo 5.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 5. Pou lwil mwen panse ke lwil yo bay la, li pa de bon kalite. Mwen menm, mwen fè konsta a. Lè galon yo fini pou janm wè lwil la kaye nan dèyè galon an. M’ap mande èske se pa lwil dwoum yo pran. Yo voye bay nan kantin nan. Sètadi, mwen panse gen pi bon lwil. Yo te k’ap founi lekòl yo ke sa yo voye a. Dezyèm bagay pou konsènan eeee yanm nan. Eeee, gen moun lè y’ap fouye yanm nan, yo pa konnen si’l gentan finn bon, avèk si’l pa bon. Mwen menm, mwen plante bagay sa. Tankou, gen moman ou kapab fouye yanm. Ou panse li rèk. Lè ou finn fouye’l ou wè deyè’l blanch. Depi deye’l blanch l’ap gen yon ti gou amè. Sa, m’panse se pa fòt moun k’ap founil la. Se lè’l finn fouyel, li gendwa wè yanm nan pa finn rèk. Pa epzanp, ou wè patat la tou. (Hum, hum) Mwen gen enpresyon lè yo al achte patat la. Sa ka rive, patat yo achte 2,3 jou avan yo pote’l vini. Li pran twòp tan atè. Tan pou yo vin fè livrezon an. Se sak fè yo an tijan rete gate. Pou yanm nan tou, nou konn jwenn gen yanm ki prèske gate. Paske depi yanm nan li blese. Li pap ka konsève vrèman. Konprann? Aprè yon 2, 3 jou li kapab pouri.

Almathe: Ok. Pa gen moun k’ap ajoute yon lòt bagay ankò?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Se sèl pwoblèm lwil la. Lwil la bon… Dènyeman, yo te vin dèyè yon rapò. Lè dam nan vini, mwen dil lwil la gen pwoblèm nan tou. Li kaye. Li te wè galon an vre.

Kòman li kaye ladann. Epi avèk obèjin yo, jan nimewo 5 sot di an. Obèjin yo … Bon ta sanble lè yo keyil la ki pèmèt yo konsa. Yo konn pote yo ban mwen. Epi mwen jwenn yo tou pouri ladan yo. Dayè mwen te di dam nan sa. Mwen te di bon, mwen paka di yo anyen. Paske yo pa andann. Menm chou a yo pote’l tou. Valè kilogram yo pote ban mwen an. Lè’m pran ladann mwen kite’l. M’di’l valè kilogram mwen rete andan an. Al peze’l ou pap jwenn sa vre .Paske yo gentan netwaye’l.

Almathe: Sa vle di yanm nan… ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Non chou a. Yo retire yon bon valè ladann.

Jackly: Pandan ou sou sa. Madam nan ta pral poze kesyon an. Menm pi cho banm pran devan. Èske gen yon rasyon alimantè ? Paske gen yon rasyon diri ki 0 pwen konbyen eksetera. [Gen yon moun ki touse] Èske gen yon rasyon pou yanm nan ? Èske gen yon rasyon pou patat ? Epi chou, jan ou ap dil la ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Bon, nou pa genyen’l. Dayè yo pote’l ba ou. Yo di men konbyen kilogram yo pote sèlman. Men konbyen kilogram, si’m kwit li 2 fwa nan sèmen nan. Pa epzanp, chou a yo konn pot 48 kilogram pou mwen. Mwen kwit 24 kilogram. Mwen kite lòt la. E konsa nou fè’l. Epi kawòt la yo te konn pote 22. Epi yon lè mwen kwit 8. Yon lè mwen kwit 7. Mwen kwit 2,7, on 8. Li banm 22, se konsa. Men li pa gen yon rasyon menm jan ak diri, pwa, lwil. Otan de timoun nan. Men avan pou yanm nan, mwen te konn jwenn… Valè yo te konn ban mwen an se te, 16 kilogram. Mwen te konn jwenn. Men kounya yo ajoutel’.

Jackly: Nan kisa ou mezire sa. Pou konn si se 16 kilogram li ye ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Non.Yo pote’l nan sak. Nan sak yo pote’l la. Mwen gen balans. Mwen peze’l.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Paske nòmalman, o paravan avan kantite yo te konn bay la. Li

ensifizan. Jiska prezan lè gen bouyon an. Li difisil pou timoun yo manje. Imajine ou gende moman se yon ti kal patat, yon ti kal yanm, yon ti bouyon. Li pa fè anyen pou timoun yo vrèman. Se yon ti goute. (Yon ti goute) Men o paravan li te pi mal. Jiska prezan lè gen bouyon an. Manje a paka separe. Se rache, rache ou konprann ? Avan poun bay timoun yo yon ti moso.

Almathe: Ok.

Patisipan #3: Fi ; 43 ane ; Pwofesè ; Filo; 1 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Nimewo 3 ap di yon ti pawòl tou. Nou t’ap pale de lwil talè a. Nou te gen yon pwoblèm pwa la tou. Pandan 2 fwa, mwen kwè ke siveyan te fè moun yo wè, kijan pwa te ye. Mwen panse avan yo te pote’l vini, yo t’ap gade konbyen tan li ka fè. Pou’l pa gate. Konbyen tan li ka fè avan yo voye’l. Paske pwa yo konn gate. Lè sa se boule yo boule’l. Se menm jan pou lwil la ki pa de bòn kalite a. Pwa gen pwoblèm tou.

Almathe: Ok, dakò.

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Alò pou pwa, nimewo 10. Pou pwa, gen yon erè mwen te fè. Poukisa? Sa yo te ban mwen avan, yo te pote yon dezyèm stòk ban mwen. Sak te la avan mwen pat itilize’l.

Almathe: Humm. Ou itilize nouvo a ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Men lè’m vin remake sa. Mwen itilize’l kounye a. Donk, erè a te soti bò kote’m.

Piblik: Riii

Natacha: Ok. Lè pwa gate konsa. Èske se kote nou mete’l ki koz li gate? Oubyen èske se seche pwa pa seche ? Li mete imidite ki fè li gate ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Non. Lè li rete twòp.

Almathe: Ok. Lè li rete twòp li gate. Nou konnen se pwodwi lokal n’ap jwenn. Youn nan nou te di li pa rejyonal. Èske li posib pou sa fèt ? Pou nou pwodwi sa n’ap bezwen pou nou kwit yo. Èske nou ka jwenn li nan kominote kote lekòl yo ye a ?

Piblik: Li pa posib.

Almathe: Bò isit, kisa nou plis fè bò isit la ?

Piblik: N’ap jwenn pwa nwa. Obèjin. Tout legim yo.

Natacha: Pwa nwa ou pwa bè ?

Piblik: Pwa nwa.

Natacha: Pa sezon n’ap jwenn yo. Oubyen toutan ?

Patisipan #9: Fi; 31 ane; Pwofesè; Filo; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Pa sezon. Menm diri a tou se pa sezon.

Piblik: [Tout moun vle pale an menm tan nan piblik la.]

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Se sak fè ke moun yo plis ankouraje plante .Konprann direktè ? Pwiske moun yo konnen y’ap achte nan men yo. Ebyen yo ankouraje plante. Tankou anlè a, li pa gen sezon. Se toutan se retire sa mete sa.(Ok) Mwen gen yon bagay m’ap ajoute Mwen raplem, ke yo te genyen yon plan. Alò nimewo 5. BND te di nou gen kèk lekòl yo te sible eee. Pa epzanp, pou te gen posiblite yo kite’l tonbe. Pou yo te kapab rete fè jaden eee skolè. Men, mwen wè yo te kite pwojè a tonbe. Men, mwen wè gen plizyè lekòl. Gende bagay yo te ka pwodwi nan lekòl yo. Pou nou ta gen mwayen pou nou fè yo. Sa ka rive li pa posib pou ou. Mwen gen tèren si’m ta vle pwodwi pa epzanp: Obèjin, epina nou t’ap ka fè lòt bagay. Nou te kapab fè yo. Pa epzanp, kote ke nou gen tèren an. Nou te di BND si yo ta ba nou yon ti ponp. Gen yon dlo, yon rivyè. Nou t’ap sèlman ponpe dlo a monte sou teren an. Pou’n te ka gen tout legim sa. Yo kite sa tonbe. Yo pa entèrese avèk sa. Sa t’ap pèmèt tou lè’n gen jaden an. Se t’ap pwòp jaden pa nou li ye. Nou t’ap jwenn bagay la tou fre. Konprann ? E ki te ka koute mwens kòb tou.

Almathe: Ok. Mwen byen kontan nou mansyone sa.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Imajin twa[xi]. Nou gen tè a deja. Nou jis bezwen mwayen pou nou travay tè a. Voye yon agwonòm ba nou. Timoun yo n’ap fè yo patisipe. Konprann ? Nan aktivite yo. Le w’ap pale timoun nan pou tèt li. Tèl bagay timoun nan konnen. Ou di li men kòman li kapab fè de maryaj. Pou’l al aplike’l. Yon seyans te ka tou pase ak timoun yo. Sam panse, si n’ap pwone pwodwi loko fòk sa yo te ka fèt.

Almathe: Ok, dakò. E paran elèv yo. Kisa paran elèv yo te ka fè ? Pou pèmèt pou pwogram nan mache pi byen ?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 1. Oubyen di wi. Te ka fèt.

Almathe: Wi, te ka fèt.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: A mon avi,si paran yo te gen volonte. Gen anpil bagay yo te ka fè. Mwen panse ke, yon paran te ka aranje’l. Li fè woulman pou yo fè manje a. Lè sa lekòl la ta reminere yo. Menm paran sa yo te ka òganize yo tou.

Almathe: Pou fè manje a pou vin vann ak lekòl la ?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non, non. Yo fè manje kantin nan. Tankou nan Kolèj Modèn, moun yo pran, li pa gen timoun lekòl la. Li pa gen enterè ladann. Paran yo di ou. Yo pa gen tan pou yo fè manje. Paran yo te ka fè konbit pou bwa. Yo t’ap fè konbit. [Bri machin k’ap pase.] Sak gen jaden pote epis pou manje a fèt. Lè sa lekòl la pa t’ap bezwen achte bagay sa yo. Men mwen pa wè ki paran ki ap fè’l.

Almathe: Bon, nou gentan gen yon bon titan la. Mwen ap fè yon ti pale sou lekòl pwofesè ki andeyò yo. Mwen konnen gen anpil pwoblèm nan lekòl andeyò yo. Pou pwofesè yo touche. Mwen t’ap mande kijan nou menm direktè lekòl, kijan nou jere pwofesè lekòl
yo ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen menm pa gen pwoblèm. Se lekòl leta. Tout pwofesè mwen yo touche.

Almathe: Ok. Pa gen pwoblèm.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Aprè sa se mwen. Se yon kaskèt chinwa. Se youn nan lekòl ki prive, prive. (Ok) Lèm di prive, prive. Leta pa wèl ditou. Li pa ni nan Sigo, ni nan EPT elatriye. Sa vle di pa gen Okenn sponsò. Se grès kochon an ki kwit kochon an. [Gen yon moun ki touse.] Mwen pa kwè ke edikasyon gen pri. Menm leta paka di li peye pwofesè. Men leta Ayisyen paka di li peye pwofesè. Lè ou pran yon pwofesè leta. Yo peye’l 25, 40,50, dola Ayisyen lè.

Almathe: Sa fè konbyen pa mwa an mwayèn ?

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Yo bay yon pwofesè 15mil goud le mwa. Lè ou divize’l pa 25, segondè a 25 mil goud. Men se avèk montan bri wi. Lè ou pran montan nè la… (Pa bliye pou di sa.) Li redwi ak 19 mil goud. Lè ou prann pou divize’l pa ane a, sa pral depann de ki lekòl la tou. Leta di se 24 trèd tan de kou ki genyen pou founi. Lekòl la ka chwazi bal 18. Lè sa kounya, lè ou gen 18 è sa. Ou divize’l pa 4, pa sèmen nan. E lè ou pran montan ou ta divize’l pou ta wè sa ou reyalize. Ki plizou mwen pa rapò ak prive a. Paske yon lekòl prive ap bay yon pwofesè 10 dola, 15 dola lè Ayisyen. Saaa, se yon bagay mizerab nèt. Donk, lè ou pran o nivo primè la menm. An nou imajine, yon timoun ap peye 2 mil goud nan yon lekòl pou ane. De mil goud se ladann y’ap peye pwofesè. Se ladann y’ap fè kanè. Se ladann egzamen ap fèt. Se ladann tout bagay ap fèt. Donk, wa imajine ou. Lekòl sa ki pa gen efektif tou. Donk, se fòse fè lekòl. Se bagay vrèman tèt chaje nèt.

Almathe: OK. Men sa’k anpeche pwofesè sa yo kite lekòl yo ? Y’al nan lekòl nan vil ? Y’al chache yon lòt kote ?

Patisipan #10: Gason; 51 ane; Direktè, Responsab kantin; Segond; 6 timoun; 6 timoun nan pwogram: Pa bliye se yon chwa.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non sèlmam se yon chwa. Men peyi nou an tou pa ofri nou anyen. Anpil ladan yo la ki fè filozofi se… (O Chili yo ale.) Non sèlman Chili. Se moto taxi yo pran nan lari a. Al nan pòt fakilte frape pòt fakilte. Donk, ti sa fakilte pran an li pa menm yon 50 tyèm nan bachelye ki tèmine. E menm sak tèmine… Lè n’ap pran edikasyon. Konbyen milye timoun k’ap fè grèv la nan ministè a ? Kraze an bann bagay.

Ki leta fòme ayisyen fòme lekòl nòmal. Fòme nan CF li pa jwenn kote pou li mete yo. Men reyalite a. Men reyilite sosyete a jan li ye a.

Almathe: Se pa manti, se vre. Bon, pou nou menn bò kote pa nou. Se kesyon sa yo nou te vle poze. Ke PAM te mande nou pou nou poze. Mwen pa konnen si nou menm. M’ap ba nou chans si nou ta gen yon lòt bagay nou ta vle ajoute. M’ap ba nou chans pou nou ajoute’l. Si nou pa genyen. Pou nou menm bò kote pa nou, nou bon. Si gen yon bagay ou panse nou t’ap poze kesyon sou li, nou pa poze kesyon an. Se moman ou ka mansyone sa.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Yon bagay m’ap souliye.

Almathe: Se nimewo 5.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo 5. Se yon bagay yo te pwomèt lekòl yo sa. Yo pa janm rive reponn avèk sa yo te di a.

Almathe: Se kisa li ye ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Se te yon kesyon lèt pou tout lekòl. (Ok) Yo te prevwa chak Mèkredi, chak timoun yon vè lèt. Yon ane pase. Yon dezyèm ane ap tonbe la ankò. Nou pa janm jwenn lèt la. Nan sans saaa.

Almathe: Nou pat konn jwenn li menm ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Mwen raple’m ke yo te fè yon kontra. Men sa pa mache. Men m’panse ke nan plas … Kòm se pwodwi loko y’ap ankouraje. Si yo paka jwenn lèt bèf la. Menm se ta yon lòt mwayen. Konprann ? Menmsi se ta ji natirèl pou yo ta bay timoun yo. Si n’ap di bay, bay. Men fòk nou respekte rejim alimantè a. Se pa pouse timoun yo diri sòs pwa. Epi menm yon ti ji yo paka bwè pou semèn nan. Sa li enpòtan.

Jackly: Ok, dakò. N’ap note byen.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Answit sa se Nimewo 1. Sa n’ap ajoute avèk sa kolèg nimewo 5 di an. A kote de lèt la, si yo pa ta ka bay li. Nou ta renmen bay ji an. Mwen raple’m nan fòmasyon BND te di, se yon esè PAM ap fè pandan 2 ane.

Almathe: Wi. Se yon pwojè pilòt li ye.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Se pwojè pilòt li ye. Donk, mwen panse ke ane a ap fini an Jen 2017 la. Eeeee, nou ta swete ke… Nou ta swete ke faz esperimantasyon an li pa detèmine. PAM li menm elaji’l, elaji li. Non sèlmam kontinye’l, men elaji li tou avèk lòt lekòl.

Almathe: Ok. Ou rive nan kesyon sa mwen te gen pou’m poze’l, mwen pat ko poze’l. Èske nou panse li nesesè pou PAM kontinye pwojè sa ?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Estrèmeman nesesè, trè enpòtan!

Piblik: O wiiii ! Li t’ap bon anpil.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Plis ke nesesè.

Almathe: Plis ke nesesè. Poukisa?

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen ba ou garanti. Si tout fwa PAM koupe èd sa. Manje sa nan lekòl yo. Anpil timoun pa pral lekòl ankò. (Ok) Yo gentan abitye ak manje a. Anpil timoun pa pral lekòl ankò. Pase, pa bliye ke mentenan paran yo pa sousye de lekòl timoun yo ankò. Gen timoun ki vin lekòl se pa rapò li konnen l’ap jwenn yon pla cho. Li menm li fòje tèt li. Men si se pou paran tout timoun te mèt chita lakay yo. Men majorite ladan yo mèt pran sòkò yo, pran wou yo. Y’al sakle.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Gen timoun m’ap rankonte ki lekòl lakay mwen. Lè’l gen yon

pwoblèm rele paran se kòmsi ou pat bezwen rele papa, rele manman. Ou te mèt resoud pwoblèm nan ak timoun nan. Paran pa gen pouvwa sou timoun nan. Pa gen otorite sou timoun nan. Ou la? Timoun sa yo, se yo menm ki degaje yo met tèt yo lekòl. Konprann?

Almathe: Mwen konprann.

Patisipan #5: Gason; 41 ane; Pwofesè, Responsab kantin; Inivèsite; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nan sans sa mwen di: Retire timoun sa yo nan pwogram nan se di fèmen pòt lekòl.

Almathe: Hm ! Ok, dakò. Mèsi bokou.

Patisipan #1: Gason; 57 ane; Direktè, Responsanb kantin; Tèmine; 1 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nou di mèsi ak ou menm tou.

Piblik: Nou di ou mèsi tou. Fen !

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP # 5 PLANTÈ (SALANYAK)

Marie Therese Jn. Baptiste
Dat fokis gwoup la fèt: 3/28/ 2017
Dat transkripsyon: 4/03/2017- 04/ 20/2017

Patisipan

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè; pastè; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram

ENTWODIKSYON

Almathe: Bonjou tout moun !

Piblik: Bonjou, bonjou.

Almathe: Mwen rele Almathe. M’ap travay avèk yon ekip ki rele SocioDig. Sa nou fè ? Sè ke nou fè rechèch prèske tout kote nan peyi a, nan tout domèn. Men pou moman sa nou menm n’ap travay ansanm avèk PAM, ki se Pwogram Alimantè Mondyal. N’ap travay avèk PAM. PAM gen yon projè pilòt ki se kantin skolè ke yo bay timoun yo mange yon pla cho. Nou menm sa n’ap fè, sèke n’ap reyini ansanm ak kiltivatè, paran, epi pwofesè lekòl. Nou gen kèk ti kesyon pou’n poze yo. Nou konnen vrèman ke se pa nou tout la ki

vann dirèkteman, ki gen yon relasyon dirèkteman ansanm avèk Ropanip. Ke m’kwè ki responsab sou teren pou achte pwodwi lokal yo. Pou pote bay lekòl yo. Men n’ap pale sou sa plis talè. M’ap kite lòt moun ki nan ekip la prezante tèt yo epi n’ap kontinye.

Bonjou !
Piblik: Bonjou, bonjou.

Jackly: Non pa mwen se Jackly. M’ap travay avèk yon ekip ki rele SocioDig. Men travay sa n’ap fè la, n’ap fèl pou le PAM. Jan madam nan di: Se Pwogram Alimantè Mondyal. Ok. Jan’n te di. Donk, yo mete ti aparèy yo. Nou pral pale. Se pa avèk nou prèske ou pral pale. Se nou k’ap poze kesyon. N’ap esplike. Men tout sa w’ap di la, le PAM ap tande ou. Epi yo menm, aprè pwobableman pou yo reaji. Donk, ou gen yon nimewo. M’pa konnen si madam nan te di sa déjà. Nimewo a lè yo poze’w yon kesyon, ou vle reponn. W’ap di tèl nimewo. Epi w’ap di sa w’ap di a. Yon lòt moun bezwen bay ide tou, l’ap di tèl nimewo. Epi li di sa l’ap di a. Ou pa bezwen di Pastè… w’ap jis di nimewo a. M’kontan pou’m ansanm avè nou. M’ap fè plas a madam Natacha.

Natacha: Non pa’m se Natacha. Alò, m’ap travay avèk yon ekip ki rele SocioDig. Men jodi a nou reprezante PAM. Mwen kontan ansam avèk nou.

Almathe: N’ap kontinye avèk chak patisipan.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè, etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bonjou tout moun.

Piblik: Bonjou, bonjou.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se …Ki se nimewo 9. Mwen se yon senp kiltivatè epi etidyan.

Natacha: Èske nou ka pale pi fó ?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Mwen se yon kiltivatè pwi[7] etidyan. Nou chwazi travay jis

pou’n fè, pou’n wè si na met men ansanm nan pat la. Jis pou’n fè eee peyi a omwen pluzoumwen avanse. Donk, eeeee…

Almathe: Ok.

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bonjou mwen’m se…. Bon, e travayè’m ye. Nimewo 3. Epiii mwen menm se kiltivatè. Travayè m’ ye. Depi’m jwenn, nenpòt sa’n genyen … Eee latè m’ travay. [Setou.]

Almathe: Hummm. Ok. Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pastè; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Tout moun. Mwen limewo 5. Mwen se travayè latè. Epi anonse bòn nouvèl.

Almathe: Ok. Mèsi. Dakò.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Bonjou tout moun.

Piblik: Bonjou mesye.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se… Mwen se kiltivatè. Epiiii mwen se manb Dye Asanble di Kò de Jezikris. Ki ap milite pa pastè Apot Lavidè Rezeaks nan Janlwi. Eeee, mwen se abitan nan Janlwi, eee ke legliz mwen ki demere se anwo Cholwa.

E tout moun kapab tande legliz Kò de Jezikris. Nou la pou nou kapab… eee, nou la pou nou kapab anonse bòn nouvèl Jezikris. Nou la pou nou kapab ede, sila ki manke yo. Pou yo kapab konnen kòman pou yo sove. E levanjil sa a, son levanjil ki epapiye a tout peyi a. Mèsi.

Almathe: Mèsi bokou tout moun. Pou ENTWODIKSYON nou fè de tèt nou. Nou di kiyès nou ye. Epi sa nou fè. Bon, n’ap kòmanse bò isit la. Kòm Jackly te gentan di’l deja. N’ap gen kèk pwen ke nou genyen nou pral debat. Si’w vle pale, w’ap di nimewo 5. Nimewo k’ap pale a. Lè w’ap pale pa egzanp, w’ap leve chif ki nan men’w. Mwen menm oswa nenpòt youn nan nou ap di: Ok nimewo 3. Nou ba’w la pawòl. Nou di sa w’ap di a. Nan zòn bò isi a, ki danre nou gen pi plis ?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Isi Nimewo 3. Eee, òòt, chou, yanm, plizyè … Bon, depi se danre. Almathe: Kisa nou genyen plis?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: An…. Yanm, yanm ak chou.

Almathe: Ok. Èske nou gen sezon pou yanm ak chou?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Eee, wi li gen sezon’l, wi.

Almathe: Ki sezon lye?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sezon’l, bon eeeee, sezon’l li kòm pa gen sezon. Depi lapli ap tonbe isi nou travay. Travayè nou ye. E lapli ase, depi nou jwenn lapli nou travay. Ou konprann ?

Almathe: Men nan ki sezon lapli plis tonbe?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Kòmanse Fevriye, kòmanse Desanm, Janvye, Fevriye. Mas lan tou nou plante.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Plis tonbe lapli a tou se 21 Mas. Lè prentan kòmanse.

Piblik: Janm wè a la. Li pral tonbe nèt bò isi a.

Almathe: Ok. Dakò. Pa gen moun ki t’ap di yon lòt bagay ankò?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeee, nimewo 9. Justeman, eee pou alò kilti nou fè pi souvan. Alò, se yanm epi chou. Yo pa gen yon sezon fiks non. Se kwè’l di a. Depi lapli ap tonbe. Donk, nou plante bagay yo.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: E nou plante pwa tou.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mèwi!!

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nou plante pwa, nou plante tout. Men se sa yo mande plis la. Alò sa nou plante se yanm epi chou. Nan lari depi nou wè lapli ap tonbe. Epi nou jis plante. Men sèl, ti sèl difikilte pètèt nou genyen. Alò, se sèlman lè nou plante konsa. Dèfwa nou konn chwazi plante yo. Bon, mwayen ekonomik la pa pèmèt moun nan pou’l jwenn. Pa egzanp angrè pou’l…

Piblik: Netwaye! Pran swen jaden an.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Jus sa vin pèmèt aske jaden an swa li rete….

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li vin rete pase mizè.

Piblik: Li mouri anba tè. Swa li rete pase mizè li pa manbre.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non sèlman ou fin fè semans lan. E li redi netwaye tè a pou mete’l. Kounya, akoz de mwayen ekonomik ki vin pa genyen. Jisteman jaden sa a rive pedu[8]. Eee nan pedu pedu pedu, chak sa k’ap soti. Donk, li pap re-antre ankò. Eee, w’ap wè on moun gendwa gon ti bagay nan men’l la. Epi’l simen on 2 sachè chou. Rapid li pran vit nan men’l. Li pran swen’l. Sa’w tande a, rapid li gen yon ti aktivite nan men’l kanmen’m. Malgre li pa twò gwo, men lè’l pa genyen ditou alòske se sa ki bay plis pwoblèm nan. Moun nan gendwa ap travay e li pa wè kisa l’ap fè ak tè a. Pafwa li vin ba li yon degoutans. Li vin pa wè sa l’ap fè. Akoz de mwayen ekonomik, li pa genyen jis pou’l pran swen’l. Pou’l netwaye’l. Sa vin rann kont, paske se defisi l’ap fè defisi sou defisi.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi. [Bri moto k’ap pase.]

Almathe: Ki bagay ki koz nou plis pèdi danre nou nan kominote a? Nou plis pèdi jaden yo, ki sak koz sa ?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bagay ki plis fè nou pèdi jaden an, nimewo 9.

Almathe: Nimewo 9

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, premyèman se angrè a. Rapid vit w’ap wè ou plante yon ti pye chou tou piti. Alò, yon moun ki gen mwayen nan men’l. Ou fin plante’l jodi a. A pati de 15 a 22 jou la, ou sipoze ba’l angrè. E nan angrè w’ap ba li a, il fo ke’w bay angrè nenpòt 2 a 3 fwa. Avan li vin, avan li vin resi bon. Sa ka rive wannik pran on ti priz angrè ou ba li la. Jisteman, ou wè son bagay ki annik ret la. Li kokobe. Answit w’ap wè, si’w genyen’l nan men’w. Epwi ou mete’l ladann rapid. Se sa’k konn rann kont ke jaden yo arive pèdi. A vle di pa gon gouvènman ki ede. Pou yo ta amelyore nou. Epi jis pou’n ta avanse avèk ee agrikilti yo.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi. Pa gen yon moun ki t’ap ajoute yon lòt bagay ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Mwen se nimewo 6.

Almathe: Wi, nimewo 6.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeee, rezon ke nou genyen. Nou se plantè jan misye di an. Lè nou plante yanm, men yanm nan nou plante. Nou ka kòmanse depi mwa Janvye pou rive mwa Mas. Men lè prentan nou kòmanse. Se lè a nou ka kòmanse fè plis aktivite de jaden. Paske prentan kòmanse 21 Mas. E lè sa nou ka jwenn lapli. Pase anpil de lè nou ta renmen plante, koz lapli nou paka plante. Souvan, fwa tou nou ta fè ti jaden, nou ta plante ti jaden. Yo ta byen bon. Pafwa nou konn manke lajan pou achte angrè. E se angrè a. Lapli, lapli a se premye angrè. E angrè natirèl la ki se dezyèm angrè. Epi aprèsa nou plante pwa. Nou plante kawòt. Nou plante chou. E non sèlman, depi gen lapli nou fè anpil aktivite.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi. Pa gen yon moun ki t’ap ajoute yon lòt bagay ankò? M’ka kontinye? Wi, nimewo 5 lan.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi, mwen menm. Sa’m fè ? Deja se travay tè m’travay. M’plante chou. M’plante yanm. M’plante pwa men san dege[9]. Lè pou yo ta rive bay rekòl fòm ta jwenn an bokou angrè. Seeee, m’konn fè pati nan leta.

[Gen yon moun ki touse.]

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen konn al prete pou mwen mete. Pou’m pa pèdi jaden yo. Pase si’m pa al prete kòb la, pase se bon kòb ki pou fè jaden an. Si’m pa al prete kòb la pou’m konstwi jaden an. Ou pap gentan jwenn angrè nan bon bò a vre pou konstwi jaden an.

[Bri moto k’ap pase.]

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Anseye tou. Se mwen ki bay bòn nouvel la. Se mwen ki fè sa.

Almathe: Pou semans kote nou jwenn semans achte bò isi a ? Bon, ok nimewo 6.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eee pou bò isi a. Pafwa gen moun ki konn achte ti semans pou yo vann. Epi lè nou pa jwenn bò isi a, gen Fondènèg ki ba nou an gwo e detay. Ki se Agwo sèvis. N’achte Fondènèg.

Almathe: Ok. Dakò. Gen yon bagay ki rele chenn de mache, chenn de mache a sè ke nou gen danre a kòman nou vann li. Lè nou rekòlte kòman nou vann li ? An nou bay nimewo 9 yon chans pou’l pale. Aprè nimewo 6 ou menm ou ap pale.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok. Alò eee, danre a la se yon bagay li gendwa bon wi. Men pwoblèm ki vin konn prezante, alò, lè’w rive sou mache a avè’l. Dèfwa ou konn achte semans lan avèk yon pri ki trè elve. E’w konn achte angrè a ak yon pri ki trè elve osi tou.

Aktyèlman la, pou achte yon sèl ti sachè semans sa koute 500 goud. Yon sak angrè sa koute eeeee 300 dola. Pou’m pa di… Imajine, alò an goud. Se an goud peyi nou an sèvi.

Donk, ou gendwa rive nan mache a. Ou gendwa fè tout depans. Ou gendwa simen yon ti sachè semans pou 500 goud, yon sak angrè pou 300 dola. Wa’p pran swen’l. E kòb w’ap peye lòt moun. Si ou menm ou pa kapab netwaye’l. Dèfwa ou konn rive sou mache avè’l son katastwòf. Dèfwa ou konn rive sou mache a avè’l ou konn paka menm tire kòb ou depanse a. Kounya la, lè’m vin fè yon imajinasyon. M’di bon: Si nan zòn nan nou te gen, eeee pa egzanp yon bon òganizasyon kite a la tèt nou. Menm jan nan peyi devlope, yo konn fè sa tou. Yon moun gendwa fin fè jaden an, leta ap ede’l. Epi aprè lè danre a bon, leta menm gen yon ti pousantaj. Li pran sou li. E jis ou gendwa ap travay. Li gendwa fè x tan ap travay. Li wè poukisa l’ap travay la. Men, dèfwa nou menm nou pa jwenn yon bagay konsa. Menm yon ti èd. Òganizasyon sa ki sou pye a vrèman enpòtan. Pou kèlke moun bagay la fèt. Yo pran li y’ale bay pou kantin timoun yo. Men dèfwa nou gendwa al sou mache avè’l. Dèfwa kób ou depanse a ou paka tire’l nul par[10]. Bon, ou prèske menm demi ou paka tire. Dèfwa se pèdi, pèdi, pèdi nèt.

Almathe: Nimewo 6, ou t’ap ajoute yon bagay ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wiii. Ou te di lè nou gen danre kote nou vann yo ?

Almathe: Chenn de mache a ye,kòmanchenn de mache a ye ? Kote’l soti nan jaden an pou rive nan mache a. Pou rive kote w’ap vann ni an. Kòman sa fèt?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nan depa, mache yo konn pa pre nou. Nou konn gen anpil dè difikilte pou’n rive nan mache yo. Epi pafwa, jan konfrè nou di an. Nou konn rive nan mache lè nou panse sa ka byen pou nou, bagay yo konn pa tèlman. Alò, se yon jijman. Si tout fwa ke nou te jwenn yon kote ki te ka resevwa podwi sa yo nan men nou. Nou t’ap santi li pi mye pou nou.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi. Pa gen moun k’ap ajoute yon lòt bagay ?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon. Bon, e limewo 3. Jan’w tande nimewo 9 la di a. Bon sa’w wè’l di a se konsa.

Almathe: Ok. Dakò. Men kiyès ki responsab pou al vann machandiz nou ? Pou vann danre. A kiyès ki responsab pou fè sa ?

Pliblik: Gen dèfwa, danre a konn pare. Ki nimewo… Ki nimewo ? Se machin ou pran w’al vann ni Fondènèg.

Almathe: Men kiyès kiyès nan fanmi an ki responsab ki pou fè sa? [Bri moto k’ap pase.]

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Madanm nou. Chonje se mèt kat ki jwe kat la. Si’m redi m’fè jaden’m. Si’m gon fi. Fi a gendwa al vann ni. Men se mwen ki redi fe jaden an. Se mwen k’ pou oblige al bat mizè’m, nan mache a.[Riii.]

Almathe: Ok. [Riii] Ok. Nimewo 9. Ki moun ki vann pou ou? Riii

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, se manman’m ki responsab. Tout, tout bagay mwen nèt. M’gendwa fè patat. Yanm. Chou kèlkeswa sa’l ye a. Se manman’m ki responsab li. Se konsa’l ye, li ale nan mache.

Pou ale nan mache, nan mache a Fondènèg. Kous moto a ap koute’w. Nenpòt ee 250 goud. Ou gendwa al nan mache. Ou pran moto ou desann, sa esi w’ap desann. Men yo pa konn pote yo sou moto a.

Dèfwa, yo konn pote on ti bagay sou dèyè moto a. Pa twóp. Men yo konn pote yo sou machin. Alò, ou poto on sèl la sou machin. Sòti la al Fondènèg l’ap koute’w on 150 goud. On sèl la. On ti bout sak. E pa gwo, gwo, gwo sak non. E konsa bagay yo ye. E nan sa nou ye bó isi a. Donk, eeee manman’m ki responsab tout bagay. M’pa konn pou pi devan, lè’m gen madanm. Lè’m vinn gen madanm, e li k’ap responsab. [Riii.]

Almathe: E ou menm. Kiyès ki responsab pou ou ? Nimewo 6. Ki vann pou ou ?

Patisipan #6: Gason ; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se limewo 6. Mwen konnen depi’w gen madanm. Sè ke tout afè’w se sou kont madanm ou yo ye. E madan’m mwen ki vann pou mwen.

Almathe: Ok

Patisipan #6: Gason ; 35 ane ; Kiltivatè ; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Pafwa, m’konn ansanm avèk li tou.

Piblik: Riii
Almathe: Ok. Men se li ki responsab?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Se li’k responsab.

Almathe: Nimewo 5. Pastè?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi . Mwen menm m’konn vann jaden. M’konn vann jaden, pase madan’m mwen gon lafyèv tifoyid nan pye li.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Li pa kapab pran kous machin nan. Li pa kapab.

Almathe: Ok. Sa vle di machann, madan Sara vini. Epi’w tou vann tout jaden an?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: M’vann jaden an. Pafwa tou m’vann ni, nan jaden an. Pafwa tou m’pote’l Msòti m’al vann ni. M’ bay yon sèvant vann ni pou mwen.

Almathe: Ok. Dakò. Mèsi. Èske nou tande pale de Ropanip ? Sa nou tande pale de Ropanip ? Nimewo 6.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Mwen tande pale de Ropanip. Eeee alò’m konnen Ropanip se youn sou teren an. Byen ke’m te di m’te nan Ropanip. M’te vin soti. Menm konnen Ropanip se youn sou teren an, ki travay anpil. Ee Ropanip konn voye dè semans. Li konn bay chou. Li konn bay kawòt. Li konn bay angrè. Eeee m’kwè m’te nan Ropanip. Lè’m te nan Ropanip m’te gentan benefisye yo. Te voye, m’te gentan benefisye yon kabrit nan

Ropanip. Aprèsa se yon bagay yo te fè. vin fè ansanm avèk mwen. Ki fè’m te vin soti. Men jisteman m’te vle tounen. M’pot ko retounen. Menm konnen Ropanip te konn travay sou teren.

Almathe: Dakò. Ban’m poze’w yon ti kesyon. Ok. Ou ka ban mwen yon ti istwa ou menm avèk Ropanip ? Sa vle di, ou te asosye avèk Ropanip ?kòmansa te rive fèt ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon m’pa fin tèlman…

Jackly: Pa egzanp, èske yon manb Ropanip ou te ye? Oswa ou te nan yon lòt oganizasyon ki konn vann a Ropanip? Kòman sa te fèt?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Mwen te nan òganizasyon an. Men lè sa Ropanip potko achte. Se an aprè lè’m vin soti. Ropanip te vin achte pou yo bay a lekòl. Lè sa se manb mwen te ye nan Ropanip.

Almathe: Ok, mèsi. Nimewo 9.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wiii. Papa’m fè pati Ropanip la tou. Donk alò, se konsa bagay yo ka vini la. Epi yo separe yo antre yo. Chak moun ki nan Ropanip yo jwenn yon ti bagay. Sof ke gen yon bagay yo te konn ouvri ladan tou. Yo te konn fè anpil. Eeee anpil ekonomi. Jan konfrè nou di’l, jan li te benefisye kabrit la. Alò, se pa pou san rezon. Alò, son bèl bagay li ye. Li ede’w a fè dè jesyon. Li ede’w konn de bagay ou genyen, jisteman. E pifó danre ou fè yo tou, pa preske pase an gaspiyay.

Alò, gen prezidan Ropanip la. Donk, si’w ladan degaje la rapid vit ou jwenn avè’l. Eeee l’ap degaje’l. Li pranl nan men’w. Jis pou fè kantin eskolè a mache ase byen. Alò, se sèl ti istwa sa tou piti, tou piti, ti istwa sa sèlman mwen te genyen. Mwen konnen papa’m andedan pati, ki konn ap esplike’m on seri de bagay ladann. Alò, se sèl sa mwen retni ladann, yon istwa ladann.

Almathe: Ok. Pa gen moun ki t’ap ajoute lòt bagay ankó?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: M’pa konn si gen moun k’ap di. Mwen m’pap di anyen ankó non.

Almathe: Ok. Èske yo pa janm achte danre nan men nou? Menm si egzakteman se pa Ropanip ki achte danre a nan men nou. Èske yo pa janm achte danre nan men nou? Epi danre sa, yo pran’l ? Yo pote’l nan lekòl ki bay kantin yo ? Epi yo bay timoun yo mange ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen’m se limewo 6. M’poko gen sa…

Almathe: Ou poko gen sa?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: M’poko genyen.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen vann. M’pa konn si moun nan al pote’l ale. Men m’poko antre nan gwoupman an. Pou mwen al bay danre. M’poko jwenn. Lè fini lespri’m potko demare pou male la nonpli. M’pat jwenn moun te vin anseye’m, mande’m machandiz. Ou konprann ? M’pa konn jwenn moun mande’m achte.

Almathe: Humm.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pastè; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: M’pa konn jwenn moun mande’m achte. Sa vle di m’pa gen kouray tou, pou yo wè m’ap rantre san’m pat gen kontak ak moun nan. Pou’m ap pot machandiz. M’konnen moun nan ka banm desepsyon. M’pa antre. Men si’m te jwenn okazyon. Yo te envite’m. Yo te bezwen machandiz nan menm. M’ tap pote ba yo. Men san ke yo pa di’m sa. M’pa pote.

Almathe: Ok, dakò.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, rezon ki konn fè mwen menm… Defwa m’konn genyen tou ki konn rive jwenn timoun yo. Se paske papa’m nan òganizasyon an. Li gendwa genyen. Epi’l chwazi jodi a li pa voye pa’l. Epi’l pran nan pa’m, li jis bay. Li voye ale. Sa vin rann kont m’gon ti bagay ki ale tou. Alò, depi’l rive nan men moun yo. Moun yo k’ap resevwa

yo a. Ki ap achte yo a. Depi’l rive nan men yo. Sèke eeee timoun yo ap twouve yo kanmenm. Paske se sa yo la pou yo fè. Donk, depi’l rive nan men yo. M’konnen y’ap rive kanmem. Paske m’tap pale ak yon pwofesè lekòl anlè Salanyak. Li di’m e chak jou defwa… M’di’l: ‘‘Kóman yo bay timoun yo bagay yo’’ ? Li di’m: ‘‘Se yanm dèfwa se patat.’’

Dèfwa yo konn ba yo manyòk. Yo konn fè bouyon. Gen jou tou yo fè legim tout bagay nèt. Epi bay timoun yo mange. Kounya la, alò’m di: ‘‘Bon, si se konsa l’ap mache.’’ M’di: ‘‘Bon, bagay la ap byen mache’’. Sa sèlman fè’m gen anvi travay de pli. Malgre’m poko entegre ladann. Jis pou’m ranbouse yo yon seri de bagay, pou yo ba yo. Men sa sèlman fè’m anvi travay. Paske m’wè timoun yo ap nouri a pwodwi lokal la. E sa ankò fè’m pi byen toujou. Paske y’ap nouri pwodwi lokal yo.

Almathe: Ok. Ban’m poze yon kesyon sou sa’w di’m nan. Èske lè papa’w konn pase danre ou yo a Ropanip, ou fè plis kób ke lè danre al nan mache a?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeee, alò li vise vèsa. Defwa ou konn fè plis kòb nan mache a. Dèfwa tou ou konn ap fè mwens kòb. Pa egzanp… Eee, m’pa konnen. Alò ane kite pase a te konn genyen yon ti bagay chou.

[Brii moto k’ap pase.]

Ou konn rive nan mache a la, ou vann ni 80, 90 dola. Answit lè’w rive eeee, nan Ropanip la. Ou vann ni depli ke 90 dèfwa tou. Li konn moute nan mache a, ou parèt ou vann ni 300 , 300 konbyen dola. Epi aprè nan Ropanip la li gendwa, li gendwa desann. Em te vin tande, m’pa konnen si se konsa’l ye vre. M’te vin tande pri sa li vann sou mache a. Se pri sa a Ropanip ap resevwa’l nan men moun yo. M’pa konnen si se verite li te ye.

Silans…
Almathe: Ok. Èske nou ta vle fè pati de Ropanip ? Piblik: Wi, wi.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Depi nou jwenn okazyon pou’n fè sa n’ap fè’l.

Almathe: Kisa nou panse de pwogram kantin skolè a ? Yo bay timoun yo manje manje lokal la. Ou gentan di’m sa’w panse nimewo 9. Yon lòt moun. Kisa’w panse de pwogram sa, pwogram PAM sa ?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sa ta merite pou fèt..

Almathe: Nimewo 5 …

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sa ta merite pou fè sa. Paske yo son èd pou bay timoun sekou. Jan yo konn di a. Sonw lit n’ap fè la. Mwen trè kontan pou’m kapab patisipe nan sa tou. Paske’m pat ko, sa pat nan lespri’m tou .M’pat ko jwenn moun panike’m de sa tou. Se kounye la nou pran posiblite pou’m patisipe nan sa. Epi’m kontan sa tou.

Almathe: Trè byen. Nimewo 6, sa’w panse de pwogram nan ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sam panse de pwogram nan? Nimewo 6. Sam panse nan pwogram nan. M’panse se yon aktivite ki ap ede timoun yo nan lekòl. Paske tout fwa ou menm paran ou te gendwa bay timoun nan on ti bagay la’l lekòl. Epi sa’w te ba li a te gendwa pat ka kenbe’l pou jounen an. Lè’l rive lekòl la li vin jwenn yon lòt ti bagay ankò, ki ka ba’l yon plis sipò pou’l retounen. Timoun nan timoun nan vin jwenn ou. Epi’m santi son bèl aktivite nan pwogram nan. Em kontan sa. M’felisite sa.

Almathe: Nimewo 3, sa’w panse de pwogram nan?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeee, mwen menm … M’renmen pwogram nan anpil. Pase se travayè’m ye. Pase depi’m wè gon bagay gon kote ou ka annik rete ou bay li, y’ap pran’l. Se bon.

Almathe: Ok. Èske gen lekòl bò isi a ki bay kantin skolè? Ki bay manje, ki bay kantin nan seksyon an, nan kominote a, gen lekòl ki jwenn?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi. Gen lekòl ki jwenn. Pase gon lekòl anlè kay Tilis la. Yo konn fè sa. Yo toujou bay. Kay Soni yo toujou bay kantin.

Almathe: Ou pa gen timoun ki nan kantin?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Mwen pa gen timoun. Mwen menm timoun pa’m lekòl Kè de Jezi de Vyèl. Almathe: Hummm

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Yo pa fè kantin.

Natacha: Yo pa fè kantin?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non.

Almathe: Ok.

Almathe: Yon lòt kesyon sou afè kantin nan, m’ap poze nou. Sa yo bay? Yo bay timoun nan yon pla cho? M’kwè yo bay li nan peryòd rekreyasyon. Men èske daprè nou menm li enpòtan? Èske li nesesè se yon pla cho pou yo bay timoun nan? Èske nan plas pla cho a, yo te ka bay timoun nan yon pla frèt? Ou konnen pou fè manje li pran tan. Èske nou pa panse yo te ka bay timoun nan yon lòt bagay nan plas pla cho a? Yon bagay ki deja prepare? Wi. Nimewo 9.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeee ki deja prepare a avèk lè se ou menm ki prepare’l la se 2 bagay diferan. Eee sitou se avèk menm pwodwi pa nou nou chwazi fè preparasyon an. Avèk yon preparasyon… Ban’m di ki soti…Bon, ban’m di an Chin, Ozetazini. Donk, m’pa konn kijan de preparasyon’l ye. Eee malgre de tanzantan mond lan menm… Non sèlman ap modènizè. Modènizasyon an menm vin ap prèske mete moun yo, prèske mete moun yo maladif. Pase gen de seri bagay yo kreye aktyèlman. Y’ap voye ba nou. Te gon egzanp eeeeee on bagay yo rele papyo, yon ti ji.

Yon ti ji yo fè yo mete’l nan sachè. A chak fwa mwen menm mwen bwè’l, e kòmsi m’santi tout kòm ap fè’m mal. E sou m’prèske sou. M’konn fè jounen an kouche. Dèfwa tou, padon figi nou, m’konn ap pipi, pipi a dous. Dèfwa m’jis pa bwè’l ankó. Kounya la avèk nou menm ki gen pwodwi lokal pa nou. Donk, nou prepare. Ou gendwa gen gwayav sa la. Ou pranl ou fè yon ji avè’l. Ou gendwa gen chadèk sa la. Ou pran’l ou fè yon ji avè’l.

Oubyen zoranj kèlkeswa kowosól. Kèlkeswa sa’lye a ou pran’l ou fè yon ji. Ou prepare yon ji ou bwè, kawòt la. Donk, m’panse yon bagay… M’panse ki deja prepare nan yon lòt peyi kèlkonk. Alò, se 2 bagay diferan. Alò, pla cho a, olye de yon pla frèt ki deja prepare soti on lòt kote. Avèk nou menm ki prepare’l la, m’panse pla cho a se meyè solisyon pou timoun yo.

Almathe: Ok. E sou sa’w di a, e si pla frèt la sonw pla ki prepare lokal li ye ?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, pla frèt la… Eee si’l prepare lokal… Donk, alò se toujou yon pwoblèm. Pla cho a, lik plis nesesè. Alò pla frèt la… M’konn toujou tande lè y’ap fè spòt kolera yo konn toujou di avan…

Almathe: Lè’m di’w pla frèt la, sa pa vle di sonw manje ki la deja. Sonw manje ki pa kwit ki ka manje. Men ou pa bezwen mete’l sou dife pou kwit li. Li ka yon bagay, nou ka di kasav avèk manba, fig mi. Ann di on bagay konsa. Men se bagay ki lokal ?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok, ok. Kounya la m’konprann. De tout fason alò pla cho a, alò e li k’ap meyè solisyon pou timoun yo.

Almathe: Èske nou di menm bagay, nimewo 6?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen se nimewo 6. M’ap di, tout fwa lè timoun nan ta pran yon pla cho li ankò santi’l pi bon. Paske lè ou prepare pla frèt la, m’kwè ou gendwa bay timoun nan ti bonbon. Pafwa’l gendwa e ti bonbon siwo. Ou gendwa e ti bannann mi. Gen timoun pafwa, gen timoun ki vere anpil.

Bagay dous la pa fin tèlman bon pou li. Lè timoun nan pran yon ti bagay sèl li pi mye pou li. E souvan fwa, yo gendwa di yo pral bay timoun nan ti sachè bonbon sèl. Pafwa’m kwè… Pafwa menm kan yo te prepare yon grenn bannann. Yo te bouyi li. Yo te ba li enpe sòs. Li te bwè’l. Li t’ap ankò mye pou li. Menm lè yo te ba’l yon bout bannann, li t’ap pi mye pou li. Ke’l pral manje yon grenn bannann mi, ki pa’p santi’l enpòtan. Petèt yo pral ba’l yon sachè bonbon. Petèt yon sachè chiko li mange’l. Son ti desè lye. Se yon ti desè’l ye. Sè ke si’l te pran pla cho a, li t’ap pi enpòtan, pi enpòtan.

Almathe: Ok, dakò. Èske nou ta vle genyen kantin skolè nan zón nan ? Piblik: Oh wi. Anpil, anpil.
Almathe: Anpil, anpil?
Piblik: Wi, wi.

Almathe: Gen anpil lekòl nan zòn nan? Konbyen lekòl kominotè ki genyen konsa?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Kominotè a 1,2. Alò pou zòn sa la, m’konn 3 lekòl kominotè.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò’m se nimewo 6. Ou di, èske nou ta renmen…

Almathe: Wi, èske nou ta renmen pou gen yon pwogram konsa nan zòn isit la ? Pou timoun yo te ka benefisye’l.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eeee m’pral di… Si tout fwa ke lekòll pa timoun yo pat genyen’l deja. Èske a travè de nou menm nou pral… Pandan setan ke ou rejwenn ansanm avèk mwen. Èske a travè…

Almathe: Ou mèt fin pale, ou mèt fin pale.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok, èske a travè de nou menm? Èske lekòl la pral ka arive benesifye’l.

Almathe: M’ap reponn ou avèk sa. Se pou sa nou gen ti aparèy sa yo la. Ke nou genyen. Nou fè ba’w chif. Nou gen yon rapò nou pral remèt PAM. N’ap di nou te pale, men a moun nou te pale yo. Men sa yo panse. Men sa yo di. Epi men kote yo ye. N’ap pote tout pawòl ou di. Se kòm si se a PAM w’ap pale la. Dakò ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Jis mentnan ke m’ta renmen… M’ta renmen si lekòl kote timoun mwen yo ye a ka patisipe…

Natacha: Kay Tilis se yon lekòl kominotè ? Kay Tilis ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon m’pa konn si se yon lekòl kominotè.

Piblik: Kominotè’l ye, kominotè’l ye. Almathe: Ok.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sa plis manke’m. Si kote timoun mwen yo lekòl la, si yo te ka patisipe li t’ap mye. Yo t’ap benesifye on bagay tou.

Almathe: Kòman lekòl la rele?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Kè de Jezi de Vyèl.

Almathe: Ok. M’ap tounen sou bagay sa ankò avèk nou. Si yo di, si yo ta di nou konsa kòm nou pa gen timoun ki nan lekòl. Men pa egzanp ou gen yon timoun ki nan lekòl ki bay kantin. Si kantin nan vini li di konsa, sa nou gen kounya nou ka bay timoun nan se yon bagay dous. Si yo di ke yo pa gen ase fon pou bay timoun yo yon pla cho. Nan ka sa kisa nou t’ap di PAM ? Si’l ta di yon bagay konsa. Èske nou t’ap di PAM pito’l pa bay timoun nan anyen menm. Oswa li mèt ba li bagay ki dous la?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò, nimewo 6. Sam t’ap di, m’pa t’ap di pa bali’l. M’tap di, pla cho a se pa tout afè. Si yo pa ta ka ba li’l chak jou. Pafwa yo te ka fè yon melanj. (Mmhh) Si tout fwa ke nan semèn nan pote 6 jou. Yo ta ka fè pla cho a diran 3 jou. E pla frèt la diran lòt 3 jou. Epi’m t’ap di yo te ka melanje’l, yo fè sa. Pase bagay yo pran depans. Si tout fwa yo ta santi depans la twòp pou yo. Bon, nou konnen pou afè fè manje ou pa ka pran yon manje ou mete’l bouyi. Men si yo pa ta ka panse diran tout semen nan, yo pat ka moute chodyè. Yo te ka melanje’l.

Almathe: Ok.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Fè yon pati pla cho, yon pati pla frèt.

Almathe: Dakò. Mèsi. Pa gen yon moun ki t’ap ajoute yon bagay ankò? Natacha: Men semèn lekòl bò isi yo se 6 jou yo fè ? Kòm mwen tande…

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non. Alò, m’di sa.

Almathe: 5 jou, 5 jou. Ok, dakò. Èske nou panse yon pwojè konsa ta sipoze kenbe? Ta sipoze kontinye jiskaske’l rive kote’l ta dwe rive a?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi alò.

Piblik: Wi, wi.

Almathe: Tankou pwogram kantin skolè a, èske nou panse li ta dwe kontinye oubyen’l dwe kanpe?

Piblik: Non. Fò’l ta kontinye, kontinye.

Almathe: Poukisa pou’l ta kontinye ? Poukisa pou’l ta kontinye ?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Paske se yon bagay ki bon li ye. Si tout fwa m’ta vin gon timoun. M’ap travay. M’ap toujou bat pou’m mete’l nan lekòl kote ki gen pla cho a.

Almathe: Sa t’ap ede’w kòman?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: L’ap soulaje’m. Gen dèfwa l’ap nan lekòl li. Li t’ap jwenn kantin ni. Egal la, li t’ap bon pou mwen.

Almathe: Wi, nimewo 9.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Alò soulajman’l t’ap jwenn, malgre’m poko gen timoun. Soulajman’l t’ap jwenn, pla cho a la. Alò, li t’ap sòti nan men paran yo ankò. E answit e pitit yo, e pitit, yo ankò ki pral benefisye’l. Dèfwa ou gendwa rete, donk ou gendwa leve maten an la. Alò sonw grenn ze, yon ti fig, oubyen yon ti pen ou gentan fè bay timoun nan. Donk, gen paran lè timoun nan al lekòl la chak jou, alò fòl jwenn on 100 goud on 50 goud pou’l ba li. A lèd de pla cho sa, 50 goud sa, 100 goud sa li fè ekonomi avè’l. Akoz de pla cho a timoun nan jwenn nan lekòl la, alò li t’ap ede paran bokou, bokou.

Almathe: Pou mwen menm, kesyon pa’m yo sanse fini. M’pa konnen si kolèg mwen yo gen kèk bagay yo ta vle ajoute ke mwen menm mwen pat ajoute?

Jackly: Bon, m’pa wè genyen anpil bagay mwen ka ajoute se sa’l ta ye. Mwen te gen yon kesyon avè’m talè a. M’genlè bliye’l. Men si Natacha gen yon bagay li ka toujou di’l pandan sa ma sonje pa’m nan.

Natacha: Bon, m’pa gen tèlman anpil bagay m’ap di. Pase m’tande tout sa nou te gen pou’n tande ?

Jackly: Kesyon’m genyen an, mwen on ti jan chanje’l. Èske nou konnen wòl le PAM ? Wòl le PAM antanke plantè? Èske nou konnen wòl li?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Non, lè plantè…

Almathe: PAM, PAM. Ou ka jis di nimewo’w?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Nimewo’m se 6. Alò mwen kwè wòl PAM nan, se pou la premyè fwa m’tande PAM. M’potko tande’l. E si tout fwa PAM ta gen yon wòl li jwe, sè ke nou pa konnen. Si tout fwa nou ta esplike nou on pwent de vi ladann. Nou ta kapab rekonèt li. Pase pou mwen menm m’potko tande’l.

Almathe: Pastè, pat gen yon lòt moun ankò?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Ok, nimewo 9. Alò eeee selon tout sa nou pale la. Si’n t’ap fè yon

brèf rezime. Donk, mwen t’ap gentan di. Alò’m t’ap gentan di. PAM li la jis, eeee li la jis pou’l ede nou avanse. Rezon an, lè’m di pou’l ede nou avanse, si nou chwazi vin pran tout enfomasyon sa yo. Epi pou’n degage pou’n pote ale answit. Aprèsa, eee sizanka, sizanka ou vin gon reaksyon ki vin fèt. Petèt òganizasyon gendwa vin fòme. Epi nou jwenn posiblite tou pou’n ofri de seri de bagay nan òganizasyon an. La m’panse, m’paka pa di anyen ditou. [Riii] An gwo, PAM ede nou avanse a pwogram kantin eskolè yo. E answit pou’l ede paran yo tou. E answit pou ede timoun yo tou.

Jackly: Ok. Tout sa nou di yo bon. Men pa definisyon nou konnen ke PAM se Pwogram Alimantè Mondyal. Sou afè kesyon manje. Se sak fè nan lekòl la gen sak rele rasyon alimantè. Kantite pwa, kantite diri, kantite lwi’l kò yon timoun ap bezwen pa jou. PAM se li menm ki regle koze sa yo. Sam te ka di pwodiksyon lokal. Paske nan moman sa la, yo achte pwodwi nan men plantè etsetera….

Se yon bagay ki nan zafè ak kesyon manje. M’panse se tout sam ka di. Madam nan genlè ap ajoute yon bagay ?

Almathe: Wi. M’tap ajoute yon bagay sou sa Jackly di. Nou konnen ke, èske li nesesè pou pwogram nan achte manje lokal ? Oubyen pou’l ta achte manje ki enpòte pou bay timoun yo ? Nou konnen pou manje lokal anpil fwa manje lokal la konn pi chè. Sa timoun nan ka jwenn nan konn piti. Si yo di konsa ke y’ap achte manje ki enpòte. Yo ka bay timoun on asyèt diri ki pi gwo ke si yo ta ba’l nan diri lokal. Èske yo ta sipoze rete egzakteman sou lokal oswa yo te ka pran manje enpòte bay timoun yo ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon, mwen se nimewo 6. Alò, n’ap di lè tout fwa ke se moun k’ap fè pou ou, ou pa egzije.

Almathe: Non. Sa’w panse ki t’ap pi bon ?

Jackly: Kite’l pale, kite’l pale.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Eee pandan setan ke, se menm jan m’sot di a la. Nou panse e si tout fwa ke nan manje, menm se ou menm a la mezon. Si tout fwa ou ta gen yanm. Ou plante yanm. Ou paka fè. Ou paka rete toutan pou w’ap kwit yanm, yanm. Ou ka, ou ka kwit yanm nan gon moman. Gon moman ou ka kwit diri. Yon moman ou ka kwit mayi

moulen. Gon moman ou ka kwit pitimi. Epi nou ka change manje. Fè rechanj manje. M’kwè nan moman sa si PAM ta vle kwit diri ba timoun yo. Li vle kwit yanm. Li ka kwit bannann. Li ka fèl. Nou pa bezwen se nou menm, ki pou di egzakteman men sa nou dakò pou yo ta fè pou yo. Em kwè yo ka kwit diri. Yo ka kwit yanm. Epi pafwa lè yo paka achte nan pa nou an, yo ka bay yon anbwate. Yo ka fè’l.

Jackly: Enpòte ? Enpòte vle di, manje ki soti nan lòt peyi.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi.

Almathe: Ou pa t’ap gen pwoblèm a sa ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Bon. Alò nou pa t’ap gen lòt pwoblèm avè’l. Paske nou manje manje ki sot nan lòt peyi.

Almathe: Kiyès? kiyès ki t’ap di yon lòt bagay?

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen menm nimewo 3. M’ pi abitye a kilti’m fè a. M’kwè nan sam fè a.

Almathe: Ok.

Patisipan #3: Gason; 26 ane; Kiltivatè; Preparatwa 2; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Donk, manje k’ap sot lwen nan bato sa yo. M’pa fin fye ladan yo. Lè w’ap manje’l gon ke sote ki pran’w,.nan sam plante a m’pi kwè ladanl. Almathe: Ok, dakò.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Epi nimewo 6. Kesyon’m ta renmen tounen di ankó. Alò, kòm PAM eeeee peze sou afè plantè a. Sam ta di, èske tout fwa ke pandan se tan nou chita la? Nou chita nou gentan kòm yon òganizasyon la ? Èske tout fwa nou gen dè ti semans tou epi PAM te ka fè nou rejwenn ? Pafwa si PAM te ka fè nou rejwenn dè ti semans. Ankò tou, n’ap santinn mye. Eee pafwa nou konn bezwen dè ti chou, kawòt. Pafwa kawòt la konn rate nou. Nou bezwen angrè. Èske PAM ka ede nou ? PAM ka fè nou jwenn ti pwodwi sa yo ?

Almathe: Ok .

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: M’santi sonw mye l’ap ye pou nou.

Almathe: Ok. Dakò. Nimewo 9, ou t’ap di yon bagay?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè, etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wii.

Almathe: Ou t’ap di on bagay sou afè pwodiksyon lokal, ou sou pwodwi enpòte ?

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sou pwodwi enpòte a. Alò nou patisipe ladann. Si gon bagay ki pou rive sof ke Bondye nan syèl la gentan wè kòman. Li gen je e li k’ap veye tout bagay nèt. Kèlkeswa sa’k gen pou rive a selon kwayans nan Dye. Pa gen anyen li pap fè. Alò pwodwi enpòte a ap bon. Ni pwodwi lokal l’ap bon. Ou gendwa parèt la ou di w’ap fè, w’ap fè ee yon enpòtasyon la. Sa t’ap ede vin patage a timoun yo. Nou paka di non. Eeee pandan setan nou te ka achte kèlke sak yanm, manyòk. Jis poun prepare pou timoun yo. Nou paka di non. Alò, pwodwi enpòte a. Se vre m’gendwa pi kwè mmhh nan pwodwi lokal mwen an. Menm jan te gen yon sitwayen kite di sa. Poukisa nou oblige kite pwodwi lokal nou an ? Alò, se ak bagay etrange n’ap sèvi. Alò, dèfwa rezon ki fè n’ap sèvi a bagay etange sa yo. Gendwa pou fè ee… Yo gen kote pou yo fè. M’bliye kòman yo di sa. Wiii, pwodwi fini.

Piblik: Pwodwi fini, fini.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Men si nou gendwa gen gwayav la. Gwayav la la. Ou la ou pa konn enpòtans li non. Men si imedyatman ou voye’l nan lòt peyi ki òganize yo. Yo jwenn ni. Yo fè’l tounen yon pwodwi fini. E w’ap wè yo mete yon konsevasyon. Konsevasyon ladann ki dire 2,3,4 tran ladann. Yo toujou jwenn yo pou y’ap sèvi yo menm. Alò, si’n te gen bagay sa yo isi a la. Nou te gendwa transfòme pwodwi pa nou yo tou an pwodwi fini. Donk, eee nou te gendwa jwenn yo 2 ,3 ,4 tran n’ap sèvi tou. Menm jan a lòt yo. Alò, eeeee enpòtasyon an avèk lokal la. Alò jan yo ta dwe fè’l li t’ap toujou bon. Lokal la, enpòtasyon an tout enpòtan.

Jackly: Alò dakò. Mèsi. Nou sanse fini men si nou ta gen yon dènye pawòl nou t’ap di a PAM. Swa Ropanip ki dènye pawòl li t’ap ye ?

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wii, mwen…

Almathe: Nimewo 5.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sa mwen menm, mwen ta vle di. Mwen se la kilti mwen fè. Si’m te ka jwenn yon opòtinite ta ede’m. Ta renmen on sèl bagay. Fòk nou pa dekourage.

Almathe: Wi.

Patisipan #5: Gason ; 48 ane ; Kiltivatè, pastè ; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Fòk nou kapab genyen yon pawòl si. Si’w konnen ou ap fè 2,3,4 mwa nou pa wè. De mwa ou ale nou pa k’ap tande ankò. M’ta renmen pou’l fè. Pou’l mòde. Bonjan aktivite ladann. Epi pou nou kenbe pawòl nou. Pou nou pa mòde lage.

[ Briii moto kap pase.]

Almathe: Ok. Pou’m reponn ak pastè. Se reponn m’ap reponn. Nou menm sa nou fè. Nou pran pawòl ou. Nou pote ale. Se sa nou fè.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Kilè n’ap tounen ankò?

Jackly: Ou konnen nou gen yon dènye vini pou’n fè ankò. Se an Jen oswa Jiyè n’ap fonw retounen ankò. Pwobableman ka gentan genyen yon lòt bagay avan. Konsa tou, Jen an gendwa rive gen lòt ti difikilte sa pa mache. M’panse se nan peryòd sa n’ap tounen vin pale ansanm avèw ankò.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pastè; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Men lè n’ap vini.

Almathe: Wi, n’ap rele.

Patisipan #5: Gason; 48 ane; Kiltivatè, pasté; Moyen 2; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Anlè a n’ap desann, nan legliz la?

Jackly: E sak fè? Fò nou bay bon nimewo. Pase nou t’ap rele nou. Nou pat ka jwenn nou.

Almathe: Nimewo 6.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Wi, nimewo 6. M’kwè nenpòt lè n’ap retounen nou rele’m n’ap jwenn nimewo pa mwen an. N’ap ka jwenn mwen. Epi m’ap mande avèk Ropanip, eee kòm li te konn fè sa. E li fè sa. Se li’k toujou ka fè nou jwenn yon ti semans.

Almathe: Hummmm

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Yon ti semans ki ap enpòtan pou nou. Fè nou jwenn yon ti semans.

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Sa ap pi entèrese nou.

Almathe: Ok, nimewo 9.

Patisipan #9: Gason; 22 ane, Kiltivatè; Etidyan; 3em segondè; Okenn timoun; Okenn timoun nan pwogram: Mwen menm antanke jèn. Donk, sam ta renmen. Mwen ta jis bezwen yon amelyorasyon. Amelyorasyon an, se jis ou gendwa genyen alò pou fè semans yo. Kòm konfrè sot di a la. Konn gen difikilte pou nou jwenn yo. Alò, lè’n pa jwenn yo, lè konsa sa vin kont menm timoun yo. Kalkile si nou pa travay nou pa jwenn angrè pou met nan yanm yo. Pou yo donnen. Pou timoun yo jwenn. Si’n pa jwenn angrè pou’n met nan chou. Pou nou mete nan semans yo. Pou nou plante jis pou timoun yo jwenn. M’panse ni mwen menm, ni timoun yo, pwogram eskolè a li pap yon jan ka mache. Si’n pa gen ase mwayen nan men nou tou. Yon lòt bagay pou nou fè kilti yo. Pou timoun ka jwenn yo.

M’panse ni nou menm tou, tankou mwen menm pastè a, eeee lòt toujou se travayè yo ye. Si yo pa travay. Alò, yo poko gen yon metye pwofesyonèl nan men yo, tankou bòs mason. Alò, pa gen anyen ditou. Alò, se travay la. Travay latè a ki se plante yanm nan. Alò esa ki ede yo sèlman. Alò, si yo gen difikilite pou yo travay li. Yo pa jwenn yon amelyorasyon. Yo pa jwenn yon ede pou yo ka ale vè lavan. M’panse la pa gen, pa gen okenn pa yo ka fè. M’panse l’ap vrèman enpòtan pou’n ta gen yon vrèman amelyorasyon. Li mèt nan nenpòt sans lan. Amelyorasyon jis pou nou avanse. Non sèlman avèk pwogram eskolè avèk avni nou tou.

Jackly: Yon ti bagay tou piti? Tè nou travay yo, se tè pa nou oubyen tè moun, Nimewo 6 ?

Patisipan #6: Gason; 35 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 4 timoun; Okenn timoun nan pwogram: Dèfwa ou pran’l asosye. Swa ou poteke’l. Ou travay nan sa’w fè a. Ou bay mèt tè a.

[ Bri moto k’ap pase.]
Almathe: Ok. Dakò. M’ap di nou mèsi m’ap fémen sa yo.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP KREYOL #6 (FONDELÀN)

Dat fokis gwoup fèt: 3/28/2017
Dat transkrispyon: 3/31/2017- 4/18/17

Patisipan
#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram

#5 BLANK_C; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram

#6 BLANK_D; Fi; 46 ane; Komès; 2em ane fondamantal; 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram

ENTWODIKSYON

Menmsi nou ka gen ti bri, bon n’ap eseye pale pi fò pou nou ka kenbe bagay la. Bon m’ap di tout moun bonswa.

Piblik: Bonswa, bonswa.

E mèsi anpil pou deplasman ke nou fè aprè midi a. Nou konnen nou fè anpil efò pou nou la.

Piblik: Wi wi wi .

Non pa mwen se ALMATHE. Nou se yon group. Kisa nou fè? Nou fè ankèt nan tout peyi a. Nou rele SOCIODIG. Pou le moman n’ap travay ansanm avèk PAM sou afè kantin skolè a. Nou panse ke ou konnen kisa kantin skolè a ye. Epi nou genyen pou nou pale ak paran, avèk plizye moun pou konnen kèk bagay koman pwojè a ap mache daprè yo menm. Tout sa ou di nou li enpòtan. Tout bagay ou di se yon bagay ki enpòtan li ye. Kòm Jackly gentan di sa, m’ap raple ou, ou gen yon chif nan men’w chif sa reprezante ou menm. Se pou tèt sa ke nou, nou pran enfomasyon pa’w. Si gen yon kesyon ke nou poze nan yon bagay n’ap debat w’ap di: Nimero 1 oswa nimewo 5 epi w’ap pale. Tout sa ou di enpòtan pou nou. Nou menm nou bezwen tande’w ki fè nou vini la. Se tande nou bezwen tande’w. Tout pawòl ou gen pou di nou yo se pawol ki vrèman enpòtan. M’ap kite Natacha prezante tèt li.

Mwen di nou bonswa tout moun. Piblik: Bonswa, bonswa, bonswa.

Non pa’m se Natacha. Mwen di nou mèsi pou pasans nou paske nou te gentan fè yon bon ti kanpe anba. E alò jan madam nan sot di la n’ap travay avèk yon òganizasyon yo rele SOCIODIG. Men jodi a se PAM nou reprezante bo isit nan afè kantin skolè. Epi nou gen konfrè nou lòtbo a la k’ap di nou kiyès li ye.

Bonjou.
Piblik: Bonjou !

Non pa’m se Jackly. Donk se toujou n’ap travay nan menm ekip ki se SOCIODIG men travay la se pou PAM. Mèsi.

Ok, dakò. N’ap komanse. Èske nou tout la a nou gen timoun ki ap benefisye afè kantin skolè ? Se pa sa ?

Piblik: Wi.

[Bri moto k’ap pase.]

Ok, dakò. Epi m’ap mande chak moun pou fè ENTWODIKSYON tèt pa’w. W’ap di ki nimewo ou genyen epi aprèsa nan menm tan w’ap di nou pou ou menm kisa ou panse de pwojè kantin skolè a ? N’ap komanse ak nimewo 6.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: M ‘di bonswa tout moun.

Piblik: Bonswa aaa.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Pou mwen afè kantin nan, se mwen menm nimewo 6. Ki jan ? Mwen kontan pwojè kantin nan. Paske men poukisa, gende pafwa lekòl la li antre 7hr egzat. Ou menm timoun nan, li soti wo, ou pa gentan leve pou fè yon preparasyon ba li. Avèk de 10 zè manje timoun sa gentan kwit. Kounye a kou’l nan rekreasyon yo gentan ba yo mange yo manje. Kounye a li se yon potejman pou tout paran. Men pwoblèm mwen jwenn nan afè de kantin.

Wi.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Se tankou si timoun nan malad li ta fè yon semèn li pa al lekòl, m’panse semèn sa timoun nan pa manje a li pata dwe peye.

Ok.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Men direktè a pa wè’l konsa. Li di’w ou manje ou peye ou pa mange ou peye.

Mhmm…

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Si gen yon problèm timoun nan ta peye se si l’ap fè tèt di.Se nan interesant li li pa manje ou ka di kit timoun sa te mange kit li pa manje se pou’l peye. Men si timoun lan se malad li malad li fè yon semèn, de semèn w’ap retire semèn sa yo. Li pa manje. Li pa patisipe. Se tout problèm mwen resevwa. Men san pasa, kantin lan li bon pou mwen anpil. Pase timoun mwen yo soti enpe lwen anpil.

Ok, dakò. Mèsi n’ap fè plas avèk yon lòt moun.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Bonswa tout moun.

Bonswa madam.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Sa dam lan di a se li menm m’tap toujou di.

Ou se nimewo 5 ? Ou mèt pale wi.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Kantin nan vrèman vre ,li trè bon vrèman vre. Plis nan lè chanje sa la ou pa menm gentan. Menm lè timoun nan rive depi a 10 zè manje kwit, eeee kreasyon yo ba li la. Li trè bon. Toujou, toujou lè timoun nan fè ta malad li paka vini yo toujou di fò’w peye. E sèl sa ase mwen te ka di wi.

Ok dakò. Pa gen pwoblèm. Nou pa trò bezwen kanpe non tou m’panse. Piblik: Wi nou ka chita.

#1 Mwen menm se Deliverans Fasil. E nimewom se nimewo 1. Wi mwen menm mwen kontan nan parapo avèk kantin yo bay timoun yo manje lekòl la. Delè paran pakapab pou ta jwenn lè maten pou ta ba yo. E piske lè yo vin ba yo li a menmsi’w lage yon 10 goud nan men timoun nan pou’l de rete tann lè lekòl de lage a pou’l tann lè lekòl lage pou’l manje a se sa mwen renmen sa anpil, anpil. Paske lè yo fè yo ba yo, yo ba yo manje a, lekòl la ap lage a 1 nè midi yo ba yo manje. Anpi ou bay yon 10 goud pou yo manje jis pou yo ka rete tann lè kantin nan lè manje a vin kwit pou yo manje. Aprèsa mwen pa wè ankenn defo kantin nan genyen ladann .Ebyen mwen kontan paske epa tout fwa mwen genyen pou’m bay timoun nan pou’l al lekòl.

Dakò, nimewo 4.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Bonjou tout moun.

Piblik: Bonjou

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Non mwen se Gina Laurant . E mwen menm de sa medam yo di a m’dakò de sa yo di a. Gende lè vrèman nou pa gen anyen pou nou bay timoun yo, yo jis bwose bouch yo mete rad la sou yo y’ale. Noubyen kontan yo bay kantin nan kounye a. Kounye a menm afe de pwoblèm yo di pou’n peye si timoun nan gen lafyèv li pa al lekòl la pou’l peye nou bay vag de li. Nou vin bay vag de li si dirèk la di pou peye nou bay vag de li. Nou oblije nou peye’l men nou pa gen ankenn pwoblèm de kantin lan .

Ok, dakò. Bon kòman nou peye kantin nan?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Nimewo 6, (Ok) ou wè tankou pou peye egzamen sa la, kantin nan yo reklame pou chak moun te bay 20 goud pa semèn. E gende pafwa semèn nan rive sou ou 20 goud pa tonbe nan men’w. Se konsa tou timoun nan li gen kòb li manje li pa gen kòb li manje men non’l toujou ekri sou kaye.

Ok .

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Kounya nonb de jou sa timoun nan pa manje a se nan semèn peryòd egzamen yo fè tout kontwòl kounye a kantite kòb la rive a w’ap peye’l nòmal.

Ok.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Kounya mwen ki gen 2 timoun la egzateman la mwen gentan voye 63 dola pou 2 de a. Pou yo ka konpoze.

Ok. Wi nimewo 6, sa vle di yo make… ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Yo gen yon papye jan’w wè papye sa yo, tout dosye yo chak jou yo tout ekri. Ou manje li ekri ou. Ou manje ou peye li ekri. Ou pa peye li ekri.

Sa vle di konbyen kòb ou te di’m ankò ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: An total semèn nan w’ap peye 20 goud. Si li te posiblite pou ou te ka jwenn 20 goud la chak semèn. Mwen menm ki gen 2 timoun pou’m ta jwenn 8 dola chak semèn m’pap fè anyen kounya mari’m se tè l’ap travay li paka jwenn kòb la chak jou. Gende pafwa mwa konn rive m’pa jwenn kòb la. Kounye la men lè’w peye 20 goud chak semèn mwa soti 32 dola. Kounya mwa yo soti 16 dola. Mwen menm egal se 2 timoun mwen genyen hum mèt di’w mwa pam nan se 32 dola li vini. W’ konprann ?

Ok.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Men gende pafwa ou pa jwenn kòb la kounya ou oblije kite timoun yo ale. Se pa, sa fè’w mal ke’w pa jwenn kòb la ba yo. Men ou sètoblije. Men tankou lè peryòd egzamen an direktè a tire yon fason si’w pa peye ou pap konpoze. Kounye a la menm m’fè fason la m’voye 63 dola pou 2 de a. M’toujou rete yon ti rès. M’poko fin peye non men pa konn si a tounen’l ban mwen pou sa’m rete a .Genlè yon 25 goud mwen rete.

Ok. Dakò mèsi. Medam èske nou panse ke kòb sa yo pran nan men timoun yo , èske nou panse sa se yon bagay ki nesesè li ye?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Non, sa di se pa anpil kòb li ye.

Piblik: Sa pa anyen.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Menm paran an se paske’w paka fè’l ki fè’l se yon afè. Men se pa kòb sa ye. Men lè’w vin antipliye li, li on ti kòb. Paske kontwole nan 9 mwa lekòl, e wi kounya wa prefere pa 3 mwa la. Mwen gentan nan 2 timoun, mwen gentan voye 63 dola.

(Li pa anyen). Arotan yon ti monnen ou te bay devan. Ou konprann? Sa’w te bay devan pa ladan’l men kounya rès 3 mwa sa lòt peryòd la ankò on lòt kòb ou pwa’l bay ankò. Menm de kòb ou jwenn nan ou pwa’l antipilye’l pou bay.

Ok. Dakò mèsi, ou mèt pale wi nimewo 5 pa gen pwoblèm ou mèt pale m konnen’w t’ap di on bagay diferan ou mèt pale.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: E menm bagay la wi .

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tankou si’w ta gen yon bagay nan men’w w’ap devlope tanzantan ou te ka fè yon 50 goud , on 20 dola. Kounya ou pa wè’l anyen men plis ke ou pa gen nan men’w se jou Pè letènèl lage yon bagay ba wou.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm m’pa wè sa anyen pase sa a sonw èd m’kòm wè’l ye.(Hummm) Pase mwen pa wè’l anyen. Pa e timoun nan depi ou wè yo bay timoun nan, nan manje m’konprann lè moun ki ap travay la k’ap kwit man manje a mwen konnen rad li ap sal .

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Fòk yo bal yon salè kanmenm.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: M’panse pou sa yo fè sa. Pase mwen menm lè’m pa jwenn 20 goud la pou’m bay, e timoun nan vin kote’m li di’m manman li pap konpoze pou tèt kòb la. Mwen toujou fè re refòm lan m’voye’l ale. Paske ou konnen depi moun nan l’ap kwit manje a l’ap redi li menm fòl jwenn yon bagay tou pou lal lave rad li tou.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: E sa’m di tou lè fini li jis pou yo pran kòb la, se pa tout epis ki vini nan manje a se achete pou yo achete bè .

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Sèl defo m’pa renmen nan kantin lan, manje a genlè pa anfòm. Epis yo m’konnen kòb la tou yo t’ap pran pou yo te achete epis.

[Bri moto.]
Pa pale ansanm. Ou mèt pale wi , ou mèt pale nimewo 5. Nou pa gen problèm.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Pou achte estreman…

Lè’w di manje a li pa anfòm nan kisans ou di sa ?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Yo di, sa vle di li pa gou.

Timoun yo plenyen de sa.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Wi. Paske ou konnen gende pafwa lè timoun yo vini, Ii di manman manje a pa gou m’di’l e e epa lakay ou ye JJJ . Wi, mwen di’l sa.

Lè’l pa gou konsa èske yo pa manje’l oswa yo toujou manje’l.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Yo manje’l. Yo ba li’l yo manje’l yo oblije.

Ok. Dakò sa vle di chak jou timoun yo al lekòl chak jou nan 5 jou yo jwenn yon asyèt manje, yon pla cho?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Wi, chak jou .

Ok. Men lè timoun yo al lekòl konsa kisa nou ba yo le maten? Chak moun ka di’m yon bagay.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tankou lè maten mwen fè kafe avèk pen. Mwen pa gentan kwit manje.

Ok, dakò.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Mwen le maten gende pafwa se manje m’fè. Gende pafwa tou m’pa gen tou m’voye ale konsa.

Ok, dakò.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Nimewo 1, mwen menm lè m’ap peye lekòl la mwen fè tout pri ,ni lekòl la, ni kantin nan, ni fèt la ladann li. Mwen peye yon sèl kòb .

Ok. E le maten lè timoun yo pwal lekòl sa ou fè ba yo ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Lè’l pwa’l lekòl depi’m genyen m’fè manje bali. Si’m pa genyen mwen ba’l kafe a pen oubyen mwen ba’l yon di 10 goud l’ale.

Ok, dakò. E ou men mnimero 4 ?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm lè’m genyen mwen fè manje ba yo. Lè’m pa genyen mwen voye yo ale konsa .

Ou voye ale konsa?
#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi. Ok. Èske li nesesè pou timoun nan manje yon bagay sèl chak maten.
Piblik: Wi !
Poukisa ?
Piblik: Pou lestomak li, epi pou vè pa pike’ l.

Ok, dakò. Bon, epa egzanp si yo ta di konsa ke nan plas manje cho a, sa vle di yo bay timoun yo yon pla manje. Nan plas manje cho a si yo t’ap bay yon lòt bagay, yo ta di yo pap bay plat manje sa, daprè paran kisa nou t’ap santi ki akseptab pou yo ta bay timoun nou manje ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Nou pa t’ap janm dakò, se kantin yo bay kantin n’ap kontinye ba yo manje.

Kontinye kantin nan?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Kontinye kantin nan.

Pa gen moun ki t’ap di yon lòt bagay? Si pa egzanp yo ta di konsa olye nou bay kantin, yon bagay kantin nan pran plis tan pou’l kwit, nou te ka fè yon bagay ke ki pi fasil pou timoun yo. E yo te ka jwenn li an kantite tou olye pou jwenn ti kal sa yo te ka jwenn li anplis men li pap pran tou tan sa.

Piblik: Se kisa ki ta pa pran plis tan sonw labouyi , oubyen yon labouyi ki ta pa pran tan. Men ete pa sa si pa gen labouyi a e kantin nan. Kantin nan k’ap kontinye mache paske timoun yo déjà abitye ave’l. Ou konnen se manje sèl li ye. Se manje sèl li bon. Humm li bon. Wi, yo déjà abitye ave’l.

Ok. Ki kout men nou konn bay lekòl la kòm paran nan afè kantin nan? Èske nou konn bay kout men nan afè kantin nan?

Piblik: Non !
Si nou di’w nou konn bay kout men. Pale youn aprè lòt nou youn aprè lòt .

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Nou pa konn bay kout men non, plis se si yon travay ap fè nan lekòl la. Tankou si’l ta ka reklame pou chak paran bay yon ti monnen ou kapab bay li. Tankou si yo ap travay tou li ta bezwen èd nan men paran, tankou nan men papa yo, ki ta ka bay yon kankou si yo ap fè kizin konsa. Tankou’l ka bezwen yon bwa nan men chak paran, men se gason yo. Nou menm fi yo pa fasil konsa se sil tankou frè ti monnen nou ba li .

Pou nou pa pèdi plas li, eee pa egzanp semèn nan gen 5 jou de klas. Mwen ta renmen konnen kòmsi nan men chak moun la e konbyen jou nan semèn nan ou konn fè yon bagay bay timoun nan avan l’al lekòl ? Mwen ta renmen tande chak grenn moun avèk nimewo ‘w eksetera .

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm depi’w tande semèn lekòl la lè’m pat konn fè kafe a pen ba yo mwen konn fè makaroni ba yo le maten. Men parapo lekòl la lè a chanje, li vin antre trò bonè kounya se kafe mwen fè ba yo avèk pen avan y’ale. Mwen pa konn kite yo ale konsa nèt.

Chak maten toujou fè sa ?
#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Wi.

Pou tout semèn nan?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Wi , chak maten mwen fè’l.

E ou menm nimewo 5?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Aaaa, mwen menm limewo 5, lè maten toujou fè efò m’ fè kafe; osinon si’m pa fè kafe mwen fè manje. Lè’m pa fè’l tou m’ ba yo on 10 goud.

Sa vle di sa pa konn rive nou pa ni gen lajan oubyen ni gen mwayen pou nou fè yon bagay bay timoun nan ke al lekòl konsa ? Sa pa konn rive ?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Non, gende pafwa ou pa genyen’l.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Depi’w abitye ba yo ou mèt pa gen kòb ou pwa’l pran kredi ba yo. Yo lou yo pa vle ale si yo pa pase yon bagay nan bouch, yo lou.

Se sak fè, li eskize, si timoun nan li manje lakay li donk èske nou panse li tro nesesè pou yo ba’l manje lekòl la ankò ? Èske’l pata ka ranplase pla cho sa pa yon pla frèt? Sa vle di yon lòt bagay ki pa manje. Pwiske chak jou li manje lakay li.

Piblik: Non. Non.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Ou pa tande sa yo dou’w ? Gende pafwa nou pa genyen pou nou ba li, nou voye’l ale konsa .

Ok. Kòman mwen te ka di sa ? Se yon kesyon n’ap poze, epa komsi sa nou di a se li menm ki pwal fèt.

[ Bri telefon k’ap sone.]

Non, sèke y’ap gade ki posiblite ki ta genyen. Paske si yo di konsa ke: Ok, kantin nan si yo pa bay yon pla cho men kisa nan plas kantin nan, nou menm kòm paran nou t’ap

asepte pou yo bay timoun yo. Si ke timoun avan li ale lekòl ou toujou ba li yon bagay sèl pou’l manje.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tankou nou pa janm panse konsa. Pou te kapab, yo tankou ou ta prezante timoun sa yo yon vè lèt chak maten. Menmsi mwen menm mwen di sa se mwen dakò’l lòt moun yo pa dakò’l kounya si se manje yo dakò manje a ki pou fèt.

Ok. An nou bay chak moun yon chans. Mèsi nimewo 6. Nimewo 5, mwen konnen w’ vle pale, w’ap pale.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Si Anbyen mmm, nou pa panse kiii panse ki lòt bagay pou nou ta pase nan plas kantin nan. E yo menm ki konnen si kantin nan pa bon pou yo. E yo menm ki konnen kisa y’ap ba nou menm nou paka .

Non …banm di yon bagay. Eskize’m se yon seyans de deba ke’l ye. Se kòmsi nou gen yon patenarya kote n’ap kolabore ansanm men ou sou tèren. Pa egzanp ou se nou se benefisyè kantin nan. Se nou menm pitit nou k’ap benefisye kantin nan donk moun ki chèf k’ap pote mange a vini an, se pa egzanp nou te gendwa gen yon bagay nou anvi di. Gen yon bagay nou anvi fè oubyen gen yon bagay nou ta renmen ki fèt. Donk, yo menm yo vini la se okjetif deba pou konnen egzateman kisa nou ta renmen chanje, e kisa nou ta renmen bat bwavo, e kisa nou ta renmen kontinye. Donk se sak fè yo mete bagay lan devan nou antan ke paran. Nou menm ki paran kounya nou menm n’ap di men sam ta renmen, men sam pa renmen, men sam asepte, se pou sa yo nou poze nou kesyon.

Donk timoun yo dèfwa sil soti lakay li mange yon pla cho lakay lan, donk e moun k’ap reflechi yo wè bon èske manje a enpòtan ankò lekòl la ? Oubyen èske’l pa enpòtan ? Donk se ansanm avè nou pou yo konnen kòman sa ye. Se sak fè yo bay chak moun posiblite pou di egzateman sal panse.

[Gen yon bri ki fèt.]
Ok. Wi, numewo 5 ou mèt kontinye.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Sinon sa’m t’ap di a.

Ok. Kiyès ki te gen yon lòt bagay ki t’ap di? Te gen lòt moun? Ou menm .

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Mwen menm, mwen pa t’ap di anyen afè de kantin nan non, afè kantin nan li interese’m. Men li enpòtan pou tout moun. Depi’m ta fin bay timoun nan lekòl li ap antre ap antre avè 7tè 45 pou 1 nè pou’l lage. M’ toujou renmen afè kantin nan. Kèlkeswa sam te gentan ba li pap rete tann 1nè a pou’l lage ,pou’l vin lakay li.

Ok.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: M’ dakò avèk sa . Mwen pa t’ap janm di pase lekòl la se a 7hr 45 li antre 1 nè l’ap lage lekòl. Fò’l ta manje kèlkeswa m’te ba’l yon 10 goud,kèlkeswa sam te ba’l lakay fò’l manje lekòl la.

Ok, dakò. E ou menm nimewo 4, ou pap di anyen ? Ou bon? Ok, dakò. Èske lè timoun yo tounen lakay, nou toujou konnen ke timoun gen yon pla cho ke yo jwenn lekòl la, aprè lè timoun yo relache èske nou toujou kite manje pou yo ?

Piblik: Wi, wi.

Youn aprè lòt. Oswa, èske nou ka mete nan tèt nou, èske petèt nou ka di konsa ke timoun sot manje yon bagay la m’pap tro, m’pa santi’l tro nesesè pou’m al fè manje ba li ? Timoun nan ka rete toujou.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Sou’ w pa kite pou yo, an fò’w fè efò wa wi pa ! Depi yo vini rad la sou yo, yo pa bezwen konnen al sou tab la al leve. Si yo pata jwenn anyen: Manman m’ap mouri la kounya. Ou fè efò a kou w’ konnen. Fò’w kite yon bagay pou yo kan menm .

Èske lekòl kote timoun yo a te toujou gen kantin ?
Piblik: Non.
[Zwazo k’ap chante.]
Sa fè konbyen tan depi n’ap benefisye kantin.
Piblik: Menm se yon pou di se pa yon ane sa? Ane sa, ane sa.

Lè pòtko gen kantin kòman nou te konn fè avè timoun yo.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm komansman timoun pa’m yo, limewo 6, se te plato anba Chadonal lekòl timoun sa yo te lekòl. Kounya se ane sa vin mete yo Fondelàn Kounya men lè sa pat ko gen kantin. Se parapò yo vin bay kantin ane sa Fondelàn e lè sa yo vin bay pla cho. E sa fè timoun pa’ m yo potko benefisye. Se anba m’te mete yo. Ok m’ te toujou konn fè manje pou yo avan al lekòl. Ou konnen lè sa a lekòl la pat antre bonè menm jan ak Fondelàn. Se 8 tè yo te konn antre. Kounya ou te gentan gen tout chanch[11] pou te gentan bay timoun sa manje. Pou ale lekòl la a 8 tè lage a 1 nè lè’w gon 10 goud ou ba yo. E tout fwa tou pa genyen ou ba yo manje w’ale san krent.

Ok, dakò. Mèsi. Pa gen moun k‘ap di yon lòt bagay.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Menm bagay.

Menm bagay? JJJ Nimewo 4?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Lè potko gen manje nan lekòl yo… Wi, e sèl kafe ak pen mwen te konn bay.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Mwen menm lekòl pitit mwen an ye a nan Jan Pòl 2. Depi lekòl la ap fonksyone pè a fonksyone epi yo menm y’ap resevwa kantin. Kelkelanswa yo potko mete bagay kantin PAM nan yo te toujou bay kantin nan.

Ok. Ni pa’w la tou ?
#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi.

Ok. Poko mwen konnen ke nou di nou, chak moun ka di nou konbyen timoun la yo genyen k’ap benefisye nan kantin, nan program skolè a?

#6- Daduit Louisianie; Fi ; 58 ane;Kiltivatè;8 timoun 2 timoun ki nan pwogram Fondelàn nan?

Wi.

#6- Daduit Louisianie; Fi ; 58 ane;Kiltivatè;8 timoun 2 timoun ki nan pwogram: Mwen se 2 mwen genyen Tou 2 pa’m yo se Fondelàn yo ye.

Ok. Konbyen ou genyen madam, nimewo 5?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Yon sèl k’ap benefisye.

Nimewo 1 ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Mwen menm nan Jan Pòl 2 a se yon sèl mwen genyen ladann’l ki ap benefisye.

Ok. Nimewo 4, konbyen’w genyen k’ap benefisye?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen gen youn nan Jan Pòl. Mwen gen 2 Fondelàn.

Ok mèsi. Bon, kòm paran si ke’w ta gen posiblite pou ta change program nan ki bagay nan program nan ke ou t’ap chanje? Youn apre lòt silvouplè. Si’w ta di ke ou gen posiblite pou chanje pwogram nan ki kèk chanjman ou t’ap fè pou pwogram nan mache pi byen?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Mwen m’pa t’ap fè okenn lòt chanjman.

E ou nimewo 6, ou pa t’ap fè chanjman tou ? Piblik: Son sèl bagay nou tout di.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm m’pa t’ap fè chanjman. Se si direktè a ta di nou l’ap fè chanjman se li ka fè chanjman.

Non, poko. Ban’m di nou yon bagay. Kesyon an men fason m poze’l…

Non, non, non silvouplè se pa kòmsi nou vini la nou vin pran pawòl ou pou nou bay kont ou oswa pou pote plent pou ou. Sa n’ap chèche a n’ap chèche konnen ke mwen menm mwen pa gen pitit men m’gen nyès, m’gen neve, m’gen ti fiyèl. Pou mwen menm lè timoun nan jwenn yon pla cho lekòl la sa gen anpil enpòtans pou mwen. Mwen an menm tan tou kòm paran m’ap gade m’ap di a si tel bagay te ka chanje si’m te gen pouvwa. M’ap dirije sa men sa m’t’ap fè, men sa’m t’ap bay timoun yo. Olye m’ ba yo sa men sam t’ap ba yo. Men kòman, men kòman m’ t’ap fè’l mache.

Se pa pyeje nou vin pyeje moun. Nou chwazi moun pa aza. Nou rele madam nan nou di’l vini ak 2 paran pou chak lekòl. Nou pap chache pawòl pou kanpe kantin nan. N’ap chèche konnen kijan pwogram nan te ka mache pi byen pou timoun yo. Pou timoun yo te ka jwenn pi bon sèvis pi bon bagay nan lekòl la. Se sa n’ap chèche konprann .

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: M ‘pa wè anyen pou’ l pa mache jan ‘l te konn mache a non. M’ pa wè anyen pase jan’ l mache a l’ mache byen.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: E nou menm ki ta panse, si kantin nan pa ta bon, se nou menm k ‘ap panse kisa nou te ka fè. Men nou menm nou paka fè anyen. Nou paka di’ w kisa pou’n ta fè.

Lè fini tou, m’ap di se nou menm kòmsi nan zòn lan menm lè nou pa manje nan manje a antanke paran èske nou konnen lè yo pote manje a koman yo pote’l ? Ki kalite manje yo pote ? Lè madam nan pale nan sa se jan de bagay sa. Pa egzanp ou te gendwa di: Bon, mwen menm… Epa sa n’ap fòse w’ di non. Se pa sa nou mande w’ pou di non. Men ou te gendwa wè men koman bagay la ap fèt men ou pa renmen’l, men koman ou ta renmen’l fèt. Se jis sa.

Piblik: Anben nou pa wè !
Sa vle di pou nou menm tout bagay mache trè byen nan kantin nan. Piblik: Wi ,wi, wi pase nou pa wè nou paka di

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Men tankou si timoun nan di’w manje a gende fwa li pa gou men si se yon bagay manje a manke, si se epis li manke w’ap achte epis pou mete ladan pou’l ka pi gou.

Tankou wè lontan, nimewo 6, Pwoji te toujou gen kantin lekòl. Men lè sa yo te voye plizyè kalite manje. Se pat sèl diri a yo te konn voye. Yo voye ble. Yo voye farin frans. Yo voye diri. Yo voye lèt. Kounya on jou konsa, si jodi a yo kwit diri demen si Dye vle yo kwit ble.

Ok. Men nan lè’w di, te toujou gen manje. E avèk pwodwi lokal yo te konn fè manje sa yo oubyen manje enpòte ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Non, lè sa sete yon lòt pè ki te sou pawas la, kite rele pè Machan. M’ byen kwè’l mouri wi .

Men sete pwodwi lokal ?
#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Wi . Etranje ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Monseyè ki toujou voye èd sa vini. Manje sa vini men kounye la se menm mon pè genlè se sèl diri yo voye konsa. Paske menm jan avèk Fondelàn se sèl manje sa yo pase bay timoun. Se sèl le jou Mekredi yo ba yo bouyon.

Ok, dakò. Pou’m kanpe sou saw sot di a. Solèy la genlè cho wi pa vre? Nou ka vire, ann fè yon ti vire.

[Bri ban k’ap vire, pye moun k’ap mache]

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Non, nou bon la wi.

Nou pa byen chita, chita menm jan.
[Bri ban k’ap vire toujou.]
Ok. Ki manje yo bay timoun yo chak jou ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Diri yo ba yo. Fondelàn diri yo ba yo wi. E sèl le mekredi yo ba yo bouyon. Tankou lè bouyon yo, yo ba yo patat, yanm, achte yo achte bagay sa yo. Men e diri a ki vini pi souvan.

Ok. E nou tout menm bagay?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Oken; 7 timoun ;1 timoun ki nan pwogram: Wi. E konsa yo fè.

Ok. Èske nou tande se achte yo achte manje lokal, pou yo bay timoun yo?

Piblik: Wi. Yo konn al achte yo nan mache. Lè konsa se viv wi yo achte, machin nan tankou al achte Misòt. M’konn wèl Misòt y’ap achte yanm, y’ap achte patat, y’ap achte chou, militon ,berejèn. Sa pou yo fè legim pou yo pote nan lekòl la lè konsa.

Ok. Èske nou panse sa son bon bagay li ye paske y’ap achte manje lokal ?

Piblik: Wi. Li trè bon.

Li trè bon, poukisa nou di li trè bon an ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Paske ? Si se manje peyi’w li achte, tankou se pa sèl manje blan. Yo melanje’l.

Ummh.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tankou si se manje blan, kounya e sèl blan ki t’ap voye’l, men plis ke yo achte’l. Bon gende pafwa mèt Jakob konn di yo pou yo pote lajan pou’l achte. Pou la’l achte viv la tankou, tankou epina, chou. E sou mache la’l achte yo. Pase li konn pale avèk kèk, kèk paran ki ta genyen. Men ou konnen tan pase pa gen anyen.

Ummh.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Kounya e sa’k fè. tankou si yo bezwen yo, y’al achte’l sou mache yo tou vini avèk li.

Ok. Dakò e anlè kote nou rete a, ki danre ke nou plis genyen ? Piblik: Nou konn plante pwa, mayi. Nou plante kawòt.

Ok. Èske nou panse ke li t’ap yon bon bagay ,si kòm paran nou menm te ka gen asosiyasyon ke lekòl yo se nan men nou, yo t’ap achte manje pou yo bay timoun yo?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Men, sa yo ta mande nou an, nou pa genyen’l lè sa.

Nou pa genyen lè sa .

Piblik: Nou pa gen kiltiv sa yo menm nou menm, nou menm wi. Nou pa fè yo ou tande menm…

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Menm kawòt la, se pi wo wi pou al fè kawòt la. Epa kote’w kanpe a non ?

E pwa ?
Piblik: Nou konn plante de lè wi. Gende lè’l pa bon.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Lè sezon sechrès yo pèdi. Men lè lapli kounye a la y’ap nan ti aktivite nan moman sa la.

Ok.

Sa vle di nou pa ta anvi ke lekòl la konte sou do nou sèlman pou yo ta jwenn manje pou yo bay timoun yo manje.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Nou pa t’ap kapab.

Nou pa t’ap kapab ?
#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Non.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Gende pafwa ou fè semans la, ou pa jwenn. Men fòk ou jwenn pou jere lekòl la.

Dakò mèsi nimewo 6. Kisa nou panse tou, nou konnen se manje lokal y’ap bay timoun yo manje. Si yo ta di ke se manje lòt bò y’ap achte pou yo bay timoun yo manje. Kisa nou t’ap panse ? Kiyès nan yo ki t’ap pi bon daprè nou menm pwodwi lakay yo, oswa pwodwi ki soti lòt bò ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Pwodui lakay yo bon tou.

Nimewo 1.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Pwodwi lakay la bon tou. Men ou paka chita pou w’ap manje yon sèl manje toutan. Tankou jodi a ou nan viv se viv, ou nan viv. Non !!! Fòw chanje delè, se mayi Moulen ou ka manje. Delè se pitimi kounya .

Men, sa yo se manje lokal ? Mayi moulen, pitimi.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Wi. Manje lokal.

Enhen.

1Men ou paka kontinye timoun nan, nan manje lokal, manje lokal. Manje blan tou.

Fò’w manje, manje blan tou ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Yes ☺☺☺.

Lè’w di manje blan tou, ou vle pale de kisa ? Fò’w manje, manje blan tou. Ou pale de kisa ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: M’vle pale de duri, de farin.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: E menm diri. Gen duri pa’w la tou.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Diri peyi a. Nou prèske pa konn kwit li non.

Poukisa nou pa kwit diri peyi. Sak fè sa ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Non… Gen moun ki pa renmen’l. M’gen timoun ki pa renmen’l tou. Diri peyi a,tankou diri jonn nan genyen ki pa renmen’l nan timoun mwen.

Ok. Sa vle di nou pa t’ap gen problèm. Si yo ta bay timoun yo manje ki enpòte tou?

Piblik: Non. Sa pa pwoblèm non. Mwen menm depi timoun nan manje mwen pa gen problèm ak sa non nou menm.

An, ok. Kounya ann fon ti pale sou direktè ak pwofesè lekòl yo. Èske daprè nou menm kòm paran si ke ou ta vle pale avèk direktè a sou yon pwoblèm kèlkonk… Èske’w santi w’ap alèz pou ale nan biwo wa pou pale avèk direktè a san’w pa gen okenn problèm ? Èske w’ap alèz pou fè sa ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: An, nou pa gen problèm pou sa non. Men li menm lè’l bezwen’n li rele nou. I’di: Paran’m yo depi’w tande bezwen m’ap rele nou wi. Gen pafwa si timoun nan rive anreta lè’l pakale timoun nan, li voye’l tounen ba wou. Se ou menm ki pou mennen’l tounen ba li.☺☺☺. Kounye la wa’l pale avè’l nan direksyon. Si timoun nan pa konn leson’l gen pafwa li konn rele paran. Gon fwa li te vin rele’m, kounya male kounya lè’m pale avè’l m’di: ‘‘Dirèk Pou sa la ou voye rele’m nan ? Ou pa’t menm bezwen voye rele’m pou’m soti jous anwo wa kesyon sa ou te ka regle’l ou men avèk pwofesè a. Si timoun nan pa konn leson’l se bat ou bat li pou’l konn leson’l’’. Kounya’l di non fòm ta rele nou pou’m pale avè’w pou’m ka konnen si te jennen timoun nan jennen. Si te nan travay ou ba’l fè ki fè’l paka konn leson’l nan. M’di non dirèk m’di epa travay m’ba’l fè. Si’w wèl pa konn leson’l se bat li.

Se bat li depi’l pa konn leson’ ?
#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: anyen.

Ok. Dakò pa gen moun ki t’ap di yon lòt bagay ankò ? Èske’w santi w’ap konfòtab nenpòt sa’w ta genyen pou ale kot direktè lekòl la pou pale avè’l ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Wi, depi direktè lekòl la voye rele’w. Tankòm se lajan kounya ou ta ret dwe’l kòb. Li di’w pase nan… direksyon lekòl la. Vin fè’l konnen èske w’ap pot kòb oubyen ou pa gen kòb la mete’l alèz.

Piblik: Ou pale avè’l, ou pale avè’l.

Ou santi w’alèz pou pale avèk direktè a ?

Piblik: Wi. Wi.

Esi’w ta gen yon ti diskisyon avèk direktè a ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: M’pap janm…

Ou pap janm gen diskisyon ?

Piblik: Non. Non.

E ou menm nimewo 4 ?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi. Nou pap gen anyen avè’l.

Menm bagay? Piblik: Wi. Wi.

Kòm nou di, si timoun nan pa konn leson’l pou yo bat li. Si pa egzanp pandan pwofesè a ap bat timoun nan li ta pran yon kout frèt nan je’l, je’l pete. Kòman nou t’ap konprann sa ?

Piblik: Non li pa t’ap janm kale’l pou je’l pete.
Non. M’di si pa egzanp.
Piblik: Non. Direktè a gen pitit tou. Li pa t’ap janm fè sa.
Tande lè w’ap voye baton, voye baton epi li pran yon kout frèt nan je. Je’l pete.

Piblik: Non. Li pa t’ap fè sa. Direktè a li menm li gen bagay li tout espre. Ti sentiron pou’l bat timoun nan nan pla men’l. Men lè w’ap kale yon timoun fòk ou kontrole zye’l. Li pap voye’l nenpòt kote pou’l ta al pran’l nan zye’l. L’ap pran yon ti sentiron nan pla men’l l’ap bat li.

Sa pa konn rive ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Sa t’ap yon malè.

Si son malè konsa ta rive sa w’ap fè ?

Piblik: Sa on malè. Sa on gwo malè nonplis tou n’ap pale ak direktè pou’n konnen kòman sa fè fèt ? Pou nou antann nou epa manje, epa kole n’ap kole dan sou direktè a direktè a se pou nou l’ye, e pa nou l’ye.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Tankou gen yon timoun nan Janpòl 2 a. Yon lòt timoun pran yon kreyon li foure nan je’l yon ti elèv. Sa pè a fè ? Pè a voye chache yon medsen vin mete nan je timoun nan pou’l ka refonn san nan zye’l.

Ok. Pou ou menm kòm paran sa son bon bagay li ye ?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Bon bagay li ye.

Sa pè a fè a?
#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi .

Ok, dakò. Bon kesyon m’ap poze a yon jan lou. Pwofesè yo nan lekòl la. Nou konen tout pwofesè sa yo se pofesè andeyò yo ye ? Anpil fwa yo toujou di yo pa touche èske daprè nou menm kòm paran nou panse sa se verite’l ye ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Yo pa t’ap janm travay pou pa touche. Yo pa t’ap kontinye travay. Sa’w wè ?

Enhen.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Yo touche kanmenm.

Yo touche kanmenm?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: ummh.

Menmsi’l pa anpil ?

Piblik: Ou paka di yo touche kanmenm. Ou paka di sa. Kèlkanswa moun nan pa touche le mwa. Ou paka di sa moun nan pa touche, moun nan di’w li di pa touche.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Men’l gen… Gon dat li touche. Yo di’w depi se leta k’ap peye’w lajan’w pa konn pèdi. Ou pa touche sou le chan men kou pou touche ou touche .

Kou pou touche ou touche ?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Ummh.

Dakò. Jackly ou pa gen lòt kesyon ?

Non. E nou menm medam nou pa gen anyen nou ta vle di pwogram nan. ke ou ta vle nou pote bay PAM. Se PAM ki responsab pou fè pwogram sa yo. Pou fè lekòl sa yo jwenn kantin, jwenn manje pou bay timoun yo. Si gon dènye pawòl nou t’ap di kisa nou t’ap di?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Ebyen dènye pawòl nou t’ap di. Mèsi n’ap di yo, mèsi pou sa yo fè pou satisfaksyon yo bay la.

Ok

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Sam gen pou’m di…

Èske nou panse pwojè sa ta sipoze kontinye ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Kontinye.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: L’ap kontinye o non de Jezi. Pase nou pa konnen si’l pat vini Leseyè voye’l vini ban nou. Kounya e toujou ka kontinye’l pou jiska la fen.

E si tout fwa PAM ta rive nan wout, pa epzanp yo di yo pa gen mwayen swa pou achte bwa oubyen pou kontinye kenbe. Kisa kòm paran w’ap fè ? Nou menm paran kòman nou t’ap konprann sa ?

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Reziyen nou t’ap reziyen nou.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Paske lè’l t’ap vini an nou pat konnen. Se parapò yo rele nou nan reyinyon. Yo fè fòmasyon avèk nou, nou vin konprann pwojè a. Kantin nan t’ap pi bon menm direktè, direktè a di nou konsa li te gen 4 tran l’ap fè fòmasyon pou pwojè manje a avan’l resi. Kounye la menm li resevwa pwojè manje a ane sa.

Ok. Dakò.
[Bri moto k’ap pase.]

Bon, e nou menm kòm paran kisa nou santi nou ka fè ? Pou fè pwojè sa mache pi byen.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tankou kòb yo mande pou pojè kantin nan, se li menm pou nou fè efò nou menm paran yo pou nou toujou bay li. Pou kantin nan toujou ka mache. Nou menm k’ap voye manje a kote’l soti a sak manke pou yo ka achte’l. Se nan kòb n’ap bay la pou yo ka achte epis, bè konsa pou yo ka mete nan manje a.

Ok. Dakò nimewo 5. Ou pap di anyen kisa kòm paran kew ka fè?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Menm bagay.

Nimewo 4. Ou pa pale menm.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Sèl kesyon.

Nimewo 4.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Anyen.

Anyen. Pa gen anyen ou te ka fè kòm paran?
#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Non.

#1 BLANK_A; Fi; 55 ane;Komès ; 5em ane; 3 timoun; 3 timoun nan pwogram: Mwen menm kèlkeswa kantin PAM pa ta bay manje. Lekòl timoun kote pa’m mwen an ye a toujou kontinye bay kantin .

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Anbyen se pa sèl pwojè PAM nan ki kontinye manje pa ou wa ou menm. Monseyè toujou bay .

Ok. Dakò
Men, nou konn ki kote Monseyè jwenn manje sa ?

Piblik: Non. Nou paka konnen, nan peyi pa’l. Kote’l soti nan peyi blan li jwenn li . Kote kot Monseyè ye. Ou konnen kote nou abite a se pawas li ye ?

Ok. Dakò yon sèl kesyon’m gen ankò. Èske nou menm nou pa fè komite paran? Talè a ou di genlè manje a pa gou. Èske’w ka ale nan lekòl la pou pote plent di timoun nan di’w manje a pa gou ? Kisa nou ka fè kòm paran pou’n amelyore sa ?

[ Gen yon telefòn k’ap sone.]

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm. Timoun yo pa konn di’m manje a pa gou. Menmsi yo ta di’m mwen t’ap di timoun se pa lakay nou nou ye nenpòt kijan yo ban nou manje a nou dwe manje’l. Se direktè a ki konnen si’l ta goute’l pou’l ta wè’l manke yon bagay. Kounya li ta pale ak kouziyèz yo. Pase se komite e lè yo te fome komite a se swazi yo te swazi kouziyèz yo. Kite bay non yo e prezante tèt yo. Se pa direktè a kite swazi yo. Jiskaske jou sa direktè a te di lè yo kontinye kòmanse fè manje a, si yo ta wè manje a gen yon poblèm aprèsa la chanje yo. La pran lòt, ki fè’w wè li kite kouziyèz yo fè manje a. Se bon manje a bon.

Ummh, ok.

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Nou pa t’ap janm al kanpe pou nou di sa.

Nou pa t’ap janm fè sa ?
Piblik: Non .Non li pa t’ap bon pou nou.
Ok. Li pa t’ap bon pou nou ?
Piblik: Non.
Poukisa, nou di li pa t’ap bon pou nou ?
Piblik: Non. Epi tou wa wè anyen non sòsi e ta… Menmsi nou menm nou rete jis foji

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Yo menm se fodelàn nan yo, se nan menm zòn nan kouziyèz yo soti. Nan menm devan lekòl la. Nou menm ki rete jis anwo, se pa nou menm ki ta val pran plas fè manje ?

Ummh. Konbyen tan timoun ou yo pran, pou yo al lekòl chak maten ?

Piblik: Konbyen tan yo pran ? Li pale de tan.

Tan ? An minit pou soti lakay ou.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Tankou yo te gendwa pran nenpòt 50 minit pou yo rive.

Avan yo rive?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Ummh.

Chak maten?

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Ummh.

E timoun pa’w yo, konbyen tan yo pran pou yo rive lekòl la?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Menm kote.

Ok. Menm kote pou ou tou.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen pa’m nan pa pran tout minit sa yo pou’l rive.

Li pa pran tout minit sa yo ? Konbyen minit li ka pran konsa ?

#5 BLANK_C ; Fi; 32 ane ; Komès; Okenn ; 7 timoun ; 1 timoun nan pwogram: Tankou si’l sot lakay la, avèk 7h 20 avèk 35 li gentan rive nan lekòl la.

Ok.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: Ou konn sa’k pase ? E mòn nan.

Mòn nan.

#6 BLANK_D; Fi ; 46 ane ; Komès ; 2em an;e 2 timoun ; 2 timoun nan pwogram: M’gon mòn pou yo desann, pou yo moute.

Ok. E timoun pa’w yo?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen lòt 2 pi gran yo e Fondelàn yo ye. Ti piti a e pote m’konn pote’l.

Konbyen tan sa konn pran pou wa’l lekòl .
#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Lè’l

pa vle mache m’konn rive a nenpòt 8 h. ☺☺. A kilè’w konn kite lakay ou ?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen menm.

Ummh.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Mwen konn soti a 7h.

Ok. Nenpòt 1nè de tan. Ou menm kal chèchè’l tou.

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Wi.

Talè ? Ou gentan al chèchè’l. Kiyès k’al chèchè’l pou ou ?

#4 BLANK_B; Fi ; 32 ane; Kiltivatè; 5eme ane; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram: Yo pral dèyè’l pou mwen.

Dakò. Pa gen anyen ankò ke nou t’ap di ?
Piblik: Non. Pa gen anyen. Sa’m t’ap di, mèsi. Mèsi anpil.

Ok. Mèsi.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP # 7 (CHOLÈT)

Murielle
Dat fokis gwoup la fèt: 3/28/2017
Dat transkripsyon 04/05/2017- 4/22/2017

Patisipan

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin

Patisipan #4: Fi; 23ane; Kiltivatè; 7em ane; 2 timoun ;2 timoun nan pwogram; 7 mwa nan komite kwizin

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin

ENTWODIKSYON

Almathe: N’ap kòmanse. Bonswa medam! Piblik: Bonswa madam.

Almathe: Non mwen se ALMATHE. M’ap di nou mèsi anpil, paske m’konnen gen nan nou la ki t’ap tann mwen depi yè. (Ri) Nou eskize nou pou reta a tou. Ou konnen ke trafik yo anpil. Bon, m’gentan di mwen rele ALMATHE. Mwen menm m’ap travay avèk yon òganizasyon. Sa nou fè? Nou fè rechèch tout kote nan peyi a. Nou fè rechèch pou plizyè òganizasyon oswa ONG. Men pou moman sa nou reprezante PAM. N’ap travay ansanm avèk PAM k’ap bay timoun yo manje nan kantin skolè yo. Nou menm ki la, gen nan nou ki konn bay kout men nan lekòl yo kòm kwizinyè. Nou gen kèlke ti kesyon nou ta vle poze. Epi pale ansanm avèk ou. Ou mèt mete’w alèz pou pale ansanm avèk nou. Ou wè tout ti bagay sa yo ou wè la ? Sèke nou pa ta vle manke anyen nan saw di a. Paske nou gen yon rapò ke nou sipoze remèt PAM. N’ap di ke nou te pale avèk kwizinyè sa yo, sou tèl bagay men sa yo te di nou. Men pawòl yo. Nou pote pawòl yo ba ou. Nou pote doleyans kwizinyè yo ba ou pou tande yo. E ou gen yon chif nan men’w tou, chif la reprezante ou. Sa vle di ke chif… Ou konnen anpil tan lè ou ap pale, m’ka pa sonje non’w. W’ap pale di nimewo ou genyen an. M’ap kite JACKLY avèk NATACHA si y’ap fè yon ti prezantasyon. Aprè sa n’ap kòmanse. N’ap kontinye konvèzasyon avèk ou. Sa w’ap fè pou nou: W’ap di mwen se tèl nimewo ; m’rele tèl jan ; m’soti nan tèl lekòl ; men sam fè nan lekòl la ; epi men konbyen tan mwen genyen m’ap fè sa m’ap fè a. Dakò, kolèg mwen yo.

Natacha: Bonswa tout moun ! Piblik: Bonswa.

Natacha: Mwen di nou mèsi paske nou la pou pasyans nou. Non pa’m se NATACHA. Alò n’ap travay pou yon òganizasyon ki rele SOCIODiG. Jan madam lan sot di’l la. Men jodi a nou pa la pou SOCIODIG. Nou la pou PAM nan afè kwizin nan kantin skolè. E nou gen konfrè JACKLY ki ansanm avèk nou la. N’ap kontinye avè’l.

Jackly: Bonswa tout moun ! Piblik: Bonswa.

Jackly: Kòm nou te la. Nou wè nou te la depi yè. Non pa’m se BEAUTELUS JACKLY. E mwen travay nan zòn yo la. M’ap travay nan menm òganizasyon avèk medam yo ki se SOCIODIG. Men aktyèlman n’ap fè travay la pou PAM. Kote ke nou gen kesyon sou pwogram kantin skolè a. N’ap fè yon seyans deba. Kote ke pou nou konnen si kantin nan ka mache. Kisa ki bon, kisa ki pa bon. Men ou menm w’ap pale dirèkteman ak PAM

atravè aparèy yo. Donk, lè w’ap poze yon kesyon w’ap pale avèk nou men se dirèkteman ak PAM w’ap pale. W’ap bay doleyans ou. Ni sa’w renmen. Ni sa’w pa renmen. Sa ki bon e sa ki pa bon eksetera… Donk, m’di nou ankò byenveni. Bòn patisipasyon. N’ap kontinye avèk madam nimewo 5?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Mwen se nimewo 5. M’pa konn sa pou’m di mwen menm.

Piblik: Kanpe, kanpe, kanpe!

Almathe: Ou ka chita. Ou pa bezwen kanpe. Ou mèt chita. Ou pa bezwen kanpe. Ou pa konn sa pou di ? Prezante tèt ou. Di nou: Mwen se nimewo 5 mwen rele….

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Mwen menm se…Mwen m’ se nimewo 5. Mwen rele ….

Almathe: Nan ki lekòl w’ap bay kout men?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Nan lekòl Presbiteral de Cholèt.

Almathe: Sa fè konbyen tan?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: 3 mwa.

Almathe: Dakò, mèsi. An nou pran nimewo 4 ?

Patisipan #4: Fi; 23ane; Kiltivatè; 7em ane; 2 timoun ;2 timoun nan pwogram; 7 mwa nan komite kwizin: Mwen se nimewo 4. Non pam se… M’ap travay nan Kominotè de Cholèt. M’gen 7 mwa depi m’ap travay.

Almathe: Ok mèsi. Nimewo 6?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès ,kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Non pam se… Mwen ap travay nan lekòl Nasyonal de Cholèt. Mwen genyen gen 14 mwa depi m’ap travay nan lekòl Nasyonal.

Almathe: Ok dakò mèsi. Nimewo 1 ?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Mwen menm se limewo 1. M’se… M’ap travay nan lekòl Nasyonal de Cholèt.

Almathe: Ok, Nimewo 7. Ou se 7 manmi ?

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Wi. Mwen se… M’ap travay nan lekòl …

Almathe: Nasyonal?

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Vizyon Kretyèn de Cholèt.

[Bri machin k’ap klaksyone.] Almathe: Mèsi.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Non pam se… Mwen genyen 4… M’ap travay nan lekòl Vizyon Kretyèn de Cholèt. Mwen gen 14 mwa depi m’ap travay.

Almathe: Ok, dakò. Mèsi bokou medam. M’pral kòmanse poze kèk ti kesyon ki pap pran anpil tan. Men m’ta vle tout moun patisipe. Ou ka ban nou, ou ka di pwen de vi pa ou. Kisa ou panse. Ok ? Daprè nou menm kòm kwizinyè kisa nou panse de pwogram sa a, kantin skolè sa ? Kiyès k’ap pale? Sa nou panse de pwogram nan? Kisa nou wè de pwogram nan ? Kòman nou wè pwogram nan ?

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Pwogram nan ……

Almathe: Wi, nimewo 7.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè,komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Etan n’ap fonksyone ?

Almathe: Wi, nimewo 8.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Ok. Etan m’ap foksyone nan pwogwam sa. Li te kòmanse fonksyone byen.

Almathe: Hum humm…

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Lekòl la te byen ap fonksyone. Men pou ane isit m’pa konprann. M’pa konprann.

Almathe: Kisa’k pase ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; iltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Kisa’k pase? Timoun yo, lò w’ap prepare manje pou timoun yo fòk ou gen klowòs. Fòk ou gen fab. Fòk ou gen en savon. Savon an pou met nan paydefè. Manje a lè w’ap bay timoun yo manje a fòk ou byen prepare. Ou konnen w’pa met magi nan manje a ?

Almathe: Hum, hum.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Fòk ou gen lay. Fòk ou gen pwawo. Fòk ou ta gen pèsi. Fòk mwen ta gen piman vèt. Fòk mwen ta gen bè. Fòk ou ta byen prepare manje pou bay timoun nan.

Almathe: Hum, hum.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Men lè’m rive ane isit la, mwen pa konprann kantin nan ditou, ditou. Chak parèt lè’m mande… Tankou lè’m fin lave veso yo fòm ta jwenn klowòs pou’m fè… pou’m dezenkfekte veso yo. Pou’m ka bay timoun yo manje a.

Byenke lè’m konn fin lave veso yo, m’konn mete yo nan yon sak. M’mare yo. Ou pa pran manje yo konsa. Aprè ou fin savonen veso a pou bay timoun yo manje a. Fòk ou gen klowòs pou pase nan veso yo. Ane isi la m’pa konprann kantin nan menm. Kantin nan pa ale byen ditou. Chak lè’w mande yo diw konsa ke timoun yo pa peye. Timoun yo pa peye. E moun… nou menm tou ke timoun yo pa peye.

Mwen menm men sa’m di. Lè m’ap pale m’toujou di: ‘Se konsa menm pou nou fè manje a’. Timoun yo pa peye. Se swa nou kanpe kantin nan. Paske mwen menm paka sèvi konsa. Se chak lè’m rive m’toujou ap pale. M’ap pale. M’ap pale. Epi m’ap pran chalè dife. Ou wè janm ye la ? M’son granmoun mwen ye. Sim a 58 ane sou tèt mwen. M’son granmoun.

Almathe: Wi.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Men m’ap pran chalè dife. M’ap kwit manje paske m’bezwen, gen bezwen. Pa vre ?

Almathe: Hum hum.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Fòk mwen ta ka jwenn yon salè. M’ap sal, m’ap sal rad sou mwen. Rad sou mwen an sal. Sim met sa sou mwen jodi a m’al pran chale dife, demen si Dye vle m’paka tounen avè’l non. Lè’m pral fè manje a fòk mwen jwenn yon ti savon pou m’pase anba bwa’m. (Bri yon timoun k’ap kriye.) Fòk mwen jwenn menm son ti pafen pou’m mete sou mwen. Pou m’al sou timoun yo. Mwen gen yon tabliye sou mwen. Tan ou bò dife a konsa w’ap sèvi, tabliye a sal. Demen si Dye vle m’paka pran tabliye sal sa pou m’al sou timoun yo. Non ! Pou m’al ba yo manje. Fòk yo lave. E mwen menm kite pitit pam dèyè tou. Fòk pitit mwen yo… Si m’al travay lè’m retounen fòm jwenn yon bayay pou’m pote pou pitit mwen. Si pitit mwen bezwen yon soulye fòk mwen ka ba li’l. E mwen menm tou yo toujou di nou: ‘Pa al fè manje ak yon zèl sapat nan pye nou’. Men boyo 100 goud sa ? Fò yo ban’m kòb pou’m achte’l.

Piblik: Riii

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okennn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Anlè, èske’m fon plede monte chak jou. Lè maten m’ap

gade pa de lapli k’ap tonbe, lapli, lapli, lapli. Pou’m leve pou kite kay mwen. Pou’m al fè manje pou bay. Men mezanmi, a kwa bon ?

Piblik: Hummm.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okennn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Ou wè ? Èske nou wèl bon ? E m’di nou mwen gen 5 pitit. Senk pitit m’genyen an yo poko reskonsab. E sou kont mwen yo ye toujou wi. Sou kont mwen yo ye toujou. Se mwen k’ap ba yo swen.

Almathe: Ok, dakò.
[Gen yon timoun k’ap kriye.]

Almathe: M’ta renmen pote yon ti presizyon, nimewo 8. Kòm ou di chak maten ou leve, vrèman vre ou sal rad. Lè’w tounen fòk ou ta pote yon bagay pou timoun yo. Men èske lè pwogram nan te vini ou te swiv fòmasyon ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè,komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Wi. M’te swiv li.

Almathe: Èske yo te di’w se anboche yo anboche’w pou travay ? Oubyen se ou ki chwazi bay patisipasyon pa ou nan kwizin nan ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Yo te anboche’m. Yo menm ki te chwazi’m.

Almathe: Men èske lè yo te anboche’w, yo di ou yo gen yon salè y’ap ba ou le mwa ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Yo te di yo gen yon salè. Se paran ki pou bay li. E komite a, e komite pou bay li. Mwen menm pou yo ban’m salè.

Almathe: Ok. Men depi kilè ou pa jwenn salè sa?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Chak tan ou… W’ap wè lè n’ap pale n’ap reklame dwa nou. Yo toujou di kantin nan pa peye, kantin nan pa peye.

[Gen bri kamyon k’ap pase.]

Almathe: Ok. Mèsi. Pa gen yon moun k’ap di yon pawòl ankò? Wi nimewo 6? An nou fè yon ti tann kamyon sa fin pase!

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Ale, ale .

Almathe: Ok, dakò. Nimewo 6, mèsi.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou te gentan bay non an deja.

Almathe: Wi.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, Kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Sa m’ap ajoute de madam… Paske nou t’al swiv fòmasyon.

Jackly: Nimewo 6 nou gentan di’l.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou t’al swiv fòmasyon .

Almathe: Li bon, li bon!

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou t’al swiv fòmasyon. Fòmasyon an te di nou konsa e se direktè avèk paran yo ki pou bay ti monnen an. Se nan sa yo ranmase nan men paran yo ki pou nou. Pou yo ba nou yon bagay ladan’l. Men sa vle di nan kòmansman tankou madam … sot di. Nou kòmanse trè byen, trè byen. Lè yo bay ti kòb lan pou achte epis lan, si ou menm ou bezwen yon moso savon pou lave rad pa ou? Paske chak jou fòw mete yon rad sou ou. Nan fòmasyon an yo te diw: ‘‘Yo pa sèvi avèk timoun avèk rad a bretèl. Pou anba bwa ou deyò’’. Egzijibleman nou paka mete rad bretèl sou nou.

Men sa vle di chak jou fòk nou chanje yon rad. E nou paka mete nenpòt rad. Men yo te di nan salè sa yo ap ban nou, pou fè mache pou manje yo. Nou te ka jwenn yon moso savon ladan yo. Men nou vin rive nan on moman la, ane dènye sa te kòmanse trè byen.

Nou rive nan moman, m’pa kache diw mwen menm grenn ti bagay mwen m’ap vire. Epi delè se ladan’l mwen foure menm mwen pran m’achte epis. Pou m’al fè manje a. Paske, piske’w te gentan al pran angajman. Pou respekte angajman’w ou te al pran an. Se nan toujou, se nan fon pam mwen foure mwen pran. Pandan setan ou wè m’ap pale avè nou la. Yè maten pou m’al fè manje se nan fon mwen menm foure menm. Men reskonsablite mwen gen lakay mwen. Mwen pa renmen se mande pou m’ap mande ou. Ebyen se menm jan lekòl la, m’pa renmen chak moman se mande pou m’ap mande direktè a oubyen sekretè a. M’paka pral mande toutan. Nou konnen se dwa nou pou nou ban mwen. Nou ban mwen. Gende lè yo pa ban mwen. Mwen pran pam mwen fè’l. Egal, lè yo vle ban mwen an. Kounya sim ka jwenn pou’m ranbouse. Kote m’te retire a m’ranbouse. Men nou menm tout 14 mwa sa n’ap travay la. N’ap bay sèvis. Se bòn volonte nou ki fè nou kenbe la toujou.

Almathe: Hum, hum.

Nan kantin nan, men kantin nan trè itil. Li itil ni paran ni elèv yo. Menm lè gen elèv ki pa kontante a sa yo ba yo. Fòmasyon te di nou konsa ke son ti goute’l ye. Se pa pou vant plen.

Almathe: Ok. Hum, hum.

Ou santi sam di nou an ? Se pou yon ti goute pa pou vant plen. Men gen elèv yo ki vle se vant plen pou ba yo li, vant plen. Gende pafwa yo konn diw konsa: ‘‘Sa sa ka fè pou mwen’’.

Eske’w konprann ? Mwen menm lè konsa sa pa fèm plèzi non. Pase ou gade ou wè pil timoun. Ou paka bay yon pòsyon pou lòt pòsyon an pa jwenn. Mwen menm avèk Ozèt lè nou nan kizine nan si genyen nou jwenn. Kan nou fin ba tout elèv manje, si genyen nou ka pran yon bagay. Men si pa genyen tou nou rete konsa.

Almathe: Ok.

Men nou asepte. Fòk nou ba elèv yo manje. Maten an la, depi nan nwit yè swa lapli ap tonbe. Men nou soti kanmenm.

Almathe: Ok.

Soti anba tout lapli. Paske son angajman ou pran.

Almathe: Ok. Dakò, mèsi. Nimewo 6.

Patisipan #4: Fi; 23ane; Kiltivatè; 7em ane; 2 timoun ;2 timoun nan pwogram; 7 mwa nan komite kwizin: Eskize! Nou pa bezwen anrejistre vwa’m non. Men sa m’ap di nou. Èske tankou jodi a la yo banm 3 mamit diri tèt koupe pou kwit pou 90 elèv ? Plis 7 moun ap fè lekòl fóm ba yo goute. Manje kwit Ii paka separe. Lè manje a kwit li paka separe. Moun ki banm manje a. Lè’l parèt sou mwen bò dife a. Ou wè lè’l parèt sou bo dife a li move sou mwen. Tan li pa konn kijan pou’l pale ak moun. Tan li pa konn kijan pou’l abòde moun. Lè’m rele’l premye fwa, li vini. Li dim: ‘‘Manje a paka separe’’. M’di: ‘’Enbyen w’ap banm pwa pou mal remete nan dife ‘’.

‘‘Se sa’w te banm se li pou’m ba ou’’. Kounya aprè’l retounen kotem ankò. M’di: ‘’Ou banm 4,3 mamit manje tèt koupe. Pou’m mete nan dife pou 90 elèv plis 7 moun k’ap fè lekòl’’. Misye move. Yo di’m misye move. Ou wè menm vini m’te di, ‘’Bon m’pap vini !’ Anpil lòt moun yo la di: ‘’Se ou ki te pran fòmasyon fòk ou vini’’. Menm pa konnen. Kòmsi lè yo bay ti kal manje sa pou separe. Medam, pou separe pou tout moun sa yo ? Hmmm !

Jackly: M’ap di yon ti bagay an pasan sou sa madam lan di a. Nou pako konn kiyès pou’n akize. Lè yo bay yon kantite manje ki pa sifi pou 80 elèv pa ezanp. E jan nou di a: Le PAM se Pwogram Alimantè Mondyal ki gen yon rasyon alimantè. Sa vle di li bay kantite diri pou yon timoun manje pa jou. Se vre ke gen timoun ki gendwa ka manje plis. Gen posiblite pou’l manje plis. Men li menm li bay yon rasyon e lekòl la gen rapò jounalye. Sa vle di pou’l fè chak jou pou’l remèt. Donk, m’panse nou poko ka akize pèsòn. Èske se lekòl la ou pa. Donk, kòm ou te di pa anrejistre’w men pou’n pa ba’w manti. Sa’w di a yo kapte’l. Paske se pa nou se le PAM m’ta ka di se patron travay la, nan sèten sans. Ki se avè’l w’ap pale la. Se vre se nou ki la pou gide. Men se avèk li w’ap pale la. Donk, se pa yon pwoblèm sa’w di a. Moun k’ap jere kantin lan fòk li redi pou manje a fè jan li dwe fè a. Petèt ke gen yon rezon fò’l respekte. Paske fò’l bay rapò. Donk, nou poko konnen egzateman kiyès pou akize. Men sa’w di a le PAM tande’l. E m’panse ap genyen yon swit nesesè probableman.

Almathe: Pou’m ranje, poum fon ti apwi sou sa JACKLY di a. Saw di a pa yon pwoblèm. Petèt se sa n’ap chèche. N’ap chèche ki pwoblèm ki genyen. Kisa nou te ka fè. Kijan,

kòman pwogram nan te ka mache pi byen. Pase pa gen bagay ki la ki pa gen pwoblèm. Tout moun konnen ke ka gen pwoblèm. Li gen bon bagay ladan’l. Men li gen pwoblèm. Nan pwoblèm li genyen yo ki kèk chanjman nou ka fè pou nou fè’l mache pi byen. Se sa n’ap chèche la. Se poutèt sa nou la. Sa vle di li pa yon pwoblèm si ke gen yon bagay daprè nou menm. Se kwizinyè nou ye. Se nou k‘ap fè manje a. Nou devan dife a nou ka wè gen bagay ki p’ap byen mache. Kòman nou te ka chanje’l ? Kisa nou te ka fè ? Sa pa yon pwoblèm pou nou pale de sa. Se pa anyen. Sa ou di a se yon bon bagay li ye. Li nan prèske tout lekòl. Dakò ? Nimewo 1 t’ap di yon bagay?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Mwen menm se… Chak maten m’ap leve bonè. M’ap kite kay mwen. Mwen t’ap swiv fòmasyon yo te mande fòk nou met sandal fèmen. Fòk nou pa ale ak ti kalap vin fè manje pou elèv yo. Men yo te di konsa nan salè y’ap bay la fòk yo ba nou yon ti bagay ladann. Nou menm nou gen tabilye pou nou lave. Nou kite pitit nou lakay. Yo paka ba yon salè pou nou jwenn ? Pou nou lave tabilye yo ? (Hum,hum) Ebyen, mèsi. Se sa mwen t’ap di.

Almathe: Ok. Ebyen, dakò. Mèsi. Pou afè salè sa kisa nou panse pou ta fè ? Ki kèk chanjman nou panse ki ka fèt pou nou te ka jwenn li?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Mwen menm.

Almathe: Nimewo 6.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Eee chanjman nou ta renmen, tankou nou menm ki la. M’gade m’wè 4 moun sa yo. Tankou nou gen 14 mwa. Gen 14 mwa depi nou toujou gen espwa. Se sa ki fè nou pa kite wi.

Nou gen espwa nou di: ‘’Sim kite yon lòt moun vin nan plas mwen an. Si gen yon bagay ki vini pou nou.’’ Alò pou’n di, ‘’Mesye sa’m konnen’m te fè la ?’’. (Yon timoun ap pale.) E sak fè’n kenbe la toujou. Men gende jou nou dekouraje anpil. Nou dekouraje anpil.

Gende moman, gende moman ou ta renmen lave tabilye’w. Ou pa gen kòb pou’w ta achte yon ti moso savon pou’w lave tabilye’w. Ou nan ti komès gende lè ou ranbouse yon ti kòb. Nan komès lan men gende lè ou pa genyen. Saw vle’m fè ?

Almathe: An ok.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Men m’di konsa ke: ‘’Menmsi genyen yon bagay k’ap vini. E m’gen espwa yon bagay k’ap vini kanmem’’.

Almathe: Ok. Dako. Mèsi nimewo 6.

Jackly: An nou di pa egzanp y’ap vin konstwi yon kay la. Yo rive anba avèk wòch lan yo paka monte avè’l.

Yo mande popilasyon an: ‘’Kisa nou ka fè pou’n mete wòch lan anlè ?’’ Tout moun di: ‘’Bon, mwen m’ap fè 2 jou. M’ap bwote wòch ak kouraj mwen.’’ Gen moun ki gen dwa di,: ‘‘Bon mwen gen yon machin m’ap prete’l. M’ap bagay.’’ Donk, sa vle di yo chache yon jan pou rive anlè avèk wòch la. Donk, se menm jan avèk kantin nan. E madam nan li poze yon kesyon. Pwiske nou menm n’ap frape. N’ap bay sèvis nou. Nou pa janm ka jwenn anyen kòm pou’n pran swen tèt nou …eksetera.

E yo fè nou yon seri degzijans. Kòman pou nou vini nan kantin nan. Men ansanm kisa nou wè yo te ka vini ? Avèk kisa ? Oubyen kisa yo te kab fè pou yo te vini ak yon bagay pou nou ta satisfè nou menm kwizinyè, k’ap pran chalè dife a ? Epi k’ap bezwen lajan pou lave rad. Kisa nou wè yo te ka fè ? Kisa Le Pam te ka fè?

Oswa kisa pwogram nan te ka fè ? Ki kèk chanjman pwogram nan te ka fè pou nou te ka jwenn ? Kisa nou we’l te ka fè?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Ok. Tan pase nan peyi’m…

Almathe: Nimewo 8.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Ban’m di tan pase nan peyi an. Nou menm nou gen pitit. Tout sa nou genyen nou fin pèdi yo. Nou pèdi yo. Tan ale avèk yo. Ok. Pitit nou bezwen manje tou pou ya’l lekòl. Men tanke y’ap pote manje kantin sa, mwen konnen te ka pote yon bagay pou yo tou kòm paran k’ap pran chalè dife, k’ap fè manje. Men kisa ? M’pa di

fòk se chèk pou yo ta ban nou. Yo te ka ban nou yon lòt bagay. Pote yon lòt bagay pou’n te ka benefisye. Ok. Pase timoun nou yo, nou gen pitit lekòl fòk nou ba yo manje tou.

Almathe: Ok.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Pase m’pa gen pitit mwen menm nan kantin nan.

Almathe: Ok dakò.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès,kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Reskonsablite nou, nimewo 6, reskonsablilte nou. Chak lè ou rive ou soti lakay ou. Ou soti ak yon espwa. Men lè’w antre pa gen espwa. Lè konsa moun nan mande, ‘’Ou menm, ou menm chak jou ou leve w’al travay. Ou pa janm vini pou di konsa men yo peye’w. Yon ti kòb menm ou pa jwenn.’’

Almathe: Ok. Medam m’wè gen kèk moun ki pa reponn. M’ta vle yo pale. Eskè nou menm tou nan sa nou kwit la nou pa jwenn yon ti bagay pou nou pote lakay nou ?

Piblik: Pafwa, pafwa, pafwa. Wi m’sot diw sa deja. Wi pafwa.

Almathe: Pafwa?

Piblik: Pafwa, pafwa, pafwa. Gende lè’l kwit li paka separe vre. Menm paka separe.

Almathe: Ki manje ki konn pi difisil pou separe?

Piblik: Bon, bouyon an. Sèl diri a. Bouyon, bouyon an. Bouyon an pa bon. Bouyon pa bon ditou. Li twò piti.

Almathe: Li twò piti?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Tankou yo te konn bay pitimi. Kounye a pa gen pitimi. Men yo te gendwa pase mayi moulen an nan plas pitimi an. Paske chak jou ou leve w’ap kwit diri. Chak jou ou leve w’ap kwit diri bay timoun lan. Lè te gen pitimi an li te trè bon. Kounye a pa gen pitimi yo te ka pase li pa mayi moulen.

Almathe: Ok. Ki manje yo bay? Ki manje yo bay menm? Kòman meni an ye? Piblik: Kantin lan? Diri, pwa, bouyon.

Almathe: Ok. An nou di pou 5 jou nan semèn an kisa yo bay kwizinyè yo pou kwit? Nimewo 1?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Lendi, diri. Bouyon.

Almathe: Yon aprè lòt. Nimewo 6?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès,kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Lendi ,diri sòs pwa. Madi gende pafwa nou fè diri kole legim. E se konsa si Madi nou fè legim, lòt Madi prochen lè yo pot bagay yo. Mwen fè diri sòs pwa legim. Mèkredi nou fè bouyon. Jedi nou tounen fè diri blan sòs pwa jiska Vandredi.

Almathe: Vandredi, sa nou fè Vandredi?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Vandredi nou fè toujou diri sòs pwa. Paske lè ou gade timoun nan e lekòl li ye. Kounye a pou wè pou w’ap bal grenn diri a jan li ye a. Nou menm, eeee Nasyonal plis manje nou. Se sòs pwa nou fè bay timoun yo.

Almathe: Ok. Nimewo 6. Ou mèt fè yon ti kanpe. M’ap poze ou yon kesyon. Si se ou menm ki t’ap chwazi manje, sonje ke pwogram nan se kore manje lokal. Se pa vre ? (Wi) Si se nou menm ki t’ap deside yon menu pou bay timoun nan chak jou, ki manje ou t’ap ba li chak jou?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Tankou Lendi m’fè diri sòs pwa. Madi m’gendwa kwit on mayi moulen kole ak pwa legim. Mèkredi m’te ka fè yon bouyon. E se konsa tou Mèkredi an siw pa gen bagay pou fè bouyon an, sa depan tout moun gen gou pa yo. Ou ta gen dwa fè yon legim sòs pwa ankò. Jedi ou fè viv tè. Chak jou yo gen manje pa yo.

Almathe: E Vandredi ?

Piblik: Riii

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Madam nan vle fè’m vin sou pwogram ,eeeee, tankou timoun lekòl yo wi ! Lendi, Samedi [Rii]

Natacha: Sa nou vle manje ? Ti chante a. Sa nou vle ? [Rii] Sa vle di ke si se te ou menm ki manje, ki manje peyi ou t’ap ajoute nan menu an ? Ou tap ajoute mayi ? Aprè sa kisa ankò, pitimi ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Pitimi, ble.

Almathe: Ble ? Ble pa lokal.

Piblik: Non. Pitimi pa gen pitimi. Mayi moulen, diri, bannann, veritab, yanm, patat, manyòk. Wi.

Almathe: Dakò. Bon, pou’n ka fè pi vit. Paske lè a se kouri l’ap kouri. Nou pale de tout bagay ki negatif sou projè a. Mwen vle tande de 2 medam sa yo. Daprè nou menm ki bon bagay pwojè sa gen ladan’l ? E pou kisa pwojè sa ta sipoze kontinye ? Ki bon bagay pwojè a gen ladan’l ? Nan pwogram kantin nan ki bon kote’l genyen ? Kisa ki bon ladan ‘l ?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Li bon pou timoun yo .

Almathe: Nimewo 5, nan ki sans ?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4timoun ; 4timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Pase gende lè, lè pwojè a vin la avèk manje yo pou timoun yo. [Riii] Kounye a lè matin timoun yo gende lè yo sot lakay yo, gende lè yo pa pran anyen. Men lè yo vini yo konnen y’ap jwenn yon bagay kanmenm nan lekòl la. Yo vini yo. Ou menm ou fè manje a ou ba yo. Genyen ki kontan. Genyen ki pa kontan poutét li piti.

Piblik: Riii

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: E sa mwen mwen wè. Mwen kwè mwen menm…

Almathe: Ok. Nimewo 6, bon bagay de pwojè. Sak bon nan pwojè a ?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Sak bon nan pwojè a? Manje yo trè bon. E dam nan di pou timoun yo. Se pa sèl pou timoun yo manje a bon. Pou nou menm tou paske gende paran, timoun nan soti li al lekòl. Li konnen lè’l rive lekòl lan l’ap jwenn yon bagay. Paran an pa fè kè kase. Ou wè li bon ni pou nou, ni pou timoun nan.

Sa nou menm paran nou kapab di.Li pi bon pou nou pase timoun yo. Paske se bon manje yo voye pou timoun yo. Yo voye pou nou. Se pou nou li ye paske se nou ki paran. Egzijibleman lè timoun nan sot lakay ou fò’w ta jwenn yon bagay pou’w ba li. Men, pa lefèt ke li konnen nan lekòl, kay direktè Alfred, l’ap jwenn manje. M’di: ‘’Toutou, ti piti mwen yan benyen non. Vin met rad sou ou w’al lekòl. W’ap jwenn yon ti manje lekòl la wi. Ou pa wè manman pa gen anyen cheri. Manman pa gen anyen.’’ Eske se pa pou nou’l bon ?

Almathe: Hum, hum.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Enbyen, hum ta renmen, mwen menm sam ta renmen li avanse plis. M’ta renmen li avanse plis.

Almathe: W’ap ajoute yon bagay, nimero 1?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Wi. Bon, mwen menm mwen ka di menm pawòl avèk Sani.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Li itil tout moun.

Almathe: Ok. Wi. Men nimewo 5 ap pale.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4timoun ; 4timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Paske li gendwa kwit la, menmsi ou pa gendwa al lakay ou ak li. Ou pran yon ti grenn ou voye nan bouch ou. Ou pa ale san lestomak ou pa kore.

Almathe: Ok.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4timoun ; 4timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Paske ou te sot lakay ou konsa bonè. Ou rive nan lekòl la ou pran 3 grenn diri voye nan bouch ou. Li itil ou. Mwen menm ta renmen pou’l ta toujou ret la.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram;14 mwa nan komite kwizin: Men pa bliye, pa bliye nou menm ki gen 14 mwa sa mande kontinye, mande pou nou jwenn yon bagay. Menm jan n’ap mande pou timoun yo mande pou kiziyèz yo tou, silvouplè.

Almathe: Mèsi, pa gen pwoblèm. E ou menm nimewo 1, ou t’ap di yon bagay ?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Wi. Sam t’ap di mwen menm. M’ta renmen pou toujou gen manje a. Paske manje a trè enpòtan ni pou timoun ni pou paran. Le maten gendwa di timoun nan al lekòl ou pa bal anyen. Mwen menm gen 2 pitit lekòl la. Genlè m’pa gentan fè anyen pou yo. Mwen leve byen bonè pou’m vin fè manje. M’pa gentan ba yo anyen. Sa vle di ke nan lekòl la yo manje. M’ta renmen pou manje a toujou la ni paran ni pou elèv la.

Almathe: Mèsi bokou. Kwizinyè konbyen tan li pran nou pou nou prepare manje a ? A kilé nou bay timoun nan manje a ? A 10 zè ?

Piblik: 10 zè, 10 zè edmi.
Almathe: Konbyen tan li pran pou manje sa prepare ?

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Mwen depi 6 zè edmi mwen kite lakay mwen. Ou konn kounya lè a chanje?

Almathe: Hum, hum.

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Depi’m fè sam rive se dife m’limen. Epi’m mete pwa nan dife. Tann dam sa vini. Epi’m lave chodyè mwen. Mete pwa’m nan dife. Kounya li menm lè’l vini li relave tout veso.

Almathe: Wi.

Patisipan #1: Fi; 39 ane; Kiltivatè; 3em ane fondamantal; 3 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Kounya mwen menm, mwen nan kizin pwa nan dife. Fini li fin lave veso yo, kounya aprèsa li vin jwenn mwen. Si se legim n’ap fè nou tou de mete men nou. Nou met tabliye sou nou epi nou fè manje. Lè nou fin prepare manje a 10 zè, 10 zè edmi. Nasyonal.

Almathe: Ok. Kòm kwizinyè èske nou reskonsab pou nou achte kèk engredyan pou met nan manje a ? Oswa se lekòl la ki ban nou tout bagay ?

Piblik: Lè nou vle nou achte.
Almathe: Èske se nou menm ki responsab pou nou achte ? Piblik: Non. Yo gen yon responsab.
Almathe: Ok. Nimewo 8.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè,komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Ok. Nan lekòl pam nan ane pase m’achte tout bagay. E nou te responsab achte mete nan depo.

Almathe: Nou menm kwizinyè ki te responsab ale nan mache al achte ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè,komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Achte mete nan depo. Men ane isit la pa gen sa. Ane isit la lè’w rive lè’w met pwa nan dife, ou fin met dlo pwa nan dife. Ou met lwil. Ou met lay. Ou met pwawo. Ou toufe pwa.

Kounya lè’m vini kle a se nan men yon moun k’ap fè lekòl. Lè’m fini mete dlo pwa nan dife m’paka jwenn anyen pou met ladan’l. M’poko ka jwenn lwil. Li nan depo. Poko ka jwen lay. Poko ka jwenn pwawo pou toufe pwa. E si moun nan vini vre, lè’l resi vini an li remet sa pou’l remet ou. Tankou siw bezwen yon bagay kle’l nan men’l. L’ap travay. Lè’w al mande li di’w mwen nwi’l. Ou wè mwen nwi’l ? Non, sipoze si yon moun ap fè lekòl kle depo paka nan men’l. Son moun pou angaje pou kenbe’l. Bon, menm mwen reziye’m mwen rete. Men mwen pa alèz. Menm nan kwizin kote’m ye a, ane pase m’te alèz. M’te santim te… kantin nan te ale byen. Byen, byen, byen, byen.

Almathe: Nan ki kwizin ou ye ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Nan Vizyon kretyèn.

Jackly: Vizyon Kretyèn. Sak fè ou te byen epi ane ou pa byen ?

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Paske gen chanjman ki fèt. Pa menm moun nan ki la ankò. Gende lè… Ok, manje a mwen fèt pou’m bay. Lè agwonòm nan vini toujou…

[Bri yon kamyon k’ap pase.]

Yo dim pou’m bay manje a 10 zè edmi. Ou wè manje a fèt pou’l prepare a 10 zè edmi. Gende lè ou fin mete pwa nan dife se mwen k’ap vire chache bwa. M’ap chache bwa pou’m mete anba chodyè a. Pou’m fè manje a kwit. Ti fachin bwa piti pou fè’l limen. Ok? Gende lè pwa bouyi premye dlo, dezyèm dlo. Epi konya se epis w’ap prepare pou mete manje a nan dife. Kounya lè’m mande manje a, kounya se lè sa pou jwenn manje a pou triye diri a. Mete li nan dife. Se lè sa yo pwal fè kontwòl elèv pou yo banm manje a. Se jis aprè kontwòl elèv pou yo banm manje a. Gende lè’m konn bay timoun yo manje a 11 zè. Ou wè ? Mwen pa bezwen sere. Non, m’pa gen sere pou’m sere. Reyinyon reyini pou nou bay sak nan panse nou.

Almathe: Wi. Se sa.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Gende lè’m santi… Mèkredi agwonòm nan vini. Li fè’m repwòch. Epa fòt mwen. Lè sa ke m’ap prepare. M’ap kale manje pou’m al met nan dife.

Pwa sou dife m’poko pile pwa. E sak fè sa ? Gende lè pa gen bwa. Gende lè yo banm manje two ta. Ou wè ?

Almathe: Ok, dakò.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: An epi’m kontan refòmasyon sa. Reyinyon sa nou vin fè la m’kontan anpil, anpil, anpil. Toutan toujou ap di: ‘‘Bon mesye m’ap fè manje nan on lekòl epi pa janm wè moun ap pase pou vin poze’m on kesyon’’. Lè agwonòm nan pase, agwonòm nan l’ap gade nou. Li fè yo ti pale avè nou. Plop, plop, plop l’ale. Non ! Lè nou nan kwizin nan fòk gen vizit plis. Nou ka wè sa k’ap pase. E nou menm tou k’ap fè manje a gende lè la nou chita tou chaje.

Almathe: Hummm.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Nou genyen pou nou…

Almathe: OK. Nimewo 7.

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou ta renmen premye fwa, te gen yon moun ki t’ap ede nou bay timoun yo manje a. Yo te bay yon brikèt. Brikèt a te itil anpil.

Almathe: Ok. Nou ta pral poze kesyon sou sa.

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Fò yo ta ban nou, si yo ta ka ede nou. Yo ta ban nou yon ti brikèt. Nou ta di mèsi.

Almathe: Brikèt pou fè manje yo ?
Piblik: Wi, wi wi.
Almathe: Èske bwa yo se achte nou achte bwa?

Piblik: Nou peye yon moun. Nou peye chèche bwa. Pou nou peye pote chèche bwa. Pou nou gende lè se gwo bout bwa. Kounya recho nou yo kanpe la. Recho nou pa gen brikèt. Bwa pou nou sèvi.

Almathe: E brikèt yo, yo pa konn pa bon tou ?

Piblik: Brikèt yo bon. Yo bon. Yo bon, wi.

Almathe: Ok.

Piblik: Rapid nou fè manje ladan yo.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Men matmwazèl ….

Almathe: Wi, nimewo 6?

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Tankou ou wè madam Dyelis, jan ke madam Dyelis pale. Sa vle di si yon moun, kòman ou wè yo ka ede madam Dyelis ? De medam sa yo ? Paske moun ki ap ba yo pwoblèm nan se yon moun ki pat swiv fòmasyon.

Menm kwè si yon moun pa swiv fòmasyon ou paka kenbe kle depo nan men ou. Kle depo a sipoze nan men medam yo ki swiv fòmasyon an. Ou paka kenbe kle depo a nan men ou. Kle depo a sipoze nan men medam ki swiv fòmasyon yo. W’ap fè lekòl.

Almathe: Ok. Bon, sam ka di nou n’ap pote doleyans ou ale. N’ap pote tout bagay ale. [Rii] Èske pa gen yon lòt bagay ankò kòm kwizinyè? Nou konnen nou t’ap pale de li. Nou kòmanse fè manje sa depi a 6 zè. Pou n’ale 6 zè pou nou kòmanse prepare. Li ka 10 zè se lè sa manje a kwit. Èske pa gen yon bagay ke yo te ka fè? Oswa yo te ka bay timoun nan yon bagay ki te ka gentan prepare nan demen? Yon bagay ki t’ap pi fasil. Pi vit ke sa nou bay timoun yo. Menmsi se pa yon pla cho kisa’l te ka ye? Nimewo 7?

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou te ka bal espageti. Nou te ka ba yo yon espageti. Nou te ka ba yo labouyi. Nou ka ba yo lèt. Nou ka gen pen tou. Nou ka ba yo pen bere.

Almathe: Nan plas ke ou bay timoun nan yon asyèt manje, ou ba li yon pen. Yon pen bere ansanm avèk yon vè lèt. Li pa t’ap yon pwoblèm ?

Piblik: Trè trè enpòtan. Trè enpòtan. Li t’ap bon.

Almathe: Li t’ap bon ?

Piblik: Wi. Wi. Li bon anpil. Wi.

Almathe: An nou di nan plas pen bere a, farin pa lokal. N’ap chache bagay lokal. Si nou pran wayal, kasav bere avèk yon vè lèt yo bay timoun nan ?

Piblik: Wi. Wi. Li bon anpil. Wi.

Almathe: Nan plas asyèt manje a, li pa t’ap yon pwoblèm ?

Piblik: Li son soutni. Non. Li pa t’ap yon pwoblèm.

Almathe: Non. Fò nou konprann wi. E pen a manba li t’ap ranplase pla manje a. Pla manje a pa t’ap la. Yo pa t’ap fè manje a ankò.

Piblik: Wi. Wi. Wi. Hum.

Jackly: Epa kòmsi yo p’ap fè manje a menm non. Se kòmsi si semen nan nou genyen 5 jou. Si nou di petèt yo te ka fè manje pandan 3 jou oswa 2 jou. Èske gen yon lòt bagay yo te ka bay timoun nan? Olye yo toujou ba li yon pla manje cho ? Nou di pen bere avèk yon vè lèt. Sa pa t’ap yon pwoblèm? Ki lòt bagay ankò ? (Nou di kasav) Wi nou di kasav ak pen bere. (Avèk yon vè lèt) Wi avek yon vè lèt. (spageti) Spageti fòk ou kwit li. Men yon bagay ki prepare. Nou p’ap gen pwoblèm. ? Li ka fè yon 2 a 3 jou la. (Akasan) Li p’ap gen pwoblèm?

[Bri yon timoun k’ap kriye.]
Piblik: Akasan pi vit. Li fèt pi vit. Li fèt pi vit. Jackly: Avèk kisa yo fè akasan an, ak mayi? Piblik: Wi. Ak mayi, mayi, mayi.

Almathe: Ok. Ou t’ap pale… Men tankou nou menm, nou gen timoun ki nan lekòl ki bay kantin pa sa ?

Piblik: Wi, wi,wi.

Almathe: Wi. Nou benefisye de kantin nan. Men èske anvan timoun nan al lekòl nou chèche yon bagay bay timoun nan manje anvan l’al lekòl la?

Piblik: Wi lè nou gen tan. Nou bal wi. Gende lè ou pa gentan. Manje a gende lè ou pa genyen’l. Ou voye timoun nan. Ou pase men nan kou’l.

Almathe: Bagay dous nou konn ba yo oswa bagay sèl?

Piblik: Bagay sèl. Bagay dous la pap bon. Ou ka fri on ze ou bay timoun nan ak yon pen. Oubyen si gen manje a la ou leve bonè ou fon ti mayi blan bay timoun nan jis pou la’l lekòl. Oswa on ti bannann, lè nou te gen bannann. Depi Matye pase bon mwen m’anvi manje on ti grenn bannann. Siw pa al nan mache [riii].

Almathe: Ok. Èske li pa tap yon pwoblèm tou si nan kantin nan yo bay timoun nan yon bagay dous olye de yon bagay sèl?

Piblik: Bagay sèl pi bon. Bagay sèl pi bon. Almathe: Bagay sèl pi bon, poukisa ? Nimewo 5 ?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Pou vè pa monte sou lestomak li .

Almathe: Pou vè pa monte sou lestomak li ?

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou te gen kantin nan deja. Yo te konn ba timoun yo bonbon, bonbon sèl.

Almathe: Sa se yon bon bagay li te ye ? Piblik: Wi .Yo te konn bay li bonè.

Almathe: Yo bay li bonè aprèsa yo bay yon lòt manje ankò ? Oubyen se sa sèlman yo ba yo?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Wi, yo te konn fè manje. Wi yo te kon fè labouyi pòmdetè. Yo pase nan klas yo bay chak timoun yon bonbon.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Men mwen, saw di an mwen menm pou mwen menm. M’dakò. Manje a nan 5 jou, 5 jou manje an gen 2 jou pase nou pa fè manje. Nou bay yon lòt bagay nan plas la. Toujou se nou menm ki ap ba yo li oubyen yon lòt moun k’ap vin ba yo li?

Almathe: Hum. Non, non. Sa te ka toujou responsabilite kwizin nan.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Ebyen, ok. Nou pa gen pwoblèm.

Almathe: Sa se pwopozisyon pa nou. Son pwopozisyon, se mande nou mande ou sa ou panse.

Piblik: Wi. Wi. L’ap bon. L’ap bon. Kasav bere avèk vè lèt la. L’ap byen bon.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Nou menm nou se kwiziyèz se PAM k’ap ban nou. Sa vle di, sa’l ban nou nou ap asepte avè’l. Nou menm nou ka di n’ap asepete men nou pa konn sa direktè a ap di.

Almathe: Ok. Èske manje toujou vini a lè pou nou jwenn yo pou nou bay timoun yo ? Èske konn gen lè tou pa gen manje pou nou kwit bay timoun yo ?

Piblik: Wi. Toujou gen manje. Toujou gen manje nou ka manke sèl. Nou manke pwa, lwil.

Patisipan #6: Fi; 58 ane; Komès, kiltivatè; Okenn; 8 timoun; 2 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Gende lè, lè lwil mwen konn fini m’gentan dil fini. Men le tan pou yo vini nou gentan achte’l.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Gen lwil yo pote la son lwil kaye.

Almathe: Wi li bon tou pou mansyone sa. Ou mèt pale de lwil la.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Wi lwil la kaye madam. Nou pa konn wè li kaye konsa. Li genlè fèt ak plizyè bagay.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè, komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Lè’w mete’l nan dlo manje a, li kaye anlè.

Almathe: Li kaye anlè ?

Piblik: Wi.

Almathe: Nou panse lwil sa pa bon pou sante ou ? Sak pase?

Piblik: Nou pa di’l pa bon. PAM pa janm voye yon bagay ki pa bon. Li toujou pran sak bon pou’l voye. Paske’l gen bon gou. Gen yon lwil ki voye moun lopital, wi.

Almathe: N’ap pale youn aprè lòt. Nimewo 7 ?

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Gen yon lwil ki voye moun lopital Madyank lòt jou. Fi a di’l fin manje lwil la, lwil la tonbe mache andan’l.

Almathe: Nan lwil sa yo, lwil kantin nan ? Piblik: Non, non, non, non.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Gon lwil yo vann nan mache. Li pa bon.

Natacha: Men nou menm lwil pa nou an ki pwoblèm li genyen ? Piblik: Anyen. Lwil pa gen anyen non.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Sèl kaye. Gou a pa gen anyen. Kaye li kaye.

Natacha: Ebyen, lè li kaye a li pi bon ? Oubyen se paske li pa bon ki fè’l kaye ? Nou pa renmen kaye a ?

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4 timoun ; 4 timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Se pa renmen nou pa renmen’l. Paske yo pat konn ba nou’l.

Almathe: Ok.

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Se premye fwa nou wèl vini. Nou wèl nou di sa. Nou wè se lwil PAM. Nou di sa. Paske se toujou moun PAM ka pale avèk nou la. Nou fè’w konnen ke lwil lan kaye.

Almathe: Pa gen pwoblèm.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Kòm mwen te gentan di sa avèk yon agwonòm maten an. Li dim se pa anyen li genyen. Se avèk sa lwil lan fèt.

Patisipan #5: Fi; 32 ane; Kiltivatè ,komès; 3em ane fondamantal; 4timoun ; 4timoun nan pwogram; 3 mwa komite kwizin: Tròp pwodwi yo mete ladan.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5timoun; 0 timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Li sanble yon lwil ki fèt a mayi. Li parèt jòn.

Almathe: Wi. Lwil Ti Malis? Gen yon lwil Ti Malis ki kaye tou. Ebyen, ok. Dakò medam. Pou mwen menm, mwen sanse fini bò kote pam. M’pa konnen si nou menm nou ta gen yon dènye pawòl nou vle di avèk PAM. M’ap ba nou ti tan sa pou nou ka di sa.

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Bon, sa pou’n ta di PAM? Fòk li ta gade nou. Fòk li ta voye je li sou nou tou. [Riii] Jan li voye zye’l sou timoun yo. Fò’l ta voye zye’l sou nou tou.

Almathe: Dakò.

Patisipan #8: Fi; 55 ane; Kiltivatè, komès; 6em ane; 5 timoun; Okenn timoun nan pwogram; 14 mwa nan kwizin: Pam pase wè nou. Etan ke kwiziyèz pa gen anyen nan men nou.

Patisipan #7: Fi; 70 ane; Komès; Okenn; 6 timoun; 1 timoun nan pwogram; 14 mwa nan komite kwizin: Paske tan pase nou pa gen anyen nan peyi nou.

Almathe: Ok. Dako medam.
Piblik: N’ap di PAM anpil mèsi. Pou’l ta pase wè nou. Almathe: Ok. Pa gen pwoblèm mèdam mèsi.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #8: ASSOCIATION LEADERS (CHANTREL)

Fokis group la fet nan yon anvironnman ki te gen kalite bri sa yo tankou: Ou tande bri machinn ki ap pase, bri profese ki ap fe kou lekol, bri elev ki lekol, bri machinn ki ap demare, bri moto ki ap pase, bri kok kap chante, bri machann ki ap pale antre yo, bri zanmi ki ap bay blag, bri moun ki ap pase ak moun ki tap touse.

Kom patisipan nou te genyen:

No1: Lejerme Moulant mwen se kodonate OJDB oganizasyon jenn pou le devlopman pou belans, mwen se AZEK, mwen se ebenis, mwen fe kiltivate, mwen gan 3 timoun, mwen gan 55 ane.

No2: Lubin Bernadin, oganizasyon AUPC ki se asosiyasyon usaje plante chantrel, mwen se secrete, mwen se yon ajan veterine oubyen yon teknisyen agrikol mwen gan 3 timoun, mwen genyen 45 kan.

No3: Kodonate OTEP, mse paste, mse direkte, Mgan 6 pitit, 4 gason 2 fi, mgan 56 zan.

PLis ekip SOCIO-DIG la ki te gen: Tim, Pharrel, Natacha.

Prezantasyon

Pharrel di ke li salye nou tout , eskize nou pou ti reta a la , briiiiii moun ki ap pale. Prezans nou apremidi a kom nou te deja pale avek kèk nan nou nan sou telefon , nou te vizite nou, se toujou nan menm kad evalyasyon program kantin eskolè la, donk ofi a mezi program nan ap avanse ebyen nap kontinye pale avek nou menm kise de aktè ki anndan program nan paske kòm oganizasyon ke nou lye, pilye ki founi manje pou yo bay nan lekol yo. Donk briii…. se pou sa nou vinn la, poun ka pale de sa ak nou la nou kek ti kesyon nap cheche konprann pi byen ki fomil, ki metod ki ka pèmèt program nan mache pi byen nan benefis timoun yo, e nan avantaj ou menm tou ki prodiktè ok.

Group la reponn wi

Donk mwen mse pharrel Nou 3la se Tim avèk nou, nou gen Natacha ansanm avèk nou, donk nou pral fè ti koze ansanm, trè senp koul,epi tout sa nou genyen kòm sijesyon, kòm konsèy, kòm ide ki kab pèmèt program nan mache pi byen, enbyen se sa nou vinn fè la, pou nou vinn brase lide a ansanm dako

group reponn: wi group la: reponn ok

Tim: enben eee youn nan premye bagay, èske nou vann avèk program la? No1: reponn wi
Tim poze kesyon a lòt de moun yo epi nou vann tou?
No2: Reponn mwen pa vann non

Tim: Ou pa vann??

No2: Reponn non

Tim mande Kisa ou fe a no2

No2: reponn setennman mwen nou fe mayi , nou fe pitimi

Tim mande: Epi ou pa vann ak program la?

No2 di ke non yo potko antre .Tim mande. Antre nan asosiyasyon paw?

No2: reponn nan achte pitimi,

Pharrel reponn ok

No2,3: reponn yo potko vle pran mayi osi

(Gen moun ki ap pale anba anba…..

No2: Epi ee mwen menm bo lakay mwen i se yanm yo ki rele royal yon yanm riyal mwen fe, e,se yanm siperye ke yo achte e yo pat vle pran pwa kongo osi,yo te di se pwa nwa ,

No2,3: Reponn ansanm yo pat vle pran bannann
Pharrel mande donk nou seleksyone men yo poko janm pran nan men nou? Yo tout reponn non yo oko pran nn mn nou

No4: Yo genle pat,yo pa enterese enterese de sa paske le nou tap fe tout kontra yo, eee, tou fomasyon yo, yo te di tout sa, pitimi, wi,mayi, wi …bannann en en een

tim mkonprann lam veritab men o fi a mezi nou we yo pi adopte karot, chou , yanm jaune eenn,

No2: pwa nwa,

No3 menm pwa nwa bon gen de le ou rele yo vinn prannwa a bon yo di yo gen ase poz, bagay yo toujou ap pi, nou pa konprann??

No3: Ee vinn kounye a,vinn, Kounye a tout bagay vinn desizi net,pa rapo de siklon ke nou genyen kounye a pa gen bannann anko veritab jaden tout disparet net ,jaden pa nou kite nan blok pa nou kite jaden debou yo ale net, (ou konnen byen pwop sa se pawol lot moun ki pa nan fokis group la) siklon ale ave yo,

Tim ou paka jwenn danre menm si ou vle? No3 reponn An.

Natacha repoze menm kesyon keTim sot poze a? jwenn manje menm si ou ta vle paske siklon nan pase

No3 an wi ou pap ka jwenn pouw founi kounye a paske nan pwen anyen ki kanpe debou anko tout bagay ale net

Tim: Men Ou gen lespwa pou ane prochen? No2 wi..

no3wialokounyeasanouvlekenoutabezwenfoyotawenouonfasonpouta ede nou avek semans pou nou yon ti poz refe agrikilti

Tim: sa se pi gro problem nou genyen pou kounye a? Wi …
se
Tim Nan jaden

No3: poun ta jwenn des des des des pois mayi ki enko pi des legim… Tim eske semans ,semans li pa toujou yon problem? Pou jwenn semans

No2 Bon jwenn semans pa bo isit toujou rete yn problem pafwa e minise agrikilti ki konn pemet nou jwenn se semans men ane pase li pat gen posiblite poul te fe nou jwenn m met di nou menm nan chantrel se gras a pogram nan kite nou pemet nou poun te jwenn yon semans ariko poun te plante, e e nou plantel, yo prete nou li e nou plantel apre nou,nou rebay li anko le sa yo vini yo bay timoun yo nan program la yo potel bay tmanjel yo e yo menm yo reachte tou, yo achte nan menw anpi sa ou yo te pretew la ou ba yol program nan te bon pou nou, nou menm nan zon pa nou an, e ane sa tou mkonte mpanse ke program nan ka rekontinye menm jan anko paske an desanm nan la a nou pral fe plantasyon ariko mpa konn sil ka ede nou menm jan toujou

Tim sa te leta ki fe sa?
No2 reponn : non, program nan
Tim Program saa ?
No2 program kantinn skole a
Tim Yo te fe sa anvan?
No2 Wi wi Pam ,
Natacha Pam
Tim Eben ok yo te konn ht nan menm?
Natacha ri tou piti
No2 Wi y’achte
Tim Epi le ou vann ak yo, ee yo vinn lakay ou? No2 non yo bay yon responsab nan oganizasyon an,

Tim kounye a ou uou
No2:Y o bay achtel epi responsab la achtel,
Tim enhenheen
No2: le yo stokel anpi yo menm vinn pranl
Tim Epi le misye sa a achtel, se yon gason?
No2 Wi se te yon gason
Tim epi Li vinn lakay ou cheche oubyen ou pote ba li? No2 nou ,ou preparel
No3 ou gen yon lyen rankont

No2 ou Konnen se pa pa semans li ye le sa , ou preparel an prodwi gre de nouriti, koulye a ou preparel byen pwop kounye a metel nan sak pou oganizasyon an vinn pranl, lale lal patajel,

Tim: vinn pranl?
No2 Wi
Tim Yo vinn lakay ou?
No2 wi Kote yo bay stokel la
Tim Yo gen yon kote espesifik pou sa?
Wi yo pranl anpi yale avel patajel bay lekol la
No3 Yo gen yon depo pou re. ,, yo gen depo
Tim kounye a yo pote al nan depo a?
No3 yo potel al nan depo a le yo rive la yo mezire , yo peze, ou konprannn epi

Tim Eske yo bay bon pri?

No2 bon yo bay bon pri paske yo te achtel eee ape pre sow, yo te mete yon bagay ki sou li ki bay pri sou le mache a

Tim ok sow Sa vle di Li yo vantaj paw?

No2 li avantaj tout moun, mmet diw lavantaj popilasyon an, popilasyon kap vann nan? li avantaj pou yo paske yo mete yon ti bagay anplis sou pri sou le mache a

Eske se ee Tim grate goj li se plis gason kap kap vann? No3 non li fanm tou
No2 gason non
No2 no3 non li fanm Tou,

No2 tout moun wi

No2,3Tout moun ki nan oganizasyon ki nan oganizasyon an

No3 Oganizasyon yo fet ak fanm gason rire tou piti

No2 An ananana

No2 yo yoyo vann men Kom moun nan gendwa gen 5o mamit ariko li vini li vann oganizasyon an, li achte pou ou pou ou

Tim E ou menm ou vann direk ak oganizsyon an?
No2 Wi
Tim Epi lew pa vann avek oganizasyon kisaw fe avek
No2 Apresa sak pa vann ak oganizasyon yo vann sou le mache, sou le mache lokal Tim Ou ki potel al vann??

No2 Wi moun nan ki potel al vann li sou le mache local Tim: Moun nan?
No1: wi
No2 Wi moun nan

Tim Madanm ou?

No2 Wi madanm

Foul Ou pa mennaj rire

Tim Ou pa potel al nan asosiyasyon?

No2 Li pote paske ou gen dwa gen yon kantite aosiyasyon an te gen yon kantite poul resevwa, lel finn resevwa tout kantite li te gen poul resevwa li kanpe li pa pran anko,

Tim ah ok

No2 kounye a res ki rete ou gendwa bay ou vann madanm ou vann sou le mache, pou konsomasyon a lot moun

Tim men E kiyes ki manyen kob sa?
No2 bon Kob sa manyen a nou de madam nan e ou menm, madam nan plis mesye a Tim Epi eee kounye a ou gen yon kantite fiks, kantite pwa fiks ke yo pral achte?
No2 Bon mpa konnen, pou sa yo te bay oganizasyon yo,yo te yon kantite
Tim Anvan?
No2 wi
Tim Oganizasyon kounye a si yo gen 100 manb yap bay chak moun yon chans pou vann, No2:wi

No2:yon opotinite pou vann
No2 no3 Wi, wi
Tim: Chak moun oubyen gen moun ki deyo?
No2: Kantite yo te bay la tout moun pat gentan chans pou vann Tim Tout moun pat gen chans pou vann?
No2 hunhum
No2 paske kantite a te restren li pat anpil
No2 ki Kijan nou deside?
No2 Mkwe li te ozanviron 400 mamit
Tim 400 mamit?
Tim sa pa telman anpil non?
No2 Bon sel mwen menm te ka bay 200
Tim grate goj li
Tim Ou te ka bay sa?
No2 Mte ka bay 200 wi
Tim Epi se Selman 400

Pharrel Men non saw tap ,sa tim tap mande a se koman nou le nou gen komand sa koman nou organize nou pouke maximum moun nan oganizasyon an benefisye, pase menm si ou ka bay 400 men men siw pran kob la

No2 men non koute>>> Pharrel Ou bay 400 mamit

No2 Men koman yo benefisyel ee Kodestin prete nou semans poun te bay plante yo, nou prete, oganizasyon an prete plante yo li, tout moun sa yo kite benefisyel la ou pran yon ti bagay nan men yo chak a wachte oyon ti bagay nan men yo chak

Pharrel An ok, an ok
Pharrel moun say o gen priyorite?
No2 yo gen priyorite
No2 koulye a low fini
Pharrel Men si kantite a ta plis li ta depase No2Si kantite a ta plis

No2 Si Depi kantite a rive nan nivo ou prete a ou rive a, ou oblije paka pran anko paske kob la fini ou paka pran anko res la yo rete yo vann li sou le mache, mwen menm m diw kem te ka bay 200 mamit la lem rive nan yon nivo si yo pran 50 mamit nan menm yo kanpe la res la rete mvann li sou le mache

Pharrel ok
Tim Epi kisa ou pi ou ou plis plante?
No2 Bon pou ou zon pa nou an nou plis plante se ariko nou fe le desanm janvye Tim Ariko…
Tim Men nan lot le?
No2 Nou fe kilti bannan,
Tim Ou gen bannan,

No2 ee nou konn fe legim tou men legim nan li pa tro tro an gran dyoz men pifo a se ariko

Tim epi Kom ou tap di yo renmen legim? Group la An an an
Tim: E si yo tap achte lot bagay patat? Yanm?

No2: Eee, wi paste a te diw sa wi ou konnen eeee ,li gen bas gen ro, rot seksyon an li fe plis legim, li pi fret, se yon kote ki fret li ye li menm li fe legim patat janw we paste a diw la tout bagay sa yo plis aplike yo fe yo nan mon nan anle a, paste a bay anpil ladan yo li menm, karot , e chou, epina, elatriye ,li bay legim, patat, yanm yo bay li anle a.

Tim: ok
Yon machinn estat…. Gen bri machinn ki ap derape poz..

Tim: Ok men kounye a sa vle di pou mwen, sa sanble proje a jiska kounye a li limite anpil ……

No2: Bon pa konnen..

Tim: Koz siw te …

No2: Paske

Tim: siw te ka prodwi ou te ka ba yo 200 mamit epi yo Selman pran 400 epi yo gen konbyen manm

No3: bon bon men men men se pa sa genyen konbyen
Tim: grate goj li
No3: Gen yon pre de swa…oo tankou ropanip genyen pre de …. No2: 64 oganizasyon
No3 64 manb…. oganizasyon, 64
Tim: ROPANIB?

No3: Ropanip.

No3: gen 64 oganizasyon men le sa a..

Tim li gen 64 oganizasyon?

No2: 64 manb manb

Natacha: 64 manb manb

No3: Gen 64 oganizasyon

No2: An oganizasyon ok an an an….

No3: Gen 64 oganizasyon ki regroupe ki fe ropanib

Tim Li gen tout sa?

Pharrel Wi se sam tap di a wi, oganizasyon sa yo se yo ki fe ropanib anko

No3: We gen 64 oganizasyon sa yo se yo menm ki, ki fe ropanib se ognizayon sa yo ki fe ropanib hum hum mentnan ropanib kounye a ki pran responsabliite l

Pharel : Yok fe ropanib oubyen ropanib fe yo ? No2 non bon nou fe ropanib , ropanib pa fe nou Tim: riii
No2: Nou granmoun

Tim Nou gentan egziste, nou te gentan egziste avek riiii
No3:nou te egziste tout okontre se nou ki reyini ki fe ropanib san nou nanpwen ropanip Tim se nou ki kreye obyen se pam?
No3 hen…

Tim Oubyen BND

No3: Non non PAM li menm fe fe fe fe fe….

Tim grate goj li

No3: kontra avek ropanib, ropanib menm fe kontra avek oganizasyon yo.

Tim Men kiyes ki kreye ropanib menm?

No3 Ropanip?

Tim: Kiyes ki kreyel leta e oubyen BND?

No3 Bon li pa, bon li pa leta se,. li pa leta non, li pa leta, men, se li menm ki regroupe tout tout tout oganiza….

No2 Oganizasyon de baz yo.

No3 opa yo, kel li reyini nou kwafe nou, ooou konprann, metnan ke ee se nou ki fe eleksyon se nou ki chwazi se nou ki fe tout bagay

No2 Nou pa konn gen leta ki vinn vizite nou
Pharrel Avan program nan, program nan gen konbyen tan la?deux ans
No2,3 Mpral gen d an
Pharrel Avan program nan eske ropanib te la?
No2,3 Wi,
Pharrel: Kombyen ane ropanib genyen?
No3 Ropanib pral gan, ropanib pral gan menm, tem we pral nan preske 10 zan la. Tim: Kisa yo te fè anvan?

No3: Sa yo te fe anvan, yo te fe, yo te fe yo te fe gen yon bagay nan nan nan barade jeremi ki te rele grami, grami an e te yon gro oganizasyon kel te ye, mpat konnen, se grami an ki pwodwi ti ropanib, men ropanib soti nan kodernip,

Tim touse ak grate gòj li

No3: Kodernip lan se grami ki te fèl, yo menm kodeanip li menm kounye a se tap achte tout danre nan men tout moun epi pou te fe depo,nan, pou te fe pou te fè Boutik nan tout kote yo pou te vann semans avek lè zabitan metnan ke kounye a se avek yo grami vinn siyen bagay la kounye a, anndan li a ropanib kounye a, li pa grami, li pa kodeanip, li pa grami, li vini ropanip, kounye a sa vinn fe yon pi gran elan ropanip lan.

gen bri moun ki ap pale anba anba
No2: e kisal konn fè li konn subvansyone nou tou

No3: E lè sa, yo menm yo yo yo yo fè yon pakèt bagay, yo subvansyone nou, yo bay semans, yo bay zouti yo yo ede nou ak zouti, yo fè fomasyon.

Tim Avan program la
No2: Yo fè fomasyon konprann yo achte tou, yo te konn achte tou nan men Tim: Sa se anvan PAM?
No2 ,3 Wi anvan PAM
No3: Yo achte .
Tim: E e ou pa konnen ki kote yo jwenn kòb pou sa?
No3 Non sa pa, nou pa konn kiyès ki bayè de fon yo
Tim Fò yo gen yon patron ka menm hein..
No2 wè

No3: Nou pa finn riii, noou pa finn konn tout bagay nèt men se yo menm kite plante avè nou, vann nou semans, pase si poi a a, si poi a ,yo pa konn ba oul nèt men si poi vann 50 dola, ee vann 50 dola ayisyen ebyen kounye a yo menm yo ka baw li a 25 yo peye 25 pou ou , ou menm ou peye 25, yo vann li pi ba, sil vann 20 tou ,yo bay 10 pou ou, yo konnn bay kabrit..

No2: yo konn Bay kabrit, yo bay kochon, yo bay nou poul tou.
No3: Yo konn bay kochon, poul yo konn bay nou poul ou konprann… Tim: ebyen li gen avantaj?
No2: Wi li gen avantaj

No3: Kounye se avèl PAM kounye a vinn ,piske a PAM vinn poul travay ah li bezwen li bezwen ee semans e se ropanip ki deja la ki genyen opa yo ,ki se plante metnan li fe kontra avek ropanib ee, ropanip menm menm li fome nou, epui pou nou vann avek lot moun .

No2: Ropanib menm fe kontra ak oganizayon de baz yo.

Tim: Ou konen le nou gade , komsi kom etranje lem gade ropanib, mgade asosiyasyon nou pran done sou nou, epi nou di ok, men sa asosiyasyon sa a genyen, men a yo fe, nou pres pa gen anyen, ou pa gen trake, ou pa gen rotatilè, ou pa gen anpil kob pou prete, epi gen anpil yo pa fe anyen, yo pa bay semans, yo pa bay zouti, gen sa ki fayit

tim touse
No2: Nou konn fe demann sa , men sa pa janm rapote anyen No3: Nou pa jwenn nou pa jwenn nou pa jwenn

Tim: Ok men, men kritik la, se pa mwen kap di sa, men anpil moun ap gade paske, komsi nan peyi pam, tonton mwen te kiltvate, epi te gen koperativ nan zon nan, epi mesye sa yo, yo jwenn tout nan koperativ, siw vle prete yon trakte wap jwenn ni, siw bezwen angre wap jwenn ni, siw bezwen kob wap jwenn ni, kenpot bagay siw bezwen, ou gen problem nan lanwit ou rele koperativ wap gen 100 moun ki rive nan nan lakou ,a

riiii se yon bagay yon mevey li ye, mte toujou sezi paske mleve nan vil, lem al andeyo mkonn al fe vakans la, msezi poum we moun sa yo ansam epi si gen problem yap fe konbit konsa bat men (sa vle di telman rapid), si gen komsi yon problem rekot, oubyen yon kout tan yap fe, yap fe, men ee epi me ok pou pi enpotan la paske mkonnen nou nou konn ede lot tou ?

Group: wi.
Tim: ok men le ou gade sa ou genyen, ou pa gen anyen? No2: non nou pa gen anyen
No3: Men nou pa gen anyen

Tim: Epi se pa koz, epi se pa koz ayisyen andeyo se se pov! Ok Gen anpil ki pa gen anyen, men gen sa ki genyen, gen sa ki genyen, ki gen plis ke sosiyasyon, msispek nou tou le 3la, gen plis ke sa asosiyason an genyen, le ou gade sa yo genyen. Epi Kom mdiw kritik moun ap fe, yap di poukisa nap travay avek sosiyasyon sa, yo pa fe anyen pou tet yo, se nou, se komsi yo egziste selman pou distribiye sa moun yo pote ba yo ….. grav nou pa gen repons?

Group la: Riiiii

Tim: aaaa yon kritik li ye, men ee fow defann tet ou, siw renmen ropanip fo yo tim touse gen esplikasyon. Poukisa yo dwe kontinye sipote sosiyasyon, gen lot moun kap di lot bagay tou, ropanip ap bay nou plis kob pou manje a nou gentan di ke vale nan mache a , sav le di wap jwen plis kob, men timoun yo ap jwenn mwens manje. Sa se yon lot kritik moun ap fe

Goup la: Wi wi
Tim: yo di program li sipoze ede ee kiltivate, men primyeman se pou timoun yo. No3:wi
No3 Men eee yo men moun yo Pam pa achte pam bon e Pam pa

No2 Eee lem di sa eee si pwa ap vann 60 dola sou le mache, e sou le, 60 dola yo o achtel tou.

No3 E 60 dola yo achtel tou Tim: 60 dola ?
Tim grate goj li
No2 Wi yo achtel

No2 Si lap vann 300 goud sou le mache yo achtel a 300 goud. No3: Se pri de mache yo achtel.

No2 Men lem yo diw yo gen yon ti bagay anplis la se pou moun ki responsab kap achtel la.

Tim: Ok

No2: Moun nan yo mete yon ti bagay …

Tim touse touse

No2: anplis sou li, li men poul ka gen yon revni, si se mwen kap pase achtel nan men tout peyi

Tim: Men yo ba ou pri mache a?
No2: Wi yo ba ou pri mache a.
No3: Se pri mache a yo ba ou achte
No2: anpi yo mete yon ti bagay anplis pou moun ki responsab kap achte, kap achtel la Tim: Sa se yon lot bagay

Pharrel: wi sa se yon lot bagay

Tim paske moun kap achte se, touse yo monte pri a,
No2 An an
Tim paske yo bezwen kob.
No3: Se pri mache eee yachte pam ht? pam al fe pri tout bagay

Tim: Ropanip bezwen kob, yo paka travay gratis, BND bezwen kob yo paka travay gratis, ou konprann sam diw, fo, paske yo sevi avek asosiyasyon yo oblije mete plis kob deyo, menmsi se pa asosyasyon ki pran li, menmsi se ropanip menmsi se BND, sa fe manje a pi che

no3: Hum

Tim: epi nan lot nans eske ou gen timoun nan lekol? avek kantin eskole a?

No3: bon

No2: mpa gen timoun

No3: Mpa gen timoun ki ki nan lekol la ke nap pote kantin.

Tim: Neve touse nyes?

No3: Non

No 3: Mwen p, Wi mgen timoun, mgen timoun, mgen timoun alo mwen mwen mwen mtou mgen lekol,

Tim: Ou gen lekol? No3: Mwen gen lekol, Tim touse

No3: Men lekol pa mwen an pa pa pa, se sel mwen nan nan nan tout ee, e gan 11 lekol nan nan nan

Tim: Nan pwogram nan?

No3: Komin nan pataje an 2 pati, chak enspekte yo genyen 2 e 4 seksyon, chak gen 2 seksyon, youn gan santre-vil plis premye seksyon dezyem seksyon, lot la gan 3em seksyon 4em seksyon, men se sel lekol pa mwen an ke PAM, yo pa te yo pa pran

No2: Yo pa touche. Tim: Poukisa?

No3: Rezon an bon yo, lem te nan tout reyinyon ave yo, yo di ke paske, machin pa rive devan pot mwen, pa rive devan pot lekol la, men lem vinn gade poum we map swiv mwe mwe se pa vre, paske mwe anpil lekol se brote yap brote bagay yo sou bet pote pote al nan lekol la, pae machinn pa rive okenn nan tout lekol isit

Tim: Ou ta ka al cheche manje a?

No3: Mwen menm mte ka al chechel mwen menm manje a,

No2: touse

No3: mgan bet paran yo gan bet e tout timoun se timoun yo ye, denye timoun….nan peyi a victim

No2: touse

epi epi epi pouw we ke toupre a gen kote yap bay epi, epi PAM te vinn vizitem premye moun PAM vinn vizite e mwen menm wi, soti pooprens, le a pooprens yo soti yo yo te vinn vizitem wi!

Tim: Sa pa bay yon problem ke?
No3: Men se yon problem, bon bon mgan 150 timoun lekol mwen
No2: Wi kanmem
No3: 150 timoun e ke epi tout lot lekol yo jwenn epi se el mwen yo pa bay

Tim: Paran yo plenyen? Wi yo plenyen
tim grate goj

Men kom se la lekol yo ye, yo reziyen yo, men lot lekol gen manje yo ba yo tout bagay epi nou menm yo pa ban nou, sonw diskriminasyon li ye, se pa pou diw kote yo poko rive non? Siw Gan de kote yo poko rive, sa mkonprann sa men yo nan komin mwen an se sel mwen yo yo pa pran.

Tim: Mtap fe koze sa ave yo, mdi gade si ou pa bay yon lekol kounye a. se kraze wap kraze lekol sa a ri….

No3: Enben, enben wi, ri…ehehe se kraze yo kraze yo kraze lekol la, lew pa ba e gen lekol ki, ki gen, ki gen kantinn ladan deja yo ba ranfose yo.

No1: Milyores boucher gon lekol tou, mwe se yon lekol ke machinn antre nenpot bagay antre, mwe yo pa bay e milyores li menm li dabo lap travay nan ropanib mpa konn koman yo fe pa bay lekol sa tou, men anpil

No1: Lekol abraham Pharrel: lekol milyores la..

No1: Wi lekol milyores la, mkonprann se yon lekol ki bo lari dabo mpa konn rezon yo pa ba li

Tim: Ok men
Pharrel: Non Milyores te dim li te gen yon problem efektif nan period la Tim grate goj li
No1: An ok
No2: Gendwa sa wi

Pharrel: Pase gen yon kantite minimum timoun pou gen nan lekol la pou bay manje a No1: Timoun yo te bezwen
Natacha: bay manje a
Pharrel: Li men li pat gen kantite timoun sa yo

No1: An ok.

Tim: Men lot problem yo genyen ak pwogram la yo pa, yo genyen yon kantite lajan fiks tou touse, kounye a, sa se yon razon nou poze kesyon paske si yo ka bese pri lekol la, pri manje a, pri kantinn yo ka bay plis timoun manje, pwogram ka pi gran…

No1: wi

Epi yon yon bagay nou toujou ap mande moun nan, yo vle ba yo manje ke yo kwit nan lekol la, sa vle di chabon touse oubyen e bwa bezwen epis bezwen kwizinye tout sa yon tet chaje touse yon bagay nou propose si yo tap bay lot manje, manje ke yo ka fe nan lot kote chanmchanm, akamil, akasan,

Natacha: Tablet
Tim: Tablet, kasav, manba

No3: Wi alo le le le pam poko rive nanw kote, se sak problem nan sonw lekol egziste en, ou konprann mwen ki fem pa kraze se paske megziste anvan pil lekol ki ki la

No1: Lekol paw la bo isi a? No2,3: Non e anwo
No2: Anle tomasik

No3: Se se paske megziste, mbyen structure ri.., mfe gro travay ki fe ke lekol mwen egziste pase si yon lekol pa bay manje, ou ou ou pa gan SIGRO ou pa gan EPT ou pa tap gan lekol kanpe. Donk e, mwen mpat konnen koman soupi pase PAM vinn vizitem menm, vinn nan lekol la menm le a mte gen, bon mte gan pi plis timoun pre de 200

konbyen timoun ane sa ma 100, 100,100,100, 150, ou konprann nenpot 165 enskri gen timoun ki an difikilte yo paka vini lekol osi.

Pharrel: Tankou nou menm ki di PAM pale avek nou planifye men yo pa pran pwodwi nan men nou se sa?

No3: wi

Pharrel: men eske nou konn eseye pran pwodwi ou yo ale tankou al potoprens al vann yo?

No3: Wi nou fe, nou fe kom alodiner jan nou te konn abitye fe, No2 nou vann yo sou le mache lokal .
No3: Nou te konn abitye vann ee nan mache lokal
No2: Gen madan sara e gan machann tou.

Tim: Yo vinn ht nan mache?

No1: Wi gen machann ki vinn achte nan jaden ki vinn achte nan mache yo pote yot transpote yo ale potoprens

Pharrel: Nou menm kom oganizasyon nou pa konn anbake pwodwi plante yo poun al vann potoprens? Nou pa konnfe sa?

No2: Non
No1: Non nou pa konn fe sa.
No3: Non (tou ba )
Natacha: Se sara ki vinn pranl nan men nou? Group: Wi
No3: Se se se

Yon poz…. Bri machinn moun ki ap pale

No3: Nan lekol, nan lekol yo, ou konnen ,ou tap mande si nou pa gen kouzinn nou nan,men gen de pafwa manje yo, gen de timoun mtande kap paran ki ap plenyen nou gen de manje ki pa fe timoun yo byen ,yo konn manje manje ki pa, gan de manje timoun yo pa, abitye,hehe ri tou piti… , se sa ki pemet ke timoun nan ta dwe, ee, lekol ki pi pre yo ta dwe,yo ta dwe fe bagay la yon ti jan, pou lekol ki pi pre yo te sevi avek nouriti ki proch timoun yo, nan lekol, nan zon kote yo ye a gan manje ki la pou yo ta achte manje a la nan men yo, manje timoun yo abitye ,gan de manje timoun yo pa abitye, le timoun nan we manje ke li pa abitye manje ,li pa manjel, oubyen li pa fel byen, ounbyen li leve sou li, li bal bouton, oubyen li pa vle manjel, konprann ,alo si PAM, si yon lekol nan yon zon , zon nan gen mayi, gen pititmi, li gen bannann, li gen yanm, timoun nan abitye manje yo, konprann pa egzanp tankou yanm ee, yanm jon nan ,gen de kote de teren li amer, le timoun nan goute yanm nan, li pa abitye manje yanm amer ee li pap manjel,

No1: Gen kek kote ki gen manyok tou, timoun nan pa manjel.

No3: Wi manyok la rann tet timoun nan vire, li pa manjel, men yanm pal li a, yanm blan,riyal la,yanm riyal li menm li manjel, li renmenl ,men yanm jon nan, konprann..lel pa finn rek, lel yo finn pran yo, yo pa finn rek oubyen nan sezon lapli yanm nan amer li bay move gou, lel ame a gen timoun ki pa, ki pa manjel, oubyen li pal fe byen ,li fel rechtel tout sa yo, ta merite pi gran pou, si yon lekol nan zon sa a, enben si gen oganizasyon ki nan zon sa , yo te dwe fe kontra ak oganizasyon pou te pli bay bay zon lekol sa a manje, achte manje a nan men yo pou pote bay lekol la.

No1: Se PAM se pwodwi lokal li bay timoun yo.

No3: Enben wi se pwodwi lokal, enben pwodwi lokal la vwala lokal la gen pwodwi, lew gadew we lokal la gen yon pwodwi epi manje ap soti lot kote poul vini, e toujou menm, e toujou yon lot problem, lekol la gen yon nouriti pou bay timoun nan, yabitye ak bannan sa, yabitye ak lam sa, yabitye a yanm sa, yabitye a pitimi, yabitye a mayi.

No2: Menm pwa kongo timoun nan abitye a pwa kongo vet.
No3: Yabitye a pwa kongo vet e sonw konprann, epoutan zon nan genyenl epoutan.. Tim: epi wap di ke komsi yap cheche manje lot kote ayiti?

Pharrel: Nan lot zonn?
No3: Nan lot zonn
Natacha: Ki pi lwen..
No3: Kote yo achte manje a ou we manje a ap vini, nan lekol la Tim: Ou pa dako?

No3: Bon e pa dako mpa dako non, men li te ka fet on ti jan ri.. Tim: Li tap pi bon pou achte isit?
No3: Li tap pi bon pou achte nan zon
No2: Pou desantralize li

No3: Kote kote

Tim grate goj li

No3: Kote kote manje a ye

Pharrel: wè

No3: Sim la, sim la, bon sim la pa egzanp, mwen la timoun nan ap manje kann, epi la a gan kann, men gen kantite de kann la pou yo ta bay timoun nan

Tim: Li pa fe sans pouw al cheche lot kote

No3: Enben, enben lew gade pouw we timoun sa ki bezwen kann nan pouw lot kann ap vinn debake la ap vinn bay timoun nan manje, epoutan gan kann tou pre la li te ka manje

Tim: E li koute kob pou potel vini.

no3: E li koute yon paket mwayen poul, poul vini epoutan la a kann nan tap vini tou fre san san pase mize e timoun nan jwenn li

Pharrel: Sou pa egzanp nou te pale de yanm jon, yanm blan, kiyes ki deside ki yanm pou yo bay? Eske se ropanip, oubyen eske se PAM oubyen se BND kiyes ki deside sa?

No3: non yo di yanm, men le yo di yanm nan, la majorite anpote, kote ki gen anpil se ri. No2:Wi Yo te di yanm tankou riyal pa ladanl
No3: Yo te di yanm sa yo pat ladan
Pharrel: kiyes ki te di sa egzat? Eske se ropanip?

No3: Nan fomasyon yo, nan nan tankou bon, ebyen se pam ki di ropanip se pa ropanip pam ki di ropanip tel bagay li pa bezwen, paske yo fe fomasyon di men bagay yo bezwen, men bagay yo pa bezwen, konprann yo di men bagay yo bezwen

Pharrel: Men pouvi ke se nou menm, nou di se nou menm ki fe ropanib, se nou ki konnen kisa timoun yo ka manje, se nou menm ki papa timoun yo, nou menm ki manman timoun yo, mpanse avek ropanip nou tap gen ase de pe deleman pou nou di, timoun nan ti rivye, men sa nou pwodwi, men sa yo manje toutan, pa gen okun problem, problem ki gen avek yanm nan, mpanse nou te ka pase pi byen avek ropanib, pou nou di men problem ki gen nan yanm, zon sa a men ki yanm nou fe, moun yo depi yo tou piti yap manje yanm sa, yo abitye avel, yo konnenl, donk gen problem pou yo manje lot lot yanm nan. eske nou fe sa nou menm bo kote pa nou?

No3: Bon
Pharrel: Kom responsab oganizasyon epi ki anndan ropanip?

No3: Nou konn diskite, nou konn diskite sa deja wi, le nal le le gan rankont, le gen bagay, men ke, sant yo pa egzanp, kote kgen sant, lew rive salanyak se la gonw sant kote pou yo pote tout manje yo, tout, tout opa yo reyini mpa konnen isit ki bo sant lan ye?

No1: Ketan.
No3: Gonw sant ketan kote pou moun yo reyini pou stoke manje

No2: Kote yo stoke manje

No3: Men mtal diskite sa ave yo lotre jou nan salanyak poutet mte we yo ap depate bannan mete, bon yo te dim ke, yo pa pran banann, epi mwe yap depate bannann peze, e kote yo pran bannan sa yo, se salanyak pa gan bannann se achte yo achte yo nan men zon ki gen bannann, zon pam mwen yo, se zon sa yo ki gen bannann,epi mwen te di yo ke koman fe ke nou te di ke nou pap pran bannan epi kounye a nap pran sak bannann, alo ou we ke bagay yo on ti jan

No1: Bagay yo gen fos kote.

No3: Ou paka finn konprann jan yo ye, konprann, depi se bagay ke, men le yo nou,le yo tap fe fomasyon PAM, deriso, miragwann, tout kote yo, yo pat retire, menm lam veritab yo te mete,

No1: Wi Yo te di lam veritab fe ji

yo te mete pwa kongo, yo te mete mayi yo te mete petimil men apaw we yo pa achte petimil, yo pa achte mayi, yo pa achte lam, yo pa achte pwa kongo e gen de zon se pwa sa yo,yo fe

no1: Sitou zon pam se kilti sa kem fe.
no3: konprann
No2: Ebyen se sel ariko yo achte, sel pwa nwa yo achte nan zon ki pwodwi pwa nwa yo? No1: wi yo achte diri tou
No1: yo achte diri kawok
No3: Yo achte diri kawok avek dimizan
No3: Yo achte diri kawok avek dimizan ou konprann alo
Pharrel: Sim byen konprann timoun yo, timoun ti rivivye pa manje efektivman sa ke …. Natacha: Yo te mete nan program nan

Pharrel: Plante ti rivivye ap ap pwodwi No3: Bon,
No1: Wi pase wi …
No3: Wi men yo pa…

No1: sel sa yo bagay se te sel diri kawok la.
Pharrel: Sa vle di se diri a ki soti ti rivye a?
No3: Wi, sel diri a Selman, wi byen sur apresa nou gonw lot.. Pharrel: Ki kote lot pwodwi sa yo soti? nou konnen?
No3: Lot pwodwi yo? yo soti yo soti anwo..
No1: Yo soti anwo setsan.
No3: Yo soti, yo soti salanyak payan,
Pharrel: Payan.

No3: Se la yo soti, ou koprann, ee se la yo soti se, se pwodwi sa yo ki plu vann, se moun sa yo ki plu gen akse vandabl, ee yo vann chou, yo vann karot, yo vann militon, yo vann obejinn, yo vann em legim pye bayal la, riii

No1: epina,
No3: konprann yo vann tou sa, yo vann yanm en
No1: Wi
No3: E e e men ti rivye kisal pwodwi: petimil, mayi, pwa kongo,..
No1: Manyok.
No3: Manyok, yanm riyal, yanm blan, eu eu eu men pwodwi sa yo pa vann.

Tim: Yo pa achte? No3: Yo pa achte.

Tim: Eske gen lot avantaj, paske anko jan nou pale pwogram li pa achte anpil bagay nan men nou, touse men eske gen lot ee avantaj yo te bay nou,touse nan pwogam eskew we ka gen lot avantaj komsi li kreye yon lot opotinite oubyen touse, oubyen li jis yon ti bagay li ye.

No3: Avantaj PAM te di ke, yo te di ke yo pral akonpanye nou kom agrikilti, yo pral, yo pral akonpanyew e opa yo justeman pou ede nou amelyore kilti nou, pou ede nou travay plis men nou pa we sa, nou pa jwenn ed e PAM

Tim: Nou pa jwenn anyen?
No2: Wi Nou pa jwenn anyen.
No3: Nou pa jwenn anyen?
Tim: Pa jwenn zouti, pa jwenn semans?
No2: Non non nou pa jwenn
No3: Nou pa jwenn semans, nou pa jwenn anyen prete anyen
No1: E fonn ta jwenn trakte tou.
No3: Mpa konnen si yo pa bay
No2: e nou gen anpil dlo poun ta wouze te, Nou gen anpil plennn poun ta wouze Tim: Nou gen dlo?
No2: Wi nou gan anpil dlo
Pharrel: Eske nou enfome nan lot kote a si yo jwenn asistans?
No3: Ebyen se sam di mpa di yo pa bay non mpa konnen ri…

Pharrel: Eske nou enfome de lot oganizasyon swa si paranl nou pa enfome? No2: Mpa konnen si yo bay.
No3: ri…Wi mpa di ke yo pa bay non, men mpa konnen ke eske yo
Tim touse

Pharrel: non Kom mkonnen nou se oganizasyon, No3: mpa di yo pa bay non wi wi…

Pharrel: Fo nou cheche enfomasyon tou, pou nou kap konnen si nou pa jwenn, yo te di yap bay fo nou cheche konnnen fouye zo,

Natacha: Si nou pap jwenn

Pharrel: pou nou konnen si yap bay yon lot kote

No3: Wi Alo se sa

Pharrel: si nou ta konnen yo bay yon lot kote kounye a nan reyinyon nou ta poze kesyon e anplis nou di se nou ki fe ropanib

No3: Wi se nou ki fe ROPANIP

Pharrel: eske ropanip gen yon wol li jwe nan ki oganizasyon ki pou vann manje a ? eske li gen yon desizyon li ka pouse nan chwa oganizasyon kap vann manje yo?

No2: Wi e RoPANIP ki fe chwa a wi, wi se ROPANP ki fe chwa a mpanse se lik fe chwa a oganizasyon kap vann manje yo

Pharrel: Lik seleksyone oganizasyon kpou vann yo? No2: Wi lik seleksyone yo

No3: Bon li li li pa Selman, non setadi li fe fomasyon pou tout oganizasyon yo, ke, li fe kontra pou tout oganizasyon yo vann

No2: bon Sa depan de pwodwi lap pran an No2: sa depan de pwodwi lap pran an…

No3: Sa depan kounye a, Kounye sa a depan, sak vinn rive a gendwa pa problem ropanib se problem PAM, ki do di men sal bezwen

No1: Wi wi

No3: li gendwa pa problem ropanip li ka problem PAM, PAM si PAM di men sal pap pran, men sal rechte ROPANIB paka di anyen sa PAM, sa PAM, PAM se li ki a le dwa de deside, paske se Ii menm ki gen monopol lajan lap achte a, si PAM di ke se tel bagay li pa bezwenl ROPANIP paka di anyen moun ki genyen, oganizasyon ki genyen sa pam mande a se yok vann kap fe kob.

No2: Alez

No3: Sak pa ganyen en en

No1: Loblije rete

No3: Sil di, si pam di se kann m bezwen mwwen mgan kokoye li pa pran kokoye moblije pa, pa ROPANIB

No1: riiii Se sak fe mpa ladanl mwen menm,
No3: Ririiii
No1: Paske sa yap vann paske sa yap achte a mpa genyenl

No3: Ebyen kounye a sonw febles li vinn, li vinn lage, li vinn lage yon problem komsiw di ta we kounye a gen kek opa ki ta dwe cheche yon lot patene, yon lot moun paseke baay la prale yon jan, men nan, nan premye kontra yo se te tout bagay sa yo te soulinye metreman pam tap achte nan men nou

No2: Yo te soti ak yon lis pwodwi men sa yap bezwen No3: Wi metreman yo di tout moun

Tim: Yo pa, yo pa achte?

No3: Tel zon saw pwodwi, tel zon saw pwodwi tout okontre kantite

pitimi yo te di an,
No2: Yo te fe yon anket

No3: Yo te mande eske nap jwenn ni, yo te vinn di enbyen si nou pap jwenn li yo pral akonpanye nou pou nou plante plis pititmi, pou yo prete nou lajan pou nou plante plis mayi, plis pitimi pou ede nou, konprann plante plis legim men nou pa we sa, gan wo, gan de kote nou pa we sa, nou pa di sa pa egziste,

No2: Sa pa fet

No3: Nou pa dil pa egziste, men gen de kote sa, li pa rive, konprann, nou pa jwenn semans, nou pa jwenn akonpagnman, an nou, nou bon nou jwenn konsey li men nou pa jwenn api akonpagnman, he nou jwenn konsey pam wi riiiii…….

Tim: riii aaaaaaa
Pharrel: Yo pa ateri sou ou riii Natacha: li pa rive riii
No3: li pa rive riiiiiiii konprann

Tim: Si yo tap chanje system, eske yon pwoblem, nou toujou we sa wap di la toujou we sa, nan gran oganizasyon yo gen kob la yo vini yo ouvri yon pwogram epi yo depanse tout kob nan vil nan administrasyon nan machinn epi touse pres pa gen anyen ki fet andeyo

No3: Wi wi se toujou konsa wi

Kounye a si yo tap chanje sistem la epi yo plis mete kob la andeyo, komsi kounye a se pa yo kap achte, se yo kap jis bay kob. Eske gen yon group lot oganizasyon se pa ROPANIP, men yon group fanm oubyen yon moun kap, e, yon biznismen yon fanm ki nan biznis ki ta ka fe manje pou lekol la?

No3: wi yo, sa, sa vinn kreye yon pwoblem tou, e pa egzanp le nou tande kantinn yo, gade gen de kote se bwa yo brile, pou fe manje yo, e poutan nap pale de rebwazman, e gen de moun se koupe yo oblije koupe branch bwa lage ate pou tann yo seche koupe pye bwa lage ate pou tan yo seche pou brile pou fe manje oubyen se chabon, mwen we ke, sa se yon lot pwoblem, si tout lekol sa yo bezwen bwa pou yo fe, pou yo kwit manje sa se yon pwoblem ki, ki pral ki pral kreye yon lot pwoblem sou sou anvironnman an, mta kwe ke se pou PAM ta gen yon lot estrateji ,pou ta melyore system manje sa a . Pa egzanp le gwo vye lafimen sa yo leve nan lakou lekol yo, ap kouvri tout lekol la net ave lafimen pil bwa sa yo ap brile, men eske PAM pakap pote lot system amelyorasyon pou, pou manje yo ta kwit pi byen, san se pa ta, gan de kote ki pa gan bwa vre, gan de kote ki pa gen bwa, pa gen pye bwa anko non, pou pou pou bay bwa pou pou brile non,chak jou

pou pil bwa ap vini kote kote yap jwenn yo, e sak fe se, pa gonw ti manje wap fe ou pa jwenn bwa pouw fel bon yon lekol chak jou eeee konbyen,konbyen nonb de de jou 200 konbyen jou lekol pou jwenn bwa pouw ap boule , se pa yon sel lekol non se tout lekol yo,sa pral fe degradasyon sou sou sou anvironnman an, fo PAM ta gen yon lot estrateji pou pemet manje a, gan anpil soley, gan recho soley , gan recho gen bagay ki te kapab amelyore sa , konpann men ou pa di ke , e gen de le tou lapli tonbe medam yo paka kwit manje yo, mkonn al vizite yo mkonn al pase nan katinn yo mal gade wi wap we ke, lapli tonbe bwa yo mouye, manje paka kwit,tet chaje, petet nan tan sek yo ta jwenn bwa yo ta itilize men gen kek tan lapli ap tonbe dife paka limen bwa yo paka pran, PAM ta dwe met yon lot estrateji konprann, medam yo menm bon gen yon pwoblem anko pou kwit manje, yo di se paran ki pou vinn kwit fe manje yo. Bon eske ou sipoze, moun nan gen lakay li, lendi lap kwit manje, lendi madi, mekredi, jedi, vandredi, li kite lakay li, poul pa gen anyen lap touche, li pa jwenn yon ti kob ditou

No1: Sa sonw problem
No3: Yo ba li
No1: Gen moun nan ki kite komes li

No3: ki kite e ti komes li li tap fe, poul viv bonl kite tout sa , poul fe jounen ap fe manje ba tout yon popilasyon timoun pou bay manje en, e prensip ki chita nan lekol yo, moun nan li menm, sil vinn fe manje nan lekol la gen 5 pitit lakay li, tou le 5 pitit li yo pa nan lekol la,bon moun nan paka tounen ak yon ti manje lakay li pou lal bay pitit li ki lakay li, menm yon ti manje kwit li paka pote bay pitit li sa tro di hen mkonn di yo sa deja mdi yo sa tro di hen konprann riiii men moun yo pa soulve sa

Tim: Ebyen ki ki estrateji ou tap pwopoze?

No3: Bon bon men se swa ke, moun sa yo kap kwit manje yo, fo yo te gen yon ti amelyorasyon yo menm poukont pa yo, menm si e pa anpil men men,

No2: Fo yo ta jwenn yon gratifikasyon

No3: Fo, fo yo ta gen yon ti bagay nan men yo, pou yo lave rad yo ki sal, e lot bannn fanmi yo genyen, mari yo pitit yo, yo kite deyo, moun nan fe lendi ap kwit manje, madi, mekredi, jedi, vandedi yap kwit manje poul al lakay li, el gen yon lot bann timoun nan

mize lakay li, li paka tounen a a yon bokit manje poul pote bay sa ki sa ki lakay li yo, bon se li ki kom fanm ki pou degajel lakay pou kwit manje bon li paka pote anyen pou yo paske

No1: An se yon lod ki pase konsa?

No: Wi gonw pemi ke yo pa baw dwa pouw soti ave anyen nan nan

Tim: Se vre?

No1: Ebyen proje pam nan se yon proje koured riii

Pharrel: Tankou ok si moun kap fe manje a la, sil gen yon timoun lakay la paka soti ak yon manje pou li?

No3: Non, e si timoun nan pat peye, gade, si manmnan an gen, yon gan 1 dola pou yo pote chak jou. Men yon lot pwoblem ki rive anko, chak jou pou timoun nan pot 5 goud, ok, gen de kote li ye 10 goud, gen de kote se 50 dola yo fe peye metreman pou tout e ,yo tou di paran peye 50 dola pou yon timoun, bon si paran, si paran an gen 4 timoun lekol la, moun nan malerez, e le yon timoun ap manje si gen de timoun, yo te dwe wi mwe mwe sa sonw mal, de timoun li bay youn yon 1 dola, li pa jwenn poul bay lot la, sa ap manje li paka bay di tise li a men tikal ladanl.

No1: Li paka ba li?
No3: Non.
No1: Yo pap ba li si li pa pote kob la
Pharrel: non Yo pap bay timoun ki pa peye a
No1: oubyen si manjem nan nan menm mpaka
No3: Lllllllot la pap manje ladan,
Pharrel: Hen
No3: lot la pap manje, timoun ki pa peye a ap sot deyo le yap manje a

Pharrel: tchuips

No1: li paka mpaka manje a fre a?

No: Li pa pral manje nan li pa pral manje

No2: Bagay la red

No3: Timoun ki ap manje a ap nan yon lye yap manje, timoun ki pata peye a jou a, ou deyo menmsi se te ti sew ou pap ka bal tikal, menm si se te ti frew ou pap ka bal tikal.

Tim: Hum yon ti rii
No1: O mpa konprann bagay sa a

No3: Je l’obseve…konprann alo mwen menm e sa fe ke, sim gen yn kantinn e konsa poum nan eta imen mpap bezwenl, mpap bezwenl pase mpap ka fe sa, pase mpap ka we si etan pere des enfants alo yon malerez ki pov, ki gen 3 timoun o do 4 timoun lekol la , li pa jwenn 4 dola a, o 20 goud la poul voye, li voye 10, li voye 30 poum we lot timoun nan poum kitel pou tout sa wap manje pou sa pa manje? non mpa tap bezwenl.

No1: lwa sa a pa bon

No3: Ni mpa tap bezwenl tou

Pharel: Eske se yon direksyon lekol ki, ki fel konsa oubyen se PAM ki di poul fet konsa?

No3: Ebyen Konsa prensip la dwe ye

Pharrel: Non nou dwe konnen eske se direksyon lekol la ki deside konsa? men mpa kwe se PAM, Pase pam, PAM pa

No3: Li Pa sou le teren?
Natacha: Li voye manje a pou tout timoun…

Pharrel: non Pase PAM pa konnen, pam pa di lekol timoun dwe bay 5 kob, ou dwe bay 10 kob ou dwe bay kob? Se direksyon lekol ki planifye sa yo pa vre?

No1: Ok

No2: Mtap panse sa paske genle se direksyon lekol la sanble ki pran mezi sa a

Pharrel: Ah wi pase mpa kwe, PAM bay manje pou 300 timoun, pou timoun manje

Natacha: Pou tout timoun net

Pharrel: Mpa kwe se PAM pral di misye pa peye li pa dwe manje non sa se lekol lak jere sa.

No3: Men, men men ekoute, PAM, PAM depiw komanse a 1 fow rive a 10, e kotew pa rive a sa pral fe yon problem, ke PAM se yon responsablite kel pran, li dwe konnen ke, manje a pap bay kri, se nan lekol la yap kwit li, se pou PAM ta trete tout sa, konnen ke moun kap kwit manje yo, koman yap kwit li, konprann, e ke kwizinye yo, fo yo ta rive jwenn yo, pase tout kote moun kap kwit manje, mezanmi moun nan ap pran dife gwo vye chale sa yo, gwo vye chodye sa yo, moun sa li menm hen , fo yo benefisye yon bagay, fo yo benefisye.

Tim: E si yo ta jis achte manje nan men lot moun ki spesyalize nan sa, pa egzanp nan plas bay manje pou fe nan lekol la, ou jis al achte 200 fig mi, yon ti kasav manba epi pote vini.

No3: Bon sa pap sifi tout tan,

Tim Men yon jou ou ka bay kasav, ou ka bay lot bagay, chanmcham, akamil akasan,

No2: Wi wi

No3: Wi yon jou ou ka fe sa, byen sur sa ka fet, sa ka fet, wi, sa ka fet, pase se pa plen vant toutan an, ki itil pase eee timoun nan kab pran tout, fo timoun nan aprann a sa tou

Tim: Non men se pa komsi, se pa, se pa sou lekol yap viv, paran yap bay ti manje le yo soti lakay la, epi le yo tounen lakay la yo jwenn lot manje

No3: Wi
No2: Pafwa tou gen timoun ki soti lakay li, li pa pran anyen, sa depan de kapasite paran

Tim: Ou konnen moun toujou di sa men epi pou mwen, ok pesonelman se pa desizyon pam, men si gen yon timoun ki pa jwenn manje nan kay la, sa se yon ka grav, sa se yon lot koze, sa se yon pwoblem, sa se plis ke, epi li pa dwe responsablite lekol pou sove yon timoun, sa se yon ka ou fok ou gen yon lot mwayen pou pou sa

No3: Wi

No2: Wi, mpanse gen yon lot mwayen men janw wem diw la, gen timoun paran yo menm konn voye yo lekol 5 ke li pa gan anyen, li pa gentan ba li anyen poul manje.

Tim: Wi gen sa. No2: men e pa tout.

Tim: Men sa mjis, repons mwen, mjis ok mrekonet sa, men mjis di ou paka baze pwogwam sou timoun, timoun sa yo, ou baze, mtap dil, epi e pwent mvle fe avek PAM, mtap dil fo ou baze pwogram nan pi bon lojik kap bay plis manje pou pi bon pri, ki pa konpleks, paske toutan li pi konpleks tou li ka kraze pi fasil

No2: Li koute plis

Tim: Kom ou dil pafwa yo pa bay manje, yo gen bagay mouye touse epi gen yon seri de pwoblem anko

No3: Wi wi gen de pafwa manje a paka fet.

Tim: Li koute che wi, yo peye 3 fwa plis, ke manje koute pou program la, sa vle di si yo bay chak timoun 15 goud se 45 goud yap peye pou chak timoun, men se selman 15 goud manje lap jwenn.

Pharrel: 15 goud manje a reyel, kounye a lide a se, nou konsidere depans yo, kote manje a vini a se depans, lot moun ki responsab la pou al achte a se depans yo ye, kounye a si nou met tout sa ansanm, eske pa gen lot fomil nou ta itilize menm 100 goud sa a epi pou timoun yo ta jwenn plis manje.

Tim: Ou konnen lew lew mete bwa ladanl ou mete epis.. No3: Tout se kob riii

Tim: Ou nan 60 goud

Group la: Riiii

Pharrel: Se depans yo ye toujou.

Tim: Epi kwizin menm ou nan preske 60 goud chak timoun chak jou.

Pharrel: Le wal ajoute kontribisyon paran yo bay yo vinn pote sa se yon lot adisyon kob anko sou men pwogram nan.

No2: Mwe sa PAM ta vle fe wi, ta sipoze ta gen yon ma, moun menm jan ak moun ki fe restoran yo, ki men se pwodwi lokal ou tap rekomande pou bay timoun nan, ou tap bay yon pla ki tap koute mwens kob ke tout depans sa yo, pa, ou gendwa fe yon kontra ak moun nan ou tap di cheyi mgen 50 timoun wap bay chak timoun sa yo manje 10 dola pou mwen , 50 goud kounye a moun sa a li degajel li bay chak timoun yon manje 50 goud, kounye a li konnen li gonw kontra avew si se chak mwa wap bal tan kob ou ba lil,anpi li menm li fe manje a li bay timoun yo, men ou dil men ki manje poul bay, sa li tap mye toujou.

No3: Men men tale a ee nou tap pale nou di ke genyen pa egzanp le PAM vinn akonpanye nou pou pwodwi lokal, men egzaj, pwodwi lokal la, chak te gen chak zonn gen sezonl, gen kilti pal kel fe, pa egzanp sil vle akonpanye nou vre, pa egzanp gen des endroits se pistach nou genyen, e pistach sonw nouriti

No1: wi

No3: Men vwala, si yo achte pistach yo fe manba gende pafwa timoun yo, timoun yo gendwa pran yon pen a manba,

No1: yon pen bere wi.
No3: E ki ki ki bon, sonw bagay timoun nan jwenn ki soutnil No2: Yo gendwa bay yon ti kep ji a yon pen

No3: Yon ti kep ji avek eu yon pen bere fasilman sa pap koute yon paket moun ap pede kwit manje sa fet gen de jou

No2: Gen dwa Jodi a ou gen kasav,
No3: Gen de jou kasav gendwa konprann men

No2: Gen de jou ou bal yon moso kasav ou bal yon ti kep ji timoun nan ap sevi paske li pran yon bagay lakay li kanmenm men ou bal yon bagay ki pou reveye memwal pandanl lekol la.

No3: Wi timoun nan bezwen yon bagay poul ap pran nan bouch li No1: Timoun nan ka pran yon grenn fig tou li ka pran yon grenn fig. No3: Li ka pran yon grenn fig, eee li ka pran pistach griye la, konprann Natacha: Tablet li

No3: Tablet epi timoun nan bwe yon dlo epi li lavanse. Men ke pou se pa gwo gwo manje yo Selman ki pou vann, fok nou pwodwi pistach, nou gan anpil pistach fok PAM ta achte pistach nan men nou, konprann pou bay timoun paske se pa gwo vant lan Selman kfe nouriti a gen de bagay ou pran lejeman anpi ki edew tou, konprann ki edew.

No2: Jan direkte di a e vre, chanmchanm nan kisa? Chanmchanm nan an ye se mayi avek pistach ou fe melanj mayi ak pistach,tout sa pwodwi sa yo tout sa yap vann kounye a ou fe yon melanj ou fe chanmchanm nan timoun nan gendwa pran de ti kiye chanmchanm nan epil pran ti dlo li bwe li satife epil byen ge lap travay e pasel pwodwi, jan wew di a se pa sel pwodwi kwit la ak gwo manje a

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #9: SALANYAK

Jean Baptiste Jacky. 4 339 07 93.
Pastor Reno
Kalaf Edi: 4 225-19-50
Lejye Sazieu 3 690 05 66 and 4 227-27 73 Dezomis Onel 4 263 74 61

Tim: map montrew , gen bri…… Pa ekzanp e se ou konnen apre ou banm repons la map metenanrapoampapdi seoukiyesouye mapdimengenmounkoumanyorelezon sa?

Group la: salanyak

Tim : salanyak

Tim: map di m te nan zon selanyak

1: salanyak

Natacha: salanyak

Tim :selanyak

Tim: selanyak epi men moun di yo gen problem sa oubyen yo jwenn sa bon yo jwenn sak pa bon ou konprann map diw en oke men ou rele

Natacha: dezyem seksyonl ye premye? 1:dezyem seksyon
Tim:dezyem seksyon?
1:non sizyem seksyon

1:wi sizyem seksyon 1:komin de miragouan Tim: komin de meragouan Gran poz…..
1: en se bon komin payan Tim:komin payan

Tim: touse
2: wi komin payanl ye de miragouan

Tim: mwen menm m rele Tim Group la : Tim

Tim :wi
Tim: epi sa se Natacha
1: oke tim tim an angle non
Tim an angle
Tim: wel it’s kreyol an angle nou gen timtim tou, timtim bwa chech 1: aacr iiii m konn tire kont leswa ey
2: a koze mezanmi
1:nan veykimouri yori foooooo aaaa
Tim: sesa

1:o Natacha

1: m gen kouzin mwenk rele Natacha lapenn pati la aktyelman

Tim: li pati li a lotbo?

1: wi

Tim: e e oke banm ouvri sa pou we

T im touse en en en

Tim oke

Poz

Tim; oke pa ekzamp e men nou menm nou vann k k k konbyen fwa ou te vann avek e ropanip e kisa ou vann

M: oofrfrfrfr
Tim: komsi yap toujou vin achte?
M: vann yanm riyal yanm blan
Tim; men eske yap toujou vin achte bonjou? M: wi yo toujou
Natacha; bonjou

Tim; komsi chak semen yo vini epi nou vann sak?

Moun yo; janl ye ya sak pare ya nenpot jann ka vann li nou vann li si son lo konsaw fe ou vannlisisesaklawkafesisedemioufetwakaoufel

Tim; e si yo pa achte ou tap vann nan mache ya?

Moun yo; men non yo toujou ka achte depiw di yo sa yo vin achte Tim;esiyopa achtekisaoutapfe aveksa?
Moun yo;nou pral vann li nan mache
Tim; nan mache ya ?

Moun yo ;nan mache prive
Tim;oke
Tim; men an general se madam nou ki vann oubyen nou menm ? Natacha; madanm nou ki al nan mache ki vann?

Moun yo; madanm vann gason vann nou menm tou nou vann, nou menm ki vann poun achte angre prodyui paske nou pa gen prodyui nou pa gen ed ou konprann nal vann ou konnen fanm petet ya fon tou deye ya ke lajan angre ya nou menm nal vann poun achte angre prodyui poun met nan jadin an pou jadin toujou fonksyone pou nou jwenn kob pou nou fonksyone anko

1: oke

Moun yo: alo nou bay fanm nan lajan menl gen yon ti bagay lal vann tou wi men sil manke nou bal yon ti losye ou konprann mm nou ka edel nan sans

Tim: enyen
Tim: men eske men le yo al nan mache ya Gason konn al nan mache? Mounyo:wienou konn alewinoutoutalewi
Tim: konn al vann nan mache ya?
Moun yo: wi de fwa madanm nan yon bo nou yon bo nou pap vann menm bagay yo ri Tim: nou pap vann menm bagay?

Moun yo: o non non non non Tim: kisa nou plis vann? Moun yo: a tout bagay
Moun yo: nou vann pwa

Tim: non gason

Moun yo: nou vann tout wi pwa, patat, chou, pesi, e e e manyok, yanm, wi joumou an , chou, jinibak , e e e karot, bannann, a

Tim: tout bagay

Moun yo: epis, sa vle di lew ale konsa pou plis prote je li li gendwa yon bo lap
vann epiw yon bo wap vann jis pou bagay yo mache pi byen nou pa vann menm kote avel m pa bezwen konn konbyen lap fe li pa bezwen konn konbyen map fe alo son ti minim li ye pa gro bagay non men ou konnen gason fow jerel

Tim: men kotem soti e kotem te rete ayiti andeyo se fi ki vann
Moun yo: fi
Natacha: sa vle di neg la travay epil kiltive li bay fi ya al vann nan mache ?
Moun yo: m wi
Natacha: nou menm nou fel konsa tou men le gen anpil manje nou al vann nou menm? Tim: touse

Moun yo: sesa wi rezon nou kom ba oul deja rezon an se paske ou gendwa ale nan mache ya avek de sak yanm de sak patat de sak karot konnya pouvi ke nan mache ya ou pa konn ki jan de kalite moun ki genyen sa vle di sa gendwap vann la sa ap pase pa deye gendwa vle pou ralel nan menl gendwa sa gendwa pase pa la rale lajanl gendwa vole lot bagay yo men pou envite sa moblije ale avel konnya lam gendwa pran de sak

yanm m vann li menm lap res bagay yo pou envite enbouteryaj pou envite kelke choz ou konprann

Natacha: men eske pri nou vann le nal vann nan mache ya se pri sa nou vann avek lopanip le nap vann ?

Moun yo: wi menm jan pri ya ye menm pri ya pri ya gaye ya toupatou pri ya gaye toupatou

Natacha: men eske nou panse si n tal vann nan mache nou tap fe plis kob ke le nou vann avek lopanip ?

Moun yo: non mm sa vle di nou pap bay li pi plis paske pri e groupman ap achtel la li tande pri ya nan mache ya

Moun yo: se pri a yap bay

Tim: se sa yap fe?

Moun yo: e pri ya yap bay anplis pitom balil paske son groupmanl ye pitom balil pipetu

Tim: m oke

Moun yo: son groupman esperyans liyeki ka ede zon nan fonksyone

Tim: eske yo edew vre?

Mounyo: non bon ou konnen yo poko edem

Tim: kisa yo sipoze fe?

Moun yo: bon m pa konn oken lidebon nou redi pou kont nou nou travay pou kont nou nou fe semans chou pou kont nou

Tim: yo pa konn bay semans yo pa konn bay zouti? Natacha: angre

Moun yo: anyen anyen anyen ditou nou pa jwenn bagay sa yo menm si yo tap bay se pa nou k tap jwenn yo gran manje yo tap annik pran li yachtel metel nan depo yo pou nou peyel tet neg nou menm pou yo vin vann anko pou yo revann anko sou nou tet neg tankou nou men se tet neg nachte nan men yo sa ka rive wi leta voye bagay la vreman men ou konnen li divize an plizye branch gen senate gen depite gen kazek azek konnya tout le yo vin nan men jan de moun sa yo nou menm ti malere kap redi travay te ya m panse la e nou menm pou yo ta ede plis nou te ka jwenn angre pou nou met nan

jaden yo pou nou fonksyone men se domaj se pa nou k jwenn yo pafwa nou gendwa Natacha: men eske nou pa achte semans nan men lopanip?

Moun yo: esken konn bagay sa yo esken konn achte non mpa kwe mpa finman kwe sitou pou mwen menm mpa konn achte bon nou pat menm konnen menm yo pat pasel Sou megafon pou nou konnen sil vann semans yo pa konn vann yo pa konn vann semans yo pa konn vann nou tou yo kenbafe yo tou

Tim: eske lopanip gen lontan lap travay nan zon nan konbyen tan?

Moun yo: bon aviron gen kek en nan en nan edmim kwa pou dil nan dezan li ka plis li la lontan li gon bon ti moman men lem vin rekonet

Natacha: men lew vi nap vann avek lopanip

Moun yo: konnyal vin pi maje wel I vin pi maje moun ap achte yap achte nan men moun lontan yo pat konn ap achte

Natacha: an oke
Tim: men eske an le yo pat konn achte eske yo te konn fe yon bagay pou ou? Moun yo: nonmounsayopa feanyenpoumounaaaaeeee

Moun yo: nou menm menm pitit pa gen bagay sa yo pa we nou menm m sow pote ya yo peze li yo we ki kantite si se zoranj si ya chadek lan ou konprann fig law met potel ou konprann yachtel nan menw

Tim: mm peze yo pezel ? Natacha: le yachte yo pezel?

Moun yo: lefini souw pa nan groupman tou yo pa achte nan menw non fow nan groupman wi se moun ki nan groupmanw bay vann pou ou ladann wi sou pa nan groupman yo pa achte nan menw non o yo pa achte siro yo pa rekonet ou tankou la si ou menm ou gon bagay wap vann se moun ki nan groupman ou bay moun ki nan groupman vann li pou ou sou pat nan groupman yo pap vann ou sanw pa nan groupman yo pap achte nan menw

Natacha: souw pa nan groupman yo pap few vann?

Moun

Tim:

Moun

Tim :

Moun

Tim:

Moun

yo: ditou ditou ak moun pa bagay yo fet
men yo konn fe sa ou nan groupman ou anndanl
yo: non m pa anndanl
men ou gen zanmi ki anndanl kounye si ou vle vann ou jis ala zanmi? yo: m bay zanmi an menm vann pou mwen mwen menm
oke e yo pa jwenn benefis sou ou?
yo: non yo pa jwenn benefis

Tim: yap fel pou ou kom sevis

Mounyo: yopafebenefissoumwenpaskeseprilvannnanmacheyaeeeepriyam

gentan konn pri ya a a a a
Tim: wal cheche konnen pri nan mache ya vann li Moun yo: lel banm pri ya poul ka banm bagay yo byen Natacha: yo jis rann ou yon sevis

Moun yo: pafwa banm diw koman yo ka fe yon ti benefis sa vle di yo konn divize an plizye branch janm diw la tankwe gen opanip gen gen gen lot plizye sig wi yo rele groupman yo gen yon moun ki reskonsab se komsim nan youn ki rele opanip fre sa ala tet li kounya lem pral vann bagay yo fok mwen pase pa li men li gendwa vini li di tout moun ki gen pwa vini vann pwa pa ekzanp li gendwa achte yon pwa pou di goud lel fin achtel nan menm pou di goud sa ka rive le lal lotbo a avel li vann li pou douz oubyen kenz goud ou konpann sa se nan li menm wi sa se li menm

Natacha: sa se li menm

Tim: wi sa se li menm yo rele groupman e yon sosyasyans se menm bagay

Moun yo: wi menm bagay

Tim: mmmmm men yon groupman li ka gro li ka gen san manm m m m?

Moun yo: wi

Natacha : tout moun sa yo si lap achte lap achte nan men tout moun sa yo ?

Tim: tout groupman yo

Natacha: nan tout groupman

Tim: lontan kotem te ye nan nodwes yo rele groupman yo kilti

Moun yo: zon ki bo ?

Natacha: nodwes

Tim: nan e janrabel zon sa

Moun yo: o janrabel oke

Tim: epi yo te groupman yo te gen kat senk moun apre sa yo te gen pi gran group yo pat groupman anko e

Moun yo: moun janrabel yon peyi grangou wi m pa gen manje

Tim: oke kounya se ou le yo vann komsiw gen yon sak imajinew ou gen yon sak chou ou potel nan groupman oubyen ou potel nan yo vin nan mache pou jwenn li?

Natacha: eskew gen yon kote nou reyini pou nou vann prodyui sa yo? Moun yo: wi

Moun yo: si yo mande nou nap pote ba yo tankou men kijanl ye li mem moun ki nan groupman opanip la ke li achtel nan men moun nan ki pa ladanl lan ou konprann sa vle di li menm ki nan groupman lal vann ak antet la ou konprann se konsal ye sa vle di nou menm nou menm ki genyen pou vann nan tankou se moun kin an opanip la ki achtel nan men nou nou pa ka paret tet nou non mm yo achte nan men moun ki nan opanip parej yo wi

Tim: kounya nou potel al nan baz yo ?

Mounyo: wi iinoupotel montenanbazyonoupotelalesavleyomenmyodiseyoki nan opanip lan se yo ki ka vann alo yo fe kob sou nou nou pa bezwen konnen

Tim: depi ou jwenn pri mache ya ou bon oke m gen kek kesyon epi o mtap poze kesyon sa komsi le yo plante chou chou ou plante semans?

Moun yo: semans ou fe semans lan ou karotel ou karote te ya ou fon plak bann epi ou semel epi ou kouvril sou twa jouw dekouvril

Tim: kotew jwenn semans sa?
Moun yo: sou mache ya sou mache nan men ti revande Natacha: nan nan nan mache?
Tim: yo baw ba pri?
Moun yo: wachtel wachtel nan ti sache nan ti sache Tim: yo che?
Moun yo: yo che wi

Tim; oke

Moun yo: aktyelman la menm

Natacha: sa vle di kit gen lapli kit pa gen lapli lap leve?

Moun yo: le pa gen lapli ou rouze

Natacha: ou rouze oke

Moun yo : alo ke nou konn achte kadabriko le pa genyenl po o pwens alo ke gen de fwa la nou bezwen semans lan nou pa jwenn li non menm nan mache non

Natacha: tankou la le nou pa ka jwenn tankou manje pou moun opanip yo ta achte nan men nou ki kote yo jwenn manje

Moun yo: a yo gen diri yo gen pwa yo gen ble yo gen mayimoulen yo gen labouyi bagay pou yo fe bagay yo yo degaje yo

Natacha: men le nou genyen se nou k rele yo

Moun yo: non yo rele nou tou

Natacha: yo rele nou nou mande nou eske poko ganyen k pare?

Moun yo: wi yo vin cheche nou si gen abitan ki gen kelke choz manje viv tou militon kwakel sow genyen an potel la

Tim: epi an general lew pote le wal vann nan mache ya moun ki vin achte isi yo pifo se fanm kap vwayaje ki sot lot kote?

Moun yo: wi wi
Natacha: madan sara
Moun yo: madan sara tout kote net wi tout kote Tim: yap vini yap achte an gro pote ale?

Moun yo: nan potopwens lagonav tout kote net

Tim: oke le yo bezwen komsi ou di ou bezwen semans epi yo che eske se prete ou prete kob oubyen kisaw fe ou toujou sevi ak kob pa ou oubyen?

Moun yo: kob pa nou

Natacha: sa nou vann nan nou achte avel anko ?

Moun yo: bon gen de le sa pa bon nal nan bank inibank yo pretew

Tim: yap pretew kob eskew gen yon kote yap pretew semans?

Moun yo: non yo pap pretew semans achte pouw achtel kob la yap pretew kob la ou pranl wachte semans lan ou prete nan inibank wachte semans lan

Tim: e konbyen entere inibank lan konbyenw oblije peye pou kob sa? Natacha: sa depan de vale ou pran
Moun yo: sa depan maksimom o maksimom
Tim: oke kisa konbyen ou ka prete?

Moun yo: ou ka pre te valew vle valew vle ou ka prete sen mil saw ka remet la siw prete sen mil wap mete mil dola sou li

Natacha: siw prete sen mil dola wap mete mil dola? Moun yo: en en wi
Tim: nan konbyen tan?

Moun yo: Natacha: Moun yo:

sou sen mwa
sou sen mwa sou sen mwaw fin peye tout sen mil dola?

wi pou peye simil dola pou sen mwa

Natacha: wi pou peye simil dola
Moun yo: m an
Natacha: men kounya nou menm se pa sezon nou rekolte pa sa?

Moun yo: wi pa sezon pa twa mwa kounya nap travay tout le kounnye ya e le moman poun travay tout le net li pa gen sezon kounya ale

Natacha:

Moun yo:

Natacha:

Natacha: men kijan nou fe nou gen komsi bagay nou rouze jaden?

Moun yo: nou gen basen nachte gen kotek gen plizye basen nachte nal nouyok gen moto nachte dlo men kounye la si nou ta jwenn yon basen nou tap pranl e pafwa tou gen semans yok konn pedi net lew wew fin rediw fin fe semans lan ou fin plante li komanse baay akoz de mwayen ekonomik ki pa genyen pou met angre ladanl pa gen kob sa vin rann ke yo oblije pedi ki ve di le nou fe jaden chou sa jadinye chou sa lel byen pare machann sot potopwens vin achtel an gro nan men nou lajan tou kach ou pa bezwen bay machann li koupel pa douzenn ou konprann ou vann jaden an global si son jaden ka vann pou dimil dola kenzmil venmil ou vann li an gro men fo ka jerel ka jerel fow ka jere jaden an jaden chou a wi m wi yanm jon nan bay lajan osi paske wap kalkilow

Natacha: men chou yo eske se nan yon peryod oubyen yon sezon ki konn rann yo pike le chini mode yo?

Moun yo: wi gen sezon non ou pa preparel byen fon ta flitel fow gen ponp epi gen medical pou met nan ponp lan poul sou dow cheni pap pikel depin fel konsa

Natacha: le sa jaden nou reyisi nou ka vann li?

Moun yo:
konn frape plis

kounya nap nap travay? ale net nap travay

men pa konn gen sechres isi?
konn gen yen konn genyen nou sipote men sifisman se mwa dersanm li

Tim: depi yo flitel
Moun yo: en en depi nou flitel le sa li beeeeel li pap gon ti tak pike di tou Tim: men tou sa bezwen flite chou karot?
Moun yo: non se chou
Tim: yo pa flite karot?
Moun yo: se chou se chou
Tim: Selman chou
Natacha: nou plante pom de te isi tou?

Mounyo: wiouooo selikfemenmboisitlaselsanoupafeseldiriyaaksikakfarina k pitimi nenpot saw ta plante la ak farine blan ak farin nou pa fe apre sa nenpot san ta plante nap fel sou menm angre ya tou sou menm angre ya gen de fwa le yo al nan fem tou se menm leta voy angre ya angre gen de fwa angre ya konn la nou pa ka jwenn li li fe mas sak fe sa yo al deyel bas pri yo vin metel la fon de neg si yo we tankou se twasan konbyen katsan konbyen dola si yachtel twasan fok se nan pri sa pou yo tann li nou menm poun ka achtel fason ki genyen nou soufri tou e gen de fwa sak la si yachtel twasan nou menm nap achtel yo metel peze la poul flije nachtel sisan plis kob e konsa

Natacha: men le nou mete angre nan te yal pa gate te ya?

Moun yo: nonl pa gatel li prodyui te ya tout tan ou met travay li toutan e fimye te yal ye ou met travay li twa ran pa ane

Natacha;lap bow manje

Moun yo: wi sel sa fe bet low fin koupon premye reji bagay sou li fe bet pilel fe animo pilel manje manje ya poul pilel apre baton met rou sou li an an

Tim: ou gentan fe li Moun yo: m an

Tim: oke nou bon wi eskew gen yon bagay nou te esplikew kisa nou ye epi kisa nap fe eske ou gen lot kesyon sou nou

Moun yo: ebyen ou menm ki kesyon kisaw vle di nou e komanw ka ede nou ou menm pesonelman eskew gon vizyon pout a ede nou?

Tim: nap pote parol la epi nap bay paw paske yo nou pale a ou konnen program la manje achte nan men nou yo pote bay lekol lot kote epi yo rele sa e e prodiksyon
lokal komsi yap bat pou bay pousad a kiltivate epinou menm le yap bay timoun nou tou rete nan lekol la e kounya pou dosye ya ogmante wi wi fo yo ta bay nou yon kout

men mensanoukafe

Moun yo: non m pa konnen

Tim: m we wap souke tet ou yo pa bay anyen yo pa bay anyen?

Moun yo: non yo pap bay non non non non non

Tim: ebyennapdiyoepinapdiyosakomsinapdiyonaprepetesa

Mounyo: oumettediyosayopapfelmenmlenoutadiyosayopapfel

Tim: en

Mounyo: asonkonpayikdimenm siyotadiwsayotadiwwisepavresepananou menm yo tap we

Tim: aaasevrewi Moun yo: alo ou menm

Tim: kisayotakakisayotakaokeoumenmgadeoufeoudwekonnenkekbagaym pap defann yo non paske m konn plenyen anpil O N G de oganis ki sipoze ede kiltivate ki pa fet m plenyen anpil poukisam plenyen paskem gen anpil zanmi ki bay kob a moun sa yo pou yo ede moun yo pa fe yo?

Mounyo: nonmweyopapfe

Tim: men gen bagay ki anndan tou li konplike pou yo se pa sanble li dwe konplike men li konplike paske

Moun yo: pa rapo sa yap fe li pa soti?

Tim : we yo yo se moun nan vil yo ye yo pa konprann system andeyo yo pa konn kijan pou fe bagay la rive epi pafwa yo bay yon moun pou pote bay epi moun sa pran li

Moun yo: pou pote bay

Moun yo: yo konprann wi yo pa bay li paske gen yon sousou kap endikte yo yo konprann

Tim: epi ou ou gentan di tou yo pa yon oganizasyon yo bay yon moun angre epi yo sere bagay la yon kote

Moun yo: ya wi wi
Tim : epi se vann yap vann avew
Moun yo: ya
Tim: wou pou dim oubyen yon sijesyon yon ide kijan yo ka evite sa kijan kisa pou yo fe?

Moun yo: ebyen non nou menm nou pa ka fe anyen pou yo paske nou pa ka al rele yo nan lajistis paske son konpayi yo ye pesonel eskow konprann se yo tet ansanm yo ye nou menm nap dyes travay pou nou patisipasyon pa nou men kounya nou menm piton al vann sou mache e se sam we si mal vann sou mache yon ti malerez ki gen twa timoun ou konprann kat timoun papa yo mouri ou konprann achte yon ti bagay nan menm map vann li plu meye mache pou lal fon vennsen goud pou lal vann li nan yon lot mache eskow konprann sam diw la son konpayi bon bon sil pa fonksyone konsa kounya mwen menm sa poum fe mal vann sou mache

Tim: wiwisesa

Moun yo: men si gon konpayik ka banm erd sosyal ou konprann nap kole tet kole tet se lide

Tim: kole tet sou konpayi sa?

Moun yo: kole tet alo sa yo nou pap kapab met tet nou la epim panse yap fek manje kouraj nou pou gran mesi a epim panse vre epim panse vre solisyon an seta pa ekzanp ou menm ou ta direkte pam epi ou ta di ket map pran desizyon pam soupe kounya epi map annik vini avek sa map vini an epi map annik rele tout peyizan yo epiw di distribye sa men tout otan se moun direkte e antet pa ekzanp oganizasyon lot moun epi yo rele yo pou yo bay pou pote ba nou nou menm kiltivate yo bon nou peri net yo yo yo yo yo pa bay

Tim: men mwen pa fin konprann men komsi fo yo gen relasyon avew komsi yo pote ba ou yo kenbe ap achte nan men ou se sa wap di?

Moun yo: wi sa vle di yo gendwa voyel Tim: voye pou ou?
Moun yo: fem kado yo voyel pou nou Tim: map vin achtel le fini

Moun yo: yo kenbel yo fe nou achtel kounya nachtel nan boutik yo Tim: yo gen relasyon avew
Moun yo: way o kenbel
Tim: kounya yap kole avew

Moun yo : we
Tim: kounya yo gen relasyon avew
Moun yo: yo kenbel yo kenbel yo fe nou vin achtel nan boutik yo

Natacha: sa vle di tankou pa ekzanp yo voye semans pou kiltivate men moun yo bay bay li ya li serel ?

Tim: li al vann li wi

Natacha:

Tim: we

Moun yo:

Natacha:

kounya li vann yo avek yo anko

konye la le nou fe kilti ya kijan yo achtel

Tim: kijan nap envite sa

Moun yo: kounya nou menm le nou fe kilti ya le nou fe kilti ya nal vann yo anko non pa

gen bagay sa banm bow
Natacha: nou achtel nan men yo epi yo fe e e e
Moun yo: kilti an
Natacha: kiltianleyofinfekiltianseyomenmankoyalvannlimmmm

Mounyo: wisekonsabagaylaye eeeetetchajepapjanmkagonavansisekonsalavi pap janm ka gon avan ditou ditou ditou ou konprann nou ta deside jann chita nap pale ya nou ta bezwen yon konpayi ki gen bel ide jan wap chita pale ya epi nap kole tet nap frappe ansanm ansanm ansanm ansanm ansanm nou de nou twa kat senk nou pa gen problem siw antet nou kom komise nou kom jij de per nou kom majistra kom senate nou kom prezidanntyel nou avek matmwazel lan sa ap fe nou plezi wi kounya se ouk konnen kisa wap fe pou nou siw ka ede nou nan sans sa apre sa dezole

Tim: wi
Moun yo: nou gen te pou nou travay nou pa ka travay li Tim:pouki paskew pa gen bagay?
Moun yo: nou pa gen plan nou pa gen lajan nou pa gen semans Natacha: nou pa gen semans?

Moun yo: nou pa vle al prete lajan Tim: te sa bon

Moun yo: wi wi te yo bon wi wi lap travay efgtiv ki kwa efektiv pa rapo pen an pich pen rale nej lapli pa janm pa gen lapli sou plato ak pou tonbe jadenn yo toujou fonksyone men jaden an low fel ou plantel ak angre lel fin rive sou kenz vennde jou ou remet angre epi ou gratel jaden sa lajan pa ka pedi li pa ka pedi ou met pran dimil dola nan men yon konpayi li pa ka pedi menm siw pran ka li menm siw pran ka li sal ou gratel si l pa gen angre sa pout a jwenn ou pap ka jwenn li depil pa gen medikaman angre prodi la ou met gratel twa fwa e yon sel sak angre wap achtel twasan twasan konbyen dola twasanven ou menm ou gendwa voy angre ya ban mwen yo fe nou achtel ou gendwa di men ki pri tel kom si tankou desan ou ta di siw te ka vann li tankou e mwen menm mkitel la m kitel la m vann yo a twasansenkant a katsan dola tankou tel kom malere ap soufri yo pa gen lajan pou yachtel nan menm ou konprann e m pa ka vann yo tou pou yo dwem m pa ka vann yo pou yo dwem m wel pa bon ki vedi teren an teritwa sa vin gate kijanl gate lontan nou te konn travay li san angre men pa rapo yon agronomi k te vin nan sant lan ou konprann kite vin fonksyone ki rele Alex ki te vin depose angre ya li di men abitan fow travay ak angre pou jwenn plis garanti e vreman nan travay vre nou jwenn garanti de pli kounya souw plante pye plant lan w pa met angre ladanl li pap mache se kom siw pat bezwen plantel ou pat bezwen plantel ditou eskew konprann ki ve di gen de le moman pa bon pou nou ou fe ti jaden an ou ta renmen travay ou pa kapab yap bow lajan a e vennsen pou san ven pou san on siklon pase faw Ii peril wevite pouw pal pran lajan say o anko paske on kadew we kamyon leta vit pafime vin pranw epi le yap bow lajan yo diw siklon pa pou yo soley pa pou yo moun yo ri yo palew kelkeswa sak pase siw te gon ti lakou si se ti lakou waw tal montre ti lakouw tal montre ya terenw tal montre ya m

Natacha: yo pranl

Moun yo: se rezon sa tou k fe yo pa prete kennenpot moun siw pa gen lakou oubyen yo wew gen de twa bet nan lakouw pou vann si yon bagay ta vin pase pou vann pou remet li

Natacha: yo pap pretew
Moun yo: ou pa ladanl
Tim: ala jenan yo pap pretew o o o

Moun yo: la se pa moun ki vle ede malere ak malerez se pa konsa moun pataje ak moun m mwenm te konnen yon peyi organize pa ekzanp moun nan gendwa fin fe travay la sa ka rivel fe semans lanl plante chou al pa jwenn kob poul met angre ladanl epi li ta vini li degajel mete angre ya pou li non gon antet kote pou wal pran angre ya lap founitiw angre ya daye apre ou menm le jaden sa bonw konnen gon prig on rankont gon rankont pou wal fe avek yo pou peye yon bagay kan menm wi wap bay yon ti losye wi men si se la la lap pedil net lap retounen pedi anko se pa nan nou menm yo tap we ou met al ret anba lanme yap pran teren an wi group la ri e e we tet chajek nanw peyi sa vle di pami tout lot konya konpayi sa noblije pa wel nou rete tet ate tankou zonbi pami tout peyi ki devlope yo bon petet nou te ka youn ladan yo tou men pa gen sipo pa gen anyen ditou kok la chante majorite ladan yo se ed yo jwenn donk yap fonksyone donk nou menm konpayi nasyonalite sa m pa konn ki ki ki kiiii nasyonalitel kok la chante tankou sa mesye ou se rele ou se?

Tim: pam
Moun yo: pam we konpayi ameriken?
Tim: non sa se nasnini
Moun yo: nasnini nasyon zini nasyonzini Natacha: nasyonzini
Tim: nasyonzini
i Moun yo: nasyon zini siyifi ameriken?
kok la chante
Tim: li pa ameriken
1: nonl pa ameriken non
Tim: ou gen USAID ou gen KER sa se ameriken

Moun yo: an oke tout konpayi tout nasyon yo tout peyi yo vini avek yon idem m pa gon sosyalite

1: oke

Tim: se pami se yo ki plis bay yo bay manje komsi kounye ya yo pa bay yon paket manje menm jan ak ameriken

Moun yo: pandansetan zon sa la menm zon sa se avek ti bagay pa nou nap fonksyone nou pa janm benefisye anyen ditou non gade kijan van kraze peyi ya gade men n gen legliz sa van kraze plonje desann wi kok la chante gro legliz sa se vank krazel m pa jwennsekou alo toutsetolyoyetoutsebwayoyelipotelvinlasepalikpoteyonon

Tim: sa ki li te anle la
Moun yo: wi likraze blok la
Tim: touse
Moun yo: van pati avel net
Tim: ou se yon paste?
Moun yo: wi ti sa wow we la tisa van kite pou nou van pran tol la Natacha: lala vel?

Moun yo: ou we kot legliz la ye lotbo a la li lagel jis lotbo lotbo net nan savann pa gen kay di tou lot moun pran yo yal fe kizin oubyen kay yo avel pou yo rete yal fe sal
vle pase nou pa ka jwenn tol sa yo anko poul nou kochon nou bef nou tout pedi wi mezanmi wo nou antrave nan peyi sa

Tim: m pa konnen si yo pa gen moun ki vin nan zon nan pou bay ed?

Moun yo: non pa gen moun ditou non nou poko jwenn sa yo non nou poko jwenn chans say o si yap rive yo poko

Tim: yo genle plis sou jeremi?
Moun yo: wi tout moun se jeremi yale

Natacha: moun okay
Tim: imajinew jan bagay la frappe isit jeremi ten an mitan bagay la
Moun yo: e e e jeremi genle pi mal
Tim: m gen yon zanmi la yon zanmi li di pa gen pyebwa ki kanpe tout plat Moun yo: touse
Tim: ebyen Natacha ou te ka pran non yo e kontak m m

Natacha:
Moun yo :
Natacha:
Moun yo:
Natacha:
Moun yo:
Natacha:
Moun yo:
Natacha: Jacki?
Jacki: wi
Natacha: ou gen yon telefon? Jacki: wi 4339

Natacha: kiltivatew ye? Jacki: wi Natacha 4339-07-93

e ou di se salanyak? wi

sizyem seksyon sou de payan komin payan payan

map pran non nou sizyem seksyon

se komanw rele?
mwen rele Jean baptiste jacki

Natacha: e paste? Moun yo: paste Reno Natacha: Reno?

Moun yo:
Natacha:
Moun yo:
Natacha:
Moun yo:
Natacha:
Kalaf: non
Natacha: mesye kalaf konbyen timoun ou genyen ? Kalaf: m gen 5

Natacha: tout vivan

Kalaf: en en

Natacha: ou gen telefon?

Kalaf : wim gon telefon yo vole telefon nan la wi

Moun yo: group la ri afe telefon nan e jwet pandanw chita la konsa bredjeng yo pranl rasta yo pou yal group la ri

Natacha: e wou

Kalaf
Alaf reno Ka ka kalaf

Kalaf reno komanl ekri?

ou gentan gen timoun?

Edi: mwenm se Kalaf edi
Natacha: Kalaf edi e papaw?
Moun yo: non kouzen fanmiy chak pitit on fre on se
Natacha: Edi?
Edi: wi
Moun yo: ou te ka bay non moun lakay ou wi pastew ye
Kalaf reno: non map bay li
Natacha: ou gen timoun?
Edi: mwen menm wi
Natacha: konbyen timoun ou genyen?
Edi: yon sel wi
Natacha: ou gen telefon?
Edi: mpa gen telefon pam non I deranje menm ka bow on limero Moun yo: depiw balil
Moun yo: depiw ba lil
Edi: 4225-19-50
Natacha: e wou?
Moun yo: Lejye sazye
Natacha: lejye
Lejye: Lejye sazye

Natacha:
gen ronf:
Natacha:
Lejye:
Natacha:
Lejye: silteple map bow 2 limero 3690-05-66 epyui 42 ou la Natchcha: en en

Lejye: 27-27
Natacha: e lot la73
Lejye: wi en en youn digicel youn natcom Natacha: Dezomis Onel
Natacha: Dezom

Sazye lejye

moto
konbyen timoun ou gen yen Lejye?

bon mareste ak 2 ki vivan ou gen telefon?

Dezomis:
Natacha:
Dezomis:
Ronf: machin
Natacha: konbyen timoun ou genyen onel? Onel: 2 wi lavi ya pa bon

Natacha: ou gen telefon? Onel:4263-74-61
Natacha: eske timoun nou genyen yon an lekol ki bay kantine?

Dezomis onel
ou fe kiltivate tou? m fe kiltivate wi

Moun yo :

Natacha:

Moun yo:

non
nou pa gen timoun ki lekol nan lekol ki bay kantine?

non

Tim: yo pa jwenn sa isit lekol isi?

Moun yo: genyenl genyenl genyenk fel kantine nan kijan yo fel siw pa bay 5goud chak

jou pou timoun nan manje yo pap bal manje
Tim: men eske kantine say o se pam oubyen byendi ki bay manje ya Moun yo: m pa konnen si se leta

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #10 TIMOUN 3 (CHOLETTE)

Dat fokis gwoup la fèt: 8/07/17
Dat transkripsyon an kòmanse e fini: 9/08/17-11/08/17 Marie Therese

Lis patisipan
#-1: Fi; 8 ane; 4 èm ane fondamantal.
#-3: Gason; 10 ane; 4 èm ane fondamantal. #-4: Fi; 13 ane; 5 èm ane fondamantal.

Entwodiksyon

Almathe: Ok, pou nou kòmanse map di nou tout bonswa. Timoun yo: Bonswa.

Almathe: Non pa mwen se Almathe. Map travay avèk yon òganizasyon ki rele SOCIO- DIG. Kisa nou fè? Nou fè rechèch, nou fè ankèt tout kote nan peyi a. Men Jodi a nou pa reprezante tèt nou antanke SOCIO-DIG men antanke PAM nou la Jodi a. Mwen gen mesye Serge ki akonpanye’m map kite’l prezante tèt li?

Serge: Mèsi Almathe, alò timoun map di nou bonjou.

Timoun yo: Bonjou.
Serge: Se jan Almathe sot dil la. Non pam se Serge, map travay nan SOCIO-DIG mèsi.

Almathe: Ok, nap kontinye Jodi a la nou la antanke PAM. Kisa PAM fè? PAM se li ki anchaj pou yo bay lekòl yo manje pou yo kwit pou nou. Nou pa jwenn manje nan lekòl yo?

Timoun yo: Wi.

Almahe: Ok, dakò ebyen Jodi a la mwen la, mwen ta vle poze nou kèk ti kesyon. Nou mèt mete nou alèz nou pa anpil, pou nou pale tande. Se nou menm mwen vle pale se pa manman’w non [ri] Se nou menm dakò, dakò?

Timoun yo: Wi.

Almathe: Piga nou timid nou ka dim nenpòt sa nou vle? Banm lis manje nou tout… Pa egzanp nap kòmanse avèk nimewo, ki nimewo ou genyen?

#-1: 1.
Almathe: 1. Dim tout manje’w renmen e tout manje’w pa renmen, kisa’w renmen? #-1: Diri, sòs pwa, legim.
Almathe: Ummh, apresa kisa ankò, apresa kisa sa ankò ou renmen?
#-1: Avè [ri].
Almathe: Ou mèt pale wi, pale non.
#-1: Avèk manje manje kole.
Almathe: Ou renmen manje kole?
#-1: Wi, avèk vyann.
Almathe: Avèk vyann.

Timoun yo: [ri].

Almathe: Kisa’w pa renmen, ki manje ou pa renmen menm?

#-1: Ki manje, menm lè e fwi?

Almathe: Wi, nenpòt manje, nenpòt.

#-1: M’pa renmen sapoti.

Almathe: Ou pa renmen sapoti?

#-1: Non.

Almathe: Ok, [Bay manje ou pa renmen yo non, mayi moulen, pitimi ou pa renmen yo.] Ok, dakò.

#-1: Mayi moulen, pitimi.
Almathe: Ou pa renmen sa yo?
#-1: Non.
Almathe: Ok, ki fwi ou renmen?
#-1: Mango.
Almathe: Ummh, ak kisa ankò?
#-1: Zaboka.
Almathe: E nan maten, kisa’w plis renmen manje le maten? #-1: Lèt ak konnflèks.
Almathe: Ummh.
#-1: Lèt ak konnflèks.

Almathe: Lèt ak konnflèks ou plis renmen manje le maten? #-1: Wi.
Almathe: Ok, e fwi ki fwi ou plis renmen manje le maten? #-1: Mango.

Almathe: Mango ? dim tout manje ou renmen tout manje ou pa renmen. #-4: Mwen renmen…
Almathe: Ki nimewo’w ye?
#-4: Nimewo 4.

Almathe: Ok, chak tan wap pale wap di mwen se nimewo 4 ok.
#-4: Mwen se limewo 4. Mwen renmen diri kole, mwen renmen diri, sòs pwa, legim. Almathe: Ummh.
#-4: M’pa renmen eee veritab, m’pa renmen bannann.
Almathe: Ok, ummh.
#-4: Mwen renmen diri kole a legim.
Almathe: Ummh.
#-4: Mwen renmen diri, sòs pwa, legim.
Almathe: Kisa ankò ou renmen?
#-4: M’pa renmen, m’pa renmen pitimi.
Almathe: Ou pa remen pitimi?
#-4: Non.

Almathe: Le maten, kisa’w konn manje le maten avan’w al lekòl? #-3: Mwen manje…
Almathe: Ki nimewo ki nan men’w?
#-3: 3. Mwen manje mayi moulen lè maten.

Almathe: Mayi ak kisa?

#-3: Mayi, mayi.

Almathe: Ok, kisa’w plis renmen manje le maten?

#-3: Mango.

Almathe: Mango, ok e ou menm kisa’w konn plis renmen manje avan’w al lekòl?

#-1: Le maten lèm pral lekòl m’manje spageti.

Almathe: Ou manje spageti?

#-1: Wi.

Almathe: Kisa’w konn plis renmen le maten?

#-1: Mwen renmen manje spageti, mwen renmen manje diri.

Almathe: Ok, se le maten, manman nou toujou… Manman , papa nou toujou ba nou kòb pou nal lekòl?

Timoun yo: Wi.
Almathe: sa nou fè ak kòb sa yo?

Timoun yo: Nou manje’l, gen delè nou peye manje avèl. Almathe: Youn apre lòt, ki nimewo’w, di ki nimewo’w ye? #-3: Nimewo 3.

Almathe: Enhen, kisa’w konn fèl?
#-3: Gen delè m’konn peye manje avèl.
Almathe: Enhen.
#-3: Gen delè nou manje pate.
Almathe: Pate? Enhen.
#-4: Gen delè m’peye manje…
Almathe: Ki nimewo’w ye?
#-4: Nimewo 4. Gen delè m’peye manje avèl gen delè machte piwouli, pate. Almathe: E ou menm kisa’w konn fè ak paw la?
#-1: Gen delè m’konn peye manje avèl, avèl m’konn m’konn manje bonbon. Almathe: Ou konn manje bonbon?
#-1: Wi.
Almathe: Ki bonbon ou renmen manje ?
#-1: Bonbon salix.
Almathe: Bonbon salix, ki nimewo ou genyen?
#-1: 1.
Almathe: 1. Ou renmen manje bonbon tou?
#-3: Wi.
Almathe: Ki bonbon ou manje?
#-3: Bonbon anika.

Almathe: Anika?

#-3: Wi.

Almathe: Ok, ou renmen bonbon oswa ou plis renmen pate ou menm. 3?

#-3: Pate.

Almathe: Pate ok, dakò kisa nou plis renmen manje dous oswa manje sèl?

Timoun yo: Manje sèl.

Almathe: Nimewo 3. Poukisa ou plis renmen manje sèl, ummh ou mèt pale?

#-3: Pou flèm pa moute sou lestomak mwen.

Almathe: Pou flèm pa moute nan lestomak ou.

#-1: Poukisa m’plis manje manje sèl? Sim manje…Tankou sim manje bagay dous vè ap fin plenn, pitom manje bagay sèl kem manje bagay dous. [Telefòn ki sone.]

Almathe: Ok, dakò mèsi e ou menm nimewo…?

#-4: Mwen menm sak fè m’plis renmen manje manje sèl, pou sim manje eee bagay dous la pou vant mwen pa fèm mal a lestomam.

Almathe: Ok, vant ou konn fèw mal lèw manje…? #-4: Wi.
Almathe: On bagay dous.
#-4: Wi.

Almathe: Ok, nan lekòl la kisa yo ba nou manje? #-3: Diri, sòs pwa.

Almathe: Chak jou ? dim nan semen nan ki manje nou manje chak jou nimewo 3. Lendi, madi, mèkredi kisa’w manje?

#-3: Lendi mwen manje diri sòs pwa… 5 minit

#-3: Madi yo ban nou diri kole a legim, mèkredi yo konn ban nou bouyon, jedi yo konn ban nou diri sòs pwa ankò, vandredi yo ban nou yo ban nou diri a legim.

Almathe: Ok, nan tout manje sa yo ki manje ou plis renmen e ki manje ou plis pa renmen?

#-3: Diri sòs pwa.

Almathe: Ou plis renmen?

#-3: Wi.

Almathe: Kiyès ou plis pa renmen?

#-3: M’pa renmen bouyon.

Almathe: Poukisa, poukisa ou plis pa renmen bouyon an ou pa konnen? [Li gen twòp bon bagay ladann.] [ri] E wi, ou menm dim saw renmen nan tout manje…?

#-1: Mwen renmen diri a legim, diri sòs pwa, m’pa renmen bouyon an. Almathe: Poukisa’w pa renmen bouyon an?
#-1: Pou anyen.
Almathe: Pou anyen?

#-1: Wi.
Almathe: E ou menm?

#-4: M’plis renmen diri, e m’plis renmen bouyon an avè diri sòs pwa, legim. Almathe: Legim?
#-4: Wi.
Almathe: Ou pa remen…

#-4: Diri.

Almathe: Ou pa renmen bouyon an?

#-4: M’ren…E lim plis renmen an.

Almathe: Bouyon an?

#-4: Wi.

Almathe: Evre?

#-4: Wi.

Almathe: Ok, dakò kisa’w renmen nan bouyon an?

#-4: M’renmen, m’renmen eee bannann…

Almathe: Ok.

#-4: M’renmen m’renmen eee bagay la ladann wi bòy.

Almathe: Bòy ok.

#-4: M’renmen manyòk, m’renmen patat.

Amathe: Ou renmen patat, ok èske nou konnen sa savledi manje lokal, avèk manje enpòte. Nou konn diferans lan?

Timoun yo: Non.

Almathe: Non?
Timoun yo: Non.
Almathe: Ok, nou konn kisa’k manje lokal, sim di manje lokal nou konn sa savledi ? Timoun Yo: Non.

Almathe: Manje lokal se manje ke yo fè, ou jwenn ke yo fè nan peyi a, nan katye a, nan zòn nan. Pa egzanp bannann, bannann manyòk tout bagay yo fè kew ka manje. Manje ki enpote se manje ki soti nan sachè yo soti nan peyi blan, ou pa konn kisa ki nan yo ou pa konn kòman yo fèt? Nou menm siw tap chwazi manje ki pi bon kiyès nan 2 manje sa yo ke ou tap chwazi ? Nimewo…

#-3: Nan kisa?

Almathe: Ant manje ki soti lòt kote avèk manje ki fèt nan peyi a?

#-3: Peyi nou an.

Almathe: Manje peyi nou an poukisa?

#-3: Paske…

Almathe: Nimewo 3.

#-3: Paske li pi bon sak sot nan peyi blan li ka gen vè.

Almathe: Ok, ummh ki nimewo’w genyen?

#-4: Nimewo 4. Man manje, manje isit yo pi gou paske gen…Manje blan yo genyen’k pa gen bagay, genyen se avèk plastik yo fèt.

Almathe: Ooo, ok dakò èske lè paran nou pa ban nou kòb pou nal lekòl, èske yo konn ban nou manje?

Timoun yo: Wi.

Almathe: Poun pot manje lekòl?
Timoun Yo: Non, non.
Almathe: Non, ou konn pot manje lekòl?
#-4: Lèl pa gen kòb, lèl pa gen kòb li pa ba nou lèl genyen li ban mwen. Almathe: Konbyen kòb yo konn ba ou?

#-4: Gen delè li konn ban mwen 10 goud 15 goud. Almathe: Ok, Saw fè avèk tout kòb sa?

#-4: Si sil banm, sil ban 15 goud, m’peye m’peye manje a 10 goud. Machte nan 5 goud la machte piwouli.

Almathe: Wachte piwouli, apa piwouli kisa’w konn renmen achte ankò? #-4: Bonbon.
Almathe: Ki bonbon?
#-4: Nenpòt bonbon.

Almathe: Nenpòt bonbon, e ou menm lè yo baw kòb saw fè avèk yo? Konbyen kòb yo konn baw konsa?

#-3: Yo konn banm 10 goud, m’konn peye 5 goud… Machte pate avèl m’manje. Almathe: Ok, ou menm saw renmen se pate’w renmen.
#-3: Wi.
Almathe: Ummh, nimewo 1?

#-1: Sak fèm renmen diri peyi a paskel gen vitamin. Almathe: Paskel gen vitamin?

#-1: Wi.

Almathe: E lè yo baw kòb pou wal lekòl saw fè ak kòb sa?

#-1: M’bay yo poum manje.

Almathe: Ou bay yo pou manje?

#-1: Wi.

Almathe: Ou pa konn achte bonbon nan lekòl la?

#-1: Wi.

Almathe: Ki bonbon ou konn achte?

#-1: Bonbon salix.

Almathe: Bonbon salix se li ou pi renmen?

#-1: Wi, avè piwouli.

Almathe: Avèk piwouli, ok dakò èske chak jou yo ban nou manje?

Timoun yo: Gende jou, gende jou yo pa ba nou.

Almathe: Gende jou yo pa ban nou?

#-1: Lè nou pa peye.

Almathe: Lèn pa peye yo pa ban nou manje?

Timoun yo: Non.

Almathe: Ok, nan ki lekòl yo konn fè sa, nan lekòl Nasyonal la? Nan lekòl Nasyonal la ou ye, lè yo pa ban nou kòb yo pa ban nou manje?

Timoun yo: Non.

Almathe: Yo voye nou tounen oswa yo pa ban nou manje?

Timoun yo: Yo pa ba nou manje.

10 minit

Almathe: Savledi nap gade tout lòt timoun yo kap manje. Nou menm nou pa jwenn manje?

Timoun yo: Wi.

#-3: Sak pa peye yo.

Almathe: Sak pa peye yo pa jwenn manje?

Timoun yo: Wi.

#-1: Gen delè nou sòti.

Timoun yo: Gende lè yo fè nou soti, gen delè yo fè nou chita.

Almathe: Gende lè yo fè nou soti, gende lè yo fè nou chita. Yo konn voye nou tounen, yo konn bat nou?

Timoun yo: Wi, yo konn voye 6èm ane tounen, men yo konn bat nou wi.
Almathe: Lè nou pa gen kòb la?
#-3: Yo di, yo di paran nou ba nou e manje nou manje’l.
Almathe: Ooo èske se vre paran nou konn ba nou vrèman se manje nou manje yo? Timoun yo: Non.

Almathe: Non. Timoun yo: Non.

Almathe: Ok, kisa manman nou di lè yo kale nou konsa, èske lè nou rive lakay nou, nou konn di manman nou sa?

#-4: M’pa konn di anyen.
#-3: Nou pa konn di sa.
Almathe: Nou pa konn di sa?
#-4: Sim di sa lap plis, lap plis bat mwen.
( Non m’di yo pa konn voye’m tounen, e chita yo konn fèm chita.) Almathe: Ok, saw di siw di manman’w sa lap bat ou?

#-4: Wi.

Almathe: Poukisa lap bat ou bon…?

#-4: Sim fè dezòd yo kalem mal dil sa lap kalem ankò.

Almathe : Non se pa pou dezòd non, pa egzanp siw pa bay kòb la, yo konn kale’w pou sa lekòl la?

Timoun yo: Non.
Almathe: Yo pa baw manje?
#-4: Wi, gende lè ee mèt 6èm ane a konn di konsa yap voye nou tounen. Almathe: Ok, èske se chak jou nou oblije peye?
Timoun Yo: Non, pa chak jou, gende lè, lè paran nou pa genyen…
Almathe: Konbyen kòb nou bay, chak semèn nou peye oswa chak jou?
#-4: Gende lè nou konn bay 5 dola, 10 goud 20 goud 15 goud, yo pa pran 5 goud. Almathe: Yo pa pran 5 goud?

#-4: Non.

Almathe: Enhen saw tap di?

#-3: Yo konn pran 5 goud nan menm.

Almathe: Nimewo 3.

#-3: Wi, yo konn pran 15 goud m’konn bay 25 goud.

Almathe: Pou konbyen jou 25 goud sa?

#-3: Pou semen nan.

Almathe: Pou 5 jou, pou yon semèn nan, lèw bay 15 goud la pou pou 3 jou?

#-3: Wi.

Almathe: Savledi ke yo make lè ou bay li, siw pa bay li yo fè manje yo pa baw manje?

#-3: Non.

Almathe: Ok, èske kantite manje yo konn ban nou an toujou… Li twò piti oswa li ase. Lèw fin manje sa yo baw la èske konn toujou santiw grangou ?

#-4: Gende lè m’konn toujou grangou, gende llè vant mwen konn plen.
Almathe: Ok, ki manje yo konn ba ou ki konn fèw grangou pi souvan nan ki manje? #-4: Diri ak sòs pwa.
Almathe: Diri ak sòs konn pa ase pou ou?
#-4: Wi.
Almathe: Ok, e ou menm yo konn baw manje apresa ou grangou ankò?
#-1: Non, mwen menm m’pa manje anpil.

Almathe: Ou pa manje anpil? [ri] Ki nimewo ou genyen?
#-3: Nimewo 3. Diri sòs pwa ki konn plen vant mwen. Almathe: Li konn plen vant ou, lè se bouyon li pa plen vant ou? #-3: Wi.

Almathe: Ok, èske nou renmen’l, èske manje a gou? Timoun yo: Wi.
Almathe: Èske manje a gou?
#-1: Wi.

Almathe: Li gou?
#-1: Wi.
Almathe: Ou renmen’l? #-1: Wi (ri)

Almathe: Ou ka dim siw pa renmenl wi pap gen pwoblèm non?
#-1: Gende lè m’pa yo, gende lè e vann m’konn vann yo.
Almathe: Vann ou vann lòt timoun ni. [ri] Pou konbyen kòb ou konn vann ni? #-1: Pou 5 goud.
Almathe: Pou 5 goud?
#-1: Wi.
Almathe: Poukisa’w vann ni?
#-1: Pase m’pap manje’l.

Almathe: Ou pap manje’l?
[gen anpil timoun pwa a ba yo pwoblèm yo pa manje pwa nwa a.]
#-1: M’pa manje pwa nwa li banm lestoma brile.
Almathe: Ok, dakò e ou menm?
#-4: M’konn manje pam nan tou, gende lè m’konn vann ni tou.
Almathe: Ou konn vann ni tou?
#-4: Wi.
Almathe: Ki manje ou konn vann pi souvan?
#-4: Diri a legim.
Almathe: Diri a legim, ou pa renmen legim?
#-4: Non.
Almathe: Ki manje ou plis renmen, manje lekòl oswa manje lakay ou?
#-4: Manje lakay mwen.
Almathe: Poukisa? Silans… Ki manje ou plis renmen manje lakay la oswa manje lekòl la? #-3: M’renmen tou 2.
Almathe: Ou renmen tou 2?
#-3: Wi.

Almathe: Ok, e ou menm ki manje ou plis ren… Aaa m’gentan konnen manje lakay ou ou renmen, ou pa renmen manje lekòl la? Ok, lè aprè midi lè nou rive lè nou sot lekòl kisa nou konn jwenn manman nou kite pou nou?

#-3: Li kite diri, manje kwit li kite pou nou. Lè nou fin retire rad sou nou, nou chita nou manje, apresa nou chita nou etidye.

Almathe: Ki manje yo konn kite konsa pou ou? #-3: Gende lè yo kite diri.
Almathe: Diri.
#-3: Gende lè yo kite mayi moulen.

Almathe: Ok, e ou menm ki…?

#-1: Gen lè yo kite diri gen lè yo kite mayi moulen.

Almathe: Menm bagay pou ou tou?

#-1: Wi.

Almathe: E ou menm ki manje yo konn kite pou ou lèw sot lekòl?

#-4: Gen lè yo konn kite diri avè vyann pou mwen [ri] Avèk pen ak ze.

Almathe: Ok, kounya si yo tap di… Ki lòt manje nou tap renmen pou yo ban nou nan lekòl la? Chak moun ap dim 3 manje yo tap renmen pou yo ba yo?

15 minit
Almathe: Nimewo 3.
#-3: Pou yo bay diri.
Almathe: Non, nou gen diri deja manje ki pa gen la kounya? #-3: Bay mayi moulen.
Almathe: Bay mayi moulen enhen kisa ankò?
#-3: Yo mèt bay ble a.

Almathe: Ble a enhen. #-3: Bay eee bòy la. Almathe: gen bòy? #-4: Pa gen bòy.

#-3: Espageti.

Almathe: Yo pa ban nou bòy, bouyon an pa gen bòy?

Timoun yo: Non.

Almathe: Kisa bouyon an gen ladann?

Timoun yo: Patat, manyòk, yanm.

#-4: Gende lè yo mete…

#-3: Veritab.

Almathe: Ok, ou menm kisa’w ta vle yo ajoute, ki lòt manje ou ta vle pou yo mete kew tap renmen?

#-4: Manyòk.
Almathe: Manyòk?
#-4: Espageti.
Almathe: Ummh, apre spageti.
#-4: Bannann.
Almathe: Banan[12], gen banan[13], banan[14] dous oswa ki banan[15]? #-4: Bannann.

Almathe: Bannann ummh.

#-4: Malanga.

Almathe: Malanga ok, pou yo mete nan bouyon an?

#-4: Wi.

Almathe: Ok, e ou menm nimewo 1 ki manje ou ta vle yo mete…Ou ta vle yo ajoute nan manje yap baw kounya?

#-1: Bannann.
Almathe: Ummh, kijan’w ta vle yo fè bannann nan, bannann bouyi? #-1: Non, peze.
Almathe: Bannann peze ok, kisa ankò?
#-1: Avè lèt.
Almathe: avèk lèt ak kisa ankò?
#-1: A pen ak manba.
Almathe: Pen a manba.
#-1: Wi.

Almathe: Ok, kounya si yo ta di nou konsa ke yap ban nou, pa egzanp Jodi a yo di yap ban nou manje kwit, demen si Dye vle yap ban nou yon lòt manje. Ki manje ou ta vle pou yo ba ou ki pa manje kwit ki tap plen vant ou nimewo 3?

#-3: Ki tap plen vant ou, diri sòs pwa?

#-3: Non, non se pa diri sòs pwa se pa manje kwit, se pa manje kwit se pa manje pou yo kwit?

#-3: Manje ki pa kwit? Yo mèt banm lèt la avè pen a manba a. Almathe: Lèt, pen a manba.
#-3: Wi.
Almathe: Ok, e ou menm?

#-4: Lèt, pen a ze.
Almathe: Lèt, pen a ze?
#-4: Wi.
Almathe: Ok, ou tap pale?
Serge: Non…
#-1: Mwen menm lèt, avè pen ak ka… Eee manba a kasav avè pòm.
Almathe: Avè pòm ok, nou konn sak akasan, nou konn bwè akasan?
Timoun yo: Wi.
Almathe: Nou pa ren…Si yo ta ba nou akasan nan lekòl la nou patap renmen’l? Timoun yo: Wi.
Almathe: Poukisa nou pa di akasan?
#-4: Mwen menm m’pa renmen’l.
Almathe: Ou pa renmen akasan?
#-4: Non.
Almathe: Evre?
#-4: Non.

Almathe: Si yo ta ban nou avran[16] Ou tap renmen avran[17] nan? #-4: Wi.
Almathe: E ou menm?
#-3: Wi.

Almathe: Ou patap renmen avran[18]?
#-1: Wi.
Almathe: Ok, non ou tap di yon babay wi frero? Serge: Non…

Almathe: Èske pa konn gen lè ke gen moun ki jwenn plis manje? Èske yo sepa… Èske chak timoun jwenn menm kantite manje?

Timoun yo: Wi.
Almathe: Oswa pa gen timoun ki jwenn plis moun ke nou?
#-3: Nou konn jwenn menm valè.
Almathe: Menm vale?
#-3: Wi.
Almathe: E ou menm?
#-4: Gen lèn pa peye sak, sak peye yo , yo ba yo pifò, sak pa peye yo yo ba yo pi piti. Almathe: Ok.
#-1: Yo pa konn bay…
Serge: Kòman’w wè sa?

#-1: Yo pa konn bay tout timoun yo menm valè non.

Almathe: Yo pa konn bay tout timoun yo menm vale?

#-1: Non, sa yo bay pi piti sa yo bay pi gwo, sa yo bay pi piti sa yo bay pi gwo.

Almathe: An ok.

Serge: E poukisa yo fè sa?

Timoun yo: (ri) Poutèt yo pa peye.

Almathe: Èske nou renmen sa lè yo fè sa?

Timoun yo: Non.

Serge: Kisa timoun yo di lè yo fè sa?

#-4: Lètil.

Serge: kisa yo di?

#-4: (ri) Anyen non.

Serge: Yo pa di anyen

#-4: Non, lè konsa lè timoun yo konn fè bri yo wè yo pa ba yo plis, yo pran sentiwon pou yo.

Almathe: Ok, dakò kilè nou konn santin plis grangou pandan jounen an, kilè nimewo 3 wap pale? Kilè’w konn santi’w plis grangou, maten, midi, swa kilè kilè’w konn santi’w plis grangou?

#-3: Lè maten m’konn santim grangou.
Almathe: Le maten ummh, kilè’w konn santi’w plis grangou ou menm? #-1: Lè yo pa banm manje le maten.

Almathe: Lè yo pa baw manje le maten? #-1: Wi.
Almathe: E ou menm?
#-4: Le maten.

Almathe: Le maten ok, èske nou renmen a lè ke yo bay lekòl la…Yo bay manje nan lekòl la oswa nou ta vle pou yo bay manje a pi bonè oswa pi ta?

20 minit
Timoun yo: Pi bonè.
Almathe: Pi bonè?
Timoun yo: Wi.
Almathe: Poukisa pi bonè?
#-1: Pou lè yo pa fè manje lakay nou, pou nou te ka manje pi bonè.
Almathe: Men si yo ban nou’l pi bonè ap rivon[19] lè ke nap grangou ankò pa vre? Timoun yo: Wi.
Almathe: E lè nou grangou ankò kisa nap fè?
#-1: Anyen.
Almathe: En?
Timoun yo: Anyen.
Almathe: Nou pap fè anyen ankò?
Timoun yo: Non.

Almathe: Ok, nou ta vle pou yo ban nou manje a pi bonè? Timoun yo: Wi.

Almathe: Ok, kounya ou pral dim konsa ke konbyen pitit manman’w genyen, epi èske’w premye,2èm, 3èm nimewo 3?

#-3: Manmanm gen 5 pitit.

Almathe: 5 pitit?

#-3: Wi, premye a rele Machaèl.

Almathe: Ou se premye oswa dezyèm kisa’w ye?

#-3: M’se dezyèm.

Almathe: Dezyèm?

#-3: Wi, premye a rele Machaèl, mwen m’rele Jackson, twazyèm nan rele Wyderson, katriyèm nan Wylison, senkyèm nan rele William.

Almathe: Ok, 5 ti gason? #-3: Wi.

Almathe: Ok, èske nou tout nan pwogram nan oswa kiyès ki nan pwogram nan lekòl la. Nan fanmi’w konbyen moun ki nan pwogram kantin nan fanmi pa’w?

#-3: Gen plizyè.
Almathe: Nou plizyè, nou tout, gran frè’w la ladann?
#-3: Apre midi gran frèm nan lekòl.
Almathe: Ok ou menm ak tout lòt ti frè’w yo nou lekòl maten? #-3: Wi.

Almathe: Nou tout jwenn manje? #-3: Wi.
Almathe: E ou menm?
#-1: Manmanm gen 6 pitit. Almathe: Enhen, kisa’w ye?

#-1: M’rele Ritanaèlle, premye a rele Ritanaèlle chaèlle, dezyèm nan rele Guedeline, twazyèm nan rele Sonson, katriyèm nan rele Jimmy, senkyèm nan rele James, sizyèm nan rele Maken.

Almathe: E ou menm katriyèm ou ye, sa’w ye? #-1: Premye.

Almathe: Premye a ou ye ok, èske tout timoun lakay ou nan kantin, konbyen timoun ki nan kantin nan pitit manman’w yo?

#-1: Sèl mwen menm.
Almathe: Sèl ou menm?
#-1: Wi.
Almathe: E lòt yo, poukisa yo pa nan kantin?
#-1: Yon nan kantin, yo pa lekòl menm kote avèm. Almathe: Ok, yo pa menm kote avè’w men yo nan kantin? #-1: Wi.

Almathe: Ki kote yo lekòl?

#-1: Mwen menm m’rete anba tè wòk, yo menm e ka Poji yo rete yo pa menm kote avè nou.

Almathe: An Poji yo rete?

#-1: Wi.

Almathe: Men yo lekòl kote ki gen kantin Poji.

#-1: Wi.

Almathe: Ok, e ou menm?

#-4: Manmanm gen 3 pitit. Premye a rele Peter, dezyèm nan rele Fredelain, twazyè…E mwen ki twazyèm m’rele Fredeline.

Almathe: Ok, dakò Konbyen pitit manman’w genyen ki nan lekòl ki jwenn kantin? #-4: Nou 2.
Almathe: Nou 2?
#-4: Wi.

Almathe: Nou tou 2 nan menm lekòl? #-4: Wi.

Almathe: Ok, kesyon m ‘gen pou ou ankò, ou konn fè jaden avèk manman’w papa’w? Kisa’w konn fè ou konn ede yon nan fè jaden?

#-4: Wi.
Almathe: Sa’w konn fè?

#-4: M’konn ede yo plante mayi, m’konn ede yo fouye tou mayi a, apresa m’konn ede’l sekle’l.

Almathe: Ok.

Serge: Ou konn tire kout wou?

#-4: Wi.

Almathe: Ou konn rekòlte mayi tou?

#-4: Wi.

Almathe: Èske’w konn pote mayi, manje desann al nan lavil al Miragwan pou yo vann?

#-4: M’pa konn pote.

Almathe: Ou pa konn pote?

#-4: Non.

Almathe: Ok, e ou menm kisa’w konn fè?

#-1: Lè papa’m konn ap plante mayi m’konn al edel mete mayi nan tou m’konn kouvril, lè lap plante pwa m’konn al edel kouvri tou.

Almathe: Ok, ou konn keyi pwa? #-1: Wi.
Almathe: E mayi ou konn keyi mayi? #-1: Wi.

Almathe: Ou konn al nan mache? #-1: Wi.
Almathe: Evre?
#-1: Wi, m’konn al nan mache a sèm.

Almathe: Al vann?
#-1: Wi.
Almathe: Ok, lè sè’w la al vann, kisa nou konn al vann konsa?
#-1: Nou konn al vann bannann, nou konn al vann veritab.
Almathe: Ok, e ou menm kisa’w konn fè? [ri]
#-3: Lètil.
Almathe: Kisa’w konn fè ou menm?
#-3: Lè papa’m al nan jaden m’edel pot bwa poul fè chabon.
Almathe: Ok, ou konn ede papa’w plante tou?
#-3: Wi.
Almathe: Kisa’w konn edel plante?
#-3: M’konn èdel eee lè lap plante mayi eee bonba[20] M’konn edel mete mete nan tou. Almathe: Ok.
#-3: Kouvri tou.
Almathe: Kouvri tou [ri] Ou konn keyi mayi tou?
#-3: Wi.
Almathe: Se vre, mayi pou manje oswa pou vann?
#-3: Mayi poum manje.

Almathe: An ok, [ri] Dakò mon ti jan kouvri tout wi , m’pa konnen si’w gen yon lòt bagay ou tap ajoute?

Serge: Non, mwen kwè nou kouvri paske gwoup la piti.

Almathe: Nou pa gen kesyon pou mwen, nou pa gen kesyon nou ta vle poze’m?

#-1: Wi.

Almathe: Chak moun poze’m kesyon, nou mèt poze’m kesyon wi?

#-1: M’ta renmen konn ki kote’w soti?

Almathe: Ki kote’m soti? [ri] Pou moman sa la map viv pòtoprens, pòtoprens m’soti. Sa ase ou te bezwen konnen?

#-4: E ou menm (…) Kisa’w ta renmen konnen? #-4: M’ta renmen konn non’w a senyati’w? Almathe: Almathe Jean.
#-4: Wi.

Almathe: Ok, e ou kisa’w ta bezwen konnen? #-1: M’ta renmen konnen ki manje’w manje? Almathe: [ri] Ki manje m’manje [ri]
Serge: Kisa’w renmen?

Almathe: Ki manje m’plis renmen?

25 minit

#-1: Wi.

Almathe: Zaboka a pen [ri] M’renmen zaboka anpil, m’renmen mango, m’remen mayi boukannen, mayi bouyi m’renmen sa anpil se manjem.

Serge: Nou te kouvri manje natirèl avèk sèl avèk dous?

Almathe: Dous, m’te kouvri sa avè yo.
Serge: Ok.
Almathe: Wi.
Serge: Yon lòt bagay ankò, yo konnen poukisa yo te di nou… Poukisa nap fè sa? #-4: Lètil.

Almathe: M’te diw poukisa, ou sonje poukisa m’te di diw map fè sa map fè a, poukisa map poze’w kesyon ou sonje lèm te di sa?

#-4: Non.

Almathe: M’te di nou konsa ke afè manje PAM. PAM ki se pwogram alimantè mondyal se yo menm ki bay lekòl yo manje pou yo ka baw manje. Savledi ke ta vle konnen, yo bezwen konnen ke èske nou menm timoun nou renmen manje yo, nou satisfè de manje yap ban nou yo, kisa nou ta vle chanje nan manje yo? E nou dim kisa nou ta vle chanje?

#-3: Wi.
Almathe: Nou renmen tout manje? #-3: Wi.
Almathe: Ki manje nu ta vle yo retire? #-3: Yo mèt retire bouyon an. Almathe: Yo mèt retire bouyon an. #-3: Wi.
Almathe: Nou pa renmen bouyon an? #-3: M’pa renmen’l.

Almathe: E si yo ta met bòy nan bouyon an? #-3: Map pran bòy la.
Almathe: Wap pran bòy la?
#-3: Wi.

Almathe: Ok.
[E pwoblèm bòy la yo pa jwenn wi.]
Almathe: Yo pa jwenn bòy la, kounya si yo mete bòy nou pap gen pwoblèm. #-3: Non.
Almathe: Ok.
#-4: Men menm yo mèt toujou kite bouyon an.
Almathe: Ou renmen bouyon an?
#-4: Wi, a patat.
Almathe: A patat?
#-4: Patat la bon.
Almathe: [ri] M’remen patat tou wi patat fri ok, ou prale fòn di mèsi ok.
27 minit

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #11 TIMOUN 1 (DUPUY)

Dat fokis gwoup la fèt: 7/ 07 /17
Dat transkripsyon an kὸmanse e fini: 24/ 07/ 2017- 28/ 07/ 17

Lis Patisipan.

#1; Fi; 11 ane; 5èm ane fondamantal.
#7; Fi ; 16 ane; 6èm ane fondamantal. #5; Fi; 10 ane; 5èm ane fondamantal.
#4; Gason; 13 ane; 4èm ane fondamantal. #3; Gason; 13 ane; 5èm ane fondamantal.

ENTWODIKSYON

0 minit
[Bri moto ki ap pase.]

Almathe : Li kὸmanse rikod. Ok, mete sa bὸ kote’w, fὸ nou pale fὸ wi nou tande? Nou ka mete’l konsa pa vre? [Bri machin ki ap pase.] Li mache?

Serge : Jis mete’l kὸmanse’l pou lè nou pare.
Almathe : Ou mèt kὸmanse’l, pou kὸmansman timoun, ankὸ map di nou bonjou. [Bri

kamyon ki ap pase.]
Timoun yo : Bonjou.
Almathe: Sam ta vle nou fè pou mwen, mwen ta vle nou tout pase la a. Pa egzanp, ou

kὸmanse avèk nimewo 1. Non, ou pa bezwen deplase non wap kὸmanse avèk… Pa egzanp nap kὸmanse avèk nimewo 1 w’ap di ou se nimewo1. [Bri moto ki ap pase.] M’ap fè tèl klas ok, ou mèt kὸmanse wi map koute’w.

#1: Mwen se nimewo 1. M’ap fè 5èm ane fondamantal.

Almathe: Nan ki lekol ou ye?
#1: Lalane et pascale.
Almathe: Ok.
#7: Mwen se nimewo 7. M’ap fè 6èm ane nan lekὸl lalane et pascale.
#5 : Mwen se nimewo 5. M’ap fè 5èm ane mwen lekὸl nan lekὸl lalane et pascale. [Gwo bri moto ki ap pase.]

#4 : Mwen se nimewo 4. M’ap fè 4èm ane mwen lekὸl nan lekὸl lalane et pascale. [Bri moto ki ap pase.]

#3 : Mwen se nimewo 3. M’ap fè 5èm ane nan lekὸl lalane et pascale.
Almathe : Ok, dakὸ. Le maten nap fè menm bagay, le maten kisa nou konn mange avan

nou ale lekὸl?
#1: Spageti.
Almathe: #1. Spageti, apresa kisa ankὸ?

#4 : Pale non.

#1 : Diri.

Almathe: Ok.

#7: Mwen se nimewo 7. Avan’m vin lekὸl mwen konn [Bri moto ki ap pase.] Mange aktive gen delè mwen pa mange aktive mwen mange spageti. [Bri moto ki ap pase.]

Almathe: Kisa’w konn mange?

#7: Aktive, gen delè mwen pa mange aktive mwen mange spageti.

Almathe: Kisa ki akdivin nan?

#-4 : Aktive? Yon diri.

#-7 : Yon diri, sa yo rele ti panik lan.

Almathe: Yon diri ki rele ti panik? Kὸman sa fèt?

Timoun yo: Li a tout vyann. Kawὸt.

#4 : Li a tout vyann moulen li fèmen nan yon ti sachè.

Almathe : Ok, ok.

#-5 : Mwen se nimewo 5. Avan mwen ale lekὸl mwen konn mange eee diri a fèy. [Bri moto ki ap pase.] Si mwen pa mange diri a fèy mwen mange spageti.

Almathe: ummh.

#-4: Mwen se nimewo 4. Lè’m konn vin lekὸl gen delè mwen konn mange spageti, si’m pa mange spageti mwen mange diri.

Almathe: Ummh.

#-3: Mwen se nimewo 3. Anvan’m vin lekὸl le maten mwen mange e espageti. Si lèm pa mange espageti yo konn banm mayi moulen a fèy.

Almathe: Ok, dakὸ mèsi. Yon kesyon map poze nou ankὸ. Kisa nou plis renmen mange sèl oswa mange dous? Ant manje sèl oswa manje dous kisa nou plis renmen?

#-3 : Mange sèl.

Almathe : Mange sèl, poukisa?

#-3 : Paske se li menm ki kenbe’w, mange dous la ka ba’w nenpὸt vye maladi.

Almathe : Ok, nenpὸt vye maladi tankou kisa?

#-3 : Bon, tankou sik.

Almathe: Tankou sik. Ok ummh.

#4: Li ka ba’w vant fè mal gen delè, si’w poko pran yon ti bagay sèl le maten w’al mange bagay dous la li ka ba’w vant fè mal.

Almathe: Li ka ba’w vant fè mal. Savledi ke ou plis renmen… #-4: Bagay sèl.
Almathe: Ou plis renmen bagay sèl nan maten.
#-4: Wi.

Almathe: Ok, ummh.

#7: Lè’w poko mange bagay sèl, w’al mange bagay dous li ka ba’w dan fè mal, ee dan si. Men mwen plis renmen mange sèl la.

Almathe: Ok.

#-5: Avan’w al mange bagay dous, ou sipoze mange yon bagay sèl avan. Paske lè’w mange bagay dous la le maten li ka ba’w vè, fè vant ou ap plede fè’w mal. Mwen menm sonw moun avan’m vin lekὸl mwen paka mange bagay dous, sim mange bagay dous m’ap rejte bagay sèl mwen mange avan.

Almathe: Ok, wi nimewo 1.
Bacground…
#-3: Pale fὸ non.
Almathe: Kisa’w plis renmen bagay sèl o bagay dous? #-1: Bagay sèl.

Almathe: Bagay sèl ok, le maten paran nou konn ba nou kὸb pou nou vin lekὸl? Timoun yo: Wiii.

Almathe: Ok, ann kὸmanse avè’w. Konbyen kὸb yo konn ba ou konsa e kisa [ Bri moto ki ap pase] Ou konn fè avèk lajan an?

#-1 : Gen delè li ban’m 10 goud, li ban’m 15 goud. Anvan’m vin lekὸl yo fri pate la, [Li grate gὸj li.] Mwen pran yon ti pate. Anvan lè rekreyasyon mwen vini m’pran yon pate ankὸ.

Almathe : Ok, nan maten ou pran yon pate, konbyen pate a vann? #-3 : Yo ba’w 2 pou dola.
Almathe : 2 pou dola, ok e ou menm?

#-4 : Gen delè mwen konn vin lekὸl a 25 goud.

5 minit

#-4 : Lè pa genyen, pi pitil ban’m li ka ban’m 10 goud. E tou lè’m konn vin lekὸl, mwen vin lekὸl m’parèt la m’pran yon ti pate avan mal met valiz mwen anndan sal. Apresa lè rekreyasyon, lè rekreyasyon mwen fè menm bagay la toujou.

Almathe : Ou fè menm bagay la toujou enhen.
#-5 : Lèl pa gen plis li konn ban’m 10 goud [Bri machin ki ap pase.] Eee nan maten

mwen konn achte 2 pate pou dola, nan rekreyasyon m’achte pou 5 goud ankὸ. Almathe: Pou 5 goud ankὸ.
#-5: Lè yo lage yo bay mange.
#-3: Avan yo lage.

Almathe: Ok.

#-7: Avan’m vin lekὸl si lè paran’m genyen li konn ban’m yon 20 goud. Avan’m rantre nan sal de klas machte yon 10 goud pate. Aprè lè rekreyasyon m’paka mange pate a ankὸ machte yon bonbon salix.

Almathe: Yon bonbon Salix [Gwo bri moto ki ap pase.] W’ap pale pou nou? Pale fὸ non, ou pa timid, pale fὸ non, ou mèt pale fὸ wi.

#-3 : Lèm rantre machte 5 goud pate nan maten. Lè rekreyasyon machte pou 5 goud ankὸ.

Almathe: Ok, ki bonbon nou plis konn mange? #-3: Bonbon sèl.

Almathe: Bonbon sèl, ki non bonbon sèl sa ki non’l?

#-5: Gwayina. [Gwo bri moto ki ap pase.]

Almathe: Gwayina ok, men pa gen bonbon dous nou konn achte?

Timoun yo: Gen delè nou konn achte anika, nou konn achte pate. Oswa yon ti bonbon salix.

Almathe: Ok, mwen tande nou dim nou achte bonbon, nou achte pate. [ Bri moto ki ap pase.] Men kisa nou konn bwè?

#-7: Nou konn achte ji oubyen yon kola. Lè yo sone poun rantre, nou rantre pou nal travay.

Almathe: Ok, dakὸ.
#-5: Genyen ki pa konn pa gen anpil kὸb, gon ti ji yap vann la 5 goud nou konn achte

youn nan ti ji yo.
Almathe : Ok, dakὸ. Èske manman nou konn fè mange pou nou le maten ? Yo ba nou

mange pou nou pote lekὸl ?
Timoun yo : Yo ba nou mange, nou mange. Men nou pa konn pot nan lekὸl la. Nou

mange depi lakay nou, men nou pa konn pot nan lekὸl.

Almathe : Ok, nou mange depi lakay nou, nou pa pot mange lekὸl.

Timoun yo: Non.

Almathe: Ok, kounya nou gen kantin nan lekὸl la?

Timoun yo: Wii.

Almathe: Kounya mwen pral poze nou kesyon sou a fè kantin, mange nou konn mange nan lekὸl la. Chak jou kisa yo ba nou?

#-3: Yo konn ba nou…

Almathe: An nou di, ann kὸmanse.
Timoun yo: Lundi, yo konn ba nou diri ak sὸs pwa. [Bri moto ki ap pase.] Mardi yo

konn ba nou diri kole ak pwa legim. Mercredi yo konn ba nou (diri blanc) bouyon. #-4: Mekredi bouyon yo bay monchè.
#-5: Mekredi bouyon.
Timoun yo: Jedi, diri blanch a legim sὸs pwa. Van vandredi, diri kole ak pwa legim.

Almathe: Ok, nou di lundi…
Timoun yo: Diri blanch, sὸs pwa, legim.

#-4: Madi, yo ba nou diri kole ak pwa legim. Mèkredi yo ba nou bouyon. Jedi yo ba nou diri ak sὸs pwa

#-3: Diri kole ak sὸs pwa.
#-4 : Non, diri blan ak sὸs pwa.
Almathe: Diri kole ak legim.
TimounYo: Vandredi, yo ba nou diri kole ak pwa legim. Almathe: Ok, dakὸ. E mange sa yo, kiyès nou plis renmen? #-7: Mwen menm mange mwen plis renmen…
Almathe: Chak moun enhen fὸw di, nimewo 7 enhen.

#-7: Sὸs pwa a m’pa fin si tèlman renmen’l ni bouyon wan tou. Mange mwen plis renmen lè y’ap bay ladan se diri kole ak pwa legim nan.

Almathe: Ok, poukisa ou pa renmen sὸs pwa a?

#-7: Li pa fèm byen de pafwa.

Almathe : Pwa a, lè’w mange sὸs pwa lakay ou li pa fè’w byen tou?

#-7 : Non, tout pwa yo nèt.

Almathe : Pwa ki kwit nan lekὸl la, oswa menm pwa ki kwit lakay ou?

Timoun Yo: Menm…

#-7: Menm pwa ki kwit lakay mwen an tou.

Almathe: Li pa fè’w byen

#-7: Non.

Almathe: E ou menm ki mange ou plis renmen ?

#-5: Mwen nimewo 5. Mwen plis renmen…Mwen pa fin renmen bouyon. Men diri ak sὸs pwa kole ak legim nan mwen renmen’l.

Almathe: Ok.
#-5: Sèl legim nan m’pa fin renmen.

Almathe: Poukisa ou pa renmen legim nan. Sal genyen? #-5: E pa legim non, bouyon an m’pa fin renmen. Almathe: Poukisa’w pa fin renmen bouyon an?
#-5: Bouyon an eee li pa fèm…

Almathe: Li pa fèw byen, sal fèw?

#-5: Li konn fèm vomi.

Almathe: Li konn fè’w vomi ok?

#-5: Mwen, lè yo kwit bouyon lakay mwen yo pa konn retire pou mwen. Se ee e diri yo konn banm kwit avè sὸs.

Almathe: Savledi se bouyon ou pa renmen menm, se pa bouyon lekὸl la ki fèw malad non. Se bouyon ou pa renmen menm.

#-5 : Wi.
Almathe : Ok, e ou menm ki mange ou plis renmen, e kisa’w plis pa renmen ?

#-4 : Mwen menm se nimewo 4. Mwen pa tèlman renmen diri ak sὸs pwa a. Paske gen delè m’konn bwè sὸs pwa a li konn fèm gen dlo si.

10 minit

Almathe : Li konn fèw gen dlo si ok, lèw bwè sὸs pwa nan lekὸl la [Bri moto ki ap pase] oubyen an general?

#-4 : M’te mèt bwèl lakay mwen e konsa’m toujou ye. Li konn banm dlo si. Almathe: Li konn ba’w dlo si.
#-4: Wi.
Almathe: OK, dakὸ. E kisa’w plis renmen?

#-4: Ha m’plis renmen diri kole a pwa legim nan. Almathe: Diri kole ak pwa legim ok.

#-3: Mwen se nimewo 3. Mwen plis renmen diri blan ak legim nan, m’pa fin renmen sὸs pwa non delè’m bwè sὸs pwa a li fèm rejte.

Almathe: Li fè’w rejte.

#-3: Ummh.

Almathe: ok, li fè’w rejte ok, sa toujou fèt lè’w bwèl nan lekὸl la…

#-3: An general.

Almathe: An general ok.

#-1: Mwen se nimewo 1. Mwen plis renmen diri kole

Almathe: Avèk legim nan.

#-1: Ak legim nan. [ Bri moto ki ap pase.]

Almathe: Kiyès ou pa renmen menm? [ Gwo bri moto ki ap pase]

#-1: Bouyon.

Almathe: Poukisa’w pa renmen bouyon an? ummh, ou pa konnen ummh [ Riii.] Èske se chak jou yo ba nou mange?

Timoun yo: Wiii
Almathe: Wi. A kilè yo ba nou mange a?
#-3: Gen delè yo ba nou li a 11è.
#-4: Gen delè yo ba nou li a 10è tou, lèl, lèl gentan prepare pi, pi bonè yo ba nou li a 10è.

#-7: Lèl pa gentan prepare bonè, yo konn ba nou li a 11 è #-4: A midi Lèl pa gentan
Almathe: Ok, pa konn gen jou pa gen mange?
Timoun yo: Non, tout jou genyen nèt.

Almathe: Tout jou gen manje?

Timoun yo: Menm lè n’ap konpoze, toujou genyen.

Almathe: Se kὸb … Nou konnen chak paran sipoze ba nou 5 goud pou nou peye manje a.

Timoun yo: Senkant goud wi, chak mwa.

Almathe: Senkant goud nou bay chak mwa ok? Menm si se pa nou menm, èske konn gen timoun paran yo paka peye senkant goud chak mwa?

Timoun yo: Wiii
#-4: Genyen’l kanmèm.

Almathe: Genyen’l kanmèm ok, lè sa rive sa’k pase timoun sa, li pa jwenn manje yo voye’l tounen.

Timoun yo: Non, non yo toujou bali manje. #-4: Gen delè.
Almathe: Enhen nimewo 4.
#-4: Gen delè yo konn voye yo tounen Almathe: Yo konn voye yo tounen ok.

#-4: Wii

#-7: Lèl pa janm peye kantin nan menm, menm. Manman konn pa janm peye kὸb kantin nan. Yo konn voye’l tounen pou kὸb kantin nan, paske se li pou yo ramase pou yo met sou li pou yo peye pwofesè.

Almathe: Ummh.
#-3: E pa pou pwofesè, pou yo fè manje.

Almathe: Pou yo fè manje ok, dakὸ. Men èske timoun sa pa egzanp manman’l oswa paran’l pa peye kantin nan, èske lè yo fè manje li la yo pa bal manje.

Timoun yo: Li la, yo toujou ba li.

Almathe: Yo toujou ba li?

Timoun yo: Wiii

Almathe: Ok, daprè nou menm èske nou wè son bon bagay li ye lè paran timoun nan pa peye senkant goud la yo voye timoun nan tounen?

Timoun yo : Non, non li pa bon.
Almathe : Li pa bon
Timoun yo : Non.
Almathe : Li pa bon poukisa?
#-3 : Paske kὸb manje a diminye, ki fè anpil paran pa peye senkant goud la. Almathe: Poko, banm klè ansanm avèw. Èske pou ou menm paran ta dwe peye’l.

#-3 : Wi, paske nou manje chak jou.

Almathe: Ok, nou manje chak jou. Eske lè yo voye timoun nan tounen an sonw bon bagay oswa yon move bagay li ye?

#-3: Yon move bagay, men li te sipoze pou’l peye kantin nan. Almathe: Ou patat di yon bagay nimewo 4?

#-4: Mwen menm se nimewo 4. Lè yo voye timoun nan li pa bon, lè, lè lal ma, mache nan lari a kèk, kèk machin ka pèdi fren li ka frapel a koz yo te voye’l tounen.

Almathe: Ok
#-4: A koz yo te voye’l tounen.
Almathe: Ok, dakὸ [ Bri mizik, bri moto ki ap pase.]

#-5: Mwen se nimewo 5. Lè moun nan… Lè eee lè timoun nan voye timoun nan tounen nan lari a gen ta de kèk moun k’ap mande poukisa yo voye’l tounen an. Li ka di se pou kantin yo ka ap anmède’l. Men san gad dèyè li ka al travèse lari machin ka frape’l.

Almathe: Ok umh

#-7: Mwen menm se nimewo 7. Lè yo voye timoun nan tounen an sa pa fèm byen. Gende sèl timoun ki nan yon sal de klas, yon pwofesè ap fè yon kou yo pa renmen’l oubyen’l paka fèl lè egzamen li tonbe sa ap di pou li. M’pa fin renmen lè yo voye timoun tounen a. Men gen yon kote lè yo voye yo tounen an… Gen paran, gen paran ki pa genyen’l vrèman vre, men gen paran se ekspre yo fè. Se sa mwen tap di sèlman.

Almathe: Ok, dakὸ. Èske nou menm…W’ap pale?
#-1: Mwen menm se nimewo 1. Lè yo voye timoun nan tounen… Almathe: Pa fawouche’l?
#-1: Lè yo voye timoun nan tounen an yon moto ka frape’l.

Almathe: Sa konn rive deja yo voye timoun nan tounen epi gen moto ki frape’l?

Timoun yo: Nan lὸt lekὸl, sa konn rive nan lὸt lekὸl.

#-4 : Men, gen gen yon fwa m’te la yo te voye’m tounen. Pandan yo voye’m tounen mal retire inifὸm sou mwen, men si yo, si yo pat voye’m tounen sa patap ka rive’m. Pandan m’ap jwe boul gen yon tèren bὸ lakay la, zὸtèy mwen deranje

Almathe: Li deranje [ Riii.] #-4: Wi.

Almathe: Poukisa yo te voye’w tounen? #-4: M’plis kwè pou kὸb kantin. Almathe: Pou kὸb kantin nan.
#-4: Wi

Almathe: Ok, apa ou menm, yo konn voye nou tounen tou. Gen moun la yo konn voye tounen pou kὸb kantin nan?

Timoun yo: Wi, yo konn voye’m tounen. Lè yo konn voye’m, lè yo konn voye’m tounen. 15 minit

#-7 : Mwen konn al di manman’m yo voye’m tounen pou kὸb kantin [Bri moto ki ap pase.] Degaje’w banm kὸb la pou’m al peye. Lè papa’m annik vini li banm 40 dola pou semèn nan, pou tout semèn nan m’pap peye.

#-7 : Tou banm 40 dola mwen tou pote’l ale.

Almathe : Ok.

#-5 : Gen delè yo konn voye’m tounen, epa tankou voye tounen, depi paran’m gen kὸb la mwen konn mande pèmisyon mal pran’l [Bri moto ki ap pase.] Se pa voye tounen se lajan mwen pa janm rate yon jou mwen pa peye. Depi mwa rive sèpleman mwen peye.

Almathe : Ou peye ok.

#-5: Lè yap fè bagay pou yo bay timoun yo manje, [Bri moto ki ap pase.] Gen kote li itil paran yo anpil.

Almathe: Ummh.

#-5: Paran yo ka pa gen kὸb pou bay timoun yo pou yo vin lekὸl. Men akoz kantin nan ki nan lekὸl la tèt li ap fè yon ti poze. Si yon grenn vè tap touye timoun nan manje nan lekὸl la tap…Menm ke manje lekὸl pa prepare bonè, bonè, bonè.

Almathe : Ummh.
#-5 : Men li pap gentan mouri pou sa.

Almathe : Ok, dakὸ. Eske sa konn rive yo konn baw kὸb la pou peye, ou pran kὸb sa ou manje’l ou pa peye’l ?

Timoun yo: Mwe pa nan bagay sa. Sa pa konn rive’m men sa konn rive lὸt timoun yo. #-5: Yon ti gason ki rele Keny ki nan 4èm ane a. Papa’l [ Bri moto ki ap pase.] Bal kὸb la

pou’l peye li pran’l li manje’l. Almathe: Ok.

#-5: E tou yo panse’l peye, lèl [ Chen ki ap gonfle gὸj li.] rive konsa yo mande’l sil peye kantin nan li di wi. Epi lè yal nan direksyon al peye ankὸ yo di eee yo di yo pat vin peye.

Almathe: Yo pat vin peye.

#-5: Yo pat vin peye mwa sa a. Kounyala ou ka…Lè yo rive lakay yo yo kale’l. Apresa yo pa bal kὸb la pou’l peye ankὸ. Kounyala menm paran li menm li vin peye, yo konnen se nan lekὸl la lye lap peye kὸb kantin nan !!! Kounyala li pa peye’l li manje kὸb la.

Almathe: Ok, banm di èske sa pa konn rive yo kenbe kanè nou nan fen ane a yo pa ba nou li paske nou dwe twὸp kὸb kantin lekὸl la?

#-5 : Wi

#-4 : Gen de timoun sa konn rive, men mwenm sa pa konn rive’m.

#-7 : Sa konn rive, men sa pa konn rive’m.

Almathe : Sa pa konn rive’w?

#-7 : Non.

Almathe : Ok, dakὸ.

#-7 : Yo te mèt al bay kὸb lan pou yo baw kanè a, yo baw yon kanè de peman se kanè de peman pou lonje ale pou yo verifye…

Almathe: Siw peye tout bagay. Ok dakὸ Èske nou renmen kantin nan? Timoun yo: Wiii

Almathe: Poukisa? Ann kὸmanse pa ou menm, kisa kantin nan fè pou nou menm pou paran nou?

#-1 : Li fè anpil bagay pou nou. Paske gende jou male, manman’m konn al vann [Bri machin ki ap pase.] li pa kite kὸb pou nou men sa, sa paka, banm pwoblèm pase depim rive nan lekὸl mwen paka pa manje. Menm si li pa prepare twὸ bonè men nou manje. Paske nou pap tounen lakay nou grangou.

Almathe : Ok, dakὸ.

#-4 : Mwen, gen delè mwen konn fin benyen met inifὸm sou mwen, manman’m ak papa’m pa konn gen anyen pou yo ban mwen. Mannik parèt nan kizin lakay la mwen pran yon ti grenn sèl mwen met anba lang mwen apresa mwen vin lekὸl la. Paske, paske mwen pran ti grenn sèl la se pou li te ka fè fèm jounen an anvan yo bay manje a. Kou yo bay manje a mwen manje manfom apresa mal lakay mwen.

Almathe: Ok.
#-4: Apresa yo sone mal lakay mwen Almathe: Ok, wal lakay ou.

#-7: Mwen menm, manman’m konn leve li pa genyen anyen pou li ban mwen. Mwen di manman: Ou pa gen anyen pou ban mwen male. Mwen vini, men m’pa konn fè anyen mwen konn chita nan sal la nap travay [Bri machin ki ap pase.] Bay blag travay la kenbe’m, kounya lè yo bay rekreyasyon men manman’m konn pa konn ban’m kὸb, mwen manje. Mwen gen zanmim sa, manman’l konn bal kὸb li achte pate li vin nan sal la mwen manje avè’l.

Almathe: Ok.

#-7: Men lè yo pral lage yo bay manje a, avan yo lage male sa pa konn fè anyen. [ Bourèt ki ap pase.]

#-5: Gen yon kote kantin nan itil mwen anpil anpil, e li ede paran nou tout. Men menm sa pa fèm pé. Sèlman depim vin lekὸl la, yo te mèt pa banm kὸb pa gen manje, kòm pa konn gen jou ki pa gen manje. Sa pa fèm pé depim travay sélman…

Almathe: Ok, W’ap pale nimewo 1? #-1: Wi.
Almathe: Ok, [Riii.] Map koute’w. #-7: Pale fὸ non.

#-1: Lè yo bay kantin mwen manje. Lè manman’m pa la lè manman’m vini li fè manje mwen manje.

Almathe : Li fè manje ou manje ok. 20 minit

Almathe: Ok, [Bri machin ki ap ase.] Èske nou konnen kisa ki manje lokal la oubyen manje enpὸte? Nou konn diferans lan? Manje enpὸte sa vle di manje ki soti nan lὸt peyi ki vini la a. Kisa nou panse ki pi bon? Manje lokal la a…

#-1 : Manje lokal la se li ki pi bon.

Almathe : Manje lokal la.

#-1 : Se nou ki pwodwil.

Almathe : Se nou ki pwodwil? Dakὸ, [Bri moto ki ap pase] Lè nou rive lakay nou lè nou sot lekὸl èske nou toujou jwenn manje?

Timoun yo: Wi, wi, wi.

#-5: Nou konn jwenn manje tou fèt kite pou nou lè nou sot lekὸl. Almathe : Chak jou ?
Timoun yo : Wi, gen delè nou pa konn jwenn anyen.

#-5 : Gen delè nou konn parèt, nou di manman nou grangou. E tou gen manje nan kay la nannik parèt nou pran. Nou retire inifὸm sou nou lèn fin nou manje, nou benyen lè nou fini nou benyen nou etidye nou chita sou galri a. Nan demen maten nou repase leson, nou vin lekὸl yo fè nou resite, nou fini!

Almathe : Ok, sa vle di ke genlè se ou menm kal fè manje lèw rive? Nimewo 7.

#-7 : Gen delè tou mwen konn fè manje. Men depim manje nan lekὸl la mwen pa kyè. Mwen menm, mwen sonw moun depi’m poko konn leson’m [Bri gwo kamyon ki ap pase.] Mwen pap goute anyen nan bouch mwen. Se lè’m fin konn leson’m nèt pou’m fè manje. Tout moun lakay mwen konn abitid mwen. Tout moun lakay mwen konn abitid mwen depi’w wè mwen kouche m’ap etidye moun pa rele’m paske toutan mwen poko konn leson moun pap wè jem deyὸ wa, kou’m konn leson’m m’ap fè manje.

Almathe : Ok, e ou nimewo 4? #-4 : Mwen pap di anyen non Almathe : Ou pap di anyen? #-4 : Non.

Almathe : Ou pap di anyen nimewo 3?

#-3 : Mwen menm, depim rive lakay la mwen toujou jwenn manje. Paske manman’m se manje kwit l’ap vann. Menm lè m’pa jwenn lakay la depim al kot manman’m nan mwen toujou di manman : Mwen grangou wi ! Li toujou retire manje pou mwen.

Almathe : An nou repase sou sa ankὸ ki manje nou wè ki pi bon, manje ki fèt nan peyi a oswa manje ki fèt nan lὸt peyi?

Timoun yo: Manje ki fèt nan peyi a.

Almathe: Poukisa?

Timoun yo: Paske se li menm ki pwodwi, se nou ki pwodwi’l.

Almathe: Paske se nou ki pwodwi’l ok, kisa nou plis renmen manje kantin nan oswa manje ki kwit lakay la?

Timoun yo: Tout, ni manje ki kwit nan kantin nan, tou lède nou manje tout. Ni manje ki kwit lakay la.

#-7 : Manje kantin nan gen yon kote nou plis renmen’l paske le maten paran nou pa gen kὸb pou’l ba nou, nou vin la nou gentan soutni kè nou li ka touye yon grenn vè pou nou. Men manje lakay nou an se lè nou sot lekὸl a midi pou nou manje’l. [Yon zwazo ki chante.] Sil pa gentan fèt maten.

Almathe: Ok, manje kantin nan li gou?
Timoun yo: Wii.
Almathe: Tout manje gou chak jou?
#-7: Yon sèl manje mwen pa janm manje nan lekὸl la. Almathe: Kisa’l ye?

#-7: Sèl bouyon an.
Almathe: Bouyon an ou pa renmen’l menm.
#-7: Non, mwen pa renmen’l menm. Menm lakay mwen, mwen pa manje’l.

Almathe: Èske kantite yo ba nou an [ Bri moto ki ap pase.] Sifi pou nou, èske’l ase pou nou, oswa li twὸ piti?

#-7: Kὸm gen anpil timoun tou, gen anpil timoun yo paka ba nou anpil. Men lè gen timoun ki pa konn vini tou yo konn ogmante plat nou.

Almathe: Men lè sa rive [ Bri moto ki ap ase.] Nou kontan lè yo ogmante plat nou. [Riii.]

#-7: Lè yo ogmante plat la nou kontan [Bri moto ki ap pase.] [Riii.] Lè pa genyen pou yo yo ogmane’l la tou…

Almathe : Nou satisfè? Men pa gen yon lè nou konn fin manje nou santi nou ta manje plis ankὸ?

Timoun yo: [Riii.] wi sa konn rive’m. Lè, lè se diri a legim [Riii.] Timoun yo: Lè se diri a legim.
Almathe: Lè se diri ak legim nou ta vle pou yo ba nou plis?
#-7 : Kὸm gen anpil timoun nou pa enkyete pou sa.

Almathe : Èske kounya yo ta di yap ba nou ti desè tankou : Ti bonbon, ti bagay nan plas manje cho wa si yo ta di yap ban ou sa. Kiyès nou tap plis chwazi?

Timoun yo: Manje a, man manje a. Manje a li tap pi bon #-4 : Paske se lè’w fin manje ou fè desè.
Almathe : Se lè’w fin manje ou fè desè?
Timoun yo : Wiii.

Almathe : Ok

#-7 : Tankou la nou ta fin manje nou rantre nan klas yo pote bonbon an ba nou nou tap pran’l. Men se lèw fin manje ou fè desè.

Almathe : Se lè ou fin manje ou fè desè.

#-7 : pa avan tou depi anvan yo bay manje a depi se bagay sèl [Bri moto ki ap pase.] Nap pranl tankou: Ti chiko, bonbon sèl, bonbon gwayina.

Almathe : Ti chiko ok, nou panse chiko gen vitamin ladan l? #-7 : Chiko pa gen vitamin ladan paske son bagay lejè li ye. #-4: Sonw bagay pay li ye.
Almathe: Ok, si yo baw yon chiko …

#-7: Lap touye yon vè kant mèm.

Almathe: Lap touye yon vè kanmèm. Nan plas manje wap pran chiko wa?

Timoun yo: Non.

Almathe: Non ebyen ok, [Riii.] Si gen lὸt manje yo tap mete nan sa yo ba nou yo, ki manje nou tap vle mete ankὸ?

#-7: Nou tap mete ble. Almathe: Ble.

#-4: Mayi moulen tap pi bon.
#-7: Mayi moulen an mwen pa fin renmen’l. #-4: Paske mayi moulen bay moun fὸs.

#-7: Mwen pa fin renmen’l, ble a. Tankou si se mayi moulen ak fèy. Almathe: Mayi moulen ak fèy li tap pi bon.
25 minit
Timoun yo: Wiii, mayi moulen an bay fὸs.

#-4: Mayi moulen kole ak pwa.

#-7: Manje pou yo ta plis mete a se ble, sa se manje pam.

Almathe: Ble?

#-7: Wi.

Almathe: Chak moun pral dim yon bagay yo tap dakὸ pou yo plis mete?

#-5: Yo ta mete eee mayi moulen a fèy, tankou mayi moulen ak pwa sὸs pwason. Mwen plis renmen mayi moulen sὸs pwa sὸs pwason.

Almathe: Ou plis renmen sa. Mayi moulen sὸs pwa sὸs pwason, enhen.

#-4: Mwen, mwen menm mwen plis renmen mayi moulen kole ak pwa an sitou sὸs pwason, paske yo konn fèl lakay la deja, paske papa’m, papa’m se pechè lye. Paske lèl sot Bomon li vin ak pwason an nou, nou renmen manje bagay sa anpil.

Almathe: Ok.
#-3: Mwen se nimewo 3. Mwen plis renmen mayi moulen eee mayi moulen kole ak pwa

sὸs pwason.
Almathe: Ok.
#-3: Paske lèm manje’l li pa fèm anyen. Almathe: Li pa fèw anyen?

#-3: Non.
Almathe: Ok, nou patap dakὸ pou yo mete pitimi tou, si yap mete pitimi?
Timoun yo: Wii, yo mèt mete pitimi. Yo kapab mete’l paske se manje peyi nou li ye. Almathe : E ou menm ki manje ou tap di pou yo mete?

#-1: Mwen se nimewo 1. Mwen tap di pou yo mete mayi moulen ak sὸs pwa. Almathe: Mayi moulen ak sὸs pwa ok.

#-7: Mwen se nimewo 7. Mwen pa renmen mayi moulen, mwen ta pi renmen yo mete ble oubyen pitimi.

Almathe : [Riii.]

#-5 : Mwen se nimewo 5. Mwen renmen ble, mwen renmen diri avèk vyann sa yo rele ti panik lan, em ta plis renmen yo mete mayi moulen ak fèy la. [Bri moto ki app ase.]

Almathe: Mayi moulen ak fèy la. Ok, kounya an nou pale de ji ak lèt. Mwen konnen yo pa ba nou ji ak lèt nan lekὸl la. Antre 2 sa yo kiyès nan yo nou tap dakὸ pou yo mete?

#-3: Ji.
Almathe: Ji.
#-4: Ji gou nan bidon yo tap pi bon.
Almathe: O, ji.
#-7: Bagay gaz lan, bagay gazèz pa bon pou non. #-4: Ji gou wi.

#-7: Se ji natirèl, kawὸt…

#-4 : Ebyen se pa ji natirèl li ye.

#-3 : Men ou pa konn ki kalite ji.

#-7 : Se pa yon ji natirèl li ye

#-5 : Ji anana, kawὸt, papay.

#-7 : Se bagay gazèz li ye lèw debouche’l ou pa tande’l fè siiiiitt.

#-4 : En en. Sa pa fè ankent bri.

#-3 : Eseye souke’l avan’w debouche’l.

#-4 : Non, ki bagay souke sa.

#-7 : Ji natirèl mwen renmen se tampico, sitron, tankou anana.

#-5 : Ji natirèl la mwen plis renmen’l men lèw pa gen anpil kὸb pou fèl wachte yon ji gou oswa yon tampico ou bwè.

Almathe : Ou bwè.
#-5 : Ou kontante.
Almathe: Èske yo vann kasav ak manba bὸ isit la? Timoun yo: Wii, pa tèlman.
Almathe: Pa tèlman, nou pa renmen kasav ak manba? Timoun yo: Wii, anpil.

#-7: Bobori.

Almathe: Bobori [Riii.]

#-4: Bobori a se sa yo met sik ladann nan.

#-7: mwen pi renmen’l.

Almathe: Kasav manba, epi fig mi, nou pa renmen sa yo?

#-4: Fig mi, mwen tèlman renmen’l anpil.

Almathe: Ok, si yon jou yo ta di yap ba nou yon pla cho, nan lὸt jou yap ba nou kasav manba, fig mi. Nou tap dakὸ sa?

#-4: Mmm? Non, O! paske fig mi, kasav manba…

(Si tankou jodi a yo ba nou manje cho wa, Sa se manje melange wi.) Eskizem?

Almathe : Ou mèt pase.

#-5 : Si jodi a yo ba nou manje cho wa, nan demen yo ba nou…

Almathe : yon manje frèt.

#-5 : Kasav avèk manba a, nan lὸt demen yo ban nou manje cho wa li tap bon [Bri moto ki ap pase.].

Almathe : Li tap bon.
#-5 : Li patap yon pwoblèm.
Almathe : Li patap yon pwoblèm pou tou nimewo 1? #-1 : Non.
#-4 : Li patap pwoblèm non.

Almathe : Talè a ou di li tap yon pwoblèm [Riii.] Se ou menm 3 ou tap renmen sa? #-3 : Wi, paske [li grate gὸj li.] Toutan nou konn ap manje manje peyi nou, sa son

manje ki fèk kὸm vini li patap yon pwoblèm pou nou.
Almathe: Ok, ki travay nou konn fè lakay nou? Nou konn ede paran nou fè jaden? Ou

dim papa’w se [Bri moto ki app ase.] Yon pechè lye, ou konn al peche avè’l? #-4 : Non. Paske kote li ale a tèlman lwen mwen paka al ladan.
Almathe : Ou paka ale?
#-4 : Non.

Almathe : Ok, kisa ou konn fè lakay ou ?
#-4: Lèm konn lakay mwen…
Almathe: Moun lakay ou fè jaden?
#-4 : Non, paske kote’m rete a se sou bὸ lanmè mwen rete. Almathe: Ok, e ou memn nimewo 3?

#-3: Moun lakay mwen fè jaden.
Almathe: Yo fè jaden?
#-3: Wi.
Almathe: Kisa’w konn fè? Ou konn travay nan jaden tou ou menm? #-3 : Wi, Mwen konn ede papa’m sekle tankou lè lap plante mayi. Almathe : Ou konn ede’l sekle?

#-3 : Wi, gen delè menm lè se pa mwen menm ki ap fouye tou a. Men mwen met mayi anba tè epi nou bouche’l ak pye [Bri moto ki ap pase.] Mwen konn fè sa.

Almathe : Ou konn fè sa? #-3: Wi.

Almathe: Ok, nimewo 5. Mwen menm grann mwen fè jaden, manman’m pa fè jaden se grann mwen ki fè jaden. Non !!! On gwo lakou yo bare yo fè yon baraj pou yo. Gonw ti bebe lakay la li renmen manyen yo, fonw baraj poul pa rache yo. Men baraj la pa tèlman wo li pa konn al nan jaden an tou. Tankou lè yo pral mare kabrit, men lè yo tap fè jaden an mwen pat fè anyen ladan.

30 minit.

#-5: Lè tap fè jaden an, mwen pat fè anyen ladan men sèlman mwen te bagay… Mwen te mete pwa nan bagay la sèl sa mwen te fè. Mwen pat nan sekle, mwen pat fè anyen.

Almathe: Ok.

#-5: Nan netwayaj la mwen pat fè anyen.

Almathe: Ok.

#-7: Mwen konn ede paran’m lè yap plante, mwen pa konn sekle. Menm konn edel lèl fouye twou mwen bouche’l avèk tè, kou pou lal rekolte’l mal ede’l.

Almathe: Manman’w oswa papa’w? #-7: Matant mwen sè manman’m. Almathe: Ok, e ou menm nimewo 1? #-1: Mwen pa konn ale.

Almathe: Ou pa konn ale, [Bri moto ki ap pase.] Ki travay ou konn fè lakay ou? Ou pa konn fè travay? Lèw lakay saw konn fè?

#-1 : Mwen konn pase twal mouye, fè travay. Almathe: Ou konn fè manje?
#-1: Wi.
Almathe: Ki manje ou konn fè? [Riii.]

#-7: Saw pi renmen konn fè a. [Riii.hahaha.] Almathe: 2 bon zanmi nou ye? Zanmi nou ye?
#-7 Wi.
Almathe : Ki travay ou konn fè lakay ou nimewo 7?

#-7 : Mwen konn bale, mwen konn pase twal mouye, fè travay anndan kay la, mwen lave asyèt. Gen defwa tou sim pa okipe mwen fè manje. Mwen konn fè travay, mwen konn ale nan dlo lè pa gen dlo mwen konn fè travay.

#-7 : Mwen, depim poko konn leson’m mwen pa fè. Almathe : Ou pa fè travay, ou konn fè manje?
#-7 : Wi.

Almathe : Ki manje ou plis renmen fè?

#-7 : Diri kole ak pwa oubyen sὸs pwa legim, se pa yon manje mwen si tèlman renmen fè.

Almathe : Se pa yon manje ou si tèlman renmen fè. E ou menm nimewo 5?

#-5 : Mwen se nimewo 5. Mwen konn leve mwen range kabann, mwen konn pase twal mouye anndan, mwen bale, mwen lave asyèt.

Almathe : Se sa.

#-5 : Mwen konn fè manje pou ti bebe a.

Almathe : Ou konn fè manje pou ti bebe a ?

#-5 : Wi.

Almathe: Evre? Ok.

#-5: Wi, gen delè mwen konn fè soup pou li, gen delè mwen konn fè espageti.

Almathe : E ou menm nimewo 4? [Bri moto ki ap pase.]

#-4 : Mwen menm se nimewo 4. Mwen pi renmen fè manje tankou diri, tankou mayi moulen ak pwa sὸs pwason.

Almathe : Ou menm wi? [Riii.]
#-4 : Wi, mwen konn fè manje anpil wi.
Almathe : Evre?
#-4 : Wi.
Almathe : Ou fè manje pou manje oswa ou fè pou tout moun nan kay la. #-4 : Pou tout moun nan kay la.
Almathe : Ummh.

#-4 : Evre wi. Gen delè bèlmèm nan pala, papa’m pa swazi lὸt moun ki pou fè manje nan kay la se mwen menm.

Almathe : Ou ki pi gran?

#-4 : Non, wi mwen menm ki pi gran, tankou se pa mwen… Pou nan men papa’m, nan men papa’m se mwen ki pi gran. Tankou mwen gen yon grand sèm, apresa mwen gen yon grang sèm… yon gran frèm men misye menl dèyè a la.

Almathe: Men lakay papa’w se ou ki pi gran ok, dakὸ?

#-3: Mwen menm se nimewo 3. Mwen menm sa’m fè? Tankou lakay la gen delè mwen konn al dèyè bwa lè aprè midi, pou’m al pran dlo epi pou’m jwe [Bri moto ki app ase.] Tankou dlo pou yo lave veso yo se mwen ki fèl, se mwen ki pran dlo pou yo lave veso.

Almathe: Pandan jounen an kilè ou konn plis santi’w grangou?

#-3: Vè 1 nè.

Almathe: Vè 1 nè se lè sa ou plis santi’w grangou? Sa se lè gen lekὸl oswa lè pa gen lekὸl?

Timoun yo: E pa lè pa gen lekὸl. A midi yo toujou lage lekὸl yo a 1 nè pa gen lekὸl.

Almathe: Pa gen lekὸl?

Timoun yo: 1 nè e aprè midi se klas.

#-4 : Gen delè paran’m konn pa gen anyen pou’l ba nou. Mwen fèk leve… Wè, wè baz, wèm mannik leve konsa [Riii.]

Almathe: kite’l pale [Riii.]

#-4: Mwen ka leve konsa mwen fè jounen an mwen pa manje. Mwen ka menm domi konsa menm, mwen tèlman gen fyèl.

Almathe: Evre?
#-4: Wi.
Almathe: Ok, men kilè pa egzanp nan jounen an ou konn santi’w plis grangou? #-4: Vè midi.
Almathe: Vè midi?
#-4: Wi.
Almathe: Ok, e ou menm nimewo 5?

#-5: Mwen se nimewo 5. Mwen konn santi’m grangou tankou vè midi yo, mwen konn gentan nan lekὸl la mwen poko konn bagay. Men vè 1 nè 2zè yo mwen konn santim grangou. Mwen konn di manman’m mwen grangou wi li konsa: Oo, bon ou fin manje nan lekὸl ou mwen pa gen anyen poum ba ou la, kounya ou vin anmède’m. Mwen rete mwen chita sou galri a map etidye.

Almathe: Ok, [Bri moto ki ap pase.]

#-7: Lè pa gen lekὸl le samdi mwen konn ap lave mwen konn grangou pati vè 4trè, mwen konn al jwe boul lèm sot jwe boul [Bri moto ki ap pase.]

35 minit
Almathe: Ou jwe boul tou?
#-7: Wi.
Almathe: Ok e ou menm nimewo1. Kilè ou konn santi’w plis grangou nan jounen an? #-1: Nan 2 zè yo.

Almathe: Nan 2 zè yo ok. Èske kantin nan ede nou etidye plis? Timoun yo: Wi, wi.
Almathe: Li fè nou fè pi bon travay lekὸl la?
Timoun yo: Wi, wi.

Almathe: Sevre?

Timoun yo: Wi, wi.

Almathe: Poukisa?

Timoun yo: Paske li ede nou. Lèn manje [Bri moto ki ap pase.] Lè vant nou plen nou pa dekouraje nou plis…

Almathe: Nou vin plis travay.
#-3: Wi.
Almathe: Ok, dakὸ. Èske nou panse ke kantin nan ta sipoze rete? Timoun yo: Wiii.
Almathe: Si yo di yap retire kantin nan kisa sa ap fè?
Timoun yo: Lap, lap deranje nou anpil. Lap dekouraje nou anpil. Almathe: Lap deranje nou ok, chak moun ap di yon bagay.

#-3: Paske lap dekouraje nou, paske vè 11 zè ou konn wè avan lekὸl lage nou konn manje. Gen delè paran nou konn pa gen kὸb poul ba nou. Nou jwenn kantin nan nou manje nou satisfè. Lè nal lakay nou pa plis okipe manje la paske nou gentan manje deja. Men si ta vin retire kantin nan lap deranje nou anpil.

Almathe: Lap deranje nou anpil, ok.

#-4: Tankou gen delè manje a itil nou anpil, paske lè nou bὸ 11 zè nou fi manje. Paske manje a fè nou etidye anpil li fè, fè nou swiv sa mèt la ap fè a. Gen delè nou konn grangou, lè, lè yo pat vin met kantin. Lè kantin nan potko la nou te konn grangou. Mèt la ap travay sou tablo wa nou pa menm swiv sa mèt la ap fè a, nou dekouraje.

Almathe: Ok.

#-5: Mwen menm se nimewo 5. Si yo ta retire kantin nan li tap deranje nou anpil. Se pa sèl mwen menm non li tap deranje, li tap deranje tout timoun yo. Men gen delè lè yo konn fè manje a lèm konn fin manje pate, mwen pa okipe manje a. Mal pranl, mal pranl mwen manje’l men se pa manje mwen ta manje’l.

Almathe : Ok.
#-5 : E si se ta bouyon mwen konn pranl, gen delè m’konn pranl mwen manje viv yo

mwen pa pran sὸs pwa a. Almathe : Ok, dakὸ e ou menm ?

#-7 : Si yo ta retire kantin nan lekὸl la se kὸmsi on gwo mal yo fè nou. Se pa sèl nou menm men tou pou paran nou tou paske li ede paran nou anpil, anpil, anpil. Lè paran nou pa gen posiblite pou’l ba nou 5 goud, li konnen nap manje yon bagay kant mèm nan lekὸl la se sèl mwen tap di.

Almathe: Ok.
#-1: Mwen se nimewo 1. Si yo ta retire
#-7 : Pale fὸ…
#-1 : Kantin nan nan lekὸl li patap bon pou paran’m [Bri moto ki ap pase.]

Almathe : Ok, dakὸ timoun map di nou mèsi, mwen vle fè yon foto ansanm avè nou nap fè foto avèm?

Timoun yo: Wi.

Almathe: OK, dakὸ banm fini sa (….) Ou mèt kenbe’y pou mwen, ou mèt kenbe’y nan men’w. Ok

38 minit

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #12: TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP 5 MACHANN.

Received 8/24/17
Started Translation 8/25/2017 11:54 AM Dat fokis gwoup: 28 jiyè-10 Out.

Lis Patisipan.
#1: Evline Calixte; Fi ; 69 lane ; 6 Pitit ; analfabèt ; Komèsan :
#5: Valancia Cheriban; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : #4: Saint Anne Judithe ; Fi ; 67 lane ; 6 Pitit; analfabèt ; Komèsan :
#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

#3: Nazaire Yolande; Fi ; 5Pitit ; Komèsan :

FOKIS GWOUP

Ok bon bonjou tout moun, bonswa. Ok good morning everyone, good afternoon. Piblik: Bonjou, bonswa.

Eee non-pa mwen se Almathe [piblik: Almathe…] Hum, hum N’ap fè yon travay evalyasyon sou pwogram kantin skolè ki genyen nan zòn nan, lekòl kote nou reyini la fè pati de lekòl ki benefisye pwogram nan. Nou vini bò isit la plizyè fwa deja, nou chita pale a diferan kategori moun, men fwa sa a, nou te vle pale spesyalman ak machann yo. Mwen espere ke tout moun ki la yo se machann ke yo ye, lè mwen te rankontre avek mèt la (pwofesè a) mwen te esplike li ke, se avek machann yo ke nou swete reyini. Chak moun ki la gen yon chif nan men yo ki idantifye yo. Pa ekzanp manmi sa gen nimewo 4, yon lòt moun gen 5, yon lòt gen 3, yon lòt gen 6, yon lòt gen 2 epi yon lòt moun gen 1. Donk chak fwa mwen poze yon kesyon yon moun vle reponn li fòk li di’m ki nimewo ke li ye. Moun nan ap entwodi tèt li, l’ap bay non’l, nimewo li ye a epi kisa li konn fè.

Piblik : Wi, wi. Yes, Yes

#4: Saint Anne Judithe ; Fi ; 67 lane ; 6 Pitit; analfabèt ; Komèsan : Mwen mèt pale? I do Commerce, may I speak?

Ou mèt pale. You may

#4: Saint Anne Judithe ; Fi ; 67 lane ; 6 Pitit; analfabèt ; Komèsan : Mwen menm m’rele Sait Anne Judith. No fè tout ti travay, n’ap travay, kounya lè’w travay latè, latè pa bay anyen, ou konprann mwen? _Hm-Um]_Yo pa bay anyen. Ou pa jwenn anyen chak tan, chak jou chak semèn kòmsi m’ta dou’w s’on’w tan pase, denyè sòw fè

tout ale nan lanmè, pa wè menm wout paka genyen dlo pran dènyè tè a, ale avèl se nan lanmè y’ale avèl se zo a ki rete e sa mwen menm m’te ka di.

Ok dakò mèsi nimewo 1? Ok thank you
#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ;

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; menm m’fè ti trafik fè ti vire malman m’degaje’m.

Hum hum, ok madam. Hum, hum, ok madam

Komèsan : Wi. Yes Komèsan : Mwen

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Mwen m’se Valencia Cheriban.

Hum ki nimewo’w genyen?

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Nimewo 5 mwen genyen, mwen renmen fè komès anpil men pa gen kòb pou fè komès la. pafwa m’konn chita lakay pafwa m’pwan gwo bout sak met sou tèt m’al pòtopwens m’al chèche lavi pou timoun yo men konnya telman nan pwen afè depi tan fin pase prèske pa gen afè e’m renmen komès.

Ok Mèsi hum hum. Ok Merci hum hum.

#3: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ; Komèsan : Mwen menm nimewo 3 I am number # 3 m’ye _Piblik: riiiiii_ [laugh] Mwen menm se Yolène Yolène Nazè.

Mwen menm mwen renmen fè ti komès mwen anpil men, vin rive nan on moman la m’kòmanse ap granmoun voltij m‘tekonn fè m’paka fè yo. Savledi m’pati razaman. Depi’w depou’w gen nan mon’w w’ap entèrese, depou’w pa gen nan m’on’w ou chita. W’ap gade lavi a bon-on tou denyèman la a moun konn brase, g’on tan’k pase lavi lave, li pa kite kabrit li pa kite anyen pou moun viv.

Ok Mèsi hum hum.

Ok mèsi pa gen pwoblèm,e ou menm?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :
Bethany

Mwen m’se Labady

m’ se nimewo 6, mwen menm se yon machann m’konn vann kosmetik, m’konn vann pwodwi (alimentaire), e pafwa tou lè siklòn nan pa pase nou konn jwenn bagay nan jaden, nou pote nou sele bèt nou n’al nan mache, men kounye la se depi jan’m te di’w anwo a se nan rekòmanse tout moun ye la kounya la, kounya se pafwa nou te konn vann ti kabrit nou lè komès la fè fon, ou byen ti kochon nou gonw maladi’k rele ren kase, sa e pou kochon an._Hm_Um_ Li voye yo ale. Kabrit la menm pafwa se kèk dyare ki voye yo ale. men kounya se pa dyare ki voye yo ale men kounya se pa dyare, ki detounen nou la seee koman? Kòman’l te rele ankò siklòn sa? seee siklòn nan. Se siklòn nan ki pi kraze nou.

Ok Mèsi hum hum.

Yon patisipant di: 3 Oktòb.

#3: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ;

Komèsan : Wi 3 oktòb kounya 3 oktòb la mete nou nan degraba nèt, se nan rekòmanse nou ye sa’w pa t’ap fe se li w’oblije ap fe pou’w we si’w a manyen 5 kòb.

Ok . Ok

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 :

Bon 3 oktòb sa se bondye k’achte lavi moun. Denyè kay kraze bagay, han! Tèt chaje !

Yon patisipant di: Nou potko janm wè on tèt chaje konsa.

Ki danre nou gen bò isit la? Kisa nou plis plante? Nenpòt moun ka reponn kesyon an.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Kounya tè yo pa pwodwi anyen ankò menm menm menm.

Ok m’konprann ke tè yo pa pwodwi men èske nou pa gen yon bagay, yon danre ke bò isi a genyen pandan tout ane a?

Piblik: Pwa, pwa. Beans, beans.

Pwa? Beans?

#3: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ; Komèsan : Pwa menm si l’ap pèdi menm si mwen menm m’pèdi pam nan, ou si’w ka sere pa’w la nou tout ka f’on ti bagay malman.

_Kèk moun nan piblik la ap fe ti pale

Yon patisipant ap di: Nou plante’l 3oktòb pou desanm, an desanm si’w pa mouri depi’l pa pèdi w’ap rache’l, ou ka gen an janvye ankò.

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 :

Janvye menm lè e pa tout moun ki plante’l,ki vle di pou ane a yo ban nou pwa pandan 3 fwa.Men epa tout moun.

Piblik: Epa tout moun.

Pandan 3 Fwa pou plante’l?

Piblik: Wi.

Nou rekolte tou pandan 3 fwa?

Piblik: Wi ou rekòlte’l.

Patisipan pa idantifye : Ou plante’l janvye, ou plante’l mas oubyen avril You plant in

Yon Patisipan di : Si’l bon, si’l bon.

Patisipan pa idantifye kontinye: Nou plante’l jiyè apresa’w plante oktòb. _Kèk moun nan piblik la ap pale an menm tan_.

#3: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ; Komèsan Tankou la danre a gentan… Ki nimewo ou ye silvouplè?

#3: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ; Komèsan Nimewo 3 k’ap pale, tankou la ou gendwa, ou plante pwa la pwa vini. Kounye la on tan lapli vini ou fèmen li, li pouse_

Yon patisipan di : Sa’w tande a li pouse_ li pouse’l pèdi.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Kounye a men pou ane a la nou pa podi anyen ditou.

_Patisipan lan kontinye pale tou ba pawol yo pa sonnen klè_

#5: Valancia Cheriban; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Mwen se nimewo 5 k’ap pale, nou gen mayi nou plante tout pèdi, nou pa menm ka jwenn mayi pou’n bay timoun yo,_vwa yon moun k’ap pale tou ba_ antanke fanm depi’w gen ti kòb ou nan men’w, w’ap bwase ou pral nan mache, pa janm pa gen manje nan mache, pa janm pa gen manje kounya ou we gendwa se lè’m bon mwen enm se lè’m al nan mache m’achte on bout bannann.

Ok kom nou tout nèt se komèsan, mwen ta renmen mande nou kisa nou konn vann, epi nan ki mache nou konn al vann ?

#4: Saint Anne Judithe ; Fi ; 67 lane ; 6 Pitit; analfabèt ; Komèsan : Mwen konn al vann 6 zyèm. I go to sell at 6 Zyem

Chak moun ap reponn separeman!

#4: Saint Anne Judithe ; Fi ; 67 lane ; 6 Pitit; analfabèt ; Komèsan : Gen de fwa se bannann, lè tan pa pase kraze bannann yo nou konn pot chaj bannann nan mache n’ale nou vann ni nou fè lajan nou nou fè ti kòb nou. Gende fwa se se pwa kongo ou konn genyen, sou’w vle kite pwa’w sèk, sou’w jennen ou gendwa al nan jaden’w pase jaden an se pou ou, ou gendwa yon kivèt pwa w’ale’w vann ni w’fè lajan! apre sa kounya ou plante yanm ou pa jwenn anyen tan ale avèk tout bagay malanga gende fwa, se se nan tè a ou ka plante yon boukèt malanga ou rache’l ,ou ka jwenn yon kivèt malanga ,ou ka jwenn yon makout malanga ou pote w’ale vann. Apresa pa gen anyen ankò, e kòmsi moun ap viv w’ap viv lè e lè n’ap viv. Dènye sa pou’w fè se ak kòb la ….. ou mèt mon’w nan machwòw tankou ti jezi w’ap gade.

Piblik: (riii) [laugh]

Tèt chaje .

#4: Saint Anne Judithe ; Fi ; 67 lane ; 6 Pitit, analfabèt ; Komèsan : Se vre wi. Se sa wi e ou menm nimewo 1 kisa’w konn al vann, e ki koto’w konn al vann ?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Misòt m’al vann lè’m te konn al pòtoprens, m’te konn ale pòtoprens men kounya m’granmoun m’pa monte machin al vann pò-oprens ankò.

Lè ou al misòt se moun ki pral vann pòtoprens ou al vann komès ou yo ?

#1: Evline Calixte ; Fi , 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Moun ki pwal vann pòtopwens m’vann;

Ak moun ki pwal vann pòtopwens ou vann?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Wi. Yes

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : M’vann bahay jaden’m sa’m kilitive nan jaden’m m’pote’l vann. Tankou si e pwa a m’genyen m’al vann si se pwa nwa ou pwa bè m’al vann. Aprè si’m gen bannann nan jaden’m m’al vann, si’m gen lòt ti danre m’al vann sa’m posede nan jaden m’al vann.

Ou vann an gwo?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Wi m’vann an gwo a machan revandè yo.

An gwo a se pa mamit oubyen pa sak?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Pa mamit praa praaa sèk la ou vann ni pa mamit. Pra vèt la ou vann ni pa lo a moun ki pwal vann revandè pòtopwens yo ou vann ni. Ou vann sa’w pote a an gwo avè yo.

Ok ou vann yanm tou?

#1: Evline Calixte; Fi; 69 lane; 6 Pitit; analfabèt; Komèsan: Wi sò’w posede a ‘w vann.

Konbyen kob konsa ou ka vann on pil yanm?

#1: Evline Calixte; Fi; 69 lane; 6 Pitit; analfabèt; Komèsan: Non m’pa konn gen pil yanm, pase nou sot, m’sot misòt andeyo m’soti.

Yon patisipant di: Se moun anlè la yo ki gen anpil yanm.

#1: Evline Calixte; Fi; 69 lane; 6 Pitit; analfabèt; Komèsan : Nou menm se anba isit ti yanm blan ou ka jwenn yon de (2) lo yanm yon (1) makout yanm pou’w al vann.

Donk ou menm ou plis vann mamit pwa?

#1: Evline Calixte; Fi; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Tankou tankou pra tankou’m gen pra bè, oubyen pra nòmal m’al mezire’l m’vann ni pa mamit.

Sèch?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Sèk konsa.

Konbyen kòb ou vann mamit lan konsa?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Ahh selon pri’l vann nan, jou lè’l vann 12 ou vann li 12 lè’l vann 10 ou vann li 10 tou selon pri’l vann nan. Pri’l vann nan e pri a’w vann li tou.

M’ap poze’w menm kesyon an ki se kisa ou konn vann, a kiyès ou konn vann li, epi ki kote ou konn al vann? .

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit; 3zyèm ane; Komès ; 43649430 :

Pafwa m’konn ale misòt m’al m’al m’al vann ti bahay nan jaden. Pafwa m’al pòtopwens m’achte misòt m’al vann pòtopwens.

Hm hm, Kisa’w konn achte misòt w’al vann pòtopwens?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit; 3zyèm ane; Komès ; 43649430 :

Pafwa m’achte yanm sa’w jwenn ou pran, w’achte ti lo malanga _vwa lòt moun ki ap pale tou ba ansanm ak #5_ patat Chou kawòt_vwa yon moun ki di militon_ militon.

Ou achte pa sak? Do you buy by Sac?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit; 3zyèm ane; Komès; 43649430: M’achte pa lo.

_Piblik la ap pale anmenm tan ke #5 ap di: pa lo, pa lo jan yo chè a, ou paka achte pa sak_

Lè’w di lo a se 2, 3 grenn ansanm ki lo pou nou oubyen, kijan li ye?

Piblik: _Plizyè moun ap pale ansanm pawol yo pa klè, _yon gwo lo, yo mete atè ou menm ou fè pri’l_, _ou ba yo pri_, _kawòt la lè se pa sak ou achte yon sak kawòt_.

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Lè se pa sak w’achte on sak kawòt le’w rive’w lote ou bwase, ou bwase dekwa pou’w pa pèdi kòb la.

Ki kote pòtopwens ou konn al vann?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : M’konn al vann kafou.

Kafou? ok lè’w rive ou lote yo?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Lote, lote m’konn vann an gwo.

Piblik: (Riiiiiii….)

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : M’lote m’vann an gwo.

Konbyen jou ou fè deyò pou’w fin vann sa’w ale pòtoprens yo?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :
Non m’pa konn ret anpil non _yon patisipan di: 2 jou 3 jou_ 2 jou 3 jou,_menm patisipant lan di: si’l ale lendi li Vin mèkredi.

Anhh sa vle di ou vann avèk moun ki pral revann?

Piblik: Wi wi avèk moun ki pral revann.

Ok se pa komsi ou ale chita nan mache a pou’w vann chak grenn moun ki bezwen pwodui a pou yo sèvi?

Piblik: _Non ou Chita nan depo pa gen kote, _ou peye yon kote’w chita ou lote bagay la ou vann an gwo ak machann ki pral lote fò’w peye wi_, _Anpi lòt moun nan menm al brase (rii) se konsa’l ye wi_.

Moun sa yo se pa lo ou vann yo tou?

_Plizyè moun ap reponn an menm tan di pa lo_
#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :
Pa lo, pa lo selon gwosè lo a li ka vann 60, 80,100 _ On lo?_ Wi selon sa’w pote a.

Piblik: _anpil_, _anpil wi_

Patisipant pa idantifye: Anpil wi yo men fò yo bwase tou, pou yo fè benefis yo.

Patisipant pa idantifye: Ou vann tout ti tchaw tout tchaw depi, depi se bagay ou vann, yo ap machande’l nan men’w ou pote’l ou achte’l ou pote’l.

Patisipant pa idantifye : Pafwa ou bwase lakay tou, ou bwase lakay riii se konsa bwas la ye. Pitit mwen yo pa vle’m monte machin ankò, mwen bwase lakay.

Konbyen kob ou ka achte on lo yanm Misòt? konbyen kòb w’ap fè sou li lè w’al vann li pòtoprens?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Oh oh ou ka achte on lo yanm menm pou 500 dola wi! (Dola Ayisyen/2500 goud), 400 ou ka achte on lo yanm _ En hen_ Ee lè’w rive ou mete’l atè a si yo bò’w si’w achte’l pou 400 yo bò’w 450 a 500 ou bay li.

Pòtoprens wi 450 500 ou bay li konbyen kòb ou fè? Eske nou fè kòb machin nan? _Plizyè moun ap pale an menm tan_

Patisipant pa idantifye: Pou ou a machin nan, E pou machin w’ap travay.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Mwen fè wi sou chak bagay, mwen fè, gende fwa ou pa fè kòb peye a non, se nan kòb pa’w la’w pran pou peye machin.

_Plizyè moun ap fe ti pale tou ba_

An nou bay nimewo 3 on ti chans pou’l pale, mwen wè li lwen riiii.

Piblik: Riiiiiii

Genlè se chalè a ki fè’w lwen konsa?

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Non la fè fre wi, pwoblèm, pwoblèm.

Bon kesyon an se menm bagay la, se kisa ou konn vann ki kote ou konn al vann?

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Kanapevè.

Hmm Kisa ou konn al vann kanapevè?

#5: Valancia Cheriban; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : M’konn pote yon 5 sak chabon (riii) m’konn achte ti grenadya lè pa, lè tan an pat pase m’te konn toufe fig m’fè panye fig lè’m rive rekontwole bay machan machann al vann. M’pa konn pote bagay pou m’al detaye atè non ! ok pase sa m’ap achte a e te fig la m’ap achte on 1000 dola bannann, m’achte on 1000 dola bannann _hm-um_ kounye la la’m fè’l mi kounye la lè’m fini m’peye machin m’al pòtopwens avè’l, kounye la lè machann vin pwan vide sou ou, ou kontwole bay machann pou machann al revann pa grèn _yon patisipant di an menm tan ke #3 : pou y’al revann pa grenn._ pa grèn.

Kòman ou transpòte fig sa yo?

Piblik: _Nan panye_, _nan panye_.

Ki gwosè panye sa ka ye konsa?

Piblik : _Bout panye_,_bout panye_

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 :
Ou agenda acte bout pane a 15 dola kounye la _hein_ Non li pa wo non, li pa monte wo.

Piblik: Riiiiii

M’sezi paske m’konn wè on seri panye jakmèl genyen!

#5 : Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Non épia payé jakmèl yo.

Plizyè mou nap pale an menm tan : _sa e ti panye_, _ti panye ki fèt a banbou_

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 :

Sa e ti panye kounye la yo te konn pote panye a pou ou, yo te konn pot panye 15 dola monte monte’l monte li monte 100 goud. Monte monte’l monte li vin monte 25 dola (25 dola ayisyen/125 goud_. 25 dola pou pote’l lè fini moun k’ap mete’l anlè a travayè a w’ap peye’l 25 goud pa chak panye. Chak panye pou peye, sou sou’w gen 4 panye fig pou 100 goud. Si’w gen 6 panye 30 dola lè’w rive jan’w deba jan’w anbake’l e e kay ka misòt la lè’w rive pòtopwens se konsa w’ap debake’l tou 5 panye a gendwa koute’w nenpòt 60 dola (300 goud). Lè’w rive chans pote pou ou tou,si fig la kraze la ou pa ladan se defisi nèt.

Piblik: Riii

Patisipant pa idantifye : Kounya yo pa vle leve yo pou 50 goud ankò.

_Yon moun ap pale tou ba pawòl yo pa soti klè _

Dakò e nimewo 6?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Nimewo 6 pa konn al sou tèt machin nan komès sa yo. Komès pa mwen se kosmetik, se sandal, bagay Kaye lè dat lekòl m’konn van bagay sa yo. Epi m’konn vann, m’achte suk pa sak, duri bahay m’vann lwil ti bagay pou moun manje. Apresa lè’m gen bagay jaden tankou lè nou gen lam, lam nan pare nou pa vle’l gaspiye, nou sele bèt al vann yo bannann. Lè, si siklòn nan pa’t pase nou te konn jwenn yo. Nou gendwa mennen 2 bèt kounye la si’m ta jwenn on ti pit,i w’oblije kòm nou gen bezwen sèl lòt bagay nou oblije al van li pou nou achte lòt ti bagay sa yo. Men kounye la mwen pa konn al nan komès al detaye sou tèt machin.

Ki Kote ou konn al achte pwodui kosmetik?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Pafwa m’konn achte pòtopwens, m’konn pafwa achte fon dènèg.

Ou di ou konn achte sak diri, ou vann an detay?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Wi m’detaye yo pa mamit, gen on bagay yo rele gode, ou byen on vè.

Hm-Mwen konn gode avèk vè, eske ou konn achte kredi nan men moun pou’w revann?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Non savledi si moun nan w’abituè achte nan men’l, gon’w jou petèt ou ka rete on ti monnen pou li . Men m’pa m’pa renmen’l pase lè ou menm ou ta vle fè’l, gen machann ki gendwa konn vle vann ou kredi vre pase gwo machann yo konn achte kredi tou. Ou te gendwa pran kredi a w’al vann kredi men nan ti zanmi’w ou menm ou pwal vann ak kredi a nou konn pafwa, se pa nou tout ki konn peye gen moun ki konn pran on ti bagay ka leta li fè sakrifis li peye’l ,men lè’w achte komès la kredi nèt li konn on pwoblèm pou ou.

Èske nou konn prete kòb nan kèk enstitisyon tankou FONKOZE ? Have you

_Plizyè moun ap pale an menm tan epi ap ri pawòl yo pa soti klè_.

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 :

Se pa pou di FONKOZE non nan SENKAMI, nan SENKAMI nenpòt lè’m pa genyen male.

Ou s’onw manb?

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Paske lè’w prete’e remèt, w’achte Sa s’onw bon bagay _yon patisipant di: Kredi’w valab_kredi’w valab.

Ki pi gwo kantite kòb nou ka prete?

_Plizyè moun ap pale an menm tan_

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Nou pa konn pran anpil non papa.

Piblik:

Bon m’konnen li ka pa anpil, mwen ta renmen konnen pi plis kantite a konbyen li ka ye?

#1: Evline Calixte; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan: Nou ka pran on 2000, on 1000, 1500 _Hm-um_ ou ka pran men m’pa pral fè fò.

Si ou ta vle fè fò ki pi plis kòb yo ka prete’w?

#1: Evline Calixte; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Si’m ta vle fè fò _Hum hum_m’ka pran on 4000,5000 si’m ta vle fè fò.

Nou tout ki la se menm bagay la?

Patisipant pa idantifye: Wi on sèl pawòl.

Ou nan kredi a tou manmi?

#5: Valancia Cheriban; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Hee mwen menm, m’ta fè li m’pa konn kijan pou’m fè’l.

Medam ki konn fè li yo la ka montre ou kòman pou’w fè li!.

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Non non m’pa konn al nan FONKOZE non tankou la se moun ki prete’m.

_Plizyè moun ap fè ti pale an menm tan_.

Moun ki prete ou yo se fanmi’w oubyen zanmi’w?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Zanmi

_Plizyè moun ap pale an menm tan ke #1_

_Pandan moun yo ap pale #6 pran la pawòl: parenn…Kite’m pale…._

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Savedi ke tankou mwen menm, si ma redi ti mwayen pa’m nan on ti jan m’wè li menm li gentan gen kèk 1000 goud l’ap brase. Mwen pandan mwen menm m’pa konn al monte machin nan, savledi ke m’prete’l on 1500 goud on 2000 goud li mete sou 1000 goud pa li a l’al brase lè’l vini li ban mwen’l. Savedi ke se fason sa a li menm li fonksyone a. Men savledi li menm li pa al nan bank li menm.

Li pa oblije ba ou li ak enterè ?

Piblik : Non

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Non-gen kèk moun ki bay li ak enterè. Moun sa yo, yo rele yo eskont ,menm jan pa nou n’ap viv la nou pa a a, pa gen moun ki bay eskont.

_Plizyè moun ap pale an menm tan_
Yon patisipant di: M’gendwa byen avè’w_… Ki nimewo ou genyen?
Patisipant lan reponn: #1

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan :

Ou gendwa, g’onw kote m’konn achte. Tankou m’achte duri, suk, lwil, savon bagay sa yo. Ou gendwa kòb mwen gendwa pa kont _hm-um_ mwen dwe sou li, men m’pa konn al prete. Pase lè m’al prete a li pa plis pou mwen, paske lè’m fini m’bay komès la m’achte kredi menm si m’dwe sou komès la ou bay li kredi, ou m’al pou bagay li. Lè tankou pou m’al achte, fòk m’toujou g’onw lòt kòb pou’m al achte se sa’k fè m’pa janm al prete a mwen menm _patisipant lan di rès pawòl la tou ba_.

Èske mari nou nan fè jaden tou?

Piblik : Wi.

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Wi se yo k’ap raboure tè a ban nou.
Piblik : Riiiiiii
Riiii Se yo’k raboure tè a pou nou toutan?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ;

Komès ;

43649430 :

Wi e kòmsi nèg sa yo avek ti 50 goud ke yo genyen an yo achte tè _plizyè lòt vwa ap pale tou ba_, achte lokal konnye aaaa

Nimewo 6.

Komès ;

43649430 :

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Hen-hen #6 moun nan nèke rive’l pile tè a ,lontan kòmsi chèf kòve a te konn pafwa di ann fon kou ankò, ann fon kou ankò, yo ankouraje kounya moun yo gade, tyen aske si’w wè travayè a rive e telefòn nan’l nè’k gade aaanh yo la toujou. Yo yo men se 6zè di maten pou 10zè yo pa gen anyen y’ap fè ankò. Gende pafwa yo gendwa, yo gendwa rive nan travay la yo pa gen kote pou yo plante yon mamit pwa._yon patisipant ap pale an menm tan ke #6: Ou gendwa jwenn nenpòt 6 moun travay…._ oubyen si se travay yo benefisye.

Èske mari pa’w konn al van nan mache?

Piblik: Non

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Non yo pa konn ale. Pafwa si yo ta gen kèk bèf yo, yo pral vann oubyen si yo pral achte yon ti bèf, si yo ta sanble yo pral achte on ti bèf, yo al nan mache men se nou menm lè’n gen ti bannann nou n’al vann. Si jou a mache a bon pou nou, nou pote yon 50 goud vini mete sou sa nou te genyen pou’n peye moun nou dwe. Men dèfwa’l pa ase pou nou achte manje met nan kay la.

Ok dakò!

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Sitou pou konnye a la menm, nou pa jwenn anyen ditou, paske savon ap vann 30 goud depi nan mache, yon ti boutèy lwil 60 goud. Mamit sik 200 goud, mamit diri 150 goud depi nan mache, konnya fò’w ta g’onw bon valè pou’w fin fè komisyon, pou’w achte yon ti kal yon ti tèt pwason. bagay pèdi nan sann lò’w fini pou’w jwenn pou’w pote tounen _kèk moun nan piblik la fè ti ri_ pa gen dekwa.

An nou fè yon ti konparezon ant fanm avèk gason _Piblik: Wiii_ Èske nou fè transfòmasyon kèk pwodui tankou mango, tankou la nou pran mango nou fè yon lòt bagay avèl egzanp ji eksetera…

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Bon nou pa konn manje mango bò isit la. Nou pa gen mwayen pou sa, nou tande pale de transfòmasyon men nou pa konn transfòme _ok_ Se nimewo 6 k’ap pale.

Kisa fanm fè gason pa fè pa egzanp fè manje, plante, al vann ?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Transpò fè manje?

An nou di, plante, rekòlte, al vann eksetera. Kisa nou menm nou fè men gason paka fè?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Bon nou fè tout wi,bon mwen k’ap pale avè’w la la, yon papa mouri kite 6 pitit nan men’m se pa mwen avek papa BonDye ki fè jaden nou m’redi avèk ponyèt mwen, M’redi fè jaden m’pran pikwa m’pran wou, m’pran manchèt pou’m fè travay pou’m fè jaden an m’leve pitit mwen. M’leve tout pitit mwen, epi’mwen fè edikasyon yo.

OK! Dakò Eske gason al vann nan mache?

Piblik: _Non_ , _gen gason’k konn ale, men bò lakay mwen pa gen bagay sa yo_ #6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Gason ka pafwa kondi fi a avèk bèt yo pou’l al travèse move pa yo, li gendwa rive mete’l nan mache epi’l tounen.

Participant pa idantifye: Gason nan ti bout katye sa, nou ka di ki pa ale men gen gason k’al nan mache.

Nou pa wè sa se anyen pou yon gason kanpe bò kot madanm li nan mache ap vann?

Piblik: Non-No

Participant pa idantifye: Yo menm yo pa wè sa, men gende lè se gason k’al eseye vann pou tèt yo wi. _piblik la ri_.

Patisipant pa idantifye: Mwen menm m’konn ap gade gason yo vann pou tèt yo, tankou mesye yè ki te kanpe kote’m nan, _yon patisipant mande: Sa’l t’ap vann la yon chay mango? _…yon chay mango.

_Plizyè moun nan asistans lan ap pale de dlo, yon mesye ofri Almathe dlo, Almathe reponn: nou poko nan dlo ou met kite yo la. Epi mesye a kontinye pale di ke gen moun ki plenyen di dlo a twò glase_.

Èske nou tout la gen timoun nou ki nan lekòl ki gen pwogram kantin skolè?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : M’genyen.

Konbyen timoun ou genyen nan lekòl ki gen kantin skolè #6?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Tifi sa a se youn ki te ladan. M’gen deu (2). Mwen gen twa (3, 2 sa yo nan lekòl vizyon kretyèn nan, aprè sa’m gen, youn ki nan lekòl prezbitè lakay pè a.

Ok dakò.

Patisipant pa idantifye: Mwen pitit pitit mwen yo ki ladann …

Patisipant pa idantifye: Mwen menm m’gen 2 ladann m’pa gen timoun piti ankò.

Patisipant pa idantifye: Pitit pitit mwen yo ki ladann.

Nou menm se pitit pitit nou ki ladann ?

Piblik : _Wi_, _ m’gen 2 pitit pitit ladan

_Plizye moun ap pale tou ba_. _

Èske nou konprann pwogram ? Kisa nou tande de li, Kijan nou konprann li?

Patisipant pa idantifye : Pou pwogwam nan.

Um-hm

Menm patisipant lan kontinye: M’poko tande anyen non.

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Pwogram nan eeeee DND te fè fòmasyon pou komite, kòman kòmsi pou moun yo jere manje a, paran yo sipoze patisipe entegralman. Yo reklame 25 goud pa semèn savledi 5 goud pa jou. Yo pa, yo pa pran’l kòmsi pa jou nan men paran an, 25 goud pa jou. Si moun nan tou genyen’l tou li bay 100 goud pou yon mwa, ke timoun nan peye ou ba’l manje, ke’l pa peye ou ba’l manje. Savledi fòk paran asime responsablite’l pou’l peye manje a paske se avèk sa paran bay la manje sa li kwit. Pase eee DND bay manje a, gen kèk bagay li pa bay. Savledi ti sa nou ranmase a, sa yo pa bay la e, gen kèk pafwa tou yo gendwa bay moun k’ap kwit manje a kòb la pou’l achte bout moso savon pou’l lave rad li, paske epa peye yo peye’l.

Ok. Se an rezime sa pwogram nan ye men youn nan bagay ki pi enteresan an, pwogram nan sèke yo bay timoun yo manje lokal. _# di: manje lokal_ Manje ki fèt nan peyi a. Sa mwen pral di la se komsi se yon posiblite li ap ye pou machann yo spesyalman, se sak fè se ak machann spesifikman mwen te mande pou’m pale, moun ki gen eksperyans nan fè komès. Ann di ke se yon bagay ki ede nou anpil, nou menm ki la paske menmsi se pa pitit nou, se pitit pitit nou ki nan lekol ki gen kantin, li bon pou nou paske nou pa nan leve fe manje pou yo.

_Kèk moun nan piblik la ap pale ansanm ak entevenant la nap di : _Wi nou pa nan fè manje bay timoun nan_, _wi_, depi’w ba yo yon pen a kafe yo ka rete.

Donk li se yon gwo èd pou nou. Kounya si yo ta vin di nou ke manje yo ap bay timoun yo kounya koute two chè, yo ta renmen ba yo lòt bagay ki koute mwens kòb nan lè kanti nan.

Kisa nou menm etan ke fanm nou t’ap pwopoze ?

Menmke nou ta konnen gen kèk bagay se pa nan kominote a ke yo ap achte yo ?

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan : Ebyen kòm lè nou pa konn ki kantite yo konn pote.

Wi nimewo 1.

#1: Evline Calixte ; Fi ; 69 lane ; 6 Piti t ; analfabèt ; Komèsan Nou pa konn ki kantite yo konn pote ki konsèy ou ta ba yo, ou ta di yo achte’l nan lokal yo, men nou pa konn ki kantite yo pot pou yo.

Ok !

Patisipant pa idantifye : Depi kòb la nan men’w ou ka achte bagay la, si yo bò’w si s’onw bagay ou t’ap ahte pou pou pou eeee, yo te konn achte pou 10 goud ou menm se pou’w redi menm 8 goud, menm 8 goud ou ka pran’l pou yo ba ou’l nan mache a.

Ann pran egzanp pwa ke yo bay timoun yo bò isit la _Yon patisipant di : Wi yo ba yo pwa_. Nou fè pwa bò isit la, men mpa kwè yo achte’l nan men nou.

Piblik: Non yo pa achte nan men nou.

#6: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ; Komèsan :

Mwen menm m’te genyeeen, m’pa konnen si e agwonòm ki te pase lè sa yo te we pwa a a te_yon patisipant di : Nan solèy ?_ te kòmanse pral pare yo ta pral mete flè, lè a mesye Fayèl le a t’ap fè kontak avèk mwen, li te di konsa le pwa prepare li t’ap, kòmsi mwen menm ki te gentan nan kontak avè’l la m’tap fò’w konn sa . M’tap fe’w konn sa pou’l te achte nan men nou, men a no jou m’pat janm te jwenn kontak li ankò. Savledi ke nou pa konn kijan yo achte’l si yo achte’l bon mache èske yo achte’l meyè mache. Savledi ke nou pa konn nan sans sa a, èske nou ka pote konsèy, èske nou pa ka pote konsèy?

Wi nou ka pote konsèy!

#6: Nazaire Yolande ; Fi ; 5Pitit ; Komèsan :

Konsèy mwen ka di aktyèlman la a pa bò isit, mamit pwa li vann 300 goud. Men gen moun ki pa bay li pou 300 goud. Moun nan mache kounye la li vann 300 goud _yon patisipant di: 300 goud li ye nan mache_ savledi ke se yo kap fè diferans, yo menm k’ap achte si yo achte’l 300 goud , si yo achte’l 325 se lè sa’m ta pral bay, bay konsèy pou’m di ebyen pou pwa achte’l bò isit a 300 goud. Lè sa chak 25 goud sa yo li ap nan enterè ni nou paran ni moun k’ap achte a. _Um-Hm_ y’ap achte plus. Si yo te konn achte pa egzanp diri a ,kòm bò isi a nou pa fè diri peyi se achte nou menm n’achte peyi a tou. Si yo Te konn achte’l 25 goud kote yo achte’l la, nou menm bò isit nou te vann li pou 20 goud ,mwen t’ap di achte’l bò isit, men nou pa konn kijan yo achte’l. Lè sa nou pa konn, nou pa konn kisa nou pral di nan sans sa a.

Patisipant pa idantifye: Se wè nou wè nou pa konnen.

Ok Se wè nou wè nou pa konnen, se pou sa jodi a nou vin pale avek nou, pou nou ede nou konprann e jwenn kèk ide nan men nou tou. Nou ta renmen ke nou menm, nou ede

nou jwenn ide si tankou la nou ta di manje nou ap fè kounya yo koute twop kob, nou bezwen fè manje ki koute meyè mache,kisa nou t’ap pwopoze ki meyè mache epi ki lokal, se kesyon an sa?.

Patisipant pa idantifye: Bagay lokal nou Te ka ba yo, nou ka ba yo patat, patap _Hm- Um_

Yon lot patisipant di: Yo konn ba yo patat deja.

_Plizyè lòt moun repete yo konn bay patat deja_

Patisipant pa idantifye: Yo konn bay patat, kawòt, berejèn, militon, chou ,yo bay tout bagay sa yo.

Ok yo bay tout bagay sa yo nan kantin nan, men nou genyen yo nan kominote a tou?

Patisipant pa idantifye: Nou pa gen nan mitan la a, men n’ap jwenn li nan anlè, baaay sa yo genyen yo anpil nan mache anlè a.

_Plizyè lòt moun t’ap pale ansanm ak patisipant lan_ Nan mache misòt?

Yon patisipant di: Hein hein

Patisipant pa idantifye: On bahay anko eee li bay yon avantaj tou wi, epi se mayi moulen depi timoun nan konn manje mayi, yo gandwa kwit mayi bay timoun nan

_Vwa lòt moun ap pale men pawòl yo pa soti klè_ Oh chak jou yon sèl manje y’ap ba yo? E kwè e chak jou y’ap ba yo on manje?

Yon patisipant reponn: _E chak jou ou fèt pou chanje on manje_

Patisipant avan an kontinye: Ou p’ap ba yo mayi a rant men se pou yo chanje li. Ou wè sa’m di a s’onw manje avan..li bay avantaj enben s’onw manje’k kenbe timoun nan. _yon lòt patisipan t’ap pale an menm tan men pawòl yo pat klè_.

A participant

Yon lòt patisipant di: fòk yo fè bouyon ba yo tou wi, mete bòy ladan.

Patisipant avan an di: Yo pa janm pa bwè bouyon.

Ok, banm poze nou kesyon an yon lòt fason. Si se te nou menm ki t’ap dirije pwogram sa kijan nou t’ap dirije’l? Nenpòt moun ka reponn.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Sa s’onw pyèj m’wè’l poze nou la wi, si se nou ki t’ap dirije’l…riiii

Wi, kòman ou t’ap dirije’l pou’w depanse mwens kòb?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Enben se janm di’w la si’w achte a 15, m’jwenn kote ki a 10 lè sa m’achte’l a s’on e kòmsi se dirije’m kòmanse dirijel la, m’gonw avantaj. Men lè’m al achte a12 m’jwenn kote’k banm a 10 a 8 lè sa m’vin jwenn avantaj. Men m’di’w byen anko nou pa konnen a ki pri, kijan yo achte kijan yo, si yo achte chè si yo achte mwen chè. Savledi savledi se gade’n gade n’wè, chak lendi apremidi yo pote manje bay nan lekòl yo. _Yon patisipant di: Wiii yo pote diri, pwa_.

Konbyen ou panse li koute pwogram nan, pou yo bay chak timoun sa yo yon asyèt manje?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Konbyen li ka koute pa jou, pwogram nan menm konbyen’l koute yo?

Wi pa jou konbyen kòb ou panse’l koute pwogram nan, pou yo bay chak timoun sa yo yon asyèt manje?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Bon kòm se nan men paran yo, yo reklame 5 goud si lekòl la genyen pa egzanp 100 timoun, savledi paran an li koute paran an 500 goud.

E pwogram nan li menm (oganizasyon an) konbyen’w panse’l koute’l?

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Pou pwogram nan konnye a l’ap koute X.

#6: Bertany Labady; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Wi.

Ok ann defini X li ap koute a, mete ou nan plas oganisasyon sa, si se ou k’ap dirije’l konbyen kòb ou panse l’ap koute’w, pou’w bay chak timoun sa yo yon asyet manje?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Pou’m ta depanse fò’m ta konnen ki tarif pwogram nan te konn bay. Konsidere ou menm etanke fanm ki konn fè manje ou pa konn fè manje ?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Wi m’konn fè manje pou mwen menm, pou mwen menm men savledi pou pwogram nan m’pa konn ki valè pwogram nan te gen nan bidyè’l li menm.

Ou pa menm bezwen panse a pwogram nan, mete se ou menm ki ap fè’l. Konbyen kòb ou panse w’ap bezwen pou’w bay chak timoun sa yo manje.

Pandan ke se an gwo ou ap toujou achte?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Bon kòm si se pa yon bagay ou pral kwit pou ti on sèl grenn timoun, pou’w ta di bon jodi a m’chwazi depanse 100 goud pou pitit la. Pou pi piti n’ap mete manje sa ant lwil, pwa tout bagay nou di chak timoun manje 50 goud pou jounen an, an wetan 5 goud paran daprè mwen menm.

Daprè ou menm?

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Wi. E ou menm madanm?

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : E bagay menm pawòl la.

Menm pawòl la 50 goud?

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Wi.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : 50 goud pou on timoun daprè mwen menm.

Èske daprè nou menm, nou panse li ap yon pwoblèm si yo ta bay timoun yo bagay dous pou yo manje nan lè kantin nan?

Piblik : _Manje dous_, _manje dous la p’ap trò bon pou timoun nan_, _ yo p’ap ba yo’l chak jou. Yo ka pa ba yo’l chak jou men gende fwa yo ba yo’l_, _manje dous la pa’p fe yo anyen_, _Yo ka ba yo’l maten_.

Si yo ta bay dous jodi, yo bay sèl demen èske se yon pwoblèm ?

_Plizyè patisipant ap di wi pandan entèvenant la ap pale_

Piblik : _Non sa pap yon pwoblèm li pap yon pwoblèm_, _timoun yo konn manje bagay dous lakay yo_, _yo sèvi ak dous yo konn fè labouyi dous pou yo lakay yo_.

M’pa konnen si nou gen kesyon nou ta renmen poze’m, mwen menm m’sanse prèske fini.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 : Mwen menm pou mwen menm, mwen menm pou mwen menm m’santi ke PAM voye’w vin poze nou

anpil kesyon. Parapò a nou menm ki machann, kisa n’fè oubyen n’pa fè . Kounya ki redevans PAM genyen avek tout kesyon sa yo li voye poze nou an. _Riiii_ Mwen menm m’santi PAM fouye vè nan vant, nan vant nou la sou komès nou, kounya’m vle konnen kisa PAM gen nan ide’l….?

Riiiii Nomalman PAM ap gade si gen posiblite pou kantin nan koute li mwens kòb, paske an reyalite li koute yo anpil kòb pou yo kenbe pwogram kantin skolè nan lekòl yo. Pwogram nan pa ta sipoze sèlman nan NIP, tout timoun nan tout peyi a ta dwe ka benefisye de pwogram sa a, men akoz pa gen ase fon li poko ka fèt konsa. Men si nou ta jwenn mwayen pou sa nan NIP la koute mwens kob, nou ta ka kontinye li nan lot zòn yo, jiskaske tout lekòl nan peyi a genyen li. Nou pale avèk nou kom machann paske se nou menm ki ka plis konnen ki kote nou ka jwenn pwodwi yo a pi meyè mache. E si n’ap achte nan zòn nan kisa nou ka achte.

Yon patisipant di : Wi m’konprann.

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Lavi a chè, bagay chè wi.

Yon lot patisipant di : Bagay chè andeyò vre, men lè’w achte andeyò avèk nan mache a li pa janm menm.

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Li pa janm menm. Bagay lajan’w nan men’w se nan mache’w prale.

pa idantifye: Mwen pral devan machann sa mwen mande’l bagay la, li pa banm li pou pri a m’retounen al nan chèz la. Lè’m al nan chèz la mwen retounen kase tèt dèyèl ankò,

m’al yon lòt kote, fò’m jwenn yo retire swa on 20 ou 25 kòb sou li pou mwen. Fo’w gen eksperyans lè w’al achte nan mache pou’w byen achte wi.

Ok.

Patisipant lan kontinye: Lè’w pa gen eksperyans moun nan pa gendwa di’w bagay la se 10 goud ebyen ou menm ou lonje’l 10 goud la ba li, ou pa fèt pou annèk lonje’l. Madanm ou bay li pou 7 goud? Ou bay li pou 6 ? Riiiiiii.

Fò’w bay pri.

Patisipant lan kontinye: Wi fo’w bay pri.

Pa gen asosiyason fanm bò isit la? Òganizasyon fanm? bagay sa yo.

Piblik: Genyen wi.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Yo vin telman on ti jan, yo kòm dekouraje yo pa jwenn ankourajman, petèt yo ta gen ankadreman kote pou fanm yo ta al prete ti kòb, jan n’ap di’w la ,se sa di al pran ponya lakay gwo bank _plizyè moun di: Wi_ Mwen menm nan nan sans sa a tou, janm wè PAM ap pale la a, m’panse l’ap di a m’panse e ankadreman li t’ap gen pou machann yo pou’l te di bon! menmsi e pa jodi, menmsi e pa demen li ,li g’onw vizyon pou moun ki pral al pran ponya kay SENKAMI kay FONKOZE li g’onw bahay konsa nan planl pou nou esa’m te panse.

Riii se pou sa ou te panse mwen vini? M’pa vini pou sa men li pa enposib, paske yon jou yo ka rive mete sa nan pwogram nan. Men pou kounya la sa ki pi enpotan pou PAM se ke tout timoun lekòl ka jwenn manje lekòl yo, e kòman pwogram sa a, ka vini yo mwens kòb pou yo jwenn mwayen fè plis bagay.

#6: Bertany Labady ; Fi; 5 Pitit ; 3zyèm ane ; Komès ; 43649430 :

Nou ta swete ke PAM fè sa pou manje a koute timoun yo mwens kòb, e pou’l ta ankadre machann yo tou _Se sa yo ta vle fè, ankadre machann yo_ paske gen plizyè lòt enstans la, menmlè…..rele machann vin prete. Gen kèk moun ki gendwa pè ko’l li pa vle siyen, gen moun ki pè ko’l ki pa al prete men gen anpil bank, lòt asosiyasyon k’ap fè machann yo siyen al nan biwo, vini vini vini. Savledi ke si PAM se PWOGRAM ALIMANTÈ MONDYAL li ye, si’l ta bay machann yo ankadreman tou, m’ret kwè se t’ap pliis… Ankadreman nan sans achte nan men machann nan zòn nan? Se t’ap yon lòt bèl bagay. Paske se pitit machann yo, fanmi yo ki ap manje menm pwodui sa yo.

_Plizyè moun t’ap di wi pandan entèvenant lan ta’p pale a_

Nou gen yon ti bagay la pou nou pou nou bwè wi, mwen konnen mwen fè nou pale anpil riii..

#5: Valancia Cheriban ; Fi ; 8Pitit ; Fondamantal ; Komèsan ; 43649430 : Nou pa pale Li merite ti riiiiiiiii.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #13: KILTIVATÈ (TAMARIN)

Dat fokis gwoup fèt 9 jiyè :
Dat transkripsyon wan kòmanse 23 e fini 4 :
Lis patisipan:
# 1- Otena luva Gason 67 ane 2 6eme ane elvaje kiltivatè okenn;
# 3 – Mariner obin Gason 50 ane 2 6eme ane pechè kiltivatè 4487 28 39;
# 4- Lorestan cejest Gason 40 ane 5 seconde 0 okenn kitivatè/elvaj 4791 60 11; # 5- Tony vilias Gason 37 ane 4 kitivatè okenn;
# 6- Louis kesner Gason 68 ane 0 kiltivatè 0 ;
# 7- Soubner, Balair Gason 40 ane 0 4e ane kiltivatè okenn;
# 8- Belgrade,chiatnel Gason 40 ane 3 filo pwofesè,kiltivatè 34469643;

Almathe: Wi a la fen mwen ap pran enfòmasyon nou, ok dakò kòm Serge te di nou silvouplè, lè nou poze yon kesyon. Eee di chif [Yon bri machin] ki nan men’w lan lè’w ap pale pou nou ka konnen poul ka kapte pou nou ka konnen kiyès kap pale.Dakò a la fen mwen menm, men avan nou ale map pran enfòmasyon ee pèsonèl pa nou, pou mwen ka genyen ok pou kòmanse map mande nou ki… ki, kalite jaden ke nou konn fè nou menm kiltivatè?Gen bri:

Almathe: eee

#- 4: Mwen menm se nimewo 4[Almathe] wi.

#- 4: Nou plante mayi, pitimi, manyòk, bannann, patat, Pwa, plizyè lòt ti bagay toujou, men lè nou… lontan lè nou konn plante nou Te jwenn rekòt, Men kounya lè nou plante se te nou preske pa jwenn rekòt [Lòt moun pale…] preske pa jwenn rekòt pase sitou pitimi.Pitimi, an nou te konn plante’l, nou konn konn jwenn rekòt menm bèt menm bèt nou li te konn bon pou bèt, nou men kounye a preske pèd devi de pitimi.Pase lè nou plantetel gen yon bagay yo lage kòmsi ki kaye tankou yon lwil, pèmèt pitimi an mouri nou pa jwenn anyen ni bèt pase lwil la vin fèl vin tou nwa, li vin kaye li kontonen li menm bèt pa ka manjel ankò eee tankou pwa, se li menm preske pa fwa nou jwenn, ti bagay ladanl men mal man.Pase tè yo kounya preske se bwa, yo preske vin pran se goumen nap goumen pou nou fè ti rekòt pase lèw travay se nou men travay avèk

prop ponyèt nou,pa jwenn moun ki pou ede nou, gen chari lòt kote yo jwenn charitè charitè,nou menm menm pou lajan nou presk e pa ka jwenn.[Piblik pale
annm] Bagay kon bò isi.

Almathe: Ok
Almathe: humm nimewo 6 ou te di yon bagay? [Gen anpil van]
#-6: Mwen menm nimewo 6

[Almathe: WI] Depim leve jwenn paran mwen se sa yo montrem se te kiltivatè yo metem, menm lekòl yo pat menm lèm te leve a men kiltivatè a, se toujou li menm ki. Te toujou kenbem juskaskem rive granmoun janm ye a men kounye a mwen kounye a mwen.Vin febli ladenl sak fèm diw mwen .Vin febli ladanl mwen kòm gen yon

dekourajman,sa di map Pete fyèl mwen travay la. [Gen yon moun ki touse] E mwen kòm pa wè pou kisa map redi travay, la nou pa gen arozay lapli a mal tonbe lèni men sak Te kenbe nou sou Tè a, ankò se Te pitimi, é kounya la se kounya la pou tap [Yon bri van…] Kare kò nou pou nap sekle tè pitimi, pou nou plante pitimi e kou kounya la tou nou menm, nou gen dwa gen yon bout tyenn pititmi yon kote lè lèm santi nou ta gen pwoblèm. Ou m’ta pran de mamit mwen pile mwen tap bat yon ti men pitimi mwen ta pwal vann mwen ta fè de pyas mwen pa jwenn kounya se kòmsi wap travay ou pa wè pou ki saw ap travay la nou pa gen èd se avèk mezi ti kòb pwa nou nap fè li sèlman [Gen bri machin e moto] tout sa nou fè a se lave men siye atè mwen’ wè bagay yo pi travay a dwòl pou nou kounya.

Almathe: Ok mesi bokou e. Nan Ki ane nou, nou rekòlte Epa ki ane non konbyen fwa pa ane nou rekòlte manje

#-6: Bon nou mèt diw

Almathe: Nimewo 6.

#-6: Nou mèt diw se yon sèl rekòl nou genyen pa ane nou travay nou kòmanse travay nou kòmanse sèkle mwa janvye fevriye pou mete atè mwad mas si nou jwenn si anka nou jwenn lapli a wi paske nou pa gen awozay .Si nou jwenn lapli a nan mas nou plante mas men si pa jwenn lapli nou plante lè nou jwenn li lapli a[Piblik le nou jwenn li… pale] Li ya mèt tonbe jous avril me se lè a jwenn selè a nou gen plantetasyon pa [gen bri yon moto] Nou lè gen plantetasyon wan si bondye fè lapli a kontinye nou ka rekòlte mwa janvye aprè sa, ankò se pou janvye ankò nou gen rekòt.

Almathe: Ok poum pou’m on ti Jan tout moun ka Patisipe wi on ti Jan elabore Nan sam AP eseye di a eske tout manje nou plante nan jaden yo rekòlte yon sel lè oswa chak, manje chak danre gen lè pa yo pou nou rekòlte yo?

#-6: Bon wi tankou mayi a mayi a pa gen pwoblèm li menm Almathe: ok
#-6: Mayi a ou ka plantel sou twa mwa ou ka rekòlte.

[Gen bri……………….]Pitimi yan mwen mèt diw ou plantel mwad [Piblik mwad me jen juyè…] Mwa de me jen jiyè ou plantel ou pwal rekòltel janvye koulya yon sèl rekòt la ou ka genyen nan mwa nan nan pitimi yan apre sa ou gen pitimi yap rele 14 syèk mwen tande ee pitimi se twa mwa li ye [Piblikme jen jiyè] E pitimi ou ka plante tankou siw plantel.Nan mwad òut 5 minit la kap vin la tankou septanb oktòb novanb. [Gen yon bri timoun …]

Piblik….li pare [Li pare e mwen] Li pare.

Almathe: Ok ou patap di yon bagay

#-6: Mwen menm.

Almathe: Numewo 5.[Gen yon bagay ki tonbe…] Ou pat anvi di yon bagay mwen wèw anvi di yon pawòl.

#-5: Riii non anbyen, sa ve di.Ee,sa papi sa di a se li menm mwen tap di tou pase. [Gen bri machin e moto] Lè nou travay nou paka [Bri moto ….] Pase nou pa jwènn lapli lè nou plante danre a mayi a manje pa jwènn lapli a lèl plante lènn vin jwènn lapli a li gentan pèdi [Moun kap pale anba] Kounya nou pa jwènn menm anyen menm pou ta mete nan tou. Aprè sa lèn gendwa lague nou pedil nèt pa nou pa jwènn anyen ladanl [Gen bri van..].

Almathe: ok dakò eee nou plante pitimi a pa pitimi eee mayi pwa manyòk [Piblik: manyòk patat] Manyòk patat nou plante tout bagay sa yo.

#-6: Bon kounya menm bwa manyòk preske pèdi nan men nou paka jwènn’ni mwen menm.

[Gen yon bri yon chèz]
Almathe: Ok dakò nou pa plante diri nou pa gen diri bò isit la oo wi nimewo 8? #-8: Mwen menmwen se nimewo 8
Almathe: WI

#-8: Eee sa nou plante nou plante diri nou te konn fè diri, lontan bò isit a pase gen papa’m ki se kilvatitè tou men misye mouri kounya te gen yon ti tè deyè ya ki se yon ma lè lapli tonbe li kenbe dlo men yo konn vire li yo plante diri ladanl, men yo kònn diri chak ane ladanl chak ane yo fon rekòt diri ladanl menm lè pitimi, diri a pare sil plante avan li.

Gentan bon avan pitimi bèt ki rele sara.[Piblik: zwazo ra] zwazo Sara a manjel menl fèt, poul bon menm lè avèk potimi yan.

[Gen anpil pale].
Almathe: ok.
Almathe: E tè sa nou plante yo, èske se tè pa nou yo, oswa se tè nou pran Nan fèm? #-6: bon nou pwan fèm.
Almathe: 6 wi.
#-6: Nou pran fèm nou pran asosye travay e gen kek moun ki ka gen tè pa yo tou. Almathe: Ee pou pran yon fèm tè konbyen. Sa ka koute’w konsa?

#-6: Konbyen sa ka koutew e selon tè a [Gen bri yon moto] yon fèm ka koutew 1000, konn gen tè tou ki ka 10,000 dola e gen yon tè ki koutew 1500 dola depan de tè a[Piblik: oui sa depan…depi tè a].

Almathe: Sèke gen, ou mèt vini konsa wi hummymm.
Piblik: avèk tou depi tè ya……si tè ka fè bannann li ka fè lot bagay aprè…

Almathe: Ok dakò ee se pou afè semans trete jaden yo kòman.Kote nou fè kote nou achte semans pou nou plante yo?

#-5: Bon nou menm nou pa sèvi avèk semans [Piblik…se tè cho yo ye ……] Tè pa nou yo se tè cho yo ye sa vle di nou paka sèvi avèk semans lan nou menm.

Almathe: E angrè nou pa sèvi ak angrè?

Wi map bay chak moun di on,on pawòl,Ki nimewo mwen genyen ankò? #-5: Nimewo 5
Almathe:wi ou mèt pale.

#-5: Nou paka sèvi avè yo vre non pase sak fè sa yo di kounya se kote ki frèt ki ka sèvi avèk angrè men tè pa nou wan cho mwen pa kònen si li ka bon pou nou menm nou pa sèvi avèk li.

Almathe: Ok wi nimewo nimewo 4 ou tap di yon bagay…

#-4: Wi ee nou gen angrè ki bon pou nou wi men sa ve di nou pagen bon agonòm ki ankadre nou vre pou nou kapab fè travay sa ve di son bagay ve di se prèkse se fòse nap fòse ou konprann se nou kap fòse, men nou pa gen moun ki pou ankadre nou sa ve di yo ankadre tout lòt moun pechè ankadre, tout lòt moun lòt moun ki ankadre men nou menm kiltivatè nou pa jwenn yon ankadreman vre nou ta fè men mwen mèt dou’w se oblije pase nou pa jwenn ankadre man ni ekonomikman,ni ee teknikman.

Almathe: Eknikman ok.

#-8: Konsènan, eee nimewo mwen se 8 ,konn semans la nou menm, nou pa jwenn on biwo agrikòl sanse, leta mete yon biwo disponib biwo agrikòl, jwenn semans lè nou bezwen plante se nou menm, se pwòp ti danre ke nou fè ladan ni nou retire yon
pati absòbe pou nou manje,nan kay la retire yon panti nou vann, retire yon pati pou nou kònve, lè lè nou bezwen plante pou nou plante, a di nap mande si tou avèk ee reskonsab PAM yo m’pa konnen mwen pa di pou yo fè men yo al mande pou nou 10 minit, ee kòmann nou te ka mete kanpe yon biwo agrikòl lè peyizan li men li sense bezwen on semans li gentan konnen ki kote poul ale, li pap pwomennen mache sa ka rive li gen dwa ka al ,nan mache a li achete on move on move plante li plantel. Li pa pouse men si se leta li menm ki ki mete yon biwo disponib ki gen plan, ladanl lap mete plan ki, ki bon lòw plantel li pouse nou bezwen sa e nou bezwen tou yon biwo tou lè menm pwal travay nou pagen ,ase resous ase mwayen nou ta prete nou,prete nou pou nou fon ti prè apre sa pou nal travay apre sa nap retounen danre sa yo nou fè a nan a biwo a selon kondisyon yo,yon pati dayè fòn nou’ toujou retire yon pati pou nou manje si nap travay fok nou manje, nou gen madenm nou gen timoun fòk kay la manje, nap retire yon pati pou biwo wa pou’l rekipere dèt nou gen anvè’l la epi yon pati pou nou

manje pou nou manje,lè sa nap ka’p mande pou leta o mwen ta pran [yon moun riii]Responsablite li,pou pou ta touché nou paske nou menm nou sanse izole nan zone nan,nou pa jwenn ankadreman e tande tande nou di nou gen agonònm,nou pa janm we yon grenn yo chita deyè bawo[ port au prince]Nou pa janm wè yo paske’m konenn yon agonònm se ta pou’l akonpanye peyizan yo sou tèrèn pou di men kòman pou nou plante,yon yon plant pase menm nou menm nou pa gen fòmasyon nou pakonn kòman pou’n plante,sa ka nou gen dwa ap fè fè jaden fè jaden fè jaden men nou pakonn kòman pou plante yon plant vre nou pa konn kòman pou nou plante yon pye banann,nou pa konn kòman pou mete yon grenn pitimi nan tè. Pase lè nou metel nou mete pa ponyen, pa fwa yo konn si telman tròp se rache nou konn. Ap rache ladan yo,lè trop yo pake pwofitel men si nou Te gen yon agonòm ki Te di nou men konbyen grenn pou nou mete lè sa plant lan tap devlepe pi rapide pi byen,lè sa li menm plant lan li tap devlope pi byen nap plante mayi lè nap plante mayi nap mete 4 ou 5 grenn nan yon twou.Si se agonome li ta di nou 4 swa trop men konbyn pou mete,men nou pa gen formasyon sa yo se di nou gen dwa fè tout yon anne nap travay,ti rekò sa’n fè pou’n manje Selman sou paka fè kob

[Piblik.Nou paka fè kòb].

Almathe: Ok dakò.Ok moun ka jou yon lòt bagay ankò? Bon Ee eske ki manje tè bò isit la pa tè genyen yo ki manje nou Eseye plante yo deja sa pa reyisi?

#-6: Enben

[Almathe: Nimewo enhen] Mwen menm se nimero 6 Lontan lè lapli te konn ap tonbe regilyè saw te met nan tè ya li te fèl men konnya draprè jan arozay la vin ye kounya lapli ya pa tonbe, nan lè poul ta tonbe nou soti se tè ki pa bon kounya, bon mwen menm pou mwen menm pigwo kilti nou genyen kounya ki te pi bon nou se pitimi, bon pitimi an vin detwi nan men nou daprè jan.. Bon mwen m’mèt dou’w fason pitimi an vin detwi, nan men nou an.M’wè se detwi yo detwil nan men nou. Pase se yon lwil ki tonbe sou pitimi an mwen’pat konn wè bagay yo e sou pitimi an malman pandan 2, 3 ane pavre.[piblik.hum hum 2,3 ane] Pandan 2,3 ane plante ou plante pitimi an lwil la tonbe sou li, tou nwa anpi genyon pichon tou blanch.Ki kaye sou pitimi an anpi,pitimi vin tou nwa menm bèt pa ka manje pay la,ou plantel pandan 2,3 ane la nou wè nou pa ka fèl jiskaske plante detwi nan men nou nèt plante sa nou pèdil nou pa reyisil ankò ditou ditou.

Almathe: Lè sa rive èske se tout jaden an nèt ki gate oswa se mwatye nan jaden an? [Piblik: reponn tout jaden an nèt].

#-6:Tout jaden an anjeneral bon mezi inivè peyi a la pitimi an pèdi nèt pèdi nèt mwen,fè rechèch tout .Kote pou’m wè sim ta jwenn ak plan mwen pa ka jwenn.

Almathe… wi te gen yon ratman ou konnen malta tout bagay say o se avek pitimi yan yo fè yo byè te vinn rive yon lè, tout bagay say o te rate sou mache a vrèman. [Anpil bri machin]

#-6: Men kòmsi defisi peyi a se yon bagay kòm se agronòm nou ye mwen,ta renmen konnen si se. Nan pèp li soti oswa si se bondye.

Almathe: M’pa agwonòm, riiiii se pa agwonòm mwen ye non papi. Piblik: komsi se yon epidemi.
#-6: E sam ta renmen konenn?
Piblik: èske se yon epidemi kanmèm’se yon epidemi?

#-6: Esa mwen ta renmen konnen

Serge: Men esi se nan tout zòn,sa nèt ou byen nou konnen [Almathe se teritwa dayiti a] Se nan teritwa dayiti a?

#-6: Bon nou pa konn pou lòt kote men mezi [pou…b…]

#-5:E mwen em’tap tande nan nouvèl tou yo dim gran nò tou, nan nò tou gen anpil pitimi kipèdimenmjanouwèpanouyopedibòisia,eyodimenmbètpatkamanje pay la bèt manje pay la li mouri,alò m’pa konnen men nou menm zòn bò 15 minit isi a se on epidemic se pichon on seri ti bèt blanch ou wè yap pase lè ya menm sou lari a la oukonnwèapaseepi sououlèpozesououyogenyonpinèzgra.Yokitesoupo’wsave di nan moman sa ou pa fouti pase anba jaden an ou wè jaden an ret konsa se brile.

Almathe: Ok dakò mesi. Kounya nou nou pale sou difikilte jaden yo genyen kounye a kò nou anvi pale, ee sou pwogram kantin ke ki genyen. Nan kominote a oswa nan preske tout depateman eske nou kon tande pale de kantinn eskolè nan tout depatman nèt èske

nou konn tande pale de afè kantin eskolè a èskew gen timoun ki ap patisipe nan lekòl ki jwenn manje gratis?

#-8: Mwen se numewo 8.
Almathe: Hum. Ebyen dakò men si kounya pale sou jaden epi difikilte hum.

#-8: Wi mwen konn tande pale de kantin eskolè a tou e gen timoun tou lekòl ki benefisye de pwogram nan tou.

Almathe: konbyen timoun ou genyen tou ki benefisye ki benefisye ladanl pèsonèlman pitit paw?

#-8: Mwen gen 3 timoun pèsonèlman ki se pititki pam ki benefisye de pwogram nan. Almathe: dakò nimewo 7 eskew gen timoun?
#-7: Non.
Almathe: Ou pa gen timoun ki,nan kantinn. Ok wi

[Gen bri …….].
#-7: Mwen gen 4 timoun.
Almathe: tou lè 4 nan kantinn?
#-7:wi
Almathe: Ok dakò e ou menm papi nimewo… 6?
#-6: Ou m’pa genyen menm
Almathe: Ou pa gen menm menm pitit an pitit ou pa gen ladanl? Piblik: riiiii Almathe: ok.Dakò.
[Bri moto ………].

#-5: Nimewo 5 mwen gen 4.
Almathe: tou lè 4 yo yo pwogram nan? #-5:wi
Almathe: Ok ou menm?
#3: Mwen gen 2.
Almathe: Ou gen 2 ki nimewo w . Piblik ki nimewo w……………………… #3: Nimewo 3

Almathe: Nimewo 3 ok dakò ide kantin eskolè a sèke pou yo bay timoun yo manje manje ki lokal sa ve di ke manje ki fèt nan peyi a nan komite a nan zòn. Daprè nou menm ki manje ke yo ta sipoze bay timoun yo ki reprezante manje ke nou menm kiltivatè ke nou fè nan jaden pa nou?

#-8: Bon mwen se nimewo 8 manje yo ta dwe bay timoun yo gen diri janm te diw la fèl tou.nan komine menm lè pa zòn la men nou fèl pi ba nou fèl nou fè yanm e mwen wè yo bay yo tou nan kantine eskolè patat yo tou.Epi pitimi tou kòm pitimi on ti jan detwi kounya nou pa gen pitimi kounyan men lontan yo konn bay pitimi an kantine eskolè yo.

Almathe: ok.Dakò mesi pa gen yon lot moun ki tap di yon bagay ankò manje lokal ke yo ta dwe bay timoun?

# -4: Sos eee mwen se nimewo 4 sof sa Bali se manyòk manyòk Almathe: hum.
[Gen bri moto…].

Almathe: Manyòk dakò mwen gen yon lòt kesyon mwen ap tounen sou li avè jaden avè eeee ki.Kote nou vann manje lè nou lè gen danre yo lè nou fè rekòltet ki nou vann yo kiyès ki al vann yo pou nou?

#-8: Mwen mwen se nimewo 8 danre yo lè yo nonlman ou konen lè nou nan kay gen onpanye avèk eee yon moun sa di nou gen madanm lè nou fèl nan jaden konsa,sa vle
di semadenm nanekipwanyokialesoumacheavèyoepikalvannyokalvannyosou mache.

Almathe: Ok dakò.

#-4: Mwen se nimewo 4 danre yo lè yo pa fwa nou konn gentan, dwe yo pase lèw pa gen nan menw pou travay, se men yon moun ki genyen pou al pran ti kòb la, lè konn ou pa menm konn siw ap fè rekòt la ou konn gentan pran kòb ni pitimi an, ni mayi a nenpòt sal ye a ou preske pa jwenn, manje plis kew gentan dwel fòk ou bay li a on pri neyab.

Almathe: Ok dakò eske lè nou vann yo nou vann yo pa mamit oswa angwo ou pa ekzanp gen yon madan sa ra ki vini ki vin achte tout bagay la angwo nan men nou oswa se mache madanm nou ale li chita li vann li pa mamit kòman sa fèt?

#-8: Mwen se nimewo 8. Almathe: Nou ka patisipe tou wi.

#-8: Nòmalman lè machann menm lè on machann vin achetel angwo, men se toujou pa mamit nou mezirel vann ni, nan ni se pa mamit mezirel, tan mamit bon dabitid lontan granmoun lontan te konn itilize barik, yo di se 40 mamit ki fon barik depiw rive 40 mamit ou di a mwen’fon yon barik si se mayi an tou ou di a mwen fon barik mayi si se pitimi ou diw fon barik, pitimi se mamit kanmèm se mezirew mezirel nan mamit.

Almathe: ok, ok dakò.Ee nou pa nou pa nan asosiyasyon? #-8: Wi nou fè pati de yon asosiyasyon.
Almathe: Asosiyasyon sa kisa nou fè?

#-8: Bon asosiyasyon se yon asosiyasyon plantetè kel ye, ee pliske se yon asosiyasyon plantè nou travay janw wè, nou travay domèn agrikilti sekle pèmèt nou reyini tou 20 minit, chak mwa nou travèse ide nou wè kòman ka chanje lavi plantetè yo, menm lè nou paka ateri sèl men avèk, e enstans konsène yo esak nap chèche e eke mwen tou swete

PAM byen veni tou plis ke yo mande plantetè e nou son òganizasyon plantetè pou. O mwen demèn nou ka rive pi lwen.

Almathe: Ok, so lòw di nou son òganizasyon plnatè ve di òganizasyon ok ou gen papye okew Chita Kew anrejistre wale nan lameri ke anrejistre gen pye oswa se kèk grenn kiltivatèki chita ki mete tèt nou ansanm pou len ede lòt anvanse ke nou rele tèt on òganizasyon kòman sa fèt

#-8: Non nou, poko ee anrejistre paske nou ankou la sa di se papye nap prepare la apre sa pou nale nan lamèri epi aprè nou sot nan lamèri pou nale nan ministè afè sosyal men nou an preparasyon la nap travay sou sa.
Almathe: Ok èske nou gen lòt òganizasyon,òganizasyon ka ede nou,ka ede jwenn zouti,kap ede nou jwenn kredi,k ee pa ekzanp asosiyasyon ok yo konn pran tou pan tout rekòt nou yo tout danre nou yo mete yo ansanm vann yo angwo pou tout moun?

[Patisipan..]
Almathe: M’pa vle pozew tout kesyon an non tout moun ka reponn?

#-4: Mwen se nimewo 4, se jan nou dou’w la lè nou fè danre a nou menm ti malere li preskepa itil nou anyen se gran don an ki gentan klanpse ou konprann pliske li te, envesti ti kòb la nan nou menm nou ba lil jonw dil la èske nou vann pa mamit ou di mwens angro eben se gran don an ki gen lwa poul vann angwo plis ke nou menm nou gen tan pou nou gen. 10, 15 mamit pou nal vann angwo se grand don an ki vann li angwo.

#-6: Mwen menm se numewo 6 tout bagay mwen te konn fè nou konn fè yo vèbal se kounya nou vin fòme on ti òganizasyon dekwa pou nou ta konn kijan nap dirije bagay yo pa bliye se mesye sezaline ki te fè nou wè ide a fòme on ti gwoup. Nou fon tèt ansanm dekwa pou nou kapab miltipliye ansanm pou nou kapab òganize nou.

Almathe: ok dakò wi mesye sedaline

#-: 8 Se sa mwen te sanse jèn lèm gade kominote a e gen òganizasyon pechè ap fonksyone.E genyon lòt òganizasyon a karaktè sosyal a fonksyone epi m’wè e plantè yo se sanse se yon menm kap travay ba yo manje,bay voye manje lavil bay gwo senatè,prezidan menm manje anpi m’wè yo pa ankadre yo bon dayè mwen te jou pran

inisyativ la mwen jwenn kèk moun mwen pataje ide a yo dim se yon bon ide nou
monte yon òganizasyon, nou monte yon òganizasyon esak fè chak premye nou fè yon ti chita nou fon bwase ide mwen nou mèt di son joune rekreyativ pou nou paske nou, nou endjòy nou ansanm, nou pale de agrikilti kòman nap chanje bagay yo nou bwase ide nou pa ki jou wa pase inèsi paske premye me nou di se fèt agrikilti de travay li ye paske nou nan domèn nou pa kite jou wa pase se bi sa fè ki fè nou regroupe nou ansanm. Kounya nou prepasyon papye la fòk nou legalize nou pou leta konnen nou apre sa lè leta fin konnen, nou. Nap ka met ansèy nou deyò se kak fè nou pa mete ansèy deyò paske nou gendwa metel la enpi lameri vinil ban nou pwoblèm. Paske nou pata vle nan pwoblèm a lajistis pase nenpòt moun te ka di nou poko ka mete ansèy.Deyò men tout papye, nou kòmanse ap travay sou yo nou rete pou’nale Nan lameri apre sa pou nou legalize pou nou bouje se sak nou pa mete ansèy deyò, deyò men nap travay sou sa.

Almathe: ok dakò mèsi, kòm kiltivatè èskew ou panse ke yon pwogram konsa pou amelyore, pa ekzanp pwoblèm ki genyen nan pwogram pou le moman ke pwogram nan koute twòp kòb. Li koute twòp kòb pou yo bay timoun yo manje ap chèche yon fason kote pou yo ka bay plis timoun manje men pou koute yo mwens kòb. Sa vle di ke kounya ki kote yo al achete manje a ale sou mache yo ka ale sou mache fon dè nèg. Sou mache pou yo achete manje yo, èske kòm plantetè, èske kisa ke PAM.. Ou jaden….te ka fè pou yo achete manje sa yo lokal epi pou ka koute yo mwens kòb. Pou yo ka bay plis timoun manje, ki konsèy nou menm kòm plantetè ke nou tap pote pou yo?

Almathe: wi 4

#-4: Mwen se nimewo 4, Premye man, nou ta bezwen yon ponp dezyèm man, nou ta bezwen yon traktè disponib, pou nou kapab travay.

Almathe: Ok kounyea ou bezwen yon ponp pou travay la tè, saw tap fè kisaw tap bay PAM kisaw tap bay pwogram nan?

#-4: Bon ee nou menm di sa nou ta bezwen kounya la se pwogram ki pwal di..

Almathe: Kisaw ap ofri pwogram siw di pou yo bòw sa ou menm kisaw ap ofri pwogram nan?

#-4: Ebyen nan rekòt nou, pwal pataje sa nou fè avèk PAM,pou rekonpansel.

Almathe: Ok dakò.

#-5: Wi sa mesye a di 25 minite li bon pase nou menm sa ki fè nou manke fè danre se paske nou gen seri strikti ke nou pa genyen pa ekzanp chak ane nou rete la se lè lapli tonbe pou nou fon ti rekòt depi lapli ta fè tout ane a li pa tonbe nap fè tout on ane tou nou pa plante,men si nou te gen ee systèm awozaj soupis sa di nou patap tann se lè lapli tonbe nou tap toujou gen danre e esi PAM tou ta fasilitew jwenn mwayen sa yo jan mesye a sot dil la eee chari pou vire tè yo nou epi on biwo agrikòl nou ta pou jwenn semans lè nou bezwen plante avèk sistèm awozaj ki se ponp lè sa non selman nou menm nou tap jwenn on ti adekwa pou nou ede fanfmiy,nou plis tèt nou men tap ede PAM tou eee avanse.

Almathe: Ok dakò mèsi.Eee hanm, m’vle tounen sou afè, ok pagen moun ki tap ajoute yon lòt bagay ankò? Tout pawòl di li enpòtan, mwen konnen nimewo 5 wap di yon bagay nimewo 5, Vin pi prèm m anvi tandow wi.

#-4: Riii wi bon mwen menm mwen wè yon moun nan afè plante a sike gen yon ponp vrèman li tap pi bon pou nou pase lèl lapli pa tonbe nou pa jwenn dlo pou yo leve tout bagay nèt …

Almathe: Ok…[Bri machine] eske se menm bagay riiii Ki fwi nou genyen, ki fwi nou, plante bò isi a, ki fwi nou genyen?

Patisipan: Nou konn plante banann gen bann, genyen manyòk. Almathe: Fwi,fwi enhin.

#-3: Mwen se nimewo 3,nou gen mango nou genyen kacheman,nou gen kowosòl tou kèlke kowozòl anviwonman fin ale nan men nou preske pa gen,kowosòl men mango ee m’garantouw peyizan son bagay li renmen anpil tank tank li pwale se nou plantel tou malgre,nou pa konn pa de rasine yo pote ale men toujou kontinye plante yo.

Almathe: Ok dakò mèsi, ee ki manje nou genyen ee ki manje ke nou fè nan zònn bò isit la depim rive sou mache map jwenn li, nenpòt lèm vini an?

Mwen toujou Dou’w anviwon man ale nan men nou men mwen toujou genyen kèlke nou genyen yanm.

Almathe: Sa ve di ke depim’rive nan mache ki, kote mache nou ye mache ti rivyè la?

Piblik:Wi mache ti rivyè…
wi Almathe: Ki manje ke nou konnen ke nou genyen depim rive nan mache a nenpòt jou, nenpòt lè mal mache a m jwenn bagay. Ke plante bò isit la?

#-3: Preske ee nou menm plante pa nou yo se pa ane yo parèt gen pitimi se ane, ou konprann mayi se ane men gon konte yo rele sizyèm ki plante tandan mezi lap bagay yo toujou genyen yo gen Chou, yo gen patat, yo genyen yanm menm nou menm se yo ki menm ban noul.

Almathe: Ok ou mèt pale oui.

#-3: Wè gen manyòk menm nou menm se yo menm ki ban noul, men lè kilti pa nou wan anplèn nouriti nou genyen yanm,nan se pa ane nou toujou genyen yo è nou genyen manyòk,nou preske pa genyen yo ankò tou

[Almathe:Wi.]

#-4: Mwen menm se nimewo 4, manje wap jwenn sou mache a nenpòt lè wale wap jwenn bann, yanm, patat sa yo ou paka pa jwenn yo.

Almathe: Ou paka pa jwenn yo nenpòt lè?[Gen bri yon machinn] Ok, ok pa gen moun ki tap di yon lòt bagay ankò?

#-8: Mwen se nimewo 8, Manje wap jwenn, nenpòt lèw wale sou mache a se bann kèlkeswa lè wale a wap jwenn li.

Almathe: Ok dakò, map on tijan ee tounen ankò sou afè, sou a jaden nou nou dim konsa se madanm nou ki vann pou nou pavre [piblik wi wi…] èske tout moun la yo pa konn al nan mache al vann,nan eee danre yo, pou kisa se madanm ou ou pa ka al vann ou menm siw jwenn al vann nan ou pap vann?

#-3: Bon se li menm 30 minit.
Almathe: nimewo 3 en hen hum ou mèt pale wi nimewo 3.

#-3:Sa se madanm mwen hum ki gen tan bon li menm li pa nan travay nou menm nou toujou nan travay pa fwa gen konbit kap travay pou nou se menm ki pou wal reprezante yo ou konprann tout ti vire pase si nou pa nan tout ti vire nou mèt di lekòl timoun yo pap peye nenpòt kijan se nou menm ki bat dlo wa poul fè bè konprann.

Almathe: Sa vle di se madanm ou ki pou.
#-3: Se li menm ki èd ki vire men Ni ki vini a ti lamanjay tou pou pote vini. Almathe: Wi.

#-6:Lè yon nèg posede madanm li se pou’l kapab edel tout nan tout saw tout saw ap fè tou siw paka gen madanm nan ou fin redi fè jaden an ou fin travay se wou ki pou wal vann danre a ankò.

Almathe: Ok

#-6: Èskew, ou wèl posib e dam nan ki dwe al mezire ou dwe travay bay dam al vann.[gen yon moun ki riii]

Almathe: Ok kounya an nou di nou mete tèt nou ansanm, nou ta fè yon gwoup kiltivatè kounya ke yo di konsa gon entitisyon ki di lap vin achete manje nan men nou kiyès kap anchaj. Pou vann manje a èske se madanm kap anchaj pou van manje a oswa èske se nou menm gason kap vann manje yo?

#-6:Nap toujou gon danm ki pou an tèt ki pou pran responblil poul vann manje a.

#-8: Mwen se nimewo 8 [Almathe: Wi] Pliske nou regoupe nou, an asosiyasyon oubyen an òganisyon ou byen an regouman jan nou dil la.

Almathe: Men se gason mwen wè la mwen pa wè fanm tou non [piblik .wi Non men se envitasyon nou te resevwa [# 6…] Non invitasyon ke mwen menm mwen resevwa yo te di nou pap bezwen fi se sak fè [Almathe, nou tap chèche kiltivatè, nou tap chèche hum]Se sa mwen te resevwa paske m’mande èskem’mèt eee vini avèk medam yo dim non se gason se sak fè se gason nou jenn la si se pa sa nou tap jwenn plizyè gason la òganizasion gen plizè fi la denl tou [cerge.kiltivatè]

Almathe: Kiltivatè fanm.

#-8: Ebyen se sam di’w wi se sam resvwa mwen sak fè nou wè se gason ki la e sa ka rive li menm li vin la se pa bon li gen dwa vin la li tande reyini la nou pliskel konen òganizasyon on pa pwal fè yon reyinyon, alestrawòdinè. Lè gen on bagay kònsa li dwa konnenl vini men si souvan envitasyon souvan koutfil mwen te resevwa yo di se gason se sak fèw wè se gason ke nou jwenn la .

Almathe: Non sa pa anyen non [Serge: Wi li pa anyen ou ou petèt aprè sa na gen yon ide de sa konbyen,ki kanti de fi ki genyen[wi nap poze kesyon sou sa].

#-8: Tankou jonw sot di a ou di si nou ta gen yon enstans puske nou gwoupe nou an asosiyasyon, ki ta vle achete danre men nou kòman nap òganize nou pou vann ni [bri machine] bon pis ke se yon òrganizasyon ke nou ye nou nou, sanseee gen antèt nap antre nou,ka dezinye de ou 2ou 3 moun pou vann pa fin pa foseman se fi,pase gason ka vann tou gason konn mezire ,gason ka vann tou menm mwen ka mezirepou vann menm misye ka mezire tou ,tout moun ka mezire.

Almathe: Ok sa ve di ke sa map chèche konnen mwen menm si non si ke se endividwèl wap bay yon fanm vann.Ni men si tèt nou ansanm gason ka vann fanm ka vann.

#-8: wi
Almathe: En byen sa ve di ke siw pou kont ou ou ka al vann tou?

#-8: Non enben gen gason kal vann tou alò ka gen pa fwa gen kèk gren nèg la ka wont di si yo konn al vann mwen m’poko al vann men gen nèg kal vann wi.

Almathe: En pou kisa ou poko al vann?
#-8: Gennègkalvannyogendwapavlediwpaskeyowèlasefiwyeyopayopavle.

Almathe: ,Sa Ma’p eseye konprann sèke si ke ou pou kont ou,ou dakò pou yon fi al vann men siw gwoupe tèt ansanm ou di gason ka vann,pou kisa ke lòw pou kont ou ou pa ka al vann,ou gwoup ou padi konsa ke nou gen fanm,nan asosiyasyon an se fanm sèlman kap vann nou menm gason nap travay,pou kisa pat ki ke lòw an gwoup ou di gason ka fèl lòw pou kont ou di se fanm ou bay fèl?

#-8: Non nou pa nou di fanm, nan li menm piske se li menm ki sanse gen plis tan pase nou,menm toujou nan ativite nap nap,bouske sa ka rive fèl gen dwa al fè poul nou,men sil pata gentan nou ka ale tou wi .

Almathe: Souw asosiyasyon a fanm nan gen plis tan ou ka bay fanm vann pou,ou?

#-: 8 Enben se sam tap Douw la piske se yon asosiyasyon nap monte on [yon tel sone] Nwayo pou ki vann li gen dwa fi ki gen gason la danl tou.

Almathe: ok dakò pa gen pwoblèm 35minit, [Serge: mwen wè nimewo 7 pa fè anyen] nimewo 7 pa pale menm.

[piblik.ou pa di anyen.Serge ou pa di anyen.patisipan ou konn alvann bè,f riiiii ay tankou bèf la vre pa bay,cerge non sa nou riiiiii kònen gason se nou ki pou desann.patisipan wi wi wi]

Almathe: Ok si ta gen yon lekòl ki vle achete eee manje nan men nou pou yo kwit bay timoun yo ee èske sa se son bagay ki tap entèrese nou pou te ka patisipe ladan?

Piblik: li tap enterese,li tap bon.
Almathe: Pou ki sa non mwen toujou bezwen konn pou ki sa tap bon?

#-:8 Paske manje lekòl la achte nan men nou na se ankò timoun yo ki pwal konsomel yo lap ankò mye paske nap fyè tou deske se pwodwi lakay nou anpi se menm ankò nou menm ki konsome nou pa konsome sitoulòt pwodwi ki soti a lexteryè ki pa gen okenn pwod chimik landanl.[gen yon moun touse]

Almathe: Dakò, ou tap di yon lòt bagay. pa gen moun ki tap ajou yon lòt bagay sou kesyonm poze ya.iw jwenn yon lekòl, si gen yon lekòl k achte manje monw okw pap asepte vann Ni manje epou kisa?

#-6: A wi li ta bon si lekòl la achte m’konnen timoun mwen yo tap jwenn manje lè sa lap pi bon pou mwen.

Almathe: Ok konman?

#-6: Mwen menm m dakò sise yon pwojè kap achete manje nan men nou bay èd nan lekòl m’kwè èd la se pou nou li ye fòn nou ta toujou renmen vann avèk moun sa menm e vann avèk moun li nan yon meyè pri, menm nou konnen èd la se pou nou li ye.

Almathe: Ok dakò ee kounya an nou di ke lekòl la dakò yo pou yo achte manje
nan men nou ki janw tap, prefere pou bay manje sa èskew tap, prefere pou ke ou menm ou pot manje a bay lekòl la o li nese se lekòl la ki vin pwan manje a nan jaden ou?

#-1:6 Non lekòl la pap vin pwanl, lekòl ap òganize lap fòme on biwo nan zòn, lokalite a pote manje a al vann Ni nan biwo sa.

Almathe: Ok dakò, pa gen moun ki tap di yon lòt bagay ankò?

#-8: Bon mwen se nimewo 8 ee[patisipan eske se tout kalite manje osinon pwa mayi pitimi eske tout kalite manje ladanl.

Almathe: Manje, Ki manje lokal depi se manje lokal timoun ka manjel tout moun ka manjel se li se sa nap cheche.

#-1: On bagay mwen Mande ankò, èke se menm kap dirije kouray senp obyen èske nap jwenn èd nou pou ka gen plis manje èske nap jwen èd. Ede nou posede ou byen eske se kouyay pa nou..?

Almathe:Ok pou mwen bòw repons sa nap chèche kounia a sèke yo di yo pap bòw èd men ou fè manje nan jadenw ke ap achte manje a nan menw.

#-1: E yo pap bòw èd?

Almathe: Wi men ou fè ou travay se pa vre men ou travay nan jadenw se pa vre ou travay jadenw, ok.

#1 Ou travay men souw gen èd ou ka fè plis.[Almathe: Wi Mwen konpran sòw di a].

#-1:Lè 3 moun ap travay yon kote ambyen m’wè yon kote 10 moun ap travay li travay li fè plis [hum wi mwen konprann saw di a] E pafwa gen moun ki kab pran ki travay ak ti kouray li,li pa gen ase mwaye poul vann anpil[hum]gon moun kapte jounenl poul fè jadenl gen moun mezi kouraj lil ka travay ……… ekzamine tou….pa ekzanp gen moun ki

gen dwa travay li pa gen ase mwayen poul vann e mezi pou resposablite lakay men souw gen èd il fò kew ka bay patisipasyonw yo ede fò’w ede yo tou.

Almathe: Ebyen dakò mesi map,baw yon nimewo ou se nimewo 1 pase sa pou mwen,dakò bon map,pozew kesyon tou kòm ou [# 1: wi map tandew madam, piblik la riii]dapè ou menm eskew panse ke li tap pi bon yo ta me plizyè plantetè, kiltivatè ansanm,non mwen poko feni non yo ta mete plizyè kiltivatè ansanm pou yo achete nan men yo eswòw panse ke se yon bagay yo ka endividwèl man yo ka pase kay chak moun yo achte nan menw?

#-1:Non li paka fèl konsa e ap gen yon depo pou yo vann moun nan [bri moto…] Moun reskònsab poul achte a, ap gen kote poul avann li lap kònnen ki jou moun nana p vini poul vin achetel, lap vann li men yo pap ka al vann grenn pa grenn, ap gen yon jou pou

sa ou paka vini ou paka vin achtel, o mwens sil iap mete yon moun achtel pou li…..

Almathe: Ok dakò mèsi, pa gen moun kap ajoute yon lòt bagay tou? 40minit

#-1:Sam di a souw pa ajoutel dim non li pa bon…

Almathe: O non mwen menm,non non sa va madam non sa va madam,non sa va madam li bon wi pa gen pwoblem.[Piblik: Pale ansanm].

Almathe: Non sa va madam sa li di ya li bon wi pa gen pwoblèm….sòw di a bon papi, sa nap fè la nou menm se chèche nap chèche konnen dakò chèche konnen sè ke gon pwogram, mwen pa kònen, ou te on ti Jan vini anreta, gen yon pwogram kantin eskolè PAM, gen nan zòn yo ou ka konen gen plizyè lekòl kap bay timoun manje. [Piblik: hum, hum. A]

Almathe: Dakò e sa nap eseye sa yo bezwen konen, yo a eseye konnen ki posiblite ki genyen olye pou achte de yo achte nan men kiltivatè plantè, ki ki ki nan ki nan zònn nan sa kap pi bon èske lap pote pwogram nan mwens kòb si yo te ka achte nan men moun ki tou prè lekòl yo. Mwens kòb, si yo ka achte nan men moun ki tou prè lekòl yo.

#-1:Wi e pou pwograme, pou gen manje se fòw travay anpil … Almathe: hum, hum.

#-1: Pwogram gen manje fòk gen travay anpil, jaden an gen moun ka swenl, poul pa soufri nan raje pa fwa gen moun ki konn pran, yon jaden kouraj li konn vin fèb nan rout, Jan poul ta donen li pa donen konsa, ti kouraje li menm sèl men sil gen yon monen, menl poul achte jounen jaden yan pa ka pèdi.

Almathe: Ok. Dakò pa gen pwoblem merci kounya eee pou moun ki konn afè kantinn eskolè yo map poze nou kesyon sa eee ki mwayen draprè nou menm nou panse ke li tap pi bon,pou ti moun yo ta jwenn manje men ak yon pri yon pri ki ba?

Almathe: Nimewo 4
#-1: Achete nan yon pri ki ba
Almathe: achte ak yon pri ki ba ki, ki fason sa ka fèt? #-1:Wi men dan la men youn Ede lòt [Gen bri moto vann….]

Si moun, jwen èd li fè te jaden li pat Mande si mamit diri ya vann, e 15 dola pou vann li 15 dola tou se poul vann yon meyè daprè moun ka, achtel paskew sonje yo edew… men si yo pat edew, men yo pat edew mamit pitimi yan vann 15 dola, se wou kite plede redi ou vann ti kabrit ou jaden yan ou sonje gentan konen ou depans il fo ke ou antre depans ou te fè a, sil 15 dola lap toujou rete 15 dola,men si yon moun edew, fok ou konen
moun nan te edew lè moun nan vin bò kote’w fòk ou edel tou men si ou pat gen èd men si pat gen èd se mwen kap redi pou kònt mwen, e mpou’m Sonje mwen vann ti kabrit mwen,pou’m te ka sove ti jaden an

#-1: fòm wè sim pa pèdi kabrit la sil pa bon tout yon moun ka di mwen pa fache, lè moun korije Kaye mwen ee.siw pè yo korijew ou pap konn li

Almathe: Mwen m’pa gen pwoblem avèw.
#-1:Siw pè yo korije kaje kayew ou pap konn li.
Almathe: ok mesi nimewo 1, Ok pa gen lot moun ki vle di yon bagay ankò nimewo 8. # 8: Wi
Almathe: Se pwofesè lekòl ou ye pa vre lekòl ou ye nan lekòl ou ye yo pa bay kantinn?

# 8: Mwen se nimewo 8 ee.meyè fason sitou pou nou ta achte manje a pi ba mache se jan kenn te di talè a, fòk PAM li menm li ta, antre an èd soutou avèk kiltavatè a,sè a di ede nou menm jwen kèk mwayen,pou nou,nou plante on biwo agrikòl, lèm bezwen sa nou, gendwa al pwan ou byen ou swa prete.Ou byen jan yo ye a ba noul nal plante apre sa nou menm a di nou men on kantite pou nou retounen. Nan biwo a nou pa gen pwoblèm ou byen ba nou semans la epi nal plantetel yap takse nou enpi yo di nou ak ki pri yo menm ap vin pwanl nan menw. Bon se sèl fason sa m’wè ou mwen nou teka achtel ak yon pri meyè.

Men si se te nou menm avèk pwòp kouray nou avèk pwòp lajan nou,nou envesti nan tè a ee na nap oblije vann ni avèk pri yo vann ni nan mache a nou pap ka retire nou pap
ka rabè.

Almathe: Ok dakò, m’gen 2, 3 ti kesyon poum poze ankò apre sa mwen menm map fini ee bon daprè nou menm konbyen kòb nou panse ke li koute pwogram nan pou bay chak timoun yon asyèt manje cho.Pou moun ki gen timoun lekòl yo, pou moun ki pa gen timoun nan kantin yo petèt ou ka pa konn ee byen pi byen enfòmasyon sou afè kantin nan men pou moun ki gen timoun yo konbyen kòb ou panse li koute pwogram nan pou yo bay chak timoun yo asyèt manje pa jou?

#-6: Mwen menm se nimewo 6, mwen kwè paran timoun yo pakonn konbyen kòb sa koute [Almathe: Konbyenl ka koute anviron?]yo pa konprann konbyen kòb li ka koute men paran timoun yo depanse pou sa, tout paran timoun yo tout peye kantinn pou yo 45 minit[Almathe: Ou panse kòb yo peye a se pou manje a….?]

#-6: Pou manje a yo peye paske se kantinn, nan yo peye.[Almathe: M panse kanti nan, mwen panse paran yo 5 goud yo bay]

Cerge: èskew panse kòb ou bay la li ase pou manje yo bay timoun yo? #-6:M’pa konnen men nou peye kantinn.

#-8: Mwen se nimewo 8, ben kòb ee paran si tou peye pou timoun nan se frè pou achte pase se 5 goud li ye pa semen [Almathe: pa jou]

Piblik: pa jou.[Almathe: Pa semen li ye?]

#-:8 Wi pa semèn se 5 goud li ye pa semèn mwen pakwè 5 goud pa semèn ka bay yon timoun on plat manje. li paka bal manje men Ii pa peye timoun yo pa peye vre pase lò wap pwan on mwa ki genyen,ki genyen 4 semèn ki genyen ,ki genyen 4 semèn lòw pwan 4 semèn o mwen si l te 31 jou li tap peye 1 dola pa jou li tap peye 31 dola mwen non lekòl ki nan pwogram nan lè yo fè timoun nan peye ee 50 goud le mwa bon Ii genlè pam vini a 4 dola menm jan 4pa4 16[ Almathe:hum…..] Menm lèl ta 10 goud èske 10 goud ka bay yon timoun manje timoun nan pa peye paran timoun yo peye gen anpil paran ki toujou ap pale nan lari wi yo peye pou timoun yo se sit se la ba sa se pa peyel ye menm on kantinn popilè ki anba pou wal manje fòw gen 10 goud men menm lè w ta boure timoun nan lekòl pata gen kantinn nan lekòl la èske wap bal,èske 10 goud kabay tout on jounen nèt manje fòw bay timoun nan on 25 goud fòw ta leve bonè pou ta bal yon bagay lakay la men pwiskew konnen lekòl la genyen timoun nan gentan konnen i gen on kote wap voyel. Ou ka bay yon 5 goud apresa ou dil ale men souw peye on dola pou timoun nan chak semèn m’pakwè epi sa se patisipasyon li ye nan on premye tan ou tekonn di timoun yo pote on bout bwa paran ap pale nan lari di pitit yo pap pot bwa ou toujou jwenn sa ou toujou jwenn gen paran konplekse. Yap fè timoun gen konplèks mwen m’te lakay mwen m’gen 3 timoun pam yo tou lè 3 avèk 3 pakèt bwa yap pote m’fè yo pote m’te gen youn ki rive nan wout la ki pi gran li bay yon lòt ti pi piti potel pou li m’wè l’ak de men l’ vid m’di metel. Atè pwan bwòw pote timoun pam paka nan konplekse. Yo vin rive ap plenyen lè ap pleyen konsa yo chanje system nan yo di chak paran timoun bay 50 goud chak mwa pou bwa yo tout kontan men wa’p wè majorite pa peye vre majorite pa peye souw tap pwan voye tounen timoun ki pa peye frè pou bwa apèn si lekòl la teka rete avèk on 50,60 timoun yo pa peye vre,yo pa peye
vre.[Almathe: Ok dakò] Men se pa payel ye, se pa peyel ye sa son frè de patisipasyon ke yo fè paran patisipe poul ka bay bagay la enpòtans pase kèlkanswa ee ayisyen an se konsa l’ ye depil pa patisipe nan yon bagay li pa bay enpòtans se konsa se patisipe yo paran patisipe men se pa peye yo fè paran peye.

Almathe: Ok mèsi bon ee m’toujou gen kèk ti kesyon ankò,m’prèske fini, riiiii.Pou paran yo toujou, pou paran pou moun ki gen timoun nan pwogram nan èske,ki enpòtans li

genyen pou kenbe pwogram nan bay timoun yo manje ki nan ki lokal oswa manje ki sòti lòt bò manje ki enpòte?

#: Mwen se…
Almathe: Nou gen nimewo 4….

#-8: Mwen se nimewo 8,bon nou menm na’p toujou ee douw pwodwi lokal la pase se nou menm ki fèl avèk pwòp fòs ponyèt nou,nou te di sa déjà li pagen oken pwodwi chimik ladann lè timoun nan ap konsomel sa ka rive gen seri de maladi i pap fè a di lòw pwan pwodwi lokal la ki gen pwodwi chimik ladanl sa ka rive timoun nan malad men pwodwi lokal la nou menm nou fè si tou nan bò isit la nou pa mete oken angrè bagay sa yo nou l lokal man pwodwi lokal la tap pi bon pou nou si se yo menm timoun yo ta konsome.

[Almathe: Ok mèsi]Lè fini tou sa a ede nou menm kiltivivatè yo avanse si se pwodwi lokal nou konsome ee enstans la ap achtel nan men nou menm nap antre ti kòb nan fwaye a.

Almathe: Ok kòm nou nan asosiyasyon bon banm fon pale sou asosiyasyon. èske daprè nou menm ak bagay asosiyasyon sa son bagay ki serye’l ye son bon bagay li ye, m’padi pèsonel man m’pap pale de oken asosiyasyon, èske a asosiyasyon son bagay ki serye’l ye, èske sa ve di ke asosiyasyon yo lè yo jwenn on bagay, èske lè yo bay on bagay pou asosiyasyon an èske tout moun jwenn, èske bagay asosiyasyon sa son bagay ki serye ye daprè ou, daprè ou menm nimewo 4?

#-4:Wi mwen se nimewo 4,pou mwen menm li se okontrè demèm tou’w te di kòman si PAM ta envesti nan kiltivatè 50 minit kòman l’ pwal antre ee kòb li te envesti a èske endividwèl chak moun ap vann pa yo m wè chak moun pat bezwen chak moun vann pa yo pwiske mèt prezidan òganizasyon an konprann,imedyatman ou konnen se 50 mamit pitimi ou ta bezwen nan men òganizasyon an se prezidan an konnen èske se 2 mamit lap pwan nan menm,èske 2 mamit poul bòw 50 mamit pitimi ou’w mande a save di nou pa bezwen se nou menm endividwèl ki pou ta al vann danre a prezidan se menm jan yon legliz genyon paste ka’p Mennen l’ paste a se li konn sa la’p nan legliz la se pa sa men se demèn pou nou prezidan se li nou konfye nou fèl konfyans tout sak dwe vini ee nan menl tout moun ap patisipe.[bri machinn…..]

Almathe: Ok mèsi bokou.Bon mwen pa konnen si nou gen kesyon pou mwen. Mwen m sanse fini avèk kesyon pam wi [Bri moto…..]Non, non, non, non m’pavle ke nou konfesyon, nou, nou, nou mete l’m’voye sou on sèl moun son system m’te vle pale sou sistè nan m’te vle pale sou system nan.

Almathe:Non,wi wi M’te pale sou systèm a asosiyasyon an pou menm m’pat konnen,pou mwen menm daprè mwen menm ee m pap chèche konnen kisa yo nan,nan lokal la si yo serye ou pa se pa sa map chèche konnen pase w konnen aprè systèm asosiyasyon an èske nou menm pou nou menm kòm kiltivatè sa se yon bagay ki serye li ye ee si sèke lè asosiyasyon jwenn yon bagay èske yo bay ou patajel avèk moun ki pati manb asosiyasyon sa,seyon bagay general map pale m’pa pale de yon bagay entèl avèk entèl,se pasa dakò ok?

Serge: Ankò (une fois )sa nou tap eseye esplike sèke aa opinyon nou,vwa nou enpòtan ok se sak ankò une fwa nou rasanble plizyè gwoup ansanm nou tande ide yo le plu souvan sa nap remake sèke sa nou di a lòt gwoup la pway dil gen dwa di yon fason diferan men se prèske menm bagay la kive di nou la nou pala pou pote jijman nou pala eke poun di sa bon sa pa bon. Nou la pou repòte ekzakteman sa nou di a pou nou di me kisa mekòman yo wèy ee meyè moun ki pou chanjman an se nou menm. Se nou ki nan batay se.Nou ki la toutan ki ve di se sak nou fèl konsa nou panse ke nou enpòtan eke pou vwa nou sè ta di vwa nou opinyon nou sa nou kapasite nou esperyans an nou. I konte e yo tandel nou ou konprann se sak nou fèy konsa yo ban nou responsablite a konsa pou nou fèl pou nal rapòte jany ye a ekzakteman jan nou tandel la ok san nou pa bezwen metepanouladanpounamwenmpansemisyetedisasepakonsa sòwdiaekeseli menm eke nap di mekisa moun nan zòn sa mekisa ki ta bon pou yo menm e kita bon pou kominote yo paske sa ki bon pou nou se pote sa ki bon pou kominote a, se pa sa.Ok wap ajoute,Almathe ou pap ajoute?

Almathe: Non m’pap ajoute anyen non
Serge: Ankò (une fois) map di nou on gran, gran…… 53 minit 54 segond

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #14: SIPIVIZE CANTEEN (ANVAN PILOT)

Oktòb 2016

Dire: 01:00:30

Aviwònman: Kalm, ak bri moto siklèt ak machin ki ap pase raman

Patisipan

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol:

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol:

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol:

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab kantin; 3 ane nan lekol:

#5 Jean Robert St Hilaire; Gason; College moderne; 1 Timoun; Direkte /responsab kantin; 19 ane nan lekol:

Entwodiksyon

Nou salye prezans tout moun ki la, Nou remèsye nou pou prezans nou. Nou la pou nou fe yon evalyasyon konsenan pwogram kantin Skole ke BND, ROPANIP, PAM antreprann nan lekol yo nan zon nan. Nou menm gwoup sa nou pa fe pati de okenn nan oganizasyon sa yo. Nou se yon gwoup apa ki travay pou SOCIODIG ke yo angaje pou Mennen yon ti anket opre de Responsab yo. Pou nou cheche konprann koman pwogram nan ap mache nan rejyon an. Pou pemet ke yo pote ameliyorasyon nan nivo nesese. Pou pemet pwogram nan mache pi byen. Sa vle di nou met santi nou alez pou nou di tout sa ki nan lespri nou konsenan pwogram nan. Byen oubyen mal. Nap rapote tout sa ki di san nou pa site non pesonn nan rapo a pou ke chanjman ke nou ta renmen ki fet yo rive fet.

Sa ki vle di ke nou menm n’ap sevi de Pon ant noumenm la ki se benefisye yo ak BND, ROPANIP, PAM men si nou fe nou pa de rekomandasyon nou n’ap fe yo pase nan plas nou.

Mwen se Pharell Emile m’ap travay pou ekip k’ap fe evalyasyon an. Mwen gen avek mwen Renault Previlon ak Timothy Schwartz.

Ok.Nou ban nou chak la yon ti kat ki gen numewo ladan yon fason pou nou ka fe tout bagay nan lod. Donk chak fwa yon moun bezwen pran la pawol lap leve nimewo li pou nou idantifye li pou nou ba li la pawol.

Bon nou konnen deja koman pwogram nan ye, lit e la ane pase, yo kontinyel ane sa men ane sa li diferan paske yo ban nou plis responsabilite, koman nou we desizyon sa?

_Kout silans_

#5 Jean Robert St Hilaire; Gason; College moderne; 1 Timoun; Direkte /responsab kantin; 19 ane nan lekol: Bon alo eee eske nou ka pemet m’fon ti rale avan m’fin direkteman pa reponn kesyon an. Eee Tout direkteu lekol ki te nan kantin,nan pwogram ane denye te gen menm plent. M’panse ke nou 5 lan la plis lot yo _yon patisipan di:Wi_ ki te ladann. Se ke Pwodui frè yo le yo bay yo, yo pafwa yo manke, le’n di manke a an kantite pou yo ta bay la. E kantite pwogram pou yo ta bay la’l pa sa. E kantite ke pwogram ke yo bay la tou, komsi ke BND prevwa lap bay la li piti tou. Donk s’il piti deja epui le’w vini kounya le’w peze mwen menm pesonelman gen kek bagay m’konn di nan mwen menm, eske si kounya’m pran chou a pa ekzanp se kou wem ta di’w chou an, m’pa di esa’l ye men aparaman esa m’dou’k konsa. Le’w peze’l nan balans lan, li fose ba’w x kilogram yo prevwa a. BND prevwa bay la. Si yo, puiske yo vin nan lendi le’w vini’w mete’l nan demen e komsi’m ta dou’w yo mete’l nan dlo, komsi m’ta dou’w yo mete’l nan dlo li bwe dlo epui li gonfle li fose ba’w kantite kilogram pou’l bay la epui lan demen le w’al peze’l ou pa ka jwenn li vre, puiske’l la pou madi mekredi jeudi donk ou toujou nan goumen pou mekredi e jeudi. Gen de le tou le’w peze’l, yo te konn banm, efektif mwen te 85 timoun,87 timoun le yo, le’m peze li m’toujou jwenn li manke. Pa ekzanp si m’pran on ka tankou kawot, eeee kawot lan m’kwe yo te konn bay si m’pa twonpe’m anviwon 12 kilogram. Le yo bay li, gen tet yo, bab yo, yo bay yo menm longe ave yo. Bab yo pa ka kwit, se kawot yo w’ap kwit riiiii donk _tout peze_. Le’w rive.. yo menm yo peze’l donk oumenm le’w retirel e komsi m’ta di’w e mwatye oubyen 2 tyer kawot ou jwenn ou pa jwenn sa yo ba’w la vre, e gen de le’w pezel ou jwenn li preske ekzakteman. Le landemen le w’al peze’l ou jwenn gentan gen kelke gram ki pedu ladan, ki pedu ladan. Yanm yo m’pa konn kote yo fouye yo pase mwen enm e lavil lan m’ye yo toujou mouye, toujou mouye. Le’w pezel si pa ekzanp la yo ba’w 5 kilogram, 6 kilogram yanm le’w peze li li ba’w 6 kilogram nan ekzakteman men le landemen le w’al peze’l ou we’l ba’w on 5.85 pase yo toujou ba’w li chak lendi oumenm pou’w pou’w kwit li nan mekredi, pou’w fe bouyon. Donk se konsa ke nou konstate’l donk puiske chak semen se menm plenyen an sa menm plenyen an pou preske tout lekol yo, mwen enm pesonelman m’konn, m’kwe, m’te fe madam e e eeee etranjer la _yon patisipan: Sa’k te la nan reyinyon la fwa dernier la_, _Yon ankete: Lorena_ Lorena_ nou te oblije mentnan fe’l vini pandan 2 fwa, mte di bon finalman m’te oblije fe’l vini pou’l ka konstate paske dan le k kontre, bon g’on le

m’te menm di mesye ROPANIP yo, nou met retounen a manje a, retounen avek pwodiksyon an paske m’jwenn a neg sa yo devan barye lakay la m’di m’pap pran’l.

Poukisa?

#5 Jean Robert St Hilaire; Gason; College moderne; 1 Timoun; Direkte /responsab kantin; 19 ane nan lekol: Paske li two piti, e le’m peze’l li kantite yo te prevwa la li pa sa vre. Donk nou preske fe tout ane a konsa nan pale anpil kounya finalman BND te reyalize ke yo t’ap pemet ke mentnan fee se sa avek 5 lekol yo, avek 5 lekol sa yo. Mentnan kounya enkyetid ke mwen menm mwen genyen, sa se enkyetid pa’m m’pa konn si lot 4 lekol yo pra’l genyen li byenke m’santi’w genyen’l_2 patisipan: riiii_. Sa vle di ke li pa,fe’w retire ko’w. Enkyetud ke’m genyen m’we ke l’ap vin plus pikan kwenna _ Yon patisipan: riii_. Nou t’ap plenyen se kounya pra’l gen plenyen paske mwen menm pesonelman a 95 pousan m’deja tre tre okipe o nivo kolej la. O nivo e o nivo kelke par. Pou kolej la s’on ti tan’m bay…_yon telefon sonnen: pendenden pendenden_Donk vin genyen aktivite kantin sa’k vin met sou li a donk_yon gason di: Alo_ pou mwen menm se abse sou klou. M’pa konn si’w konprann ekspresyon abse sou klou a, sa vle di se ogmante pèn nan_yon lot patisipan di: Ogmante nonb de travay la_. O travay la, travay la. E travay la pou’w fe’l byen, ou oblije mentnan esklav li. Chak maten du Lundi o Vendredi mwen m’oblije mete pou pi piti 1ed tan edmi pou kantin nan Selman, chak maten.Or pou tan gen de le m’gen de kou m’ap bay…pa mwen, gen de kou ke mwen gen nan lot lekol ke m’ap bay a 7eur souvan, souvan m’oblije rate yo. Le konsa sa nui’m paske ke wi’w rete wi, ke non’w rete non paske si’w pran on angajman ou,ou onore angajman’w. donk m’panse ke Coeur de Marie limenm publikman ke enn li,li ap retrakte. Bon mwen menm m’preske mi-fig, mi-rezen. M’ap fe premye ese a premye mwa a pou’m we koman sa ap mache paske il faut essayer toujours, fo’w toujou kapab eseye. Men m’santi ke jan bagay la a prale la eeee li se plis travay ki sanse mentnan pral bay. Mentnan sa mwen menm m’te ka sukjere apre petet premye mwa ese an, se ta pemet ke ROPANIP li menm yooo mete presyon sou li pou pemet ke li amelyore bagay yo. Pa ekzanp li…manyok. Manyok yo, yo toujou vini gate. Eske se fot li nou pa konnen paske kote yo fouye’l la, paske son bagay depi yo fouye li donk 1 jou 2 jou fo’w kwit li. Donk m’pa konnen kote l’achte’l la si, si se nan depo’l mete’l fe 4, 5 jou epi li gentan vin nwa pase le’w kwit li’l gate. Oubyen eske manyok sa tou y’oblije vin ranplase’l pa yon lot ki plu rezistan m’pa konnen. Pa ekzanp si nou pran patat la patat la limenm li gendwa fe nenpot 3, 4, 5 jou m’panse ke’l pap gen anyen donk m’panse petet ke se amelyorasyon yo’k ta pral pote. Ta pral pote eee pitimi an souvan li pa bon, li pa bon, li pa bon donk

m’panse ke mentnan petet yo ta pral ranplase’l petet pa mayi moulen, mayi moulu eske nou kler?

Kisa Pitimi an genyen?

#5 Jean Robert St Hilaire; Gason; College moderne; 1 Timoun; Direkte /responsab kantin; 19 ane nan lekol: Li gate, li gate.. _Yon patisipan di: li konn fe boul_fe fe fe fe Menm jan le’w pran sik wouj la ou jwenn boul ladann nan se konsa ke li vin avek boul ladann tou epui, yo pote’l ba’w pa ekzanp la na Jodi, demen si Dye ve le’w pral kwit li ou gade lew ouvri’l ou we’l fe ti boul epi boul la yo plen ve de gri ladan yo tou vet. Tou vet. E le’w pranl ou manyen’l epi le’w gade men’w ou wel tou nwa, tou nwa.

Kiyes anko k’ap enteveni?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Pou mwen menm m’santi se yon plezi deske m’te vini avek eee pwogram sa ki se yon ese avek 5 lekol sa yo. pou mwen menm msanti se yon graduasyon 5 lekol yo pran msanti se yon fyete malgre gen difikilte ladan. Malgre kom direkte koleg nou deja di ee nou oblije anplwaye plus tan pou’n kapab jere zafe kantin sa euuh mwen menm pou mwen menm tankou zafe manyok la ki gate a m’panse se paske yo fouyel twop jou a lavans. Yanm nan tou difikilte nou te konn retwouve ladan se paske moun k’ap vann yanm nan une fwa ke li jwenn sove kob la li sove kob la paske’l te konn ban nou anpil yanm ki manboule ladan yo.

Yanm kisa?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Yanm manboule, sa yo yomenm menm yo on ti jan, e komsi yo pase. Epui yooo yo pa sek menm. Sa yo yo pa bon menm machann k’ap achte pou y’al revann depi yo jwenn yo yo toujou retire yo. E menm moun ki vann yanm nan pou kantin nan li konnen byen li pa bon. Men li mete’l ladan yon fason pou’l sove kob la. M’te vin santi si se te nou menm ki t’ap achte’l nan men moun nan kominote a nou t’ap fe chwa de sa ki bon. Men a pati de Jodi an mwen menm m’pap dekouraje ee Direkte Jean kom nou te deja di deja n’ap kole tet nou ansanm pou’n we koman nou te kapab avanse avek sa.mwen menm m’santi se yon plezi men sof ke ti difikilte yo m’santi fason nou pale la li bon pou mwen pou’n ta kab kole tet nou ansanm le nou jwenn difikilte yo nou pataje yo ansanm epi nou pote koreksyon.

_Kout silans_

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab
kantin; 3 ane nan lekol: Bon se preske menm doleyans lan men selmasn manyok la tou ee manyok la,gon jou yo te pote’l ban mwen moun yo kale’l la pa menm gen 5 bout ki bon ladan. M’kitel al menm kote a m’rele agwonom Emile m’di’l men manyok la yo pote ban mwen men yo la. epi li te di’m kite’l li vini li verifye’l li we’l. Yanm nan tou se menm bagay men yanm nan yo di’m se le’l pra’l fini, e le’l pra’l fini genle sa yo pote yo, m’pa konn si e pouse yo pouse sa yo pote yo pouse yo pouse yo pa bon vre.

Le ka sa yo prezante nou tou anile kantin nan pou jou a oubyen kisa nou fe?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Non nou aranjenou nou bay manje. _kisa nou fe?_ nou aranje nou nou bay manje. L’el pa bon nou mete lam veritab. _nou menm ki achte’l?_ Wi wi n’achte’l nou mete’l, nou mete farin ladan pou nou ka bay timoun yo manje a_yon lot patisipan ap pale an menm tan: Nou konn met lot bagay ladan, nou konn met bannann pafwa_ wi nou konn met lot bagay ladan. Epui sa yo ban nou an tou,bon se repete m’ap repete anko, li ensifizan. Li ensifizan sa yo ban nou an. Gon jou yo te pote yanm nan ban mwen yo dim yo pote 16 kilo, le m’al peze’l m’jwen 13. M’rele agwonom nan m’dil sa’l pote a, sa’l pote ban mwen an pa sifi. Epui kisa yo konn fe anko ki pa bon pou nou le yo pote’l, g’on le yo te pote ban’m la nan nuit. A lanjelis yo pote’l ban mwen le sa m’pa gentan peze’l. Ou konprann e sa yo’k pa bon. Bon kom s’on eksperyans n’ap fe kom direkte a te di nou, te di’l s’on eksperyans n’ap fe ave’l n’ap gade pou’n we si sa pa ka mache n’ap di denye.. _Bon kounya se nou ki responsab sa pap fet anko_ Wi wi esa n’ap ee eksperyans nou pra’l eseye. _Ok_ Wi. _E oumenm #3?_ Alo esize pou sògo a tou pitimi an ee g’on pitimi yo te pote li pa’t bon ditou ditou ditou. G’on Pwa yo te pote ban nou pwa sa nou te kite’l la yo te brile’l paske pwa a kale bet e brile yo te brile’l. Sògo a tou menm le’l nan chodye a li kwit sant li seulman _ri iwonik: hhan _ montre’w kelke choz sant li, fo’w paka manje’l.

Sa pase souvan?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Non pa souvan, pa souvan._yon lot patisipan di: Yo konn menm di nou sògo a fok nou pase’l ti soley_ Wi epi Agwonom

Emile te di on bahay li di swa’l te mouye. Li di yo te mouye epi yo ban nou’l tou mouye a_yon patisipan di: Nan transpo a_. Pandan yap pote’l ban nou’l mouye. Esa’k fe’l pa’t bon an.

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Preske menm bagay yo, tout sa ki di la yon an tout lekol e preske menm bagay la. Sof ke yo pa ajoute ladann obejin yo. Obejin yo gen pafwa yo konn pote yo pou nou yo tou gate._Plizye patisipan di: Yo tou pouri_ M’pa konn si m’pa konn si e soley ki bat yo twop. Manyok yo gende fwa ou kale manyok yo met nan chodye manyok yo pase. Sa vle di ou gon pil manyok nan men’w genyenk pouri epi yo pase ou pa ka jwenn mwayen pou’w bay timoun yo. Gen pafwa ou konn keyi nenpot 15 lam mete nan chodye pou’w ka akonpanye ti sa yo pote pou nou an pou’n ka bay timoun yo manje. Sa yo pote a vin twouve yo two piti eee le fini tou kom nou di m’ka ee pase rekomandasyon, nou g’on pwoblem nan lekol la timoun yo pa vle peye pou’n kapab ee fe kantin nan mache. Kounya gen de fwa, gen de fwa nan on mwa ou konn bay medam yo 50 dola k’ap pase k’ap pase mize nan nan nan dife a pot pou timoun yo, alo m’pa konnen nan rekomandasyon an si’n ka enh enh fon bagay pou’n ka pare bay medam yo k’ap pase mize a pou nou paske paske bagay la pa dous pou yo ditou. _yon lot patisipan di: Trez enpotan_

Nou tout gen pwoblem sa tou? Piblik: _tout lekol yo net_

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol: M’panse tout bagay yo di la se preske menm bagay m’pa bezwen fe repetisyon. Sof sa m’ap di pwodui yo pa vreman de kalite. Pa ekzanp ann pran on ekzanp tankou epina, epina le’w vini avel ou toujou we’l gen on paket ti mit ladan yo yo pike, fey yo pike preske pifo epina yo konn gate. Bon lekol la, lekol Coeur de Marie se mwen ki responsab kantin nan. M’te fome on komite ki gen 4 moun la denye se preske e nou 2 ki te plis enplike nan komite a se te mwen menm avek on mesye ki te rele Chouno. Ane sa li pa la li pa la yo te mete’l deyo nan lekol la komsi ane a se preske mwen menm Selman ki rete. Lorske yo te di yo chwazi lekol la pou al achte pwodui yo. avan lekol la ouvri m’te jwenn avek direkteu lekol la m’te eksplikel sa, m’dil yo chwazi lekol Coeur de Marie pou achte Pwodui yo a savwa pwodui frè yo._Gen yon moun ki ap pale tou ba pandan yon bon ti tan_. M’di si tout fwa se mwen k’ap responsab kantin nan fok m’ta gen on ti

disponibilite on ti tan lib pou’m kapab regle byen afe kantin nan pou lekol la. Bon li pa tande’m li pa koute’m, pwofese ki te fe klas 6yem ane a li revoke li pa la anko se mwen, li vin ogmante pwogram mwen plis nan lekol la se mwen’l voye nan klas 6yem ane a. depi ane pase e konsa’l te ye ane pase e te 5yem ane m’te fe men m’te gen ti bakop lot mesye a ki t’ap ede’m men ane sa m’pa gen ditou or m’vin gen klas 6yem ane a nan menm. M’te konn fe 6yem ane deja men sa gen plis ke 3zan m’te fin dezabitye a pwogram nan kounya tou 2 aktivite sa yo e sou kont mwen yo ye kounya m’vin pa gen tan.

Majorite nan nou di nou gen lot responsabilite. Si kantin nan ta vin yon obligasyon pou lekol yo eske nou panse nou t’ap ka jwenn mwayen pou nou toujou bay timoun yo manje lokal nomalman san nou pa nan tout tet chaje nou mansyone la?

Patisipan pa idantifye: Non eee eee pou’n ta bay, ba yo manje koman? _yon lot patisipan di: manje lokal_

Nenpot bagay, eske ou gen timoun?
Menm patisipanan kontinye: Wi m’gen timoun Kisa ou bay timoun yo le maten?
Piblik: Riiii

Patisipan an kontinye: Nan maten m’gendwa ba yo on ti mayi moulen nan maten bone, si gen lam m’ba yo on ti lam bone e pafwa m’ba yo ti bannan tou pafwa bone sitou le yo pra’l lekol_ Yon patisipan di: Pafwa son pen a kafe tou ou ba yo_ on pen a kafe tou pafwa.

E oumenm kisa ou bay timoun yo?

Patisipan pa idantifye: Ah m’ba yo manje….alo m’pa ba yo manje on sel bagay le maten non bagay yo varye _yon patisipan di: Wi_

Ban nou kek ekzanp de sa ou konn ba yo le maten!

Patisipan an kontinye: Li man, li konn manje yanm li manje bannan li manje lam veritab tou. _ou bouyi yo?_ Wi.

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol: M’pa gen timoun mwen menm.

Patisipan pa idantifye: Mwen menm pa’m yo jeneralman eee nou varye yo. Le se pen ak kafe a nou ka jwenn nou ba yo._yon patisipan di: Wi_. Gen de le tou se pen ak ze a nou ka ba yo yo pran on ti ju avel y’ale. Gen de le tou se veritab la yo ka bouyi yo manje_yon patisipan di: Yo bouyi’l yo manje_ yo bouyi’l yo manje epi yo pran on ti pwason ave’l y’al lekol, li varye.

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Bon nou konn fe menm jan nou konn ba yo yanm paske bo lakay mwen nan epok yanm gen anpil yanm. Nou ba yo patat nou konn ba yo euuh malanga euh manyok, epui nou konn chanje yo tou de tanzantan pou’n ba yo spagueti, on ti mayi moulen se jan de bagay sa yo nou konn fe. Yon patisipan di: Nou bay le maten_.

Men nou toujou ba yo manje sa yo avan y’al lekol?
Piblik: Wi avan y’al lekol
Donk tout pitit nou obligatwaman manje yon bagay avan yo ale lekol? Piblik: Wi avan y’al lekol wi
Nou panse tout timoun ki nan lekol nou yo toujou manje avan yo vini? Piblik: Non non non non pi fo pa manje.

Patisipan pa idantifye di: Non anpil pa manje, gen anpil telman banm eksplike’w gade gen anpil telman gen machann ki konn vin la. Pafwa’m konn chita nan direksyon an ou we timoun vini’l di’m vant li ap fel mal _Yon patisipan di: Epa vre_. Le’l di’m vant li ap fe’l mal kisa’l genyen? Yon patisipan di: Grangou’l grangou._ grangou’l grangou. Mannek voye’l al kot machann nan pafwa le m’ap peye m’konn peye’l pa mwa, m’konn ap peye nenpot 30, 40 dola pou timoun nan paske timoun an di’w ba li, m’di ba’l pate a on ti bouyon yo fe sa ede timoun nan men kantin nan li on jan li ede,_plizye moun di: Li

ede nou anpil_ li ede nou tou nou menm nan direksyon an pase anpil de fwa le’m te konn jwenn pwoblem sa yo le gen kantin nan m’vin pa jwenn yo anko fasil, m’pa jwenn yo rapid jan’m te konn jwenn yo a esa’k fe li ede nou men epa tout timoun ki jwenn posiblite pou’l jwenn tankou sa nou di la le maten.

Ou t’ap di yon bagay?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Gen yon pwoblem ki sot soulve la m’ap fe yon ti, m’ap ogmante’l. Konsenan cuizinye yo, nou gen anpil difikulte pou’n jere cuizinye yo. Eee kom konfre nou di deja menm le timoun nan bezwen manje a li pa we kile pou manje a pare men se menm limenm nan tou petet paran an neglije ba’l kob lan ou dumwens paran an bali’l li pwofite kenbe lie pi pou’l jwenn manje an. Pandan se tan nou vin gen difikilte pou’n peye moun sa yo. Malgre se papeye nou peye yo vre men ti sa pou’n ta ba yo a nou konn rive moman nou pa ka jwenn li pou’n ba yo. pou mwen menm m’te debute avek 2 cuizinye a pati de janvye s’on sel m’rete paske pat gen mwayen pou’n te, li pa enterese l’oblije bay vag. Pa ekzanp nan moman PAM te vizite lekol mwen s’on lot moun m’te oblije al checeh pou te vin ede nou ban nou kout men nan cuizin nan pou manje a te kapab pare nan on le. Puiske se on sel kizinye manje a pa janm ka pare a le. Men set fwa si m’gen 2 cuizinye ki pran fomasyon m’pa konn kisa nou pra’l fe eee menm le nou rele paran yon an reyinyon mwayen an pa disponib pou’n kapab peye cuizinye yo. Lot bagay m’ta pral di eh konsenan yanm nan, yanm ki genyen plis a gogo bo lakay nou e ki e tout lot lekol yo konn jwenn pou yo konsome se yanm jòn nan pou kounya yanm jòn nan poko prepare. Eee m’panse se nan mwa desanm_Bri yon mesaj ki monte sou yon telefon_ y’ap komanse bon juska mwa d’avril, Me, jwen yo ap toujou genyen. M’tap poze tet mwen kesyon kote nou t’ap jwenn yanm pou nou ta kapab bay. Pa ekzanp yanm ki genyen pou kounya m’panse’l komanse redui ki se yanm ginen. Yanm sa se yon ti yanm ki pi che ke yanm jòn nan. M’tap poze tet mwen kesyon koman nou pral eske n’ap jwenn bagay pou ranplase yanm nan.

Bon m’pa konnen nan pwogram nan si yo ban nou de pwodui ki kapab konplete youn lot. Eske paran yo gen yon kontribisyon pou yo bay pou kantin nan?

Pandan ankete a ap pale yon patisipan di: Yo te di sa men yo poko ba nou’l.

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Wi paran yo gen yon kontribisyon pou yo bay. Kontribisyon an se pou achte epis, pou achte bwa epi pou nou jwenn on ti bagay tou pou nou bay cuizinye yo pou yo lave rad yo.

Konbyen kob kontribisyon sa ye?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Kontribusyon an se 5 goud _yon lot patisipan di: 5 goud pa jou_, _Pa jou?_,_menm patisipan an kontinye: Wi pa jou lekol_

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Mwen menm m’konn, pa egzanp m’gen 94 timoun nan on jou m’konn jwenn 100 goud. Nan on jou m’konn jwenn 150 goud_riii iwonik_. Pa ekzanp le’m rive nan moman ekzamen, le’m rive nan moman ekzamen timoun nan gentan konnen l’ap inikman vini li fe ekzamen an apresa l’ale m’pa janm jwenn kob. Poutan y’ekzije nou fok gen manje. Nou moman ekzamen yo nou toujou degaje nou fe manje kit nou pa met lespwa n’ap jwenn 5 goud menm. E se konsa sa toujou fet.

5 goud sa nou toujou pran’l chak jou lendi o vandredi?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Wi wi gen pafwa tou nou konn pran’l,Li pa ekzijan pou nou pran 5 goud lan chak jou. Men puiske timoun nan gentan konnen li gen 25 goud pou’l bay pou semen nan, 25 goud sa nou ka jwenn 10 goud konsa tou g’on elev ki ka pa chwazi bay li ditou e yo ekzije nou fok tout timoun manje.

Eske nou konn eseye fouye tou mete manyok yo pote pou nou yon an tè? Piblik: Non nou pa fe sa.
Nou konnen ke sa te ka kenbe manyok la fre?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Eee ban’m di’w eksperyans sa m’fel. Manyok la s’il ta nan te a ou debokel nan chouk la Ii rete a tout bok lan ladann li pap

gate. Men depi’w wel te gentan deboke’l, li te kite bok la nan chouk lan l’ap gate menm le’l te ret anba te a _yon patisipan di: sa se gran plante k’ap pale la wi_ e s’il te g’on ti kras bichkannen menm l’ap fin gate.

Piblik: Riii
Eksperyans pou patat la, depi patat la ou fe’l pran on ti soley l’ap fe pluzieu jou.

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Patat la menm le’l te biskannen menm le’l pat pran soley pou bo lakay mwen’l ka fe mwa menm.

Men manyok la eksperyans pwouve li depi ou pa mete, pou’w fou ye tankou anba on pye mango konsa, anba on pye bwa konsa ou fouye’l, ou fouye tou a epi’w mete manyok la sou li, ou mete’l anbal epi’w wouze’l, ou wouze li l’ap rete fre li pap nwa.Se eksperyans.

Poukisa nou pa bay fig mi,oubyen tablet _riii_?

Patisipan pa idantifye: Li t’ap bon vre men li pral koute twop lajan

An li t’ap koute nou anpil lajan?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Wi, sitou pou fig la

Patisipan pa idantifye: Sitou pou fig la li tap koute twop lajan

Patisipan pa idantifye: Nan Pwodui a eske yo pa ka ranplase youn pa lot tou? Y’ap pale de ee manyok la ki gen pwoblem eske nou pa ta ka ranplase manyok la pa bannan?

Bannann pa two che?

Menm patisipan an reponn: Bon bannan che,_yon patisipan di: Sa pral depan de le a_ bannan che wi. Sa depan de le a, sa depan de sezon an.

Men eske nou gen dwa pou nou pote chanjman sa yo nan pwogram nan? Patisipan an kontinye: Non m’pa kwe non.

Men eske nou pa ta ka mande sa tou?

Menm patisipan an kontinye: Li kapab mande sa, li kapab mande sa _li t’ap pi bon pou ou_ li t’ap pi bon. _Ranplase youn an ka ke gen_ an ka lot, ranplase youn an ka lot.

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Pou mwen menm nou kapab ranplase patat la nan plas manyok la, m’panse sa.

Eske n’ap jwenn li pandan tout ane a?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Patat la, toujou gen patat. Manyok la, pou kounya pa gen manyok _Yon patisipan di:men gen patat e toujou gen bannan_ Wi pa janm pa gen patat _menm patisipan an di: men gen bannann_

Eske dapre nou menm gen kizinye, kwit manje chak jou se pi bon e sel mwayen pou nou bay timoun yo manje chak jou?

_kout silans_, _yon patisipan di: Sa pral depan de objektif ou_

Eske nou pa ta ka bay timoun yo menm bagay say o nap bay o manje a sou fom pwodui transfome tankou tablet, chanm chanm etc olye nou bouyi yo ba yo chak jou?

Piblik: Wi

Eske nou panse li posib pou nou ba yo bagay sa yo piton an lekol la?

Yon patisipan di: Selman?

Nou ta ka varye yo paske yo anpil, mwen t’ap pale ak yon dam ki t’ap eksplikem ke lam veritab la Selman yo ka fe 21 pwodui avel.

#5 Jean Robert St Hilaire; Gason; College moderne; 1 Timoun; Direkte /responsab kantin; 19 ane nan lekol: Alors sa mwen menm mwen te kapab di, eee n’ap pati de yon manye jeneral pou’n rive de, a pati de sa. Kantin nan nan lekol la li ede e sesi sou plizye sans _bri yon gwo machin k’ap pase_, Kantin nan. Li pemet ke timoun yo yo aprann pi byen se konsta sa nou fe. Paske le timoun nan vini jan konfre a sot ap di’l lan_depi’l fe

10 ze yo grangou_ yo pa manje, yo kanyank le’w ap pale e pou ou w’ap pale e pa pou yo w’ap pale pwofese a men m’ap pedi tan’l pandan jounen an. Timoun sa le’l rive lakay li si devenn pou li li pa jwenn on bagay lakay li li pap manyen liv sa poul etidye donk demen maten lew panse lap vin resite leson’l li pa konnen’l, devwa pa redije leson an pa konnen . Men tandiske le timoun nan jwenn ti manje sa li pa ka mentnan di pwofese a ke e grangou’l te grangou e devan pwofese a’l manje. Donk randaman skoler la ogmante. Paran tou li menm, nou konnen sitiyasyon ekonomik peyi a koman’l ye, donk ki konnen ke timoun sa jwenn on bagay lekol la li pa telman kounya al two akselere pou’l ta di l’ap kase tet li pou’l jwenn yon kichoy ba li avan l’al lekol. Paske l’ap jwenn on bagay lekol la_yon patisipan di yon bagay tou ba_. Sa se avantaj m’ap montre nou la wi, kantin nan. Eee anaswit noumenm tou ki sanse ee ki nan kantin nan kom direkteur, pwofeseur eee eefektif timoun yo sanse ogmante. _Yon patisipan di: Y’ap ogmante_ Eksperyans ke m’fe le’m pot ko nan kantin nan m’te toujou di ke, m’te toujou di ke le vandredi gen dyab nan lekol. Alo fason’d pale wi pou’m minimize fason paran konpotman paran a timoun yo ki pa vin lekol le vandredi. Gen dyab k’ap manje timoun lekol le vandredi paske pou yo se 4 jou lekol Lendi, Madi, Mekredi, Jedi. Le vandredi timoun yo pa al lekol e paran yo two kontan timoun nan chita chita’l li di ahhh e wikenn li pa al lekol. Men kounya m’gen enpresyon si lekol la di vin samdi gen kantin w’ap we timoun sa l’ap vini, _plizye moun riii_ l’ap vini. Laplui ap femen ou we timoun sa li po, m’antre a 7è eka 7è15 donk 6ze edmi timoun nan gentan nan lakou a kou’l paret menm kote a’l rele bonjou direk epi menm kote a li vire l’al we sa k’ap fet deye a. Le’l paret li di apa dife poko limens a k’ap pase Jodi a la? Jodi a p agen manje? _plizye moun ap ri_ Yo di’l ahh non m’we kizinye a la donk sil la sa vle di gen manje on ti reta k’ap genyen m’gen enpresyon sa’w we? Donk s’on fason ke le yo le yo vini yo we tan ap mare si on 15, 20 vini yo di ahh an nou priye bon Dye pou lapli a vin pi fo kounya pou res yo pa vini paske se menm manje a’k nan dife a na manje plis. _plizye moun ri_ se pou’m montre’w donk sa vle di kantin nan gen tout itilite li donk s’il pa ta fet m’apanse l’ap vreman deranje komunote estudiantin nan. L’ap vreman deranje’l men sepandan kounya se we ki mwayen nou ta kapab mentnan amelyore’l. amelyore kantin nan. Eee pa ekzanp ee byeneme a fenk sot di taleu a ke si pa ta ka mentnan kwit manje nan dife?. Bon ann sipoze yo pa ta kwit manje nan dife men kounya fo’w ta bay timoun yo bagay ki pemet ke ee ki ranplase manje sel la pou se pa bagay dous, pou se pa bagay dous ke’l ye toutan paske le’l pran’l lan m’panse ke timoun nan ka vin la li pwoduil de maladi tankou on sot de ve eksetera men le timoun nan pran manje sel la m’panse’l ka ede’l avek ko a e k’ap ede’l tou limenm pemet ke timoun nan l’etudye myeu tou.

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Pou kore sa’w di an tankou pen, tankou pen ou kapab prepare de bagay mete nan pen an epi timoun nan g’on bagay li ka bwe deye’l m’panse sa t’ap soulaje’l kan mem.

N’ap pale de pen ki fet a farin ble?
Piblik: Wi
Li pa local? Tankou si’n te pale de kasav, kasav oubyen lam ak lot anko.

Nou pa gen anyen ki predefine, nou menm ekip sa se cheche n’ap cheche konpran,nou gendwa gen pwodui yo la nou pa rann nou kont se nan pale youn ak lot nou ka fe konesans ak yo.Nou pale de manje sel men nou konnen ke gen anpil manje transfome ki se manje sel? Nan ki kategori nou tap met kasav, sel ou sikre?

Patisipan pa idantifye: le 2 a la fwa
E chanmchanm?
Piblik: Riii, le 2
Se konsa tou kapab gen plizye lot anko.

Wi genyen, gen nan sans ke yo vle fel setadi gon pwoveb ki di “d’une pierre nou fe 2 coups” oubyen ou fe pluzieu kou annm anndan komunote a nou ka remake ke nou gen de gro potansyalite ki pou pemet ke nou devlope zon nan nou menm menm se pa deyo. Anpil fwa nou gen lespri nan, bagay nan tet nou se sa ki sot deyo ki pou devlope zon nan poutan nan men’n li ka devlope. Se gwo avantaj pou moun ki ap pwodui manje, k’ap fe transpo,ki nan transfomasyon. Tankou pa ekzanp ou pran tablet kokoye, moun ki ap fe tablet kokoye a l’ap tann, l’ap tann pandan jounen an pou’l vann pou on 200 goud oubyen pou on 250 goud. Poutan avek tablet la li te ka fe vi’l, li te ka met pitit li lekol, li te ka konstwi, li te ka fe byen ave’l. li pa jwenn on kote pou’l ekoule’l. Avek lekol la nou vin pemet li ekoule’l pi byen sa vle di kominote a vin gen plis kob. Ou we, li vin gen plis kob. Se sak fe ou we yo, nou pale de pen. Tout moun manje pen tout moun manje farin men pou yo, pwogram nan kapab ede pi enplante eh eh pou moun yo kapab benefisye, moun kap vann komsi si gen mouvman lajan k’ap fete pi pwodui an ap ekoule,

ankouraje kiltivate yo pi plus. Yo t’ap plus renmen ke se se se manyok, se kasav. An menm se ta pendou,gan menm gon lot bagay yo fe wi ee lakay pam yo relel doukounou e yo fe’l avek manyok. Ou bay manyok la sou pluzieu fom. Koman yo rele sa le ee? Galet. Galet tou nou nou nou kapab fe. Tout sa yo nou abitue manje yo. Nou tout nou se ayisyen nou konnen yo ka manje yo. Si nou konn manje yo lakay nou li pa yon pwoblem pou yo manje’l, pou timoun yo manje’l lekol la tou.

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: M’we’l patap pwoblem non si’n te ka en si’n te ka jwenn sa yo men nou telman e pa ka rekupere lajan nan men timoun yo deja koman’n t’ap fe pou’n jwenn bagay sa yo la kounya la?

Koman?

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Koman n’t’a fe pou’n ta jwenn bagay sa yo o mwen pou’n ta ka ranplase sa n’ap enh enh lot pwodui yo?

W’ap pale de tablet ak lot bagay yo? Men a menm lajan pwogram nan nou pa ta ka achte yo?

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Men eske l’ap sufi kounya la?

Konbyen kob on tablet koute?

Piblik: _10 goud_, _10 goud, 5 goud_

Mwen si’m te nan plas nou etanke pwofese ou direkte lekol ki pa gen tan, m’panse m’te ka pa nan koze manje a, mwen fe’l yon lot jan. m’te ka fe machann fig, tablet, kasav vin vann mwen on kantite . chak jou mwen bay timoun yo yon bagay diferan. Menm jan gen yon moun ki te di la ke timoun yo konn di yo grangou, li achte bagay devan lekol la ba yo. Sa se yon mwayen senp ki evite ou nan kizinye ak engredyan pou manje kwit.

Epi moun sa ou achte nan kominote a tou l’ap devlope Yon patisipan di: l’ap devlope

Se sa lide a ye se pou ekonomi an woule nan kominote a! Piblik: _Wi gen woulman lajan nan kominote a_

Nomalman nou pa vreman gen anyen pou aprann nou, nou menm se aprann nou vin aprann de ou se sa ki fe nou vin fe ti chita pale sa. Nou ap plus kapab jwenn solusyon an pase nou paske se nou menm ki ap vin nan zon nan ki konn system kominote a.

_Kout silans_ _yon patisipan ri_

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Pa ekzanp le’m pran komin ti rivye s’on kote’k gen anpil veritab, anpil veritab. Paske m’panse se youn nan pwodui yo fe plus, lam veritab la. Eee gen plizye fason yo ee yo prepare’l donk si’n t aka eseye ave’l, lam veritab la, lam veritab la. kounya nou ta we ke ki fomul nou ka utilize pou’n we koman y’ap koman y’ap _manje’l_ manje’l manje’l manje’l yo pa oblije bouyi’l Selman nou oblije fri’l.

Nou konn kek pwodui transfome ki fet a veritab? Kijan yo fel?

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Bon epa mwen enm e ide n’ap bwase, ide n’ap bwase donkkkkk yooo pa ekzanp le’m konn we fet lam veritab.

Si yo fri’l nan gres timoun nna plis manje’l ke le yo bouyil?

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Wi. E yo manje’l bouyi yo manje’l fri e m’kwe yo manje’l sou tout fom yo tout fom, e fom de farin tou m’pa konnen. _ Yon patisipan di: Wi yo voye farin tou._ Farine nan _Farin nan_, _sou fom farin_

Alo yo fe farin ak lam veritab la tou? Piblik: _enh enh_, _li pran du tan_

Yon lot patisipan ki pa idantifye: Li pran du tan paske fo’w kale’l, pou yo flache’l, mete’l pou’l sech nan soley anvan pou yo pilel’ ou konprann sa pran tan.

Men travay sa e pa oumenm pesonelman k’ap fe’l?

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Wi epa nou k’ap fe’l epa nou k’ap fe’l epa nou k’ap fe’l.

Se pa yon moun patikilyeman ki transfomel.

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Si se yon founise k’ap ba nou li wi.

Epi ki founi ou li.

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Founi li _n’achte sevis la nan men’l_ li t’ap ka konseve kounya pi byen paske s’on farin li ye _Wi_ lap fe plis tan _wi_.

Eske n’ap jwenn moun pou fe sa pou nou?

Patisipan pa idantifye: Bon kom m’poko we kote yo fe’l m’pa we moun ki fe’l. Tankou moun nan ki fe’l pou’l vann oubyen pou’l fe on lot travay ave’l. pafwa’w konn rive ou jwenn moun ki fe’l lakay li pa fantezi konsa’l rete li fe’l. li fe’l men epa on moun ki
fe’l komsi pou’l ta vann paske m’poko we kote yo vann li farin nan mwen.

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Epi tout moun genyen’l.

Nou t’ap di ke nou gen anpil patat tou _Wi_ Kisa nou fe a patat yo?

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Se menm jan pou lam nan moun yo konn fri patat la menm jan yo fri lam nan epi yo konn manje’l jan’l ye an tou.yo konn

bouyi’l_Yon patisipan di: yo bouyi’l_ Wi. _Menm patisipan an di:yo boukannen’l._Menm jan a veritab la.

Gen yon moun ti rivye ki dim lam nan epa bouyi nou bouyi’l mete nan asyet pou nou manje Selman. Yo konn fe farin, yo fe ji, yo fe akra, yo fe pate,yo fe boulet, yo fe papita _Wi yo fe tout sa avel_ yo fe lam peze, yo fe bonbon,yo fe ponmket,yo fe gato,yo fe pizza,yo fe konfiti avek lam nan. Sa yo se sa’l sonje _

Piblik:Yo fe avek lam_

Pami tout pwodui sa yo kiyes ladan yo nou panse ki ta ka sevi pou bay nan kantin?

Patisipan pa idantifye: Re site yo pou nou anko _plizye moun ri_

Li dim yo fe ji, tontonm,akra, pate boulet, papita, lam peze, bonbon, ponmket, gato, pizza, konfiti

Patisipan pa idantifye: Epi yo bouyi’l tou _Plizye moun ri_

_Riii_ nou pa mansyone bouyi a paske nou tout mansyone’l la deja nou konn fe’l, li pa yon pwodui transfome. Sa nou sot di la yo se pwodui transfome. Li di’m ke pwodui sa yo a leksepsyon de lam fri a ka rete pou yon semen.

Patisipan pa idantifye: M’panse sa wi, m’panse s’al di e se sa.

Patisipan pa idantifye: L’ap fe’l vre.

_bri yon telefon ki pre yo mikwo ap fe bri byen fo kouvri vwa moun yo_

Sa nou panse?

Patisipan pa idantifye: Alo gen youn ki pap ka fe semen wi kom m’pa konnen,ekzanp tonmtonm nan men m’paaa.

Wi nou konnen genyen nan yo ki pap ka fe semen.

Patisipan pa idantifye: Tonmtonm nan e pou yon sel jou.

Men eske genyen nan yo nou we nou ta ka itilize pou nou bay nan kantin? Komsi nou ta ka chwazi yon jou nan semen nan nou pa monte chodye epi nou bay youn nan sa nou di yo?

Patisipan pa idantifye: Anh ok, sa’w di la e bagay nou ka ofri timoun nan nan on jou?

Plizye moun reponn an menm tan:_wi nan on jou_,_nou te ka ofri timoun nan papita_,_epi nou bal ju_,

Menm patisipan an kontinye: Bon Kounya se kiyes ki pral transfome yo pou nou?

Non moun ki nan kominote a ki konn gen abitud fe’l. Sa vle di nou we nou ta ka bay timoun nan papita ak ju?

Piblik: _wi_, _on jou on jou_

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Nan zon pam nan e Selman lam peze a m’te ka anh avek tontonm nan m’te ka jwenn moun fe pou mwen men m’pap jwenn moun fe res yo pou mwen. Afe de gato, papita m’pap jwenn moun.

Eske tout moun nan zon nan manje tontonm?

Piblik: _tout timoun pa manje tontonm riii_, _tout timoun pa manje’l, mwen m’pa manje’l_, _mwen m’poko we kote y’ap fel menm_

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Si se pou bo lakay mwen sa li deja enposib_wi_Sof ke m’tap pran’l nan bo isit lan pou’m pote’l lakay mwen. Paske men’enm pou bo lakay mwen pa fe lam. Anh Yo pa fe lam? Non.

Yon patisipan di tou ba: Nou ka fe papita a avek bannann tou. Sa nou di nou fe a patat anko?
Piblik: Yo fri’l, yo Bouyi’l, yo fe pen patat ave’l

Bon ou we sa Pen patat la m’pat tande’l. Yon Entevenan di: Epi bagay ki pi gou riii

Enben menm sa nou ta ka ofri li, nou jis cheche yon moun ki konn fe sa epi nou achte nan men’l.

Mwen remake ke anpil nan nou gen plizye lane nan afe lekol, eske nou pan se ke paran yo ta ka jwe yon wol nan koze jesyon manje nan lekol yo?

Piblik: _Wi_, Pou manje a wi_
Bon pou sa fet ta sipoze gen yon komite paran ki fome? Patisipan pa idantifye: Wi
Eske nou panse sa t’ap mache?

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab kantin; 3 ane nan lekol: Wi Eeeh alo eske nou we paran? _ka jwe yon wol nan fe sa mache pi byen?_ nan kantin nan? _Wi nan kantin nan_

Yon telefon ap sonnen byen fo “telephone ring”,.

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab kantin; 3 ane nan lekol:”esize wi m’nan on reyinyon la wi kodonate, le fini wa rele’m”.

Pandan nimewo 2 ap pale #4 kontinye pale nan telefon nan: “m’nan lekol la m’nan on reyinyon la, wi wi ok”

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol: Wi lekol mwen an komite paran an li pa telman mache. Men paran an te kapab kolabore pa ekzanp pote bwa pou lekol la li t’ap tre bon. Paske isi ti rivye se achte n’achte bwa. Nou ka achte on ti bout bwa la pou nenpot 80 dola (400 goud) ou konprann? E paran yo pa ee pa telman ee bay kob. E nan lekol mwen an se 10 (50 goud) dola yo mande pou on mwa, pou paran an bay. Pafwa nou pa jwenn li ou konprann eee pafwa se nan fon pa direkte a l’ap pran kob pou’l achte bwa. Kom lekol la gen on ti

parenaj tou se avel nou peye kant eee kizinye yo. Ki fe ki fe sa pa telman ekzajere men paran yo m’panse paran yo te ka jwe on wol ki enpotan nan nan kantin nan tou.

Eske ou konn eseye mande yo fe sa?

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol: Bon epa mwen’k direkte lekol la. Alo’m toujou ekzote direkte lekol la pou fe paran yo patisipe _enplike yo_ enplike yo, fe reyinyon ave yo pou fe yo enplike, patisipe wi.

Ok

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab
kantin; 3 ane nan lekol: Wi en paran yo te, yo te ka gen on wol yo jwe wi anpil ladan yo le yo vini. Ou konnen nou te genyen, le kantin nan te fek vini nou te fek demare kantin nan gen 2 paran’k te vin la a yo fe 2 jou epi y’ap fe manje pou timoun yo! Men apre sa yo mande fo yo ta touche, fo yo ta touche. Men kom le a pat gen mwayen yo vin ale yo pa tounen, le nou vin sanse t’ap bay moun ki la yo on ti bagay yo pa vini yo menm.Ou konprann?

_kout silans_

#3 Jacob Laporte; Gason; Ecole nationale fond des lianes; 1
Timoun; Pwofese/responsab kantin; 12 ane nan lekol: Paran yo yo panse nan, moun ki nan kantin yo bahay sa yo nou gen anpil lajan nan men nou pou’n fe sa wi _#2 di: Wi_. Sa vle di gen bahay si’w ta mande yo sevis yo tou di’w ou gen kob nan men’w sa vle di e peze w’ap peze. Paran yo pa telman vle enh enh kolabore avek moun non. Mwen menm tankou m’konn gen karans pou bwa, le yo konn voye, yo te voye chabon pou mwen on sel fwa, chabon an annik fini avek bwa’m sevi. Gen de fwa se le’m pa ka jwenn anyen ditou se lakay mwen m’al fe emejennsi nan bahay m’gen rezev….vin pot on bwa lakay mwen se yo menm pafwa m’konn pran pou’m bay pou manje ka kwit wi. Paran pa telman vle kolabore avek nou konsa konsa. Ou we nan sa w’ap antre m’konn ap fe mache m’konn voye 1000 goud chak mache pafwa m’pa ka antre menm 1000 goud la menm. Paran yo pa telman vle kolabore avek nou.

#5 Jean Robert St Hilaire; Gason; College moderne; 1 Timoun; Direkte /responsab kantin; 19 ane nan lekol: Eksperyans pa’m mwen menm alo fo’m di’w ke chak lekol yo

gen on patikilarite, gen on spesifisite. Ee Met lan s’on lekol nasyonal _Yon patisipan di: Wi_ mwen menm s’on prive le’n di prive a, prive prive. Pa’w la koman m’ta di la? Prive misyon_ yon moun di: prive prive_, _ kek moun riii_Non ann di prive misyon n’ap ee spesifyel chak gen on ti patikilarite. Pa’w la prive prive? _ Yon patisipan di: nasyonal_ nasyonal? Ee pa’w la limenm se? _Yon lot patisipan reponn: prive_ Prive men enh _Legliz_ Legliz. Ou we’l di’w gen on papapa patenarya, gen onnnn li te di on mo tale a wiii _On patisipan reponn: parenaj?_ Parenaj. Mwen menm pa ekzanp m’pran kolej modèn, se youn nan rezon preske nou te genyen preske 200 konbyen timoun ki ofur-a- mezu k’ap redui. _vwa timoun ki pa two pre ki ap fe bri, pale._ Ki pa gen ni nan PSUGO ki pa ni EPT sa vle di ke se paran an,se gres kochon an k’ap kwit kochon an. W’a imajine’w pou’w g’on lekol ki gen 100 konbien timoun ladan epui eee 85 selman prezante res yo’k pa la a yo pa ka peye k’ap peye 2000 goud pou ane a tout fre ladan. E sa selman fe tout sa ki gen pou fe, pou’w peye pwofese donk sa vle di ke s’on lekol w’ap foseman fe, se foseman w’ap fe.Eksperyan pa mwen, kantin nan pou ane a s’on paran ki te konsanti ki t’ap vann nou bwa. Vann nou bwa wi. Men puiske nou lavi’l la l’oblije ale jus…leg pou’l bay bwa a. li fe on premye mwa, li f’on 2zyem mwa, 3zyem mwa a li komanse bay ratman finalman nou fe on jou 2 jou manje pa ka bay poutet bwa. _bri van ki ap soufle byen fo nan mikwo recorder a pandan yon bon ti tan_ Or li gen timoun anndan lekol la k’ap manje nan kantin nan sa vle di e pa on moun on moun deyo ki pa konn enpotans sa kap fet la timoun li anndan lekol la. Finalman le’m we sa m’oblije mentnan kite’l m’pran on lot moun ki jus ennnnm Rouso, le’w rive bo lanme anba pou’w antre bo met Ronald la anndan an. Le mentnan m’pran on tap tap pou al pran’l pou mwen li di’m:”Livre’l li direk w’ap ban’m 50 dola (250 goud) direk pou’m al pran bwa a pou ou anndan an”. E limenm le mwa l’ap ban’m bwa pou 400 dola ( 2000 goud) pa mwa. Ou we on situasyon? Sa vle di nou chak lekol yo gen spesifisite pa yo wi. 400 dola (2000 goud) pou bwa le mwa epui pou’m al pran’l e le mal pran’l epa on seul kou yo ban mwen’l donk chak fwa m’antre anndan pou’m al pran li on machin di’m 250 goud pou’l antre pran’l pou mwen le’m we sa m’pran moto siklet bon la m’mouri pi red paske moto siklet la li li pi che paske le’l fe 2 vwayaj la. Answit m’gen 2 cuizinyè, nan 2 cuizinyè sa yo youn ladan yo gen timoun lekol la kounya’k pral fe, ki te nan 5yem ane kounya’k pral fe 6yem ane. Nou ba’l 150 dola (750 goud) lot la n’bal 150 dola (750 goud). Donk _bri yon kok ki chante_ le’n vin komanse pou’l rantre kounya li fe 700 dola (3500 goud) obligatwa obligatwa pou’n bay a bwa plus paran plus fre transport. Donk nou retire frè transport la nou pran 700 dola (3500 goud) obligasyon. Plus puiske nan on premye tan m’pat jwenn sel se nou k’achte sel e apre BND vin ba’n sel pou mwa a se lwil selman li te bay avek manje donk ou pat ka kwit li konsa bay timoun yo. Donk le’m vini premye ee

nan komite jesyon pa’m nan tan mwen m’ap ba’w nan nivo komite jesyon’m nan koman sa ye, se yon pwofese ki ranmase lajan nan men timoun yo._Bri yon moto ki ap pase lwen_ On pwofese’k ranmase lajan an. Se yon manb komite ki pa, ki fe pati de komite a e ki pa menm gen timoun lekol la menm se li chak jou’k vin bay manje a ou we koman m’fel ki vin bay manje a chak jou.Epui m’gen on lot paran anko ki te lekol la e limenm malgre’l gen timoun lekol lan li te nan komite an, tidam ki mouri an. _hmm ok_ Men ki vini 2 fwa pa mwa_plizye moun ri_. Pandan mesye Bazou ap vin chak jou limenm ki pa gen enterè, li pa menm gen timoun lekol la k’ap vin chak jou e chak jou li vini vre. Chak maten 6zè di maten li vin bay manje, mwen menm mwen la selman pou’m sipevize’l. M’ale kote pwofese a m’pran fey apel mwen pou’m ka fementnan fe kontwol mwen etc. Donk li vin ban’m rapo tou sou manje’l bay se konsa nou fe’l. Premye mwa a pwofese a di’m ke yo ranmase 400 dola (2000 goud) tandike fo’m gen 700 dola (3500 goud) o minimom pou’m peye kizinyè avek bwa. 2yem mwa li ranmase 975 (4875 goud), 3yem mwa li ranmase 190 (950 goud) e pou mwa’d jen an li fini avek 65 dola (325 goud). Donk se pou’m montre’w ke pwoblem bwa a avek pwoblem kizinyè a s’on pwoblem serye ke’l ye donk m’panse ke nou te di sa avek BND si yo te kapab mentnan, jan yo te fe’l nan on premye tan yo te ba nou eee_yon patisipan di: briket_ Briket, briket lan m’panse ke li t’ap vreman itil nou. Pase gen de zòn tankou isi an eeee _Yon patisipan di: Isit lan la n’achte_ achte achte isi an la m’pa konn ki strateji nou itilize_Yon patisipan di: nou achte bwa_ Achte bwa? Gen de kote andeyo ou ka jwenn ni, non selman’w ka jwenn ni, ou ka jwenn li a bon mache tou men lavil la _Yon patisipan di: li ekzajere net_ Ekzajere, li ekzajere. Paske le moun nan vin la li pot’on ti bout bwa ba’w _Yon patisipan di: pou 50 dola (250 goud), 100 dola (500 goud)_ 50 dola (250 goud) , 100 dola (500 goud) donk s’on tet chaje e’w pa ka fe 2 kantin ave’l. Donk sanse se pwoblem sa yo n’ap konfwonte e le’w mande yo di’w tant ki pi plus li mwens. Le’w gen plus timoun li pemet ke mentnan oumenm mwen’d ti antre ke’w fe a li kapab itil ou men le’w gen mwens timoun tou le sa’w sanse pi krake _Yon telefon ap sonnen “TELEPHONE RING”. Le vin kounya la se 15 dola (75 goud), 75 dola (375 goud) ke w’ap ranmase _Telefon nan kontinye sone_ Nan men timoun yo pou’w fe tout bagay sa yo _#4 reponn: Kodonate m’nan on reyinyon la nan lekol la wi_ E manje a ki vin two piti w’oblije w’ap achte farin, ap achte veritab ladan li, ap achte bannan met ladan, pou’w, pase sitou le sa le le le mekredi donk s’on veritab tet chaje ke’l ye. Se sa’k fe ke nou konstate ke pandan gen anpil avantaj pou kantin nan jann te di’l tale a la, ni paran ni lekol la ni timoun yo nou ta byen renmen’l kontinuye. Men gen anpil pikan kwenna ladan tou donk ansanm pou’n ta we kijann te kapab ki fomul nou ta kapab utilize pou’n ta rezoud yo paske’l t’ap anko myeu _Yon patisipan di: anko myeu_ anko myeu.

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab
kantin; 3 ane nan lekol: Epi telman, pou montre paran yo vreman yo pa vle kolabore isi a nou mande paran yo, nou di chak mwa pou timoun nan pote on ti moso bwa avek 20 goud, le mwa wi. Tandike si’l rive bo wout la l’ap jwenn ti lo bwa yo mete 10 goud mwa ap koute’l 30 goud, Mwa wi. Timoun nan li pa pote’l, paran anko li joure’w nan lari _Vwa lot patisipan ki ap pale._ Gen timoun ki pa vle pote bwa a. Gen on timoun anba yo di’m manman’l konn di’l, l’avek fwet sot depi lakay li pou’l pot bwa a rive la a _Yon patisipan di: li pa pote’l._ Li pa vle pote’l e gen paran, g’on paran’k te vin la li te kanpe la byen move li vin la’l joure’m. M’di ebyen e konsa e konsa ou ye e jan _Yon patisipan di: timoun nan ap ye tou_ Timoun nan ap ye tou. Li kanpe la’l joure’m epi’m vire m’antre nan direksyon an epi m’kite’l ap pale. Poukisa? Pou _Yon patisipan di: bout bwa a._ Pou ti moso bwa a _Yon patisipan di yon pawol ki pa soti kle._ Pou pote _Yon patisipan di: bagay yo pa osi fasil non._ Pafwa se moun k’ap fe manje yo ki konn ap pase la chèche bwa _Yon patisipan di: chèche pay. _ Cheche pay _plizye moun riii._ G’on gadyen isi a epa wol li non e limenm pafwa m’konn ap mande’l sevis pou’l al kasemab pou’l al nan bouwet pou’l pote bwa pou timoun nan pou yo ka fe manje a pou timoun nan ou we paran an pa vle kolabore ansanm ave’w. 10 goud, 20 goud on ti moso bwa _Yon patisipan di: 20 goud pou mwa a._ Pou mwa wi a on ti moso bwa.

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol: Eske nou pa ta ka fe on fason fe on fomasyon pou lekol yo pa ekzanp manb komite a pou’n ranplase bwa a montre nou fe, koman yo dil anko? _Yon patisipan di: brike._ Brike a _Yon patisipan di: wi._ Montre nou kijan pou’n fe’l paske sa t’ap tre itil nou nou t’ap elimine depans bwa a si tout lekol ta gen brike an kantite pou yo fonksyone.

#4 Venel Maurice; Gason; Lalane et Pascale; 6 Timoun; Direkte /responsab kantin; 3 ane nan lekol: Eee m’panse sa’w di an, poum’ ajoute nou te di sa a Agwonom Emile nou te di’l eske’l pa ka montre nou fe’l _#2 di: Wi._ pou nou pa gen, pou nou ka gen mwens pwoblem. Li te di’m BND pa fe yo e PAM ki pou ta montre yo fe’l PAM pa montre yo fe’l esa’l te di nou.

M’konn yon moun ki fe sa potoprens, gen plizye ONG tankou USAID, PAM ki fe’l jwenn fey pou’l fe sa. Li melanje yo ak yon lot bagay li fe yon pat tankou le y’ap fe blok pou yo fe li. M’pa konn tout detay yo men se konsa li di’m yo fe. M’panse nou ta ka petet fe’l ak pay tou m’pa konnen.

Bon! Si pa gen yon lot moun ki ap di yon bagay nan femen seyans lan.

#1 Oxilien Lemesse; Gason; Ecole National Monneron; 2 Timoun; Direkte/Responsab kantin; 12ane nan Lekol: Mwen si’m konkli, e komsi’m we _Yon patisipan di: pa gen ankenn solisyon._ Pa gen ankenn solisyon paske le m’ap fe analiz m’we pwoblem bwa a li tout kote. Ane denye mwen menm se bope’m ki t’ap ban’m bwa a. Li te koupe on pye bwa bo lakay li epi de tanzantan, chak semen li toujou bann bwa pou’n fe kantin nan! Epi le’n gen mwayen an tou nou bali’l. Sa’k fe li te dekouraje li t’ap kite sa deja men’l di se pou’l pa’t kreye on ti difikilte antre mwen menm ave’l pou relasyon an pat koupe ki fe’l te toujou kontinye banm. Anba peze mis e le’l kapab tou paske li telman okipe. Pou fwa sa li di’m li lave men’l li retire ko’l nan dosye an. Kisa mwen menm m’tap eseye fe se te:”Achte yon pye bwa mete’l ate epi pou’m ta peye yon moun ojour-le-jour al fe bwa pou nou”. Al avek rach koupe bwa ban nou. E mwen menm se mwen menm ki te toujou konn itilize moto siklet kote bwa a ye an ojour-le-jour pou’m al cheche’l paske pou’m ta jwenn on moun fe sa pou mwen fo’m ta peye moun nan. Puiske’m we m’pap ka peye moun nan pa gen mwayen mwen menm m’itilize tout tan’m avek kantin nan. Tout tan’m pou kantin nan pou’m te kapab reyisi kantin nan pou ane a. Eee m’panse pi gwo pwoblem nou se pwoblem bwa a epi kizinyè yo.

_kout silans_

Ok. Alo nou menm nou pa vreman gen solisyon an se sak fe nou reyini avek nou fe ti pale sa pou nou we si ansanm nou ta ka jwenn yon solisyon pou nou amelyore sitiyasyon an. Se sa’k fe nou te bay ide ofri pwodui transfome yo yon fason pou nou ta we si nou ka diminye chaj yo.

Yon gran mesi a nou tout ki te vini la a, nou swete ke n’ap toujou rete an kontak yon fason pou ansanm nou ka amelyore sitiyasyon an.

#2 Georges Jacky; Gason; Cœur de marie; 0 Timoun; Pwofese/responsab kantin; 6 ane nan Lekol: Kesyon nou t’ap eseye poze tet nou, nou remesye nou tou. Men deja m’prale lakay mwen m’pa prale a ankenn ide nouvo ki pou pemet mwen konn sa’m pral fe. Eske juska, paske m’panse dat pou nou komanse avek kantin nan li deja mentnu e m’ap poze tet mwen kesyon kisa’m pral fe sutou konsenan pwodui lokal yo?

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #15: SIPIVIZE CANTEEN (POST)

Dat Fokis Gwoup : 8 Jiyè 2017-11 Out 2017
Dat transkripsyon an kòmanse 22 jiyè
1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: 3; Laporte Jacob; Gason; 36 lane; 1Pitit ; Inivèsite ; Pwofesè :
4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè :

Entwodiksyon
Bon map di nou bonjou …. Piblik : Bonjou.

Mèsi bokou pou prezans nou e mwen eskize mwen paske nou te di mwen se 24rè d’tan a lavans mwen dwe kontakte nou _48ed tan_…wi 48 ed tan avan, men se pa sa ki fèt. Sa ki rive se ke nou te gen yon reyinyon ak moun PAM yo nou te tou fè yon ti rete pale avèk yo se sak fè nou pat gentan antre an kontak avèk nou. Rezon ki reyini nou la maten an se pwogram pilòt ke PAM te kòmanse avèk on afè de 5 pwofesè lekòl sou kantin skolè, kote ke BND te konn bay responsab lekòl yo kòb pou achte tout bagay pou fè manje pou timoun yo olye se PAM limenm ki pote yo. Se pa sa?

Patisipan pa idantifye : Alò ee se yon ti limyè nou t’ap pote pou nou alo se pwodwi frè yo, pwodwi fre yo.

Kounya sa nou ta renmen konnen, se kisa ki te pase ak pwogram pilòt sa? Poukisa nou te kite pwogram nan ? ki diferans ki genyen ant lè BND pote manje a pou nou ak lè se nou menm ki responsab pou achte?

_Bri yon fèy ki ap chifonnen_

Pou moun ki pa ap rankontre nou premye fwa yo, nou chak genyen yon chif nan men nou, lè on moun bezwen pale li ap leve chif sa pou nou wè li epi ba li la pawòl.

_Entèvenant lan pwente yon moun ki parèt enkoni pou li li di’l : Mesye sa parèt enkoni, ou konprann sistèm nan ?

Patisipan an reponn : Mwen konn fè sa deja wi.

Mwen ap pwofite prezante tèt mwen, mwen se Serge, mwen fè pati de Socio Digital, Miss Almathe se kolèg mwen. Nou ap fè travay la ansanm. Youn nan bagay ki enpòtan pou nou konnen se ke nou menm nou vini la pou nou tande sa ou di epi rapòte li jan ou di’l la, menm lè n’ap fè transkripsyon sa ou di yo nou pap retire nou pap mete paske se sa moun ki sou teren an ki se nou menm panse, ki enpòtan pou nou.

Yon patisipan di: Ok dakò pa gen pwoblèm _Li fè yon ti ri iwonik_ Mèsi, Bon eee Ou mèt pale.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Donk mwen di Bonjou a tout moun, tout reprezantan PAM yo. Alò mwen menm mwen se

reprezantan kolèj modèn M’se Jean Robert Saintilert m’se # 4 . Ee pou reponn dirèkteman avèk kesyon ke’w poze a ennn efektivman s’on pwojè pilòt li ye. Tout pwojè pilòt li ka abouti, epui li ka pa abouti…_Bri yon moto ki ap pase_… sa depan de eksperyans ki fèt sou tèren an. A mon avi pou mwen li te yon bèl eksperyans pase yo di’w ke menm nan echèk la w’aprann.Se te byen kanmenm yo te eseye pwojè pilòt la lè’n rive sou mache a tou nou fè yon bann konsta. Enn konsta a se wè ke ki mizè BND t’ap pase pou jwenn pwodwi frè sa yo. Paske mwen menm pèsonèlman o nivo kolèj modèn, nan yon premye tan alò ou konnen nou sanse gen yon komite de jesyon k’ap jere kantin nan_Bri yon moto ki ap rapwoche_. Nou voye yon deu[21] (2) reprezantan komite a al achte. Lè yo rive aprè deu (2) mache, deu (2) wikenn yo di bagay sa m’ap di’l jan yo te di’l la, yo di bagay sa yo pa pral ladanyy[22] ankò_bri van ki ap pase devan mikwo rekòdè a_ se bagay imilyasyon yo ye.Pase le’w rive, pliske fòn toujou ale avèk balans pou’w ale pou’w peze bagay yo paske ou pa’p jwenn tout bagay yo yon sèl kou ou pap ka achte tout nan men yon sèl machann. E lè’l sispèk kounye a li wè se peze n’al peze’l tounen’w tounen donk menm moun sa a li gentan fè on sin donk rès kote’w pral achte’l la li pete fyèl ou. E kòb ki nan men’w lan li pa ase pou’w fè’l. E bagay yo sanse mik mak miwo miba sou mache a, gen de lè gen abondans gen de lè tou pa gen abondans. Bon! èske nan debi nou te al ache’l la se te ka petèt yon peryòd gen anpil pwodwi se fini’l t’ap fini donk pwodwi, pri yo…..

Monte ?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Monte. Donk lè sa m’oblije monte m’al soufri. Finalman _Bri yon moto ki ap pase_ m’te oblije fè mwa de septanm nan selman O nivo kolèj Modèn e paske m’te sou yon dezyèm gwoup, pou twazyèm nan m’te oblije fe yon grenn jou sou semèn lan sèlman. Li vini’l di’m direktè rann mwen on sèvis fè’m favè pa voye’m nan bagay sa ankò al sou mache al pran imilyasyon eksetera. Donk lè’m vin voye katriyèm moun nan pou dènye semèn nan li di’m ahhhh monchè e wè’l te wè mizè li t’ap pran paske gen pwodwi’w pa ka jwenn e dezyèmman yo chèrr[23] e kòb yo pa ba ou pa vwa efektif timoun ke’w genyen an donk li pa ka fè’l. Donk m’te gentan di pèsonèlman ansanm avèk ee ee responsab BND yo fè’m gras sa fè’m favè sa e pou mwa d’oktòb la li pa bezwen te bay kolèj modèn kòb la ankò yo mèt remèt ROPANIP kòb la pou’l kontinye fè acha. Eureuzman[24] pou nou, chans pou nou vin gen siklòn _riiii _

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Matyou, Kòmanse depiiii lendi 3 òktob Si’m pa twope’m _bri ti zwazo k’ap chante_ pase nan dimanch 2, lendi 3 oktòb pou ta ba’n[25] pwodwi nan lendi 3 oktòb lan epi donk siklòn nan vin fè ke mentnan tout mwa oktòb lan lekòl vin pat fonksyonne. BND vin pa bay pwodwi frè ditou ditou avèk moun ki te konn vin nan pwojè pilòt yo niiii lòt lekòl yo. Pase yo vin pa ka jwenn. Siklòn nan ranmase tout pwodwi yo ou pa ka jwenn epi yo vin demare ak nou an janvye. _Bri van ki ap pase devan rikòdè a_ donk pou pwojè a an gwo se konsa’l te ye men si se pa’t siklòn lan nou menm se BND ki t’ap ban’n[26] pwodwi. Donk kolèj Modèn pa ta t’ap kontinye mwa d’oktòb la. M’ panse ke kolèg yo pra’l pale laaa yo te gentan pran kòb pa yo yo menm nan wikenn ki te samdiii premyeee depi nan vandredi ki te 30 30 Septanm _bwi yon moto ki klaksonnen_ pou’l te ka fè mache nan wikenn premye oktòb la pou lun…pou semèn pou premye semèn oktòb la. Men kolèj Modèn pa’t pran pa’l la li menm pase’l te di’l p’ap antre nan lojik sa ankò pase bagay yo vrèman duur[27]. Kijan, ankò deja pa gen tan. E sa’m t’ap di.

Ok dakò an nou tande eksperyans pa lòt moun yo?! _Plizyè moun pale tou ba, pawòl yo pa klè_

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Mwen se Laporte Jacob pou Fonds des Liannes # 3. Se te yon bèl eksperyans li te ye pou nou_Bri ti zwazo k’ap chante_ avèk eee acha pilòt la mwen menm m’te konn fè mache chak dimanch. _bwi moto k’ap pase ak bri zwazo k’ap chante_ Ale nan tèt mòn javèl kote yo te konn fè, kote sous bahay la ye a menm se la m’te konn jwenn yo m’te konn rete rès kòb nan menm nan sa, kòb ou te ban mwen an. Paske anba isi a yo vann li pi chè ke anlè a _Hm-Um_ Men m’te vin rankontre difikilte ladan li pase peyizan yo pa vle siyen pou ou. Pase fò’w verifye bagay la w’ap apwouve li nan men ki moun enben si se pou sa m’ap achte _patisipan an bege nan m’ap_ si se pou sa w’ap w’ap m’ap vann ou ou mèt kite bagay yo. Men sa yo bay anpil pwoblèm nan sans sa. Lè fini ennn m’te vin santi m’nòmalman an difikilte pou’m te kontinye paske’m ta pral nan inivèsite. Se chak samdi chak dimanch m’pa t’ap gen tan pou’m te kontinye. E moun ki nan komite a

avèk mwenyomounkipiaksèkitekaalealipakonnekripou‘ltekafèfichyo_Bri van an ki ap pase devan dekodè a_ ennn kounye a li te ka ale l’al kontwole afè lajan kounye la lòt moun nan li menm li pa’p deplase le dimanch sitou se yon moun ki nan ministè _Bri moto ki ap pase_ nan legliz nan bagay lekòl di dimanch li pa’p gen tan’l di mwen eee e sa’k fè mwen t’ap kanpe a pati de oktòb epi siklòn lan pase yo tou kanpe’l

tou. Kounya la yo vin voye pwodwi pou mwen se konsa sa te pase. Men li te yon li rete kòm yon bèl eksperyans pou mwen sof ke gen pwodwi jan Direktè a di a m’ te mal pou jwenn. Men m’te konn ranplase yo pa lòt. Enn genyen ki vrèman chèrr tankou kesyon yanm. Gen yon epòk yanm lan pi chè pase lòt, annh li te rete kòm yon bèl eksperyans. _Bri machin ki ap woule on ti jan lwen_ Esa’k fe gen moun ki te gentan ap lwe kay ap kliyan men m’pa t’ap ka kontinye.

Ok mèsi !

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Veniel
Maurice Kolèj Lalane e Pascal. Bon ! m’salye reprezantan pa’m yo tou. Ee menm jan direktè Saintilert te di imilyason moun yo pran, premye eksperyans mwen se nan mache’n t’ale e te mwen avèk yon moun nan komite a. M’ale avè balans mwen m’mete’l ka mèt Lami an epi n’achte vin peze n’achte vin peze. Men lè’m vin gade m’wè m’wè li pa’p bon konsa. Nou te jwenn moun Payan menm, moun Payan an nou rele’l nou chita avè’l nou fè kontra avè’l. Nou di’l men tan kilo nou bezwen nan chak bagay e malgre ti kòb yo te ban nou an’l pa reponn nou menm nou f’on fason pou nou ka jwenn bagay la pase pou timoun yo e nou bay kòb moto a, epi nou aranje nou avè’l, epi li menm li pote yo vini pou nou. Li pote yo vini epi nou tou bal kòb la. Kòb yo ban nou an lèl pa kont nou menm nou f’on ti bagay nou met sou li pou’l ka met gaz pou’l pote’l vini pou nou la. Se sa nou te fè. Men alò epa nou’k te sòti se pa rapò ak siklòn lan epi yo tou kanpe. Ou konprann yo tou kanpe epi lè nou fè’l konsa li ankò, m’wè’l te bon pase pou lè yo pote yo a, genyen yo konn pote yo pouri. Sitou obèjin yo, yo konn pouri men nou menm nou di’ll men kilè pou’l pote’l pou nou li pote’l lè a, li pote’l chak lendi, li pote pou nou epi aprèsa nou menm nou mete yo yon kote. Men lè yo achte yo yo konn achte yo, yo konn fè nenpot gen de lè yo fè nenpot 5,6 jou wi ! _Yon patisipan di : atè_ atè avan nou jwenn yo. Gen yon moun m’te di sa m’te di dam lan sa’l di’m se pa rapò yo pat jwenn bò isi a yo te konn al pran yo jis pa deyè, Pòtoprens yo di yo te konn al pran yo se sa’k fè yo pase plis mizè yo konn pouri donk se konsa nou te konn fè’l nou menm.

Ok mèsi. Pwogram pilòt sa konbyen tan li te konn dire egzakteman? _Bri moto ki ap pase on ti jan lwen_

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Yon mwa, yon mwa’l te dire, wi yon mwa.

Kòman yo te konn ban nou kòb la? Kijan yo te fè gen kontwòl sou li, eske nou te konn gen yon fich pou nou ba yo lè nou fin achte? Eske yo te gen yon kantite kòb presi pou yo ban nou? Eske se avan nou achte yo te konn ban nou li oubyen aprè?

Piblik: Avan nou achte.

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Avan nou achte,yo ban nou kòb la men pa’m nan m’pat gen difikilte pou’m siyen’ l paske moun ki pote’l ban mwen an e li menm mwen tou bal fich la’l tou siyen epi li remèt mwen yo. Aprèsa lè nou rive nou remèt li epi lè yo fin fè kontwòl epi aprè yo ban nou kòb anko. Se konsa yo konn fè’l.

Kisa BND te konn ban nou? Menm lè ke yo te konn ban nou kòb pou nou achte pwodwi frè eske apresa yo gen yon lòt bagay yo te konn ban nou?

Patisipan pa idantifye: Aprèsa li ban nou pwodwi sèk.

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Li ban nou pwodwi sèk.

Tankou kisa?
Piblik : Diri, pwa ,lwil, sèl.

Ok an nou kounya fè yon konparezon ant jan sa te konn fèt avan ak jan li fèt kounya, sa vle di ant lè nou te konn al achte ak lè se BND ki ap pote ban nou ? Nenpòt moun ka reponn.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Chak moun gendwa reponn fason pa yo?

Wi.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : _Bri bagay ki ap frape devan rikòdè a_ Pou kolèj Modèn mwen m’panse ke BND kontinye ba nou

pwodwi yo paske avan’n te konn plenyen. Yo te konn pat sifi se sa, donk eee lè yo vin rekòmanse’l an janvye 2017 la donk nou menm pou kolèj modèn sa yo bay la li vin on gran kantite sifizant. E deuzyèm’man[28] pou berejèn nan bon m’pa konnen kòman yo òganize yo eee si se nan men pwodiktè a yo tou pran’l dirèkteman pandan 2 janvye 2017 la a jen an sa yo bà’n[29] nan li toujou bon. Li tou fre tankou se yon bagay yo te keyi lendi maten epi menm lendi a yo pote’l vini. Men aprè anpil pale donk montre ke yo pa bon yo pouri yo pouri donk finalman yo sanse sanse vin amelyore yo. M’panse ke si jan yo fè’l de janvye 2017 la a jen 2017 la se konsa, yo mèt kontinye bay li_1 segond poz_ kontinye bay li.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Pou Fonds des Liannes mwen p’ap ka kontintye.

Ok

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Konn menm m’pap ka kontinye_Bri yon moto ki ap vini_ kòm m’te di’l deja m’p’a gen tan. Se chak samdi chak dimanch m’al nan inivèsite m’pa’p gen tan pou’m al nan mache.

Ok

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Bon pou Lalane e Paskal (01) _Hm-Um_ Eee bon si BND ap bay li n’ap pran’l wi li mèt ban mwen’l ke’l banm kòb la.

Ou Pito se BND ki pote yo?

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Bon li mèt pote yo vini, li mèt pote yo vini.

Ok Mèsi, daprè nou menm eske gen yon mwayen ki ekziste ke BND ka itilize ki ka pèmèt pwogram nan pi byen mache ?

Patisipan pa idantifye : Si e pou sa tank nou chaje. Riii di nou non, tout sa ou panse.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Pase chak lekòl toujou g’on banm menm menm menm plenyen y’ap fè._Um-Hm_ Seee kotizasyon paran yo mande an ki pèmèt ke _Bri yon machin ki ap pase yon ti jan
lwen_ yo jere ni kwizinyè yo jere eeenm rès bagay y’achte pou yo fè manje yo. E gen de kote se chabon y’achte gen de kote se bwa yo achte kèk fwa gen lekòl ki gen dwa gen chabon oubyen bwa genyen li gen pwòp sous enèji’l pou’l fè manje a. _Um-Hm_ Men tout sa yo se kaskèt chinwa’l ye pou tout lekòl tout lekòl. Paran an pa vle peye e’w pa ka voye timoun yo tounen pa ka voye yo tounen. Eee imajine’w pou mwa jen an la _Bri yon moto ki ap pase yon ti jan lwen_ Mwen ranmase 425 goud_1 segond poz_pou‘m jwenn kantin lan nan mwa a. Pou’m peye kwizinyè pou mwen achte bwa. E mwen fè yon kontra bwa avèk yon moun k’ap soti jis anlè tèt mòn, sot dèyè al al al Silèg pase pa gen bwa lavil la. Pou tout kous eee mil 500 goud chak mwa. 300 san dola (dola ayisyen/1500 goud) chak mwa. Kwizinyèr la nou prevwa bal yon ti pitans e 750 goud _kout poz_ le mwa. Donk sa gentan ba’w eee 450 dola (dola ayisyen/2500 goud) le mwa. Obligatwaman pase ou pa ka pran kouraj moun nan’w pa peye’l ou pa ka mete’l nan kwizin nan ap fin kwit fwa’l ou pa peye’l nan manje, dife a epi bagay ti pitans sa ou pa ka peye’l. E vwala ke w’ap rantre 425 goud e lè’w fini fò’w jwenn epis pou’w achte met nan manje a pase ou pa vle mete sèl la a lwil la sèlman nan manje a bay timoun yo. Kwit diri a a pwa avèk lwil la sèl la sèlman. Donk BND pa fè anyen se ou, nou menm lekòl yo donk ou ka wè nan ki tèt chaje ke tout dirèktè lekòl ye tout dirèktè lekòl ye donk si o mwen toutan’n te konn plenyen sa ak BND yo te ka ede’n _kout poz_ jere. Bon m’pa konnen nan fason pa yo vwa yo, sa t’ap pèmèt ke mentnan eeennm pwoblèm ewozyon an. Pase _ri_ nou konn konsekans lan wi. Pwoblèm ewozyon an nou t’ap konbat li _Bri yon moto ki ap pase yon ti jan lwen_ Pase lè’w koupe bwa se tè a ki ki ki devide k’ale donk nou t’ap konbat li. E dezyèm’man ennm nou pa ta’p nan tèt chaje avèk eeee moun pou bann kontra bwa. Pase‘m sonje yon leu[30] yo te eseye eenm ba nou brikèt brikèt. Oubyen’m pa konnen petèt ee _Patisipan an di fra sa byen vit: yo te deja vini a brikèt yo deja_ si’l te enposib misyon sa te enposib pou yo te bay brikèt la pase nòmalman m’pa konn kòman kote yo te jwenn li eksetera si yo te gen difikilte pou yo pwodwi li pou yo jwenn li. Donk yo te ka mentnan jwenn lòt sous enèji pou y’al fin kwit manje a li pa oblije chabon li pa oblije pye bwa li pa oblije bwa. Men la lekòl yo pa gen mwayen e si paran an pa ka bay kòb pou fè’l fò’w ka mande direktè lekòl la pou’l ta mande paran an plis kòb kounya pou’l tonbe nan afè ekzanp fou yon fou a gaz ekstetera donk pou’l ta fè manje a. _Bri yon moto ki ap pase yon tijan lwen_ Eee timoun yo renmen manje a nou byen kontan. Konsekans sa gen ladan’l lan alò konsekans eee rezilta pozitiv, sè ke randman skolèr la ogmonte. Timoun nan lè’w te konn vini li te konn vin chita l’ap dòmi w’ap wè ou pa jwenn sa lekòl la ankò.

Pase’l jwenn yon ti manje’i manje li jwenn on ti manje’l manje. Paran an li menm lè’l sot lakay li li konn timoun sa jwenn manje li pa ka tèlman twò trakase tèt li pou’l jwenn kichòy pou’l ba’l avan li vini. E lè’l rive lakay li ankò li oblije jwenn yon ti bagay kòm li nan milye peyizan donk li bay li sèlman le swa li jwenn on ti soupe’l ba li. Donk eee li konnen timoun sa fenk sòt[31] pran yon ti goute lakay li li ka sipòte pandan jounen an. Donk e timoun sa lè’l rive li ka, yo ka fòse’l etidye_Bri yon moto ki ap pase_ pase vant li pa vid vant li pa vid. Donk m’panse ke se tout avantaj sa’k genyen donk kantin nan li vrèman bon men avèk tout pwoblèm li genyen yo si PAM te ka ede’l jere pwoblèm sa yo m’panse vrèman nou t’ap di eeee beni swa Letènel_yon patisipan fè on ti ri nan gòj_ pou moun ki kwè nan Bondye yo e ayibobo _patisipan an ap ri pandan l’ap di sa a_ pou moun ki kwè nan nan nan nan dyab yo.Nan bagay yo.

Ok mèsi, an nou tande yon lòt patisipan.

3 Laporte Jacob; Gason; 36 lane ; 1Pitit ; Inivèsite ; Pwofesè : Ee jan dirèktè a di a se tout lekòl ki gen difikilte avèk eee kotizasyon yo pran nan men timoun yo. Nan lekòl pa’m lan _gen yon patisipan ki ap pale an menm tan a #3 de yon moun ki pote yon bagay pou li l’ap soti al pran’l_ Se mwen ki responsab pou pran lajan nan men timoun yo._Bri yon kòk ki chante_ Tou sa konn rive nan, alò chak semèn nou mande timoun yo pou yo bay 20 goud pa semèn. Premye jou travay la ou ka ou ka jwenn on 250 goud! Aprè sa bon espere ankò pou rès semèn nan w’ap jwenn 500 goud an tou nan men timoun yo. Plis ladan pou nou jwenn pou nou bay achte engredyan pou manje a ka kwit. Sa konn rive alò mwen menm m’pa fè kontra avèk kwizinyè. M’ka di men konbyen kòb m’ka, m’ap ba yo men m’konn fè twa mwa m’pa bay yon goud nasyonal. Mwen pa m’pa genyen m’pa jwenn. Pafwa ti kòb m’gen nan menm nan pou’m bay achte epis la m’konn di medam yo bon eee pran’l konsa na fè sa’n kapab. Pafwa manje yo konn manke enn nan enn nan gou paske pou’n jere pandan semèn nan pou’n fè manje 5 jou e epis ki genyen an e ti kòb ki genyen an li pa ka, li pa sifi pou’w achte epis pou pou tout semèn nan. Sa fè m’konn gen difikilte avèk medam yo konsa aprè m’konn fè twa mwa m’pa ba yo yon goud nasyonal. Dèfwa tou sa nou vin achte a li pa menn achte eee epis yo pafwa tou timoun yo plenyen pafwa tou yo di se yo Veniel pran pou’l met nan poch li, kòb yo bay la, sa’k bay yo a. _Bri mote yon moto ki ap bouyi_Esa’k fè esa’k fè m’ap pase yon tray mizè anba timoun yo anba bouch timoun yo pi move moman. Epi medam yo gen dèfwa yo konn gen rad pou lave yo konn ap mande’m kòb savon bagay m’pa genyen’l. M’konn pa gen kòb savon an. _Bri moto ki ap pase_ w’a eksplike yo pa A + B m’pa genyen’l men pafwa sa konn fè’m mal tèlman m’di yo si’m te gen nan pa’m nan nan nan

pòch mwen m’t’ap pran pou’m te ka enn ban nou. Eee sitou dè fwa y’ap plenyen mèt la:”eee si’w te gen mwayen ou te ka fè’m jwenn kèk moso bwa pou’m ta, se mwen k’ap mache nan bwa kounya la bwa fini se mwen k’ap mache nan bwa chèche bwa m’pa ka fe 2 travay on sèl kou”. Bagay sa vrèman banm difikilte alò si PAM te ka retounen avèk eeee brikèt kòm direktè a di deja la li t’ap trè bon pou nou.

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Bon kesyon bwa a se li menm ki rèd ni kotizasyon timoun yo. Timoun yo pa, paran yo pa vle peye _Bri yon moto ki ap pase_ Lèee bon dirèktè a di li ban moun nan 1500 goud _Direktè a reponn: Pou bwa a wi_Pou bwa. Eee nou te gen yon moun nou te fè yon kontra bwa avè’l li te mande nou 1000 dola (dola ayisyen/5000 goud) chak mwa. 1000 dola. Anba redi’l rete avè nou 600 dola _Bri yon moto ki ap pase_. Li di l’ap ban nou bwa el’ kòmanse ban nou vre! _Bri yon kòk ki chante_li kòmanse ban nou’l nou aranje nou nou peye’l yon premye mwa. _Bri van ki ap soufle devan rikòde a_ Nou aranje nou nou peye’l yon dezyèm mwa. Twazyèm mwa a nou bloke _rii_. Sak vin ede nou, isi a ou konnen te gen anpil bwa lè tan an pase a tan lage tout atè. Monchè te gen yon pye kachiman la_Bri yon moto ki ap rapwoche_ tan lage tout atè. Bwa sa yo nou peye moun nou fè _Bri pye moun k’ap mache sou fey sèch_ ok nou peye moun nou fè koupe yo _Vwa yon gason ki on ti jan lwen ki ap pale pandan 2 segond_. Koupe yo sanble yo epi kite yo la nou pa fè chabon anyen avè yo! Se bwa sa yo nou jwenn nou sèvi moun yo fè manje. Ebyen rive nan mwa’d juyen[32] an la, mwa’d me. Timoun yo pa peye nou pa gen bwa se_poz yon segond_ yon paran m’jwenn ki dwe’k pa janm peye ditou ditou ditou. Li di’m li gen difikilte pou’l peye m’mande’l èske l’ap, bon ankò menm li menm ki ofri’m. Li di’m l’ap ban nou bwa pou li di l’ap ban nou bwa pou lekòl la pou nou fè rès jou yo. _Kout poz ak vwa yon fey k’ap chifonnen_ Epi mwen di’l, nou te rete kèk jou nan mwa’d me a epi’m di’l nou ka rete yon de semèn nan mwa’d jen an èske l’ap ka ban nou bwa? Li di’m wi l’ap ka ban nou bwa. Ebyen Vrèman’l di’m wi li pa ban nou pwoblèm. M’te gen gwo bout bwa la m’po’t ko fann li vini’l fann yo aprèsa li vin la a bwa li ban nou se sa’k sove nou. Men si BND te ka vini avèk brikèt la anko’l te ban nou li t’ap mye pou nou.

Ok dakò, Nou konnen ke BND avè PAM se sou bidjè yo ap travay, e nou konnen ke lè yon moun gen yon bidjè li oblije swiv li a la lèt, li pa ka depase’l. Li pa ka depanse plis ke sa li te dispoze pou li fè li a. Kisa nou panse yo ka chanje nan meni an ki ka pèmèt yo nouri timoun yo pi byen pandan yo kenbe menm bidjè a? Kesyon an se èske nou gen yon metòd nou ka pwopoze pou yo kenbe pwogram nan pandan yo ap depanse mwens lajan?

Patisipan pa idantifye : Ann di sa avan nou ale non riiii.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Se ou ki dwayen an nou te’m kite’w te’m kite’w….

_Plizyè moun ap pale an menm tan tou ba, pawòl ki pa gen rapò avèk fokis gwoup la e ki pa klè_

_Yon moun bay Almathe yon bagay li di : Mèsi bokou wi, mèsi Bokou_ Patisipan pa idantifye : Pa gen pwoblèm non, Wi dwayen !

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Gen yon seri bagay yo te anonse _Wi_ depi premye fwa lè’n ta’l nan rankont lan _Bri van k’ap pase devan rikòdè a ak bri yon machin ki ap pase_ nan fòmasyon an. Yo t’ap bay timoun yo gen gen gen kèk_Bri fo yon moto ki ap pase pre_ lekòl ki jwenn li genyen k’pa jwenn li tou.E Nou panse ke a nivo pa nou’k t’ap bon pou timoun yo se kesyon lèt la.

_Bri yon machin ki ap pase yon ti jan lwen ak vwa moun ki ap pale an menm tan ke patisipan an_

Ok

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : _Bri van yon ti jan fe vwa patisipan an pa sonnen klè_ menm ke gen de twa paran ki pa bay li menm men gen yon bann lekòl ki pa jwenn li. Ou pa jwenn li ? _Yon patisipan reponn : Non m’ap jwenn li._Yon lòt patisipan di : Non twa lekòl sèlman ki jwenn li_…3 lekòl ki pa jwenn li, pou komin nan ? Yon patisipan reponn : Wi twa lekòl pou komin nan ki jwenn li_Twa lekòl pou komin nan ki jwenn li. _Bri pye yon moun k’ap mache_ M’panse ke menmlèm’pakwèniPAMniBNDyotekonn_Briyonmotokiapderape_ fèsa.Se pandan m’panse m’panse wi, se yon sipozisyon ke se lèt la yo pa jwenn li._Almathe ap eseye pale avèk patisipan an pou’l di li ke se sa yo pa jwenn li men patisipan an pa ba’l tan_. Lèt la yo pa jwenn li yo pa jwenn li men se pandan yo ka ranplase lèt la vre pa omwen yon ju natirèl. M’panse yo ta ka jwenn fwi natirèl pou’l ta ka ranplase’l ranplase’l m’panse k’ap bon pou timoun yo tou eee timoun sa yo si yo ta pran on on vè ji

nan maten avèk eee yon sandwich oubyen’m pa konnen, yon bagay kèlkonk. Eee m’panse’l t’ap pi ekonomik ka rete. E pou timoun yo yo menm m’panse’l ta’p ankò mye li

t’ap ankò mye. E si e on esè n’ap fè n’ap fè on esè pou’n wè ke sa’k te kapab fèt lè sa nou pa pral bezwen ni bwa ni kwizinyè. Nèke vini yo bay yo bay ranje pase bay timoun yo depi lè sa pwogram lan vin bout. Lè sa kounya vin genyen mwens traka pou direktè lekòl mwens traka pou komite de jesyon. Eee nou pa nan kontra bwa tou. E lè sa plenyen pou bwa chak fen dane k’ap ale jwenn BND a li pa t’ap jwenn li. Donk m’panse mentnan sa t’ap pèmèt nou avanse mye.

Ok, sa vle di ou panse yo ta ka kanpe afè kwit manje a nèt oubyen ou vle di yo ka fè on jou manje kwit on jou sandwich ji?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Wi vwala se sa’m di’w la wi se sa’m di’w la.Pou amelyore bagay yo.

Ok, dakò !

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Yo ta ka fè tou yon semèn, yon semèn sa y’ap bay lan, frèt lan. Epi pla cho a yon semèn .

Men kiyès ou panse ki ap prepare bagay sa yo? Kote’w panse yo ka jwenn yo?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Bon sa m’pa konnen se e lide n’ap brase.

Wi mwen konprann se lide nou ap brase, men ou pa panse si se yon lòt kote li ap soti li ka koute plis kòb toujou ? nan sa ou di yo èske gen kèk nou ka tou jwenn bò isi a ? pou ji natirèl la nou konnen nou ka jwenn anpil grenadya.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : N’ap jwenn chadèk, n’ap jwenn zoranj, bon zoranj si a m’panse e pi bon ji ke zòranj dous la.

A kisa ou panse yo ka akonpanye ji a?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Bon ee y’ap achte yo nan nan nan makèt, y’ap achte yo nan makèt la.

_Yon patisipan reponn men li pa pale ase fò, pawòl la pa sòti klè_ E si nou ap chèche bagay lokal ?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Bon tèt chaje e lè sa mete yo nan po s’on lot pwoblèm ankò wi.

Patisipan pa idantifye: Wi li gendwa plis koute.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Non li gendwa pa met nan po li gendwa jis mete nan po, fè’l mete’l nan yon gwo tèmòs gwo bagay epi lè’l fini pase bay yon an lekòl la epui[33] deja gen gode lekòl la chak timoun yo jwenn on gode epi Kwizinyè a toujou la pou’l lave yo,netwaye yo chak jou. Menmjan timoun yo gen gode yo bwè dlo ou konprann? _Hum-Hm_

Ok

3; Laporte Jacob; Gason; 36 lane; 1Pitit ; Inivèsite ; Pwofesè : Alò m’te pase nan an nan letri a m’te wè plizyè kès lèt.Yo di’m se twa lekòl sèlman yo bay lèt. Menm moman d’tan an m’te rele agwonòm nan, m’te di agwonòm nan èske’l pa ta hum m’wè’l ta li ta vrèman enpòtan si semèn sa nou bay yon lekòl lòt semèn nou bay yon lekòl Konsa n’ap kouvri tout lekòl yo san’n pa bay en en san’n pa bay yon sèl lekòl. Kounye a li di’m bon se pa rapò avèk e e li pa ka founi m’vin konprann sa. Si semèn sa nou ban mwen lòt semèn nan bay dirèktè Jean Robert lòt semèn nan bay direktè ee Lalane. Epi konsa tou n’ap ka benefisye. M’wè’l t’ap trèz’enpotan omwen si semèn sa m’pa jwenn men m’espere on lè m’ap jwenn kanmenm. Fè chak timoun, fè chak lekòl benefisye yon lè nan lèt la. Men m’wè s’on, lèt la li ka konsèrve[34] jiska dimwa (10 mwa) san’l pa gate nan boutèy la. _Bri yon mizik ki t’ap vin fò epi ki kanpe_

Daprè oumenm lèt la pa t’ap fè pri a ogmante ?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; te di nou se te chak mèkredi yo t’ap ban nou’l .

Sa vle di lè yo bay lèt la yo pa bay manje?

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; yo te di nou bou…yo t’ap akonpanye lèt la ak bouyon an.

Filo ;

Direktè : Non lèt la yo

Filo ;
Ok se fason ke nou ap chèche pou nou kenbe pwogram nan sa nou pa depase bidjè a.

Direktè : Non, men non

_Genyen yon patisipan ki ap pale ansanm ak Almathe epi gen van_

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Timoun nan gen yon kantite de kilo ennn de kalori li bezwen jwenn men nan bouyon l’ap manke se lèt la k’ap k’ap k’ap konplete’l.

_Bri yon moto ki ap pase yon ti jan lwen_

Sousi nou se ke nou gen yon bidjè pou pwogram nan, si nou depase bidjè a pou nou fè kantin nan pwogram nan ka kive nan wout li kanpe. Pou nou anpeche sa, nou ap chèche mwayen pou nou toujou kenbe pwogram nan san nou pa depase bidjè nou.

Serge ki se yon lot manb Sociodig ki ak Almathe di : Nou pa vle depase bidjè nou men an menm tan nou ap chèche efikasite, nou vle bay timoun yo bon manje ki bon pou yo a kantite kòb nou genyen an. E pou nou menm se nou menm ki gen pwogram nan nan lekòl nou yo ki ka ede nou nan sa.

3; Laporte Jacob; Gason; 36 lane; 1Pitit ; Inivèsite ; Pwofesè : Bon lòt
bagay, alò se yon pwopozisyon. _Bri moto ki ap pase_ M’panse ke BND sou prèske twa zan (3 zan) avèk eksperyans sa pwodwi lokal la. _Hum-Um_ M’panse ke achte’l sou mache menm jan nan men pwodukteu[35] a l’ap peye’l yon pri. Men si yo menm yo ta eseye aranje yo ee nan gwoup moun k’avèk yo, yo gen tè a pase’m gen enpresyon m’gen enpresyon obèjin nan esa’k pase ki fè pandan 6 mwa yo bay li li fre tout bon m’pa kwè se nan mache y’achte’l. Jan’l parèt fre a pandan tout 6 mwa se yon kote ke yo pwodwi’l epi y’annèk al achte’l. _yon patisipan di : dirèkteman_. Sa e sipozisyon’m fè wi. Eske yo pa ta ka fè’l tou pou tout rès pwodwi yo tou ? M’panse kounya lè sa k’ap pemèt ennn ke sipoze ke nou 5 lan la, on ekzanp m’pran wi. Ki mentnan kounya ki deja anndan BND ki se pat’pat’patenè’l nan yon sans oubyen nan yon lòt sans. Donk kounye a s’il kanpe k’ap deranje nou, mwen menm kòm direktè lekòl s’il kanpe k’ap deranje’m, timoun yo yo pral vin dòmi eksetera. Randman skolèr[36] la pral diminye donk m’gen enterè mentnan kounya pou’m kopye yo, pou’m kontribiye pou’m fè travay la vanse. Donk kounye a nou kontribiye nou mèt tèt nou ansanm pou’n di mentnan ke mentnan pèmèt ke mentnan BND jwenn li jwenn li a meyè mache pa rapò avèk si se te nan, sou mache a nou t’ap achte’l. Nan men pwodiktè a pa gen anyen pou’l wè ak BND li menm. Donk èske Tout pwodwi sa yo nou pa ta ka jwenn yo konsa pèmèt omwen gen yon pati nan kòb sa ki diminye, kou a diminye. Eske BND li menm pa ta ka ale nan sans sa. PAM pa ta ka

ale, bon m’pa di PAM non petèt BND pa ta ka ale nan sans sa pou pèmèt ke mentnan donk nou jwenn li konsa? Menm si’l pa ta pou ane 2017-2018 lan men omwen pou a pati 2018-2019 mwen donk m’jwenn li konsa la pou amelyore sitiyasyon an.

_Bri yon moto ki ap pase_
Ou panse yo ta ka fè sa ak manb BND oubyen ak pwofesè, direktè lekol yo?

3; Laporte Jacob; Gason; 36 lane; 1Pitit ; Inivèsite ; Pwofesè : Manb BND manb BND manb BND se sa’k fè m’di se yon sijesyon.

Ou pa panse sa ta ka mache ak pwofesè, direktè lekòl yo ?

3; Laporte Jacob; Gason; 36 lane; 1Pitit ; Inivèsite ; Pwofesè : Non men ee sa te ka mache avè’l tou pase ee s’on pwoblèm tè _Bri yon avyon ki ap pase pa twò lwen_ Kote y’ap fè diri a BND gen dwa pa gen tè la men on dirèktè lekòl gendwa fasilite’l eksetera. Donk li mete tè a a dispozisyon li, li anfèmen[37] yo’l komsi oh oh se yon fòm de konvèjan. Mayi moulen an donk moun nan, m’pa ka travay tè an moun mentnan nou fè yon kontra. S’on fòm de, nou f’on kontra eksetera donk s’on s’on s’on de kontra e koperasyon’l ye kan menm.

Mèsi. Gen yon lòt moun ki vle ajoute yon lòt bagay?

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Bon ! mwen menm _Bri moto ki ap pase_ se #1. Alò mwen menm se sitou manje a, lè alò chak lekòl wè’l yon fason_Yon moto klaksonnen_ Pase mwen menm lè maten lè’w wè timoun yo ap vin la premye kote pou yo gade e la pou yo gade si gen dife wi._Yon patisipan di : nan kizin nan_ Se la pou yo gade pou yo wè si gen dife. Depi yo wè gen dife ou wè timoun lan kè’l kontan. Pafwa m’konn ret nan direksyon an ou wè timoun lan di’m:’’ah mèt la vant mwen ap fè’m mal wi’’. ‘’Vant ou ap fè’w mal ? ou pa’t manje maten an ?’’ ‘’non’’. Oubyen m’voye’l al pran yon ti pate nan men machann lan an atandan manje a kwit an atandan’l kwit._Bri avyon ki ap pase_ E lè pa’t genyen’l w’ap gade pa mwa m’konn ap peye, machann sa m’ konn ap peye’l pate m’dwe’l. Poukisa ? pou timoun. Lè timoun nan vin la ou pa ka kite timoun nan ale konsa. Epi m’wè nan dènye tan la BND te fè yon bagay, li te fè yon eksperyans bay yon chiko.Li bay yon chiko lè maten pou yo ret tann…..

Pòpkòn chiko li ye? Li fèt a pitimi?

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Li pa chiko non li fèt ak pitimi men li gen yon lòt non li genyen wi men’l an fòm chiko m’pa raple’m non’l.

Hum-um ! li fèt ak pitimi, gen dous ladan epi gen sèl. Kòman sa te pase menm ?

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: O’l te bon timoun yo te renmen’l.

Patisipan pa idantifye: Li pa’t rive sou mwen.

Ohh li pa’t rive sou ou? Men se yon esè li te ye, se te yon pwojè pilòt li te ye tou.

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Wiii m’te jwenn li, li te bon, timoun yo te renmen’l. Yo fin jwenn maten demen si Dye ve[38] y’ap gade yo mande’m èske pa gen ankò riiii. M’di bon gen yon ti bagay wi epi m’al ba yo’l epi aprè li fini men li te bon li te bon. Men lè manje pa kwit nan dife a bon li pa la a eee timoun yo pa’p bon ! m’panse’w te rankontre a timoun la. M’panse fò yo pale avè’w wi _Wi yo pale avèm_. M’panse fò yo pale avè’w pase timoun yo menm depi ou wè yon jou pa ta gen manje, bon! m’pa konnen petèt manje a te ka, yo te ka pa’t, livrezon an pa’t fèt a tan, pa gen manje mwen. Lè timoun nan vini w’ap gade jounen yè avek, jounen ye avèk jounen jodi a se pa’p menm bagay.E pa’p menm bagay.

M’pa konnen si nou gen yon denyè rekèt nou ta renmen adrese a PAM osinon a BND? Paske jan nou te di nan kòmansman an, nou la pou nou vin pran pawòl pote ale Riii!

_Yon patisipan ri epi di: Pote ale_

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Bon ! dwayen ann ale non.

_Patisipan an fè gwo kout riii_.

4 ; Jn Robert Saintilert; Gason; 57 lane ; 3 Pitit ; Filo ; Direktè : Bon m’panse ke pwoblèm yo se toujou menm pwoblèm yo. _Hum-HM_, _Bri bagay ki ap frape nan espas fokis gwoup la ap fèt la_ Nou taaa ankouraje BND avèk avèk tout PAM mache avèk kantin nan e ansanm n’ap petèt kase tèt nou pou’n wè ke ki fòmil nou ta jwenn pou

nou amelyore ? E pandan ke mentnan amelyorasyon an nèt sa fini. Donk euuuh ke m’panse ke yo menm tou objektif pa yo se pou timoun yo aprann byen se sa’m panse. _Bri machin ki ap pase yon ti jan lwen_. Donk n’ap remèsye yo pou akonpayman ke yo bay a peyi Dayiti. M’ap di’w byen pase’m pa konn…. Sèlman li nan Nip, peyi Dayiti alò m’ap pale avèk PAM. _Yon patisipan di : Hum-Um_ Donk randman ke yo bay la gen de sèvis lè’w rann li eee pèp la p’ap gen ase mwayen pou’l re’re’re’remèsye’w ni rekipere’w sa’w fè a.Men’m kwè ke Gran Achitèk la li menm va kontinye akonpaye yo kontinye beni yo pou yo pèmèt ke donk nou menm kontinye e ba yo sajès nesesèr[39] e le savoir faire nesesèr pou pèmèt mentnan yo wè nan tan k’ap vini an kòman yo kapab amelyore_Yon machin klaksonnen yon fwa_ bagay yo. E answit sa nou apresye ankò lakay yo se le fèt ke yo pa rete anlè epi yo deside pou yo kite travay yo pou yo vin atè jis bò dirèktè lekòl yo _Yon kòk chante_. Pou dirèktè lekòl yo pou yo vin brase lide pou yo wè kòman ansanm donk nou ka avanse. Saaa m’ kwè ke ou pa’p jwenn li fasil kay lòm fasil. Men yo menm kòm enstans e yo entènasyonal yo fè’l konsa donk m’apresye sa de tou Coeur[40]. Se jis lè bagay la ale mal nou di’l lè’l ale vit tou_lòt patisipan ap pale ansanm avèk li_ fò’n gen kouraj pou’n di’l tou antanke edikatè. Donk m’apresye sa_yon moun grate gòj li_ donk m’panse ke yo menm e ansanm n’ap kontinye mache fè wout la ee pote amelyorasyon ki posib kote’k ka pote. E pafwa ke pral gen kote yo ka pote’l e mentnan y’ap fè move fwa men m’pa ret kwè sa lakay yo nou pa ret kwè sa. E y’ap pote li e ansanm n’ap mache n’ap fè wout la.

Dakò

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: _Bri avyon ki ap pase yon ti jan lwen_Bon m’panse e sèl sa tou nou ta fè nou ta swete eee lane pwochèn nou ta swete lèt la rive sou nou pa vre direktè ?_Patisipan an riiii_Nou ta swete lèt la rive sou nou.

Si lèt la pa ta kò ka rive sou nou nou pa panse nou ka jwenn yon lòt bagay nan plas li ?

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Bon nou pa di……

Eskize wi, yon mosyon ! Paske pwoblèm ki fè ke nou pa ka jwenn lèt la se paske yo pa ka pwodwi kantite ki nesesè a pou tout moun ka jwenn li.

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Agwonòm Emil te di nou, te di nou sa. M’te di’l sa epi li te di nou pa genyen’l an kantite vre_yon kòk chante_ men mèt la te pwopoze’l on bagay tou wi. Li te pwopoze’l on bagay ki te ka bon.

_Yon lòt moun ap pale pandan #1 ap pale li fè yon ti silans_ Ou mèt kontinye wi !

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Eee mèt la te pwopoze’l on bagay ki te ka bon. Mèkredi sa li ka bay on lekòl mèkredi k’ap vini li bay on lòt lekòl. Mèkredi ankò’l bay on lòt lekòl menmsi’l pa jwenn li chak mèkredi_Yon kòk chante_ men n’ap konnen tout lekòl yo jwenn li.

Ok

1; Maurice Veniel; Gason; 55 lane; 8 Pitit; Segond ; Pwofesè: Menmsi se yon fwa pa mwa men yo jwenn li. Mèt la te di sa m’wè sa t’ap bon s’il te fè’l konsa.

Dakò.
_Almathe mande kolèg li Serge si li pa t’ap ajoute anyen_

Serge : Bon Nou ap remèsye chak moun ki te aksepte reyini avèk nou la. Nou kwè nan kominikasyon. Se nan brase lide nou ka sòti avèk solisyon ki dirab e ki pote bon fwi. Tout sa nou ap fè a se pou nou, pou peyi a ak pou timoun yo.

Patisipan pa idantifye : Wi.

Serge : Se yon bon baz ak kominikasyon pou nou genyen ki pou pèmèt nou rete fèm. E se sa ke nou ap eseye bati ansanm avèk nou.

Piblik : _Yon bon konseye_, _Wi_
Almathe : Ok dakò mèsi Serge e mèsi a nou tout ki te la avèk nou.

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP #16: MACHANN ( DUPUY)

Dat fokis gwoup la fèt: 7/07/17
Dat transkripsyon an kὸmanse e fini : 2/08/17 – 8/08/17 Marie Therese

Lis patisipan
#6: Florans Isidore; Fi; 40 ane; 6 timoun; Okenn; Komès; 36553862.
#5:Madame Anthony; Fi; 60 ane; 5 timoun; Okenn;Komès; 36442425.
#3: St Laude Baptiste; Fi; 47 ane; 3 timoun; 6èm ane fondamantal; Komès; 44552175.

ENTWODIKSYON

0 minit

Almathe: Wi, epi pou kὸmanse sa nap fè? M’gentan di nou kiyès mwen ye, non’m. [ Telefὸn ki ap sone.] Sam fè, sa wap fè? Pou kὸmanse wap entwodwi tèt ou wap di ou se nimewo 6. Ou ka bay non’w siw vle, ou ka pa bay non’w si vle. Ou ka di nou kisa’w fè? Kiyès ou ye? Yon bagay konsa.

#-6: Mwen mèt kὸmanse? Almathe: Wi, ou mèt kὸmanse wi.

#-6: Wi, mwen se nimewo 6. Map di tout moun bonsoir[41], bon m’se yon moun nan zὸn nan zὸn nan on pawas li ye pou m’kontan avè tout sa nap fè. Mwen menm mwen se yon komèsan, komès pam e sara m’te konn fè malgre depi siklὸn nan pase nou pa jwenn bagay poun achte poun fè sara ankὸ.

Almathe: Wi.
#-6 : Nou chita, nou pa fè anyen. Almathe: Dakὸ, nap pase nan nimewo 5.

#-5: Wi nimewo 5. Bon, mwen m’nan katye a la pase se la mabite [Telefὸn ki ap sone.] Malgre mwen, mwen konn pala m’pa m’pa dirèk lakay mwen. M’gen dwa kounya epi apre mwen gen dwa deyὸ. Men kὸm mwen pa konnen sou kisa nou pral debat avan, aprè. Mwen menm mwen la mwen pa fè komès se sam di mwen pa fè komès ankὸ m’sèlman mwen la, men si on bagay vin nan katye a m’ka benefisye pase nou gen jaden, lὸt bahaay, lὸt aktivite, jaden epyii nan katye a si ke nou ta bezwen (…) Nou ka toujou jwenn ni depim isit depim la, li fasil pou nou jwenn mwen pase’m la depi menm lè nou vini nou pa jwenn mwen, men avèk madam frèd la map konnen oubyen nou ka relem sou telefὸn.

Almathe: Ummh.

#-5 : Epyii, kὸm m’panko konnen, m’panko konnen sou kisa nou pral debat?

Almathe: Wi, nou pale nou pral pale ummh.

#-5 : Nou pral pale antouleka depi nou ta gen bezwen mwen, m’la se sèlman si m’ta pὸ oprens oubyen yon lὸt kote poun pa jwenn mwen.

Almathe: Ok, dakὸ pa gen pwoblèm.
#-3: Mwen se (…) komèsan, epim fini wi. Almathe: Premye kesyon map poze nou… #-3: Eyyy mokipe ou mèt vann?

Almathe: Li gen rapὸ avèk agrikilti, èske nou menm nou konn travay latè? Epi si wi kisa nou konn fè?

Piblik: Wi. M’travay…
Almathe: Nenpὸt moun ka reponn men fὸw di ki nimewo’w ye?

#-5: Wi mwen se nimewo 5. Wi nou travay nou menm se kiltivatè nou ye. Menm lè nou pa, pa fè mwen menm pa fè jaden men nou travay, travay tè.

Almathe: Ok, kisa’w konn rekὸlte? Kisa’w konn plis fè?

#-5: Ebyen tout bagay nou plante, nou plante bannann, nou plante yanm, malgre yanm yo kounyela m’wè yo gen pwoblèm paske gen pafwa yanm yo prèske vle pèdi, jaden yo. Nou plante mayi, petimi, men pitimi an nou nou, nou pèdil tou paske tout pitimi pèdi wi nou pa gen pitimi la ankὸ. Paske tout pitimi ki vin plante yo deja plante yo vin gen yon bagay ki tonbe sou yo. Fὸ nou tande sa? Savledi nou pa gen pitimi, nou pa kiltive pitimi nou pa plante’l ankὸ tou non pli. Paske depi’w plante’l li gonw siwo on bagay ki anlèl pitimi pèdi. Se mayi a nap kenbe toujou avèk nou gen pye zaboka, pye bannann, epi pye yanm. Sin plante mayi, pwa, pwa a Fevrier, pwa nwa, pwa sezon, pwa bè se sa. Men gen de moman ou plante ou pèdi men antouka depi’w la se andeyὸ ou rete an pwovens fὸw plante fὸw fè janden kanmèm.

Almathe: Fὸw fè jaden kanmèm?
#-5: Wi, fὸw fè jaden kanmèm nou paka rete san fè jaden. Almathe: Ok, e ou menm ou tap di yon lὸt bagay?

#-6 : E menm bagay la m’tap di se kiltivatè nou ye. Se sa nou plante malgre lè nou fin depanse lè nou plante yo nou pa, nou pa…Nou gen dwa fin depanse yon kὸb nou fè jaden an apresa ou pa menm tire moso kὸb nan kὸb ou depanse a. Jaden an pèdi ou pa tire moso kὸb nan kὸb ou depanse a. Men kanmenm nou paka fè kolè ak Bondye nou oblije fὸk nou fè jaden, paske se plis souvan se sou li nou viv. Si nou gon bagay nou ka ap vann ni nan mache a on lὸt moun ki pa genyenn li achte’l nan men nou pou’n ka jwenn 50 goud nou manje. Men, se pa pou diw se donnen yo donnen konsa. Savledi gen kèk jaden

fὸw ta achte angrè pou met ladan yo. Ew gendwa fin fè jaden an ou paka achte angrè ladann ou vin pa gen kὸb pou met angrè ladann.

Almathe: Ok, mèsi nimewo 3 ou patap di anyen?

#-3 : Nimewo 3 e menm bagay m’tap di wi, nou plante bannann, malanga, yanm e sa sèlman pase depi 3 oktὸb pase nou prèske poko ka jwenn anyen nan jaden yo. Pase yo te ravaje tout bagay.

Almathe: Ok, ki pwodwi nou genyen…Ki danre mwen tap di nou genyen pandan tout ane?

#-6 : Pandan tout ane a, mwen se nimewo 6. Pandan tout ane a danre nou genyen, nou gen lam veritab.

5 minit

#-6 : Nou gen mango, nou gen zaboka…

Almathe: Tout ane a nèt lap donnen?

#-6 : Non, sa se chak 1 an li donnen.

#-3 : Sa’n ka di bannann.

#-6 : Sa’n ka di pou tout ane a sèl bannann.

Almathe: Sèl bannann?

#-6 : Wi, yanm nan se chak 1 an li donnen, lam nan osi, mango wa. E sèl bannann nou ka di pou tout ane a.

Almathe: Èske nou ka kalifye tèt nou kὸm madan sara, nou ka di menm se madan sara nou ye?

#-6 : Wi, m’ka kalifye tèt mwen paske’m te ladann kounya vin pa gen bahaay ou konn e bannann nan nou konn plis achte nal vann vin pa genyen’l depi lè tan an pase a pa genyenl ankὸ ki fèm pa ale m’ka kalifye tèt mwen konsa.

Almathe: Ok, lὸt medam.

#-3: Wi m’eskizem, bannann yo yo refè yo bèl wi, nou pa konn malgre nou pako jwenn bannann kounya pase depi 3 oktὸb la pase nou nou jaden yo dezole fini. Men bannann yo yo bèl pou kounya la m’pa konnen ,byento ke nou kapab jwenn yon ti bannann kanmèm pase m’wè yon ti jan pye bannann yo bèl.

Almathe: Ok, dakὸ ou pap di anyen [Riii.] #-3: [Riii.] Menm bagay m’tap di wi. Almathe: Ki kote ou konn al vann?
#-6: Kanapevè.

Almathe: Kanapevè, potoprens? Kὸman transpὸ a fèt? Kὸman sa fèt?

#-6 : Transpὸ a n’achte nan mache a, nou peye machin, nou peye anbake, nou peye anbakasyon, nou peye anbake mete sou machin nan. Nou peye chofè a ankὸ ki pote nou an, e lè nou rive nou peye debake’l ankὸ. Gen kèk pafwa sitou lè pa gen la w’achte bagay yo chè ou pa menm fè kὸb la wap fè kὸw pase mizè e kὸm pou granmesi. E kèk pafwa e konsa tou si tou lè gen lὸt kote, sitou gen lὸt kote ki pote li an vès[42] vin sou ou la ou konn pa fè kὸb la tou, ou konprann?

Almathe: Ok, dakὸ kesyon m’tap poze, èske machin nan…Ki kote w’achte pou wal vann? W’achte isit la oswa w’achte…?

#-6: Non, m’achte’l nan mache paske fὸk… W’achtel anba isi a nan men yon moun fὸw ta gen bèt pou potel anlè a, poum potel anlè a pou mal vann ni. Men m’pa gen bèt poum potel non machtel nan mache a epim tou bay machin ni potel, gen kèk pafwa tou nou pase mizè nou konn rive a minwi potoprens. Lè’n rive a minwi an pou nap debake poum debake a 1 nè di maten, 2zè di maten e lè a nou benyen epi jis pou nou fonw ti kouche tou piti koul fè 4 trè pou nou leve paske pou nou ka vann.

Almathe: Ok, èske lè wal vann pὸtoprens ou vann an gwo oswa pa rejim?

#-6: Non, nou pa nou pa vann yo… Wi nou vann yo sèlman jis nou detaye yo ou konprann? Men yon moun bezwen rejin nan nou ka vann ni. Tankou fig lan nou vann ni pa pat ou konnen etou depatel pou tou depatel pou toufel e konsa.

Almathe: Fig mi?

#-6: Wi.

Almathe: Fig mi wal vann nan oswa bannann?

#-6: M’achte bannann nan m’toufel.

Almathe: Ou toufel, ok ou vann ni pa pat. M’wè gonw kote yo vann fig mi pa panye.

#-6: Non, nou pa vann fig mi pa panye, fig mi pa panye sa e lè yo sot sen domeng.

Almathe: Ok, ki kote nan pὸtoprens ou konn chita?

#-6 : Kanapevè.

Almathe: Kanapevè?

#-6: Nan mache kanapevè m’te konn al kafou m’pa ale ankὸ mal nan mache kanapevè.

Almathe: Ok, dakὸ e ou menm madam kisa’w te konn vann lè’w te konn ap vann?

#-5: Bon, mwen pat janm sara, m’te toujou al vann chay. Moute chage bannann moute bèt al vann nan mache.

Almathe: Ok.

#-5: M’pat fè sara mal vann bagay sa yo nan mache tit rivyè nan mache misὸt ki genyen anwo a se la nou konn al vann chay nou yo.

Almathe: Sa’w te konn plis vann?

#-5: Bannann, yanm, Malanga, malanga li mèt zaboka nou pote tout bagay al vann nan mache lèw rive machann achte nan menw, nenpὸt moun ki bezwen achte.

Almathe: Ok, an nou pran egzanp yanm, an nou di yanm, ann pran yanm pa egzanp kὸmanw vann yanm,èske’w vann ni pa pil oswa…

#-5: Wi, nou vann ni… Almathe: Pa lo, pa grenn?

#-5: Ou ka vann pa lo ou mete 3 oubyen si pil la ou fon pil on machann mande pil la ou ka vann on pil tou wi.

Almathe: Konbyen yon pil yanm ka gen konsa?
#-5: Pil yanm nan ou gendwa mande 250 dola pou li. Se kantite a se selon kantite li ye a. Almathe: Konbyen li ka gen konsa?
#-5: Li ka gen plizyè m’pap songe lap bonkou.
Almathe: Lap yon bonkou?

#-5: Wi, lontan wikounya si gen yanm nan lap pi chè wi ou konnen bagay yo pa menm jan ankὸ. Kounya lap toujou pi chè, e yanm yo diminye kounya tout jaden yanm yo prèske pa wè yanm yo menm, yanm yo pi chè, 250 dola pou on yanm pou yon pil yanm wi..

Almathe: Li gen anpil yanm?
#-5: Ou vann nan ni nan 100, 120 konsa, se selon gwosè li ye a. Sil piti ou ka vann 80, 90

dola men kounya siw genyen’l lap pli chè li pap menm jan ankὸ li te a lap vinn pli chè. Almathe: Ki bagay…
10 minit
Almathe: Nou vann pa panye bὸ isit la lè nal nan mache avè yo?

#-5: Ou kwè’n gen pa panye?

Almathe: Nou pa vann pa panye?

#-5 : Non, zaboka yo lèw pote zaboka yo se pa lo ou vann yo, ou kontwole lo a ou mete nan sak moun nan. Ou kontwolel ou mete nan sak moun nan.

Almathe: E lam veritab kὸman nou vann lam veritab?
Piblik : Pa douzèn, pa lo, pa grèn, 4 ki lo.
Almathe: Konbyen douzèn veritab la ka vann?
#-5 : Douzèn veritab la selon lè pri li ka vann 100 dola li ka vann 80 dola.
#-3 : Ane pase la li te gentan vann 100 dola wi, pou kounya la li vann 35, 40 dola. #-6: Li bese.

#-3: li jiska 25 dola

#-6: Kounya pri a bese.

#-3: Pase depi genyenl pri a bese.

Almathe: Se pwa. Nou di nou fè pwa bὸ isi a pwa frans tou?

#-3 : Non, bὸ isi pa fè pwa frans.

Almathe: Pwa bè?

Piblik : Pwa bè, pwa nwa.

Almathe: Pwa bè avèk pwa nwa kὸman yo vann pwa sa yo bὸ isi a?

Piblik: Pa mamit.

Almathe: Pa mamit ok, dakò èske ou konn pran kredi nan yon enstitisyon ou prete lajan pou mete nan komès?

#-5: Non, nou pa konn fè sa…

[ Chen ki ap jape.]

#-5: Mpa konn fè sa, paske bagay m’pèl, m’pè li paske gen kèk pafwa ou prete kòb…

[Chen ki ap jape.]

#-5: Ou pèdi nan komès la…

Almathe: Ummh, ou mèt wi.

#-5: Gen kèk pafwa ou prete kòb moun nan ou pèdi nan komès la ou menm ou pat genyenl pou kont ou fè tèt ou cho, fòw remèt li.

Almathe: Yon lòt moun?

#-5: E mwen menm son moun m’pap fè tèt mwen cho pou anyen. Depi se pou kòb m’pap fè tèt mwen cho kote’m ka rive a m’rive la. Depi’w prete fòk ou remèt, gen kèk pafwa w’achte komès la komès la pèdi nan men’w oubyen yon vòlè ka pase li pran’l nan men’w li pran kòb la nan men’w. Kounya tèt ou cho fòk ou remèt li se sak fè m’pa renmen fè sa.

Almathe: Ok, dakò èske ou menm lè’w te konn vann tou ou te konn pran kredi nan men…?

[Timoun ki ap pale.]

#-6: Non, ap lajanm m’fè komès, lajan’m. Tuye bèt, tuye kochon m’fè tout lòt aktivite ma’chte pitimi, achte pwa, achte pichtach vann toujou ak kòb mwen. M’toujou pè prete.

Almathe: Ou pa konn pran kredi tou? #-3: Wi, m’konn pran kredi wi. Almathe: Ki kote ou konn pran kredi? #-3: Nan BNC.

Almathe: Èske nou konn achte machandiz kredi tou nan gwo depo?

#-3: Wi, m’konn achte wi, m’konn achte kòb mwen pa rive m’dwe. Almathe: Men sa se kliyan moun ki konnen’w?
Piblik: wi n’achte nan men moun ki konnen nou.
#-3: An nan gwo depo?

Almathe: Lèm di an gwo depo pa egzanp si wap vann diri, wap vann pwa bagay sa yo wap vann lwil èske ou ka rive nan yon depo ke ou se kliyan ke ou pran kredi nan men yo. W’achte nan men yo apresa ou vinn peye yo?

#-3: Wi, konsa’m konn fè wi m’konn fè sa. Almathe: Ou konn fè sa?
#-3: Wi.
Almathe: E ou menm?

#-6: Non, m’pa achte gwo bagay kredi.

Almathe: Ti bagay pou manje wachte kredi?

#-6: Wi, wi m’pa achte gwo bagay kredi.

Almathe: E ou menm tou?

#-5: Mwen pa achte gwo bagay kredi.

Almathe: Pa gen transfòmasyon fri bagay ki genyen nan katye a, pa gen anyen nan zòn nan, pa gen anyen ki fè bagay transfòmasyon pa egzanp?

#-5: Depi gen fri a moun nan gen fri a yal vann ni nan mache.
Piblik: Nan mache yal vann fri a, moun nan gendwa pote yon ti kòbèy, ti kivèt lam. #-3: Sèl veritab machan konn vin achte anwo isi a.

#-5: Wi, sèl veritab.
Almathe: Pa gen asosiyasyon fanm bò isi a?

#-5: Poulen te genyen, ou konnen Fonkoze li menm li te moute isi a li te vin fè yon bagay avè yo li te prete yo…

[Telefòn ki sone]
#-6: Mwen direktè a te ofrim m’te di non m’pa renmen’l. Almathe: Ou pa renmen’l?

#-6: Medam yo chak lè yo gen yon reyinyon prale, chak lè yon kòb yap pote al bay nan Fonkoze a yo menm. Direktè a te ofrim lè sa m’te gen bebe m’di non m’pap pran nan akochay sa paske m’pa renmen’l m’pa renmen’l. Sim gen 50 goud map fè ak mezi 50 goud pam m’pap met pa moun sou li sim konnen m’pèdi m’pèdi pou tèt mwen, sim genyen m’genyen pou tèt pou mwen.

Almathe: Ou di Fonkoze sonw tèt chaje?

#-6: Aaa [Riii.] Tèt chaje.

Almathe: E mari nou, mari nou pa egzanp travay latè? Kisa mari nou fè?

#-5: Kiltivatè.

Almathe: Kiltivatè li fè?

#-5: Pam nan fè, gen kèk pafwa li fè plonbri nan tiyo ki sou wout la.

#-6: Li menm e nan mesye ti toni li fè chapant, ebenis li fè… Li travay li travay li gen aktivite aprè kiltivatè a li travay.

15 minit

Almathe: Ok, dakò nou konnen anpil fwa konn gen gason tou ki vann ki fè tout bagay sa yo kal nan mache kal vann non, yon kesyon map poze…

Piblik: Wi gen sa, gason makloklen yo [Riii.]

#-6: Non, mari pa nou pa konsa?

Almathe: Wi, m’konnen yo pa konsa [Riii.] Yon kesyon map poze nou sou sa?

Piblik: Wi genyen’l, genyen’l. Yo konn enpozem mache nan mache a lèm ale… [Riii.] Wi gen kèk gason tou, marim nan pa konsa non, marim nan blan gason.

#-6: Gen kèk gason e biznis yo fè ou konprann? Gen gason ki fè biznis genyen ki achte chabon tankou anba isi a y’achte chabon yal revann ni nan mache a. Madanm yo ap fè biznis yap fè biznis.

Almathe: Ok, dakò.

#-6: Men gen gason wan tou se pou makloklen li fèl. Lam patat ti bannann mwen… Mari pam pa konsa (Li pa konn pri bannann, mari pam vann ti grenadya li ti kowosòl li)

#-6: Li pa konnen pri lam, pri mango, ale banm chay mwen mal nan mache kòb mwen pou mwen.

Almathe: Ok, kesyonm poze’w daprè ou menm kiyès ou wè ki ta dwe an chaj vann tout bagy sa yo?

#-6: Fi.

Almathe: Poukisa?

#-6: Paske kay la e soukont fi lye e fip pou vann [Riii.]

Almathe: E ou menm nimewo 5. Èske gason ka vann tou?

#-5: Wi, gason ka vann wi gason ka vann. Gason ka vann tout bagay gason ka fè tout bagay tou wi.

#-6: Gason gen afè pal poul vann.

#-5: Gason fè tout bagay men kòm kowosòl, grenadya se bagay pou fi. Grenadya, kowosòl, kachiman bagay sa yo lè on gason moute pou pral lote pou wal vann ou wè li pa bèl. Men pou aktivite gason fè tout tout, tout aktivite tout bagay nèt. Men ti bagay sa yo se pa bagay pou gason pral nan mache.

#-6: kòm pou andeyò an, paske la vil lan gason fè komès. Gason pa distenge komès poul fè.

#-5: Koute gason pa gen anyen’l pa fè, gason fè tout bagay nèt.

#-6: Kòm pou andeyò, moun nan gen madanm lakay li pa sipoze si madanm ni pa malad li pa sipoze al lote bagay nan mache poul vann. Li sipoze madanm ni al nan mache li menm lap fè yon lòt travay lakay.

Almathe: Ummh.

#-6: Ou konprann? Madanm ni al nan mache, li menm lap fè jaden.

Almathe: E si li menm ni madanm nou tou 2 nan mache a?

Piblik: Jiska prezan li ka toujou nan mache a.

Almathe: Lap vann a madanm ni.

Piblik: Li ka vann wi [Riii.] Li ka kanpe, sa rar wi, sa toujou fèt wi, li ka kanpe, li ka kanpe.

Almathe: Èske si mariw fè sa ou pap gen pwoblèm ak sa?

#-6: Non, m’pap gen pwoblèm avèl non. Paskem gentan konnen kòb ki nan menm nan li pap kontwolel li pap dim men sa poum fè avèl. Mwen menm mwen vle ba li map ba li ladann. Men gen gason kale ki regle saw vann nan, apresa li regle li diw bal kòb la. Moun sa li pa posib kay la e mwen kap jere kay la e mwen ki fi e mwen kap jere kay la

#-5: Wap fini deba m’prale paske’m wè lòt moun sa yo, kounya ou pral rekòmanse ou pral rekòmanse wap fini avè nou.

Almathe: Wi map fini avèk nou. Apresa enhen map rekòmanse avèk moun yo. Ou ka di yo fonw ti tann toujou poum ka ale pi vit ansanm avè nou. Èske nou tout la a nou gen timoun nan kantin nan?

#-6: Wi, mwen m’genyen. Almathe: Ou genyen?
#-6: M’genyen.
#-5: M’pa genyen pam yo… Almathe: Yo gentan…

#-5: Ou gen ti neve, ou gan ti neve ou ganyen ladann. Fonw ti kanpe nou fonw ti kanpe talè, talè yap vin sou nou.

Almathe: [Bonjour], ou ka fonw ti kanpe manmi, fonw ti tann wi. [Bonsoir] nap fin a moun…

#-3: Nap fin a moun sa yo anvan pase nou an reta.

Almathe: Kite’m fin a moun sa yo anvan apresa ma pran nou.

Piblik: Nou an reta, nou an reta, wi nap tan.

Serge: Nou vini la pito, poun ka fonw ti ret tann, pou nou ta vini la pito ok.

#-3: Wi, ebyen mwen menm mwen pa gen timoun la ankò. Men ou konnen m’gen ti famiy, ti neve. M’gen m’gen timoun m’pa gen pitit mwen la m’gen ti famiy.

Almathe: Ok, si se ou menm yo te bay an chaj pwogram sa kòm yon fanm, kòm yon fi. M’ta vle nou chak banm pwen ide nou si yo ta ban nou responsab pwogram sa kòmanw tap achte? Pase ou deja konnen se manje lokal yo bay timoun yo? Kòman ou menm ou tap pran responsablite a, kòman ou tap fè acha a pou pwogram nan?

#-5: Kounya nou tap mete…

Almathe: Nimewo 5.

#-5: Ok, wi mwen se nimewo 5. Mwen m’tap rantre nou nan…Kòm kwa paske se kòm kwa se tout katye a nèt ta pral konnen tout sa ka fèt nan katye a lè moun nan gen bannann li gen yanm kounya moun sa son mache li ta pral ouvri epi pou mwen menm, pou mwen menm achte. M’tap achte tout sak nan men medam sa yo ki pral vann la a ki vin la epi madan Fred, Florans, madan Franck. Wi kòm si la yon mache oubyen madan Franck tap responsab poul achte nan men tout moun yo ki vin la, yo pat bezwen chaje chay la pou pote al nan mache a. E ankò yo pa bezwen desann avèl tit rivyè ankò kounye la nou konnen lè moun gen bannann nan fòk sonw bagay ki gentan egzakteman’l tabli nan katye a. Moun nan konnen demen dimanch si li menm lal chèchè li gendwa sot legliz lal chèche prepare manje a poul moute lendi maten nan mache 6èm

20 minit

Kounya lap konnen pase fòl fòl fòk son bagay ki deja nan katye a, pou tout moun konnen ke bannann sal genyen an oubyen yanm oubyen veritab sa joumou sa pa pral bezwen moute nan mache a avèl. Li konnen se kay madan Tony ki gonw mache kap achte tout nan menl, kap achte tout nan men medam yo nan men moun ki gen machan bahaay danre ke yo pral vann nan. Manje yo genyen yo pral vann nan mache a yo pap moute 6èm avèl. Kounya e lajan yo kap nan men yo pase mwen map achte nan men yo, mwen map achte mache sa nan men yo epiw konnen manje se manje peyi a, ke eee pou lekòl yo pase se manje peyi a yo bay lekòl la bay kounye la m’tap achte tout manje sa yo nan katye a manje sa yo pap bezwen deplase pou yal 6èm ankò.

#-3: Kòm m’pa konnen? Kòm se selon kantite manje a, pase moun nan katye a gendwa genyen manje a.M’pa konnen èske moun kap vin fè acha a èske lap ka achte tout kantite manje kap genyen ke nou nan a ap vann nan? Ou konprann? Pase nou pa konnen èske moun kap achte manje a èske lap ka bezwen achte tout kantite manje sa. Tout moun sa yo pral pote a pase si yo konnen se mwen ki achte oubyen se madan Alfred ki achte fò yo konnen ke madan Alfred ap achte tout kantite manje nan katye a nèt. [Bi machin ki ap derape.]

Almathe: OK.

#-3: Si responsablite a se nan men madan Franck li ye, èske madan Franck wi èske madan Franck ap gen posiblite kantite lajan poul achte tout kantite manje manje sa tap genyen poul vann nan. [Bri machin ki derape.]

Almathe: Ok, dakò èske’w panse manje saw tap achte isit la tap pi meyè mache ke saw ta pral achte nan mache Misotte la?

#-5: Non, yo pap ba oul pi meyè mache.
Almathe: Li patap pi mèyè mache, li tap koute pi chè la?
#-5: Wi.
Almathe: Oswa pito nou tal nan mache?
#-5: Moun nan deja konnen wi konbyen li pral vann bannann ni an. Li gentan wè pril… Almathe: Men yon bagay tou li pa peye transpò?
#-5: Wi, li pa peye transpò.
Almathe: Li pa peye transpò, li pa pase mizè.

#-5: Sèl bagay sil tap peye 30 dola m’bay 25 dola pou li li ka ban mwenl tankòm sil pat gen bèt poul potel e nan tèt li li tap potel. Li kapab fasil li kapab bay li pou 25 dola m’metel kòm pi piti konsa. Si sonw bagay ki tap vann 50 dola ou 60 eee pou 50 goud la li ap ban noul pou on 40 dola. Lap bay Malanga obyen yanm nan se selon kantite yanm nan si son yanm ki tap vann pou 80 dola li jwenn 60 dola pou li lap bay li, pase pote moute a nou… Kòm katye a nou pa desann simityè ankò son sèl mache nou genyen Misotte. Wi, pase fò moun nan gade poul wè sil pat sou bèt [Klaksòn yon machin ki ap pase.] Siw banm pri ak pa bon, si pri a pa bon map charye bèt mwen mal vann ni m’pap vann avè yo ankò, ou pap vann ni avèm. Kounyam chage m’gen bèt li pa bay bon pri pou bannann nan, pou malanga, oubyen pou yanm nan. Kounya li tou gen bèt li la depil wèm pa bal bon pri lap metel sou bèt epi lale avèl.

Almathe: Dakò, mèsi.

#-3: Pase menm veritab la moun yo jan yo konn achtel yo gen dwa achtel 30 dola 6èm, moun nan wè lap fè lap vann ni 40 dola li pito potel 6èm.

#-5: Lap pito potel 6èm, lap pito potel.
Almathe: Oo?
#-3: Lap pito potel 6èm se konsa.
Almathe: Menm si li tap peye transpò pou li?
(Li pap peye transpò pou li. Depil gen bèt, li pap peye tranpò.) #-3: pase ou konnen pa gen wout machin pou w’al nan mache a. Amathe: E ou menm kisa’w tap di?

#-6: Non, paske sa poum ta di a madam nan gentan dil.

Almathe: Gen yon sistèm m’pa konnen si yo fèl bò isi a pa egzanp ou kapab gen yon danre nan jaden’w pa egzanp ann di yanm, ou ka gen yanm nan jaden an epi yon moun vini konsa yo achte tout jaden yanm nan nèt. Yo pa konn fè sa bò isi a?

Piblik: Non, anwo Misotte ki fèl konsa, se Misotte ki fèl konsa.Wap wè yo vann yanm jòn yo, Misotte yo vann jaden an. Men isi nou pa fèl konsa.

Almathe: Yo vann jaden an?

Piblik: Si yo gen yon jaden chou, se konsa yo vann ni an gwo, yo tou gen machann anwo a yo tou fèl konsa. Men anba isi a nou menm nou pa…

Almathe: Nou pa gen bagay sa yo? #-3: Non.

Almathe: Pou pwogram nan ta pi byen mache yon lòt fason yo te ka vini yo achte tout jaden an. Èske sa tap plis nan avantaj pwogram nan oubyen li tap pi bon pou yo ta achte jan ke yap achte a kounye a?

#-5: Non, yo pap vann ni, yo pap jaden an.
Almathe: Yo pap vann jaden an bò isit la?
#-5: Non, li pa fasil.
Piblik: A vledi jaden sa. Ou konnen yo pa abitye fè sa. #-5: Lè fini si yo plantel yo plante lòt bagay ladann.

#-6: Li pap fasil pou yo vann ni tankou Misotte yo vann ni konsa (Se jaden mele.) Si moun nan ap fè yon jaden yanm jòn, li fè yon jaden yanm jòn. Li vann jaden sa depiw wè eee yo fin fouye jaden sa yo tou met yon lòt bagay ladann, li tou met yon lòt danre ladann. Si se jaden chou wa moun nan fè li fèl senp. Li tou met chou wa el fèl an kantite.

25 minit

#-5: Anba isit la tankou yanm nan moun nan li menm, li pap fè an kantite chan yanm.

#-3: Moun gendwa on sèl jaden an li genyen tou.

#-5: Ou konprann? Moun nan pa fè yon chan yanm. 6èm tè yo lejè pou yanm jon nan yo ba yo angren yo pa menm jan ak anba isit la. Ou konprann sam diw la?

Almathe: M’konprann saw di a.

#-5: Yo pa menm jan. A vle di moun nan li menm sil plante yanm nan li plante yon ti pye malanga ladann, li gon lòt ti bagay ankò li plante ladann, li plante ladann li gen bannann nan chan ou konprann? Egal la li paka vann ni konsa.

Almathe: Ok, dakò kòm mwen konnen nou on ti jan prese. Banm poze nou kèk ti kesyon sou pwogram kantin manje a, kòm nou wèl genyen nan plizyè lekòl bò isit la? Nou wè kòman lap fè? Èske si se nou ki tap dirije pwogram sa, èske jan nou wè lap dirije a nou tap kitel konsa oswa ki chanjman nou tap fè ladann?

#-6: Bon, mwen menm pou mwen… Almathe: Nimewo 6.

#-6: Pou mwen Li pa mal. Li byen pou timoun yo, li byen pou timoun yo, yo fè manje a, yo ba yo ti nouriti a yo bon. Yo pa ba yo magi, yo ba yo legim chak lè. Yo gen yon manje diferan yo ba yo ki se manje pa nou ki se manje ak tout ji. Ki pa pase mizè ki pa gen pwodwi chimik ladann. Li bon pou timoun yo, mwen menm m’pa wèl gen anyen li trè bon.

Almathe: Li trè bon ok, ummh?

#-6: Kantin nan ki la nan lekòl la, li bon enpe pou timoun yo paske se manje natirèl la yo bay se manje natirèl…

#-5: Men yon sèl bagay moun ki nan kwizin yo, sonw pwoblèm li ye pou pwofesè yo. Gen kèk pafwa timoun yo, gen kèk pafwa timoun yo pa gen 5 goud genyen’k pa gen 5 goud la. Genyen tou ki gendwa gen 5 goud la yo achte sirèt avèl yo pa konprann sa? Genyen kèk tou ki pa gen 5 goud la pou yo peye manje a. Men moun ki pran moun yo ki mete nan kwizin nan, moun sa yo pa touche. Ou konprann? Yo pa touche, moun sa yo pa touche pou sa. Sonw pwobèm li ye?

Almathe: Ok.

#-3: Se sak fè gonw jou, nenpòt lè ou gendwa ale ou wè moun nan gendwa pa vin fè manje a. Gendwa e jou mache li di: Aaa m’pral degajem nan mache. Men siw te gen yon ti kòb ou te peye’l, li konnen la a se yon responsablite fòl ta fèl.

Almathe: Ok, dakò kòm nou di kwizinyè yo pa touche? An nou di gen yon lòt opsyon? Kounya kisa nou panse, se sa mwen di ki pral fèt non? Kisa nou panse si ke pwogram nan ta bay yon lòt moun ki deyò pa egzanp yon moun savledi manje a kwit nan lekòl la. Pa egzanp gen machann bò isit la ki fè manje, ki fè fritay yon bagay konsa. Yo ta bay yon machann responsab fè manje a epi pote nan lekòl la pou timoun yo. Kisa nou panse de sa?

#-5: Bon, nou pa konnen.
Almathe: Non, se saw panse, saw panse?
#-3: Kote nap jwenn manje a? Menm manje sa yap ba yo.

Almathe: Wi, wi.
#-6: Pou moun nan ta fèl lakay li.

Almathe: Pa egzanp an nou di konsa ke… An nou bay plizyè opsyon. Yo bay moun nan manje a poul fè manje a pot vini oswa ke yo bay moun yon kòb moun nan sèlman responsab poul fè manje poul potel vini.

Piblik: Li pa anyen. Li patap bon. Potel vini an pa bon.
#-5: Genyen tan yap fè manje a yap pwofite genyen ki manje manje a. [Riii.]

#-3: Genyen ki ta vle fè dezòd paske yo pa touche. Kounya si wal ba yo fè lakay menm lè yo touche li pap bon, ap gen gagòt.

Almathe: Ap gen gagòt?

#-5: Wè, ap gen gagòt.

#-6: Savledi, wè pandan setan moun nan li menm li pa touche, li menm tankou mèt Alfred li responsab lekòl la. [Il faut que], menm lè pandan moun nan pa touche a fòl voye je sou moun nan. Moun nan menm li pa touche, mwen menm m’pa responsab fè manje a. Ou konprann? M’pa responsab fèl, men pandan moun nan li menm li pa touche lap vle li ka fonw gagòt a manje a. Men tank li konnen li gen yon antèt kap voye je sou li, li pap ka fè nenpòt sal vle a manje a.

Almathe: E si yon moun ki touche?

#-3: Si yon moun touche…

#-6: M’pa konnen, m’pa konn ide moun touche paske…

#-3: Si se yon moun ki touche li pata vle fèl byen yap retirel yo mete yon lòt moun.

Almathe: Ok, dakò si nou tap ajoute kòm ou gen timoun, ou gen timoun nan pwogram nan ou gen timoun. Ki manje ou tap mete ke yo pa genyen la a?

#-5: Manje m’tap mete?

Almathe: Enhen.
#-3: Mayi moulen nou pa gen mayi moulen. #-5: Mayi moulen, yo pa gen mayi moulen. #-3: Pitimi, ti bannann.

#-5: Pitimi, bòy farin, tankou lè yo fè bouyon an yo ka ba yo ti bòy farin, mayi moulen, ble. Ble a on manje ki trè bon pou timoun, lontan ak ble yo te konn fè kantin. Nou te gen yon Pè kite rele Pè Machand kite konn vin anwo isit la.Sete farin kite rele “Bèdèkfòw” la, sete ble se lik te konn fè kantin lekòl la. Ble a li vrèman li enpòtan epi tou farin nan tou, farin “Bèdèkfòy” la kòm nou pa wèl ankò kounya trè zenpòtan. Pandan setan yap fè bouyon an sòs pwa a ou gendwa fè bòy avèk “Bèdèkfòy”la ou met ladann ou bay timoun nan.

#-3: Se sak fè timoun yo vin pa renmen bouyon an poutèt farin, ki pa gen bòy ladann. Almathe: Li pa gen farin ladann?
#-3: Pase pa gen kòb se achte pou ta achete 2,3 mamit farin…
#-5: Mwen sam tap ajoute.

#-3: Men piske pagen kòb…
30 minit
Ou pa fèl se mezi ti sa yo voye a se sèl li menm nou fè bay timoun yo. #-5: Mwen sam te ka ajoute nan manje a, se ble avèk farin nan. Almate: Ble avèk farin nan?
#-5: Wi, paske ble a li enpòtan.
#-3: Mayi moulen an tou.

#-5: Ni mayi moulen an tou.

Almathe: Ok, kounya si wap imajine’w ke: Pou yo bay tout timoun sa yo manje sa koute. Menm si… Li koute anpil, li chè, li koute kòb. Ki mwayen ke nou panse pou timoun yo, pou pwogram nan ta toujou kenbe? Si Jodi a yo di ok bagay twò chè nou paka kenbe fòk nou ale. Men nou menm nou ta vle pou pwogram nan toujou rete la. Kisa? Ki manje? Kòman yo te ka achte manje yo te achte pou ta fè pwogram nan koute mwens kòb ke kantite kòb li koute kounye a?

#-3: Nou patap fè manje nan chodyè.

Almathe: Nenpòt saw dim, opsyon map chèche. Kisa’w pandan kitap koute mwens kòb…?

#-3: M’tap bay timoun yo: Gen wayal, gen pen bere epi yon vè lèt epi yon ti fig. Sa ap kenbe timoun nan.

Serge: Sa pral fè anpil anpil bri [Bri kamyon ki ap vide wòch.]

Almathe: Ok, ou patap di anyen ankò? Ki bagay ou panse ki tap koute mwens kòb ke fè pou timoun yo?

#-6: Bon ou konnen, depi wap fè manje fòl koute’w kòb. Kèlkeswa manje’w tap fè a fòl koute’w kòb. Bon, m’pa wè sam te ka di o mwen yo ka bay timoun yo yon pen a manba le maten epi yon vè ji. Ji peyi pa nou an ji natirèl e sa wi.

#-3: Yo te di yo tap ba yo yon ti lèt chak jedi yo pat janm fè sa yon jou.

#-5: E poutan bagay dous lan li menm, gen paran ki ka fonw bagay ba timoun nan le maten. Men konsa tou, gonw pwen paran gonw paran ka rive li voye timoun nan konsa lekòl la. Ou konprann sam diw la?

Almathe: Mwen konprann saw di a.

#-5: Paran sa a gendwa pa genyen maten an la, li fè twalèt timoun nan li met inifòm sou li lal lekòl. Lèw vini wa jwenn yon bagay. Konsa tou gonw paran tou ki gendwa fè bwat

pou timoun ni lal lekòl. Tout moun pa nan menm nivo. Ebyen lè timoun nan li menm li manje yon bagay dous lekòl li pap bon pou li. Ou konprann?

Almathe: Ummh.

#-5: Li pap bon pou li, [il faut que] son bagay sèl pou timoun nan te ka pran. Menm lèl pranl mwens li pa manjel pou kantite, men manjel jis poul ede vè nan lestomak li.

Almathe: Ok, pa egzanp yon bagay sèl ki pa koute anpil lajan kisa’l te ka ye konsa?

#-5: Malgre, ou te ka fè yon ble blan pou timoun nan ou konprann? Fè yon ble blan, oubyen yon mayi blan kèlkonk bon mayi a…

#-3: Yon mayi ak fèy.

#-5: Yon mayi ak fèy ou konprann? Ou konprann ou ka fè yon mayi ak fèy pou timoun nan le maten oubyen yon ble blan pou timoun nan. Men tanke pouw ta bal ji an epiw bal pen a manba a. Paske gon bagay ki rele’w vè e pa tout paran ki gen menm nivo ki ka bay timoun nan on bagay le maten.

Almathe: Ok, m’wè madanm nan sou ale wi, ou sou ale ou gen yon ijans. Nou pa gen yon lòt bagay nou tap ajoute. Nou pa gen kesyon nou ta vle pozem mwen menm?

#-6: [Riii.] Fòn ta poze’w yon kesyon? Almathe: Ou mèt pozem wi.

#-6: Wi, vrèman madan Franck di ou mande si pa ta gonw bagay ki ta ka mwen chè? Men pa gen aryen kap mwen chè pou pou bay timoun yo. Bagay dous la li pa bon pou yo, li pap bon.

Piblik: Pou ankouraje timoun yo le maten ou ka ba li yon ti kasav bere. Wi fòk kasav la ta bere, yon pen bere yo ka bwèl dèyèl. Se ta sèl sa apresa pa gen bagay dous ankò.

#-3: Kasav la li bon pou memwa timoun nan. #-6: Wi, kasav toujou bon.

Almathe: Nou pa fè kasav bò isit la? Piblik: Non, non nou pa fè.

#-3: Ou konnen bagay manyòk preske detwi. Men Miragwàn nou konn achte. Men tou gen anpil Miragwàn wi.

Almathe: Ok.

#-5: Wap jwenn anpil Miragwàn, men kantite kasav pou jwenn pou bay timoun yo nan chak lekòl, li tap difisil wi.

Almathe: Li tap difisil?

Piblik: Enhen, la Gonav ou konnen la gonav yo pote yo pa pil, an e la gonav yo soti avèk yo.

Almathe: Ok, ebyen si nou pa gen kesyon pou mwen, map di nou mèsi bokou. Piblik: Mèsi, mèsi bokou tou.
#-6: Mwen se nimewo 6. Map di ou mèsi e bòn joune.

#-5: Èske gen yon ide ke pou nou…Paske ou poze nou kesyon nou reponn ou, ou di se…Ou di nou èske se nou menm ki tap achte fè acha yo? Èske gonw ide ki disponib pou sa pou vini pou ta ouvri yon mache?

Almathe: Se posiblite yap gade, yap panse. Pou moman an la sa yo gade pwogram nan koute twòp lajan, li koute twòp kòb ou paka imajine. Men imajine’w se pa yon sèl kote son pwogram ki ta vle nasyonal kouvri tout peyi a. Pou le moman se nan Nippes sèlman li ye, se nan Nippes li ye sèlman savledi ke yap chèche lòt posiblite li ka nenpòt …

35 minit

Se poutèt sa mwen pale ak machann. Paske se machann ou ye ou plis konprann bagay yo? Kòman pwogram nan te ka fè pou…

#-6: Pou yo ta bese pri yo.

Amathe: Pou yo ta bese pri a, ki posiblite ki genyen. Se sa nap chèche nap chèche. #-6: Se chèche nap chèche men nou poko ka wè…

Almathe: Yo poko gen egzanp. Epi yo bezwen konnen tou kisa, kisa chak zòn yo kisa yo genyen? Kisa ki gen nan zòn yo ke yo ka achte yo nan zòn nan, olye y’al achte yo nan mache? Paske, ou konnen mache a koute kòb? Fòw peye yon chofè pavre, fòw peye yon chofè pou fè transpò a, fòw gen gaz, epi fòw peye moun ki pou al achte.

Piblik: Ok, mèsi madam, pase bòn joune.
Almathe: Dakò, mèsi pa gen pwoblèm non. Pigaw bliye sam te diw ba yo wa non babay. Serge: Mèsi bokou. [Klaksòn yon kamyon.]
36 minit

NOTES

[1] Sa vle di piti.
[2] Mo a se agreyab [3] Sispann
[4] Soulinye
[5] Bò isi
[6] pwodiktè
[7] pyi
[8]pèdi
[9] San’m pa di plis. [10] Okenn kote [11] chans
[12] Bannann
[13] Bannann
[14] Bannann
[15] Bannann
[16] Avwan
[17] Avwan
[18] Avwan
[19] Rive
[20] Pi ba

[21] De
[22] Ladan li
[23] Chè
[24] Erezman [25] Ban nou [26] Ban nou [27] Di
[28] Dezyem’man [29] Ban nou an [30] le
[31] Sot
[32] Jwen
[33] Epi
[34] Konsève [35] Pwodikte [36] Skolè
[37] Anfème
[38] Vle
[39] Nesesè
[40] Kè

[41] Bonswa
[42] Pa kantite
[i] kesyon
[ii] Anko
[iii] Anyen
[iv] Sòti
[v] Depi jodia menm [vi] Nimewo 1
[vii] Ta sanble ke [viii] Mezi
[ix] Popilè
[x] Sètadi
[xi] Imajine ou.

|

RELATED CONTENT

|

SUBSCRIBE

Subscribe and get updates on new material upload, news and upcoming events.