> KREYOL TRANSCRIPTS

Kakawo – CRS/IDB/Root – Anse d’Hainault Fokis Gwoup

Fokis gwoup sa a li fè pati de siz fokis gwoup fet nan 5 komin nan Gran Anse epi nan No. Fokis gwoup yo te fet ant mwa de jwen ak oktob 2013. Se CRS ak Root capital ki patwone travay la.

FULL TEXT

Transkripsyon Fokis Gwoup Anse d”Hainault

Fokis gwoup sa a li fè pati de siz fokis gwoup fet nan 5 komin nan Gran Anse epi nan No. Fokis gwoup yo te fet ant mwa de jwen ak oktob 2013. Se CRS ak Root capital ki patwone travay la. Ou ka jwenn rapo angle pou etid yo isit: Root Capital Cacao Report and CRS Cacao Report.

Patisipan

  1. Boyer Romanes: gason; 36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop
  2. Bazelet Ylio: Gason; 54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop
  3. Saint-Dic maxon: Gason; 39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop
  4. Godard Sonel: Gason; 37 ane;  2 timoun;  Segond;  chofe;  5ane nan kop
  5. Evens Nolcharles Emile: Gason;  24 ane;  pa gen timoun;  Reto;  Taxi;  3 ane nan kop
  6. Charles Emile Arnold: Gason; 56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;   12 ane nan kop
  7. Edmond Antoine Exius: Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop
  8. Beaubrun Sadrac: Gason;  62 ane;  7 timoun;  4em segondè;  Kilti;  26 ane nan kop

Malgre genyen lapli, men kan menm nou fe efo nou prezante la a, nou isi nan kad rechech ke nap fe pou CRS. nou konnen ke CRS gen yon pwogram nou afilye avek kafe ki, selon moun yo poko nan jan yo ta vle li. men se tout yon pwosesis. sa nou ap fe la fe pati de pwosesis ke pwogram nan dwe pase pou li rive kote ou ta vle li ye a. Donk yo pa ka aji san yo pa gen bon jan done bon jan enfomasyon, e enfomasyon yo fok yo soti yon kote yo pa ka pran yo konsa konsa nan lari, yo pa ka pran yo nan yon senp rankont konsa yo pale ak 2 moun yo pran sa, yo di sa se yon done. Donk fok li respekte le nom syantifik. E pou sa yo angaje yon gwoup de cheche pou ale fe rechech pou jwenn enfomasyon sa yo. Non pa mwen se Pharrel nou gen avek nou Harold.

Nou gen plizye etap nan kad rechech sa, sa nou ap fe la a, nou rele sa yon Fokis Gwoup kote nou reyni avek yon gwoup de moun kote nou ap fe de kesyon  ki dentere jeneral kote chak moun gendwa reponn, men gen lot  etap nan rechech la ki se pale avek pwodikte yo menm. nou gen anpil pwodikte nan chak asosiyasyon oubyen koperativ yo ke nap gen pou nou al fe entevyou avek yo. Se pou sa nou remet lis sa a, lis sa a gen ladan li tout non manb koperativ yo ke nou ap gen pou fe entevyou avek yo. Donk depi madi nou espere ke nou menm kom responsab, nou gen lis la. Se poutet sa nou ban nou li pou nou ka gentan gade nan lis la, ki gwoup, ki lokalite ki ka regwoupe ansanm pou nou envite moun sa yo nan yon rankont, a yon le presi epi nou ap vin rankontre yo pou nou pale avek yo. Donk nou konnen tout pa ka rankontre yon sel kote Nou konprann? _plizye vwa patisipan di wi_

Men nou menm ki ap gade, nou ap we kisa nou ka gwoupe ansanm, sa se nou ki ap fe li. Donk, depi madi nou met kòmanse ban’m randevou tel kote, tel le _vwa yon moun ki di map vini_ ankete a di ok?  _menm moun sa di wi_

 Donk le nou fini nou ka fe ti pale, pou nou fe yon ti eklesisman sou si nou bezwen,bon! an nou antre direkteman nan sa pou Jodi a. Kom nou te di deja, nan fokis gwoup la, nou gen yon ansanm de kesyon ke nou pral poze,chak moun ap reponn avèk nimewo yo. Kom nou konnen nou deja gen non nou la ak tout nimewo nou, chak fwa wap enteveni ou ap leve nimewo a pou nou kapab konnen sa se entevansyon tel nimewo  _patisipan yo di wi _ ankete a di ok? Nou ok? _Plizye vwa di wi nou ok_

_yon patisipan di ankete a_ Wi,wi poun antre durek nan kesyon an eske gwoup de moun sa yo euh an totalite konbyen de moun ou ka chwazi pa gwoup konsa?

Tout moun sa yo nou bezwen tout se ou ki konnen _vwa yon patisipan ki di eske pandan ankete a ap pale_ siw ka reuni se 50 nan yo ki ka ansanm nou ap pale ak 50 lan paske nou ap anviwon 7 moun kap gen pou poze yo kesyon, sa vle di menm si se 50 moun nou ap ka pale avek yo.

patisipan an di: _Menm si se 100? _

Bon mwen pa konn si nou ap rive nan 100.

patisipan an di, Ah! se sa se sa se sa_

Paske 100 an pral twop, sa pral mande pou nou fe kek moun mache twop pou vini nan pwen de rankont lan  _ebyen ok_ OK _yon patisipan di ok_, _yon lot patisipan di wi_ , _ebyen Nap reyini 50_

Men aranje ou disi madi ou met komanse ban’m randevou nou ap vini.

_Jou madi al pa ta tèlman bon pou KATEPS non_

Bon mwen ki di madi a, gendwa se le ziwa ki di’m madi, gen dwa se chambelan tou

 _ok le ziwa met pran madi Paske mekredi ap bon pou nou _  

Mekredi? Ebyen jis met le sou li tel kote _ok_ m’konnen Mekredi nou avek ou

_Ok  Mekredi jedi ap bon pou nou_ ,_Long silans_

_Se dire ke Mekredi n’ka pale ak 50, jedi n’ka pale ak 50 __

Pa gen pwoblem mwen tou make pou ou la, Mekredi, Jedi jis met le sou li nou ap met le sou li epi pou nou konnen pozisyonw ok?  Kounye, an nou komanse. Poukisa kakao bon dapre nou menm?_ silans_

# 2Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Kakao a bon  an premye lye li fe kob pou ou itilize, e apre li fe chokola _Long silans_

# 3 Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop: Kakao a  bon…Bon nou di kakao a egzakteman, li bon _vwa moun kap ri_ parse ke se kakao a ki ba nou la vi, paske se li ki aprann nou li avek ekri. se lajan sa yo gran paran nou yo konn itilize pou yo rive mete nou lekol e nou menm tou malgre gran yo mouri men se avek menm avantaj sa ke Jodi a nou menm nap kontinye batay nan vi a. sa vle di pou nou menm kakao a, egzakteman li reprezante kod lonbrit nou. _Silans_

#6. Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;   12 ane nan kop: Wi, kakao a bon paske nou menm planteu, nou menm peyizan, se kakao a ki reprezante kane bank nou, se resous natirel nou. se ak kakao a nou fonksyone malgre nou pa ka jwenn vreman euu kantite resous pou kakao a ta ba nou an, nou pa ka manevre’l pouko nou. Men se kakao a ki kane bank nou, se li’k responsab nou,ni pitit ni madanm eksetera.

#4 Godard Sonel: Gason;  37 ane;  2 timoun;  Segond;  chofe;  5ane nan kop: Wi kakao a bon eum, mwen depi’m piti mwen leve mjwenn paranm gen  on te kakao, li te konn ba nou istwa avan li mouri, kakao sa se limenm ki peye lekol pou 5 pitit manman mwen te genyen. Aktuelman, tout timoun sa yo grandi sou kakao a em, mwen menm manman’m vin mouri papam vin mouri, te sa rete ansanm ak kakao a, toujou ap donnen e mwen menm ap edem avek pwop pitit pam poum avanse. Le nou gade nan lojik kakao a, se vremen vreman vreman resous peyi Ayisyen an e pou lakay nou tou, san kakao a n’pa ka f’on goud maleurezman, nan fason kakao a vann lakay nou, n’pa ka jwenn vreman yon pri  satisfezant pa rapo a jounen jodi a pou pemet ke nou pi avanse. men san kakao a ke nou santi nou pa ka viv.

#7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop: Kakao a li bon apre bon Dye, pou mwen mwen se kakao a ki on vi paske lontan lem te timoun kakao te konn donnen nan on le, apre li bay on 6 mwa avanw jwenn rekot ladanl .men Kounye a, li pa donnen konsa anko, li donnen tou tan li pa gen lel pa donnen. Kounya on rekot fini ladan la l’gon lot kap kale e kakao a kenbe te a yon gran rechous .tenan on kotek gen kakao, se limenm ki pi fre ki pi gra ki ba nou pi bon pwodwi _ gwondman anjen lou ki ap pase_

#5  Evens Nolcharles Emile:  Gason;  24 ane;  pa gen timoun;  Reto;  Taxi;  3 ane nan kop: Ok, kakao a bon pase depi le’m leve mjwenn se a kakao manmanm fe nou,mh m’fe tout ti aktivite’m an pe, epi lenpotan m’jwenn ni m’bwe chokola epi li peye lajan lekol mwen li enpotan nan tout ang _ silans_

#8 Beaubrun Sadrac:  Gason;  62 ane;  7 timoun;  4em segondè;  Kilti;  26 ane nan kop: Kakao a bon paske li se sous la vi ekonomik pou planteu yo, pi espesyalman pou mwen menm. depi mwen ta di kom kamarad Sonol tap di la a, mwen gen 62 zan ke m’leve m’jwenn papam tap viv nan kakao e se gras a kakao a ki te mete nou lekol, se gras a ka kakao a jodi a tou ki pemet kem chita la ansanm avek nou, n’ap pale.

Eske nou konn manje kakao a?

Repondan pa idantifye :WI,wi gen yon fason ke n’manjel nou fe chokola avel mh-hm,nou fe chokola _chokola_ avel nou menm, nou fe chokola avel.sel,sel jan nou manje kakao a se _ chokola nou fe avel_ ,_yon lot patisipan ap pale an menm tan_

E nou vann ni n’manje ladan. G’on machin tou m’we yo fe boutey an an fom on bwason avel.

Nou pa gen anyen anko nou fe avek li?

Nn nou menm n’pa fe anyen avel _ plizye vwa patisipan ki ap pale_

#1 Boyer Romanes: Gason;  36 ane;  3 timoun;  Reto;  peche,kiltivate; ansenyan;  4 ane nan kop: Ok, mwen enm pou litilite  kakao a, mwen li depase pase si’n ta pran kelke pwen ki gran pa egzanp, le’w fini nan moman  ki difisil yo kakao a toujou ede moun anpil anpil. Si’w ta pran jwen leuw fin konpoze, setadi lo lekol fin ferme se kelke choz, telman kakao a itil ou. Le’w ap, anplis tou lo w’ap travay si’w antre a on bahay[1]  kakao a ou fe on jaden monche e pap menm jan a on jaden ou fe on lot kote yo. kakao a g’on tre tre tre grann enpotans  lu ban premyeman mwen enm m’gen 4 pitit, se kakao a ki preske ede’m avel .m’gen chan kakao’m le m’al ladan m’ap vann 7 mamit, 8 mamit kakao e aktyelman la tou li ede pitit mwen yo ale lekol, li edem manje e pafwa tou m’konn dwe moun, se m’di monche tann mwen m’g’on kakao ki pako chech e avek kakao tou l’on[2] moun nan ap pwodwi kakao ak keyi anpil kakao  gen kelke kakao gen kelke agwonom ki konn pa egzanp kelke konpayi si’w ta pran eee ‘’Maison Weiner’’ yo moun ki achte anpil kakao a le sa li fe yo konfye’w y’ap pretew gwo lajan se la pou’w we litilite kakao a _ silans_

Eske nou konn fe remed avek li?

_Plizye patisipan kap pale kap di wi,wi kakaoo a yo konn f’on[3] gres avek li_

Kiyes ki ap pale?

Yon Patisipan reponn se nimewo 2

sa nou fe ak kakao kom remed?

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: __ Wi,mwen di’w ke yo konn fe remed m’te di’w yo f’on lwil avek li ke si on moun gen on blessure oubyen on zo kase  yo konn eee grese’l avek li epi apre litilizon[4] premye sekous.

Ou ka esplike nou pwosesis yo fe lwil la? Ki fason yo fe’l?

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Fason li fe lwil la antouka m’pa fin naturelman konprann li net.    

#4 Godard Sonel: Gason;  37 ane;  2 timoun;  Segond;  chofe;  5ane nan kop) : Wi poum ede mesye a avanse a kesyon koman yo fe lwil la nan kakao a,le kakao a komanse ap grosi ou kite kakao sa mi,le kakao a mi si’w we ke’l vin mi poukont li’w keyi’l, ou seche’l,le’w fin seche’l, li fin sek. Saw fe le sa’w griye grenn kakao a menm kom menm fason w’ap itilize pou’l fe chokola. W’ap pile’l, w’ap pile’l. Kom lakay nou se pilon nou genyen nou pile’l, ou pile’l, ou pile’l, ou pile’l, ou pile’l. Etan w’ap pile’l la ou we’l ap fe on bann seri gres, lap fe gres, lap fe gres depi kakao a byen mi, li byen prepare, ou byen pile’l, li vin ba’w gres la. Le’w mete’l bouyi efektivman’l g’on bon seri gres kom lwil, bon lwil. W’itilize’l le sa li tou _yon moun ki touse_ chokola li tou lwil tou,ou retire, ou pason kiye. Donk w’etire lwil epi’l tou chokola’l tou lwil.

Se lwil sa ki fe remed la?

#4 Godard Sonel: Gason;  37 ane;  2 timoun;  Segond;  chofe;  5ane nan kop) :Wi wi pirman lwil kakao a

Ok, Poukisa remed sa bon?

#4 Godard Sonel: Gason;  37 ane;  2 timoun;  Segond;  chofe;  5ane nan kop) :Bon remed sa bon kom mesye a di a si’w g’on foulay, ou ou ou g’on zo kase, ou kapab pase sou li w’itilize’l

#1 Boyer Romanes: gason;  36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop: E answit tou pou’l itilize kakao a, le’w malad la kakao a, ou ka itilize’l le’w blese.Ou gendwa g’on gwo blesi moun nan ale’l pran kakao a, li bat ti kakao a’l mete kakao a konsa li pa pile’l padanl tou kole a. Piti piti a wi li mete sou li apre kelke minit lap ranmase po, po blese a. E answit tou kakao a’w ka pranl ou lave cheve’w, ti kakao,ou gendwa lave cheve’,w anko e moun ki brile yo ou konn pran gwo brile moun sa sa’w fe, ou boule po kakao a le’w fin boule po kakao’w, ou kase sa’w fin brile, ou pile li, le sa’l vin ba’w on poud ki nwa, ou mete’l sou brile a. le sa’l pral enpoze brile a fe on pi’l efe tan poul ta fe.

_vwa moun kap pale_

Ok donk nou ap pale de kategori kakao,nou la?

_vwa yon patisipan ki di wi pandan ankete a ap pale_  

Konbyen kategori kakawo nou konnen ki genyen?

_yon patisipan di Nou konnen gen_

_2 patisipan di #3_

#3 Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop: Bon nou konnen gen anpil kategori,paske nou genyen kiwolo,kourastewo,koupwasur et nou genyen eem _karaf_ em bon epa karaf, karaf la se nan langaj pa nou nou konn di karaf,e koupwasu, kourastewo eee trinitaryo  e se tout jan de kakao sa yo nou konnen.

Sa fe 4?

#3 Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop: = Wi sa fe 4.

Eske se pawol sa yo kiltivate yo itilize le pli souvan eske tout pwodikte konnen saw di la yo?

Patisipan pa idantifye: Bon tout gen dwa pa konnen’l pase gen pwodikte limenm, se kakao al we nan pye a. li we kakao al pa konnen egzakteman nan ki ras kakao sa yo soti. sa vle di’l jwenn li, gen dwa se manman’l ki te plante’l.prenon pa egzanp mwen menm tout pyes kakawo m’genyen, m’gen nenpot 3 pyes kakao se manman’m ki mouri kite yo plante pou mwen. Li menm ki te plante yo a’l gen dwa pa konnen yo. Se plante’l plante yo nou menm fo’k nou ale pi lwen jis pou nou rive konnen yo. Pase gen moun nan e jwen li jwenn kakao’l pa konnen egzakteman kiyes ki pi bon kakao ak kiyes ki pi pa bon kakao.

#4 (Godard Sonel: Gason;  37 ane;  2 timoun;  Segond;  chofe;  5ane nan kop): Bon pou’m avanse nan tout sa mesye yo, mesye yo  ap site a, Donk mwen konn tande y’ap site yo vreman men m’pa konnen efikasite chak kakao sa. Komsi poum ta bay on detay sou yo, men pou pa bo lakay nou le nou, nou menm konn itilize kakao a nou konn itilizel le nou keyi li, nou keyi li mi nou seche’l. Sa son fason nou konn itilize kakao a men, parapo le n’ap mache nan Oganizasyon n’ap tande efikasite kakao nou g’on sistem ki vin antre ki se kakao femante. Y’ap pale de kakao femante e nou menm tou nou ta renmen pou nou ta  gen plis ide nan fason, nou te konn itilize kakao bo lakay nou.kom nou konn, nan fason m’ap di a kom nou konn keyi’l, nou mete’l seche o teras a tout siwo li men g’on lot sistem kounya ke m’tande kap fe aktyalite, ki anko pi bon, pi efikas ki se kakao femante,mta renmen pou lespri nou ta pi devlope sou li poum ta konnen kelke choz de kakao femante.

Ok. Donk se enteresan, nou kapab pale de sa nan lide jeneral. Se enpotan men nou jis bezwen kounye a konnen ki varyete kakao ki genyen. Pase pa bliye nou menm, nou se pon ant oumenm e CRS nou vin pran nan men’w tout sa ke oumenm ou pa gen posibilite pou’w di a CRS se sa nou vin fe. Nou vin pran’l nan bouch ou, nan men’w epi pou nou pote li ba yo ok! Donk Pou byen di’w, nou menm nou pa nan domen sa, nou pa konn anyen de sa e nou pa CRS tou. Nou ap fe etid pou yo nou vin pran enfomasyon, kolekte done. Nou pa konn sa ki femante.

Kounya nou bezwen konnen konbyen kategori kakao, konbyen varyete kakao ke nou konnen ki genyen?

Patisipan an pa idantifye: Wi  pou kategori kakao a, se nan chak rankont, nan chak fomasyon n’ale, se kakao kiwolo a se limenm yo bay plus efikasite e nou menm pa egzanp euh! nou te nan on rankont, yo di’w ke anndan yon kabos kakao genyen, gendwa gen pluzyeu varyete de kakao. Nan varyete a, se kiwolo a li menm a chak reches y’ap fe, moun ki ap konsome kakao a li plis akselere sou kakao kiwolo a paske kou we euh! Le Ziwa t’ap esplike, varyete sa yo preske euh! moun abitan yo pa presk, moun abitan yo, kiltivate yo pa preske konn non yo. yo g’on sistem yo di’w sa yo plus afekte, yo di’w kakao karaf, gen karaf blan gen karaf wou, leu’l fini yo di’w kakao peyi  g’on lot kakao anko yo konn di kakao sendomeng. Se la yo plus konn, bo lakay nou se la yo plus konn idantifye varyete yo men varyete yo se kiwolo a. nou menm ki remak nou te fe nan  kiwolo yo tankou le nou achte kakao oub, sinon le nou pwodwi kakao a nou we kiwolo a le nou fann ni se kakao ki bay plus ee ki on ti jan pi mu epui kakao sa limenm grenn nan vin soti tou nwa, chokola, men sa’k pa kiwolo a li gen dwa, li gen dwa gen rel vyelet, li bay lot remak. Men kiwolo a se li ki soti reyelman eeuu tou nwa _vwa yon patisipan ki pale_

_yon patisipan komanse pale kakao ki bay preske…_

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop:… Kouleu pi vyelet la, komsi se peryod kakao a siman ke preyaparasyon, komsi’l poko rek, sifi. Le’w koupe grenn nan epil preske vle ba’w on koule san, vyelet la. Men deseke kakao a pi re-mu, li rek, li byen mu, se toujou koule nwa pou’l baw _ok_ ke kelkeswa kakao a.

An nou kle pou nou kapab pase nan yon lot bagay mwen bezwen kle pase mwen menm mwen pa konnen konbyen kakao ki genyen. an gwo pou nou konkli, pou nou kite sa a la,se konbyen kakao menm ki genyen? entevansyon #3 a te ba nou 4.

Patisipan an pa idantifye: nou genyen kriyolo, koupwasur, kourastewo. _vwa yon patisipan ki di 3_

trinitaryo.

_vwa menm patisipan an ki di sa fe 4_

Sa fe 4 varyete

 _vwa yon patisipan ki di 4 varyete_

sa fe 4 ras,Sa di se 4 ras, kakao sa, kakao sa se 4 ras sa nou genyen pa bo isi.

Sa se pawol yon teknisyen oubyen pawol yon pwodikte?

Patisipan an pa idantifye: Bon pawol yon moun ki konnen pase planteu yo…

Non Poukisa m’mande si se yon pawol teknisyen,se paske mwen bezwen konnen si lot moun ki gen kakao, nenpot prodikte, nenpot abitan ki gen kakao se li yo konnen _non,plizyè vwa kap di se pa tout pandan ankete a ap pale a_ kisa yo konnen kom enfomasyon yo menm?

Patisipan an pa idantifye: Mwen menm banm, koleg la esize wi, m’pat kenbe nimewo’m non se la m’tande koleg la ap site yo _ plizye lot moun ki pale_  kounya aktuelman, men kakao nou konnen kisa’l ye, kisa’l ye. Eee mo  vwazinaj nou ki se mo fanmiy lan se 2 kakao yo. se kakao peyi ak kakao karaf la. _vwa lot moun kap pale epi yon moun ki di yo di’l etranje_

Karaf la se li nou rele blan an?

Patisipan an pa idantifye: Weaaah etranje!

Sa vle di pou pwodikte yo gen 2 varyete? 2 varyete yo se peyi _yon patisipan ki di etranje pandan ankete a ap pale_ epi blan?

_yon patisipan reponn Weah!_

Men pou teknisyen yo, yo fann_vwa yon patisipan ki di 4 varyete pandan ankete a ap pale_  kiyes yo fann eske se kakawo blan an ki gen plizye varyete ladann ki fe yo vin 4 oubyen?

Patisipan an pa idantifye: Wi se preske kakao blan pase chak kakao yo sanse vini sot nan on lot

Sa vle di kakao peyi a toujou rete

_vwa yon moun ki di peyi, yon lot ki di on grenn pandan ankete a ap pale_

on grenn? sa vle di

_yon patisipan di original_

varyete yo se blan an ki vin fe yo ka plizye? _yon patisipan reponn Wi_

Ok

Patisipan pa idantifye: Konsa tou menm kakao blan an tou,ou gen dwa fann on gous kakao ou jwenn 2 ras ladannn, si’w ta pran dekale trinitaryo a surtou ou ka fann ni ou ka jwenn de ras ladan. Pase w’ap jwenn, le’w fann ni, wap jwenn koule anndan’l lan li ba’w 2 koule. Gen youn ki ba’w on koule mov, g’on moun gen, yonn ki ba’w on koule blan. Sa ve di ke de ras sa yo se yo menm ki mele pase le yo fe’l se egzakt…

Ebyen se sa istwa li ye menm? li soti nan 2?… _yon patisipan di nan 2 ras pandan ankete a ap pale_ se yon melanj li ye?!

Yon patisipan reponn: Wi

ok

Patisipan an pa idantife: Men alo pep la pa two konnen yo, pase moun yo, depi yo gen.. jwenn kakao yo pou yo, pou yo vann _vwa lot moun kap pale_  pou yo al peye lekol pitit yo, yo pa bezwen konnen, yo pa bezwen konn _vwa kap pale piti epi ri_

Nan ki mwa nou konn rekolte kakao?

#8. Beaubrun Sadrac:  Gason;  62 ane;  7 timoun;  4em segondè;  Kilti;  26 ane nan kop: Bon nou geyen… Nou gen 2 peryod ke’n rekolte kakao li komanse de janvye a avril, de janvye a avril, nou rekomanse anko de jiye a Novanm ,Desanm

_kout silans_

ok…kiyes anko?

_vwa moun kap pale,youn ki di pat gen pesonn_

#1 Boyer Romanes: gason;  36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop: Wi, g’on grand rekot kakao m’we, grand rekot sa li komanse de me juska Septanm, juska oktob, la la a e grand rekot kakao a. g’on ti rekot kakao’w pral jwenn ki tre flay, se pa egzanp, m’kwe le wap pran janvye, janvye fevriye, seta di[5] sa e ti pa gen ti grenn anko w’anprann? sa e di e 2 peryod kakao sa yo m’konnen.

_vwa moun ki pale tou ba_

#6. Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;   12 ane nan kop: Pou, pou rekot kakao nou menm sitou bo lakay nou, nou met di kakao a s’on kakao toutan’l ye. Sa vle di lontan yo te konn di gran rekolt kakao avek, pat kakao. Men akoz de melanj kakao euu! teknisyen an tap esplike la, kakao a, sa vle di kakao nou te rele kakao peyi a li menm, s’on kakao’k te konn donnen li baw on gran rekot, kouwe eeuu numewo 8 la sot di, ki komanse de juye a novan. Men kounya pluske kakao yo vin mele, yo antre lase ,kakao a pa donnen konsa pase a chak epok, a toutan, chak mwa w’ap rekolte kakao a. menmsi’l pa ba’w yon gran gran gran rekot depase, men kakao a pa fini ditou ditou ditou ditou. Li pa gen mwa’l fini. kakao a s’on bagay ki rete la permanan li pa fini.

Pandan sezon kakao yo, koman  plante yo pase jounen yo?

Patisipan pa idantifye: eske seu nan saklaj oubyen lan emontaj?

Bon! Nou Konsidere ke kakao mi, epi Ou leve, koman jounen an ye?

#3 Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kopBon alo…Yon jounen kisa sa reprezante pou nou antan ke planteu yo ki gen _entevenan an pale piti_  kakao parske nou pa two gen keu sote. Sa se premye pa li ye pase depi nou leve, nou pran panye nou epui nou pran egzakteman gol nou,manchet nou nan panye nou epi nou antre anba kakao a, epui nou al keyi kakao, nap mete ee vreman vin anpile apresa nap gounge nou g’on paket espwa lakay nou, poukisa? paske si le nou soti, espere ke se lajan n’al cheche. Menm jan on neg pran machin ni le li pral labank li pral chache lajan poul vin fe ee _yon patisipan di fe fonksyon’l_ mouvman’l, nou menm tou, le’n pral anba kakao a, se labank nou n’ale tou e le n’ap vini, nou toujou ap vini avek yon ke kontan. Paske menm si ta gen on det ki te fet, nou gen espwa pa rapo avek pil kakao nou sanble yo. egzakteman n‘ap kapab ee defe’l e komsi depi gen kakao jounen an toujou bon pou nou. _kout silans_  

_vwa yon moun ki ap pale__

 Le nou antre nan bwa pou nou keyi kakao a kisa nou fe?

Patisipan an pa idantifye: Bon kisa nou fe, nou itilize ee gol pase gen pye ki wo. Nou itilize on seri de gol, gol sa yo pou nou ka ret ate, pou nou ee keyi kakao a. Depi meye fason pase gen pye ki gentan red nou pap ka bese yo se avel pou’n keyi yo.

#6 Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;12 ane nan kop: An teknik leu nou keyi kakao a avek gol la, li  on ti jan pa aplikab paske gol la gendwa chire po kakao a. Men de fason euu nou konn itilize tankou kek, kou we yo ee di gen kote yo di manchet ou kapab mare’l, ou kloure’l nan on bwa, genyen ki di’l se on kanif epi ou pase’l anba kwok kakao a. Men gol la pafwa tou li konn fe eko pase le’w pase gol la ou chire po kak, po kakao a, li fe’w pedi konbyen’d kabos kakao. Li chire po kakao a, l’al avel, men le fe seten eu moun kap pwodwi kakao yo konn pa gen sufizaman de mwayen, de teknik pou yo menm, pou yo itilize’l fason’m di an e yo menm, yo itilize gol la men tankou le’w fin keyi gous kakao sa, yo sanble’l, yo rasanble tout epui yo konn bote kakao a. Men pafwa tou, moun nan konn gen seuri[6] de pwoblem, pase gen kote jaden an ye, li pa gen mwayen de transpo. Gen moun nan ki pa gen tankou ee m’ka di cheval, milet ki pou pote kakao a, li oblije se sou tet li li itilize li menm ee lap charye kakao sa poul vini lakay li avel.  Le’l vin nan lakay li avel, gen de moun nan tou, ki pa gen mwayen pou’l ta gen yon teras pou’l ta seche’l. Genyen ki pran tach, genyen ki pran euu bon genyen menm ki konn mete’l menm sou gazon _yon lot patisipan ki di an menm tan sou gazon _ sa vle di kakao sa le’l vin sech, swa’l pote’l nan koperativ li a, ou sinon li vann ni bay espekilate epi le yo vin achte kakao sa, transpote kakao sa, y’achte’l epi kakao sa vin gonn, gen on on lot gou sa vle di li rale imidite sou ate a, osinon zeb la. Men akoz ke moun nan pa gen mwayen eu pou’l ta mete kakao a nan pi bon kondisyon li pa gen teras e li pa gen en koman yo di? on pwela. _yon patisipan di wi_  egzanp kom on pwela, li pa genyen pou’l seche’l. Men moun nan plus atire de, paske kou we numewo  3 sot esplike toutaleu a, kom m’te di oparavan kakao a reprezante on seul bagay pou kultivate a, pou moun kap pwodwi kakao a li reprezante kane bank li pase tout espwal se sou kakao a depi lal nan pye kakao a, li konnen tout ti det, tout sa’k te fet tout sa’l dwe pral rezoud le’l rive nan pye kakao a’l pa jwenn se pouw we, _vwa yon patisipan ki di se byen la tet,latristes_ latristes. Men depi’l rive li jwenn kakao a ah! Li we kabos yo byen bel, byen mi, li di ah sa, m’rive nan kane bank mwen an, tout ti bagay lakay pral rezoud.

Eske se tout fanmi an ki patisipe nan rekot la? _yon patisipan komanse pale san ankete a poko fini, li di wi_ donk ki travay mesye a fe,ki travay fanm nan fe,ki travay timoun nan fe?

#3.( Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop): Wi,wi bon alor, Nou kapab di mesyeu a limenm wol li, se egzakteman al mete kakao yo ate, soti yo lan pye a. Sa se premye wol pa mesye a, epui dam nan menm, li genyen ee li gen wol pa’l ki se egzakteman ka komanse fe kakao yo rantre lakay, sot nan jaden an, ede mesye a pote rantre lakay  Kek fwa le timoun yo lekol. Epi timoun yo menm, wol pa yo se _yon lot  patisipan di: resevwa lajan_  

egzakteman komanse mts seche kakao a yo, pase men ladan yo paske yo konnen se ave yo yo pral jwenn pou yo…_ ri ,hen hen_,

_ yon lot moun di pou yo itilize yo_ pou yo itilize yo e timoun yo tou, le kakao rive lakay, premye moun ki manje lajan e timoun yo pase yo toujou pran ladan yo pou y’al vann pou yo pou regle bagay yo, pou y’achte pen..

_vwa lot patisipan kap pale epi ki di achte siret bagay_ yo… E komsi depi gen kakawo pa gen timoun ki malonet ditou tout timoun renmen fe sevis _vwa lot moun kap pale_… paske oumenm ki pote’l la, avan pou’w komanse konn ki gou’l ye, yo menm yo gentan vann 2,3,4 mamit sa ve di tout timoun gen lajan net depi gen kakao. ee gen g’on lot wol pou timoun nan tou, pafwa sa s’on bagay ki te la depui lontan sou ansyente le se oumenm ki paran an w’al keyi kakao a, w’anpile’l tankou gen sa’k rele

_yon lot patisipan di ve_ …Bon ee nou ta di se vemin nan ee ensek la le’l pike kakao a, le bet pike kakao a, tout kabos bet pike a sa revyen ti moun nan _vwa yon patisipan ki di kakawo rat_, _patisipan ri epi di wi,ak yon lot pawol tou ba_ …rat. se tout sa bet pike li vin revyen timoun nan. Timoun nan, tout timoun nan komanse, komanse gen jwa depi nan keyi kakao a pase timoun nan komanse an jwa, pase chak gous li we bet pike _yon patisipan di kel kontan_… li di ah! Sa se pam. Papa’m, manman’m pap euu mete sa nan sous, li pap mete’l nan pil. Sa deja se pa’l pase li konnen’l pral enfekte epi li komans. timoun nan anko wo’l li toujou, le samdi le timoun nan pa lekol, lan wikenn (week end) yo, timoun nan toujou tou pre poul al ede fanmi an nan kakao paske li konnen kakao a se espwa pal sa. E madanm nan limenm wol li, li toujou pret’al ede mari’l grennenn kakao, seche kakao e pote kakao a al vann nan balans.

_long silans_

sa vle di se fanm nan ki pote kakao a al vann?

Patisipan an pa idantifye: Wi, pafwa fanm nan konn pote’l men, fanm nan _kek lot gason kap di an menm tan rarman raman raman, gason yo pral pote’l vann_… plus rarman fanm nan, wi se se se fanm nan’k gen plis akse al remet li, al livre’l nan balans.

Kisa ki fe se fanm nan ki fe pati travay sa?

#2. Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Ok paske Se nou 2 moun ki lakay la, mari a la pou’l travay men le’m rekolte, fo’k se madanm mwen’k pou oblije kontwol eeuh! reskonsab kontwol rekot la paske, si mwen menm m’al fe’l pouko’m, li gen dwa di ke sak fe’m pran reskonsablite sa e paske’m visyeu epim bezwen vole sak genyen an pou’m bay lot fi  Nomalman’k  fe’m pa vle en temwanye le mem pou’l fe travay konsa e se dwa’l ke pou’l dim sa, nomalman m’bal travay li.

#3 Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop): Wi g’on lot bagay tou, G’on lot bagay tou paske an Ayiti egzakteman ee nou kapab di, kay la se fanm yo ki genyen plis monopol ladann. Se komsi depi gen fanm lakay la, g’on paket bagay ou te ka konsidere kom enposib se gade’w gade’w we yo posib. Se rezon sa ki fe ke ee pifo gason an Ayiti epi sa’k gen fanm yo dabor,nou pa’p di pi fo non, men n’ap di tout gason ki gen madanm an Ayiti pa konn tro renmen ee pral kreye aktivite pou vant kay la. Pase le gen kakao, le rekot la fin fet epi’w remet fanm nan, egzakteman fanm nan li menm, li gen pi bon chemen li konn kapab rive fe ave’l. pase ss e nou pa janm ankouraje gason yo fe’l, pase le gason yo ta fe’l se defisi’l ye, pase menm kote gason yo fin fe’l, kounya m’ta pran on sak kakao m’al vann la, ah! monche anvan’m tounen lakay la avel, m’gen anpil kote chi… kakao a ka pase,men le se fanm nan se komsi pa gen anyen non kap soti ladan,men rezon sa ki fe ke depi’n leve se konsa n’jwenn fanm yo, se yo menm ki gen, se yo’k domine kay la. Nou kite’l jan’l ye pase nou we’l bon konsa.

ok

_yon lot patisipan di tou piti fanm nan soti on kes_ “wi son kes li ye” _ e kes li ye pou fwaye a_

Kisa ki paret pi difisil pou chak gwoup sa yo nan zafe kakao, pou mesye yo, pou medam yo, pou timoun yo?

#8 Beaubrun Sadrac:  Gason;  62 ane;  7 timoun;  4em segondè;  Kilti;  26 ane nan kop: pi difisil pou …Pi difisil pou mesyeu a map ka reponn ni _Mh-hm!_ se vann avek seche kakao a, pi fasil se keyi kakao a epi fe’l antre lakay la.mesi

#6 Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;   12 ane nan kop:  _Vwa timoun kap jwe_ Pi difisil ni pou fi a ni pou gason an, se le pa gen mwayen de transpo kou we’m t’ap di’w la euu ou konnen sistem pwovens lan, pa gen wout vwatirab. Sa vle di euu se wout a pye, se pyeton tout moun ye. Parfwa, w’al nan jaden an son ti tras ki genyen pou’w ale al keyi kakao a, epi moun sa gen dwa akoz de pwoblem fwaye a, li pa genyen yon bet kom m’sot di, ki pi, ki pou ede’l bote kakao sa vin lakay. Se ni fanm, ni timoun, ni mesyeu kap bote’l sou tet li _telefon ki ap sonnen_ kap vin, kap vin lakay avel. Leu sa li difisil ni pou timoun, ni pou mesyeu, ni pou madanm, ni pou al revann. ni nan balans tou, li difisil ni pou mesyeu _ telefon ki ap sonnen_ ni pou madanm, ni pou timoun.

_eskuze wi m’ap pran apel sa a, alo! _on lot patisipan di ou ta f’on mete’l sou silans_ ,_patisipan kap pale nan telefon nan di : wi chef… blabla bla… mn’an on rankont Kounya bla bla…ok chef mwen… blab la bla..eben ok anfom_

Ok,nou pa gen lot entevansyon?

Patisipan pa idantifye: Wi alo jan #8, #6 sot di’l la, sa a se ta vreman difikilte yo pase le nou fin keyi kakao a. Nan bwa vre pa gen mwayen pou nou Mennen kakao a vini lakay. Pase nou konnen kakao a li sot, li gen on paket dlo ladan le nou fenk kase kakao sa yo, nou pa ta supoze pote yo eee sou tet nou paske dlo a pral konp, pral benyen nou. Se youn nan pi gran difikilte ke nou genyen egzakteman avek ee kakao a ee malgre sa tou, nou oblije simonte yo paske si se yo menm k’a, si se li k’ap ba nou la vi, nou oblije pran  tout difisil yo pou fasil.

Ok…Ann pale de plante kakao Kounya. koman nou ka eksplike pwosesis la? Pou ou rive plante, pou ou gen on pye kakao ki nomal?

# 1 Boyer Romanes: gason;  36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop: Bon ee bo lakay mwen, nou  _vwa lot moun kap pale_ Wi, premye pwosesis peyizan an _patisipan pale ba_ m’konn abitue pa ezan,p m’te jwenn grann mwen ee papa’m te konn fe le’l pa gen teknisyen pou ede li, se kase kakao a, plante’l nan mouda bannann nan, pi nan mouda bwa. Se premye pwosesis sa’n te konn itilize pou’n plante kakao. Apre kelke ti mwayen pa egzanp kijan’n ta jwenn kelke ti agwonom ki ta konn esplike nou, yon pwosesis ke nou kenbe anko, se mete kakao a nan chaseu apow fon des milye de chaseu selon kantite chaseuw genyen si’w g’on 3 chaseu on 4 chaseu tou, le sa’w mete’l ladan, ou plan, leu’w fin plante kakao a’l pouse, ap’won[7] seten tan wa’l plante kakao sa yo. Men yo g’on seten de met swa 5 met, oubyen ee _yon lot patisipan di 3_… 4 met oubyen 3 oubyen 4 _yon lot patisipan di 3 anviwon_ …anviwon pou’w plante’l avek on ti bwa plis, le’w fin fouye’l, w’ap fouye tou a byenf, fouye tou a gen on tub an longe, apresa wap koupe mounda chase a pou’w mete kakao a ladan. Konsa yo m’konnen plante li ee.

Poukisa nou mete li anba yon ti pye bannann?

#1 Boyer Romanes: gason;  36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop:  Bon pafwa pou bannan gendwa ba’l plus cher _yon lot patisipan di abri,sa rele abri, abri_… abri pwovizwa,abri pwovizwa pase son baay[8] ki renmen bwa tou.

Men eske nou toujou plante li oubyen gen de  pafwa nou kite li pouse konsa?

Patisipan pa idantifye: O komansman se konsa plis _yon patisipan di e konsa’l ye_… e konsa tout moun te oblije konn fe’l paske, a lepok lontan, sou nivo papa’m _vwa yon lot moun ki pale_…gran papa’m tou,pat gen afe teknisyen’k te konn ap mache, ap bay moun prensip de travay. Alo! kounye a, nomalman, kote kote’w vire fo’w jwenn on grenn agwonom onpranm[9] mwen, e’w pa jwenn on agwonom fow jwenn on teknisyen ki sur plas nan on zone, ki ap eseye ede’w pwogrese ee plantasyon’w pral fe a. onprann mwen, wap jwenn ni. Alo nan ka sa, n’oblije, plantasyon an, lontan yo te konn fet nenpot ki sans men kounnya, yo, sela veu du yo vin fet ak on _vwa yon moun ki touse_… tu kontwol ee ki tre efikas Kounya.

_Vwa yon moun ki di yon bagay_

Patisipan pa idantifye: Wi nou kapab di egzakteman, kakao a sitou nou menm pa bo lakay pa nou, ou te gandwa gen 10 pye kakao la, avan 1 an ou gen nenpot 50 pye san’w pa plante menm on pye. koman sa? paske le ensek nwizib yo yo fin souse, yo pran siwo a, kakao sa yo yo menm gren sa yo, konn rive yo al pouse kote yo ale ave yo. Sepantye a gendwa fin pran’l l’al rive jis lotbo avel, li fin souse siwo a, apresa’l lage’l. Se konsa wap gade’w we pye kakao ap pouse. Se youn nan rezon ou gendwa rive anba kakao yo, ou gandwa di se mal ansyen yo te konn mal plante yo, men g’on seri de pye se vin.. e leve yo leve, se bet la’k lage yo. Kote grenn nan pouse, de pye gendwa kole ansanm epi se konsa yo leve. Men nou menm pwosesis nou konn itilize le nap plante yo kakao a, le’n deside plante kakao a, pase nou pa oblije plante nenpot kakao konsa. Pou nou plante’l, se egzakteman,nou g’on mwayen ke nou itilize. Premyeman, fo’k nou gade ki kote gous kakao donnen ee nan pye a. Pase si tout fwa gous kakao a nou pral pran’l pou nou plante, se sak kole nan ko pye a, se avel  n’ap, n’ap itilize. Se komsi n’ap jere, nou g’on seri de gous n’ap jere. M’di:” ok gous sa a, m’pa pral keyi’w pou’m fe lajan non”. Pase jan’m we’w ye a la a, m’bezwen fe tel bout te sa pran kakao. Gous sa m’komanse fikse’m sou li epi le’m komanse fikse’m sou li, le’l fin mi, li rive nan jan’l dwe mi an, kounya’m pral keyi’l, keyi’m fin keyi’l kounya la apresa, m’pral itilize gren nan. Le’m fin kase’l kounya, gren sa yo m’pral utilize’l epui pou’m mete’l nan pepinye kote m’ap fe’l la. Sa pral depan de jan m’ap fe’l. Apre’m fin mete ee tout ee konpos yo, m’gen dwa mete’l nan sache. Li gen on nonb de tan pou’l pran lan sache sa epi apars, chak le map wouze’l, wouze’l,m’mete’l anba tonel. Apresa’ poum al plante’l. Souvan le’m plante’l, m’plante pye bannan yo bo kotel, ki g’[10]anpil rezon. Non selman pye bannann nan pral ba’l freche’l bezwen an, epi bannann nan pwoteje’l on fason tou m’gendwa te soti mwen enm antan ke met kakao a, m’soti, on moun te gendwa deside pral pran on bet, li pral mare ladan pase pye kakao a pandan’l piti, bet la ka gentan kraze’l. Men on fwa’l we pye bannann nan ki gentan paret, se komsi pye bannann nan son drapo. Depiw rive sou li, li di egzakteman la g’on bagay s’on[11] senbol li ye. Egzakteman pye bannan sa pral rive ee pwoteje’l ni kont soley ni kont ee _yon patisipan di devas on bet ka fe_… ee devas bet yo te kapab rive fe ladann. Sa vle di kakao a se pa plante nou plante’l konsa, men nou oblije ba’l anpil pwoteksyon, e le n’ap plante’l tou, souvan nou konn plante yo nan jaden,kote nou fe jaden pase le nou fe jaden ladan ennnh! nou toujou pran poz egzakteman, se jaden an nou we pahe[12] si’w f’on jaden, la’w plante kek lot bagay ladan, sa vle di ou pral manje ladan, woblije sek, sekle’l chak 2 mwa, chak 3 mwa. Eben nan sans sa kakao a li menm li _ pran ekstansyon_…pran ekstansyon. Pase m’ap we ane pase m’won kakao, m’plante, m’plante 280, pye kakao ane pase. Lese’m diw kounya la, se pa 2 bel yo bel non, Paske’m te taye te a, m’plante on, plante pwa ladann. M’plante kakao a, le’m fin plante pwa ladan Kounya,  m’te plante mayi ladan, kounya la m’plante manyok ladan, se komsi _yon patisipan di li gen abri pwovizwa_… kakao sa a m’pa ka pa sekle manyok la. Eben kakao a li menm, li tou sekle tou. Eben se konsa wap gade wap we, bet pa’p oblije pase nan zon sa paske toujou gen jaden ladan e sa, e tout teknik sa yo n’oblije mete deyo jis pou’n kapab ee sovgade kakao yo.

#6 Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;   12 ane nan kop: Wi pase _yon moun ki grate goj_ … yo bay anpil definikasyon de kakao a, plante kakao a. Kou we nimewo 3 a pa, te, tap pale ee leu’w pran kabos kakao a’w kase’l la, sa vle di fo’w seleksyone’l. Se sa nou t’ap pale le’n di andedan yon kabos kakao gen plizye varyete. Fow oblije seleksyone’l pase gen grenn ki e fo, genyen’k pa e fo. grenn e fo sa yo, w’oblije pa plante’l. E premye bagay ou gen pou’w fe, fo’w chwazi jaden sa, fo’w swazi jaden’w pral plante kakao a pou’w we eske s’on jaden ki imid, eske s’on jaden ki bon, ki m’ta di, ki lan te panche o nan plenn eksetera. Men fo’w sakle, premye bagay pou’w fe se sakle jaden sa. Pase fo’w sakle teren an pou’l pa gen zeb. Deuzyem bagay ou fe, kou we euu …ta’p esplike ou fe pepinye’w, le pepinye a rive nan tan’l bon an, ou chatre ee ti plantil lan, epi pou’w vin plante’l epi kou we mesye yo sot di tou, lontan pa’t gen teknisyen, pa’t gen agwonom. Moun nan te plante kakao a nenpot ki fason. 2 pye kakao te gen dwa kontre depi nan leve a. Sa vin permet kakao a pa bay bon donn, li vin mal plante. Kounya avek teknik ki vin genyen, fo kakao a gen espas pou’l jwenn 50% lonb ee 50%  chaleu. Fo kakao a espire kom moun e fo’k gen kondisyon. Fo’k kakao a nan bon eta, fo’k ou ka pran swen kakao a pou’w sakle’l komsi s’on pitit ou genyen. On timoun ou genyen ee li fet, kounya w’ap pran swen timoun sa, le’l bon pou lekol, wap mete’l lekol epi w’ap evolye’l. Kakao a, ou pa ka fin plante kakao a epiw di aah m’f’on plantasyon ooh! M’plante 500 pye kakao epi ou fini avel. epi zeb ap pouse’l ee li pa bagay. Men depi oparavan, avan w’al plante kakao a, ou fin sakle jaden an, fo’k ou genyen sa’k rele abri a. kou we yo t’ap esplike, abri a si se bannann, si se euu sa w’ap plante ki pou atire moun pa mare bet ladan’l lan, fo’w gentan plante’l a chak distans ou konnen abri sa ap pwoteje chak pye kakao. Sa bannann nan efektivman, ki fe nou menm nou plus apresye bannannn nan, paske bannann nan le sezon soley, paske nou menm nou eu sitou pou grandans lan eu pa gen koman yo di irigasyon _yon patisipan di wi pa gen irigasyon_… pa gen irigasyon. Nou menm, se nan bonDyeu bon nou sevi. Sa’k rele bonDyeu bon, sa vle di se toutan lapi a tonbe, n’ap kriye vi di lapli a tonbe bonDyeu bon li ba nou awoze. Avek pa egzanp,gen kek ti jaden tou ki bo dlo, ou kapab pran ti dlo w’al awoze’l. Men nou pa gen irigasyon pou’n lage dlo ee se se konsa, sa vle di bannann nan li menm itil ou paske bannann nan g’on seri de dlo’l bay tou se sa’k fe’w we ee yo t’ap pale de granmoun lontan yo, yo konn pran grenn kakao a yo mete’l nan bouda pye bannann nan. Se sa, pase bannann nan pwoteje’l, li ba’l dlo. E Jodi a, nan teknik nou ye Jodi an, li pa telman rete sifizabman nan mete grenn kakao a nan bouda pye bannann nan, men nou menm nou plante pye bannann nan davans, bannann nan, fey bannann nan gendwa pwoteje 2,3 pye _yon patisipan di kakao_… kakao epui fo’k kakao sa gen antretyen. Son jaden’l vin ye, li pa rete pou’w di aam! Plant’on[13] pye kakao baay[14], son jaden’l ye, ou dwe gen antretyen’l. Men pafwa tou, kultivate a, sak konn pwoblem, yo plante kakao a men yo pa gen mwayen de finans lan. Yo pa gen mwayen pou yo _yon patisipan di bal swen_…  pou yo ba’l swen pou yo antretyen jaden an.

Pou yon moun netwaye yon jaden _yon patisipan ap di wi wi pandan ankete a ap pale_  kisa li bezwen fe si li gen pa egzanp yon kawo te konsa?

_vwa moun ki pale_

Patisipan pa idantifye:  Kisa’l bezwen fe, on kawo de ter? li menm sel ti pwop ponyet li pa sifi pou’l fe’l. li ta bezwen kouwe[15] nan pwovens se sa nou pale, se eskwad se _yon lot moun an menm tan ke li di eskwad _… eskwad. Li gen, li bezwen gen mwayen nan men’l pou’l achte eskwad pou’l peye tet chak moun epi pou’l achte eskwad pou yo ede’l netwaye’l e a chak 3,4 mwa zeb la repouse anko, fo’k li gen mwayen de finans toujou pou li retounen netwaye’l. Sa vle di e le kakao sa fin gwo, kakao a pati de 3,4 an, lontan kakao a te konn fe 5,6 zan avan’w rekolte’l. kounya, a pati de 3 zan ou komanse rekolte kakao sa. A pati de 3 zan, kakao a komanse rekolte. Kounya le kakao a vin gen 3, 4 an, li vin feye anle, a pati de premye, dezyem, 3 tab, twazyem tab. Kounya l’ap gen mwens _yon patisipan di tab_… travay _lot vwa kap pale_… men a pati de  1 an e de premye a 1 an se chak 3 mwa fo’l antretyen jaden sa pou l’ap netwaye’l, netwaye’l pou bal fos, pou kakao a devlope, pou’l grandi tout bagay.

Konbyen kob li ka depanse pou li netwaye li byen?

Patisipan pa idantifye: Bon _vwa yon lot moun ki di yon bagay_… a pati, a pati de yon kawo de terre, moun sa ta bezwen gen o mwen de 1500 a 2000 dola Ayisyen eu kom se “kr” nou menm, nou pa genyen _yon patisipan di us_… dola se goud, nou ta di 10.000 goud. Moun sa ta dwe genyen 10.000 goud nan men’l. _vwa yon moun k’ap pale_ …pou’l ta _yon patisipan di netwaye yon jaden kawo de terre_…netwaye yon kawo de terre.

Sa se yon fwa pa ane? 2 fwa pa ane?

2 fwa _vwa lot patisipan kap pale di 3 fwa _ … 2 fwa par ane

_silans_

alo pou nou di’w byen, ee lajan sa, ee l’ap bezwen’l, nou di li ka bezwen 10.000 goud pou’l netwaye’l la se si’l p’ap ‘’net ‘’, si se pa teknikman l’ap netwaye’l wi. Si se _vwa yon moun ki pale_… bagay n’ap fe lan lan lan _yon patisipan kap di non se eskwad nou te di,se eskwad nou te di_… lan lan eskwad egzakteman, nou ka bezwen bagay sa, men si’n ta pral bezwen on seri de lot bagay pou’n ta rann kakao a bay plis rankaderante nan sa nou bezwen an, sa ta pral mande egzakteman se ta anpil anpil lajan pou’n ta bezwen pou’n fe bagay sa _yon patisipan di wi l’ap double?_… wi

_vwa yon moun ki pale_

Nimero 3 a taleu a leu’w tap pale de plante a ou te di ke nou te rezeve gous kakawo ki kole nan pye a poukisa se sa ki kole nan pye a nou te vize?

#3 Saint-Dic maxon: Gason;  39 ane;  6 timoun;  teminal 2;  kiltivate,elve,komesan;  14ane nan kop:  Ok, nou vize sa’k kole lan pye a paske teknisyen yo di’n ke _mh-hm_ …le kakao a se nan branch lan, sa’k sot nan branch lan, se si se limenm nou pran nou plante ebien’k, sel pye nou plante a se kan’l rive nan wote branch lan l’ap donnen. Men le nou pran sa’k sot, ki kole _yon patisipan di ki ba,ki ba_… nan, ki nan ko pye a, egzakteman’l pa pran on long tan pou’l donnen. Depi sou 3 zan n’ap gentan gen kakao lan men nou. E le fini tou’l gen plus fos tou paske se nan ko pye a’l, soti li gen plus fos paske van pa two souke’l.

li gen yon lot bagay li fe’l toujou kakao’k  soti lan ko pye a,  li baw yon kakao’k toujou plu potan sa’k sot lan branch lan, ou gendwa we ee plan gendwa leve li tre anfom ,ou plante’l, li rive a la fen an,li gendwa mouri paske’l g’on febles ki pou pran’l ladan’l enrr! Sa’k soti lan ko pye a, tout varyete ki prepare nan pwen pou’w genyen yo net.

Ok, Kisa ou fe Apre ou fin keyi, pou ou pare pou ou vann? _yon patisipan di plantul la oubyen plan kakao a san ankete a pot ko fin pale _ plantil ou kakao?

Patisipan pa idantifye: Apre’w fin keyi kakao a? ebyen se seche’w seche kakao a, ou kase’l,ou kase kakao’w, ou seche’l apre ke w’al vann.

Ni ou tou?

Patisipan non idantifye di: Wi

Ki moun ki achte li?

R- Bon siw pa nan koperativ ou vann ni o zespekilateu?

Pa gen lot moun ki gen kalite achtè,ki konn achte?

Patisipan pa idantifye: Bon gen…kom pa ezanp, kom nou menm, kom nou menm la, o nivo ARDI, nou genyen spekilateu k’ap achte, ee pou nou, answit espekilate sa li menm gen kek lot moun yo konnen moun sa yo, yo konn ap ba yo non yo rele yo ZONBI, ki pase lakay moun nan direkteman, ki al achte li pa gode epi li menm pou yo vin peze’l nan balans lan. Sa vle di kakao a se konsa li, ee konsa’l fe, ee konsa’l fe va e vyen[16]’l yo. Epi se biznis, sou’w pran’l nan men musyeu, musyeu repran’l nan men on lot, nou brase’l konsa. Chak moun benefisye on bagay.Sa di menm moun ki pa gen pye kakaw, on pye kakao sa vle di tou’l fe lajan nan kakao a. _yon patisipan di: Wi wi depi poch li bon_kout silans_ E deuzyem’man kakao a genyen ya

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Tou le w’ap prepare kakao a, kelke swa ee peryod li rive. 1 an, 2 zan juska 3 zan pou donezon’l, depi kakao a komanse ba’w yon premye kouwon, donk ou komanse ba’l de prekosyon pou’l pa ale two wo. E ke w’ap fe netwayaj. Tankou si’l ta genyen 5,6 ti branch, w’ap man-yè  we yo two kwense’w gendwa ekate youn (1), 2 epiw kite’l a 4,5 pou’l kapab etann, pou’l kapab ba’w pi bon donenzon. Epui sa rann kakao a li pa ka on ti jan two kwense. Li pi peuple epi’l donnen pi alez tou.

#7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop: Kakao a, moun ki pa, ki pa gen pye kakao a, se limenm ki vann kakao a plis. Moun k’ap achte’l la pase moun ki gen pye a, paske yon moun ki gen pye kakao sa depann de kantite kakao’l, li ka vann yon sak kakao,2 sak kakao, on 3,4,5 sak. Men moun kap achte a, li menm li ka vann nenpot 100 e kek sak. ‘’Zonbi’’, epa epa epa espekilate non, ‘’Zonbi’’ k’ap achte’l pa pa pa pa ti gode.

Ok,ok

#6.( Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;   12 ane nan kop): _yon patisipan di Numero 6_ …Kou we’w te, Emile te poze kesyon te mande nimewo 3 poukisa’k fe se kabos kakao’k nan ko pye a yo pran, se kouwe numewo _yon moun di 2_ …numewo 2 a sot ba’w on esplikasyon,esplikasyon sa li pi fe,nou di’l toutan, se kabos ki anba kouwon nan anb ,oubs, sinon anba tab, la paske pye kakao a genyen pou’l fe, swa pase, ann! teknik teknisyen an rele’l kouwon ousinon tab. Toutan se sak soti anba tab la ousinon anba kouwon nan, li donnen pi vit e li ba’w plus randman. Pase sssiw fe esperyans w’al pran yon kabos kakao a pati de 3zyem tab la, ou 3zyem kouwon nan, kakao sa gen entansyon pou’l monte, pou’l monte, pou’l grandi. Se a chak fwa li rive nan 3 kouwon pou kakao sa komanse donnen. Men le se lan ko maman pye a menm menm menm ou pran’l lan, sa vle di kakao sa limenm li soti o bon, nou ta di se on san ki pa melanje. A chak fwa li gen, rive a wote sa, li gen entansyon pouse kabos. Se sa’k fe mennn’m le yo fe,eee komans, yo konn di grefaj, le’w fe gref, ou pran yon yon lot kalite _yon lot moun ki di on lot varyete_…on lot varyete, ou vin mete sou varyete sa. Sa vle di li ba’w yon ti tan si’w pran varyete sa nan yon move ras, li toujou rete _yon patisipan di yon move plan kakao_ …menm move _yon patisipan di paske son ibrid li vin ye_… oook _yon lot moun di le e 2 varyetek jwenn ansanm li vin baw on ibrid_ …ki vin jwenn ansanm alo se poutet sa ki fe kabos sa’w dwe pran’l direkteman nan ko pye kakao a. E a chak fwa se se plan..tasyon, pase fo’k nou di sa eee nan kou pwoje CRS ave nou an, m’pa konnen si ADI pa gen pwoblem sa, si CAUD,COCOD eksetera pa genyen’l. Nou menm nou sanse, nan CATEPS nou sanse, gen pwoblem sa pase si pwoduksyon an se pou nou nou ap fe’l, nou ta dwe fe’l nan sans ki efikas la pou lakay nou. Poukisa nou pa sevi ak angre natirel ee ak angre e _yon patisipan di chimik_ …chimik? nou sevi ak angre natirel paske le n’ap sevi, nou menm nou fe konpos, nou pa sevi, zone grandans, isit, ansdeno, lè ziwa, dam mari, nou pa sevi avek pwodwi chimik se natirel paske varyete nou abitye avek tout _yon patisipan di teren nou_ … teren nou, nou sevi avek eu pwodwi natirel. nou pa pran pwodwi chimik. Le pa egzanp CRS mande nou se kontra pou’n achte, nou ta dwe achte kakao a, nou pa, se pa nou menm ki pou per..manan fe pwoduksyon kakao a, chwazi kakao nou vle a. Men li on pwoblem. Bon nou oblije, egzijans lan se li n’ap fe, men nou santi li on pwoblem pou nou sa’k fe’l pwoblem pou nou? Paske le’m fe kontra avek yon moun m’diw vann mwen, machte, osinon ou ap  pwodwi 10.000 pye kakao pou mwen, ap pwodwi 5.000 pye kakao pou mwen, ou gendwa vin nan balans w’achte _vwa yon moun ki pale_… swa yon balans oubyen eee 5 liv, 10 liv kakao epui w’al mete’l nan chase. Ou fe pepinye’w, ou vann mwen’l. Men se pa liv, men vreman ki efikas pou mwen. Si se te mwen ki te gen pou’m chwazi, m’tap chwazi kabos sa a kou we’n sot diskite a, m’tap chwazi kabos sa’k bon pou mwen. Lo’m[17] fin chwazi kabos la mtap fe ee sa ki rele ee _yon patisipan di seleksyon_… seleksyon anndan kabos la, m’tap retire grenn ki soti anba, m’tap retire gren ki soti lan pwent tet la, m’patap sevi ave yo. Pase an teknik, se sa nou fe. Nou t’ap pran grenn mitan yo, grenn mitan sa yo se limenm ki gen plus dirablite ladan’l, li pi efikas pou nou. Men le se achte w’al achte’l nan men moun, moun nan ka ba’w grenn, kakao sa te malad, apre 3 zan li komanse pwodwi, apre 4,5 an _ vwa yon moun ki pale_ …yo pa trete yo, li koman yo di sa, on ti vemin _on ti vemin ki rele ti mik_…mik, epi li gendwa pike _yon lot  patisipan di pye kakao a_… ren pye kakao sa, epi ou we ren pye kakao a bagay. Epi li kase. Men si se te nou menm efektuvman eeu ki te gen dwa de fe, devan C-CRS  epi se nou menm ki t’ap fe chwa seleksyone kakao nou, nou t’ap we, konnen kantite kakao sa a nou pwodwi a, kakao sa ka fe 15, 20 an, 30 an avan, avan ke tine’l la, bet la vin _yon patisipan di pike’l_… pike kakao a. men kakao sa nou pral plante’l Kounya s’on kakao _yon patisipan ap di an menm tan ke Emile_… ki resan.

Nan tout pwosesis yo eske nou ka di nou ki etap, ki travay ki pi difisil pou nou?

Patisipan pa idantifye: Kesyon musyeu di a, mwen menm bo kote’m, msantil difisil paske’m paka pral fe pepinye m’pral achte liv kakao lan balans yo, onprann[18] mwen? an paretan.  Tankou yon moun kwe lontan ke leu y’ap fe pepinye, nou gen zon langlema ,mafran ki te gen 2 jaden en klonal, se di kakao sa yo e kakao seliksyone yo ye. S e la yo te konn pran plan ba nou mh bo Iwa,Ans Deno, e zon nan’k te konn bay plan an men Kounya m’pa konnen ke s’il egjiste toujou _yon moun di hm_ …men tankou nou menm bo lakay nou, si le, le lan peryod ke nou pral fe pepinye, ke n’gen dwa abone avek yon sitwayen ki gen..yen bitasyon kakao ke map bezwen 4,5 douzen gous kakao achte. ma pral achte kabos kakao sa yo men se mwen’k pou al keyi yo poukont mwen pou’m kapab pran bon jan kakao’k pou banm bon stil plan. M’pap asepte pral achte kakao lan balans. Si’w al fe, pran kakao  lan balans, kakao a deja pran on paket soley, ee vin jwen mwa a deja deklinen anpil e ke pou’w al refe plantul sa nomalman, l’ap toujou ba’w yon plantul febles w’anprann mwen? _yon lot patisipan di e moun nan se bizniss l’ap fe_ …se biznis lap fe _lot moun nan di: depi se biznis lap fe li ka baw nenpot bagay_ …e kakao a jan’l ye’l, l’ye ou konprann mwen li pap bon wann[19]? E.. _vwa yon moun k’ap pale an menm tan_ …pi gwo pwoblem nan, pi gwo pwoblem li mande a ee malgre’w bagay men’w pa menm, nou pa menm pale sou li non. Pwoblem, pi gwo pwoblem nou genyen nan kakao a, se jwenn mwayen pou nou sakle te a, swen kakao a epi mwayen de transpo kakao a. Se li’k pi gwo pwoblem nan kakao a _yon patisipan ki ap di nou poko rive la,nou poko rive la_ …wi e li’l mande wi e li’l mande

Non, nan travay nou fe yo, ki travay ki pi difisil pou ou? Nou te mande sa Wi. _patisipan di wi se sal mande_

Patisipan pa idantifye komanse reponn: Ok se transpotasyon kakao a_Transpotasyon?_…_yon lot patisipan di sa vle di transpote kakao a_

Non nan travay la sa vle di ant plante,rekolte,sekle, al vann kisa ki pi difisil?  

Patisipan pa idantifye :  Nou kapab diw ekzakteman,egzakteman_ …_yon lot patisipan ap di ki jes, ki jes ?_ …Sak pi difisil pou nou an, se nan plante a. Se plante a’k pi difisil pou nou paske li mande nou pou nou pran plus tan avel, li mande  nou plus egzijans paske si nou vle sove sa nou plante a, fo’k chak 3 mwa pou’n netwaye’l. Prenon pa ekzanp le n’ap rekolte pye’k gentan donnen pou’l rekolte a, nou ka fin netwaye’l ane sa,  nou netwaye’l chak 6 mwa paske lap ba nou 2 rekot. Men sa n’ap plante a egzakteman,chak 2 mwa, chak 3 mwa fok nou plante e nou pa ka kite nou gen’d, prenon pa egzanp m’gen dwa gen jaden’m andeyo la, m’ka fe nenpot 3 mwa la, m’fin netwaye’l, m’fe 3 mwa m’pa ale. Pa le fet ke m’konnen’l pa gen rekot, tro gran rekot, oubyen m’ka voye moun. Men sa’m plante a, li mande yon semen pa ka pase pou’m pa pase bo’l. Pase m’ap veye ni pou bet la jounen’l, m’ap veye ni pou bet lan nwit pou zeb pa pran’l. Sa ve di ke sa’k pi difisil pou nou an, pwosesis ki pi long nan se pwosesis plante a ke, ke pwosesis rekolte a.

Epi apre se transpo a? _yon patisipan di wi san ankete a poko fin pale_ pou nou kapab _patisipan an kap di wi san ankete a pa fin pale_ pote al vann _patisipan an kap di wi se sa san ankete a poko fini_ nan travay fi yo fe yo, kisa nou panse ki pi difisil pou yo? Nan zafe kakao?

Patisipan pa idantifye: Travay fi yo se pote avek seche, _yon lot moun di seche an menm tan entevenan an ap pale a_… triye. Sa vle di malgre ou te met keyi kabos la fason’w kab euh keyi’l la, men fi a gen yon sot de netwayaj li pral fe ladan’l, triye grenn efo _yon lot di triye pay_ …avan _menm lot patisipan sa di: triye pay_… tri, triye pay. men pran swen, seche a tout jounen son travay ki telman difisil pou fi a, li egzijan. Fo li seche’l lan bon kondisyon. Li pa ka seche’l lan move kondisyon. Fo’l ta gen teras osinon fo’l ta gen, koman nou sot di _plizye patisipan ki di on pwela_… gwo pwela pou’l pa seche’l ate, pou’l ba seche’l sou on lot bagay.

Le nou fin tann pou nou vann kakawo a, kisa ki pi gwo pwoblem nou konn genyen?

Patisipan pa idantifye: Bon le pou nou  vann kakao a, pi gwo pwoblem nou konnen, se paske nou pa vann ni egzakteman pou lajan ke nou ta supoze vann ni an. Paske gwo antreprene yo, yo konn deside ba kakao a pri yo vle, nan le yo vle, egzakteman yo gen dwa le yo we ou g’on bel rekot kakao nan men’w, kakao a byen donnen se le sa yo fe plis magouy avel Poukisa? Ee _vwa lot moun kap pale_ …ou, ou,’ ou pa gon kote’w pral vann ni, ou pa gen kek ee lot  patene ke’w genyen nan lot zon, ou kapab al vann ni. Egzakteman yo konnen ke’w vle bay li ,ke’w pa vle bay li, e s’on bagay ki pral difisil lo[20], lo yon moun, on fanm ta fin pran 10 mamit kakao, 20 mamit kakao met sou tet li l’ap kouri, l’ap kouri nenpot 4, 5 kilomet pou’l desann vin lavil, pou’l vin vann ni, paske’l te konnen’l t’ap vann ni pou 100 goud pa mamit epi l’el rive’l jwenn mamit lan e 50, goud pou’l pral leve’l pou’l mete sou tet li pou’l tounen anko, l’oblije bay li pou 50 goud la .Se ki ve di se youn nan pi gwo difikilte nou genyen se paske nou pa g’on moun, nou pa g’on kote vre kap reponn ki pou pran kakao a lan men nou. Sa vle di se pi gwo pwoblem sa. BonDye ba nou’l se vre men ee _vwa yon moun ki pale_ … gwo antreprene yo yo sanse e se yo’k manje’l, e yo’k fe kob la ladan. Sa ve di, pi, ep, pi gwo pwoblem santral nou genyen nan kakao a, yo pa’p ede nou netwaye’l men se yo’k fe lajan an ladan _mh-hm_

Piblik: Wi

#6 Charles Emile Arnold: Gason;  56 ane;  8 timoun;  4em segonde;  kiltivate,ebenis,chapant;12 ane nan kop: Se kou’w we numewo 3 a esplike’w pwoblem nan menm, se paske nou menm, kakao a nou pa vann li pou lajan. Se rezon sa ki pemet, se rezon sa ki pemet nou gwoupe, nou genyen koperativ. Ti souf nou pran se andedan koperativ, men li poko janm abouti. Sa ve di koperativ yo poko janm gen akse espotasyon, pou yo espote kakao a al vann ni lotbo dlo. Sa vle di ee koperativ yo toujou ,se bay yon patene y’ap pase  kakao a malgre nou gwoupe nou ansanm, men nou poko janm atenn objektif nou gen bezwen an.

Ok! Eske tout travay nou esplike a,ak tout pwoblem nou genyen yo,eske sa fe jounen pa nou diferan oswa menm jan ak jounen granmoun yo le yo te nan laj nou?

Patisipan pa idantifye: Bon alo pou nou di’w byen ee _yon patisipan di g’on ti amelyorasyon_ …g’on ti Amelyorasyon ee paske se avek le tan n’ap mache. Paske granmoun yo yo menm bon, nou kapab di pa’t preske gen amelyorasyon paske dan tan lontan granmoun yo yo menm, le yo te konn vann on mamit kakao pou on dola, dola sa g’on, pou 5 goud, 5 goud sa g’on paket bagay yo te konn ka fe avel. We, g’on paket bagay yo te ka fe avel .Kounya nou gendwa jwenn nou vann mamit lan pou 50 goud, 50 goud la nou pa ka fe anyen avel paske pou nou pran on moto siklet ,si s’on sel mamit kakao nou genyen, nou pa ka pran on moto siklet sot kote nou ye a pou nou vin vann ni nan balans la paske moto siklet la, l’ap pote nou vin la pou 50 goud. Bon ,si se on sel mamit lan nou genyen, n’ap vin vann nou pa gen 2 mamit, plus si’l pote’n nou ta bal 50 goud, bon e komsi la s’on lave men souye ate, se komsi la, pa g’on two, two, two gwo chanjman.

Ok

Patisipan pa idantifye: Alo nan sans lan, map retounen sou, sou menm bagay la, mwayen nou menm pou’n ta gen chanjman an vreman, se pou, sa ve di bayeu de fon tankou BID, tankou CRS, tankou ROOT CAPITAL, ki lan filye kakawo a ave nou LWR. Li ta ede koperativ yo premyeman, jwenn mwayen de finans, mwayen de fonksyonman pou nou ka ede eee kou we manb nou yo epi, ede nou jwenn ee _yon patisipan di yon mache entenasyonal_ …yon mache entenasyonal kote nou ka transpote kakao nou antanke koperativ. Men le’n fin achte’l, malgre eee manb nou yo vin depoze’l ba nou epi nou menm se yon patene, yo n’al ofri’l, le’l rive si, sitou kom egzanp sa m’ap di an se lan grandans lan, m’pa konn pou lot kote. Tout moun konnen’l, li a kle. Le’l fe ti lapli konsa, nan mwa sa yo rele la tousen, depi ni koperativ lan, ni kiltivate a, tout kakao’l  te gen lakay li,li pote’l bay espekilate, espekilate a, m’met di’w se men’l, li kase ponyet li’l pranl’ li diw ah _yon patisipan ki di kakao a gate nan men’w_… monche kakao sa gate lan men’w, kakao sa ou pa we e tan bouche, ah monche kakao’m sot voye la a, yo voye’l tounen, yo di kakao tonbe, li t’ap pran liv kakao a kou we nimewo 3 t’ap esplike nou’l, t’ap pran liv kakao a a 20 goud lan men’w, kounya’l di’w ah monche liv kakao a desann 10 goud. Oumenm kisa’w pral fe avel? Sel sa nou konsome kakao a, nou fe kou we’n sot site a se le’w g’on ti blesi, le’w g’on malad, ou ka f’on ti gres avel. Apresa, se sel bwe ou ka bwe’l men se lik kane bank ou, timoun lekol la fo’w voye’l lekol demen lendi, fo’w al peye kontribisyon, fo’w al peye tout ti aktivite’w pou madanm nan al fe mache, w’oblije bay li _yon patisipan ki di ou livre’l ou fe’l kado’l_… fe’l kado’l Men se jwenn, ede nou jwenn _vwa yon moun ki pale_… eee yon mache entenasyonal, ede nou gen mwayen pou nou ka fonksyone avek pwop tet pa nou, pou le nou fin pran’l, nou menm ki gwoupe, ki met ansanm, s’on bagay n’ap cheche. On moun pa ta ka rete konsa pou di ahh monche nou monte on asosiyasyon, nou gwoupe,nou gwoupe pou bel plezi non. nou gen yon vizyon, men akoz de mwayen nou paka re _yon lot patisipan di ekzekite sa nou gen bezwen an_… egzekite sa nou gen bezwen an se sa ki pi gwo pwoblem nou.

Eske kakawo se pwodui ki pi enpòtan pou nou?_bri yon ti zwazo ki ap chante_

Patisipan yo: Wi,wi pa bo isi ohhh apre _vwa plizye moun kap pale_ kakao e sel zenjanm[21].

Evre?

Patisipan pa idantifye: Wi kom koleg la di li apre kakawo a, nou g’on lot pwodwi ki rele zenjanm, sa li itil nou anpi sutou nan depatman grandans, komin Ans Deno se  …zenjanm _Ok_… Alo pou’n di’w byen zenjanm nan itil nou vre men’l pa pre ak kakao a non .

esplike!

 Patisipan pa idantifye: Paske kakao a limenm, li s’on bagay ki gen on long dure 30, 40, 50 an, on seul pye a toujou la _pemanant,pemanant_ e komsi kakao a, nou kab, nou pa ka konpare’l avek preske anyen dutou. Pou nou, ou we’l? Paske gran gran papa nou te mouril kite’l pou manman nou, menm pye a manman nou mouril kite’l pou, pou, pou, pou, pou gran manman nou mouri’l kite’l pou manman nou, manman nou mouri ‘l kite’l pou nou, nou menm nou pral mouri n’ap kite’l pou pitit nou. Sa vle di s’on bagay _ sa son gras,de ras an ras_… sa s’on don, sa s’on don ee nou kapab di bonDye ba nou nan kakao a.

Ok, donk se te yon reyinyon pou lide yo avek manb yo. Pita ap gen reyinyon komite a, nou gen 3 moun la? _yon patisipan di Wi pandan ankete a ap pale_…pou dam mari? Pou le ziwa. Nou pral pran yo nap fe yon ti pale apa. _bri moun kap frape bagay_ jou pou _yon patisipan di pou SIKA,KATEPS_ …SIKA.. manb yo met rete toujou epi nap kontinye avek kek lot kesyon.

_Vwa moun ki ap pale-

Dako, youn nan gwoup yo se yon asosiyasyon pavre, epi lot la se yon koperativ, Eske nou ka eksplike nou diferans ki gen ant yon asosiyasyon avek yon koperativ?

#2  Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Bon euuuh Sela veu dir ke koperativ lan ap mache konsenan de asosiyasyon an, paske s’on sistem ke nou vle we si’n ta sove tet nou anba pi gwo yo, ki fin kraze pi piti yo. Tout sa’w genyen, w’ap bote’l al vann avek pi gwo yo, epi’w pa janm reyalize anyen. Men si nou tout nou uni nou ansanm, nou di ke n’ap f’on koperativ epiu nou ini tet nou, epi Kounya ke le nou fe kakao a, nou eseye depoze’l lan biwo, lan biwo koperativ la epui apre kakao a sot vann, nou konnen nou gen on lot ti kob n’ap re benefisye ki rele RISTOUN alo, se lan sa’w pral we ki avantaj espekilate a te konn fe sou ou. Ou konprann? epi kounye an, nou tout sa’k te deja la pral eseye ee motive lot sak te deyo epi ki vale kob mwen jwenn sou sak kakao mwen te vann o zesper, ennh bay koperativ la. Epi si se bay espekilate mwen te vann ni monche konpe’m m’tap pedi 400 dola m’te ka pedi 300 dola puiske gen moun ki konn benefisye’l sa depann peryod kakao a vann nan, nan ki pri’l vann w’anprann mwen? alo ke se sa’k rann ki fe ke tout moun ta oblije mete tet gwoupe nou ansanm pou’n fe on, on, on sistem ee koperativ la.

Esplike nou sa ki RISTOUN nan, _yon patisipan di ristonn nan_ pou mwn konnen koman _yon patisipan di ristoun nan_ yo fe li?

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Koman’l fer, sela ve dir ke le kakao a vann mh tankou Kounya, musye se yon manb, mwen menm ke mwen ee se jerans koperativ la, ke le’m pote on kakao vin nan biwo sa, m’vin vann ni, yo rele sa an, ke’m vin depoze kakao’m lan nan biwo’m epi yo o mezire kakao a lan balans, yo we konbyen liv li ye, yo ban’m kob mal sevi. Men’m toujou gen swa apre le kakao sa Kounye a al vann lan, on lot mezon pi lwen wanprann mwen? le kooperativ la vini’l gen pou’l fe evalyasyon lajan an, retire kob fon pedu, retire kob pa sosyal, retire tout eee lajan fre e depans ki deja fet, epi res kob ki rete de ba, sa apre li la pou’l envite manb li yo pou’l vin pataje lajan . sa depan de kantite liv ou te vann, epi y’ap we konbyen goud ki kapab tonbe pou ou ee mwen menm, mwen te vann 10 liv nomalman, konbyenm ka genyen sou 10 liv m’te vann nan epi sa vin rann ke, ke’m plis kontan epi nou tout pli apresye kakao a wanprann? _Ok_

R-sa ap vin rann kooperativ la lap vin gen plis moun tou _Hen hen_

# 7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop : Wi se se sa yon ,ok. Koperativ la li, le’l tankou, l’achte kakao a nan men kliyan epi le nou fin rive an desanm, nou fin espote kakao sa kote n’ap bay li a epi nou fin etire tout fre nou genyen pou nou retire, epi apresa kont ki rete a, chak kliyan sa yo, yo gen patisipasyon pa yo ladan ni ki pou ankouraje yo chak ane yo pote kakao a vin ba nou nan koperativ la.

Sa vle di ke se selon kantite yo vann _ wi_ ke yo resevwa?

Patisipan pa idantifye: Selon kantite’l vann nan se selon kob limenm li ka resevwa.

Men eske nou konn konbyen nap resevwa kom RISTOUN?

Patisipan pa idantifye: Bon euh! sa depan, ou gendwa pa konnen wi, men moun nan si ,si’l vann 100.000 kakao, li vann 200.000 kakao, lan Ristoun nan la si, si’l posib se 200 goud l’ap jwenn. Nan ristoun nan’l jwenn li depan de kantite kob, apre fre a ki rete tou pou nou fe kane bal. _ok _

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Ok kakao a pa ezanp, leu _yon moun ki grate goj_ …manb koperativ la vin vann kakao a lan koperativ la, kantite liv li vann nan, sedi ke’w g’on kane’w f’on fich ou bali wanprann mwen? fich sa li gen pou’l konseve’l annatandan, le’w rele’l pou ristoun nan pou li oblije, si’l te vann kakao 4 fwa’l, gen 4 fich lan men’. Li vini avek 4 fich la epi ou we ke lan ki pri li te vann kakao a, kounya ke ou we kantite liv li te vann nan, a tan pri’l te vann ni an, epi ke oumenm w’al revann li a tel pri. Kounya ke moun sa apre ruptu refre pou’w we konbyen ke ou ka remet li kom ristoun li se konsa’w fe’l.

Koman manb yo swiv pwosesis sa, eske yo gen transparans pou yo kapab konnen koman kalkil la fet,pou deside ki ristoun yo ap jwenn?

Patisipan pa idantifye: Prezidan koperativ la ee vis prezidan, sekrete, trezorye gen chita pou yo fe, yo fe evalyasyon kob yo te met deyo, komsi si yo t’achte kakao pou 5.000 dola yo voye vann ni, ke yo vin genyen 6000 dola oubyen yo gen 8000 dola vin rantre,kounya yo deja we konbyen’k rantre kom fre kakao paske, yo te depanse 4000, yo vin gen 8000. Yo konnen yo gen 4000 dola benefis, 4000 dola a kounya yo pral retire fre e depans ke yo te fe pou transpote kakao a al nan mezon an, kounya apre yo fin retire tout kob fre sa a, kounya res ki rete a kounya yo pral fe evalyasyon a chak manb, kantite liv li te vann nan wanprann mwen?kounya fich sa yo,resous fich la deja lan men eee achteu a epi vande a menm gen, enn kane a nan men’l li vin remet li. Donk yo we kantite’l te vann nan epi yo konnen e tout bagay yo vin byen kle… ou konn kantite kob pou’w ba li.

kisa?

_yon patisipan di Ou konn, Le saw konn kantite kob pouw ba moun nan_.wi wi..kisa’w ka fe pou li.

Men eske gen reyinyon pandan lane a kote _yon patisipan di manb koperativ yo?_ wi.

R-Wi wi

Patisipan pa idantifye: Bon, nou poko fel bo lakay nou paske nou poko transpote kakao nou ale vann lot kote, pas, nou poko ka jwenn chemen pou sa pase men mwen menm, m’te konn sevi nan on koperativ ki te rele KATBA alavans ke m’te deja konn tout detay sa yo koman yo te konn fet deja se sa’k fe’m ka bay detay sa yo.

Dako, nan reyinyon yo eske gen yon fason pou direksyon an, pou komite a mete manb yo okouran de koman _wizafe ristoun nan ap mache? _wi tout sa kap fèt_

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve; 14 ane nan kop:Wi se,s’on ekip nou fe ansanm pou nou eseye seche pote amelyore, sitiyasyon vi nou. Tout sa’k fet Kounya, ke nou gen jou, nou gen jou nou pou nou fe gran asanble general, pou tout manb konnen ki vale kakao nou te achte avek tan lajan nou te gen nan kes, nou espedye tan de liv kakao al vann. Kounya le lajan vini nou genyen asanble jeneral pou’n fe pou’n konnen ke kakao’n te vann pou tan,nou t’achte pou tan, nou al revann kounya nou fe tan kob benefis epi ke nou gen tan kob ki reste de ba epi ke’n pral fe evalyasyon de ristoun. M.. kounya ke le nou fin pat kle evalyasyon ristoun nan, kounya’n gen jou pou’n envite manb yo epui pou nou vin resevwa ristoun yo w’anprann? komsi s’on jou de fet nou fe on jou keu kontan tout moun vin resevwa on kob yo konnen yo pat genyen epi nou gendwa fe ti mwayen ke nou  manje nou dis, nou dis, nou patisipe’n ansanm epi apre sa ki we’l li benefisye on bel ristoun nan kounya la’l di kopen’l monche, m’te vann kakao’m nan pou tan, lajan an fini eben Kounya pandan’m, pandan’m vann ni nan koperativ la monche, menm jodi a anko monche m’jwenn 200 pyas, m’jwenn 500 goud kom ristoun mwen. W’anprann mwen? monche sa tre enterese’m, monche m’adrese’w ke ann kontinue fe pati a tou pase’w g’anpil kakao. Monche ann kontinye ou vin la’w ka fe plis kob pase’m toujou wi, paske’w gen plis kakao pase’m.

Apa de ristoun nan ki lot sevis, ki lot benefis manb yo jwenn nan yon koperativ, de yon asosiyasyon?

Patispan pa idantifye: Bon, sou kob, kob yo te fe, yo gen plan sosyal la, sela ve dir ke yo gen dwa gen yon, on benefis ki antre sou li, yo g’on benefis ke y’ap mete sou kob sa a e dezyem’man, si moun nan tankou g’on pwoblem, g’on moun mouri, oubyen g’on manb ki malad li pa gen mwayen sufi pou’l alf, pran swen’l, koperativ la gendwa pran reskonsablite _yon lot patisipan di pran responsablite voye’l lopital_… epi’l prete’l kob, li voye’l lopital pou’l al pran swen, pou’n pa pedi manm lan nan movez kondisyon.

Ki lot sevis ki genyen pou ede moun pwodwi plis kakao?

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Bon mwayen ke pou’w ede moun nan pwodwi plis kakao, se komsi w’ap bezwen mwayen pou’w fe antretyen kakao a, okipasyon kom nou di, saklaj epi si kakao a manke e _donnen_ …okipasyon, nou fe emandaj, nou fe repwodiksyon e nou fe nouvel plantasyon tou w’anprann mwen? tout bagay sa yo, tout se lajan’k pou fe yo. Depi’w gen kob lan men’w, se dir ke ou  te gendwa gen 1000 pye kakao, ou plante 2000. Ou gandwa pa gen 2000, ou gendwa plante 500 pye depan de kantite ke’w genyen tan’k kakao a ka ba’w avantaj, oumenm ou gen mwayen’w kontinye plante _yon lot patisipan di ou kontinye plante..plis plis_.

#7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane ;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop: wi, Toutan’w gen plis kob, ou, ou, ou travay plis nan jaden kakao a, ane sa la si’w te sipoze plante 1000 pye, ou ka plante 2000, 2500 paske’w gen kob pou’w netwaye jaden kakao a. Men sa’k fe isi nou menm, nou manke nan afe kakao a, se paske nou manke finans pou nou prepare teren  pou nou plante kakao a, pase li mande anpil depans pase pou’w prepare on teren pou’w plante on kawo de te, pou plante on kakao fo’w gen on bon ti kob, e kakao a li menm le’w fin plante’l,chak 4 mwa, fo’w oblije _sakle’l_ …sakle’l. Pou ane a se 3 sakle w’ap ba li, donk nan nan _ depi’w fel konsa pwen ekstansyon a ale tou_ …kakao a ale _ paske pa genyen’l_.

Eske fomasyon _mizik ap jwe_ se yon sevis ki enpotan tou, _wi_ eske asosiyasyon yo bay  fomasyon tou? _ Wi li bay fomasyon_

Eske nenpot moun ka vin manb nan gwoup yo?

#1 Boyer Romanes: gason;  36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop:  Non pa nenpot koman…ou pa ka antre kenpot[22] koman, ou pa ka antre nenpot koman nan gwoup lan, yo pa ka pran kenpot moun .

Tankou…?

#2  Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Ou g’on, ou g’on, ou g’on reyinyon pou’w swiv avan’w antre nan gwoup la. Anvan yo pran’w, _ ou pa swiv 3 reyinyon_… e answit tou avan, gen 3 reyinyon pou moun nan swiv avan yo pranw? suivi ke, avan ke ou rekonet moun sa kom manb. Men si s’on moun kom nou konn tande moun yo g’on kreyol yo di :’’moun nan gen tou lan manch’’, s’on moun ki delekan, ou pa ka pran moun sa nan asosiyasyon an paske se anpil moun ki la, moun sa ka fe’n tiye’l nan mitan nenpot ki moun, di nenpot bagay. Nou pa sevi a moun konsa wonprann? on moun ki delekan donk ou deja dezabode moun sa, ou pa apresye ret bo kotel. _yon patisipan di 3222_

Dako, mwen we tout moun ki vini la yo se gason eske gen anpil fi nan koperativ yo?

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Wi gen fi, gen fi, gen fi, gason yo telman ouv, ou konnen ee tout bagay gason yo toujou on ti jan _gen plis fomasyon_ …pi pre pou al recheche, pote vini onprann mwen? e kelke swa Kounya la’w te gendwa we lapli a femen jiska no jou, epi nou te deside e konya neg te gen vye pwela’w,ou vlope kow, nou te di kan menm n’ap vini. Men gen fi _gen fi’k t’ap fe’l tou wi_…men genyen’k te oblije ap di ah bon jan lapli sa ye a, petet nou ka jwenn move dlo nan wout bagay, m’pap ka vini men oumenm gason an’w deside fo’w la.

# 7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop: E fi a gen on reskonsablite, Fi a g’on reskonsablite l’anplwaye si’l pat gentan planifye pou’l soti, li difisil a soti paske la sak fe se nou menm ki soti,’ nou ka di ke pat gen on klarifikasyon ki te gentan fet pou nou ta al pran yon fi akonpanye nou, paske nou pa ka pran fi a konsa konsa pou’w soti avèl

Anndan koperativ yo oubyen asosiyasyon yo_wi genyen_ eske fi yo jwen menm benefis, menm pouvwa ak gason yo?

Patisipan pa idantifye : Eee tout moun ,tout moun jwe menm wol paske ou konnen ke kelke swa nenpot bagay gen on moun ki pou komande, e gen de fi ki gen de privilej kel reskonsab tou lan, nan, nan, pa non selman manm moun nan ye, chak moun nan depan de konesans li, gen wol li ka fe. Yon gason ka prezidan, fi ka vis prezidan nan koperativ la, tou depan de konesans li.

Men akoz tout bagay ou sot di yo tankou reskonsabilite nan fwaye a, li pi difisil pou yo pran tout tan ki kapab nesese pou yo patisipe nan gwoup la, se youn nan pwoblem yo jwenn?

#7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop: Wi, wi wi, Bon ok. li pa on pwoblem pou yo non, _li pa on pwoblem_ … e men sa vle di Si, si l’ap soti fo’l gentan g’on avetisman dabo, pou’l konnen tel jou l’ap soti ee pwogram fwaye a li gentan pa sou men’l, men si w’ap soti jodi dimanch ,si w’ap soti madi, li konnen madi si Dye ve l’ap soti, li gentan planifye tout afe’l nan fwaye a, li konnen ma.. madi m’ap soti. Men sa, men sa’k pou fet, men sak pou fet pandan m’ap soti a. Men si’l pa’t gentan konnen li p’ap, li p’ap soti…

Ok Ou tap di on bagay?

#2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Bon se menm sa misye di a ke m’ka met’on ti pwen sou li. paske fi a’w konnen li gen yon chef ki anwo tet li , ee puiske fo’w deja aveti’l davans epui li menm pou’l ka di mesye’l ou konnen lan tel jou gwoup la di’m ke poum al bay tel sevis, nomalman m’pap ka la non eske’w dako ? e si mesye a pa dako tou, komsi moun sa ou preske pa ka sevi avel wanprann mwen? paske fo’k mesye a oblije s’on moun ki tre efikas tou pase pou’l we ke sa’w pral fe a, kisa’l ka itil li e s’al pral itil kominote a tou. Men gen de gason’k on ti jan jalouz pou madanm li, ou pa ka oblije panse soti a madanm li san’l pa konnen non. Fo’k se volonte’l, fo’k se volonte’l.

Donk Se akoz tout bagay sa yo sa yo ki fe gen mwens fi nan koperativ yo gen mwens fi nan komite yo?

Patisipan pa idantifye: Vwala, direkteman Wi wi wi wi wi

Dako, eske gen diferans ant fi nan bouk ak fi andeyo nan koze patisipasyon?

Plizye vwa di: non…kapasite moun nan’k pou pemet moun nan,kapasite’l ,patisipasyon’w, kapasite’w, kapasite’w e konpreyansyon’w.

Ok

yon patisipan di: kapasite’w konpreyansyon’w _long silans epi vwa kek moun ki ap mimire_

Eske nou gen kek bagay ke nou ta renmen ajoute, kek bagay ke nou poko pale?

#2  Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Bon kesyon  nou ta renmen ajoute e pwolonje toujou ke, yon bagay ke’m di, toujou kapab di’l, se sou sistem, paske tout sa pou’w fe se sistem finans lan’k pou rann ke nenpot bagay ka bon. Kounya la, ou gen lajan, ou vle al potoprens, potoprens fasil pou ou. Men depi’w pa gen lajan, menmsi machin nan te met kanpe ap tann ou la, w’oblije pa ka ale, pa gen lajan. Ke tout administrasyon yo, tout koperativ yo ta renmen oblije avanse dun pwoje, dun pwoje, men mwayen’d finans lan si’l enposib,w’oblije se pale lan bouch epi gen de bagaaay, bagay yo pa egzekite kler onprann mwen? W’oblije, yo gendwa komanse mache, yo bwate onprann mwen? padan yo rive lan wout, moun nan gendwa komanse on bagay ki komanse’l ta mache tre byen, men koz mwayen’d finans lan ke si’l pa la kounya w’oblije bwate.

 Kounya nou gen yon pwoje kap komanse, eske nou ka banm 2, 3 eleman nou ta vle genyen nan pwoje a, pou koperativ la, pou satisfe nou. Sa vle di,eske gen kek eleman nou ta renmen we nan sa ka fet nan pwoje kap vini an ki kapab ede nou plis?

Patisipan pa idantifye: Men kijan de pwojel ye? Sou sou ki tem pwoje a ap egzekite?

Non setadi ke…_yon patisipan di se pwoje,pwoje sa nou pral genyen an?_ Wi kisa nou ta renmen we ki fet nan pwoje sa pou satisfe nou plis?_yon lot moun tap di an menm tan kisa nou ta renmen we ki fet nan pwoje a?_

#7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop : Sa ki, ki ,Sa nou bezwen nan pwoje a ki nesese pou nou, se, se transpo, transpo yo paske nou pa gen, nou pa gen bon wout, nou pa gen preske, se youn, youn moun anndan kopeka, koperativ la ki gen yon grenn bet si’w bezwen fe yon espedisyon, on transpo kakao a, se li ki pou fel. Sa rann nou on gwo  pwoble,m pase le le nou bezwen fe transpo yo transpo yo mal pou fet. La si nou jwenn yon kote ki kapab  ede nou nan yon lot sistem, ki ka fe nou rive pi vit li tap pi bon pou nou.

 Lot moun

R-Ok se sistem transpo epi finans, transpo e finans

Dako ! etan ke kiltivate kakao, kisa nou ta renmen, nou ta swete pou timoun nou yo, eske nou ta renmen yo antre nan menm okipasyon, nan menm pwofesyon kiltivate kakao oubyen lot bagay?

#7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2;  Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop : Bon euh! nou gen volonte pa nou, timoun yo gen volonte pa yo. Pase ou gendwa we se kakao a, se ladan nou ye, men timoun nan limenm li gendwa we se pa nan kakao a li ka rete le’l fin aprann konesans li, li ka we se nan lot bagay li vwe ale al aprann on lot metye al f’on lot bagay. Men kakao a li pa abite ladan dutou sa depan de volonte’l.

# 2 Bazelet Ylio: Gason;  54 ane;  6 timoun;  Preparatwa 2;  kiltivate,elve;  14 ane nan kop: Ok kelkeswa, mwen menm, mwen ta toujou  renmen sa e ke si’m f’on pitit Kounya, mwen menm ke’m te leve lan chous kakao papa’m te mouri kite a, epi avek chous kakao a’m pwogrese avni piti mwen, ke’m ta renmen pitit la soti on lot fomi‘l pou’l adopte limenm pou’l kite pou pitit pa’l paske nou tout pa ka oblije fini pa on sel sistem. Waprann ? alo ke se entansyon konsa m’ta renmen vanse lan sistem nan.

Eske sa nou swete pou gason yo se menm bagay yoo nou swete pou fi yo oubyen se lot bagay?

Patisipan pa idantifye : tout se pitit nou yo ye, nomalman n‘ta renmen tout ale lan chemen dwat. Depi, si yo ka ap mache lan chemen dwa, epi demen pitit lan ap byen viv ke mespere ke m’ap byen viv tou.

# 7 Edmond Antoine Exius:  Gason;  66 ane;  7 timoun;  mwayen 2; Agrikilti,Espekilate;  7ane nan kop: Wi, swa fi swa gason, nou renmen pou yo fe chemen y’ap cheche a, pou yo pa cheche menm chemen avek nou. Pase nou menm, kote nou ye la Kounya, nou gen anpil anpil kalve n’ap pase. Men nou pa ta renmen timoun nou pase menm  kalve sa n’ap pase la, pou se limenm timoun nan ap pase. Si moun nan avanse pi devan, men kom nou menm n’andeyo, s’andeyo nou ye, timoun nan e pou’l … si nou lavi’l la, la epou timoun nan potoprens … pase nou vle pou timoun nan avanse, pou’l pi wo pase nou pase si’w f’on pitit, pou pitit la ret nan menm eta parey ou, fanmi an pat …se pou timoun nan janbe tet papa a, janbe tet manmi  an …

mwen te di sa deja, si nou gen kek lot bagay, nenpòt lot bagay nou ka..mansyone nou met di li.

# 1 Boyer Romanes: gason;  36 ane;  3 timoun; Reto;  pechè,kiltivatè,ansenyan lekol;  14 ane nan kop: Bon pou mwen, m’santim, san diferan avek reyinyon an paske nou ,nou laj, nou poze anpil kesyon e sa’m ta renmen plus ee grave se konpreyansyon, tout sa’n sot di la yo pou’n ta pran yo, ta pran yo an charj, mwayen de transpo, seta di ke  mwayen pou jere plant yo,pou se pa pran, sou pran men pou pa gen ekzekisyon ki fet ditou. Le nou pale, nou we bagay yo egzekite a, nou vin gen plis kontantman pou nou fe _blabla_ eske’w konprann? Byen, pou nou pa di se pale pou pale , men pa gen kenn ekzekisyon ki fet. Nou nan on zon bon, nou ta di zon nan telman elwanye, zon, le ziwa kom nou sot di la, ee le moun yo al dehe[23] kakao yo vreman vre, fo yo ta gen mwayen de transpo, a fre de transpo, mwayen de transpo, mwayen pou jere kakao. Seta di ke lajan nan men yo, se sa yo answit, nou redi sa anko sir apre tout sa’n fin di yo nou ta renmen g’on bon konpreyansyon silvouple pou’l ta pran an chaj, ou konprann byen ? se di ke pran sa an amelyorasyon, e nou menm, menm n’ap fe tout efo nou pou nou pran sa an amelyorasyon. Tout travay, tout okupasyon nou yo. Si nou s’on malere, nou pat genyen deja, nou jwenn on le bra, nou pa ka jete bwa a ou komprann? Fo’n ta jwenn plus ed pou ka ede nou fe jaden nou yo, plus ed pou oganizasyon an mache. Silvouple se mesaj sa ase’m ka di mwen enm si gen anko n’ap vin avel. Men sa se bi pa’m pou’m ka byen konprann konpreyansyon’w. Bon ee mpa konnen chak moun gen fomil li poul pase _blablabla_

# 5. Evens Nolcharles Emile:  Gason;  24 ane;  pa gen timoun;  Reto;  Taxi; 3 ane nan kop: Mwen, mwen ta renmen pou demen si Dyeu veu tou, si oganizasyon an te on nivo, li kapab, selon nan on nivo tre ba, oubyen nan on nivo koman ee telman pat two ba tou, men nou ta renmen fon plis pwogre de sa  n’ap jwenn, epi een sa’n te konn we lontan yo tou, sa vle di peyi a ap elaji nou, ta renmen we plis, plis bagay an montan epui demen si Dyeve n’ap kit’on[24] pi bel bagay pou pitit nou epi pitit nou pral kit’on pi bel bagay _aranje’w_ …pou pitit pal e sam tap di…

Ok, Bon! mwen remesye nou tout pou tout enfomasyon nou ba nou, epi pou tout mize nou pase pou nou rive la, paske mwen konnen avek lapli a wout la difisil anpil. Men mwen ka di nou ke nou ap pase tout sa nou di yo nan yon rapo pou CRS poul kapab _mete an plikasyonwi, epi pou yo kapab konprann sitiyasyon nou, _konprann si_ kondisyon nou, avèk sa nou ta swete pou lavni eksetera… ok, mesi anpil wi mesi…

Patisipan yo reponn: Ok mesi mesi

NOT YO

[1] bagay

[2] Le yon

[3] Fe yon

[4] Itilize yon

[5] Sa vle di

[6] seri

[7] Apre yon

[8] bagay

[9] Ou konprann

[10] Ge anpil

[11] Se yon

[12] paske

[13] Plante yon

[14] bagay

[15] Jan ou we

[16] Ale tounen

[17] Le mwen

[18] Ou konprann

[19] Ou konprann

[20] le

[21] jenjanm

[22] nenpot

[23] deye

[24] Kite yon