> KREYOL TRANSCRIPTS

Kakawo – CRS/IDB/Root – Dame Marie Fokis Gwoup

Fokis gwoup sa a li fè pati de siz fokis gwoup fet nan 5 komin nan Gran Anse epi nan No. Fokis gwoup yo te fet ant mwa de jwen ak oktob 2013. Se CRS ak Root capital ki patwone travay la.

FULL TEXT

Transkripsyon Fokis Fwoup Dame Marie

Fokis gwoup sa a li fè pati de siz fokis gwoup fet nan 5 komin nan Gran Anse epi nan No. Fokis gwoup yo te fet ant mwa de jwen ak oktob 2013. Se CRS ak Root capital ki patwone travay la. Ou ka jwenn rapo angle pou etid yo isit: Root Capital Cacao Report and CRS Cacao Report.

Entwodiksyon

“Non pa mwen se Pharrel,nou gen avek nou Harold, Harold Avril? Harold Maass, mwen se Pharrel Emile, donk  nou isi pou nou kapab fe yon etid pou CRS nan zafe kakao.Nan kad rechech sa a nou menm, nou sanse reprezante pon e a la fwa pot pawol. Nou di pon se paske se nou kap pran doleyans nan men prodikte yo pou nou prezante bay CRS a trave rapo ke nou pral prezante. Chak grenn prodikte pa ka di CRS men sa nou vle, men sa nou vle, nan zafe kakao, donk fok yo jwenn yon koulwa pou ke enfomasyon sa a pase, nou menm se kanal enfomasyon ak doleyans ou genyen sou kakao a pral pase e pou rapo a ale. Nou di pot pawol paske sa ou di la a yo, se yo egzakteman ki prale nan rapo a, pral jwenn CRS.Paske yo pa kapab…,nou konnen CRS sou teren an, anpil nan nou konnen  li genyen proje nan zafe kakao, byen ke li poko janm derape men tout moun konnen. Yo paka derape tou, san ke yo pa genyen enfomasyon ki si, ki kle, de done ki gen rapo ak kakao…e se sa nou vin fe la a.

Poukisa se nou menm ki la a? Ebyen se yon tri nou fe o aza, nou gen done yo avek tout non, tout telefon , nou evite ke chak grenn moun pa enfliyans di ke se tel moun li ta renmen pou vin pale, ebyen nou chwazi nou rele, nou pat konnen pesonn moun, nou rele moun nou jwenn nan epi nou envitel, li vini,  donk nou vini pou nou pale de kesyon kle ki gen rapo avek kakao epi nou tout ki la a pou nou bay doleyans nou, pou nou di sa nou panse sou chak sije yo, san nou pa bezwen nan pase sou kote. si sa a se towo ou pa bezwen di __se yon fiesta__, lage li direk, kle…toutotan li pi kle, li pi sek, li pi kout, tretman an ap fet pi fasil.

Metod la se, n’ap poze kesyon yo piblik,pou yon grenn kesyon, nou 4 ka deside entevni sou li, youn pa youn (1×1) nap leve fey la ki gen non, yon fason ke Harold ki ape note yo, si gen yon bagay petinan ki soti pou li ka genyen kote enfomasyon sa a soti de tel ke pou yo pa melanje yo. Ok

Pa gen anyen? _Ok_ Donk!

( Long silans)__ premye kesyon an nap komanse avek li avan davanse.

Eske CRS avek CAUD yo travay de konse?

Piblik: oui

“Paske se pa selman CAUD, nou gen anviwon 5  asosiyasyon, nou gen Chanbelan, nou gen lot anko ki Dam Mari wen kwe se sa ki gen kes popile a, nou genyen CAUD. Tout baz sa yo nan men nou deja, se pa sel sa nou fe, nou komanse avek yo, n’ap fe menm jan an nap rele sou telefon, nap gen pou nou al chita ak dirijan yo, nan yon lot pale nou gen pou nou pale, nou gen lot kesyone tou, ke nou pral fe avek yo. Nou gen anviwon senk san senkant (550) manb diferan gwoup sa yo, nou ap gen pou nou al fe entevyou avek yo sou kakao, gen plizye etap, sa a se yon etap pou pale avek dirijan yo se yon lot, etap pou pale ak gwoup yo se yon lot epi lot etap se pale ak moun pou yo ka kreye anplwa. Tout ap fet nan menm prensip la, se pa dirijan yo kap di men avek ki gwoup prodikte  pou nou pale, tout lot yo nan men nou epi nou ap tyeke o aza sa ki soti, kit li zanmi dirijan an se li ki ap fe kesyon yo, kit li enmi dirijan an depi se li ki soti, se li ki ap fe entevyou a.

Nou ap komanse avek kesyon ki gen pou we ak ….

Pou kisa kakao bon, dapre nou menm?

(bri machin kap pase …)

#4 Lavalas Theodore ( Gason, 63 ane, 4 timoun, Kiltivate): Mwen menm sa mvle di, kakao a, li enpotan…__ ‘’Moute vokal la plis’’_Fon w ti pale pi fo__( vwa timoun kap jwe) ( bri chez)…..Kom ou te poze kesyon an,k’te di oukisa kakao bon, pou nou menm pa bo isit li bon pou nou paske, se tankou nou fenk sot di l ,sli ki pi gwo kilti pou zon nan, e wap we depi li pa…, depi rekot la fini, bon preske, preske tout moun, mmet di pov, paske yo pa gen lot mwayen pou yo fe kob malgre, yo pa ba li, nou a jwenn avantaj kel genyen, paske avantaj la se pou lot kote men se pa pou nou, preske  yo pran li nan men nou an yon tiri derizwa, bon epoutan lel rive lot kote li gen anpil vale, e li bay anpil avantaj,e se sak fe wap we malgre anpil tann genyen avek li, li nan men nou menl pa pwodwi nou yon gran avantaj, nou paka pwogrese avek li,se selman ti sa nou jwenn nan son prim dankourajman pou’n ka nik…[1]

 Pafwa menm pye a yo nou pa ka netwaye avek ti pri ke nou jwenn pou grenn yo, le konsa nou tad ‘ mande piske nou poze kesyon an map mande eske…kom m pa finn gen,okouran tout bagay pwen de vi nou, men mpanse nou gen yon petet swa yon entere pesonel ntere komen, nou pa konnen, ki te kapab ki fe nou la a jodia an, ap pran tout enfomasyon sa yo alo mwen ta mande si entere ke nap cheche a, li o profi nou tout ki plante donk ou ta byen kontan, konsa nou ta renmen ke kakao nou an menm jan lot kote we enpotans li, yo we valeu li, yo we avantaj ke yo tire de kakao a, nou ta renmen tou benefisye avantaj sa yo tou ki pou  ta permet nou swa byen pwodwi kakao nou yo pi byen pou nou te kapab benefisye tou avantaj sa yo .

(_bri yon moto ki pase ak yon gwo bis ki klaksonnen_)

# 5 Beauvoir Berel (Gason,48 ane,  6 timoun,Kiltivate) : Bon pou mwen menm  kakao a, se li e li ki pi gwo (_bri yon anjen lou ki ap frennen_) aktivite pa nou pa bo isit, paske nou pa gen izin, nou pa gen anyen, depi eepok kakao a, se la pou met timoun ou lekol, pou sese,pou sela  mta mande pou yo ta ogmante pri a plis epi pou yo ta fe semans pou yo ta ba nou plis plan kakao, pou kakao a te pi prolonje, malgre nou pa konn ki kotel rive a, ki vale li, ki enpotans li, men pa nou menm bo isit ki ap kiltivel la, se avel nou fe pi gwo…se sanse ke se lik pi gwo avni nou, avek sa nou ta mande pou yo ta ogmante  pri a o mwens pou nou avek pou nou te ka konnen plis anseyiman de li menm .

(bri machin kap pase)

#1 Cesar Clausel ( Gason,29 ane,  0 timoun, kontrole enten): Euh, nou menm nou se kontwole entern CAUD, nou preske vire, mezi dam ma mta di seksyon kominal lan, nap kontwole, supevize kakao peyizan yo, men majorite peyizan sa yo, ou rankontre nan jaden an, nan chan kakao yo, yo toujou di nou yo gen on paket pwoblem de kakao a, men yo menm,  yo vin pa bay kakao a enpotans pou tet pa yo,pouikisa ? paske yo pa jwenn yon avantaj de kakao an, se ti kakao a paret, rat manjel ou byen , bet ap manje nan kakao a nan bwa a, la a yap mande yon sekou ladanl, kisa yo ka fe pou yo avek bet sa yo kap detwi kakao a nan men yo. Le fini, nou we jwenn majorite jaden sa yo tre sal, paske yo di le yo vann ti kakao a,se sa yo jewnn ti sa yo jwenn nan se mezi yo manje, yo oblije vin pa ka fe ekonomi ladanl pou yo ka netwaye kakao a. le sa a raje gentan vin detwi kakao a nan men yo, sitou nou gen yon, yon ti zeb nan bwa ki rele “Gi”, lew wel pran kakao a lan[2] menw, sa a se detwil detwi kakao a net, men yo  mande si yo pakap jwenn yon konkou pa bo kote otorite yo,ou byen di CRS oubyen CAUD, ak lot _oganizasyon yo_,ki konkou yo ka pote yo ladanl pou yo kapab fe netwayaj nan kakao yo, pou yo ka bay kakao a enpotans, sitou, depi 2013 a 2014, yo vin we enpotans kakao a vin genyen net, paske yo we y’eksplwate kakaw a, blan eksplwate kakao a anpil nan men yo, yo vini y’achtel anpil, men yo menm yo paka jwen avantaj lan. Nap mande kisa yo kapab ede yo ladan kakao a, pou yo ka bal plis enpotans pou yo ka jwenn pri kakao a tou pou yo kapab jwenn li pou’l ba yo plis vale pou yo ka regle afe pesonel yo,  pou yo regle afe timoun yo tou. Se sam tap di wi,mesi.

#6  Mme Donet Dolcine ( fi, 45 ane, 3 timoun, komesant) : Bon, mtap mande pou nou… deske nou vini laa , yo rele nou, yo envite nou vini la a pou nou pale konsenan de zafe kakao a, se paske nou we kakao a gen yon l’enpotans, nou menm nou pa konn enpotans li paske nap regade depi ti kakao a fini nan men nou, m met dou w kote nou kanpe a, ti kakao a kanpe a se la nou kanpe tou, pase si ti moun yo pot ko fin arive lekol, kote ti kakao a kanpe tout timoun yo oblije men nan bouch paske pa gen lavi, e plis tou nan le kakao a vin pare a, e papou di w yon enpotans li gen nan men nou paske se pa pri l’genyen,menm le menm le nou te fe de (2), dis(10) sak kakao li paka itil nou anyen, paske li pa gen enpotans devan nou, li gen (bri moto kap pase) enpotans yon lot kote men nou menm li pa gen enpotans pou nou pase map regade la a depi’w we ti kakao a fe pap li fini la a, tout moun se men nan machwe, paske w pa gen anyen nan men wpa gen lavi, pou wal cheche yon lot bagay pou’w fe. La a m ta di, mande menm jan nou rele nou la a, se paske nou we gen yon bagay nan kakao a nou vle pale, m ta kontan pou swa nou ba nou yon ti pri nan kakao a, pou nou ogmante ti kob nou an, paske ti kob nou an m’we’l tro piti. Paske menm le’w te fe yon( 1) sak kakao ou paka vann li pou yon lajan.

Eske nou konn fe remed ak kakao ?

_Vwa fi_:’’ Nou menm, remed ? _Vwa gason_:’’Pa bo isi a ?’’

 Wi, nou menm antan ke pwodikte kakao, eske nou konn sevi ak li pou remed ?’’

(_Non, non_) Pa bo isi, Eskize banm retounen anko’’

#7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane,  7 timoun, profese): Pa bo isit pou nou kakao a, nou genyen yon sel itilite nou fe a, se selman pran’l nan pye a, bay li kote li dwe rive nan balans lan ou byen  pandan ke yap pran’l vet lan,__( silans)__ apre kwa nou pa gen (bri yon moto ki ap pase_) annnyen anko, epi lot transfomasyon an se chokola, bon a pati de sa nou pa gen anyen anko  nou fe ak  kakao a, kom yon lot sevis anko kakao a itil kek moun, ko m m konn we kek moun  ki konn pran ti gous piti yo, yo koupe yo, yo lave cheve yo, telman yo nan nesesite menm chanpou yo paka achte, yo oblije koupe’l yo fe chanpou pou yo lave cheve yo, sa selman apre kwa pa gen anyen, __(vwa gason) anyen anko.: __(vwa fi) : non 

#4 Lavalas Theodore (Gason, 63 ane, 4 timoun, kiltivate):  Tale a nan entevansyon‘m nan mwen te bone mwen paske m’panse te gen lot kesyon ki pral poze toujou sou menm pwent sa a, se sak fe m pat alonje m tou, m’te rete selman nan (_enpotans kakao a_) enpotans kakao a ,paske w te mande m  pou kisa kakao an bon,donk  pou nou ane sa a,men se premye fwa (bri machin kap pase) pou la premye fwa, kakao pou nou, preske wap we tout abitan preske kounye a  komanse an pa enterese paske kakao a telman pat gen valeu pou nou, wap we gen bitasyon k’rete abandone, kakao mouri ladan yo, paske yo pa we sa kakao a.

Gen moun ki te menm di, yap koupe kakao pou yo plante lot pwodwi paske pou yo kakao a pa itil anyen, se pou e komsi se moun yap rann sevis le ke yap netwaye kakao e yo menm yo pa tire okun profi…alo se ane sa a, yo ba nou yon ti pri pandan se tan ke anpil lot m’ta di konpayi mpa konnen kelkonk

,(plizye moun ki ap pale ansanm)ap antre vin eksplwate’l ki fe’l gon ti pri…vin gen antre an konkirans_ konkirans”( vwa nan piblik la)….se sak fe wap we, bon gen moun menm ki te rive kite pyes  kakao yo, san yo pa keyil, li ret gaspiye, paske yo di al pedi tan keyi kakao kisa li pral ap itil mwen ,donk se ane sa a mwen diw yo ba nou yon ti pri ki ankouraje kek planterr ki oblije keyil epui yo itilize’l jan nou sot dil la. Donk m’pa konnen si gen lot kesyon pou pou pou sa, men sa nou we.

Tout sa nou gen pou di la a gen rapo avek kakao a._

Patisipan pa idantifye : Donk konsa nou we ke si enstans yo ki vini pou fe rechech pou konnen kisa kakao a ye pou nou,donk nou met di ke se li menm ki tout resous peyizan an, kakao a, li pa gon lot mwayen de finans nan men’l , menm leu pa egzanp ou ta vle fe lot pwodiksyon, ou pa gen mwayen pou fe’l men se selman kakao a, wap we le rekot la , se le a selman m’met di yo fe kob, pase m di, ta eksepte moun ki gen kek ti dyob leta oubyen djob prive kelkonk yo gon ti chekyo kapab di yo menm yo fon ti kob yo menm, men apar sa , apar de sa tout peyizan depi pa gen kakao donk tout moun pov ( ri J J J) tout moun pov wap we menm ti moun paka al lekol _Paka la lekol_ depi kakao a pa donnen, tout timoun pou ane a pa al lekol, le konsa nou we kakao a, li ta dwe gen anpil enpotans pou nou men malerezman moun kap eksplwate’l nan men nou yo, yo pa ba nou yon mwayen, yo pa ba nou yon pri ki valab, ki rezonab ki ta permet nou gen plis ankourajman. Si yo tap mache nan tout mon yo pou we  pyes kakao yo, kom konfre nou sot di, yo preske rete san netwaye, pa gen mwayen pou yo netwaye, daye yon kove li tre che, pou’w achte netwaye yo, menm si se li menm ki pou ta baw kob pou’w netwaye’l, ou paka jwenn.. kob, yo pa achte’l nan yon pri ki valab ,rezonab,ki pou ta pemet ou gen mwayen nan men’w pou’w netwaye pye yo donk wap we kakao yo, malgre ou we ti rekot li fe a, li te ka fe plus, men se paske pa gen mwayen pou sa, pa egzanp map gade ye m’pase nan premye seksyon, m’w’on gro pyes kakao, men metres li, m’ta di dam ki rete avek meusyeu ki met entere a, li di ou pa we on gwos’on pyes kakao, li montre’m yon ti kivet li sot ret, li sot keyi nan gwo pyes kakao sa a, li di kakao a pa donnen…Poukisa? __ paske l  pa netwaye, li pa gen mwayen pou’l netwaye kakao a, li bwaze, pet gen yon raje k’rele[3] “petpet” ki moute pye a yo, li gon lot raje ki rele “Gi” a lap souse branch kakao a, li fel sech, l’anpeche pye a donnen, pa gen mwayen pou y’achte kove netwaye yo, donk se sam ta met di pou nou menm peyizan an, produkteu kakao yo, donk m’met di, bon nou pa genyen ase de pri, nou pa gen ase ankourajman ase de la par de m’ta di an eksplwate yo pou yo ta pemet nou pwodwi kakao a pi byen ke jan l ye a.

Ou di ane sa a li komanse gen yon ti pri?

Sa vle di selon jan yo te konn peye nou li lontan, se pou la premye fwa yo ba nou yon ti pri.’’

Tankou ane pase konbyen yon mamit kakao te vann konsa ?

( Vwa gason nan piblik la) : dizwi (18) dola

Pafwa li,pafwa li. Pafwa’l sez (16), ou byen m ka di katreven (80) pyas.

Nap pale de dizan (10) pase yo ?

Dizan pase yo,  se te 40 pyas, 40 goud

_plizye vwa nan piblik la kap diskite pri a_ . _menm entevenan ki tap pale a di : vennsenk (25) goud , karant (40) goud, li pat plis

5 an pase??

#4 Lavalas Theodore ( Gason,63 ane, 4 timoun, kiltivate) :Senkan (5)  pase…gen yon le yo te pran’ l a 5 goud nan men nou mamit lan, a 5 goud yo pran’l nan men nou, yo vin monte li vennsenk( 25) goud, lane l te 25 goud sa a menm se te gwo zafe pou peyizan an paske’l p at janm vann kakao nan pri sa a, e si nou ta di 50 an pase se a de ( 2) goud yo te konn pran mamit la… 2 goud, ou we sa. Le yo vin mete’l 5 goud se gwo zafe.

#7 Eljuin Jean Eddy (Gason, 55 ane, 7 timoun, profese): Anfet nou fe anpil rale konsenan  de kesyon 1 an, yon sel kesyon, m’panse ke gen de e de kesyon ke nou kapab debat sou li, tan yo epi le nou tout pale nou tout fe menm entevansyon an, alo nou ta mande ke, le nan deba nou, le gen yon pawol ki deja di déjà no upa bezwen redi l, alo si’w ka vin ak yon lot ide (…yon lot pawol_li tap pi bon_,nouvo nou kapab pase avek lot ide an.

Mentenan si nou ta pran pou’n pale _kakao an_  de kakao a, nou te ka pran preske tout apre midi an net ap pale de kakao a, kom mwen te sot di nou, pab, pa bo isit kakao a, se pwodiksyon premye li ye pou nou, andeyo de li menm anyen anko, men, sa ki pwoblem pou nou, se paseke menm moun kap vin achte kakao a nan men’w lan, ki vin pran’l lan, li vini avek gazolin nan, depi’l soti lakay li, li di w galon gazolin nan tan,(22:54) sak duri a tan, sak mayi moulen an tan, kelke swa pwodwi ki rantre an Ayiti a, se moun nan ki takse pri’l, li di’w men konbyen’l ka vann ou’l, “ a prendre ou a laisser[4]”,  diferan de Ayiti ki gen pwodwi pa’l la, se moun nan ki soti lot kote , li vini’l  di map pran’l nan men’w a tan _Yon vwa ki pale tou ba_, ou telman nan nesesite, _pa gen le chwa_ ou pa gen le chwa, ou oblje aksepte a sa li ofri’w la, alo se paseke kom nou pov, m’kapab di sa , men nou, mwen menm m te youn pami yo, ki te komanse solide, ki te komanse mete’l  ansanm avek pluzyeu lot planteu pou nou te pran yon dispozizyon, kakao a, kelkeswa moun (…epi) nou pa tap fel nan yon sikwi ferme, nou tap fel lajman, nou te komanse konvoke de e de planteur pou nou di ke nou pral rete solide nap fikse yon pri nou di  nap di mamit kakao nou an, lap vann tan, si on fwa nou rete peri avek gous kakao a, kote nou fe, chokola avek li, nou voye vann potoprens, sak ka konsome’l, nou konsome’l, men nou te di fok kakao a genyen yon ti pri o mwen rezonab. Menm lorske yo te bay senkant (50) dola par mamit kakao, le sa ou tap oblije pran’l ki te diferan pa rapo a dizan de sela kom nou sot di, sekan de sela, le’l te konn van, 2 goud edmi li te konn vann 25 goud.

E nan le’l te vann 25 goud lan tout lot pwodwi yo te meye mache , le’w vann yon mamit kakao pou 25 goud, yon pe soulye te van 7, 8, dola, yon lonn pantalon tap vann tan de pri,…  7 goud ( vwa nan piblik),… pour sela, ou te preske gen yon ekivalans a prodwi paw la, lew bay youn, ou ka achte youn a peu pre, avek sa menm si’w ogmante’l de 10 goud en plus, ou te kapab achte’l men diferan net mentenan wap imajine w, yon A, yon mwa,on peryod lekol, wap peye’l, kat san(400), senk san ( 500) dola _pral depann_  Dam Mari yon peryod lekol…yon antre lekol wap peye mil senk san (1,500), __’’mil de san(1,200)’’__mil sis san (1, 600) dola yon period lekol pou  yon timoun ki anm nan kindegadenn (__vwa yon patisipan ki ap pale_ e le w gen 5, 6 timoun…ou we taleu a ou sot mande’m, m’di’w m’gen 7 pitit,e tandi ke 7 pitit m’di’w lan, m’pran, m’pran mwatye an _bri yon anjen ki ap gwonde_tandiske m’s’on[5] moun ki gen kenz (15) pitit,      ( ri JJJ) tre jenn ke m’ye, m’ en de e de timoun ki nan inivesite. Fonksyon enh sa m’fe, se la te m’kiltive , se kakao a, men o mwen  ou oblije jwenn yon satisfaksyon ladan’l.

 E set fwa si kom nou we gen anpil moun kap rantre sou teren an, kap vin achte’l, tout fwa yo rantre konsa, genyen yon enpotans kapital pou yo ki fe yap rantre vini, nou menm tou, nou pral rantre, nou mete yon yon yon yon tarif si’l paka achte nan pri sa a..e si tout fwa nou ta jwenn yon moun tou ap vann  li nan yon kondisyon li pa dwe vann li, nou menm tou nou ka  konnen ki sanksyon nou kapab pran kont li, _ oubyen si nap pran….) paske finalman fok kakao a, li genyen yon pri ki on ti jan plizoumwen[6] valab pou nou, pou’n kapab regle zafe pa nou

k’ou we mesye  Theodore te sot di kou’w we  kakao a fini, tout, bon peryod sa la a, mentenan la a gen kalmi tre tre tre tre dur pou nou. Mwen menm jodi je, jodi jedi, demen si Dye vle, m’te gendwa pase la a, m’di yon kamarad al tel kote, komanse grennen kakao met ate pou mwen, samdi m’pase m’al keyi le m al _kase_ kase, m’ale nan koperativ la a, m’vann li, samdi map rantre soti la, lakay mwen avek yon mil(1,000) dola, yon wuisan(800) dola yon set san( 700) dola, pandan se tan lundi m’ka fe yon aktivite ave’l, men nan jou jodia a la a, franchman yon nonm se nan du kou an) tre tre tre du paske kakao a li fini….alo se poutet sa tou sil gen yon ti pri, ou menm wa[7] konnen  ou konsome tan, ou ka ekonomize tan pou moman di an. Alo kom m’te sot di nou sa, si nou ap panche sou ka a m’ta mande nou, pou nou pran plus souples pou nou panche sou ka a, pou nou fe Ayisyen an gen plus enh ankourajman pou’l plante kakao a paske nan jou jodia mwen menm, mse youn moun an premye, m’pa konnen pou tout moun, chak fwa mwen jwenn yon moun ki nan te a, lap travay m’di’l monche pa bliye plante de pye kakao mentenan…pa bliye non plante de pye kakao mentenan.

Mwen menmp andan ou we lapli bare’m andeyo la a, se yon jaden map fe, men pandan map fe jaden an  m’koupe lot pye bwa, moblije pran lot kakao m plante ladan, tale map montre yon moun, epi map map felisite moun nan, moun nan di wi sa se tre byen sa.ou retire lot gwo pye bwa, ou plante pye kakao a , nan 3 zan, 4 an ou gade kakao sa li ba’w yon lot bagay, se ou pap jwi’l, men pitit ou _ jwil_ jwi’l, paske tout kakao nap jwi kounye a la a se pa nou… _grann ki te plante yo_se pa nou ki te plante yo_…se »Ayeul » nou yo, se gran gran paran yo…nou menm menm nou pat plante se sa nou te jwenn paran plante nap jwi e byen nou menm fo’n fe pou pitit nou yo demen si Dyeu veu apab , faudrait-il bien[8] genyen sa yo rele’w yon valeu pou yo kapab baw kakao a pou nou.  mersi

Alo m’panse ke sou enpotans kakao a nou met ! kanpe la, si gen lot kesyon ap pran _nap avanse_ ann vanse_ann avanse.

Kesyon: Kisa nou panse ke gason fe nan kakao a, ke fi paka fe?

# 3 Cesar Pierre – Paul ( Gason, 28 ane, 0 timoun, kontrole entern) : Kisa _Gason fe, fi paka fe?_ gason fe nan kakao a, fi paka fe, bon,bon mwenmenm  nan kakao a m ‘pa we kisa gason fe fi paka fe’l, fi an tou li konn  pa gen mari, li pran gol li keyi kakao a tou, li kase’l, li pote’l, li vin vann li e fi an tou konn jwenn pye kakao a tou li plante’l tou, e gason an se li’l konn fe tou, m’pa we anyen gason konn fe nan kakao a, fi pa konn fe.

# 7 Eljuin Jean Eddy (Gason, 55 ane, 7 timoun, profese): Pa bo isit nou genyen yon proveb nou kapab apiye sou li, “pa genyen pa gen gou” puiske fi an li pa genyen nan men’l, gen kek travay li pa ta kapab fe_ li oblige fe l_ men  li oblije al fe’l paske se rezistans li, fi an li charye plantul kakao a, li fe plantil lan, li transpote’l, li fe plantasyon an, s’il saji de netwaye, alo gen fi pase fi, konsa tou gen gason pase gason, kom yo konn pale de gason manman _gason manman_, gen de gason patat gen yon seri bagay li paka fe , men konsa tou ou jwenn de fi, yo rele fi sa yo, “fi a wom[9]”, paske fi sa a li fe tout tout tout kalite bagay. E ladan lnan kakao a tou, pa gen yon bagay ki ekstrememan dur e komsi gason an fe’l fi a paka fe’l paske (..)nan keyi kakao selman…alo m’ta mande nou menm tou, nou ta fe yon ti eksperians pandan nou sou teren an nap fe sa, si nou ta we on moun nou pase yon kote nou we yon moun kap grennen  kakao, pou nou ta mande’l yon gol prete, pou’n ta fe konsa anle a tou pou nap fe sa dan la sware nou ta we kisa kap pase avek “nuque[10]” lan la, koman sa ap ye, deye kou an, alo se pou montre’w ke, le’w ta fin we’l ou tap di ke annnn, moun nan gen rezon’l pou li mande pri pou kakao’l la paske li gen yon fatig ekstrem ladan’l, men pou nou rete kote nou ye a…fi a pa ta dwe fe’l men li oblije al fe’l. si’l saji de[11] tay la, gen fi a wom nan menm kove li mache jisteman pou’l kapab netwaye _kako pal la_ kakao pa’l la. Sela ve di ke pa vin gen yon two gran diferans, fi ki nan liks lan, li pap fe’l, men moun ki nan bezwen an li fe (.bri moto kap pase.) menm bagay ke gason an fe an pou kakao a.

Nou plante kakao a, apre sa nou keyi li, epi nou netwaye pye bwa yo, apre sa nou seche li, nou al vann li eksetera…eksplike nou nan tout pwosesis la depi nan komansman ?

#7 Eljuin Jean Eddy (Gason, 55 ane, 7 timoun, profese) : Premyeman ou fe sa yo rele’w yon platband, ou fe platband lan, ou prepare yon tonel,(kout silans) ou fe platband nan apre kwa  mete l nan, ou plen  sache ou mete konpos melanje avek te, _bagay natirel_ bagay naturel, alo konpos la se bagay ou fe avek po kakao oubyen _fimye bwa.. fumye bwa e ot, gen deche bet yo tou _plizye moun ki ap pale_, ou pran yo ou fe, apre ou mete grenn kakao a nan chase a, li awoze , si pa gen lapli pou li kapab jerme[12], le’l fin jerme ou komanse ba’l awozwa….’’apre konbyen tan’’  …bon ehhh paa, apre konbyen tan, sa depan de peryod la, pase g’on peryod «pluvieuse[13]» ou pa bezwen  pedi tan a tou moman pou awoze’l. alo  pa bo isit pa nou sechres la se pa yon bagay ki konn frape telman,e le konsa tou ou toujou cheche peryod ki pi bon an pou’w kapab fe semans lan. (kout silans) li vin rete grandi yon seten de tan nan freche sa a, apre pou’w al fe transplantasyon an nan bwa, le pou’w mete’l nan bwa a, ou mete’l, ekspoze’l kote ki dan ler[14] epi ou fe balizaj, ou fouye tou an, ou plante’l, apre ou kontinye fe netwayaj pou li, pou li kapab rete antreteni. (..) Si’l tonbe nan yon bon ter tou, apre, 3, 4 an_lap komanse donnen.._ou komanse rekolte kakao sa a. _.silans._ Le’w rekolte’l lan li komanse baw ti kabos lan, ou keyi’l, ou kase’l, ou cheche’l epi denye rezilta a, li ale nan men _vwa piblik la ki di : espekilate a_, espekilate a. epi espekilate a li menm, _vwa piblik lan ki di : li ekspedye’l_ li ekspedyel alo ekspedisyon an se kote’l rive a, se la riches la ye (vwa moun ki ap pale ba) apre ekspedisyon an li rive kote’l ta dwe rive a, bon…res la pou nou.

(Silans)

Nomalman Eske se gason ou byen fi ki al vann, oubyen se tout moun?

Piblik la reponn :’’ Nenpot, fi a gendwa al vann li, gason ka vann tou. (fi vann, gason vann..)’’

(long silans)

kisa ki pi difisil nan zafe kiltive kakao a?

patisipan pa idantifye: Bon tout bagay ladan’l difisil net pase pa gen anyen ou fe ki pou ba’w lavi ki fasil, tout sa pou’w fe pou’w gen lavi ladan _fok ou redi _li difisil, paske se ekspoze ou ekspoze’w, kounye la map vin nan reyinyon sa a la a m’ekspoze’m paske’m vini sou yon moto…alo vinnan reyinyon an difisil pou mwen, e poutan se soti la vin fe yon ti chita ansanm pou’n fe yon kominikasyon, apre nou ale. men kan men swa an arivan oubyen an retounan petet (..) difikilte kapab rankontre.

Kesyon: Si ou tap cheche nan tout sa ki difisil yo, ou tap mete yon nimewo 1, kiyes ou tap mete?

Piblik : ‘Keyi a, ’Ahh Keyi a…keyi a pi difisil…wi keyi a…’’

‘’E _ kakao a anle_keyi a (.keyi a se youn.),_pou sa_ li ka tonbe nan tet ou_retire,retire kakao an, li genyen anba zong ou, ki tre tre tre danjreu, gen de pafwa zong nan ka entrodwi…yon ti bagay entrodwi ladan’l, li gendwa ba’w yon maladi pou tout res tan wap viv lan, fo’w.. bwe dlo e ka mem pedi yon dwet ou, alo li tre tre tre tre vilnerab’’.

E pou fanm?

Piblik: menm jan, li menm jan an wi

Tout sa’w we mesye a di a la fanm ka fe’l wi ( ti diskisyon nan piblik la)  _sa kipi difisil pou nou_Pou fanm nan pou kakao a, _wi mesye yo di se keyia ki pi difisil pou yo_ bon sa’k pi difisil, keyi a paske se tet ou wap pandye anle pou keyi’l , men depi l tonbe ate a la, ou ka kase’l fasil men apre sa li pa fasil.hen hen keyi a)  (Mme Donet Dolcine, 3 timoun, komesant)

Eske nou genyen yon pwosesis pou pye kakao a le nou plantel pou jis li rive pouse ?

# 1 Cesar Clausel ( Gason, 29 ane, 0 timoun, kontrole entern): Kakao a le’w plante li an, ou fouye tou a,le’w finnfouye tou a, ou konnen li nan yon ti chase, ou koupe chase a,sa vle di w chire chase a, ou fin fouye tou a, ou depoze’l ladan,  kakao sa a li menm li komanse ap grandi, le sa a fok ou toujou anbeli  kakao a, ou netwaye l__, sa vle di m di nan espas 3, 4 an selon te a kakao sa a komanse donnen, le’l donnen an se le sa a ou pral keyi’l, ou konnen nan donezon lap bay yon ti kabos epi lap grandi epi li vin mi, se le’l vin mi an epi le sa a wa pral keyi’l, ou kase’l, swa’w seche’l, kom kounye a gen yon epok yap rele «  la pou la », nou pa bezwen tann seche, ou tou kase’l ou mete’l nan veso epi’w pote’l nan CAUD’’

Long silans……

#7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese): Ehhh __Long silans__M kwe si m’tap pale de sistem ou byen teknik kakao fet la, nou pa di se pi bon’l pi bon pase kakao cheche an, men d’une part [15]li pwoteje anpil, anpil moun, paske li konn retire’w nan yon sikwi plu vit ke le kakao a _chech la_chech la. (Silans.)

Fi yo,ou byen ou soti ou gen yon necesite, ou gen on, ou g’on ti moun deyo pa egzanp, oubyen ou bezwen lajan pou’w voye ale potoprens,depi samdi w’al nan bwa a ou keyi kakao a epi menm kote a ou pot’l ale, lajan’w nan men’w, dimanch, apre midi ou ka ekspedye lajan sa a, lendi maten de tre bon e ou tande timoun  nan rele’w, ahh entel mesi wi, m’jwenn lajan an…men le’w pran kakao a samdi, dimanch li pa fe soley,lundi pa gen soley (..), kounye a ou ka pral mande yon moun prete e ou ka pa jwenn…’’gen anpil kakao ki konn pedi’’( vwa gason) ….de fwa kakao a pedu le entanperi konsa, kakao a vin nwa , (..) li pedu, kounye a se avek  machann chokola, ou pral likide’l _likide l_ pou le’l kapab, li kapab peye’w, men sistem vet la, li anko _trez enpotan_myeu. Men mye an se vre, nou retounen sou li toujou, nou ta renmen li genyen yon ti bagay , yon amelyorasyon pluz ou mwen e ki pou pemet.._bagay yo pi ekitab_( vwa gason)…ekitab, e moun yo gen plus ankourajman  pou yo plante kakao a.

Sss Pa bliye ke, m’pa bezwen di’w an Ayiti, sutou a Dam Mari si yo ta vle bay kakao, yo ta vle plante kakao, m’kwe sa yo tap re… li deja basen kakao a, le sa a, li pa tap basen anko non, se tap oseyan kakao a li te kapab ye, men fok nou ta kab genyen sa yo rele’w ankourajman, depi’l ta gen yon ti pri,ki pliz-ou-mwen kom mesye numewo[16] 4 la te sot di tale a, otrefwa yo te komanse koupe kakao a pou yo te fe lot kultur e konsa tou ebyen yo ka fe enves la yo ka komanse koupe lot pye bwa, pou yo jwenn espas pou yo plante kakao, paske nan jou jodia a, Ayisyen te komanse livre’l,anpil anpil nan plante kann paske yo te vin we ke kann nan li te genyen plus randman ke kakao a e a la verite se avek arive enenenh ! sistem sa a la a, ki vin retounen mete aa nou nan ben nou,ki ankouraje’n avek kakao a, e de jou an jou ou we yon oganizasyon paret, li pale’w de kakao,ou we sa a vini li pale’w de kakao, sa a vini’l pale’w de kakao,alo w  vin di bon menm loske mwen menm jodia mwen pa jwi l ebyen pitit mwen va jwi sa ki genyen an, an nou plante kakao pou nou kapab kite pou pitit nou k’ deye yo.

#4 Lavalas Theodore (Gason,63 ane, 4 timoun, kiltivate) :  Toujou nan pwosesis ou tap di pou kakao a, nap we non selman ou plante li, epui netwaye pye a pou’l grandi, men le’l fin grandi tou, gen yon nivo’l rive, li gen sa ki rele tay pou yo fe ladan’l, sa pemet ke kakao a, gen yon seri branch ki vin granmoun,(..) yo vin paka pwodwi anko epi yo anpeche pou jenn branch lan donnen tou sil pa koupe, e pou’w fe travay sa a, fok s’on depans pou’w fe e se pwoblem sa a ki konn fe peyizan an de fwa paka jwenn aan randeman kakao a ba’l, paske li paka fe tay, si on pye, on moun serye si moun nan gen yon kawo de te , yon ekzanp,yon kawo de te e  poutan gen moun ki gen 3, 4 kakao de te an kakao, (..) pou’l ta achte kove pou’l fe tay nan tout kakao sa yo epi gen zeb ki rele ‘’Gi’ ki nan branch yo tou pou netwaye yo, tankou taleu a, le nou tap mande kisa fanm paka fe, sa a gen fanm petet ki ka mare senti yo, yo fel men se pa travay fanm, pou monte bwa pou al retire branch Gi sa , li tache nan branch kakao a, ou pa dwe koupe branch lan pou tet sa men se li menm ou bezwen detache pou netwaye branch lan (bri machin kap pase..)  Pou li kapab ann kontinye pwodwi, donk tou se sa se nan pwosesis, ki pou permet kakao an bay pwodisksyon’l byen, fok netwayaj sa yo fet ladan…

….leu konsa sa mande anpil efo, anpil depans tou, e siw pa fe sa ou ka gen yon gwo pyes kakao, li te ka baw dis(10) sak men’w ka we se de(2) sak ou rekolte ladan’l paske’l pa ka donnen,paske li anm li bwaze, li sal, lo konsa fow ou kontinye  netwaye’l, e se pwoblem sa a nou genyen, kakao nou yo manke netwaye, paske nou pa gen mwayen nan men nou alo e se kakao a ki pou ba nou mwayen an, donk sa egzije, fok kakao a ta gen yon pri ki pi valab, ki pou ta pemet peyizan an fe travay la pi byen nan sans sa a. Mesi’’.

Bri machon kap pase

Konbyen kategori kakao ki genyen ?

#1 Cesar Clausel ( Gason, 29 ane, 0 timoun, kontrole entern):’’ gen twa (3) kategori kakao, gen sak rele trini…henn, trinitaryo a,bon gen sak rele «Kriyolo » a, kriyolo a se kakao ansyen nou genyen gran paran nou plante a, ansyen ansyen kakao a, gen  sa ki rele trinataryoz la,ki se kakao ki rele kakao blan an, g’on lot kakao ki rele florestawoz, ki se melanj de 2 se melanj de kakao,  kakao blan ak kakao peyi nou an, ki ba’y li.

Eske se li menm ki gref la ?

(.gwo bri anjen ki ap pase_.)

Wi li menm ki gref la.._ ou tap ajoute yon bagay ?_non.

Sa vle di nou gen 3 kalite kakao ? Kriyolo?

(..) Wi kriyolo a ki se kakao peyi ansyen kakawo, dezyem nan’l reletrinitaryoz ki se kakao blan an, twazyem nan rele florestaryoz’’

Ankete Pharell :’’ florestaryoz lan se li ki gref la? _Wi on melanj de 2_ sa vle di si nap di nan lagaj teknisyen yo nap di kriyolo, _wi,wi_ florestaryoz, apre sa se trinitaryoz, …men si nap pale an ayisyen , si nap pale an ayisyen,nan lang pa nou  nap di kakao peyi, kakao blan, kakao grefaj.’’ Nou pa gen lot?_ piblik:Non_

Eske jounen yon pwodikte kakao nan sezon kakao diferan avek jounen granmoun yo, sa vle di jounen manman nou ak papa nou le yo tap kiltive kakao, eske li diferan ou byen li menm jan?

#7  Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese): Ekstrememan diferan,ehhh, nan epok gran paran nou yo, ou byen manman nou le yo te nan keyi kakao, yon jounen kakao, konbyen’l tap koute’l, senk(5) goud, kenz(15) goud paske te g’on  epok gode kakao te  vann vennsenk(25) kob, mamit kakao lan te konn vann 4 goud ,_4 goud edmi_, 5 goud, se vre men pou nou di nou, leu sa a paran nou yo te viv nan lux, avek eee rantre yon jounen yo, kii te 4 goud edmi, ki te 5 goud,leu sa a gode duri tap vann 2 pou 25 kob, yon mwatye gaz tap vann 10 kob, 10 kob sik, 5 kob sik, se pa gode  kleren tap vann twaka pyas,se la ve di avek _4 pyas sa _ 4 goud edmi sa a…_ou te reyalize yon paket bagay’’_…, ou te kapab reyalize plizye bagay avek li men ki diferan de no jou, sa nou te konn ap bale de senkant…bon le wap gade yon goud otrefwa, 2 goud otrefwa, ou te fe plizye komisyon avek li, jounen jodia a, le’w jwenn li kounya ep ep se’’se jete’w jete l’’…, se plwaye’l plwayel ou jete’l, _ou pa ka fe anyen avek’l_, li pa gen valeu.  (..) Senkant kob mentenan pa gen valeu, ven kob li pa gen vale, yo oblije jete’l, e tandi ke nan epok le paran nou yo, yo te konn pale de kob, avek senk kob, yo fe plizye komisyon. Alo byen ke kounye a la a, yon joune kakawo nou ka koute nou mil dola, li ka koute’no mil senksan (1500) dola, de mil(2000) dola ki ta egal a dimil (10.000) goud, senk mil (5.000) goud lan, men’l pa reprezante anyen pou nou, paske responsablite epi cherte[17] peyi an, vin pemet li pa reprezante anyen paske yon sel timoun kindergadenn ou gentan depanse 5, 6 mil dola nan lekol pou timoun nan, alo’w we,ou we li pa reprezante’w anyen, e fok ou plante anpil wi, pou’w fe 5 mil dola nan kakao a pandan yon ane ( ri J J J), _fok ou gen anpil pye_, fo w gon anpil pye wi_(bri)

 Alo se pou m’montre’w ke le ou reyalize desan (200) , yon mil dola, mil dola dola nan kakao a, se vre ou we’l nan men’w an gwo ou santi ke, li reprezante yon bagay pou ou paske se pov ou ye, men si’w pat pov sa a li pa tap kapab reprezante anyen pou ou. Se pou tet sa le moun nan al reyinyon an, yo di yo pa ka mamit kakao a, a ven (20) dola moun nan bat bravo, li bat bravo paske li pat konn abitye jwenn li, poutan li pa reprezante anyen…_anyen_

Eske nou renmen travay la, eske nou renmen kiltivasyon kakao?

Piblik: Wi, anpil, anpil__se li ki tout lavi nou__bon se li menm ki souf nou__depi pa genyen l la a, se konsa tout moun rete, ap panse,_paske e li menm ki souf nou_.

Kisa timoun yo fe nan travay kakao a?

_‘’timoun yo, Yo pa presize ki laj?’’_, __Ankete a di: bon, tout timoun…epi patisipan an komanse pale

#3 Cesar Pierre Paul ( Gason, 28 ane, 0 timoun, kontrole entern): Timoun yo yo gen dwa al nan bwa a, avek papa yo, gen lot moun kap ede papa yo keyi yo menm, y’ap ranmase y’al mete sanble, (..) papa a gen dwa ap kase, yo menm y’ap jete,y’ap retire, yo gen dwa ede papa a pote sot nan bwa a tou, gen papa a ki pa  genyen bet, li pa gen mwayen pote l pou yo li jis pote yon ti veso, vale’l ka pote, papa pote manman an pote papa a pote jiskaske yo rive pou yal van .’

Patisipan an pa idantifye: Kom nou,kom lontan m’te konn abitye cheche kakao, le paran an papa timoun nan mete kakao a sou chez teras yo konn kite timoun nan veye pou si lapli ap tonbe eske w konprann janm di w la a, yo ka komanse ransanble li jiskaske pou yo pa mouye nan lapli a eske w konprann sam di w laa

#7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese) :Timoun nan toujou nan menm sistem kakao an, li transpote pafwa plantil la nan bwa, le papa a ap fe plantasyon an, li mache li simen plantul la ee ate kote papa a prale _fouye te a_, ou tou a fouye deja li menm li fe ke_ bri yon anjen ki pa pase_ simen sou tou a yo pou’l amelyo, pou ‘labreje travay papa a e le kakao a fe, li pran l nan  keyet kakao a tou, le yap grennen, charye kakao a al mete nan pil, menm timoun sa a konn rete la pou’l fe sa yo rele’w, yon separasyon, gous ki pike, ki nwa, avek gous ki pur, pandan se tan tou pou li fe sa yo rele’w yon seleksyon sa ki move epi sa ki an bon eta. _bri anjen ki ap pase_

Eske yo konn al vann yo?

Timoun yo? wi…si’w travay _fo’w vann_ w’ap benefisyeJ J J, yo vin, yo vini avek ti lo kakao yo tou, epi yo ranmase grenn rat manje yo lage ate a, yo ede paran an tou ranmase  grenn sa yo.

_long silans_

Apa de kakao, ki lot pwodiksyon ke nou fe anko?

#3 Cesar Pierre Paul ( Gason, 28 ane, 0 timoun, kontrole entern): Lot pwodiksyon nou fe, le zane nou konn plante pwa, nou konn plante mayi, lot pwodiksyon nou fe plis, se yanm nou plante, lontan te konn gen anpil kafe, kounye a nou pa gen kafe anko,kafe yo mouri,yo mouri, men m’met di se yanm, tayo[18], patat, nou plis kiltive ,men tayo yo pa donnen nan te yo anko, _betrav_, pwa yo tou ou gen dwa g’on pwa plante’l, ou f’on bel te,pwa a donnen lapli gate’l, swa’l rete’l pouri nan pye, o swa ou rache pwa a, lapli pran pwa a lan,lan,lan[19] pye, li pouri, ou fe pwodui an le fini’w pedi’l tou

Foumi an li te toujou on pwoblem, ou byen se kounye a li vin yon pwoblem?

Foumi an? Nan mayi an ? li te toujou pwoblem, _men kounya li vin pi nonbreu_kounye a li vini plis anvayi

Ankete Pharrel :’’ ok, yon lot ti eklesisman paske pandan ke nap pale la a, gen kek enfomasyon ki…nap retounen sou gref la (bri moto kap pase) nan  kakao a, se li menm ki florestaryo a ?

Se pa, nou pa konn teknik ennn__Wi se li menm wi_

Sa vle di si nap pale nan kreyol nou di gref, si nap pale nan lang teknik ou di florestarioz ?

_ wi_

Sa vle di florestarioz la se li menn ki gref la ?

_Gen peyi a, blan an epi gref la_

Donk si teknisyen ap pale, lap di kriyolo, trinitario, epi florestarioz

 Nou pral fe yon ti pale de koperativ kounye a?

Kisa dapre nou menm ki bon avek koperativ la?

# 7 Eljuin Jean Eddy (Gason, 55 ane, 7 timoun, profese): Le nou pale de koperativ, koperativ se ..le mot s’explique[21] …_’’nap pale de sak bon ladan l, sak pa bon nap kite yo’’ ankete Pharrel_ , _vwa plizye patisipan an ki ap diskite kap di nap pale,sak bon ladan,sak bon,epi entevenan an kontinye_ se koopere se mete ansanm, se met, bay ed,(..) se ankouraje, epui seee le’m pale de bay ed, de koopere, fe moun nan gen aprann chita ansanm,  pou brase lide pou yo rive sou yon aktivite ki kapab pote sikseu, ki kapab pote sikse pou yo. Ehhh le nou pale de koperativ lan, yo toujou ankouraje tout moun jwenn yon kote pou’w antre nan yon koperativ, de tel sorte ke pi devan ki kapab ede’w nan yon domen kelkonk, alo kom chak koperativ gen objektif pa yo, alo nou menm  kom nou vini avek mo koperativ lan, seulman en gwo nou konnen koperativ lan, se aprann a koopere ansanm mete w ansanm avek lot, justeman pou nou vin debouche sou yon lavi miyo alo m’pa konnen si gen kek lot moun la a toujou ki kapab vini avek yon lot ide ki pi kler[22], si tout fwa pa ta genyen lot ki vini, 2, 3 ta vini avek menm ide sa a toujou, alo li revyen[23] a ou menm pou’w ta bay,ekzakteman sa’l vle di_le vre mo…Ou ta’p di on pawol? wap pale?ou tap di yon baga? ale non._

Nap pale de sak bon ladanl

 Bon, nan kooperativ? Bon eske?..Mo a sanse pa presize paske gen koperativ ki okipe de danre…

Ou nan koperativ, wap jis di sa ki bon ladanl

#3 Cesar Pierre Paul (Gason, 28 ane, 0 timoun, kontrole entern): ok lan,lan koperativ sak bon, li moutre’w ini, li moutre’w len pale avek lot _kok ki chante_), li moutre’w kijan pou nou asosye, kijan pou nou gwoupe nou de yon bagay ki ap enpotan pou yo,  li moutre tou gen plizye aktivite , ke nou ka vin nou komanse avek li, ke nou ka vin pi mye ki ka  vin tre byen pou nou avek sa n’ap prodwi.

_Yon kok ki chante_

# 4 Lavalas Theodore (Gason, 63 ane, 4 timoun, kiltivate):Sou menm pwen sa a, sak bon ladan’l, wap we se yon ansanb de sitwayen ki gen menm ide, ki gen menm pwoblem, konsa yo koopere ansanm, eupi yo vize menm entere,oubyen menm bi , konsa y’ap kolabore ansanm pou melyore sitiyasyon ekonomik  yo, : Donk nou we sa s’on,se yon m’ta di se yon bonn inisyativ, pou yo koopere konsa a _ Paske nou tout gen menm pwoblem_, nou vize menm bagay epi konsa y’ap yo gen menm anbisyon anko le epi konsa yo ka rive vreman a yon reyalite:m ka di,donk se sa ki bon mwen kapab di.

Kisa nou twouve ki pa bon ladan li ?

# 5 Beauvoir Berel (Gason, 48 ane, 6 timoun, kiltivate) : (..) Sa ki de move nan koperativ lan, paske pou nou retounen sou sa, Ayisyen se tout yon seri de moun afe pa bon yo ye, kan t’il saji de Ayisyen ou we se la povrete eee le moun nan soti yon lot kote, li di gen yon koperativ, kom m’te sot di tale a, une fwa yo pale de koperativ,  nou we se koopere, mete nou ansanm justeman , nou gen yon objectif vize pou nou te kapab atenn a yon rezilta ki satisfezan, moun nan pote, li antre nan kooperativ la,  e « il y en a des fois [24]» gen kek moun ki vin enplante yon koperativ, olye  ke pou’l bay satisfaksyon a moun ki vin rejwenn li an, okontre kisal fe, se eksplwate li eksplwate  moun. _’’sa vle di yo vin souse’w’’_…ki vini an. Pa egzanp nou mete nou ansanm, ou vini ou soti  yon lot kote ou di’n ou genyen yon koperativ, men koperativ sa a, lap fe yon enskripsyon dabo avan ke nou komanse antame  pwosesis pou nou dewoule a,pou pou’n fe dewoulman an pou, enskripsyon. Enskripsyon se konbyen l’ye, enkripsyon an se tan, genyen kounye a, n’komanse vinn enskri, e apre kwa vinn genyen sa yo rele’w patisipasyon, paske ou vize ou di men tel bagay ki pral fet, men tel bagay ki pral fet, men tel bagay ki pral fet. avan mem sa fet fo’k moun nan ta genyen yon pousantaj de tan, bon se prete nou pral prete moun swa’w pou fe komes, swa’w fe kilti, swa’w fe kelke swa sa’k genyen an, kounye a ou gen patisipasyon wap bay le mwa oubyen pa semenn.

yon bon jou le yo gade  moun sa a ki te paret, ki te komanse antreprannn tout aktivite sa a, le premye jou rankont la rive dezyem jou ou pa we’l, apre twa semenn anko ou pa janm we’l, apre le’w tande sa a moun nan eksplwate pov malere sa yo, anndan kooperativ la kisa …..se eksplwatasyon an nou pa ta renmen,se le vre mot, eksplwatasyon. Alo nou konkli avek mo sa a seulman, nou pa gen lot bagay.

_Wi se yon sel mo li ye pa gen lot, eksplwatasyon (vwa gason)_

_silans_

Kisa nou panse ki te dwe fet nan kooperative la epi ki pa fet ?

#4  Cesar Pierre Paul ( Gason, 29 ane, 0 timoun, kontrole entern): Nou we sa’k ta dwe fet nan koperativ, tankou nou sot di tale a, si se afe’m ki pabon, afe’w pa bon, afe lot la pa bon epi nou koopere ansanm pou n’ap,pou nou ka amelyore sitiyasyon nou, kounye a nou bezwen panse, se sa’k pa fet defwa, nou bezwen panse oubyen fe rechech pou nou jwenn yon debouche, ki kapab ale a lavantaj tout manb, men si petet nan rechech ki fet, debouche a vin fet men se a lavantaj de yon gwoup, yon ti klan, sa a li pa bon. le konsa nou we sa’k ta dwe fet la pa selman nap met ti lajan nou ansanm yon sel kote, kounye a nou bezwen ale  pi lwen pou ale cheche yon debouche ou byen yon kontak ki kapab permet ke nou pran elan pou nou rive vreman a okjektif[25] ke  nou vize a.

7 ( Eljuin Jean Eddy, 55 ane, 7 timoun, profese) Nan menm direksyon nimewo 4 lan, sa ki ta dwe fet lan, se sa, se vini avek  de mwayen pou soulaje le kooperan, paske si moun nan koopere’l, se jisteman paske li ta renmen jwenn yon soulajman, men pou soulajman an fet, se paaa yon bon jou konsa’l vini briskeman blap men men tel bagay,men tel bagay ki fet, men fo’k gen de sansibilizasyon fo’k gen de demach ki antreprann epi pou dema, demach sa yo, ka vini avek yon sikse justeman pou solisyone, non selman m’ta di solisyone , paske solisyone se rezoud a san pou san, men pote yon _soulajman_yon amelyorasyon bo kote  kooperan yo, pou yo ka pemet yo, pou yo ta satife det koopere….

Ou pale de eksplwatasyon, eske ou ka eksplike sa… 

M’deja eksplike’l deja  eksplwatasyon an wi, : mo eksplwatasyon an nou di ke se vle ke nou pa ta renmen ke moun ki vini ak ide a, ki vin enplante en koperativ la, epi  se menm li menm anko ki disparet avek sa ke     nou pote ba li a anko. Se sa nou rele eksplwatasyon.

Eske nou panse ke nenpot moun ka antre nan koperativ ?

# 3 Cesar Pierre Paul ( Gason, 28 ane, 0 timoun, kontrole entern) : Non, nenpot moun paka antre….ki kalite moun ki antre? ._ Moun ki ka antre nan koperativ, fo’k moun nan,fok moun sa a li pa gen yon dosye ki grav, fo’k moun sa a li respekte moun tou, fok moun sa a se paaa se pa moun ki ap vole zafe moun, kap piye zafe moun, fo’k moun sa a tou se pa yon moun ki konn fe mechanste.

#7 Eljuin Jean Edddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese):  Alo se pa pran defans  de sa entervenan an di an, men tout senpleman kan t’il saji de koperativ, koperativ la li la pou li anbrase tout moun an jeneral paske, si nou ta di premyereman[26] le wap fe koperativ lan , gen yon seri de pyes ou pap mande moun nan pou’l vini avek li,  pafwa nou pale de setifika de bonne vie et mœurs, de tel bagay, de tel bagay,e pafwa gen kek lot bagay anko ki vini e meusyeu sila paka di entel ou pap antre la, entel ou pap antre la, paske koperativ se antre w’antre. Au kontrer le ou vini an si moun nan gen kelkeswa peut etre[27] kek ti _’’defo,bahay sa yo _ defo ki permet li f’on bagay_ li ka korije_, petet se sitiyasyon ki pouse’l fe sa  men si tout fwa li te genyen yon lavi miyo petet sa’l te konn fe a li ka pa tap fe’l anko, men : man an efe mpa rankontre ke de sa’w di a la l’ap ap resevwa tout kalite moun men konsa tou li t kapab arive (..) anbrase tout moun e se ide ki pral degaje anndan koperativ lan gen anpil pale, gen sansibilizasyon, gen motivasyon g’on banm lot bagay , gen prech e ot, tout sa yo tou sa kapab vin konsyantize moun nan, le’w gen yon moun ki pa bon, m’panse se moun sa a ki merite jwenn ankadreman demen si Dye vle ki pou pemet li rejte tout (..) movez ide ke  li gen bo kote’l, moun  sa a li toujou bezwen le bra, li toujou bezwen ed. Alo an gwo m’te kapab di tout moun ka antre nan koperativ, ke’w rich, ke’w pov, ke’w gwo, ke’w gran, ke’w piti genyen pou tout kouch yo. ok mesi

ki pral we plas li pa la a .Paske dapre disiplin li we ki etabli yo, li santi ke li pap ka mache nan disiplin nan,(vwa timoun kap pale.) kounye a, lap retire tet li pou ko’l men selman pou yo ta gen yon espri de senpati  ki ta vini anbrase tout moun .

Eske dapre nou menm gen transparans nan koperativ ?

# 7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese) : bon sil saji de yon yon koperativ, fok li gen transparans ladan’l,

Nou pa nan si’l sagi, nou pa nan ta dwe. Sa nou vle konnen ekzakteman se,eske sa nou ye a nou santi gen transparans ladan’l?

# 7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese) : Gen yon komite direkte kap dirije, komite direkte sa a li gen prezidan,li gen direkte, li gen sekrete, _li gen trezorye_, li gen trezorye, li gen vis prezdan e ot, e _chak mwa,chak dezyenm dimanche nan yon mwa_  yo reyini _( vwa gason) yo reyini_  tout manb pou yo di, an depi de tel  sak te pase tel pandan mwa sa a, men konbyen ki te rantre, men konbye acha ki te fet, men konbyen  ekspedisyon an te ye, men jan sa ye. Bon nou ta kapab di an, an an gwo nou kapab di genyen tranparans ladan’l, si pat gen transparans li pa tap rive kote’l rive a mentenan , e menm manm sa yo, le  mande pou yo  fe eleksyon, pandan se tan menm ehhhh__menm ekip sa yo__ menm ekip sa yo ka rekondwi anko, se paske yo fe yon bon travay ki pemet yo rekondwi yo san ke pa gen echanj ki fet nan manm direkte a.

Kisa ristoun nan ye menm, koman sa mache?

Piblik: hahahahah (JJJJJJ )

# 2 Florestal Bertin ( Gason, 33 ane, 0 timoun, kontrole entern) : Ristoun nan se komsi mta di’w se yon rezev, li ye pou plante a, eske’w konprann sam diw la a, plante a fe yon ane ap vann kakao komanse an mwa davril ap vann nan ti bak, mwa, nan mwa’d septanm,oubyen desanm, ristoun nan se komsi tankou yon rezev…

 Men koman ou esplike sa, paske m pa konnen m bezwen konnen ?

Sa vle di tout kakao plante a vann, yo note li nan yon fey cha, pa ekzanp si jodia 12, yo note Bertin Florestal vann 15 liv kakao, an rezon de tel goud pa liv,epi li vini tan…epi yo fe tout ane a net, le yo vin konpile tout pa moun sa yo, yo vin we moun nan pa egzanp sil vann mil goud kakao , m kwe yo bay chak moun sa yo, tout yon, 1 dola sou chak liv kakawo, donk nan fen dane, moun sa a ap gen yon bel mil dola nan men’l. eske’w konprann sam di w la.

Pa ekzanp sim voye Bertin florestal  vann 500 liv kakao,  chak liv kakao li vann, yo kite yon dola rezev pou li, nan fen dane nan ristoun nan yo baw 500 dola.

Sa pral depann de kantite kakao ou vann, m’ba ou yon egzanp la a tale a.

’Eske si yon moun pa manb vann nan kooperativ la, li pap jwenn ristourn ?

_Piblik :non, non, yo pap jwenn _

‘’Paske chak moun ki manm yo gen yon nimewo ki koresponn avek non’l. Pa ekzanp papa’m se : 400, nimewo papa’m se 41, chak le m’al al vann m’toujou vann sou non papa’m 41 (..). esk’w konprann sa m’diw lan Yon moun ki pa manm ki vin vann li pap jwenn ristoun _’’ wap jwenn kob ou vann nan’’_, wap jwenn lajan ou vann nan, men ou pap jwenn ristoun nan fen dane.

Yo separe tout kob la, men se selman manm yo ki jwenn ristoun

Se selman manm yo ki jwenn ristoun nan fen dane?

#7  Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese) : Kom konfre a sot di, restoun nan se yon boni li ye, pou tout manm nan oganizasyon an ,  ki fet avek anpil prensip epi anpil disiplin..(..) se komsi lajan ou vann pandan tout ane a, li pa reprezante anyen pou ou, se le’w jwenn ristonn nan, se le sa a menm kote a ou kapab , pita ou kapab depanse san(100) dola, san senkant(150) dola avek tout volonte’w, ou di ke sa a se yon lajan yo fe’w kado , ou pa janm we sa a komsi se fwi travay ou l’ye, men pou ou, ou  konsidere l tankou yon kado , se mache ap mache  epi yon moun wap pase,ou jwenn li lonje sa a ba ou, kom zetrenn pase) sa pemet ke ou ka bwe soup ou, ou kab pase fet janvye’w , si’w pa malad yon fason plu-zou-mwen agreyab.Sa ki ladan’l kom yon bon kote pou mwen  menm mpa panse gen person moun ki vann yon kakao nan CAUD ki pedi ristoun li, ki pedu kantite kakao li vann nan._li pap pedi’l_ paske yo menm anko, le dirijan, yo konseye’w ou pa genyen ou pa  manm, ou pa  gen kat, koman, ebyen yo konseye’w pou’w vann kakao ‘w la, sou non yon moun ki manm. E ke moun sa a le yo peye’l, li fe ou jwenn ristoun , pati lajan pa’w la nan men moun ou te vann pou li an, bon se pa ditou yon move,  yo fe sa din[28] fason agreyab e m’apresye yo pou fason sa a. pase mwen menm an tou premye lye, mwen te manke yon viktim de sa, pase’m se yon moun ki te konn bay anpil kakao men m’pot ko manm, m’te konn vann sou non yon moun, seeee menm prezi… se pa prezidan an non , koman yo rele sa a anko…_’’trezorye’’_ trezorye a,_bri moto ki ap pase_se limenm ki di, ah met la (..) m’ta konseye’w pou’w manb paske ou toujou vin vann kakao, e ou vann bon kantite kakao, alo le’w vin vann kakao la anko vini avek kat elektoral ou, nou tou fe yon kat pou ou pou’w kapab manm. M’te antre tre ta ladan’l, men a la fen, byen ke m’antre ta le yo vin bay ristourn nan m’jwen yon ti kob ki rezonab, apre t kou w we ane sa a si Dye vle depi w we yap bay ristourn nan , m’panse ke anvlop mwen ap bel, _lap mi_ lap mi paske yo te konseye’m, mwen te fe sa, e m’konnen m’genyen anpil dola deyo,( ri J J J) dan se ka la  _se yon bel inisyativ li ye_, se yon fason ke yo fe’l ki tre satisfezan. Se pou tet sa tou menm to , nou ankouraje yo, yo menm ki responsab la, le yo rankontre avek blan an tou , pa di sal fe a seeee denye reso’w li ye, toujou pale ansanm avek yo justeman pou genyen yon _ amelyorasyon_ yon amelyorasyon. .jan’w we nou di nou la, se konsa nou sijere yo tou , pou gen amelyorasyon ladan’l.

Patisipan an pa idantifye : ‘’ bon A pati de 2014 a 2000 non a pati de 2013 a 2014, mezi moun nou konnen ki pot moun CAUD ki ap vann kakao avek CAUD, nou menm kom kontwole nou toujou di yo, moun pa vann kakao sou non moun anko, se degaje’w kou’w konnen pou’w manb , sa manb yo konn jwenn nan ou menm ki vin manb wap jwenn li tou ak sa a kounya a nou fe tout ane a ap resanse yo, ap ba yo ankourajman , men metod pou yo vin manb yo nou we, nou komanse jwenn nouvo manm plizye moun ki te deyo a, ki vin anndan an , le de moun sa yo wap jwenn yo gen NM devan nan yo_yo poko manm_,ou pap jwenn non yo nan manm kounya la yo vin resanse yo,yo bay o yon nimewo swa ki 512, 600 ou we sa’m di’w lan kounye a moun sa a vin manb li vann kakao li, sou nimewo’l a led de sa fen dane ou gen sa yo rele’w yon boni oubyen yon ristoun .’’

Eske kelke swa moun ki jwenn bonis sa a ou byen ristoun nan , ka di ki kote li soti. Eske sa depan pri kakao a, si kakao monte ou byen si kakao desann sa kap pase, eske gen yon relasyon ant pri kakao a vann, kantite li vann pou li jwenn bonis, si kakao monte ou byen si kakao desann sa kap pase nan bonis la?

# 7 Eljuin jean Eddy ( Gason, 7 timoun, profese) :  M panse ke genyen yon rankont ki toujou fet kontinyelman chak mwa,  yo toujou an pou pale avek manm yo, tout fwa gen yon diminisyon nou konnen’l,e tout fwa genyen yon ogmantasyon tou  nou konnen’l, s’il sagi de pet ou konnen’l sil sagi de gen tou, nou konnen. e mem volum ki ekspedye a tou, si pou ane sa a , ou byen mwa sa a volum[29] nan bese tout moun konnen’l, e si volim nan ogmante tou, tout moun konnen’l. paske yo fe sa de konse  tankou jan n’tap di gen tranparans nan sa.

Sa vle di se 5 goud sou chak liv’’ ?

Piblik : wi

Sa vle di si kakao a monte , nap jwen plis sou chak liv, se konsa sa ye ?

# 7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 7 timoun, profese) : Bon  pou sela  de le debi de lane, nou a, yo achte’l nan pri sa a, gen jus ka dat la a, se na pri an li rete ponko g’on ogmantasyon e ponko g’on yon diminisyon ladan l…..

Entenasyonal wi map pale ?

non entenasyonal, entenasyonal la,alo m’toujou di sa, nou menm,  nou pa genyen yon korespondans avek entenasyonal _ se atrave responsab yo_se a trave responsab yo ke nou vann ,paske nou menm nou pa vann  se depoze nou depoze leu entenasyonal lan

Sa m bezwen konnen eske  manb yo nou depoze, paske nou tout konnen , pifo di se 5 goud sou chak liv, ki vle depi w vann mil liv la, ou gentan gen espwa ou gen mil dola ou gen senk mil goud kap vin jwenn ou…… ‘’

# 7 Eljuin Jean Eddy ( gason, 55 ane, 7 timoun, profese) :e sesi pou yo fe sa, yo ba’w yon fich e yo genyen yon fich nan men yo,_ yon fich acha_ou gen yon fich de vant, yo menm yo gen yon fich dacha, fich dacha sa a li rete nan menw, ou menm tou menm jou ou prale touche an si yo ta mwens ou, ou gen dwa al fe reklamasyon __ non se poko laaa nou ye, sa a kle__ non tande tande se yon bagay map diw wi , se pou montre’w ke ou genyen dola a takse paske sim konnen m’vann 90 liv kakao , a la fen de lane, nan fich mwen selon fich mwen m’pa dwe jwenn 10 dola,mta sipoze jwenn 90. Paske nan rankont ke yo te fe ansanm avek ou, menm mond enternasyonal la, le li vin fe rankont ansanm avek nou , vizibleman li kanpe li di ke men koman’l ye, men koman’l ye e menm moun  komite dirijan an tou le yo bay bidje yo, yo di men kijan’l ye, men kijan’l ye, e ke ni youn ni lot pa entimide de sa yap di an, sa vle di ke ou menm tou ki patisipan an, ki kooperan ou vini santi ke sa yo di’w lan, se sa .

‘’Ou di se pa la a ou ye, pa egzanp se kisa’’ ? (yon patisipan)

Ah ! Non, m te bezwen konnen  eske pa egzanp si gen yon ogmantasyon , nou fin depoze epi nou ale, epi sa ka rive sak kakao a te konn vann yon dola, li vin monte 3 dola  eske 3 dola sa a li pral reyaji sou bonis la, se san bezwen konnen an.

‘’Wi m’konprann sa’w di a wi, se poutet sam di’w ke depi o depa yo di’w genyen tan, se ak tan an ou genyen’l, alo tonn nan yo pa konn baw egzakteman

(..)Sa vle di sil monte, sa pa_ nou pa konnen sil monte, sil desann sel bagay nou gen yon pri standa depi komansman ane jiska finisman, Alo m’pa konnen sit a konn genyen gen yon ogmantasyon ki fet, se toujou (..)  komite direkte a ki tap o kouran , _(yon moto ki ap klaksonnen)_ e m’panse tou se pa de moun ki kapab pyetine yo, paske menm yo menm ki komite direkte a si’l bon l’ap bon pou yo tou, paske yo tout se manm, paske tout gen le le boni an tonbe yo tout jwenn li nan menm kondisyon an tou’’.   

Ki diferans ki genyen ant fanm ak gason ki nan koperativ la ?

Piblik :’’ Pa gen diferans’’,  gason an vann,fi a vann’’, _Li jwenn kantite liv li li jwenn kantite ristooun li ‘’ ‘’gason ap travay, fi ap travay anndan koperativ la’’, pa gen diferans, nou tout egal ego nan sans sa’’

# 1 Cesar Clausel ( Gason,29 ane, 0 timoun, kontrole entern) :La sel choz, diferans mwen fe ant fi ak gason nan koperativ la aktyelman la , nou konn we gen gason le yo fin plen sak kakao a, le y’ap leve yo yo konn ap veye pou fi a pa leve’l, se sel gason m’we ki leve’l men apre sa tout sa’w konnen gason fe anndan an, fi fe tout…

…An gwo tou m’ka di, tou m’ka di dwa gason yo genyen, fi yo genyen’l tou.

(Bri moto kap pase)

Eske gen anpil fanm nan koperativ la?

Fanm ki manb ou byen ki ap travay nan koperativ la ?

Moun kap travay yo pa konte, se de manb nap pale…._

‘’ M panse de moun kap travay wap pale ou menm, gen anpil manb fi.

Pa gen okenn anpechman pou fanm antre nan koperativ la ?

Piblik : non…depi’w gen pye kakao….depi w gen jaden kakao…depi’w vle tou vinn manm tou.

Eske nou panse ke gason ak fanm yo jwenn menm avantaj nan koperativ la?

Piblik : Wi yo jwenn menm avantaj, yo gen menm priyorite, yo ekilib, pa gen youn ki anwo, ou byen youn anba, yo menm nivo , yo ekilib, pa gen wo echel , ni ba echel menm nivo yo ye.

Diferans lan se seulman nan ristoun nan, kantite liv,ou vann se kantite kob ou genyen.  Si’w vann 2 mamit wap jwenn lajan 2 mamit ou, si yon lot vann 6 sak lap jwenn lajan 6 sak…si w pa vann di tou, ou pap jwen lajan.

Eske ou swete menm bagay pou avni pitit fiw ak avni pitit gasonw, eskew swete menm bagay pou yo ? Pa egzanp ou vle pou pitit fiw ale lwen lekol, eske se sa ou vle pou pitit gason ou tou ?

Piblik :’’ wi, wi, wi’’

#7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane, 7 timoun, profese) : Pouvi ke se sa ki prale a lavantaj de li menm ou oblije aksepte’l, paske se pitit ou l’ye, tou le 2 se pitit ou (_Ou pouse yo,ou pouse yo_ , si’w gen posiblite pou’w pouse’l, ou pouse’l paske pitit sa a  demen si Dyeu veu se li menm ki avni pa’w ,paske  ou gen yon moman ou pral rive ou pap kapab anko, se sa te fe a (li menm ou pral rekolte) se li menm ou pral rekonpanse.

Eske nou ap dako pou pitit nou, rete nan kiltive kakao ?

# 5 Beauvoir Berel ( Gason, 48 ane, 6 timoun, kiltivate) : Nou tout paka dako pou pitit nou ale nan rete nan plante kakao, (patisipan kap pale ansan) paske genyen ki parese ki pap vle, genyen ladan tou ki gentan lwen de etid yo pap fe’l.

# 4 Lavalas Theodore (Gason, 63ane, 4 timoun, kiltivate): Sa m’ap ajoute , fo’k gen pwogre ki fet nan fanmi an, si mwen menm se nan bwa, se nan pye kakao a , mmet di se li ki pwofesyon mwen , plante, netwaye , rekolte poum te ka fe edikasyon yo, fok gen yon pwogre ki fet, fok gen youn ki rive dokte, oubyen enfimye, kelkonk yon lot bagay men sa pa di pou otan ke yap abandone entere sa yo ke m’te fe, yo gen dwa swa mete moun jere pou yo, bay moun kob pou okipe yo, men yo menm se pa yo ki ap vin pran gol keyi, paske yo gentan gen yon lot pwofesyon ke yo menm aprann pou yo kapab  fe vi pa yo se sa’k rele pwogre men si se menm gol la,( tou yo vin pran,pa gen,pa gen pwogre’k fet e se sak fe nou pata renmen tipikman ke pitit nou yo ranplase nou nan domen sa a.

Yon lot kesyon tou kout, nou tap pale de koperativ avek asosiyasyon ki diferans ki genyen ant yon koperati kiltivate kakao ak yon asosiyasyon?

#4 Lavalas Theodore ( gason, 63 ane, 6 timoun, kiltivate): dapre sa m’panse kom gen diferant asosiyasyon, sa depan de krite ke yo konsidere a, paske sa depoze sou plizye krite , pafwa menm nan asosiyasyon an yo koopere tou, yo fe, yo gen dwa koopere yo fe lot aktivite o profi manm yo,  pafwa ki sanblab tou avek koperativ, men koperativ la de fwa li fe yon pa ki  an plis paske en! Nou tap ran on egzanp nou gen CAUD ap achte kakao pafwa yo transpote’l lot kote pou yo kapab bay manm nan yo avantaj men ou pa jwenn asosiyasyon ki fe’l yo gen dwa selman rete lokalman yo travay ansanm lokalman men yo pa ale plu lwen, se sa a m’te ka di ki diferans.

#7 Eljuin Jean Eddy ( Gason, 55 ane,7 timoun, profese) : le nou pale de koperativ e de asosiyasyon , nimewo 4 la reponn li tre byen, asosiyasyon an se gwoup moun petet lokal ki jige nesese , yo ta renmen fe yon aktivite, yo ta renmen kreye  yon bagay yo reyini lokalman, ansanm yo diskite sou yon bagay ki kapab ale nan entere yo o pwen de vi lokal, tandiske pou koperativ lan li menm li vini de lwen , li soti de lwen li vin jwenn ou, li envite’w, li mete’w ansanm avek li, li se yon cheche, li al cheche pou ou, pou li pote ba ou, se diferans lan ki genyen ant yon koperativ e yon asosiyasyon. Youn lokal,epi lot la gendwa soti de lwen, swa entenasyonal oubyen yon kote kelkonk epi li vin jwenn ou.

Ehh yon lot bagay anko m’te vle mande, alo  nou se CRS, n’est ce pas[30]?

Non nou pa CRS men nap fe etid pou CRS,Nou se ankete. nan sans sa a nou ka di nou plis bo kote ou menm ke CRS alo paske nap pran tout sa ou genyen kom enfomasyon ou byen doleans pou nou bay yo pou ou.

Patisipan pa identifye :….anhh ok mersi,alo se sa , paske mwen menm gen lontan komsi mwen we gen yon biwo CRS nan  Dam Mari, alo ki ap fe le va e vyen[31] depi kek tan men jiska dat nou poko janm genyen yon ide fiks pou nou konnen objektif enh! CRS, alo se yon okazyon m’pa di pou nou ou byen pou mwen, pandan ke m’la, pou mwen te kapab mande yonnn ide deee entevansyon CRS pandan nou la a pwiske ou te vini la a kom nou di ou se yon afilye de CRS ki ap ramase de doleyans jisteman ki pou fe’l pa alo se poutet sa mwen menm m’ta renmen konnen, objektif li pa bo isit nan Dam Mari paske mwen menm m’te toujou konnen CRS, li se yon sig ki signifi : « Relief Catholic Service » ki te konn okipe de afe manje,  kantin presizeman , kounye a li kapab baze sou yon lot kriterr alo se poutet sa pandan n’vini nan sans sa pou’n te kapab di sa

 Patisipan pa identifye : Yon lot bagay anko, m’kwe tale a nou te poze yon kesyon m’te gen pou’m te entevenu mwen pat bagay pandan ke nimewo 5 e nimewo 4, te pale konsernan  de pitit nou yo eske nou ta renmen yo vini etabli nan menm domen nan  sil ta saji de pwogresyon…wi , li ta gen pwogresyon ladan’l paske yo toujou di’w si pitit lan pa depase papa a pa gen pwogre men rekonesan ke yo ta dwe ye si yo rive kelke swa sa yo rive ye an fok yo genyen pye kakao a rekonesans , pou yo ta retire chapo yo, pou yo salye pye kakao a, paske si yo rive la a kondi galaxy te di si yo rive la a se gras a pye kakao a, paske mesye sila a k’ap pale la, kelke swa sa’l fe a , mwen menm m’konnen sa a tre byen se pye kakao a, si’l la a se pye kakao a, mwen menm tou si’m rive la a se pye kakao a, paske m leve m’pat jwenn paran’m tap fe anyen pou’l te mete’m kote m’ye a si se pat pye kakao a, sesi nou tout e m’kwe nou tout ki la a nou soti nan menm zon, nou tout ki la a nou soti nan menm zon pandan se tan , kom nimewo 5 sot di pitit li ka vin enjenye, dokte, li ka vin vin nenpot lot bagay,  wi ! men pye kakao a, lap toujou gen yon moun ki pou pran swen yo pou yo men se pa abandon, si yo ta abandone’l konnen ke yo pa genyen _yo engra J J J_ yo pa genyen sa yo rele rekonesans , yo se engra e se poutet sa nou di menm pye kakao sa a ou we nan rejwi jodia an, se pa efo pa nou, se te efo paran  paran nou, efo paran  nou, e nou menm kisa nou ye jodia, nou vin yon lot bagay men nou toujou atache nan pye kakao a pou nou, pou nou repete’l, repete’l, pa bo isit pye  kakao a li se sous pa nou , nou fe polikilti isit se vre, men polikilti a se kakao a ki an tet an premye, paske  , tout lot sa’w fe a yo se ti bagay pou’w manje, osinon pou’w subziste men se pa de gran sevis tankou pye kakao a, alo se pou tet sa si nou di nap ranmase doleyans pou nou ta bay yon kote pou nou, alo nou mande silvouple , si se te ka bay kakao a, pou nou pa bo isit, yon objektif premye.ok Mesi ‘’

Sa m’ap ajoute,(..) fre nou te di tale a, li se pon ant CRS ,ant li menm ak nou e li se pot pawol, m’pa konnen si se pot pawol CRS ou byen pot pawol pou nou, m’pa konnen…__’’ yon pon, ant parantez paske tout sa ou di la yo,yo prale jwenn CRS a trave rapo a , pa ou menm egzakteman

Patisipan pa identifye : Sa m’ap ajoute, kom noute di deja li konnen li gen yon objektif byen detemine pou petet peyizan yo, ki fe ke l’ap ranmase tout enfomasyon sa yo, m’panse se pa san rezon, sa nou ta renmen nou menm antan ke peyizan  kap kiltive kakao, kom se sou veb sa a nou, nou ye,  nou ta renmen pou yo ta bay kakao nou yo plis valu pou nou, fel vin gen plis vale pou nou, ou otreman pou (..) ta bay plis teknik tou, montre nou plis teknik (1 :36 :24)  pa selman pou nou keyi’l, seche’l, oubyen vann li, tout vet la tankou nan » la pou la », men nou ta renmen tou, gen yon lot konesans koman nou ka transfome’l tou, oubyen koperativ nou an, montre ba li yon lot m ta di yon lot sous, yon lot mwayen , pou non selman li transpote grenn nan , men’l te ka transfome li. Pa egzanp, m’pran egzanp, m’sonje byen lontan sa, le’m te konn vwayaje okay ,m konnen  « zangle » te gen yon kooperativ, men yo menm se kafe yo te konn konsome , yo transfome’l, se pa grenn nan yo voye ale lot bo, men yo transfome’l pou yo voye’l lotbo, konsa yo konn fe anpil kob, w’ap we nan preske tout abitan se granneg yo ye pa rapo ak koperativ la, se konsa tou nou ta renmen nou menm tou pran yon lot elan nou ta renmen rive nan yon lot nivo pou’n pa rete nan menm nivo nou ye a, m’kwe apre anket sa yo, m’ta renmen ke yo pote pou nou yon chanjman total .’’

M’panse ke se fini nou ap fini , si gen youn nan nou ki gen yon bagay ki enpotan sou zafe kakao e ke a trave tout kesyon nou te poze yo , nou pat jwenn chans di li e kounye a ou ta jije lenpotan, ou met lage’l pou nou fini.’’

# 7  Eljuin jean Eddy ( Gason, 55ane, 7 timoun , profese) M’pral di nou yon ti bagay , alo m’pa konnen, kom koperativ li rete yon koperativ,  li la pou’l vini an ed , le’w ale a la rechech ou menm pa bo isit ou kapab paka jwenn , men moun ki gen chans ki vwayaje, ki ale pi lwen an (bri moto kap pase) m’ta renmen se pa plante yo pesonelman Ki kapab jwenn li ki ta pou resevwa’l de men an men sitou nan sistem kooperativ lan, genyen yon ti sepet ki konn pemet moun keyi kakao a, avek plis fasilite , ki se yon ti kouto ki manche nan yon bwa, li konn pemet le wap keyi kakao a, olye w’al nan tode pou’w chire (..) pye a, avek ti sepet sa a li tre koupe , se zam tranchan, ou annik tyap tyap tyap.

Tan pou’w pran pou’w koupe yon gous kakao , li gentan fasilite’w, ou gentan keyi menm 10 gous, paske ou menm le kakao a donnen nan ko pye a, li byen mi ou annik pase avec manchet, manchet ou byen file ou tap tap tap tap …m’gentan soti la a m’gentan rive jous lot bo m’gentan keyi nenpot 20, 30 gous kakao avek manchet la, men le se avek gol la,distans wap fe efo a, sa rann ou pedi plis tan alo, si nou menm alo nou te kapab fe rapo sa a rive yon ti kote pi lwen, e si yo ta ale a la rechech yo te kapab jwenn li, e yo konnen tre byen ,(..) se pou sa li la menm,ti sepet sa a pou koupe kakao,paske li gen yon ti tou,li tankou yon ti rach piti , li gen yon ti tou ou manche gol la ladan epui ou fe ke koupe kakao a anle, san ke’w pa bezwen charye, chire branch lan, fe bann efo avek gol, si ke nou te ka jwenn li, se ta tre nesese, an gwo m’panse, se sa seulman mte kapab ajoute. E se mwen menm komsi ki vini avek li la a, mta swete si tout fwa ta genyen’l tou pou’m ta, pou’ ta jwenn youn ladan’l.(. riii.)

#4 Cesar Pierre Paul ( Gason,28 ane, 0 timoun, kontrole entern) : sou menm pwen sa a nou di tou, mwayen ke sa nimewo 7 la di a,sa pwoteje danre a tou, konsa tou nou kapab toujou pwodwi paske n’apri ke le’l chire branch lan, sa rann pye a pa donnen tou paske fo’l pran tan, se komsi se yon moun ki blese fok li pran tan pou’l geri pou’l kapab bagay. se konsa pye bwa a tou , oubyen danre a tou, le gous la chire gen gous ki konn soti a gwo po, le’w pase gol la, gol la chire’l li ale avel, konsa, konsa fo’l rete pran tan pou’l pran po anko po’l ka donnen, donk si nou ta gen mwayen sa a nan men nou, sa ta soulaje nou, sa ta pwoteje pye danre nou yo tou, pou yo kapab toujou pwodwi a leu yo dwe pwodwi , alo pou’m fini m’ap mande ki avantaj enstans sa te kab ofri nou, pou ke nou ta kapab jere pye danre nou yo pi byen , pou yo kapab ba nou bon randman (Chen ki ap jape)

Nap retounen di ou anko, nou paka reponn sa nou ta swete, nap jis pote ba yo sa ke ou menm ou vle a, nou la selman pou pran nan menw pote ale. Kisa yo pral deside sou sa nou menm nou pote ba yo, nou pa konnen , men (.Bri machin kap pase.) lesansyel se ke tout sa ou bay ou menm kom done nap pran yo, trete yo epi nou pote yo ale, se sak fe nou anregistre yo, se yon fason nan ekri pou nou pa pedi anyen…sa vle di pral gen youn ki pral chita minisyezman  pou pran mo pa mo tout sa nou di la yo pou ekri yo pou pa pedi anyen.

Nou remesye nou tout _nou remesye’w tou_nou espere nap kenbe kontak, nou gen telefon yo, se sur gen nan nou ki pral soti nan tiraj ki pral fet nan fen entevyou a , osito ke nou gen lis la nap remet responsab koperativ yo , yo menm yo ap chaje pou yo envite moun sa yo anko.

Mesi bokou !!!

‘’Mesi a nou menm tou pa le fe kenou te panse a yon tel rankont konsa justeman pou nou te pataje pwen de vi nou ansanm konsenan de kakao ki se yon ehhhhh yon plantasyon ki fe nou fe preske tout ti aktivite nou ta dwe fe ,(..) nou di .. enpotans sa a ke nou ba nou e ke nou bay kakao a menm enpotans lan, alo nou ta pran de enpotans sa yo pou yo mete yo ansanm , finalman pou ta pote yon rezilta ki satisfezan pou nou e ou menm, e mwen menm. Mesi bokou !!!

Mesi anpil

Mesi

Piblik :Mesi

NOT YO

[4] Swa ou pran li, swa ou kite li

 [8] Fo ke

[9] Fi a om,gason

[10] nik

[11] Si se pou

[12] jème

[13] plivyez

[14] lè

[15] Yon kote

[16] nimewo

[17] Chete

[18] mazonbel

[19] nan

[20] yon

[21] Mo a eksplike tet li

[22] kle

[23] Se responsabilite paw

[24] Gen de pafwa

 [26] premyeman

[27] petet

[28] De yon

[29] volim

[30] Se pa vre?

[31] Ale tounen